BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/99 p. 3-6
  • Atansyon danje yo nan sèvi ak Entènèt !

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Atansyon danje yo nan sèvi ak Entènèt !
  • Ministè Wayòm nan — 1999
  • Sou menm sijè a
  • Entènèt — Byen sèvi ak zouti sa a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Evite kouri dèyè “ bagay ki san valè ”
    Ministè Wayòm nan — 2002
Ministè Wayòm nan — 1999
km 11/99 p. 3-6

Atansyon danje yo nan sèvi ak Entènèt !

1 Sèvitè Jewova yo jwenn lajwa nan bonjan asosyasyon yo youn ak lòt. Yo jwenn lajwa lè yo pataje eksperyans yo fè nan predikasyon. Yo apresye tande bagay k ap pase pami Temwen Jewova yo ak sa k ap pase nan travay Wayòm nan toupatou sou tout kò tè a. Yo renmen jwenn enfòmasyon sou nenpòt bagay eksepsyonèl ki rive frè nou yo, tankou yon sitiyason difisil oswa yon dezas. E yo vle konnen si gen kèk bagay yo ka fè pou ede yo. Yon enterè konsa montre inyon ki genyen ant frè ak sè yo. Li pwouve youn renmen lòt toutbonvre. — Jan 13:34, 35.

2 Jounen jodi a, nou aprann sa k ap pase nan monn nan rapidman. Radyo ak televizyon fè emisyon pou bay tout moun sou glòb la enfòmasyon sou sa k ap pase ak tout detay. Telefòn tou fè l posib pou kominike imedyatman ak moun toupatou nan lemonn. Yon fenomèn resan nan kominikasyon ki gen anpil popilarite se Entènèt. — Gade nan Réveillez-vous ! 22 jiyè 1997.

3 Envansyon telefòn ouvri chemen pou kominikasyon pèsonèl rapid nan lemonnantye. Kwak telefòn trè itil, li nesesè pou n pran prekosyon nan fason n ap sèvi avè l, kòm li kapab yon enstriman pou frekantasyon malsen oswa aktivite malsen, epi sèvi ak telefòn twò souvan kapab koute anpil. Televizyon ak radyo ofri anpil posiblite nan domèn enstriksyon. Malerezman, anpil nan emisyon yo kontamine moralman e rete ap swiv yo se yon gaspiyay tan. Sajès egzije pou nou fè seleksyon nan jan n ap sèvi ak televizyon ak radyo.

4 Entènèt pèmèt moun kominike ak plizyè milyon moun nan lemonn san fè gwo depans. Li ouvri pòt pou yon kokenn pil enfòmasyon. (Réveillez-vous ! 8 janvye 1998.) Sepandan, sèvi ak Entènèt san gade dèye kapab ekspoze yon moun anba gwo danje espirityèl e moral. Ki jan sa ka fè fèt ?

5 Anpil moun enkyete pou jan l fasil pou moun jwenn enfòmasyon k ap montre fason pou moun fabrike zam, menm pou fabrike bonm. Endistriyèl yo ap plenyen pou kantite tan travayè pèdi nan sèvi ak Entènèt. Piblikasyon nou yo mansyonnen danje espirityèl vizib moun ap fè fas souvan sou Entènèt. Anpil sit Wèb gen sijè sou vyolans ak sou pònografi, bagay ki pa konvnab ditou pou kretyen (Sòm 119:37). Pou ajoute sou danje sa yo, gen yon lòt danje ou pa ta kwè Temwen Jewova sitou bezwen sou pinga yo avèk li. Ki danje li ye ?

6 Èske w ta envite yon etranje vin lakay ou san ou pa konn ki moun li ye dabò ? Sa k ap rive si pa gen mwayen pou w konnen ? Èske w ta kite yon etranje konsa sèl ak pitit ou ? Pa gen diskisyon, se youn nan bagay ki posib avèk Entènèt.

