BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Anons
    Ministè Wayòm — 2005 | novanm
    • Anons

      ◼ Piblikasyon n ap ofri an novanm : Ofri liv Konesans lan oswa bwochi Bondye vle a. Si moun nou rankontre yo deja gen piblikasyon sa yo, ofri yo liv Adorez Dieu a oswa yon ansyen piblikasyon. Desanm : Le plus grand homme de tous les temps. Si pa genyen l, nou ka ofri La Bible : Parole de Dieu ou des hommes ? ; Liv istwa biblik mwen an ; oswa Vous pouvez vivre éternellement sur une terre qui deviendra un paradis. Janvye : Nenpòt liv ki te parèt anvan 1991 kongregasyon an genyen nan stòk li. Si nou pa gen youn ladan yo, tcheke pou n wè si kongregasyon nan zòn nan pa genyen nan liv sa yo ki rete nan stòk pa yo. Si gen kongregasyon ki pa gen ansyen liv sa yo, ofri liv Konesans lan. Fevriye : Approchez-vous de Jéhovah. Si nou pa genyen l, nou ka ofri : La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? oubyen La Révélation : le grand dénouement est proche !

      ◼ Siveyan prezidan an oubyen yon lòt moun li chwazi ta dwe verifye kont kongregasyon an 1ye desanm oswa kou sa posib apre dat sa a. Si yo kenbe yon kont apa tankou pou antretyen oubyen pou konstriksyon, ta dwe gen dispozisyon ki pran pou yo verifye kont sa a tou. Lè verifikasyon an fin fèt, y ap fè kongregasyon an konn sa, nan pwochen rapò sèvis kont lan.

      ◼ Ann Ayiti, sekretè kongregasyon ki gen papye tè Sal Wayòm ak dosye asirans Sal la nan men yo dwe teni kont de pwen nou pral site la yo : 1) Èske papye tè a ak papye apantaj la nan filyal la ? Silvouplè, pa voye fotokopi, se papye orijinal yo pou nou voye, men nou mèt konsève fotokopi yo nan dosye kongregasyon an. Si papye sa yo poko la, tanpri ekri filyal la, di ki sa ki ka fèt pou nou ede w fè nou jwenn papye sa yo. 2) Èske papye Sal Wayòm nan deja transfere sou non “ Association chrétienne ‘ les Témoins de Jéhovah d’Haïti ’ ” ? 3) Si se anfème nou anfème tè a, èske nou fin peye tout lajan nou te dwe peye a ? 4) Sa fè sizan depi yo te evalye pifò Sal Wayòm yo dapre Programme de protection des Salles du Royaume. Sa te pèmèt nou konnen konbyen kòb kay la koute (materyo sèlman) ak konbyen kòb sa ki anndan Sal la koute. Etandone lavi a vin pi chè, petèt nou ka bezwen chanje chif sa yo. Si nou wè nesesite pou nou ogmante chif yo, tanpri voye mande filyal la fòmilè ki rele Formulaire international - Descriptif de l’état des lieux (T-49b-F). 5) Si gen kesyon, ki gen rapò ak lalwa, ki soulve konsènan Sal Wayòm nan, se pou nou kontakte filyal la nan telefòn san pèdi tan. Poko fè anyen toutotan nou pa jwenn enstriksyon filyal la.

      ◼ Ann Ayiti, si yon moun vle fè yon ofrann pou travay mondyal la oswa pou konstriksyon Sal Wayòm, pa mwayen yon chèk, li dwe fè l sou non “ Association chrétienne ‘ les Témoins de Jéhovah d’Haïti ’ ”. Ozetazini, chèk yo fè nan kongrè distri oswa chèk y ap voye bay filyal la dwe fèt sou non “ Watch Tower ”. Adrès la se : Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania, c/o Office of the Secretary and Treasurer, 25 Columbia Heights, Brooklyn, NY 11201-2483.

      ◼ N ap egzamine pwogram videyo Soigner sans transfusion : besoins et droits du patient an nan yon reyinyon sèvis an janvye. Si nou bezwen pwogram videyo a, se kongregasyon an ki pou fè kòmann lan pou nou osito sa posib.

  • Ki jan nou ka pote èd pa nou ?
    Ministè Wayòm — 2005 | novanm
    • Ki jan nou ka pote èd pa nou ?

      1 Souvan, lè Temwen Jewova yo tande gen yon dezas ki rive yon kote nan monn nan, yo konn poze kesyon sa a : “ Ki jan nou ka pote èd pa nou ? ” Jan Travay 11:27-30 montre sa, kretyen yo nan premye syèk la te pote èd bay frè yo ki t ap viv nan Jide paske te gen yon grangou nan zòn nan.

      2 Nan tan modèn yo, lwa entèn òganizasyon nou an pèmèt li sèvi ak lajan li resevwa pou l fè zèv e pou l pote èd imanitè bay moun k ap soufri anba dezas swa lèzòm swa lanati lakòz, e pou l pote èd nan lòt moman, lè sa nesesè.

      3 Pa egzanp, ane pase, anpil frè te fè ofrann pou yo ede moun ki te viktim anba tsunami an, yon katastwòf ki te rive nan zòn Sid Azi. Nou rekonesan anpil pou fason frè yo te reponn ak tout kè yo lè yo te fè ofrann pou fon sekou òganizasyon an. Sepandan, lè gen ofrann ki fèt espesyalman pou yon katastwòf kèlkonk, lalwa nan sèten peyi konn mande pou se sèlman nan objektif yo te fè ofrann nan e sèlman nan yon peryòd byen presi yo dwe sèvi avèk ofrann yo, kit frè yo te fin resevwa èd lokal ki nesesè, kit yo pa t fin resevwa èd sa yo.

      4 Pakonsekan, lè n ap fè ofrann pou èd imanitè ak operasyon sekou, li ta bon pou nou bay ofrann sa yo pou travay mondyal la. Fon pou travay mondyal la sèvi ni pou pote sekou ni pou reponn ak bezwen espirityèl fanmi nou fòme antanke kretyen an. Si, pou yon rezon kèlkonk, yon moun vle fè yon ofrann apa pou operasyon sekou, ki pa pou travay mondyal la, nou ka toujou aksepte l e nou ka sèvi avè l nenpòt kote yon operasyon sekou ta nesesè. Sepandan, li t ap pi bon si jan de ofrann sa yo fèt san nou pa presize ki kote e nan ki fason nou ka sèvi avèk yo.

      5 Lè nou fè ofrann yo prensipalman pou travay mondyal la, sa pèmèt plis fon vin disponib pou tout aspè travay Wayòm nan, olye pou fon sa yo rezève sèlman pou pote sekou ki ta ka nesesè alavni. Sa ann amoni ak ide nou jwenn nan Efezyen 4:16, ki montre nou travay ansanm pou nou bay sa ki nesesè “ pou kwasans kò a, pou l bati tèt li nan lanmou ”.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje