-
Annou bay Jewova sa nou genyen ki pi bon anMinistè Wayòm — 2004 | avril
-
-
Annou bay Jewova sa nou genyen ki pi bon an
1 Nan Lwa Jewova te bay Izrayelit yo, li te di yo zannimo y ap sakrifye ba li yo dwe “ san defo ”. Li pa t aksepte zannimo ki enfim (Lev. 22:18-20 ; Mal. 1:6-9). Anplis, lè yo t ap ofri yon bèt an sakrifis, tout grès ki nan bèt la, pi bon pati yo, se te pou Jewova (Lev. 3:14-16). Antanke Papa Izrayèl, e antanke Gran Mèt li, Jewova te merite resevwa sa ki pi bon an.
2 Menm jan ak lontan, jodi a tou Bondye enterese nan kalite bagay n ap ofri l. Sèvis nou dwe reflete bonjan respè nou genyen pou Jewova. Natirèlman, sitiyasyon tout moun pa menm. Se poutèt sa, li bon pou nou egzamine tèt nou dekwa pou nou ka sèten nou bay Jewova sa nou genyen ki pi bon an. — Efe. 5:10.
3 Yon sèvis nou akonpli ak tout kè nou : Pou ministè nou rive onore Jewova e pou l rive touche kè moun k ap koute nou yo, fòk se pa yon bagay nou fè pa woutin. Pawòl nou konsènan Bondye nou an e konsènan kokenn pwogram li dwe soti nan fon kè nou, yon kè ki ranpli ak rekonesans (Sòm 145:7). Tout sa montre enpòtans pou nou kenbe yon bon pwogram pou nou li Bib la e pou nou etidye l. — Pwo. 15:28.
4 Pou nou bay Jewova sa nou genyen ki pi bon an, sa mande tou pou nou renmen moun menm jan Jewova renmen moun (Efe. 5:1, 2). Lanmou nou genyen pou pwochen nou motive nou pou nou fè tout sa nou kapab pou plis moun posib rive tande mesaj verite k ap bay lavi a (Mak 6:34). Sa ap pouse nou montre enterè pou moun k ap koute nou yo. Sa fè nou kontinye panse a moun yo apre nou te fin pale avèk yo premye fwa a e sa fè nou retounen vizite yo san pèdi tan. Sa pouse nou tou pou nou fè tout sa nou kapab pou nou ede yo pwogrese espirityèlman. — Tra. 20:24 ; 26:28, 29.
5 “ Yon sakrifis louwanj ” : Yon lòt fason nou bay Jewova sa nou genyen ki pi bon an se lè nou akonpli ministè nou avèk dilijans. Lè nou byen òganize nou e nou rete konsantre sou sa n ap fè a, n ap anmezi pou nou akonpli plis bon bagay toujou nan tan nou dispoze pou sa (1 Tim. 4:10). Lè nou fè yon bon preparasyon, sa pèmèt nou pale klè, sa pèmèt nou pale ak konviksyon e sa tou ogmante posiblite pou nou jwenn yon pi bon rezilta (Pwo. 16:21). Wi, lè nou pataje bon nouvèl la ak pwochen nou, gen dekwa pou yo rele pawòl nou di ak tout kè nou yo “ yon sakrifis louwanj ”. — Ebre 13:15.
-
-
Jèn : se pou w li Pawòl Bondye a !Ministè Wayòm — 2004 | avril
-
-
Jèn : se pou w li Pawòl Bondye a !
1 Lajenès se yon peryòd ki gen anpil tètchaje, se yon peryòd kote jèn yo ap pran desizyon enpòtan. Se chak jou, anpil jèn kretyen ap rankontre presyon pou yo dezobeyi prensip Bondye yo nan domèn konduit. Anvan w kòmanse pran desizyon nan domèn edikasyon, travay ak maryaj, ou dwe gentan fikse objektif nan domèn espirityèl. Se sèlman konsa l ap posib pou w pran lòt desizyon k ap pwofitab pou ou tout rès vi w. Lè w gen objektif presi nan domèn espirityèl, sa ap ede w aji avèk sajès e sa ap ede w reyisi nan sa w ap fè. Lè w li Pawòl Bondye a regilyèman e ou medite sou sa w li a, sa ap fè w anvi viv ann amoni ak konsèy enspire ki gen ladan l yo e w ap jwenn bon rezilta nan efò w ap fè. — Joz. 1:8 ; Sòm 1:2, 3.
2 Ki pwofi w ap jwenn ? Monn Satan an chaje ak bagay ki la pou pouse w fè sa k mal (1 Jan 2:15, 16). Ou ka konnen timoun ki nan menm klas ak ou oubyen timoun ki gen menm laj ak ou ki gen malè rive yo paske yo te sede devan presyon lòt jèn. Lè w rete atache ak konsèy ki nan Bib la, sa ap ba ou fòs moral ak tout fòs espirityèl ou bezwen pou rejte yon konduit ki ka fè w peche. Anplis de sa, konsèy ki nan Pawòl Bondye a ka ede w evite pyèj anba anba Satan tann yo (2 Kor. 2:11 ; Ebre 5:14). Mache nan chemen Bondye ap fè w jwenn vrè bonè a, sa vle di w ap jwenn satisfaksyon nan lavi w pèsonèlman. — Sòm 119:1, 9, 11.
3 Prensip ki nan Pawòl Bondye a pa janm chanje. Yo depase sajès lèzòm (Sòm 119:98-100). Yon bon konesans sou prensip ki nan Bib la, meditasyon sou pwogram Jewova ansanm ak lapriyè ou fè ak tout kè w ka ede w vin gen bon relasyon ak Jewova Dye, li menm ki Otè Bib la e ki gen tout sajès. Men pwomès li fè : “ M ap fè w vin pèspikas e m ap enstwi w nan chemen ou dwe suiv la. M ap ba w konsèy toutpandan je m sou ou. ” — Sòm 32:8.
4 Kreye tan pou w li l : Gen yon jèn kretyèn ki te fikse kòm objektif pou l li Bib la ann antye, e li te fin li l nan yon ane. Ki jan sa te pwofitab pou li ? Men sa l di : “ Mwen aprann anpil bagay sou Jewova, bagay sa yo fè m vin pi pwòch ak li, e yo fè m plis anvi gen lakrentif pou li tout rès vi m. ” (Jak 4:8). Èske w deja li Bib la ann antye ? Si w poko, poukisa ou pa fikse kòm objektif pou w rive fè sa ? Jewova pap manke pa beni efò w fè nan sans sa a e w ap jwenn gwo rekonpans.
-