7 Ou kapab voye kourye elektwonik, ou kapab resevwa tou nan men moun ou pa konnen. Se menm bagay la lè w ap fè konvèsasyon sou klavye nan yon fowòm oswa nan yon seksyon pou bavadaj. Korespondan yo kapab pretann yo se Temwen Jewova, men souvan se pa vre. Yon moun kapab pretann li se yon jèn moun alòske se pa vre. Oubyen yon moun kapab menm fè manti pretann li se yon gason oswa yon fi.

8 Enfòmasyon yo voye ba ou a kapab vini sou fòm eksperyans oswa kòmantè sou kwayans nou yo. Y ap pase enfòmasyon sa a bay lòt moun, ki yo menm ap pase l bay lòt ankò. Jeneralman, se pa enfòmasyon ou ka verifye e li kapab manti. Kòmantè yo kapab se yon kouvèti pou simaye rezònman aposta. — 2 Tesal. 2:1-3.

9 Avèk danje sa a nan tèt, si w ap sèvi ak Entènèt, mande tèt ou : ‘ Pou ki rezon m ap sèvi avè l ? Èske li posib pou l ta ka nwizib espirityèlman pou mwen nan jan m sèvi avèk li a ? Èske m ta ka kontribye pou fè lòt moun ditò ? ’

10 Sit Wèb “ Temwen Jewova yo ” : Paregzanp ann ezamine kèk sit Entènèt sèten moun ki pretann yo se Temwen Jewova mete sou pye. Yo envite w vizite sit sa yo pou w li eksperyans nan kourye dòt moun ki pretann yo se Temwen. Yo ankouraje w bay panse pa w ak pwennvi pa w sou piblikasyon Sosyete a. Genyen ki bay sijesyon sou sèten prezantasyon ou kapab itilize nan predikasyon. Sit sa yo ofri okazyon pou mete w an kontak ak fowòm bavadaj, nan pèmèt moun kominike ak lòt moun nan emisyon an, menm jan w t ap pale nan telefòn. Souvan yo branche w ak lòt sit kote ou kapab nan asosyasyon an liy dirèk ak Temwen Jewova toupatou nan lemonn. Men, avèk asirans èske w kapab di se pa plan aposta ?

11 Frekantasyon pa mwayen Entènèt kapab pa tonbe dakò ak rekòmandasyon nou jwenn nan Efezyen 5:15-17. Men sa apòt Pòl ekri : “ Byen siveye fason n ap mache, pou se pa tankou moun ki pa gen okenn sajès, men tankou moun ki saj, lè nou rachte moman apwopriye a pou nou, paske jou yo pa bon. Se sa k fè se pou n sispann derezonab, men kontinye chèche konprann sa volonte Jewova a ye. ”

12 Kongregasyon kretyen an se mwayen teyokratik “ esklav fidèl e eklere a ” nouri nou espirityèlman (Mat. 24:45-47). Anndan òganizasyon Bondye a nou jwenn direksyon ak pwoteksyon ki fè nou rete deparye ak monn nan, anplis motivasyon nou jwenn pou rete okipe nan travay Seyè a (1 Kor. 15:58). Salmis la eksplike jan li jwenn lajwa epi jan li santi l an sekirite nan mitan pèp Bondye rasanble a (Sòm 27:4, 5 ; 55:14 ; 122:1). Kongregasyon an founi èd ak rekonfò espirityèl tou pou moun ki asosye avèk li. La anndan ni, w ap kapab jwenn yon gwoup zanmi ki gen lanmou, ki pran ka w, ki gen afeksyon, sa vle di se moun ou konnen pèsonèlman, ki pare pou ede e pou rekonfòte lèzòt e ki vle fè sa nan moman detrès (2 Kor. 7:5-7). Moun ki manm kongregasyon an jwenn pwoteksyon dapre enstriksyon espirityèl pou mete deyò moun ki peche ki pa repanti oswa k ap simaye panse aposta (1 Kor. 5:9-13 ; Tit 3:10, 11). Èske nou ka atann pou n twouve menm dispozisyon lanmou sa yo lè n ap frekante yon seri lòt moun pa mwayen Entènèt ?

