-
Reyinyon sèvis mwa d avrilMinistè Wayòm — 1999 | avril
-
-
Reyinyon sèvis mwa d avril
Semèn 5 avril
Kantik 55
10 min : Anons lokal. Chwazi anons apwopriye nan Ministè Wayòm nan. Fè revizyon sou “ Èske n kapab ofri liv Créateur a ? ” Envite tout moun ki enterese pou yo asiste diskou espesyal la 18 avril. Men tit diskou a : “ L’amitié véritable avec Dieu et avec le prochain ”.
15 min : “ Annou chofe anpil pou n preche bon nouvèl la. ” Aprè yon entwodiksyon sou atik la, yon entwodiksyon ki pa menm dire yon minit, kontinye patisipasyon an sou fòm kesyon/repons. Konkli avèk ankourajman ki baze sou liv Manuel pour l’École, paj 190-1, paragraf 12-13.
20 min : “ Ki jan pou manm fanmi yo byen kopere youn ak lòt : Nan ministè a. ” Yon fanmi ap egzamine sijè a an gwoup. Egzamine rezon ki montre fanmi an ta dwe konsidere predikasyon kòm yon pwogram regilye pou tout moun patisipe chak semèn. Regade ankourajman nou jwenn nan La Tour de Garde 1e sektanm 1993, paj 17-19, paragraf 9-12. Envite paran ki nan asistans la rakonte ki jan, chak semèn, yo rive òganize aktivite sèvis la nan fanmi yo.
Kantik 67 ak priyè final.
Semèn 12 avril
Kantik 112
10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : “ Tank lafen an ap pwoche pi pre, annou bay temwayaj la pirèd. ” Kesyon/repons. Fè yon entèvyou ak youn oswa de pwoklamatè ki pa t janm imajine yo ta ka rive patisipe nan predikasyon yon jou. Men vwala jodi a, y ap fè sa regilyèman paske yo rive konprann ijans ki genyen pou yo simaye mesaj Wayòm nan. Si gen tan pou sa, vini ak kèk eksperyans tou kout nou jwenn nan Annuaire 1997, paj 42-8, ki montre kòman gen pwoklamatè ki rive fè efò pou ogmante patisipasyon yo nan predikasyon, lè y al jwenn moun yo kote yo ye.
Kantik 93 ak priyè final.
Semèn 19 avril
Kantik 79
5 min : Anons lokal.
10 min : “ Èske w gen yon kòmann regilyè ? ” Diskou. De preferans ansyen oswa asistan ministeryèl ki reskonsab peryodik la. Fè kongregasyon an konnen ki kantite peryodik yo resevwa chak mwa e ki kantite yo plase an mwayèn. Nou pa ta dwe kite peryodik yo rete fè pil. Sijere fason nou ka fè pou nou distribye ansyen peryodik yo. — Gade Le ministère du Royaume jiyè 1993, paj 1.
30 min : “ Pran sèvis pyonye : Se yon fason saj pou nou sèvi ak tan nou ! ” Kesyon/repons. Deziyen twa moun pou yo rakonte eksperyans yo mansyone nan paragraf 5-7. Konkli avèk yon envitasyon pou tout moun ki kapab pou yo reflechi sou posiblite pou yo ranpli yon fèy aplikasyon sèvis pyonye oksilyè oswa pyonye pèmanan. N ap jwenn fèy aplikasyon nan men nenpòt manm komite sèvis kongregasyon an. Montre li pa twò ta pou nou remèt yon fèy aplikasyon sèvis pyonye oksilyè pou mwa me.
Kantik 165 ak priyè final.
Semèn 26 avril
Kantik 70
10 min : Anons lokal. Fè tout moun sonje remèt rapò sèvis yo pou mwa d avril. Site non moun ki pran sèvis pyonye oksilyè pou mwa me a, e ankouraje lòt moun ranpli yon fèy aplikasyon. Bay kèk sijesyon ki ka itil pou prezante peryodik ki fèk vini yo. — Gade Le ministère du Royaume oktòb 1996, paj 8.
17 min : “ ‘ Ki sa m anvizaje fè ? ’ ” Aprè yon revizyon tou kout sou atik la, prezante yon jèn k ap pale ak papa l oswa manman l sou pwojè l genyen lè l fin fè klas li. Ansanm yo revize atik Ministè Wayòm jiyè 1998 la, paj 4. Paran an bay konsèy ann amoni ak ankourajman nou jwenn nan La Tour de Garde 1e fevriye 1996, paj 14, ak 1e desanm 1996, paj 17-19. Kòm kounye a kantite lè pou pyonye yo bay la diminye, jèn nan egzamine posiblite pou li pran sèvis la pandan l ap aprann yon metye.
18 min : Fè entèvyou ak pyonye oksilyè. Siveyan sèvis la ap fè entèvyou ak kèk pwoklamatè ki pyonye oksilyè mwa sa a ak lòt ki konn abitye pyonye. Mande yo rakonte kèk nan benediksyon yo te resevwa, travay yo te rive fè e poukisa kè yo cho pou lè a rive pou yo pyonye oksilyè, menm si se youn oswa de mwa chak ane.
Kantik 69 ak priyè final.
-
-
Èske n kapab ofri liv Créateur a ?Ministè Wayòm — 1999 | avril
-
-
Èske n kapab ofri liv Créateur a ?
Ane pase nou te byen kontan resevwa liv Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous ? Se yon liv yo fè espesyalman pou moun ki fè gwo etid men ki pa kwè nan Bondye. Liv la la pou satisfè yon bezwen ki pa sispann ogmante.
Pou rezon ki pratik, òf mwa a konn vize pito piblikasyon ki enterese pifò moun nan piblik la. Èske sa vle di pou nou ezite ofri liv Créateur a ? Pa ditou ! Nou ka ofri liv la nenpòt lè nan ane a bay moun ki pa kwè nan Bondye men ki kapab tire pwofi ladan. Nou ka prezante l tou bay moun ki kwè nan Bondye men ki pa konnen vrèman ki moun li ye, ki kalite li genyen, ki objektif li. Alòs nou ankouraje w toujou mete youn nan valiz predikasyon ou, konsa ou kapab tou pare pou ofri li bay nenpòt moun ou panse ki va enterese li l.
-
-
Rapò mwa desanmMinistè Wayòm — 1999 | avril
-
-
Rapò mwa desanm
Mway. Mway. Mway. Mway.
Kantite: Lè Per. Viz. E.B.
Pyon. esp. 144 130,7 24,0 40,4 7,5
Pyon. pèm. 611 74,2 26,9 22,5 4,4
Pyon. oks. 362 59,3 25,3 12,1 2,5
Pwokl. 9 886 9,9 3,3 3,1 0,8
TOTAL: 11 003
-