Èske pitit ou ka pran desizyon ki montre li gen matirite ?
1. Ki pozisyon kèk timoun ki Temwen te pran anrapò ak itilizasyon san ? Bay yon egzanp.
1 Konsènan ki sa y ap pran desizyon ki montre yo gen matirite a ? Se konsènan transfizyon san. Jan yo montre sa nan atik ki gen tit “ Marchons selon les instructions de Jéhovah ”, nan La Tour de Garde 15 jen 1991 lan (fransè), gen pitit Temwen Jewova, pou yo pwouve dezi yo genyen pou yo obeyi lwa Bondye bay sou san an se yon bagay ki enpòtan pou yo, menm jan sa enpòtan pou paran yo, yo te oblije pran yon pozisyon ki montre yo gen matirite. Èske sa ka valab tou pou pitit pa w ki minè ?
2. Ki prensip legal yon tribinal te aplike pou yon minè ki te refize transfizyon san, e ki sa paran ki kretyen yo ak pitit yo ki minè aprann nan sa ?
2 Ki sa lalwa di ? Ozetazini, pi gwo tribinal ki te pran yon desizyon sou dwa yon minè ki gen matirite genyen pou l refize transfizyon san se Lakou siprèm Ilinwa. Lè tribinal la t ap egzamine ka yon sè ki gen 17 an, men sa yo deklare : “ Si gen prèv ki klè e ki konvenkan ki montre minè a gen ase matirite pou l konprann konsekans aksyon l lan [e] pou l egzèse jijman l menm jan ak yon adilt, lè sa a, doktrin nou genyen anrapò ak minè ki gen matirite pèmèt li benefisye dwa koutimye ki pèmèt li aksepte oswa refize yon tretman medikal. ” Kidonk, lè doktè oswa fonksyonè ki gen otorite pou sa ap chèche konnen si yon timoun gen ase matirite pou l pran desizyon poukont li, yo ka entèvyouwe malad la pou yo tande l k ap eksprime rezon pèsonèl li genyen ki fè li refize pran san. Jèn nan ap bezwen byen konprann nan ki degre eta sante l grav ak konsekans chwa tretman li fè a genyen, e l ap bezwen eksprime kwayans relijye li genyen konsènan lwa Bondye bay sou san an yon fason klè e fèm.
3. Ki kesyon paran yo dwe konsidere seryezman, e poukisa
3 Ki sa pitit ou ka di ? Èske pitit pa w kapab eksprime yo poukont yo sou kesyon sa a ? Èske yo kwè ak tout kè yo kòmandman ki mande pou yo ‘ evite san ’ an se Bondye ki bay li (Tra. 15:29 ; 21:25) ? Èske yo ka esplike kwayans yo sou baz Ekriti yo ? Menmsi doktè yo kwè lavi yo an danje, èske yo kapab defann desizyon fèm yo pran konsènan san an avèk kouraj, menmsi w pa prezan ? Etandone “ tan ak evènman enprevi rive [nou] tout ”, ki jan w ka prepare pitit ou pou kèlkeswa eprèv ki ta parèt sanzatann e ki ta menase entegrite yo ? — Ekl. 9:11 ; Efe. 6:4.
4, 5. a) Ki responsablite paran yo genyen, e ki jan yo ka akonpli l ? b) Ki èd ki disponib pou paran yo ?
4 Paran, ki sa w ka fè ? Ou gen responsablite pou w anseye pitit ou pwennvi Bondye sou san (2 Tim. 3:14, 15). Nou jwenn yon esplikasyon klè nan liv Comment raisonner a, paj 359-362. Byen egzamine l ak fanmi w. Etan w ap sèvi ak pati ki gen tit “ Si quelqu’un vous dit ” ki nan paj 362-364 la, fè egzèsis avèk pitit ou pou w ede yo vin alèz lè y ap esplike sa yo kwè e poukisa yo kwè nan sa (1 Pyè 3:15). N ap jwenn plis enstriksyon sou kesyon san an nan bwochi Comment le sang peut-il vous sauver la vie ? ak nan La Tour de Garde 15 jen 2004 (fransè), paj 14-24. Anplis de sa, n ap jwenn enfòmasyon konvenkan ki montre li rezonab e li efikas lè yo pratike medsin ak chiriji san transfizyon san nan yon seri dokimantè tankou Soigner sans transfusion : besoins et droits du patient ak Pas de sang : la médecine relève le défi, ki disponib aktyèlman sou DVD ki gen tit Des alternatives à la transfusion — Documentaires. Èske fanmi pa w te gade dokimantè sa yo tou dènyèman la a epi nou te diskite sou yo ?
5 Ede pitit ou ‘ pou yo menm pèsonèlman yo ka konstate ki volonte Bondye ’ anrapò ak san, “ yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè ”. Lè sa a, yo kapab pran yon desizyon ki montre yo gen matirite, yon desizyon Jewova apwouve. — Wom. 12:2.