13 Gen ka ki demontre se lekontrè a ki rive. Li klè sèten sit Wèb sèvi pou transmèt pwopagann aposta yo. Petèt sit Wèb sa yo kapab pretann otreman. Sila yo ki pwomotè yon sit kapab bay kantite eksplikasyon detaye pou afime yo se Temwen Jewova toutbonvre. Yo kapab ap mande w enfòmasyon sou wou pou yo verifye si ou se yon Temwen Jewova toutbon.

14 Jewova vle w egzèse klèvwayans. Poukisa ? Paske li konnen sa kapab pwoteje w anba divès danje. Pwovèb 2:10-19 kòmanse ak pawòl sa a : “ Lè sajès la antre nan kè w, e lè konesans lan vin agreyab pou nanm ou, kapasite refleksyon ap veye sou ou, klèvwayans lan ap prezève w. ” Prezève w kont ki sa ? Kont bagay tankou “ move chemen an ”, kont sila yo ki kite wout dwat la, kont moun imoral k ap mache kwochi yo.

15 Lè n al nan Sal Wayòm, pa gen kesyon pou konnen si se nan mitan frè nou ye. Nou konnen yo. Pa gen moun k ap mande prèv sou sa paske lanmou fratènèl ki vizib la montre sa klè. Yo pa mande nou founi pyès idantite pèsonèl pou bay prèv nou se Temwen Jewova toutbon. Se la nou fè vrè echanj ankourajman Pòl te pale nan Ebre 10:24, 25 lan. Sit Wèb k ap ankouraje asosyasyon an liy dirèk pa gen mwayen pou bay ankourajman sa a. Si nou gen pawòl Sòm 26:4, 5 la nan lespri, nou kapab veyatif sou danje n ap rankontre fasilman lè n ap sèvi ak sit Wèb nan Entènèt.

16 Pa gen limit oswa restriksyon sou tip enfòmasyon yo kenbe disponib pou kliyan Entènèt yo. Souvan, timoun ak ti jèn ki nan adolesans yo se sib fasil pou krim ak eksplwatasyon nan anviwònman sa a. Timoun yo kredil, yo kirye e yo anvi dekouvri sa ki gen nan swadizan nouvo rezo enfòmatik la. Pakonsekan, paran yo bezwen siveye pitit yo e yo bezwen ba yo bonjan direksyon selon Bib la lè y ap sèvi ak Entènèt, tankou yo ta fè pou gide yo nan chwazi mizik oswa fim sinema. — 1 Kor. 15:33.

17 Malerezman, sèten ki te frè ak sè nou, yo mete yo deyò akòz frekantasyon yo te kòmanse nan reyinyon ak moun nan monn nan nan fowòm bavadaj sou Entènèt, e sa te menm mennen yo nan imoralite. Bagay moun ap mal pou kwè, gen ansyen ki ekri pou di gen moun kounye a ki kite mari yo oswa ki kite madanm yo pou pouswiv relasyon yo te kòmanse sou Entènèt (2 Tim. 3:6). Gen dòt moun ki bay laverite a do paske yo vin kwè nan enfòmasyon aposta yo bay (1 Tim. 4:1, 2). Lè nou egzamine danje trè serye sa yo, èske sa pa parèt rezonab pou n pran prekosyon sou sa ki makònen ak fowòm bavadaj sou Entènèt la ? Egzèse sajès, konesans, kapasite refleksyon ak klèvwayans yo pale nan Pwovèb 2:10-19 la, ap prezève nou sètènman devan danje sa a.

18 Li klè gen yon kantite moun ki pretann kreye sit Wèb pou preche bon nouvèl la. Anpil nan sit sa yo se yon seri frè enpridan ki pwomotè yo. Dòt sit kapab se aposta ki vle twonpe moun san mefyans ki pwomotè yo (2 Jan 9-11). Nan kòmantè Le ministère du Royaume novanm 1997 paj 3 ki eksplike si gen nesesite pou frè nou yo kreye sit Wèb, men sa l te deklare : “ Pa gen okenn nesesite pou pèsonn moun prepare paj Entènèt sou Temwen Jewova, sou aktivite nou yo oswa sou kwayans nou yo. Sit ofisyèl nou an [http.⁄⁄www.watchtower.org] bay enfòmasyon egzat pou nenpòt moun ki vle. ”

19 Èske Entènèt se yon mwayen pou etidye ? Gen sèten moun ki santi yo rann frè yo sèvis lè yo voye kourye enfòmasyon sou rechèch yo fè anrapò ak divès aktivite teyokratik. Paregzanp, yon moun kapab fè rechèch sou baz yon plan diskou piblik epi li voye kourye a, avèk lide enfòmasyon konsa ap pwofitab pou moun k ap prepare menm diskou a. Gen lòt k ap voye kourye tout tèks biblik pou pwochen etid La Tour de Garde la oswa yo kapab bay sijè Lekòl Ministè Teyokratik yo oswa sijè etid liv kongregasyon an. Genyen petèt ki ofri sijesyon pou fè prezantasyon nan predikasyon. Èske bagay konsa itil ?

20 Piblikasyon òganizasyon Jewova a founi nou yo meble lespri nou ak panse edifyan e yo fòme nou pou n “ distenge sa k byen ak sa k mal ”. (Eb. 5:14.) Èske nou ka di yo rive atenn bi a si se lòt moun ki fè rechèch yo pou nou ?

21 Yo te pale de kretyen Bere yo tankou moun ki te gen “ pi bon dispozisyon pase moun Tesalonik yo ”. Poukisa ? Paske “ yo te resevwa pawòl la avèk pi gwo anpresman, yo egzamine Ekriti yo avèk swen chak jou [pou wè] si se konsa bagay yo te ye ”. (Travay 17:11.) Kwak Pòl ak Silas te preche yo, verite a pa t vin afè pa yo toutotan yo pa t santi yo enplike pèsonèlman.

22 Sèvi ak rechèch yon lòt moun pou fè yon diskou oswa pou prepare reyinyon se anile nou anile bi etid pèsonèl la. Fè efò pèsonèl pou bati lafwa w avèk konviksyon w nan Pawòl Bondye a, èske se pa sa w vle ? Si w apiye w sou konviksyon pèsonèl ou, devan tout moun ou kapab demontre lafwa w genyen an nan diskou w yo, nan kòmantè w yo nan reyinyon, e nan predikasyon (Wom. 10:10). Sèvi ak rechèch yon lòt moun pa tonbe dakò ak deskripsyon nou jwenn nan Pwovèb 2:4, 5 ki mande pou n ‘ kontinye chèche konesans Bondye a pèsonèlman tankou trezò sere ’.

23 Paregzanp, lè w ap chèche yon tèks nan pwòp Bib ou, ou kapab fè yon koudèy sou kontèks chak tèks. Ou kapab fè ‘ rechèch tout bagay avèk egzaktitid ’ tankou Lik te fè lè l t ap ekri Evanjil li a (Lik 1:3). Efò siplemantè a pral ede w vin pi abil lè w ap chèche tèks nan predikasyon e lè w ap bay diskou. Anpil moun deklare Temwen Jewova fè bèl enpresyon sou yo paske yo konn manyen Bib yo. Inik fason pou sa gen aplikasyon sou nou se si nou pran abitid chèche tèks nan pwòp Bib nou pèsonèlman.

24 Sèvi ak tan nou sajman : Yon lòt bagay pou n konsidere sou sa se kantite tan nou pèdi nan kreye, nan li, ak lè n ap reponn enfòmasyon sou ekran Entènèt. Men jan Sòm 90:12 ankouraje nou priye : “ Montre nou kouman pou n kontwole jou nou yo defason pou nou vin gen yon kè ki gen sajès ”. Pòl fè remake : “ Tan ki rete a redwi ”. (1 Kor. 7:29). Epi pi lwen li di : “ Vrèman donk, toutotan nou gen tan favorab pou sa, annou fè byen ak tout moun, men sitou ak moun ki paran nou nan lafwa ”. — Gal. 6:10.

25 Yon konsèy konsa souliye nesesite pou nou byen itilize tan nou. Ala pwofitab sa pi pwofitab pou n depanse tan nou nan li Pawòl Bondye a ! (Sòm 1:1, 2.) Se pi bèl frekantasyon nou kapab fè. (2 Tim. 3:16, 17.) Paran, èske nou aprann timoun nou yo ki valè sa genyen lè yo itilize tan yo avèk sajès nan aktivite Wayòm nan (Ekl. 12:1) ? Tan nou pase nan etid pèsonèl ak nan etid familyal, nan asiste reyinyon ak nan predikasyon pi enpòtan anpil pase tan nou pase ap navige sou Entènèt nan espwa pou n tire pwofi.

26 Sou rapò sa a, chemen sajès la se konsantre atansyon nou sou kesyon espirityèl yo ak sou bagay ki esansyèl, bagay ki gen rapò ak lavi nou kòm kretyen. Sa mande pou n byen egzamine chwa enfòmasyon ki merite tan nou ak refleksyon nou. Pou nou menm kretyen, Kris rezime bagay ki gen rapò ak lavi nou. Li di : “ Kidonk, kontinye chèche Wayòm nan ak jistis li dabò e y ap ajoute tout lòt bagay yo pou nou kom degi. ” ​(Mat. 6:33.) Èske w pa pi ere lè lavi w plen ak aktivite Wayòm nan pase nenpòt lòt aktivite ?

27 Kourye elektwonik (e-mail) : Kwak sa konvnab pou pataje eksperyans oswa refleksyon pèsonèl ant fanmi oswa ant zanmi w k ap viv lwen, èske reyèlman se lanmou pou w rakonte yo bay lòt moun ki pa ni fanmi w ni zanmi w ? Oubyen èske ou ta dwe voye kourye sa yo sou yon paj Wèb pou nenpòt moun li yo ? Èske w bezwen fè kopi mesaj pèsonèl sa yo pou voye yo san kontwòl bay moun petèt ou konnen oswa bay moun petèt ou pa menm konnen ? Parèyman, si ou resevwa mesaj nan men dòt moun men ou wè klèman se pa pou wou yo te ekri yo, èske se lanmou pou w pase yo bay lòt moun ankò ?

28 Sa k ap rive si eksperyans ou pase bay la pa egzat ? Èske se pa ta simaye sa ki pa laverite ? (Pwov. 12:19 ; 21:28 ; 30:8 ; Kol. 3:9.) Vrèmanvre, si nou “ byen siveye fason n ap mache, pou se pa tankou moun ki pa gen okenn sajès men tankou moun ki saj ”, n ap reflechi sou sa (Efez. 5:15). Ala ere nou ere pou Annuaire, La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! ki plen ak eksperyans moun ka verifye, k ap ankouraje nou epi k ap pouse nou kontinye mache ‘ nan chemen an ’ ! — Iza. 30:20, 21.

29 Gen yon lòt danje ankò. Men sa apòt Pòl te di konsènan kèk moun : “ An menm tan tou yo aprann rete san fè anyen, y ap pwonmnen kay an kay ; epi se pa sèlman rete san fè anyen, men yo gen lang, e y ap mele nan zafè lòt moun, y ap pale bagay yo pa ta dwe pale. ” ​(1 Tim. 5:13.) Sa se pawòl ki retni nou pou nou pa rete ap pèdi tan ak efò nan pase enfòmasyon san enpòtans bay frè nou yo.

30 Reflechi tou sou kantite tan sa pran pou w ap okipe yon gran kantite e-mail. Fè ki enteresan, liv yo rele Data Smog la [polisyon] fè remake : “ Lè yon moun pase deplizanpli tan devan òdinatè, e-mail la vin pa senpleman yon bagay nouvo e enteresan, men li vin tounen yon fado k ap manje tan, avèk dè douzèn mesaj pou w li e pou w reponn kòlèg, zanmi, ak fanmi voye chak jou (...) san konte piblisite pou atik ou pa t mande. ” Pi lwen, li deklare : “ Anpil enfòmatè elektwonik vin pran movèz abitid bonbade moun ak enfòmasyon yo resevwa sou tout divètisman yo transmèt yo tankou : blag, istwa yo pretann ki vrè, lèt elektwonik ak dòt bagay ankò yo simaye bay lòt moun sou ajanda adrès elektwonik pa yo. ”

31 Sa byen vizib nan e-mail k ap sikile pami anpil frè, se atik tankou blag, oswa plezantri sou predikasyon, pwezi ki sanble baze sou kwayans nou yo, ilistrasyon sou divès diskou yo te tande nan asanble, nan kongrè oswa nan Sal Wayòm, eksperyans moun viv nan predikasyon, eksetera, bagay sanble ki byen inosan. Laplipa e-mail yo voye konsa pa woutin san verifye sous la, fè li difisil pou konnen ki moun ki te premye ekri yo, alòske moun nan te dwe fè konnen kilès li ye si enfòmasyon an se verite reyèlman. — Pwov. 22:20, 21.

32 Mesaj frivòl moun jwenn souvan konsa pa tip pawòl byenfezan Pòl te gen nan tèt, lè l te ekri Timote pou l te di : “ Toujou kenbe modèl pawòl byenfezan ou te tande ki vini de mwen ak lafwa ak lanmou ki gen rapò ak Kris Jezi a. ” ​(2 Tim. 1:13.) “ Lang pwòp ” verite ki ekri a gen ‘ modèl pawòl byenfezan ’ ki baze prensipalman sou tèm Labib la : Jistifye dwa Jewova genyen pou gouvènen pa mwayen Wayòm nan (Sefanya 3:9). Nou ta dwe fè efò serye pou konsakre tout tan nou genyen ki disponib pou soutni dwa sa a Jewova genyen pou gouvènen an.

33 Piske nou byen lwen nan tan lafen sistèm de choz la, se pa lemoman pou nou lache vijilans nou. Bib la avèti nou : “ Rete nan bon sans nou, se pou n veyatif. Advèsè nou an, Dyab la, ap sikile tankou yon lyon k ap gwonde, l ap mache chèche devore yon moun. ” ​(1 Pyè 5:8.) Yon lòt kote yo di : “ Mete tout zam Bondye yo sou nou pou n kapab kenbe fèm kont manèv Dyab la. ” — Efez. 6:11.

34 Si moun mal sèvi ak Entènèt la konsa, l ap vin yon mwayen Satan sèvi pou l kapab twonpe moun pouvwa Entènèt la sedwi. Kwak li kapab itil yon fason limite lè moun pa sèvi anpil ak Entènèt, gen danje si w pa anvizaje l avèk prekosyon. Paran yo espesyalman bezwen santi yo konsène nan jan pitit yo ap itilize Entènèt.

35 Kenbe yon vizyon ekilibre konsènan Entènèt se yon pwoteksyon. Nou apresye rapèl apwopriye Pòl fè a : “ Se pou [...] moun k ap sèvi ak monn nan tankou moun ki pap sèvi avè l afon ; paske sèn monn se chanje l ap chanje la menm. ” ​(1 Kor. 7:29-31). Si nou gen bagay sa yo nan lespri nou, y ap ede nou menm ak fanmi nou kenbe kont sa monn nan ofri k ap vin detounen nou, sa ki nan Entènèt yo ladann tou.

36 Li endispansab pou nou rete pre frè nou yo nan kongregasyon an epi pou n itilize tan ki rete a avèk sajès. Konsa n ap rann tèt nou disponib pou fè enterè Wayòm nan vanse. Kòm sistèm sa a prèt pou fini, annou “ pa mache tankou moun nan nasyon yo ap mache nan atitid lespri esteril yo a ”, men annou “ kontinye chèche konprann sa volonte Jewova a ye ”. — Efez. 4:17 ; 5:17.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje