BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/07 p. 1
  • “ Sa pa enterese m ”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “ Sa pa enterese m ”
  • Ministè Wayòm nan — 2007
  • Sou menm sijè a
  • Montre yon enterè sensè pou moun : lè nou fleksib
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Fason nou ka fè fas ak difikilte nou jwenn nan travay predikasyon kay an kay la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Annou pran plezi nan sa n ap fè
    Ministè Wayòm nan — 2001
Ministè Wayòm nan — 2007
km 1/07 p. 1

“ Sa pa enterese m ”

1 Nan kèk zòn, li kouran pou moun yo reyaji konsa devan mesaj nou an. Ki sa k ap ede nou pa vin dekouraje lè nou rankontre moun ki endiferan devan mesaj nou an nan tèritwa nou ? Ki jan nou kapab fè moun yo enterese nan bon nouvèl la ?

2 Kenbe jwa nou : Si nou sonje rezon ki fè mesaj nou an pa enterese moun yo, sa ap ede nou kenbe jwa nou. Moun yo te anseye teyori evolisyon an oswa ki te leve nan yon sosyete ki pa kwè nan Bondye gendwa pa janm reflechi sou enpòtans Bib la. Gen lòt ki gendwa santi yo desi lè yo remake ipokrizi ki genyen nan relijyon. Pou kèk moun, se desepsyon e se lefètke yo sanzespwa ki fè yo pa enterese nan mesaj nou an (Efe. 2:12). Gen moun ki ‘ pa teni kont de anyen ’ paske enkyetid lavi a lou sou do yo. — Mat. 24:37-39.

3 Byenke kèk moun konn reyaji yon fason negatif, nou kapab gen lajwa nan ministè a, si nou konnen efò nou yo bay Jewova glwa (1 Pyè 4:11). Anplis, lè nou preche moun yo laverite, menmsi yo poko apresye l, sa fòtifye fwa nou. Annou bat pou nou gen menm pwennvi ak Jewova konsènan moun ki nan tèritwa a. Li te gen pitye pou moun ki t ap viv nan vil Niniv yo ki pa t “ fè diferans ant men dwat yo ak men goch yo ”. (Yona 4:11.) Moun k ap viv nan tèritwa nou yo bezwen bon nouvèl la ! Pakonsekan, nou pa ta dwe bay legen, men nou ta dwe chèche fason pou nou fè yo enterese nan mesaj ki nan Bib la.

4 Pale sou sa ki enterese moun yo nan tèritwa a : Petèt nou ta ka mansyone yon sijè ki enterese moun yo nan tèritwa nou an nan entwodiksyon n ap fè, epi mande moun n ap pale avè l la pou l eksprime opinyon l. Koute moun nan pandan l ap pale, apre sa, montre l mesaj rekonfòtan Bib la bay kòm repons pou sijè ki enterese l la. Apre yon evènman trajik te fin rive nan yon zòn, yon Temwen te eksprime jan l te regrèt sensèman sa k te pase a nan chak kay li rive. Men sa li te di : “ Tousuit, moun yo te kòmanse pale. Jou sa a, mwen te gen anpil bèl konvèsasyon paske mwen te montre mwen gen sousi pou yo. ”

5 Se Wayòm Bondye a ki pral rezoud tout pwoblèm lèzòm genyen yo. Eseye disène ki pwoblèm ki pi preyokipe moun n ap pale avè l la. Petèt l ap pèmèt ou esplike l mesaj esperans ki nan Bib la. Si li pa pèmèt ou fè sa, petèt l ap dispoze koute w “ yon lòt lè ”. — Tra. 17:32.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje