BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr23 mas p. 1-9
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2023
  • Soutit
  • 6-12 MAS
  • 13-19 MAS
  • 20-26 MAS
  • 27 MAS–2 AVRIL
  • 10-16 AVRIL
  • 17-23 AVRIL
  • 24-30 AVRIL
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2023
mwbr23 mas p. 1-9

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

© 2022 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania

6-12 MAS

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 KWONIK 23-26

“Yo te byen òganize adorasyon ki t ap fèt nan tanp lan”

it-2-F 133

Levit

Yo te byen òganize travay levit yo sou rèy David la, li te nome moun ki t ap sèvi kòm sipèvizè, ofisye, jij, moun ki t ap veye pòtay yo, moun ki t ap jere trezò yo, ansanm ak yon bon kantite moun ki t ap ede prèt yo nan tanp lan, moun ki te responsab lakou yo ak salamanje yo, tout sa ki gen rapò ak ofrann, sakrifis, travay pirifikasyon, pran pwa, mezire ansanm ak divès kalite travay gad yo te konn fè. Yo te fè levit ki te mizisyen yo fè 24 gwoup, menm jan yo te fè pou gwoup prèt yo, e yo te fè woulman nan sèvis yo. Yo te konn fè tiraj osò pou yo separe travay yo. Yo te konn fè tiraj osò tou pou yo chwazi gwoup moun yo asiyen pou veye pòtay yo. — 1Kw 23, 25, 26; 2Kw 35:3-5, 10.

it-2-F 657

Prèt

Nan sèvis yo te konn fè nan tanp lan, yo te òganize prèt yo anba direksyon plizyè ofisye. Yo te fè tiraj osò pou yo te asiyen kèk sèvis. Chak gwoup nan 24 gwoup yo te sèvi pandan yon semèn, sa ki fè yo te konn travay de fwa pa ane. Nòmalman, tout prèt yo nèt te travay nan moman fèt yo, yon moman kote pèp la t ap ofri plizyè milye sakrifis, menm jan yo te fè sa lè yo t ap inogire tanp lan. (1Kw 24:1-18, 31; 2Kw 5:11; konpare ak 2Kw 29:31-35; 30:23-25; 35:10-19.) Yon prèt ta ka travay nan lòt moman tou, toutotan sa pa afekte travay gwoup prèt ki an sèvis nan moman an. Dapre tradisyon rabinik yo, nan epòk Jezi te sou tè a, te gen anpil prèt, se sa k fè yo te repati sèvis pou semèn nan pami diferan fanmi ki te nan gwoup prèt yo, chak fanmi te sèvi pandan youn oswa plizyè jou selon kantite yo te ye.

it-2-F 358

Mizik

Anrapò ak travay ki t ap fèt pou preparasyon tanp Jewova a, David te mete 4 000 Levit apa pou fè mizik (1Kw 23:4, 5). Pami yo, te gen 288 ki “te konn chante pou Jewova [e ki] te fò nan fè mizik”. (1Kw 25:7.) Tout aranjman sa yo te fèt anba sipèvizyon twa gran mizisyen, Asaf, Eman ak Jedoutoun (sanble yo te rele l Etan tou). Etandone chak mesye sa yo te desandan youn nan twa pitit gason Levi yo, anpalan de Gèchon, Keyat ak Merari, touletwa chèf fanmi sa yo te jwe yon wòl nan òganizasyon mizik pou tanp lan (1Kw 6:16, 31-33, 39-44; 25:1-6). Twa mesye sa yo te gen 24 pitit antou, yo tout te pami mizisyen ki te fò yo mansyone pi wo a. Yo te fè tiraj osò pou asiyen chak pitit gason alatèt youn nan gwoup mizisyen yo. Li te gen pou l dirije 11 lòt moun ki “te fò nan fè mizik”, li te chwazi yo pami pwòp pitit gason l yo ansanm ak kèk lòt Levit. Nan sans sa a, gwoup 288 ([1 + 11] × 24 = 288) Levit ki te fò nan fè mizik yo, menm jan ak prèt yo, te divize an 24 klas. Si yo te separe tout 3 712 moun ki te rete pami moun ki ‘t ap aprann yo’, sa t ap fè gen anviwon 155 lòt gason anplis ki rete pou sèvi nan chak gwoup ki gen nan 24 gwoup yo, sa vle di te gen anviwon 13 Levit ki te rete nan plizyè nivo aprantisaj mizikal yo e ki t ap pran fòmasyon nan men chak moun ki te fò yo (1Kw 25:1-31). Lefètke moun ki t ap jwe twonpèt yo te prèt, yo t ap ajoute sou kantite Levit ki konn jwe mizik yo. — 2Kw 5:12; konpare ak Nb 10:8.

it-2-F 620

Moun k ap veye pòtay yo

Nan tanp lan. Yon tikras tan anvan lanmò David, li te pran san l pou l òganize Levit yo ak travay ki t ap fèt nan tanp lan, sa gen ladan l moun ki t ap veye pòtay yo, ki te 4 000 moun antou. Chak gwoup te gen pou yo vin travay pandan sèt jou. Yo te responsab pou yo veye kay Jewova a epi asire yo pòt yo ouvri e yo fèmen nan bon moman (1Kw 9:23-27; 23:1-6). Anplis travay gad yo te konn fè yo, kèk nan yo te responsab pou yo jere kontribisyon pèp la t ap pote pou sèvis ki t ap fèt nan tanp lan (2Wa 12:9; 22:4). Kèk tan annapre, lè gran prèt Jewoyada te chwazi Jewowas kòm wa, yo te asiyen kèk gad espesyal pou pwoteje Jewowas ki te jèn, pou anpeche rèn Atali fè dappiyanp sou twòn nan (2Wa 11:4-8). Lè wa Jewowas te detwi adorasyon zidòl la, moun ki t ap veye pòtay yo te ede nan debarase tanp lan ak veso yo te konn sèvi pou adore Baal yo. Apre sa, yo te boule yo pa deyò vil la. — 2Wa 23:4.

Trezò espirityèl

w22.03 22 § 10

Vrè adorasyon an ap fè w gen plis kè kontan

10 Nou adore Jewova lè n chante kantik yo ansanm ak frè n ak sè n yo (Sòm 28:7). Izrayelit yo te konsidere chante kòm yon aspè enpòtan nan adorasyon yo t ap bay Jewova a. Wa David te chwazi 288 Levit pou chante nan tanp lan (1 Kwo. 25:1, 6-8). Jodi a, nou kapab montre nou renmen Bondye lè n chante pou n fè louwanj pou li. Nou pa oblije gen bèl vwa pou n chante. Ann reflechi sou konparezon ki annapre a: “Nou tout nou bite tanzantan” lè n ap pale, men, sa pa anpeche n pale nan kongregasyon an ak nan travay predikasyon an (Jak 3:2). Menm jan an tou, menmsi n pa ta gen bèl vwa, nou pa ta dwe kite sa anpeche n chante louwanj pou Jewova.

13-19 MAS

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 KWONIK 27-29

“Konsèy ki gen lanmou yon papa te bay pitit gason l”

w05 1/3 13 § 9

Ann prezève idantite nou antanke kretyen

9 Se pou w verifye pèsonèlman sa k nan Bib la se laverite. Antanke sèvitè Jewova, idantite nou ka pèdi valè si li pa byen chita sou konesans ki nan Bib la (Filipyen 1:9, 10). Tout kretyen, kit yo jèn, kit yo granmoun, fèt pou yo verifye, wi yo fèt pou yo konvenk tèt yo, sa yo kwè nan Bib la se vrèman laverite. Men ki egzòtasyon Pòl te bay kretyen parèy li yo: “Verifye tout bagay. Sa k bon an kenbe l djanm.” (1 Tesalonisyen 5:21). Jèn kretyen ki leve nan fanmi ki gen krent pou Bondye fèt pou yo pran konsyans yo pa ka toujou pran woulib sou paran yo. David, papa Salomon, te fè l wè nesesite pou l ‘konnen Bondye Papa l la e pou l sèvi l ak yon kè ki konplè’. (1 Kwonik 28:9.) Sa pa t ap sifi pou Salomon rete ap gade ki jan papa l kiltive lafwa nan Jewova. Li te oblije aprann konnen Jewova li menm, e se sa l te fè. Salomon te sipliye Bondye, li di l: “Kounye a ban m sajès ak konesans pou m ka soti devan pèp sa a e pou m ka antre.” — 2 Kwonik 1:10.

