Ki sa pou n di yon Boudis ?
1 Gen de peyi, pifò nan moun ki vin batize se nan Boudis yo te ye anvan. Ki sa ki rale moun sa yo nan laverite a ? Ki jan ou kapab prezante yon Boudis bon nouvèl la ?
2 Montre yo enterese w toutbonvre : Anpil ansyen Boudis di se pa gwo rezonnman ki te rale yo nan laverite a. Sa ki te touche yo, se jan Temwen yo te montre yo enterese yo pèsonèlman avèk tout kè yo. Gen yon madanm azyatik ki t ap viv Ozetazini, sa ki te enpresyone l anpil, se jan sè ki te vin pale avè l la te amikal avè l, sa te fè li dakò pou l etidye. Madanm nan pa t pale angle byen, men sè a te pasyan avèk li. Lè madanm nan te fatige oubyen lè l pa t kapab fè etid la, sè a te annik fè yon ti pale byen amikal avè l epi li te fè aranjman pou etid la fèt yon lòt fwa. Sa k te vin rive, ni madanm nan, ni de pitit gason li te genyen, ansanm ak tout manman l ki te granmoun te batize. Li te retounen nan peyi kote l te fèt la. Konsa, li te ede anpil moun aprann laverite. Youn nan pitit gason l yo ap travay kounye a nan filyal la. Se yon gwo benediksyon sè a te jwenn kòm rezilta poutèt li te imite ‘ bonte ak lanmou Jewova gen pou lòm ’ ! — Tit 3:4.
3 Sa Boudis yo panse : An jeneral, Boudis yo pa gen pwoblèm pou tande sa lòt relijyon di. Pou yo menm, li pa nesesè pou yo asepte yon doktrin espesifik. Se poutèt sa, tout Boudis pa gen menm kwayans. Yon ansèyman ou jwenn anpil nan youn nan branch Boudis la se ansèyman ki di lavi a chaje ak soufrans. Men grasa enspirasyon an, yon moun kapab kanpe chèn renesans lan anndan yon lavi kote li pa jwenn satisfaksyon. Yo di pou yon moun libere anba chèn lavi sa a, li dwe rive nan etap Nivana a. Nivana a se yon eta yo pa kapab eksplike paske se pa yon kote oubyen se pa yon sitiyasyon li ye, men se pito yon vid moun pa konn sa yo rele soufrans ak sa yo rele mal ditou (gade bwochi Que devient-on quand on meurt ? paj 9, 10). Ki sa sa aprann nou ? Sa aprann nou si nou chèche antre nan deba sou filozofi relijyon Boudis la ak moun yo, sa pap bay okenn bon rezilta. Olye de sa, pale pito sou pwoblèm ki konsène tout moun.
4 Chita sou sa ki enterese nou tout : Piske an jeneral, pou Boudis yo lavi sou tè a egal soufrans, kesyon lavi etènèl la kapab parèt dwòl pou yo. Epoutan, nou tout, nou dakò sou pwen sa yo : nou ta renmen viv alèz nan fanmi nou, nou ta renmen pou pa gen soufrans ankò, nou ta renmen konnen sans lavi a. Gade byen ki jan nou kapab chita sou kesyon sa yo kote nou tout nou konsène.
5 Men jan ou kapab eseye kòmanse konvèsasyon an :
◼ “ Jodi a, n ap viv nan yon monn kote anpil inosan ap soufri. Ki sa ki merite fèt pou chagren ak lamizè ka fini yon jou ? [Kite moun nan reponn.] Gen yon pwomès Bondye fè depi lontan ki rekonfòte m anpil. [Li Revelasyon 21:4.] Natirèlman, tan sa a poko rive, men lè l a rive, nou ta renmen wè li, pa vre ? ” Apresa, ofri yon piblikasyon ki eksplike jan soufrans pral fini.
6 Men sa ou kapab di yon granmoun aje :
◼ “ Petèt sa enkyete w tou menm jan avèk mwen lè nou wè pakèt vye lide ki alamòd jodi a ansanm ak gwo enfliyans sa genyen sou timoun nou yo. Poukisa move mès fin gaye nan mitan jèn yo konsa ? [Kite moun nan reponn.] Èske w te konnen sa te predi nan yon liv yo te kòmanse ekri byen lontan depi anvan relijyon Mizilman an, anvan relijyon kretyen yo epi anvan Endou a te fonde ? [Li 2 Timote 3:1-3.] Note byen se kondisyon sa yo k ap mennen jodi a malgre chak jou lèzòm ap vin pi enstwi. [Li vèsè 7 la.] Liv [oubyen bwochi] sa a te ede m konprann yon verite anpil moun pa janm aprann. ” Ofri yon liv oubyen yon bwochi ki apwopriye.
7 An jeneral, Boudis yo respekte Labib paske yo konsidere l kòm yon liv sakre. Poutètsa, ou mèt li ladan l dirèkteman avèk yo (Ebre 4:12). Si moun nan pa santi l alèz avèk enfliyans kilti oksidan an, fè l konnen tout ekriven biblik yo se Azyatik yo te ye.
8 Avèk ki piblikasyon nou kapab fè sa pi byen ? Yo pibliye feyè Will Suffering Ever End? espesyalman pou Boudis yo, yo enprime l nan lang chinwa, japonè, singalè ak tayi. Anplis de sa, anpil pwoklamatè reyisi lè yo sèvi ak piblikasyon sa yo : liv Le secret du bonheur familial, L’humanité à la recherche de Dieu avèk Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques ; bwochi “ Voici, je fais toutes choses nouvelles ”, Quel est le but de la vie ? — Comment le découvrir ? ; si sa toujou disponib, Nouvèl Wayòm no 35, Èske tout moun ap janm gen lanmou youn pou lòt ? Pifò Boudis k ap aprann laverite kounye a bezwen etidye bwochi Sa Bondye Vle a anvan epi liv Connaissance lan annapre.
9 Yo panse misyonè Boudis yo te rive Atèn prèske 400 zan anvan Pòl te al preche lòtbò a. Men nanpwen anyen ki di Pòl te rankontre yon jou ak yon moun ki te an kontak ak Boudis yo. Sepandan, nou konnen byen jan Pòl te santi l alèz pou l bay tout kalite moun temwayaj la. Li te fè tèt li “ esklav pou tout moun ” yon fason pou l te “ kapab sove kèk moun ”. (1 Korentyen 9:19-23.) Nou kapab fè menm bagay la tou lè nou montre moun yo yo enterese nou pèsonèlman epi lè nou chita sou esperans nou genyen an. Anmenmtan n ap bay tout moun nou rankontre temwayaj la.