BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/12 p. 1
  • Ann tire kou nou yo avèk sajès

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ann tire kou nou yo avèk sajès
  • Ministè Wayòm nan — 2012
  • Sou menm sijè a
  • Èske sa t ap itil ou si w ta gen yon tèritwa pèsonèl?
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Èske w gen tèritwa pèsonèl pa w ?
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Se pou nou efikas nan ministè nou
    Ministè Wayòm nan — 1998
  • Metòd pou nou preche bon nouvèl la
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2012
km 1/12 p. 1

Ann tire kou nou yo avèk sajès

1. Kòman nou ka aplike 1 Korentyen 9:26 nan ministè a?

1 Men sa apot Pòl te ekri: “Mwen pap kouri san m pa konn kote m prale. M ap tire kou m yo yon fason pou se pa nan lib mwen tire yo.” ​(1 Kor. 9:26). Pòl t ap pale konsènan detèminasyon li genyen pou l konsantre sou objektif espirityèl li genyen e pou l atenn yo. Sepandan, yon fason jeneral, nou ka aplike pawòl sa yo tou nan ministè a. Nou vle tire “kou” nou yo, sètadi oryante efò n ap fè yo, avèk sajès, dekwa pou nou ka ede plis moun toujou. Kòman nou ka fè sa?

2. Kòman nou ka imite egzanp Pòl ak lòt evanjelizatè ki t ap viv nan premye syèk la lè n ap chwazi moman pou n al preche ak kote pou n al preche?

2 Ale kote nou ka jwenn moun: Pòl ak lòt evanjelizatè ki t ap viv nan premye syèk la te preche kote yo konnen yo t ap jwenn moun (Tra. 5:42; 16:13; 17:17). Donk, nan tèritwa pa nou, si gen anpil moun ki lakay yo nan aprèmidi, l ap pi bon pou n al preche kay an kay nan moman sa a. Èske estasyon machin ki nan zòn lakay nou (oubyen estasyon tren ki nan kèk peyi) gen anpil moun byen bonè nan maten ki pral nan aktivite yo oubyen èske estasyon sa yo gen anpil moun ta nan aprèmidi k ap tounen lakay yo? Nan tèritwa pa nou, ki lè zòn ki gen biznis yo konn chaje ak moun? Si nou bay temwayaj nan lari nan moman sa yo, sa ka pèmèt nou jwenn pi bon rezilta.

3. Ki jan nou ka tire kou nou yo avèk sajès nan fason nou travay tèritwa a?

3 Montre nou gen sajès nan fason nou travay tèritwa a: Nou bezwen veye pou nou tire kou nou yo avèk sajès nan fason nou travay tèritwa a tou. Pa egzanp, olye frè yo mennen anpil moun al preche nan yon menm zòn, kote y ap bezwen anpil tan, y ap bezwen fè anpil efò pou yo òganize moun yo e pou moun yo jwenn ase kay pou yo preche, li t ap pi bon si yo fè gwoup yo pi piti. Menm jan an tou, lè n ap preche nan yon tèritwa ki pa gen anpil kay, n ap fin preche tèritwa sa a pi vit e n ap jwenn plis posiblite pou nou pale ak moun yo si gwoup la pa gen anpil moun oubyen si moun k ap itilize menm machin yo pa twòp. Nan kèk ka, èske nou ka mande pou nou preche tèritwa ki pi pre lakay nou, konsa nou ka redui nan kantite tan nou pran pou nou rive nan tèritwa a?

4. Ki sa k ap ede nou vin yon “pechè moun” ki efikas?

4 Jezi te konpare evanjelizatè yo ak pechè, men se “pechè moun” yo t ap ye (Mak 1:17). Objektif yon pechè pwason, se pa pou l annik al peche pwason, men se pou l pran pwason. Kidonk, yon bon pechè pwason al peche kote li konnen l ap jwenn pwason, nan moman li konnen l ap jwenn yo e li fè sa san pèdi tan. Se vre yo fè efò, men yo fè sa avèk sajès. Nou swete pou nou demontre menm dilijans lan nan ministè nou. — Ebre 6:11.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje