Tout kalite moun ap sove
1. Repitasyon nou devan Bondye depann de ki sa ?
1 Bonte Bondye moun pa merite a ouvri chemen delivrans lan. Volonte Jewova se pou “ tout kalite moun sove, e pou yo rive jwenn yon konesans egzak sou laverite ”. (1 Tim. 2:3, 4.) Repitasyon nou devan Bondye depann non pa de ras nou, pozisyon sosyal nou, kapasite nou oswa aparans nou, men, li depann de egzèse n ap egzèse lafwa nan ranson an, sakrifis Jezi a (Jan 3:16, 36). Antanke konpayon travay Bondye, nou dwe debarase nou ak prejije ki ka pouse nou rejte moun Jewova dispoze aksepte.
2, 3. Ki sa k ka ede nou pou nou pa jije moun dapre aparans yo ?
2 Evite pote jijman : Jewova ap gade, san malveyans ni patipri, ki sa moun ye pa anndan (1 Sam. 16:7). Li wè yo tou dapre sa yo kapab devni. Konsa, li gade moun ki vle fè l plezi kòm moun ki apresyab (Aga. 2:7). Èske nou wè lòt moun yo menm jan Bondye wè yo ?
3 Lè nou nan ministè a, gen moun nou rankontre aparans yo kapab choke nou. Petèt, yo abiye ak vye rad, oswa abiman yo endesan. Petèt, yo gen bab ki neglije, oubyen yo gen zanno nan nen yo oswa nan po bouch yo. Kèk ladan yo kapab se moun ki pa gen kay pou yo rete. Petèt, gen lòt ankò ki montre yo malelve nan fason yo trete nou. Olye pou nou jije yo kòmsi sa pap janm posib pou moun konsa vin adoratè Jewova, nou ta dwe gen yon atitid pozitif. “ Paske menm nou menm, gen yon lè nou te ensanse, nou te dezobeyisan, yo t ap twonpe nou. ” (Tit 3:3). Piske nou reyalize sa, n ap preche tout moun avèk anpresman, menm moun ki sanble endiy akoz aparans yo.
4, 5. Ki sa nou aprann nan egzanp Jezi ak nan egzanp Pòl ?
4 Egzanp nou jwenn nan premye syèk la : Jezi Kris te konn pran tan pou l ede sila yo lòt moun te kapab konsidere kòm ka pèdi (Lik 8:26-39). Pandan li pa t janm apwouve pratik ki pa bon, li te konnen gen moun yo ka antrene nan yon move chemen (Lik 7:37, 38, 44-48). Konsa, li te montre l konpreyansif, e “ li te santi l gen pitye pou yo, paske yo te tankou mouton ki san bèje ”. (Mak 6:34.) Èske nou kapab imite egzanp li plis toujou ?
5 Yo te lapide apot Pòl, yo te bat li, e yo te mete l nan prizon (Travay 14:19 ; 16:22, 23). Èske move eksperyans konsa, te fè l vin anmè, epi èske sa te fè l tire konklizyon l ap pèdi tan l pami kèk nasyon ak kèk gwoup etnik ? Pa ditou. Li te konnen moun ki gen kè onèt, ou ta ka jwenn yo pami tout gwoup etnik, e li te detèmine pou l jwenn yo. Èske se konsa nou wè moun ki nan tèritwa nou yo ki soti nan divès ran sosyal ak nan divès kilti ?
6. Ki enfliyans atitid nou kapab genyen sou nouvo yo nan reyinyon kongregasyon an ?
6 Byen akeyi moun yo jodi a : Anpil moun ki fè pati pèp Bondye a santi yo kontan pou bèl akèy frè ak sè yo te ba yo nan kongregasyon an. Frè ak sè sa yo te wè pi lwen pase aparans. Te gen yon mesye ki te gen yon bab neglije ak cheve long rive jis sou zepòl li, ak yon rad sal, ki te rive nan yon Sal Wayòm, ann Almay. Mesye a te gen yon move repitasyon. Toutfwa, li te jwenn yon bèl akèy nan reyinyon an. Li tèlman te enpresyone, li te retounen yon semèn apre. Nan yon ti bout tan, li te mete lòd nan aparans li, li sispann fimen, e li legalize relasyon l ak fi li t ap viv avè l la. Anvan lontan, ni yo menm ni pitit yo te vin sèvi Jewova antanke fanmi ini.
7. Kòman nou kapab imite Bondye nou an ki pa gen patipri a ?
7 Pou nou imite Bondye nou an ki pa gen patipri, annou etann envitasyon an pou tout moun benefisye bonte Bondye moun pa merite a.
[Antrefilè nan paj 3]
“ Bondye pa gen patipri, men, nan tout nasyon, yon moun ki gen krentif pou li e ki pratike sa ki jis, li pran plezi nan li. ” — Travay 10:34, 35.