Kantik 28 (58)
Jewova, “ Bondye konsolasyon an ”
1. Gwo konsolasyon Bondye ban nou,
Se prèv li gen afeksyon.
Nou konsole moun ak Pawòl li,
Pitit li ban n direksyon.
2. Kouny’a, soufrans ak mizè gaye.
Nou tout ansanm, nou sibi.
Men, Jewova Dye ap konsole n,
Piske n ap preche pou li.
3. Ann beni Bondye ki bay kouraj.
Sa fè n gen anpil konfyans.
Wi, l ap soutni nou, l ap nouri nou,
Si n demontre andirans.
4. Nou tout ka jwenn fòs, nou ka anpè,
Lè n ap fè fas ak pwoblèm.
Kris, ki Wa, di nou yon verite :
Bondye se lanmou siprèm.