-
Poukisa n al asiste kongrè?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 11
Poukisa n al asiste kongrè?
Meksik
Almay
Botswana
Nikaragwa
Itali
Poukisa moun sa yo kontan konsa? Y ap asiste yon kongrè Temwen Jewova yo. Menm jan ak sèvitè Jewova nan tan lontan yo ki te resevwa lòd pou yo rasanble twa fwa chak ane, nou chofe pou n al asiste kongrè nou yo (Detewonòm 16:16). Chak ane, nou gen twa gwo evènman espesyal nou asiste: De asanble sikonskripsyon, yo chak dire yon jou, ak yon kongrè rejyonal ki dire twa jou. Ki byenfè nou jwenn lè n asiste asanble sa yo?
Yo fè relasyon n gen ak kretyen parèy nou yo vin pi solid. Menm jan Izrayelit nan tan lontan yo te kontan louwe Jewova “nan asanble yo”, nou menm tou, nou kontan adore Jewova ansanm nan evènman espesyal sa yo (Sòm 26:12, nòt; 111:1). Asanble yo pèmèt nou rankontre Temwen ki nan lòt kongregasyon oswa ki nan lòt peyi epi fè zanmi avè yo. A midi, nou manje nan lokal yo fè asanble a, sa fè anbyans lan vin pi amikal nan moman sa yo (Travay 2:42). Nan asanble sa yo nou wè lanmou ki ini “tout frè nou yo” sou tè a ak je nou. — 1 Pyè 2:17.
Yo fè n gen pi bon relasyon ak Bondye. Izrayelit yo te jwenn anpil byenfè lè “yo te konprann pawòl” yo t ap esplike yo ki soti nan Ekriti yo (Neyemi 8:8, 12). Nou menm tou, nou bay enstriksyon nou resevwa nan asanble nou yo anpil valè. Chak asanble gen yon tèm ki baze sou Bib la. Nou aprann fason pou n fè volonte Bondye nan lavi nou grasa diskou ki enteresan yo bay ak demonstrasyon yo fè. Nou jwenn ankourajman lè n tande jan kèk kretyen rive rezoud pwoblèm yo rankontre nan lavi yo nan epòk difisil n ap viv la. Nan kongrè rejyonal yo, gen dram kote moun yo abiye jan moun te konn abiye nan tan lontan, sa fè istwa biblik yo vin pi vivan e sa pèmèt nou aprann leson ki itil nou. Nan chak asanble, gen moun ki batize pou yo montre yo vwe lavi yo bay Bondye.
Poukisa asanble yo se evènman ki bay kè kontan?
Ki byenfè w ap jwenn lè w asiste yon asanble?
-
-
Kòman nou òganize travay predikasyon an?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 12
Kòman nou òganize travay predikasyon an?
Espay
Belaris
Ong Kong
Pewou
Men sa Jezi te anonse yon ti tan anvan l te mouri: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” (Matye 24:14). Men, ki jan n rive fè travay predikasyon an sou tout tè a? Nou fè sa lè n suiv egzanp Jezi te kite pou nou pandan l te sou tè a. — Lik 8:1.
Nou fè efò pou nou jwenn moun yo lakay yo. Jezi te bay disip li yo fòmasyon pou yo preche bon nouvèl la kay an kay (Matye 10:11-13; Travay 5:42; 20:20). Nan premye syèk la, Jezi te bay evanjelizatè sa yo tèritwa pou yo preche (Matye 10:5, 6; 2 Korentyen 10:13). Menm jan an tou jodi a, nou byen òganize travay predikasyon an, chak kongregasyon gen tèritwa pa yo. Sa pèmèt nou obeyi kòmandman Jezi te bay pou nou “preche pèp la e pou nou bay yon temwayaj konplè”. — Travay 10:42.
Nou fè tout sa n kapab pou n rankontre moun yo kèlkeswa kote yo ye. Jezi t al preche kote li t ap jwenn moun, tankou bò lanmè oswa bò pi dlo. Konsa li kite yon bèl egzanp pou nou (Mak 4:1; Jan 4:5-15). Nou menm tou, nou pale de Bib la ak moun yo tout kote n jwenn yo, nan lari, nan biznis, sou plas piblik, oubyen nan telefòn. Anplis de sa, nou preche vwazen nou, kòlèg travay nou, elèv lekòl parèy nou ak fanmi nou lè n jwenn yon bon okazyon pou sa. Grasa tout efò sa yo, plizyè milyon moun sou tout tè a rive tande “bon nouvèl delivrans” lan. — Sòm 96:2.
Èske gen yon moun ou ta renmen pale avè l sou bon nouvèl Wayòm Bondye a, e w ta renmen fè l konnen efè bon nouvèl sa a ka gen sou avni l? Pa kenbe mesaj sa a pou ou, se yon mesaj ki bay espwa. Pataje sa w aprann yo ak lòt moun osito sa posib!
Ki “bon nouvèl” nou dwe preche?
Ki jan Temwen Jewova yo suiv egzanp Jezi nan fason yo preche?
-
-
Ki sa yon pyonye ye?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 13
Ki sa yon pyonye ye?
Kanada
Kay an kay.
Etid biblik.
Etid pèsonèl.
Byen souvan, yo itilize mo “pyonye” a pou pale de moun ki dekouvri yon tèritwa an premye e ki ouvri pòt pou lòt moun. Nan sans sa a Jezi te yon pyonye, piske Jewova te voye l sou tè a pou l bay lavi l pou nou e pou l ban nou posiblite pou nou sove (Matye 20:28). Jodi a, disip li yo imite l lè yo pase plis tan posib nan travay “fè disip” la (Matye 28:19, 20). Gen ladan yo ki gen posiblite patisipe nan yon aktivite nou rele sèvis pyonye.
Se yon moun k ap preche aplentan. Tout Temwen Jewova yo se pwoklamatè bon nouvèl la. Men, gen kèk ladan yo ki fè aranjman pou yo sèvi kòm pyonye pèmanan e yo pase 70 èdtan chak mwa nan travay predikasyon an. Pou yo fè sa, anpil ladan yo chwazi pa travay aplentan. Gen lòt menm yo nome pyonye espesyal nan zòn yo bezwen plis pwoklamatè bon nouvèl la. Yo pase 130 èdtan oswa plis nan travay predikasyon an chak mwa. Pyonye yo kontan mennen yon vi senp. Yo gen konfyans Jewova ap ba yo tout sa k nesesè pou yo viv (Matye 6:31-33; 1 Timote 6:6-8). Moun ki pa ka sèvi aplentan kòm pyonye ka sèvi kòm pyonye oksilyè lè yo gen posiblite pou sa e konsa, yo ka ogmante patisipasyon yo nan travay predikasyon an lè yo pase 30 oswa 50 èdtan nan travay sa a pandan yon mwa.
Se yon moun lanmou l gen pou Bondye ak pwochen l fè l preche plis. Menm jan ak Jezi, jodi a nou remake moun yo sanzespwa, se pa ti bezwen yo bezwen aprann konnen Bondye ak objektif li (Mak 6:34)! Men, nou gen konesans k ap pèmèt nou ede yo depi kounye a, e konsa yo ka vin gen bonjan espwa pou lavni. Lanmou yon pyonye gen pou pwochen l pouse l bay tan l ak enèji l san rezèv pou l ede yo vin gen bon relasyon ak Bondye (Matye 22:39; 1 Tesalonisyen 2:8). Konsa, lafwa pyonye a vin pi solid, li vin pi pwòch ak Bondye e li viv ak plis kè kontan. — Travay 20:35.
Ki moun ou t ap di yon pyonye ye?
Sa k pouse kèk moun sèvi aplentan kòm pyonye?
-