-
Pran plezi pou nou etidye liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? aMinistè Wayòm — 2006 | fevriye
-
-
Pran plezi pou nou etidye liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a
1 Youn nan pi bèl moman nan kongrè distri “ Obeyisans ki onore Bondye ” a se te lè yo te prezante liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a. Talè konsa nou pral kòmanse itilize l anpil nan ministè a, sitou pou nou kondui etid biblik. Kidonk, nou bezwen konnen nouvo liv sa a byen. Nou pral gen posiblite sa a, paske apati semèn 17 avril 2006 se liv sa a nou pral etidye nan etid liv kongregasyon an.
2 Siveyan etid liv yo ap atire atansyon sou kesyon ki nan kòmansman chapit yo. Apre sa, y ap sèvi ak kesyon ki anba paj yo pou dirije etid la. Y ap li vèsè kle yo e y ap diskite sou yo, e kare “ Men sa Labib anseye ” ki nan fen chapit yo ap itil pou yo fè revizyon sou sijè yo sot egzamine a, paske li gen ladan l repons Bib la bay sou kesyon ki nan kòmansman chapit la. W ap pran plezi pou w fè kòmantè, piske liv la trete sijè yo yon fason ki klè, ki senp e ki enteresan.
3 Nan apendis liv sa a, yo bay detay sou plizyè sijè. N ap kapab itilize apendis la lè yon etidyan bezwen plis esplikasyon sou yon sijè. Pafwa, nan etid liv kongregasyon an, y ap egzamine kèk pati nan apendis la. Lektè nan etid liv la ap li tout apendis ki gen rapò ak sijè a, e sa ki pi long yo, y ap li yo seksyon pa seksyon. Yo pa bay kesyon pou apendis la. Men, siveyan etid liv la ka poze kesyon sou pwen prensipal yo pou l envite moun ki la yo fè kòmantè.
4 Etid nan liv Sa Labib anseye a pral fèt yon fason rapid nan etid liv kongregasyon an. Li pa ta bon pou nou ale rapid menm jan an lè n ap etidye liv la ak yon moun, sitou si konesans moun nan gen sou Bib la piti oubyen li pa gen ditou (Tra. 26:28, 29). Lè n ap fè etid ak moun yo lakay yo, n ap bezwen egzamine vèsè yo plis an pwofondè, n ap bezwen esplike imaj yo, ak lòt bagay ankò. Kidonk, lè nou pral etidye liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a, fikse objektif pou w toujou la chak semèn nan etid liv la e pou w patisipe.
-
-
Ki sa Labib anseye toutbonvre ?Ministè Wayòm — 2006 | fevriye
-
-
Ki sa Labib anseye toutbonvre ?
Pwogram etid liv soti semèn 17 avril 2006 rive semèn 1ye janvye 2007.
SEMÈN CHAPIT PARAGRAF APENDIS
17 avr. 1* 1-13
1ye me 2 1-17
8 me 2 18-20 paj 199-201
15 me 3 1-12
22 me 3 13-24
26 jen 6 1-6 paj 208-11
3 jiyè 6 7-20
10 jiyè 7 1-15
17 jiyè 7 16-25 paj 212-15
24 jiyè 8 1-17
31 jiyè 8 18-23 paj 215-18
7 out 9 1-9 paj 218-19
14 out 9 10-18
21 out 10 1-9
28 out 10 10-19
4 sept. 11 1-11
11 sept. 11 12-21
18 sept. 12 1-16
25 sept. 12 17-22
2 okt. 13 1-9
9 okt. 13 10-19
16 okt. 14 1-13
23 okt. 14 14-21
30 okt. 15 1-14
6 nov. 15 15-20 paj 219-20
27 nov. 17 1-11
4 des. 17 12-20
11 des. 18 1-13
18 des. 18 14-25
25 des. 19 1-14
1ye jan. 19 15-23
Si gen tan pou sa, li kantite vèsè nou kapab nan vèsè yo mansyone yo, epi fè kòmantè sou yo. Yo dwe li tout paragraf ki nan chapit yo, ni sa k nan apendis yo. Lè w fin fè dènye paragraf nan chapit la, egzamine kare “ Men sa Labib anseye ” a.
* Entwodiksyon ki nan paj 3-7 la ladan l tou.
-