w12 15/4 16 § 13

Kontinye sèvi Jewova ak tout kè w

13 Leson an klè. Nou merite felisitasyon lefètke nou asiste reyinyon yo e nou preche regilyèman. Men, pou nou rive sèvi Jewova ak tout kè nou, sa mande plis pase sa (2 Kwo. 25:1, 2, 27). Antanke kretyen, si nan fon kè nou nou kontinye renmen kèk bagay nou kite “dèyè” nan monn nan, gen danje pou nou pèdi bon relasyon nou gen ak Bondye a (Lik 17:32). Se sèlman si nou vrèman “gen degoutans pou sa ki mal, [e nou] rete atache ak sa ki byen” n ap vin moun ki “fèt pou wayòm Bondye a”. (Wom. 12:9; Lik 9:62.) Kidonk, menmsi gen bagay nan monn Satan an ki sanble ka itil nou oswa ki sanble bagay nou kapab pran plezi ladan yo, nou bezwen pran prekosyon pou n pa kite anyen nan monn li an anpeche nou bay Wayòm nan premye plas nan lavi nou ak tout kè nou. — 2 Kor. 11:14; li Filipyen 3:13, 14.

w17.09 32 § 20-21

“Mete kouraj sou ou [...] epi fè travay la”

20 Wa David te fè Salomon sonje Jewova t ap avè l jiskaske travay konstriksyon tanp lan fini (1 Kwo. 28:20). Salomon te kite pawòl papa l te di l yo ret grave nan lespri l ak nan kè l e li pa t kraponnen poutèt li te jèn e l te manke eksperyans. Li te demontre anpil kouraj epi l te fè travay la, e grasa èd Jewova, li te fin fè tanp lan ki te bèl anpil nan setan edmi.

21 Menm jan Jewova te ede Salomon, li ka ede n met kouraj sou nou pou n fè travay nou ni nan fanmi nou ni nan kongregasyon an (Eza. 41:10, 13). Lè n demontre kouraj nan adorasyon n ap bay Jewova a, nou ka gen konfyans l ap beni nou kounye a e alavni. Kidonk, “mete kouraj sou ou [...] epi fè travay la”.

Trezò espirityèl

w17.03 29 § 6-7

Montre w se yon zanmi lè yon amitye an danje

David te gen lòt zanmi ki te kanpe bò kote l fidèlman nan moman difisil yo. Youn ladan yo se te Ouchayi, e Bib la pale de li antanke “zanmi David”. (2 Sam. 16:16; 1 Kwo. 27:33.) Petèt li te yon fonksyonè nan palè wa a e l te yon zanmi ak yon konpayon pou wa a, e pafwa wa a te konn ba l egzekite yon seri lòd konfidansyèl.

Lè Absalon, yon pitit gason David, te vle fè dappiyanp sou twòn nan, anpil Izrayelit t al suiv Absalon, men Ouchayi pa t fè sa. Lè David t al nan mawon, Ouchayi t al avè l. Sa te fè David mal anpil pou se pwòp pitit gason l ki trayi l, yon moun li te fè konfyans. Men, Ouchayi te ret fidèl, li te yon moun ki te dispoze riske lavi l pou l fè yon misyon ki t apral kraze konplo ki te fèt la. Ouchayi pa t sèlman fè sa nan kad travay li antanke fonksyonè nan palè a. Li te aji antanke yon zanmi ki fidèl. — 2 Sam. 15:13-17, 32-37; 16:15–17:16.

20-26 MAS

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 KWONIK 1-4

“WA Salomon te pran yon desizyon ki pa saj”

it-1-F 181 § 3

Lame

Sou rèy wa Salomon an te gen kèk lòt evènman ki te pase nan istwa lame Izrayèl la. Byenke rèy li an te gen lapè, li te ogmante charyo ak cheval li te genyen yo. (Gade CHARIOT.) Yo te achte pi fò nan cheval sa yo nan peyi Ejip. Yo te oblije konstwi plizyè vil nan tout tèritwa a pou yo te ka bay nouvo gwoup militè sa yo kote pou yo rete (1Wa 4:26; 9:19; 10:26, 29; 2Kw 1:14-17). Sepandan, Jewova pa t janm beni pwojè sa a Salomon te fè a, e akoz lanmò l ak wayòm nan ki te vin divize, lame Izrayèl la te vin febli. Men sa Ezayi te ekri annapre: “Malè pou moun ki desann nan peyi Ejip pou y al chèche èd, moun ki konte sou cheval yo, moun ki met konfyans yo nan charyo yo konn fè lagè yo paske yo anpil, ki met konfyans yo nan cheval yo konn al nan lagè yo paske yo gen anpil fòs, men, yo pa vire gade Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, e yo pa chèche Jewova.” — Eza 31:1.

it-1-F 430

Charyo

Nan peyi Izrayèl, potko gen gwo kantite charyo nan lame a jiska epòk Salomon an. Sa te fèt sitou akoz avètisman Jewova te bay pou wa a pa chèche gen anpil cheval, sa ki t ap fè moun panse sekirite nasyon te depann de sa. Restriksyon sa a te limite kantite charyo yo t ap itilize, piske se ak cheval yo t ap fè yo mache (Dt 17:16). Lè Samyèl te avèti pèp la anrapò ak chay yo t apral gen sou do yo lè yo ta chwazi yon moun kòm wa, men sa l te di yo: “L ap pran pitit gason nou yo pou kondui charyo l yo.” (1Sa 8:11). Lè Absalon ak Adonija t ap eseye fè dappiyanp sou twòn nan, yo chak te fè yon charyo pou tèt yo e te gen 50 gason pou kouri devan yo (2Sa 15:1; 1Wa 1:5). Lè David te venk wa peyi Soba a, li te konsève 100 cheval ki t ap rale charyo. — 2Sa 8:3, 4; 10:18.

Lè wa Salomon t ap monte lame Izrayèl la, li te ogmante kantite charyo yo rive 1 400 (1Wa 10:26, 29; 2Kw 1:14, 17). Anplis Jerizalèm, lòt vil yo te konsidere kòm vil ki gen charyo yo te gen konstriksyon yo te fè pou pran swen tout materyèl sa yo ki te fèt pou fè lagè. — 1Wa 9:19, 22; 2Kw 8:6, 9; 9:25.

Trezò espirityèl

w05-F 1/12 19 § 5

Pwen enteresan ki nan liv 2 Kwonik la

1:11, 12. Sa Salomon te mande a te montre Jewova sajès ak konesans te gen anpil valè pou wa a. Sa nou di lè n ap priye Bondye revele sa ki enpòtan nan kè nou. Nou montre nou saj lè n analize sa n ap di nan priyè nou yo.

27 MAS–2 AVRIL

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 KWONIK 5-7

“L ap toujou nan kè m”

w02-F 15/11 5 § 1

Annou pa sispann reyini ansanm

Annapre, lè David te vin wa nan Jerizalèm, li te fè konnen gwo anvi l genyen pou l bati yon kay k ap la pou toutan pou bay Jewova glwa. Piske David te yon moun ki konn fè lagè, men sa Jewova te di l: “Ou pap ka bati yon kay pou bay non m glwa.” Olye de sa, Li te chwazi Salomon, pitit gason David pou l bati tanp lan (1 Kwonik 22:6-10). Salomon te inogire tanp lan nan ane 1026 anv. e. n., konstriksyon an te dire yon peryòd setan edmi. Jewova te apwouve konstriksyon sa a lè l te di: “Mwen mete kay sa a ou bati a apa pou mwen e non m ap toujou makònen avè l. Je m ap toujou sou li e l ap toujou nan kè m.” (1 Wa 9:3). Toutotan Izrayelit yo te rete fidèl, Jewova t ap vide benediksyon l sou kay sa a. Sepandan, si yo ta vire do bay sa ki dwat, Jewova t ap retire favè l sou batiman sa a, e ‘kay sa a t ap tounen yon vye mazi.’ — 1 Wa 9:4-9; 2 Kwonik 7:16, 19, 20.

it-2-F 1048

Tanp

Istwa. Tanp sa a te egziste rive jis nan ane 607 anv. e. n., lè lame Babilòn nan te detwi l sou rèy wa Nebikadneza a (2Wa 25:9; 2Kw 36:19; Jr 52:13). Lefètke Izrayèl te tonbe nan fo adorasyon, Bondye te pèmèt nasyon yo fè Jida ak Jerizalèm mechanste, e pafwa, yo te menm konn pran nan trezò ki nan tanp lan. Epitou, yo te neglije tanp lan pandan yon tan. Wa ejip ki rele Chichak la te vòlè nan trezò tanp lan (993 anv. e. n.) nan epòk Wobowam pitit gason Salomon an, sèlman anviwon 33 an apre inogirasyon tanp lan (1Wa 14:25, 26; 2Kw 12:9). Wa Aza (977-937 anv. e. n.) te gen respè pou kay Jewova a, men, pou l te ka pwoteje Jerizalèm, li te aji tankou yon moun sòt lè l te achte sèvis wa Siri a ak ajan ak lò li te pran nan trezò tanp lan, pou wa Siri a te kraze alyans li te fè ak Baacha wa Izrayèl la. — 1Wa 15:18, 19; 2Kw 15:17, 18; 16:2, 3.

Trezò espirityèl

w10-F 1/12 11 § 7

Li konnen “sa ki nan kè lòm”

Nou ka jwenn rekonfò nan priyè Salomon te fè a. Moun parèy nou gendwa pa ka fin konprann santiman ki pwofon nou genyen yo, sa vle di “pwoblèm pa [nou] ak doulè pa [nou]”. (Pwovèb 14:10.) Men, Jewova konnen sa ki nan kè nou, e li vrèman gen sousi pou nou. Lè nou vide kè nou bay Jewova nan lapriyè, sa ka fè l pi fasil pou n pote chay nou yo. Bib la di: “Lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou.” — 1 Pyè 5:7.

10-16 AVRIL

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 KWONIK 8-9

“Li te bay sajès anpil valè”

w99-E 11/1 20 § 4

Lè gen anpil jenewozite

Vrèmanvre, rèn Cheba a te fè gwo sakrifis ak anpil efò pou l vin vizite Salomon. Sanble Cheba te nan zòn kote Repiblik Yemenn ye jodi a; kidonk, rèn nan ansanm ak gwo kòtèj chamo l la te vwayaje sou plis pase 1 600 km pou yo rive Jerizalèm. Jan Jezi te di sa, “li te soti nan dènye bout tè a”. Poukisa rèn nan te bay tèt li tout traka sa a? Li te vini sitou pou l “tande pawòl sajès Salomon t ap di yo”. — Lik 11:31.

w99-F 1/7 30 § 4-5

Yon vizit ki te pote anpil byenfè

Rive yon lè, rèn nan te rive Jerizalèm ak “yon pakèt moun, ak chamo ki te pote luil santi bon, anpil lò ak pyè ki gen anpil valè”. (1 Wa 10:2a.) Gen moun ki di se te “yon gwo kòtèj” ki te gen yon kò lame avè l. Nou ka konprann sa, lè n sonje rèn nan te yon moun ki gen anpil pouvwa e l t ap vwayaje ak yon kantite lajan ki t ap egal ak plizyè dizèn milyon dola.

Toutfwa, n ap remake rèn nan te tande jan gwo renome Salomon te genyen an “te bay non Jewova glwa”. Kidonk, se pa t jis yon vwayaj biznis. Se sèten, rèn te vini pou l te ka tande pawòl sajès Salomon t ap di yo, e petèt menm, pou l te ka aprann kèk bagay sou Bondye Salomon an, Jewova. Piske, ta sanble rèn nan se desandan Sèm oswa Kam, ki te adoratè Jewova, petèt li te anvi konnen relijyon zansèt li yo.

w99-F 1/7 30

Yon vizit ki te bay anpil satisfaksyon

Rèn Cheba a te tèlman enpresyone devan sajès Salomon ak pwosperite wayòm li an, sa te fè l “pa t gen bouch pou l pale”. (1 Wa 10:4, 5.) Gen kèk moun ki di fraz sa a vle di rèn nan te ret “bouch ouvè”. Gen yon biblis ki menm panse li te pèdi konesans! Kèlkeswa jan sa te ye, rèn nan te ret bouch ouvè devan sa l te wè ak sa l te tande. Li te di sèvitè Salomon yo byennere paske yo te ka tande pawòl saj ki t ap soti nan bouch wa a e li te beni Jewova ki te mete Salomon sou twòn nan. Apre sa, li te bay wa a kado ki koute chè, nan epòk pa nou an kantite lò a sèlman egal ak anviwon $40 000 000. Salomon te bay kado tou lè l te bay rèn nan “kèlkeswa sa l te vle ak kèlkeswa sa l te mande”. — 1 Wa 10:6-13.

it-2-F 873

Salomon

Epitou, lè rèn nan te fin wè glwa tanp lan ansanm ak kay Salomon an, manje ak bwason yo te konn sèvi sou tab li, fason moun ki te konn ap sèvi yo te konn abiye ansanm ak sakrifis yo boule nèt yo te konn ofri regilyèman nan tanp lan, “rèn nan pa t gen bouch pou l pale”, se sa k fè li te di: “Sa m te tande sou sajès ou genyen pa ka parèt devan sa m wè yo. Ou gen plis glwa lontan pase sa m te tande sou ou.” Apre sa, li fè konnen jan moun k ap sèvi yon wa konsa byennere. Tout bagay sa yo te pouse l louwe Jewova epi beni Jewova Dye ki te montre lanmou li anvè Izrayèl lè l te chwazi Salomon kòm wa pou l pran desizyon ki jis e pou l fè sa ki dwat. — 1Wa 10:4-9; 2Kw 9:3-8.

Trezò espirityèl

it-2-F 1110

Twòn

Twòn Salomon te fè a se sèl twòn yon dirijan Izrayèl yo te dekri an detay (1Wa 10:18-20; 2Kw 9:17-19). Sanble yo te mete l sou “Galri Twòn nan”, youn nan konstriksyon ki te sou mòn Moriya nan Jerizalèm (1Wa 7:7). Se te ‘yon gwo twòn ann ivwa e li te kouvri ak bon lò ak yon kouvèti won pa dèyè l e li te gen plizyè manch’. Byenke se ak ivwa yo te sèvi kòm materyèl de baz pou yo te fè chèz wa a, jeneralman, teknik yo te sèvi pou konstwi tanp lan sanble montre yo te fè chèz wa a avèk bwa ki te kouvri ak bon lò e ki te dekore ak plizyè ranje ivwa. Pou yon obsèvatè, twòn sa a ta sanble fèt ak ivwa ak lò sèlman. Apre yo fin pale de sis mach eskalye ki mennen nan twòn nan, istwa a kontinye konsa: “Te gen yon estati lyon bò kot chak manch. Te gen 12 lyon sou sis mach yo, youn nan chak pwent mach yo.” (2Kw 9:17-19). Estati lyon yo ki senbolize otorite lyon yo genyen an byen apwopriye (Jen 49:9, 10; Re 5:5). 12 lyon yo sanble te koresponn ak 12 tribi Izrayèl yo, ki te senbolize soumisyon ak sipò y ap bay moun ki sou twòn nan. Te gen yon ti ban annò ki te kole yon fason oswa yon lòt ak twòn nan. Fason yo te dekri twòn nan ki te fèt ak ivwa ak lò, jan l te estrawòdinè, sot nan lyon enpresyonan yo rive nan kouvèti won an, twòn sa a te pi bèl lontan pase kèlkeswa lòt twòn nan epòk la, kit se sa akeyològ yo te dekouvri annapre, kit se sa yo jwenn nan moniman yo oswa lòt enfòmasyon ekri yo te jwenn. Vrèmanvre, jan moun ki te ekri liv Kwonik la fè konn sa: “Pa gen okenn lòt wa ki te janm fè yon twòn konsa.” — 2Kw 9:19.

17-23 AVRIL

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 KWONIK 10-12

“Byenfè nou jwenn nan konsèy ki saj”

w18.06 13 § 3

Li te kapab gen favè Bondye

Wobowam te ka santi l pran nan pyèj! Si l te fè sa pèp la mande a, li menm ak fanmi l ansanm ak lòt moun nan palè a te ka oblije aksepte pèdi kèk avantaj epi pou yo mande pèp la mwens bagay. Yon lòt bò, si l te refize, pèp la te ka rebele kont li. Ki sa l t ap fè? Toudabò, nouvo wa a t al chèche konsèy nan men kèk granmoun ki te konn bay Salomon konsèy. Men, apre sa, Wobowam t al chèche konsèy nan men kèk jèn gason ki te nan menm laj avè l. Wobowam te suiv konsèy jèn gason yo, e l te deside aji di ak pèp la. Men sa l te reponn yo: “M ap fè jouk ki sou do nou an vin pi lou, wi, m ap fè l vin pi lou toujou. Papa m te konn bat nou ak fwèt, men mwen menm, m ap bat nou ak rigwaz.” — 2 Kwo. 10:6-14.

w01-F 1/9 28-29

Fason nou ka pran bon desizyon

Epitou, Jewova mete moun ki gen matirite nan kongregasyon an nou ka pale ak yo lè n ap pran desizyon (Efezyen 4:11, 12). Sepandan, lè n ap mande lòt moun konsèy, nou pa dwe fè menm jan ak moun k ap mande plizyè moun konsèy jiskaske yo jwenn moun ki di yo sa yo vle tande a. Apre sa, yo suiv konsèy la. Epitou, nou dwe sonje egzanp Wobowam nan ki sèvi nou avètisman. Lè l te gen pou l pran yon gwo desizyon, li te jwenn bonjan konsèy nan men granmoun ki te konn sèvi papa l yo. Toutfwa, olye l te suiv konsèy yo te ba l la, li t al pale ak jèn mesye ki te grandi avè l yo. Lè l te suiv konsèy jèn mesye yo, li te pran yon vye desizyon, kòm rezilta li te pèdi yon bon pati nan wayòm li an. — 1 Wa 12:1-17.

Lè n ap chèche konsèy, al kote moun ki gen eksperyans nan lavi a, ki gen bonjan konesans sou Bib la e ki gen gwo respè pou prensip dwat ki ladan l yo (Pwovèb 1:5; 11:14; 13:20). Lè sa posib, pran tan pou w medite sou tout prensip ki enplike yo ansanm ak tout enfòmasyon ou jwenn. Toutpandan w ap vin wè bagay yo ann amoni ak limyè ki nan pawòl Jewova a, desizyon ki kòrèk la ap vin pi klè toujou. — Filipyen 4:6, 7.

it-2-F 754 § 5

Wobowam

Atitid awogan, otoritè Wobowam te genyen an te lakòz li pèdi kontwòl majorite pèp la nèt. Se tribi Jida a ak tribi Benjamen an sèlman ki te kontinye soutni kay David la. Prèt ak Levit nan toude wayòm sa yo ansanm ak kèk grenn moun nan 10 lòt tribi yo ki te konn bay sipò yo tou. — 1Wa 12:16, 17; 2Kw 10:16, 17; 11:13, 14, 16.

Trezò espirityèl

it-1-F 618-619

Demon ki sanble ak kabrit

Pawòl Jozye te di nan Jozye 24:14 la montre Izrayelit yo te mele ak fo adorasyon nan yon sèten nivo pandan tan yo te pase ann Ejip la, alòske Ezekyèl montre yo te kenbe vye pratik sa yo byen lontan apre sa (Eze 23:8, 21). Pou rezon sa a, gen kèk biblis ki panse dekrè Bondye te bay nan dezè a pou anpeche Izrayelit yo fè “sakrifis bay demon ki sanble ak kabrit yo” (Lev 17:1-7) ak lè Jewobowam te chwazi moun pou sèvi kòm prèt “kote ki wo yo konn fè adorasyon yo, pou yo sèvi demon ki sanble ak kabrit yo ak ti bèf li te fè yo” (2Kw 11:15), montre te gen yon fòm adorasyon kabrit pami Izrayelit yo menm jan sa te popilè ann Ejip, sitou nan zòn ki te pa anba nan peyi Ejip la. Ewodòt (II, 46) fè konnen se nan adorasyon ejipsyen sa a grèk yo te pran kwayans yo gen nan dye Pan ak nan dye sati yo, yon seri dye ki te fèt an bwa e ki te konn eksite dezi seksyèl, yo te konn dekri yo ak kòn nan tèt yo, ak ke e ak pye kabrit. Gen kèk moun ki fè konnen kalite dye payen ki gen fòm kò mwatye bèt sa a, se sous pratik kote yo dekri Satan ak ke, ak kòn e ak zago ki fann, se yon koutim ki te kouran pami kretyen ki t ap viv nan epòk fènwa espirityèl yo.

Sepandan, yo pa mansyone “kreyati ak plim” (seʽirim) sa yo jan yo dekri yo a. Se vre, kèk moun konsidere se kabrit toutbon oswa zidòl ki gen fòm kabrit, sa pa vle di se konsa yo te ye vrèman; e pa gen okenn vèsè ki bay prèv yo te gen fòm sa a nonplis. Ekspresyon yo itilize a ka sèlman vle di nan lespri moun k ap adore dye sa yo, kalite fo dye sa yo te parèt gen fòm kabrit oswa yo gen plim sou yo. Oswa, itilizasyon mo “kabrit” la ka sèlman vle montre degoutans pou tout bagay ki gen rapò ak idolatri an jeneral, menm jan an tou, mo yo itilize nan plizyè vèsè pou pale de zidòl yo soti nan yon ekspresyon orijinal ki vle di “pil poupou”, pa vle di yo fè zidòl yo ak poupou poutèt sa. — Lev 26:30; Dt 29:17.

24-30 AVRIL

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 KWONIK 13-16

“Ki lè pou nou konte sou Jewova?”

w21.03 5 § 12

Jèn frè, ki sa nou ka fè pou yo fè n konfyans?

12 Lè wa Aza te jèn gason, li te gen imilite e li te gen kran. Pa egzanp, lè l te vin wa apre lanmò Abija, papa l, li te fè yon kanpay pou l elimine zidòl nan peyi a. Mete sou sa, “li te ankouraje moun nan tribi Jida yo pou yo chèche Jewova, Bondye zansèt yo, e pou yo obeyi Lwa l yo ak kòmandman l yo”. (2 Kwo. 14:1-7.) E lè Zera, moun Etyopi a, te vin anvayi Jida ak 1 000 000 sòlda, Aza te montre l gen sajès lè l te mande Jewova èd. Li te di l: “O Jewova, kit moun w ap ede yo anpil, kit yo pa gen fòs, pou ou, se menm bagay. O Jewova, Bondye nou an, ede nou tanpri, paske se sou ou nou konte.” Bèl pawòl sa yo Aza te di montre jis nan ki pwen li gen konfyans nan kapasite Jewova genyen pou l sove pèp li a. Aza te met konfyans li nan Papa l ki nan syèl la, e “Jewova te [...] pot laviktwa sou moun Etyopi yo”. — 2 Kwo. 14:8-12.

w21.03 5 § 13

Jèn frè, ki sa nou ka fè pou yo fè n konfyans?

13 Se sèten w ap dakò se pa t yon bagay ki te fasil menm pou yon wa fè fas ak yon lame ki gen 1 000 000 sòlda. Epoutan, Aza te pot laviktwa sou yo paske l te konte sou Jewova. Men, malerezman, lè l te nan yon lòt sitiyasyon ki pa t grav menm jan an, li pa t chèche èd Jewova. Lè Baacha, wa Izrayèl la, yon wa ki te mechan, te menase wa Aza, Aza t al chèche èd nan men wa peyi Siri a. Desizyon wa Aza te pran an te gen move konsekans. Men sa Jewova te voye pwofèt Anani al di wa Aza: “Kòm se sou wa Siri a ou te konte e w pa t konte sou Jewova, Bondye w la, lame wa Siri a chape nan men w.” Anfèt, depi lè sa a, wa Aza pa t janm sispann fè lagè (2 Kwo. 16:7, 9; 1 Wa 15:32). Ki leson nou aprann nan istwa sa a?

w21.03 6 § 14

Jèn frè, ki sa nou ka fè pou yo fè n konfyans?

14 Ou bezwen kontinye gen imilite epi kontinye konte sou Jewova. Lè w te batize, ou te montre w gen anpil lafwa ak anpil konfyans nan Jewova. E Jewova te kontan dèske w te vin fè pati fanmi l. Kounye a, sa w bezwen fè, se kontinye konte sou Jewova. Petèt, li kapab fasil pou w konte sou Jewova lè w gen desizyon ki enpòtan anpil pou w pran. Men, ki sa w ap fè nan lòt sitiyasyon yo? Li vrèman enpòtan pou w konte sou Jewova nan kèlkeswa desizyon w ap pran, kit se detant w ap chwazi, travay w ap aksepte, ak sa w ta renmen fè ak lavi w! Pa konte sou entèlijans ou. Okontrè, chèche konn ki prensip biblik k ap ede w nan chak sitiyasyon, epi chèche aplike l (Pwo. 3:5, 6). Si w fè sa, w ap fè kè Jewova kontan e frè ak sè yo nan kongregasyon an ap gen respè pou ou. — Li 1 Timote 4:12.

Trezò espirityèl

w17.03 19 § 7

Sèvi Jewova ak tout kè w!

7 Nou chak kapab egzamine kè nou pou n wè si l atache nèt ak Bondye. Mande tèt ou: ‘Èske m pran detèminasyon pou m fè Jewova plezi, pou m defann vrè adorasyon an e pou m pwoteje pèp li a kont nenpòt enfliyans ki kapab kòwonp li?’ Reflechi ak tout kouraj sa te mande pou Aza te kanpe devan Maaka, ki te “rèn” nan peyi a! Ou ka pa konn pèsonn ki aji menm jan avè l, men, kapab gen sitiyasyon kote ou kapab imite zèl Aza. Pa egzanp, ki sa w ap fè si yon moun nan fanmi w oswa yon bon zanmi w peche, li pa repanti, e yo oblije eskominye l? Èske w t ap aji san pèdi tan pou w sispann frekante moun sa a? Ki sa kè w t ap pouse w fè?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje