BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • sn kantik 33
  • Pa pè yo!

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pa pè yo!
  • Ann chante pou Jewova
  • Sou menm sijè a
  • Pa pè yo!
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • Pa krenn yo !
    Ann chante louwanj pou Jewova
  • Annou suiv Wa gèrye a !
    Ann chante louwanj pou Jewova
  • Pran pozisyon pou Jewova !
    Ann chante louwanj pou Jewova
Gade plis
Ann chante pou Jewova
sn kantik 33

Kantik 33

Pa pè yo!

Édition imprimée

(Matye 10:28)

1. Nou menm pèp mwen, nou mèt vanse,

Toujou preche Wayòm nan.

Pa kouri pou ènmi an,

Bay laverite ak kran.

Fè konnen Jezi gentan wa,

Li deja poze aksyon.

Talè li pral mare Satan,

Nou pral jwenn konsolasyon.

(REFREN)

Pitit mwen, nou pa bezwen pè,

Menmsi yo ta menase’n.

M’ap pran swen nou tankou gla je’m.

Wi, m’ap toujou pwoteje’n.

2. Kit ènmi yo la pa pakèt,

Kit y’ap plede fè’n menas,

Kit pawòl yo efikas,

Pou pran anpil moun nan nas,

Pa pè yo, sòlda fidèl mwen,

Menm lè’n jwenn pèsekisyon,

M’ap soutni moun ki fidèl yo

E m’ap ba yo pwoteksyon.

(REFREN)

Pitit mwen, nou pa bezwen pè,

Menmsi yo ta menase’n.

M’ap pran swen nou tankou gla je’m.

Wi, m’ap toujou pwoteje’n.

3. Pa panse m’ap janm bliye nou,

Fòs nou, boukliye’n se mwen.

Si nou mouri pou sa’k byen,

M’ap leve nou, se sèten.

Pa pè moun ki ka touye kò,

Men ki pa ka detwi nanm.

Rete fidèl jiska lafen,

M’ap ede nou kenbe djanm!

(REFREN)

Pitit mwen, nou pa bezwen pè,

Menmsi yo ta menase’n.

M’ap pran swen nou tankou gla je’m.

Wi, m’ap toujou pwoteje’n.

(Gade tou Det. 32:10; Ney. 4:14; Sòm 59:1; 83:2, 3.)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje