LESON 41
Sa w di yo dwe fasil pou lòt moun konprann
LÈ W AP pale, pa annik prezante enfòmasyon yo, fè efò pou moun k ap koute w yo konprann sa w ap di yo. Sa ka ede w byen kominike ak lòt moun, kit w ap pale devan kongregasyon an, kit w ap pale ak moun ki pa Temwen Jewova.
Gen plizyè aspè ki ka fè li fasil pou yo konprann pawòl yon moun ap di. Gen nan aspè sa yo nou te deja egzamine nan leson 26 la ki gen tit: “Devlope ide yo yon fason ki lojik.” Gen lòt nou te egzamine nan leson 30 lan ki gen tit: “Montre w enterese nan moun k ap koute w yo.” Kounye a, nan leson sa a, nou pral pale sou kèk lòt pwen ankò.
Di mo ki fasil pou moun konprann e itilize yon stil ki senp. Mo ki fasil pou moun konprann ak fraz ki kout se zouti ki pisan nan kominikasyon. Sèmon sou montay Jezi te fè a se yon gwo egzanp nan sans sa a, se yon diskou nenpòt moun ka konprann, kèlkeswa moun li ye a e kèlkeswa kote l ap viv la. Petèt ide yo te nouvo pou moun yo, men, yo te ka konprann sa Jezi te di yo. Li te pale sou bagay ki konsène tout moun, pa egzanp, ki jan moun ka gen kè kontan, ki jan yo ka amelyore relasyon yo avèk Bondye, ki jan yo ka fè fas ak enkyetid e ki jan yo ka bay lavi yo yon sans. Anplis, li te itilize yon langaj moun yo abitye (Mat., chap. 5-7). Natirèlman, nou jwenn anpil egzanp nan Bib la sou divès kalite longè fraz ak divès kalite fòm fraz. Premye objektif ou lè w ap pale, se ta dwe transmèt ide w yo yon fason ki klè e ki fasil pou moun konprann.
Menm lè enfòmasyon w ap egzamine yo se bagay ki difisil pou moun konprann, si w itilize yon stil ki senp, sa ka ede w fè l fasil pou moun konprann yo. Ki jan w ka itilize yon stil ki senp? Pa benyen moun k ap koute w yo ak yon pakèt detay ki pa nesesè. Òganize enfòmasyon w yo yon fason pou yo toujou gen rapò ak pwen prensipal yo. Byen chwazi vèsè kle yo. Olye w ap kouri sot nan yon vèsè al nan yon lòt, li vèsè yo epi egzamine yo pito. Pa anpeche moun yo wè ide ki enpòtan yo akoz ou itilize yon pakèt mo.
Lè w ap kondui yon etid biblik, sèvi ak menm prensip sa yo. Pa chèche esplike tout detay. Ede etidyan an konprann ide prensipal yo byen klè. Ofiramezi, nan etid pèsonèl li ak nan reyinyon kongregasyon an, l ap aprann lòt enfòmasyon yo.
Pou w prezante enfòmasyon yo yon fason ki senp, li nesesè pou w fè bonjan preparasyon. Ou dwe chèche byen konprann sijè w pral prezante a si w ta renmen fè lòt moun konprann li. Lè w vrèman konprann yon bagay, ou anmezi pou w bay rezon ki fè se konsa l ye. Ou anmezi tou pou w sèvi ak pwòp mo pa w pou w esplike l.
Esplike mo moun yo pa abitye avèk yo. Pafwa, pou w rann sa w ap di yo fasil pou moun k ap koute w yo konprann, sa mande pou w esplike sans mo yo pa konnen yo. Pa sipoze moun yo gen ase konesans pou yo konprann tèl ide, alòske se pa sa, anmenmtan tou, pa panse ou oblije esplike yo tout ti bagay kòmkwa yo pa ase entèlijan pou yo konprann yo. Grasa etid ou fè nan Bib la, ou ka itilize yon seri mo oswa yon seri ekspresyon ki ka etranj pou lòt moun. Si w pa bay okenn esplikasyon, moun ki pa frekante Temwen Jewova yo pap konprann yon seri ekspresyon tankou “rès moun Bondye chwazi”, “esklav fidèl ki prevwayan”, “lòt mouton” ak “gwo foul moun”. (Wom. 11:5; Mat. 24:45; Jan 10:16; Rev. 7:9.) Menm jan an tou, si yon moun pa abitye ak òganizasyon Temwen Jewova yo, petèt li pap konprann sa mo “pwoklamatè”, “pyonye”, “siveyan sikonskripsyon” ak “Memoryal” vle di.
Gen kèk ekspresyon nan Bib la moun ki pa Temwen Jewova konn itilize san pwoblèm, men li ka nesesè pou w ba yo kèk esplikasyon lè w itilize yo. Pou anpil moun, “Amagedòn” se yon gè lèzòm pral fè ak zam nikleyè kote anpil moun pral mouri. Yo ka panse “Wayòm Bondye a” se nan kè moun li ye oswa se syèl la, men, yo pa konnen li se yon gouvènman. Lè yo pale de “nanm”, gen moun ki ka panse ak yon pati espirityèl yo pretann ki anndan moun e ki kontinye viv apre kò moun nan fin mouri. Selon sa yo anseye plizyè milyon moun, “lespri sen” se yon moun ki fè pati yon trinite. Piske gen yon bann ak yon pakèt moun ki pa suiv prensip moral ki nan Bib la, ou ka menm bezwen ede yo konprann sa Bib la vle di lè l di: “Kouri pou fònikasyon.” — 1 Kor. 6:18.
Si moun w ap pale devan yo a pa konn li Bib la regilyèman, yo ka pa fin konprann ou si w annik di “Pòl te ekri...” oswa “Lik te di...”. Yo gendwa gen zanmi yo oswa vwazen yo ki rele konsa e yo panse se de yo w ap pale. Ou ka bezwen ajoute kèk lòt mo, tankou yon apot oswa yon ekriven nan Bib la pou w ede yo konprann.
Souvan, moun nan epòk nou an bezwen èd pou yo konprann vèsè ki gen kèk mezi ak kèk koutim yo te konn itilize nan tan lontan. Pa egzanp, deklarasyon kote yo pale de lach Noye a ki te gen longè 300 koude, ki te gen lajè 50 koude e ki te gen wotè 30 koude ka pa vle anpil bagay pou yo (Jen. 6:15). Men, si w dekri mezi sa yo pou moun k ap koute w yo pandan w konpare yo ak dimansyon yon kay yo konnen nan zòn yo a, sa ka fè yo wè tousuit ki gwosè lach la te ye.
Bay esplikasyon ki nesesè. Pou w fè yon pwen klè pou moun k ap koute w yo, li ka nesesè pou w fè plis pase annik ba yo bon definisyon yon mo. Nan Jerizalèm, nan epòk Ezra a, lè yo te li Lalwa pou pèp la, yo te konn ba yo esplikasyon. Pou Levit yo te ka ede moun yo konprann sans Lalwa, yo te esplike l e yo te fè aplikasyon ki te gen rapò ak sikonstans pèp la te ye nan moman an (Ney. 8:8, 12). Menm jan an tou, pran tan pou w esplike moun k ap koute w yo vèsè w li yo e pou w aplike yo pou yo.
Apre lanmò Jezi ak rezirèksyon l, Jezi te esplike disip li yo sa k te sot pase yo se akonplisman sa Ekriti yo te di. Li te mete aksan sou responsablite yo te genyen, yo menm ki te temwen bagay sa yo (Lik 24:44-48). Lè w ede moun yo konprann ki jan sa yo aprann yo ta dwe gen yon enfliyans sou lavi yo, y ap konprann sans li pi byen.
Wòl kè yon moun jwe. Natirèlman, menmsi esplikasyon w yo klè, gen lòt bagay ki ka enfliyanse moun nan pou fè l konprann oswa pou fè l pa konprann. Lè kè yon moun pa dispoze aprann, sa ap anpeche l konprann sans sa yo di l la (Mat. 13:13-15). Moun ki chwazi wè yon seri bagay selon dezi pa yo konsidere bagay ki gen rapò ak lespri Bondye kòm bagay moun sòt (1 Kor. 2:14). Lè yon moun demontre li gen etadespri sa a, li ka saj pou w annik kanpe konvèsasyon an, omwen pou moman w ap pale avè l la.
Men, nan kèk ka, yon moun konn pa ouvri kè l pou l resevwa sa y ap di l la paske l ap pase kèk moman difisil nan lavi l. Si moun nan gen okazyon pou l koute verite ki nan Bib la pandan yon sèten tan, li ka vin ouvri kè l pou l aprann. Lè Jezi te di apot li yo yo t apral maltrete l e yo t apral touye l, yo pa t konprann sa l t ap di a. Sa k fè sa? Se paske se pa t sa yo te espere ki t ap rive, e se sèten, se pa t sa yo te swete (Lik 18:31-34). Sepandan, annapre, 11 nan apot li yo te vin konprann, e yo te montre sa lè yo te aji ann amoni ak sa Jezi te anseye yo.
Efè bon egzanp genyen. Ou ede lòt moun konprann nonsèlman nan pawòl ou di, men tou, nan bon egzanp ou bay. Lè anpil moun ap pale sou premye vizit yo te fè nan yon Sal Wayòm, yo pa di yo sonje sa yo te di, men yo di yo sonje lanmou ki te parèt aklè nan mitan frè yo. Konsa tou, kè kontan nou montre nou genyen nan predikasyon ede anpil moun nou rankontre pou yo byen dispoze koute verite ki nan Bib la. Gen kèk moun ki rive konprann Temwen Jewova yo se vrè relijyon an lè yo wè lanmou ak bonte youn demontre pou lòt e lè yo wè konsiderasyon ak jantiyès yo genyen anvè lòt moun lè y ap rankontre sitiyasyon difisil. Se sa k fè, lè w ap fè efò pou w ede moun konprann verite ki nan Bib la, reflechi sou fason w ap esplike l, e sou egzanp w ap bay.