BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/04 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2004
  • Soutit
  • Semèn 14 jen
  • Semèn 21 jen
  • Semèn 28 jen
  • Semèn 5 jiyè
Ministè Wayòm nan — 2004
km 6/04 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 14 jen

Kantik 168

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Sèvi ak sijesyon ki nan paj 4 la (si yo apwopriye pou tèritwa kongregasyon an) pou nou montre fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 jen ak Réveillez-vous ! 22 jen. Nan youn nan demonstrasyon yo montre yon pwoklamatè k ap bay temwayaj nan yon zòn komèsyal. Nou ka itilize lòt prezantasyon ki reyalis. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

20 min : “ Jewova se sekou moun ki mete konfyans yo nan li. ”a Lè nou rive nan paragraf 4 la, fè yon ti pale sou sa ki di nan Ministè Wayòm desanm 1999, paj 4, paragraf 10-11, ak sa ki di nan liv École du ministère la, paj 67, paragraf 2.

15 min : Poukisa pou nou pa pran dwòg ? Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Li baze sou liv Comment raisonner a, paj 112-5. Li kouran pou moun sèvi ak dwòg “ pou plezi ”. Gen anpil moun ki pretann sèvi ak dwòg nan fason sa a pa reprezante okenn danje. Gen moun ki menm mande pou yo legalize jan de itilizasyon sa a yo fè ak dwòg la. Fè ti pale sou fason nou ka rezone ak yon moun konsa. Fè kèk kòmantè sou sa ki di nan kare ki nan paj 10, Réveillez-vous ! 8 novanm 1999 la.

Kantik 179 ak priyè final.

Semèn 21 jen

Kantik 29

10 min : Anons lokal.

15 min : “ Zanj yo ap soutni nou. ”b Si gen tan pou sa, envite oditwa a pou l fè kòmantè sou vèsè ki site yo.

20 min : Sajès ki soti anlè a rezonab (Jak 3:17). Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Li baze sou liv École du ministère la, paj 251-2. Ki sa sa vle di pou yon moun rezonab ? Poukisa sa enpòtan nan ministè nou ? Ki sa nou ka aprann nan egzanp apot Pòl ? Ki jan pwoklamatè yo ka teni kont de zòn kote moun nan tèritwa kongregasyon an soti ? Ki jan nou ka ede etidyan nou yo pou yo montre yo rezonab ? Fè aranjman alavans pou youn oubyen de pwoklamatè rakonte kèk eksperyans ki montre byenfè yon apwòch rezonab genyen.

Kantik 53 ak priyè final.

Semèn 28 jen

Kantik 139

12 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa jen. Sèvi ak sijesyon ki nan paj 4 la (si yo apwopriye pou tèritwa kongregasyon an) pou nou montre fason pou nou prezante Toudegad 1ye jiyè ak Réveillez-vous ! 8 jiyè. Nan chak prezantasyon, mande pwoklamatè k ap fè demonstrasyon an pou l kòmanse konvèsasyon an yon fason amikal, san l pa di twòp pawòl. Esplike oditwa a, lè yo aji konsa, sa ka ede yo mete moun y ap pale avè l la alèz. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

18 min : “ Etid liv : poukisa reyinyon sa a nesesè ? ”c Sèvi ak kesyon yo bay yo. Fè yon ti pale sou atik : “ Kolabore ak siveyan etid liv ou a, ” ki te parèt nan Ministè Wayòm novanm 2002, paj 1.

Kantik 20 ak priyè final.

Semèn 5 jiyè

Kantik 3

10 min : Anons lokal.

15 min : Ki sa w ap di ? Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Pandan mwa jiyè ak out, n ap ofri bwochi. Ki bwochi pwoklamatè yo twouve ki bay bon rezilta nan tèritwa kongregasyon an ? Fè yon ti pale sou prezantasyon yo te sijere nan Ministè Wayòm jiyè 1998, paj 8, oubyen nan lòt Ministè Wayòm ki pase. Montre jan chak prezantasyon gen : 1) yon kesyon, 2) yon vèsè, e 3) yon pwen ki nan piblikasyon an. Fè demonstrasyon sou youn oubyen de nan prezantasyon yo. Ankouraje tout moun pou yo sèvi ak Bib la lè y ap prezante bon nouvèl la.

20 min : Sa timoun yo bezwen nan men paran yo. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Li baze sou liv Écoute le grand Enseignant an, paj 6-7. Li trèzenpòtan pou timoun yo aprann prensip ki dirije vrè adorasyon an, e pou yo konprann wòl enpòtan paran yo jwe nan fòmasyon y ap resevwa a. Egzamine sijesyon yo bay pou etidye liv la. Envite paran yo fè kòmantè sou fason yo itilize liv etid sa a. Mande youn oubyen de timoun pou yo di poukisa yo renmen piblikasyon sa a.

Kantik 65 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje