Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 8 janvye
Kantik 12 (33 CR)
10 min : Anons lokal. Ankouraje tout moun gade kasèt videyo Pas de sang : la médecine relève le défi a pou yo prepare yo pou patisipasyon ki pral genyen nan reyinyon sèvis la nan semèn 22 janvye. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 15 janvye ak Réveillez-vous ! janvye a. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo. Nan youn nan demonstrasyon yo, montre fason nou ka reponn objeksyon sa a : “ Mwen okipe. ” — Gade nan liv Comment raisonner a, paj 19-20.
15 min : Annou tire pwofi nan bwochi Ann egzamine Ekriti yo chak jou a. Diskou ak patisipasyon oditwa a ki baze sou pawòl entwodiksyon ki nan bwochi Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2007. Montre oditwa a nesesite ki genyen pou chak moun pran yon ti tan chak jou pou yo egzamine tèks pou jounen an ak kòmantè ki akonpaye l la. Mande youn oubyen de pwoklamatè pou yo prepare yo alavans pou yo pale de abitid yo genyen pou yo egzamine tèks pou jounen an. Mande yo pou yo esplike byenfè yo jwenn dèske yo fè sa. Pou fini, fè yon ti egzamen tou kout sou tèks pou ane 2007 la.
20 min : Annou atenn tout moun ak bon nouvèl la. Diskou ak patisipasyon oditwa a ki baze sou liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a, soti nan paj 92 pou rive nan soutit ki nan paj 102 a.
Kantik 165 (23 CR) ak priyè final.
Semèn 15 janvye
Kantik 93 (57 CR)
10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan.
15 min : Èske gen yon bagay ki fè w ezite ? Diskou pou yon ansyen fè. Li baze sou La Tour de Garde 1ye avril 2002, paj 13-15.
20 min : “ Sa pa enterese m. ”a Lè n ap egzamine paragraf 4 la, mande moun nan oditwa a pou yo di ki sijè ki enterese moun yo nan tèritwa kongregasyon an. Fè de demonstrasyon pou montre fason nou ka reponn objeksyon sa a : “ Sa pa enterese m. ” — Gade nan liv Comment raisonner a, paj 16.
Kantik 135 (56 CR) ak priyè final.
Semèn 22 janvye
Kantik 224 (26 CR)
10 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye fevriye ak Réveillez-vous ! fevriye a. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo. Nan youn nan demonstrasyon yo, montre ki jan pou nou fè vizit yon moun nou gen wout peryodik avè l.
10 min : Bezwen kongregasyon an.
25 min : “ Ki sa pi bon tretman medikal la ye ? ” Se yon ansyen ki pou fè l. Antre dirèkteman nan konvèsasyon avèk oditwa a sou kasèt videyo Pas de sang an. Sèvi ak kesyon yo bay nan atik la. Pou fini, li dènye paragraf la epi ankouraje tout moun pou yo reegzamine avèk swen atik Toudegad yo site yo.
Kantik 188 (20 CR) ak priyè final.
Semèn 29 janvye
Kantik 55 (58 CR)
10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò sèvis yo pou mwa janvye. Di ki piblikasyon n ap ofri an fevriye, e fè yon demonstrasyon sou fason pou nou prezante l.
20 min : “ Èske w prepare w pou katastwòf natirèl ? ”b Se yon ansyen ki pou fè l. Fè kèk kòmantè sou Ministè Wayòm novanm 2005, paj 3.
15 min : Si w pwomèt w ap retounen, se pou w retounen. Diskou ak patisipasyon oditwa a ki baze sou La Tour de Garde 15 septanm 1999, paj 11. Mande moun nan oditwa a pou yo rakonte eksperyans yo te fè ki montre yo te jwenn benediksyon paske yo te retounen al fè vizit jan yo te pwomèt sa.
Kantik 137 (47 CR) ak priyè final.
Semèn 5 fevriye
Kantik 3 (1 CR)
10 min : Anons lokal.
15 min : Se sa mwen ye ! Diskou ak patisipasyon oditwa a. Gen kèk jèn ki ezite pou yo idantifye tèt yo kòm Temwen Jewova paske yo krenn pou jèn parèy yo pa pase yo nan rizib. Sepandan, gen bonjan rezon pou nou fè moun konnen kiyès nou ye. Lè pwofesè nou konnen kwayans nou, y ap pi dispoze respekte yo, e yo pap ensiste pou nou patisipe nan aktivite ki pa akseptab. Jèn ki san prensip moral pap kouri envite nou patisipe ak yo nan fè sa ki mal. L ap pi fasil pou lòt moun konprann desizyon nou pran anrapò ak kèk kesyon tankou frekantasyon, patisipe nan aktivite espò nan lekòl nou ak lòt aktivite ki pa antre nan kad pwogram ansèyman lekòl nou. N ap santi nou pi alèz pou nou bay temwayaj nan lekòl nou e n ap santi nou pi alèz lè nou rankontre kamarad lekòl nou pandan n ap preche nan tèritwa a (g02 22/3 p. 12). Mande kèk pwoklamatè pou yo di ki jan sa te pwofitab pou yo lefètke yo idantifye tèt yo kòm Temwen Jewova nan lekòl yo. Nou ka prepare youn oswa de kòmantè alavans.
20 min : “ Lanmou se kle pou ministè nou pote fwi. ”c Fè kèk kòmantè sou Toudegad 1ye fevriye 2003, paj 31, paragraf 16-17.
Kantik 83 (89 CR) ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.