LESON 11
Pale ak tout kè w e avèk santiman
LÈZÒM gen yon seri santiman ki nan kè yo yo ka eksprime. Lè yon moun eksprime santiman l, li montre sa l gen nan kè l, ki kalite moun li ye, ki fason l santi l parapò ak yon seri sitiyasyon oswa parapò ak lòt moun. Anpil moun kache santiman yo akoz move eksperyans yo fè nan lavi yo, e nan kèk ka, akoz kilti yo. Men, Jewova ankouraje nou pou nou chèche gen bèl kalite nan fon kè nou e pou nou kite kalite sa yo parèt nan fason n ap pale. — Wom. 12:10; 1 Tes. 2:7, 8.
Lè n ap pale, nou itilize mo pou nou byen eksprime santiman nou gen nan kè nou. Men, si pawòl n ap di yo pa mache ak santiman nou genyen yo, moun k ap tande nou ka gen dout sou senserite nou. Yon lòt bò, si pawòl n ap di yo mache ak santiman nou vrèman genyen, n ap pale yon fason ki atiran e ki vivan, sa ka touche kè moun k ap koute nou yo.
Pale ak tout kè w. Souvan, bonjan santiman nou genyen depann de fason nou konsidere moun. Se sa k fè, lè n ap pale sou bèl kalite Jewova genyen yo e lè n ap pale sou rekonesans nou gen pou Jewova pou bonte l anvè nou, vwa nou ta dwe demontre afeksyon nou (Iza. 63:7-9). E lè n ap pale ak lòt moun, fason nou pale a ta dwe montre nou gen afeksyon tou, konsa n ap ka atire yo.
Gen yon moun ki te gen lèp ki te vin kote Jezi e ki te mande l pou l geri l. Imajine ton vwa Jezi lè Jezi t ap di l: “Mwen vle. Ou geri.” (Mak 1:40, 41). Imajine tou sèn kote dam ki te gen yon san k ap koule sou li depi 12 an an te pwoche dèyè Jezi an silans e li te touche franj rad Jezi. Lè dam nan te rann li kont Jezi te santi sa l te fè a, li te vin devan Jezi tou ap tranble, li met ajenou nan pye l e li fè konnen devan tout moun pou ki rezon li te touche rad Jezi e ki jan l geri. Reflechi sou ton vwa Jezi pandan Jezi t ap di l: “Pitit fi m, lafwa w geri w. Ale anpè.” (Lik 8:42b-48). Jis jounen jodi a, afeksyon Jezi te demontre nan okazyon sa yo touche kè nou.
Menm jan ak Jezi, lè nou gen konpasyon pou moun yo e lè nou vrèman dispoze ede yo, sa parèt nan fason nou pale avèk yo. Afeksyon nou demontre nou gen pou yo a sensè, li pa egzajere. Afeksyon sa a ka gen yon gwo enfliyans sou fason moun yo ap reyaji. Pifò nan bagay n ap di nan predikasyon montre afeksyon sa a nou genyen an, sitou lè n ap rezone ak moun yo, lè n ap ankouraje yo, lè n ap ba yo konsèy e lè n ap mete nou nan plas yo.
Si w gen bonjan afeksyon pou lòt moun, montre sa nan vizaj ou. Lè w demontre afeksyon pou moun k ap koute w yo, w ap atire yo sou ou menm jan lè l fè frèt yon ti fwaye dife atire moun ki anvi chofe kò yo. Si afeksyon ou gen pou moun k ap koute w yo pa parèt sou vizaj ou, yo pap kwè ou enterese nan yo toutbon. Afeksyon sa a pa ka yon senp aparans, li dwe yon vrè afeksyon.
Afeksyon w genyen ta dwe parèt nan vwa w tou. Si w gen yon vwa ki pa swa, li ka difisil pou w montre ou gen afeksyon pou moun nan pawòl ou. Men, tikras pa tikras e grasa bonjan efò w ap fè, ou kapab rive fè sa. Youn nan bagay ki ka ede w, se sonje w dwe sonje lè yon moun ap pale e li itilize son ki kout e ki koupe sanzatann, sa ka fè moun gen enpresyon li pale rèd. Lè w ap pale, aprann fè son ki dous ki nan mo yo byen soti. Sa ap ede w pale ak tout kè w.
Men, sa ki pi enpòtan se bonjan enterè ou gen pou moun. Si w panse sensèman ak moun w ap pale yo e w vrèman gen dezi pou w anseye yo yon bagay ki ka itil yo, sa ap parèt nan fason w pale.
Yon diskou ki gen vi ladan l se yon diskou ki pouse moun aji, men li nesesè tou pou afeksyon w genyen pou moun k ap koute w yo parèt ladan l. Sa pa sifi pou w konvenk lespri moun yo sèlman, ou bezwen touche kè yo tou.
Eksprime lòt santiman ou genyen. Yon moun ki nan pwoblèm ka eksprime yon seri santiman, tankou enkyetid, laperèz ak dekourajman. Lajwa se youn nan santiman enpòtan nou ta dwe genyen nan lavi nou, e nou kite santiman sa a parèt san pwoblèm lè n ap pale ak lòt moun. Yon lòt bò, gen kèk santiman ki pa kòrèk nou bezwen korije. Yo pa ann amoni ak jan de moun kretyen yo dwe ye (Efe. 4:31, 32; Fil. 4:4). Tout kalite santiman nou genyen ka parèt nan mo nou chwazi itilize, nan ton vwa nou, nan fòs nou itilize pou nou pale a, nan vizaj nou ak nan jès nou fè.
Labib pale de yon pakèt nan santiman lèzòm genyen yo. Pafwa, li tou senpleman site santiman sa yo. Pafwa tou, li rakonte yon evènman oswa li rapòte yon seri pawòl moun di ki montre ki santiman moun yo te genyen. Lè w ap li yon pasaj konsa awotvwa, l ap gen yon pi gwo enfliyans ni sou ou ni sou moun k ap koute w yo, si santiman sa yo parèt nan vwa w. Pou w fè sa, ou bezwen mete w nan plas pèsonaj yo pale nan istwa w ap li a. Men, yon diskou se pa yon sèn teyat, se sa k fè ou bezwen veye pou w pa egzajere nan fason w ap demontre santiman yo. Fè pasaj yo grave nan lespri moun k ap koute w yo.
Santiman yo dwe apwopriye ak sijè a. Menm jan nou dwe mete vi nan sa n ap di yon fason ki apwopriye ak sijè n ap prezante a, se konsa tou, afeksyon n ap demontre nan pawòl nou ak lòt santiman n ap demontre yo dwe mache ak sa n ap di a.
Li Matye 11:28-30 epi note sa ki di nan pasaj sa a. Apre sa, li kondanasyon Jezi te mete sou do espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo nan Matye chapit 23. Nou pa ka imajine Jezi te di pawòl kondanasyon sa yo yon fason tou fèb, san fòs.
Ki kalite santiman ou panse yon moun bezwen demontre si l ap li yon istwa tankou sa nou jwenn nan Travay 14:11-18 la konsènan fason Pòl ak Banabas te reyaji lè moun yo te rele yo dye? Note ki santiman ki parèt nan vèsè 14 la, epitou gade sa yo montre nan vèsè 18 la sou fason foul la te reyaji lè Pòl ak Banabas te fin pale.
Kidonk, kit n ap li oswa n ap pale, pou nou byen fè sa, nou dwe reflechi nonsèlman sou mo yo ak ide yo, men tou sou santiman ki dwe mache avèk yo.