Zanj yo ap soutni nou
1 “ Gade, mwen avèk nou toule jou jiskaske sistèm de choz la fini. ” Se pa ti ankourajan pawòl sa yo ankourajan pou tout moun ki ap suiv lòd sa a Jezi te bay la : “ Ale non, epi fè disip ! ” (Mat. 28:18-20). Youn nan mwayen Jezi sèvi pou l ansanm ak vrè kretyen yo se zanj li yo (Mat. 13:36-43). Èske sa pa fè w fremi pou w wè w ap preche yon “ bon nouvèl etènèl ” nan tèt ansanm ak kreyati espirityèl fidèl sa yo ? — Rev. 14:6, 7.
2 Nan ministè nou : Selon Labib, yo voye zanj yo pou yo “ sèvi moun ki pral jwenn delivrans kòm eritaj ”. (Ebre 1:14.) Nan premye syèk la, zanj yo te konn ede disip Jezi yo jwenn moun ki diy yo (Tra. 8:26). Jodi a, sèvitè Bondye yo kontinye ap jwenn prèv ki montre zanj yo toujou aktif nan sans sa a. Nan plizyè okazyon, gen moun ki di se priye yo t ap priye pou yo resevwa èd lè Temwen vin frape lakay yo. Ala kontan nou kontan, nou menm ak zanj yo, lè nou wè moun konsa byen reyaji devan mesaj Wayòm nan ! — Lik 15:10.
3 Lè n ap fè fas ak opozisyon : Danyèl, twa jèn Ebre ki te konpayon l yo, apot Pyè ansanm ak anpil lòt moun ki te konn fè fas ak gwo eprèv, te jwenn pwoteksyon Jewova bay pa mwayen zanj yo, ki gen “ yon fòs estrawòdinè ”. (Sòm 103:20 ; Dan. 3:28 ; 6:21, 22 ; Tra. 12:11). Sa ka rive nou santi nou san sekou lè nou jwenn opozisyon, men lè sa rive, nou ka jwenn ankourajman nan eksperyans sèvitè Elicha a te viv lè l te aprann “ kantite ki avèk nou an pi plis pase kantite ki avèk yo a ”. (2 Wa 6:15-17). Menmsi opozisyon ta oblije nou separe ak lòt frè nou yo, nou pa bezwen dekouraje. Men ki asirans nou jwenn nan Pawòl Bondye a : “ Zanj Jewova a kanpe toutotou moun ki krenn li. ” — Sòm 34:7.
4 Talè konsa, gen yon lame zanj ki pral derape pou yo retire tout opozisyon Kris ap rankontre antanke Wa (Rev. 19:11, 14, 15). Annatandan jou sa a rive, ann kontinye fè louwanj pou Jewova avèk kran, toutpandan nou gen konfyans lame zanj ki nan syèl la ap soutni nou, anba direksyon Kris, Kòmandan yo a. — 1 Pyè 3:22.