LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Fason moun ki marye yo ka fè maryaj yo vin pi solid
Abraram ak Sara se yon bon egzanp de moun marye ki te gen lanmou ak respè youn pou lòt (Jen 12:11-13; 1P 3:6). Sepandan, maryaj yo pa t pafè, e pa gen dout nan sa, yo te jwenn eprèv nan lavi yo. Ki sa moun ki marye yo ka aprann nan egzanp Abraram ak Sara a?
Se pou nou kominike youn ak lòt. Reponn avèk imilite lè mari w oswa madanm ou di w pawòl ki montre li fache (Jen 16:5, 6). Planifye pou n pase tan ansanm. Toujou fè mari w oswa madanm ou santi w renmen l ni nan sa w ap di, ni nan sa w ap fè. Sa k pi enpòtan an, asire nou nou toule de bay relasyon nou ak Jewova premye plas nan lavi nou lè n etidye, nou priye e n adore Jewova ansanm (Ekl 4:12). Lè maryaj nou solid, sa onore Jewova, Sila a ki te mete dispozisyon sakre sa a sou pye.
GADE VIDEYO FASON W KA KONSOLIDE MARYAJ OU, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
Nan videyo a, ki siy ki te montre Shaan ak Kiara t ap pran distans yo youn ak lòt?
Poukisa li enpòtan pou de moun ki marye kominike youn ak lòt yon fason ki onèt e ki sensè?
Ki jan egzanp Abraram ak Sara te ede Shaan ak Kiara?
Ki sa Shaan ak Kiara te fè pou yo te ka fè maryaj yo vin pi solid?
Poukisa mari ak madanm pa dwe atann lapèfeksyon nan maryaj yo?
Ou kapab fè maryaj ou vin pi solid!