BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr23 septanm p. 1-11
  • Referans pou “Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou “Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a”
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2023
  • Soutit
  • 4-10 SEPTANM
  • 11-17 SEPTANM
  • 18-24 SEPTANM
  • 25 SEPTANM–1 OKTÒB
  • 2-8 OKTÒB
  • 9-15 OKTÒB
  • 16-22 OKTÒB
  • 23-29 OKTÒB
  • 30 OKTÒB–5 NOVANM
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2023
mwbr23 septanm p. 1-11

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

© 2023 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania

4-10 SEPTANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | ESTÈ 1-2

“Fè efò pou n ret nan limit nou menm jan ak Estè”

w17.01 25 § 11

Nou ka ret nan limit nou menm lè n jwenn eprèv

11 Lè moun flate n twòp oswa yo fè twòp lwanj pou nou sa ka fè l difisil pou n konn limit nou tou. Ann konsidere bèl fason Estè te reyaji devan yon seri evènman ki te rive sanzatann. Estè te bèl anpil e yo te dòlote l tèlman yo te ba l yon seri swen espesyal pandan yon ane. Chak jou, li te konn pase tan ak anpil jèn fi ki soti toupatou nan Anpi pès la ki te nan konpetisyon youn ak lòt paske yo chak ta renmen se yo menm wa a chwazi. Aktout sa, Estè te kontinye gen respè pou moun e l te metrize tèt li. Menm apre wa a te fin chwazi l kòm rèn, li pa t vin pran tèt li pou yon pakèt afè ni li pa t aji kòmkwa li pa t konn limit li. —  Estè 2:​9, 12, 15, 17.

ia 130 § 15

Li te pran pozisyon pou pèp Bondye a

15 Lè lè a te rive pou yo mennen Estè devan wa a, li te ka chwazi nenpòt bagay li te panse k ap itil li, petèt pou l te ka pi bèl toujou. Men, avèk modesti, Estè pa t mande anyen anplis sa Egayi te di l mande a (Estè 2:15). Sandout, Estè te konprann se pa t bote l sèlman ki t apral fè wa a renmen l, men, se sitou imilite l ak modesti l, yon seri kalite moun pa t ap jwenn fasil lakay lòt medam yo. Èske l te gen rezon panse konsa?

w17.01 25 § 12

Nou ka ret nan limit nou menm lè n jwenn eprèv

12 Lè nou konn limit nou, sa fè n veye pou abiman nou, aparans nou, ak konduit nou toujou kòrèk e pou yo demontre respè pou lòt moun. Nou rann nou kont se pa lè n ap vante tèt nou oubyen n ap atire atansyon sou nou yon fason ki pa kòrèk nou fè lòt moun renmen nou, men, se lè nou demontre nou gen “yon lespri ki dou e ki pezib”. (Li 1 Pyè 3:​3, 4; Jer. 9:​23, 24.) Si nou pran tèt nou pou yon pakèt afè nan kè nou, towouta, sa ap parèt nan aksyon nou. Pa egzanp, nou ka ap fè konprann nou gen privilèj espesyal, nou gen enfòmasyon lòt moun pa genyen, oubyen nou gen relasyon espesyal ak frè responsab yo. Oubyen, nou kapab ap esplike yon seri bagay kòmkwa se nou menm ki te vin ak ide yo oswa se nou menm ki te reyalize yo alòske gen lòt moun ki te patisipe tou. La a ankò, Jezi kite yon bèl egzanp pou nou. Yon bon pati nan sa l te di yo se te swa yon sitasyon ki sot nan Liv ki te ekri ann ebre yo oubyen yon referans li te fè ak yo. Avèk imilite, li te konn pale fason sa a pou moun ki t ap koute l yo te ka konnen se nan Jewova sa l t ap di yo soti, se pa ak pwòp entèlijans li oswa ak sajès li li te di yo. —  Jan 8:28.

Trezò espirityèl

w22.11 31 § 3-6

Èske w te konnen?

Gen yon seri moun k ap fè rechèch ki jwenn yon moso ajil ki gen non yon mesye ki rele Madouka (an kreyòl Madoche) ekri sou li. Li te travay kòm administratè nan vil Souz, petèt li te yon kontab. Lè yo te fè dekouvèt sa a, Arthur Ungnad, ki te yon espè nan istwa peyi Lès yo, te fè konnen, moso ajil yo te jwenn nan, “se te sèl dokiman, apa Bib la, kote yo pale de Madoche”.

Depi lè Ungnad te bay rapò sa a, gen espesyalis ki tradui plizyè milye lòt tèks moun peyi Pès yo te ekri. Pami tèks sa yo, te gen yon seri tablèt yo te jwenn nan dekonm vil Pèsepolis. Yo te jwenn yo kote yo te konn met trezò yo, toupre miray vil la. Tablèt sa yo la depi sou rèy Zèsès 1ye. Yo ekri nan lang moun Elam yo e yo gen plizyè non nou jwenn nan liv Estè a.

Plizyè nan tablèt yo te jwenn nan vil Pèsepolis yo gen non Madouka ki te sèvi kòm sekretè wa a, nan palè a ki te nan vil Souz, sou rèy Zèsès 1ye. Youn nan tablèt yo fè konnen Madouka te yon tradiktè. Enfòmasyon sa a tonbe daplon ak sa Bib la di konsènan Madoche. Li te yon otorite ki t ap sèvi nan palè wa Asyeris (Zèsès 1ye) e li te pale omwen de lang. Madoche te toujou konn chita nan pòtay palè wa a nan vil Souz (Estè 2:​19, 21; 3:3). Pòtay palè sa a te tankou yon gwo bilding, e se la moun ki te nan gwo pozisyon nan palè a te konn travay.

Gen anpil bagay enteresan ki montre Madouka yo pale de li nan tablèt yo ak Madoche yo pale de li nan Bib la sanble se menm moun nan. Yo te viv nan menm epòk ak nan menm zòn, yo toule de te nan gwo pozisyon e yo te travay menm kote. Tout enfòmasyon sa yo sanble montre Madoche liv Estè a pale de li a ak Madouka se te menm moun nan.

11-17 SEPTANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | ESTÈ 3-5

“Ede lòt moun rive sèvi ak tout kapasite yo genyen”

it-2-F 345 § 5

Madoche

Li refize pwostène devan Aman. Apre sa, Asyeris te mete Aman, yon desandan Agag, premye minis e l te bay lòd pou tout moun ki nan pòtay wa a bese fas atè devan Aman ki te vin nan yon gwo pozisyon. Yon fason ki fèm, Madoche te refize fè sa e l te di se paske l te Juif ki fè l te refize (Est 3:​1-4). Rezon sa a Madoche te bay pou l pwouve aksyon l lan montre sa te gen rapò ak relasyon l antanke yon Juif ki te vwe lavi l bay Jewova, Bondye l la. Li te rekonèt koube devan Aman vle di plis pase bese fas atè devan yon moun ki nan gwo pozisyon, jan Izrayelit yo te konn fè sa nan lontan, jis pou montre respè pou yon moun ki nan yon pozisyon siperyè, tankou yon dirijan (2Sa 14:4; 18:28; 1Wa 1:16). Nan ka pa Aman an, te gen bonjan rezon ki fè Madoche pa t pwostène. Sandout, Aman se te yon moun Amalèk, e Jewova te fè konnen li t ap fè lagè ak moun Amalèk yo “jenerasyon apre jenerasyon”. (Egz 17:16; gade HAMÂN.) Pou Madoche, se te yon kesyon entegrite devan Bondye, se pa t yon pwoblèm politik.

it-2-F 345 § 7

Madoche

Yo te sèvi avè l pou delivre Izrayèl. Lè yo te soti dekrè pou detwi Juif yo nan anpi a, Madoche te gen konviksyon Estè te vin rèn nan moman sa a menm pou l delivre Juif yo. Li te fè Estè wè gwo responsablite li genyen e l te di l pou l al chèche favè ak èd nan men wa a. Malgre sa t ap mete pwòp lavi Estè an danje, Estè te aksepte fè sa. —  Est 4:7–5:2.

ia 133 § 22-23

Li te pran pozisyon pou pèp Bondye a

22 Lè Estè tande mesaj sa a, sa ba l gwo kè kase. Se te pi gwo eprèv lafwa Estè te jwenn. Nan repons Estè te voye bay Madoche a, li pa t pè di jan l te pè. Li te raple Madoche lwa wa a te bay la: yo te ka touye yon moun ki t al kot wa a san wa a pa t envite l. Se sèlman si wa a ta lonje baton annò l la sou moun sa a yo pa t ap touye l. Èske Estè te gen rezon pou l panse yo pa t ap touye l, sitou apre sa k te rive Vachti lè l te refize obeyi lòd wa a te ba l pou l vin jwenn wa a? Estè te fè Madoche konnen gentan gen 30 jou ki pase depi wa a pa envite l vin kote l. Piske wa a pa t rele l depi tout tan sa a, li t ap di tèt li genlè wa a pa sou bò l ankò. —  Estè 4:​9-11.

23 Madoche te reponn Estè yon fason ki fèm pou l te fòtifye lafwa Estè. Li te fè l konnen menm si l pa fè anyen, pèp juif la ap delivre kanmenm. Men, ki jan Estè ta ka panse yo pa t ap fè l anyen lè pèsekisyon an vin pi rèd? Nan pawòl Madoche te di Estè yo, li te montre l gen yon lafwa solid nan Jewova ki pa t ap janm kite yo detwi pèp li a e ki te toujou reyalize pwomès li (Joz. 23:14). Apre sa, Madoche di Estè: “Sa k pou di w si se pa pou rezon sa a ou rive rèn?” (Estè 4:​12-14). Èske pawòl sa a pa ankouraje n imite Madoche? Li te mete konfyans li nan Jewova, Bondye l la, nèt. Èske se sa n fè tou? —  Pwo. 3:​5, 6.

Trezò espirityèl

kr 160 § 14

Yo goumen pou dwa yo genyen pou yo adore

14 Jodi a, pèp Jewova a goumen pou dwa yo genyen pou yo adore Jewova jan Jewova mande yo a, menm jan Estè ak Mòdekay te fè sa nan tan lontan (Estè 4:​13-16). Èske gen yon bagay ou ka fè tou? Wi. Ou kapab priye toutan pou frè ak sè nou yo k ap soufri akoz enjistis y ap sibi anba men Leta. Priyè sa yo kapab yon bonjan èd pou frè ak sè nou yo k ap fè fas ak difikilte oswa k ap fè fas ak pèsekisyon. (Li Jak 5:16.) Èske Jewova reponn priyè sa yo? Viktwa nou ranpòte nan tribinal yo ban nou garanti li fè sa! —  Ebre 13:​18, 19.

18-24 SEPTANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | ESTÈ 6-8

“Yon leson anrapò ak bon kominikasyon”

ia 140 § 15-16

Li te gen sajès ak kouraj e li pa t wè tèt li sèlman

15 Etandone Estè te yon moun ki pasyan, li te tann yon lòt jou ankò anvan l te mande wa a sa l te vle a. Konsa, sa t apral pèmèt Aman tonbe nan pwòp pyèj li. Èske se pa Jewova ki te fè wa a pa t ka dòmi (Pwo. 21:1)? Se pa pou granmesi Pawòl Bondye a ankouraje nou pou nou “tann”. (Li Miche 7:7.) Lè n tann Bondye, nou ka wè fason Bondye rezoud pwoblèm nou yo pi byen lontan pase jan nou t ap fè sa.

Li te pale avèk kouraj

16 Estè pa t pran chans teste pasyans wa a plis toujou e l te ret kwè l te dwe di wa a tout bagay nan dezyèm fèt la. Men, kòman li t apral fè sa? Erezman, wa a te bay Estè posiblite pou l pale lè l te mande l ki sa l te vle yon lòt fwa ankò (Estè 7:2). “Lè pou [Estè te] pale” a te rive.

ia 140 § 17

Li te gen sajès ak kouraj e li pa t wè tèt li sèlman

17 Nou ka imajine Estè k ap priye Bondye l la nan kè l anvan l te di pawòl ki vin annapre yo: “Si w dakò avè m, monwa, e si sa fè w plezi, mwen sipliye w pou w sove lavi m e m ap mande w pou w sove pèp mwen an.” (Estè 7:3). N ap remake Estè te fè wa a konnen li t ap respekte nenpòt desizyon wa a pran. Ala diferan Estè te diferan ak Vachti, ansyen madan marye wa a, ki te fè espre pou l fè mari l wont (Estè 1:​10-12)! Anplis de sa, Estè pa t pale wa a mal paske wa a te fè erè l al fè Aman konfyans. Olye de sa, Estè te mande wa a pou l pwoteje l kont yon malè ki te pandye sou tèt li.

ia 141 § 18-19

Li te gen sajès ak kouraj e li pa t wè tèt li sèlman

18 Se sèten sa Estè te mande a te fè wa a sezi e sa te pouse l aji. Kiyès ki te oze pandye yon malè sou tèt rèn li an? Men sa Estè te di ankò: “Yo vann ni mwen menm ni pèp mwen an pou yo ka elimine nou, pou yo ka touye nou e pou yo ka disparèt nou. Si se sèlman vann yo te vann nou kòm esklav, mwen pa t ap di anyen. Men, malè sa a pa dwe rive, paske sa pap nan avantaj wa a.” (Estè 7:4). Remake Estè te esplike pwoblèm nan aklè e l te fè konnen li pa t ap di anyen si pwoblèm nan se te esklav yo t ap vin esklav sèlman. Kòm masak yo t apral fè sou pèp li a t ap koute wa a chè anpil, li pa t ka pa di anyen.

19 Egzanp Estè a aprann nou anpil bagay sou fason pou n konvenk lòt moun. Si sa ta rive nou bezwen fè yon moun nou renmen oswa yon moun ki gen otorite konnen yon pwoblèm grav, lè n montre n gen pasyans ak respè epi n esplike pwoblèm nan aklè, sa ap ede n anpil. —  Pwo. 16:​21, 23.

Trezò espirityèl

w06-F 1/3 11 § 1

Pwen enteresan ki nan liv Estè a

7:4 —  Nan ki sans si yo te elimine Juif yo “sa [pa t ap] nan avantaj wa a”? Lè Estè te pale de posiblite pou yo vann Juif yo kòm esklav la, avèk tak, Estè te tou fè wa a wè eliminasyon Juif yo pa t ap nan avantaj li. 10000 pyès ann ajan Aman te pwomèt yo pa t nan pwofi trezò wa a an konparezon ak richès ki ta ka antre nan trezò wa a, si Aman te fè konplo pou l vann Juif yo kòm esklav. Epitou, si konplo sa a te reyisi sa t ap vle di yo t ap pèdi rèn nan.

25 SEPTANM–1 OKTÒB

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | ESTÈ 9-10

“Li te sèvi ak otorite l pou ede lòt moun”

it-2-F 346 § 1

Madoche

Kounye a, Madoche te vin premye minis nan plas Aman e wa a te ba li bag li konn poze so sou dokiman legal yo. Estè te mete Madoche responsab kay Aman an, kay wa a te bay Estè a. Apre sa, Madoche te sèvi ak otorizasyon wa a ba li pou l voye yon lòt dekrè ki bay Juif yo dwa legal pou yo defann tèt yo. Pou Juif yo, se te yon siy delivrans ak lajwa. Anpil moun nan anpi Pès la te met tèt yo ansanm ak Juif yo, e lè 13yèm jou nan mwa Ada a, jou lwa a t ap antre an fonksyon an te rive, Juif yo te pare. Ofisyèl yo te kanpe avèk yo akoz gwo pozisyon Madoche te genyen. Batay la te pwolonje pou yon lòt jou ankò nan vil Souz. Gen plis pase 75000 ènmi Juif yo ki te detwi nan anpi Pès la, sa gen ladan l dis pitit gason Aman yo (Est 8:1–9:18). Avèk otorizasyon Estè, Madoche te bay lòd pou yo fete 14yèm ak 15yèm jou mwa Ada a, “fèt Pourim nan”, chak ane, pou yo rejwi e pou yo fete, pou yo voye kado youn bay lòt e pou yo bay malere yo kichòy. Juif yo te aksepte e yo te tabli yon selebrasyon pou desandan yo ansanm ak lòt moun ki te vin jwenn yo. Antanke dezyèm pèsonaj nan anpi a, Madoche te jwenn respè nan men Juif yo, ki te yon pèp apa pou Bondye, e Madoche te kontinye travay pou byen yo. —  Est 9:​19-22, 27-32; 10:​2, 3.

it-2-F 628 § 4

Pourim

Objektif. Se vre kèk kòmantatè fè konnen fèt Pourim Juif yo selebre nan epòk nou an plis gen rapò ak yon fèt popilè olye de yon fèt relijye e pafwa moun yo fè anpil eksè, sa ki diferan ak epòk yo te mete l sou pye e yo te selebre l pou premye fwa a. Ni Madoche ni Estè te sèvitè vrè Dye a, Jewova, e fèt sa a te tabli pou yo onore L. Yo te ka fè konnen se Jewova ki te delivre Juif yo nan moman sa a, paske prensipal koz ki te soulve pwoblèm sa a, se te entegrite Madoche nan efò li t ap fè pou l bay Jewova yon adorasyon san pataj. Sandout, Aman se te yon moun Amalèk, yon nasyon Jewova te modi dirèkteman e l te kondane pou destriksyon. Madoche te respekte dekrè Bondye a e l te refize pwostène devan Aman (Est 3:​2, 5; Egz 17:​14-16). Epitou, pawòl Madoche te di Estè yo (Est 4:14) te montre li t ap chèche delivrans pou Juif yo nan men yon moun ki gen plis pouvwa, e lefètke Estè te fè jèn anvan l te antre kot wa a pou l te fè premye demann li an, sa vle di envite wa a nan yon fèt, sa te montre li t ap chèche èd nan men Bondye. —  Est 4:16.

cl 122-123 § 12-13

“Se pou nou imite Bondye” nan fason nou sèvi ak pouvwa nou genyen an

12 Jewova mete gason alatèt kongregasyon an pou bay moun ki nan kongregasyon an direksyon (Ebre 13:17). Se Bondye ki kalifye gason sa yo e se li ki ba yo otorite pou yo pran swen kongregasyon an e pou yo ede l pwogrese. Èske sa vle di wòl ansyen yo jwe a ba yo dwa pou yo domine sou kwayan parèy yo? Non. Ansyen yo dwe wè wòl yo jwe nan kongregasyon an yon fason ki ekilibre e ki montre yo gen imilite lakay yo (1 Pyè 5:​2, 3). Men sa Labib fè ansyen yo konnen: “Pran swen kongregasyon Bondye a, yon kongregasyon li achte ak san pwòp Pitit li a.” (Travay 20:28). Etandone Bondye mande yo pran swen kongregasyon an, yo gen bonjan rezon pou byen boule ak chak moun nan kongregasyon an e pou yo fè sa avèk tandrès.

13 Ann pran yon egzanp pou ede nou pi byen konprann: Yon bon zanmi w mande w pran swen yon bagay li genyen ki gen anpil valè. Ou konnen zanmi w lan te peye bagay sa a chè. Èske w pa t ap byen pran swen bagay sa a? Se menm jan an, Bondye mande ansyen yo pou yo pran swen yon bagay li genyen ki gen anpil valè, anpalan de kongregasyon an. Labib konpare moun ki nan kongregasyon an ak mouton (Jan 21:​16, 17). Mouton Jewova yo gen anpil valè nan je l. Anfèt, yo tèlman gen valè pou li, li te achte yo ak san Jezi Kris, sèl Pitit li te fè a. Se pa ti chè Jewova peye chè pou mouton l yo! Ansyen yo, ki gen imilite lakay yo, pa janm bliye sa e yo trete mouton Jewova yo jan yo dwe trete yo.

Trezò espirityèl

w06-F 1/3 11 § 4

Pwen enteresan ki nan liv Estè a

9:​10, 15, 16 —  Byenke dekrè a te otorize pou Juif yo pran sa moun yo genyen, poukisa yo pa t fè sa? Lefètke yo te refize, sa montre objektif yo se te pou yo sove lavi yo, se pa t pou anrichi tèt yo.

2-8 OKTÒB

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JÒB 1-3

“Kontinye montre jis nan ki pwen w renmen Jewova”

w18.02 6 § 16-17

Demontre lafwa ak obeyisans menm jan ak Noye, Dànyèl ak Jòb

16 Difikilte Jòb te jwenn. Lè n ap egzamine lavi Jòb, nou wè l te fè fas ak yon seri sitiyasyon ki diferan nèt. Anvan eprèv li a, li te moun “ki te pi enpòtan pami tout moun ki t ap viv nan Lès yo”. (Jòb 1:3.) Li te rich, li te popilè e moun te respekte l anpil (Jòb 29:​7-16). Sepandan, malgre tout bagay sa yo, Jòb pa t panse l te pi bon pase lòt moun oswa l pa t panse li pa bezwen Bondye. Anfèt, Jewova te rele l “sèvitè m nan”, epi Jewova te di: “Li se yon moun ki dwat e ki fidèl nan tout bagay. Li gen lakrentif pou Bondye e li vire do bay sa ki mal.” —  Jòb 1:8.

17 Nan yon tikras tan, lavi Jòb te chanje nèt. Li te vin pòv anpil e l te pèdi tout espwa. Nou konn rezon an, se paske Satan, medizan an, te akize Jòb kòmkwa l ap adore Bondye pou enterè. (Li Jòb 1:​9, 10.) Jewova pa t bay vye akizasyon sa a vag. Okontrè, li te bay Jòb posiblite pou l pwouve entegrite l, pou l montre adorasyon l t ap ba l la te soti nan yon kè ki pwòp e ki pa egoyis.

w19.02 5 § 10

Ann kontinye ret fidèl ak Bondye!

10 Satan lage menm akizasyon an sou do nou chak. Nan ki sans sa konsène w? Anfèt, li di ou pa vrèman renmen Jewova Dye e w ap sispann sèvi l depi lavi w an danje, e w pa vrèman fidèl (Jòb 2:​4, 5; Rev. 12:10). Ki jan sa fè w santi w? Èske sa pa fè w mal? Men, fè yon ti reflechi sou jan Jewova fè w konfyans: Li kite Satan teste fidelite w paske li gen konfyans w ap kapab kenbe fidelite w, sa k ap pèmèt ou pwouve Satan se yon mantè. Li pwomèt l ap ede w fè sa (Ebre 13:6). Se pa ti privilèj sa ye pou Souvren linivè a fè nou konfyans! Èske w wè poukisa fidelite gen anpil enpòtans? Lè nou fidèl, sa pèmèt nou rejte manti Satan yo e sa pèmèt nou defann non Papa nou an epi soutni fason l ap dirije. Ki jan n ka vin gen kalite enpòtan sa a?

Trezò espirityèl

w21.04 11 § 9

Sa nou ka aprann nan dènye pawòl Jezi te di yo

9 Ki sa Jezi te di? Yon ti tan anvan Jezi mouri, li rele byen fò, li di: “Bondye m nan, Bondye m nan, poukisa w abandone m?” (Mat. 27:46). Labib pa di poukisa Jezi te di pawòl sa a. Men, ann wè sa nou ka aprann nan sa l te di a. Yon bagay ki sèten, lè Jezi te di pawòl sa a li te akonpli yon pwofesi nou jwenn nan Sòm 22:1. Anplis de sa, pawòl sa a montre aklè Jewova pa t met “yon lantouray pou pwoteje” Pitit Gason l lan (Jòb 1:10). Jezi te konprann Papa l te lage l nan men ènmi l yo pou lafwa l te kapab pase anba eprèv nèt. Pa gen okenn moun ki te janm sibi yon eprèv konsa. Anplis de sa, pawòl sa a montre aklè Jezi te inosan e li pa t fè anyen ki te merite pou yo touye l. 

9-15 OKTÒB

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JÒB 4-5

“Fè atansyon ak fo enfòmasyon”

it-1-F 725 § 17

Elifaz

2. Youn nan twa zanmi Jòb yo (Jòb 2:11). Yon moun Teman, sanble li te yon desandan premye pitit gason Ezaou, ki li menm te yon desandan Abraram e yon fanmi lwen Jòb. Li menm ak desandan l yo te konn vante tèt yo pou sajès yo genyen (Jr 49:7). Pami twa “konsolatè” Jòb yo, Elifaz te parèt moun ki pi enpòtan an e ki gen plis enfliyans pami yo, sa ki te vle di petèt li te pi gran tou. Se li menm ki te pale an premye nan deba a, e se li ki te pale plis.

w05-F 15/9 26 § 2

Reziste kont move panse!

Pandan Elifaz t ap rapòte yon eksperyans li te fè kote l te wè yon espri, li te di: “Gen yon espri ki te pase devan m, tout cheve nan tèt mwen te kanpe. Epi, espri a te ret kanpe san l pa bouje. Men, mwen pa t ka wè ak ki sa l sanble. Te gen yon fòm ki te parèt devan je m. Pa t gen okenn bri, apre sa m te tande yon vwa ki di:” (Jòb 4:​15, 16). Ki kalite espri ki te enfliyanse panse Elifaz? Fason l t ap kritike moun nan pawòl ki annapre yo montre vrèmanvre espri sa a se pa t youn nan zanj fidèl Bondye yo (Jòb 4:​17, 18). Se te yon movèzespri. Se si pa t sa, poukisa Jewova te reprimande Elifaz ak de zanmi l yo poutèt yo te fè manti (Jòb 42:7)? Vrèmanvre, Elifaz te anba enfliyans demon. Pawòl li yo pa t reflete panse Bondye.

w10 15/2 19 § 5-6

Pa pran nan pwopagann Satan yo

Satan te itilize Elifaz, youn nan twa konpayon Jòb ki te vin vizite l yo, pou l di lèzòm twò fèb pou yo reziste kont atak li yo. Anpalan de moun Elifaz di ki “fèt ak labou”, men sa li te di Jòb: ‘[Yo] sòti nan pousyè tè, yo kapab kraze yo tankou poudbwa. Yon sèl jou kont pou yo tounen pousyè, yo disparèt nèt. Pèsonn pa wè sa.’ —  Jòb 4:​19, 20.

Gen lòt kote nan Ekriti yo yo di lèzòm se “veso ki fèt an tè”, sa vle di yo frajil tankou po ki fèt ann ajil (2 Kor. 4:7). Nou fèb paske nou eritye peche ak enpèfeksyon (Wom. 5:12). Si nou te poukont nou, atak Satan yo t ap kapab atenn nou. Men, antanke kretyen, nou pa pitimi san gadò. Malgre enpèfeksyon nou, nou gen anpil valè nan je Bondye (Iza. 43:4). Mete sou sa, si nou mande Jewova lespri sen l, l ap ban nou l (Lik 11:13). Lespri sen kapab ban nou yon “kokennchenn pouvwa” k ap pèmèt nou andire kèlkeswa eprèv Satan mete devan nou (2 Kor. 4:7; Fil. 4:13). Si nou kenbe tèt ak Satan Ledyab e nou “kanpe fèm nan konfyans nou”, Bondye ap fè nou rete djanm e l ap ban nou fòs (1 Pyè 5:​8-10). Donk, nou pa bezwen pè Satan Ledyab.

mrt 32 § 13-17

Veye pou w pa pran nan fo enfòmasyon

● Reflechi sou kote enfòmasyon an soti ak sa l di

Sa Bib la di: “Verifye tout bagay.” —  1 Tesalonisyen 5:21.

Anvan w kwè nan yon istwa oswa anvan w voye l bay lòt moun, menm lè se yon istwa ki gaye toupatou oubyen se nan nouvèl ou te tande l, verifye si se verite. Ki jan?

Gade si w ka fè kote l soti a konfyans. Konpayi ki bay nouvèl yo ak lòt òganizasyon ka prezante yon istwa yon fason ki nan enterè yo oswa ki soutni preferans politik yo. Lè w jwenn yon nouvèl yon kote, konpare l ak sa yon lòt sous di. Pafwa, zanmi nou ka gaye fo enfòmasyon pa mwayen imel oswa sa yo poste sou rezo sosyal yo san yo pa rann yo kont. Kidonk, pa kouri kwè nan yon nouvèl toutotan w pa verifye kote l soti.

Verifye si sa l di a se yon bagay ki te fèt nan moman an vre e ki egzak. Chèche dat, bagay ou ka verifye ak bonjan prèv ki kore sa y ap di yo. Se pou w pi veyatif si yo fè yon enfòmasyon ki konplike parèt twò senp oswa si yo ranje rapò a pou pwovoke yon reyaksyon lakay moun yo.

Trezò espirityèl

w03-F 15/5 22 § 5-6

Annou rete djanm, epi annou genyen kous pou lavi a

Lefètke nou fè pati òganizasyon vrè adoratè yo ki sou tout tè a, sa ka ede nou rete djanm toutbon. Se pa ti benediksyon sa ye lefètke nou fè pati yon fanmi frè ak sè ki gen lanmou ki toupatou sou tè a (1 Pyè 2:17)! Epi, nou ka ede kwayan parèy nou yo rete djanm.

Ann konsidere bèl aksyon, Jòb, yon mesye ki te jis te fè. Menm Elifaz, fo konsolatè a te oblije admèt: “Nenpòt moun ki ta bite, pawòl ou t ap leve l, epi w t ap bay moun jenou yo ap tranble yo fòs.” (Jòb 4:4). Ki jan nou ye nan domèn sa a? Nou chak gen responsablite pou nou ede frè ak sè nou yo nan òganizasyon an pou yo andire nan sèvis Bondye a. Nan fason nou boule avèk yo, nou ka aji ann amoni ak pawòl ki annapre yo: “Se pou nou bay men moun ki fèb yo fòs, Se pou nou fè jenou moun k ap tranble yo vin djanm.” (Ezayi 35:3). Donk, poukisa w pa fikse objektif pou w fòtifye epi ankouraje youn oswa de kretyen parèy ou chak fwa w rankontre avèk yo (Ebre 10:​24, 25)? Lè n felisite yo ak tout kè n epi n demontre rekonesans pou efò yo kontinye fè pou yo fè Jewova plezi, sa ka ede yo rete djanm nan objektif pou yo genyen kous pou lavi a.

16-22 OKTÒB

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JÒB 6-7

“Lè n santi n pa kapab ankò”

w06 1/4 19 § 10

Pwen enteresan ki nan liv Jòb la

7:1; 14:14 —  Ki sa mo “kòve” a vle di? Detrès Jòb la te tèlman di, sa fè li te konsidere lavi tankou yon kòve ki di, ki rèd anpil (Jòb 10:​17, nòt anba paj). Piske tan yon moun gen pou l pase nan Cheyòl, soti lè l mouri rive lè l resisite, se yon peryòd obligatwa, Jòb te konpare tan sa a ak yon kòve.

w20.12 16 § 1

“Jewova [...] sove moun ki dekouraje yo”

PAFWA, nou gendwa ap reflechi ak jan lavi a kout e jan jou n ap viv yo “chaje ak pwoblèm”. (Jòb 14:1.) Donk, nou konprann gendelè sa fè n santi nou dekouraje. Gen anpil sèvitè Jewova nan tan lontan ki te konn santi yo konsa. Genyen ki te menm vle mouri (1 Wa 19:​2-4; Jòb 3:​1-3, 11; 7:​15, 16). Men, pandan plizyè fwa, Jewova, Dye yo te met konfyans yo nan li a, te konsole yo e l te ba yo fòs. Yo te met istwa moun sa yo nan Bib la pou konsole nou e pou n ka aprann nan yo. —  Wom. 15:4.

g-F 1/12 16-17

Lè w santi w pa anvi viv ankò

Menmsi sitiyasyon w ka sanble sanzespwa, sonje, ou pa poukò w epi malerezman, jodi a, prèske tout moun ap fè fas ak yon pwoblèm kèlkonk. Bib la fè konnen: “Tout kreyasyon an kontinye ap plenn ansanm e yo kontinye ap soufri ansanm jiska prezan.” (Women 8:22). Byenke pwoblèm ou an ka sanble pa gen solisyon pandan yon tan, souvan bagay yo konn amelyore avèk letan. Antretan, ki sa k ka ede?

Pataje santiman w ak yon zanmi ki gen matirite e w fè konfyans. Bib la di: “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” (Pwovèb 17:17). Jòb, yon mesye ki te jis, yo pale de li nan Bib la, te ouvri kè l bay lòt moun nan peryòd tètchaje l yo. Lè l te di “mwen rayi lavi m” pou l te pale de santiman l yo, men sa l te ajoute: “Mwen pral pale sa k fè m mal. Mwen pral pale paske m nan gwo soufrans!” (Jòb 10:1). Lè w vide kè w bay lòt moun, sa ka diminye pwa emosyon w yo, e sa ka ede w wè pwoblèm w ap rankontre yo yon fason ki pozitif.

Vide kè w bay Bondye nan lapriyè. Gen kèk moun ki panse lapriyè se jis yon terapi mantal, men Bib la di lekontrè. Sòm 65:2 fè konnen Jewova se Sila a “ki tande lapriyè”, epi 1 Pyè 5:7 di: “li gen sousi pou nou”. Plizyè fwa, Bib la mete aksan sou enpòtans pou n konte sou Bondye. Pa egzanp:

“Fè Jewova konfyans ak tout kè w, e pinga w konte sou entèlijans ou. Sonje l nan tout sa w ap fè, e l ap fè tout bagay mache byen nan lavi w.” —  PWOVÈB 3:​5, 6.

“Li bay moun ki gen lakrentif pou li yo sa yo vle, li tande lè y ap rele l pou yo mande l èd e li sove yo.” —  SÒM 145:19.

“Men asirans nou gen nan Bondye: kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande nou.” —  1 JAN 5:14.

“Jewova lwen moun ki mechan yo, men, li koute priyè moun ki dwat yo.” —  PWOVÈB 15:29.

Si w fè Bondye konnen pwoblèm w ap andire, l ap ede w. Se avèk rezon Bib la ankouraje w ‘pou w toujou met konfyans ou nan li, [...] Ouvri kè w ba li.’ —  SÒM 62:8.

Trezò espirityèl

w20.04 16 § 10

Koute yo, aprann konnen yo e montre konpasyon pou yo

10 Nou ka imite Jewova lè nou chèche konprann youn lòt. Chèche konn frè w ak sè w yo pi byen. Pale avèk yo anvan ak apre reyinyon yo, preche avèk yo e si sa posib, envite yo manje avè w. Lè w fè sa, w ap ka vin wè yon sè ki te parèt gen move jan se timid li timid, yon frè ou te panse ki materyalis se akeyi l renmen akeyi moun oswa yon fanmi ki vin nan reyinyon anreta souvan se opozisyon l ap rankontre (Jòb 6:29). Nòmalman, nou pa dwe “mele nan zafè moun”. (1 Tim. 5:13.) Men, li bon pou nou konn kèk bagay sou frè n ak sè n yo e sou sa yo te pase nan lavi yo. Konsa, n ap ka konprann yo pi byen.

23-29 OKTÒB

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JÒB 8-10

“Lanmou fidèl Bondye pwoteje nou kont manti Satan yo”

w15 1/7 12 § 3

Èske nou ka fè Bondye plezi vre?

Jòb te sibi yon seri difikilte ki te sanble enjis. Li te gen move lide lè l te panse kit li kontinye gen lafwa nan Bondye kit li pa gen lafwa nan li, Bondye pa bay sa valè (Jòb 9:​20-22). Jòb tèlman te kwè nan pwòp jistis li, sa te bay lòt moun enpresyon li pran tèt li pou yon moun ki pi jis pase Bondye. —  Jòb 32:​1, 2; 35:​1, 2.

w21.11 6 § 14

Ki sa lanmou fidèl Jewova genyen an vle di pou ou?

14 Lanmou fidèl Bondye genyen an pwoteje relasyon nou gen avè l la. Men sa David te di Jewova nan yon priyè: “Ou se yon kachèt pou mwen, w ap pwoteje m lè bagay yo difisil pou mwen. W ap antoure m ak rèl lakontantman akoz delivrans ou bay. [...] Yon moun ki mete konfyans li nan Jewova ap benefisye lanmou fidèl Li genyen an.” (Sòm 32:​7, 10). Menm jan miray ki te antoure yon vil nan tan lontan te pwoteje moun ki te abite nan vil la, se konsa tou, lanmou fidèl Jewova antoure nou, li pwoteje nou kont danje ki ta ka fè n pa fidèl avè l. Anplis de sa, lanmou fidèl Jewova genyen an fè l rale n vin jwenn li. —  Jer. 31:3.

Trezò espirityèl

w10 15/10 6-7 § 19-20

“Kiyès ki rive konnen sa k nan panse Jewova?”

19 Ki sa nou sot aprann sou “panse Jewova”? Nou dwe kite Pawòl Bondye a ede nou konprann panse Jewova kòrèkteman. Nou pa dwe janm panse Jewova gen limit menm jan avèk nou, nitou nou pa dwe janm jije l selon nou menm, selon fason nou panse. Jòb te di: “Bondye pa yon moun tankou m. M pa ka diskite avè l. Nou pa ka al lajistis.” (Jòb 9:32). Menm jan ak Jòb, lè nou kòmanse konprann fason Jewova panse, n ap anvi di: “Sa se yon ti kal nan tou sa li fè. Se sa ase ki resi rive nan zòrèy nou! Men, ki moun ki ka konnen tou sa Bondye fè?” (Jòb 26:14).

20 Lè n ap li Labib, ki sa nou dwe fè si gen yon pasaj ki difisil pou nou konprann, sitou si l gen rapò ak fason Jewova panse? Si nou pa jwenn yon repons ki klè apre nou fin fè rechèch sou kesyon an, nou ka konsidere sa kòm yon tès pou nou wè si nou gen lafwa nan Jewova. Sonje sa, pafwa gen kèk bagay Bib la di ki ban nou posiblite pou nou demontre lafwa nou genyen nan kalite Jewova yo. Avèk imilite, annou rekonèt nou pa konprann tout bagay li fè (Ekl. 11:5). Konsa, l ap fasil pou n aksepte pawòl apot Pòl te di yo: “Ala anpil richès ak sajès ak konesans Bondye genyen yo anpil! Ala sa enposib pou moun dekouvri jijman l yo e pou yo rive jwenn tras chemen l yo! Paske, ‘kiyès ki rive konnen sa k nan lespri Jewova, oubyen ki moun ki sèvi l konseye?’ Oswa, ‘ki moun ki ba li yon bagay an premye, pou l oblije ap remèt li sa’? Paske, tout bagay soti nan li, yo egziste grasa li e yo la pou li. Glwa pou li pou toutan. Amèn.” —  Wom. 11:​33-36.

30 OKTÒB–5 NOVANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JÒB 11-12

“Twa fason pou n jwenn sajès e pou n jwenn byenfè ladan l”

w09 15/4 6 § 17

Jòb te onore non Jewova

17 Ki sa ki te ede Jòb kenbe entegrite l? Se sèten li te deja gen yon relasyon sere sere ak Jewova anvan kalamite yo te frape l. Byenke pa gen anyen ki montre li te konnen kesyon Satan te soulve devan Jewova a, li te detèmine pou l kenbe fidelite l. Men sa li te di: “Jiskaske souf mwen koupe, mwen pap lage entegrite m!” (Jòb 27:​5, NW). Ki sa k te pèmèt Jòb rive gen yon relasyon sere sere konsa ak Jewova? Pa gen dout nan sa, sa li te tande konsènan fason Jewova te boule ak Abraram, ak Izarak e ak Jakòb, ki te fanmi l, te gen anpil valè nan je l. Ansuit, sa li te obsève nan kreyasyon an te kapab ede l wè anpil nan kalite Jewova yo. —  Li Jòb 12:​7-9, 13, 16.

w21.06 10 § 10-12

Depi Jewova avè w, ou pa janm poukò w

10 Chèche fè zanmi ak kretyen ki fidèl. Chèche fè zanmi ak moun nan kongregasyon an ou ka aprann nan men yo, menm moun ki pa menm laj avè w oswa ki pa t leve menm jan avè w. Labib fè nou sonje se “moun ki granmoun” ki gen sajès (Jòb 12:12). Moun ki pi gran yo ka aprann anpil bagay tou nan men moun ki pi jèn ki fidèl yo. David te pi jèn lontan pase Jonatan, men, sa pa t anpeche yo vin bon zanmi (1 Sam. 18:1). David ak Jonatan te ede youn lòt pou yo sèvi Jewova, malgre yo te jwenn gwo difikilte (1 Sam. 23:​16-18). Men sa Irina, yon sè k ap sèvi Jewova poukont li nan fanmi l, di: “Frè n ak sè n yo ka vrèman vin tankou paran nou oswa tankou pwòp pitit manman n ak papa n.” Apre sa l di: “Jewova ka sèvi ak yo pou yo vin fanmi nou bezwen an.”

11 Li ka pa fasil pou w vin gen nouvo zanmi, sitou si w timid. Men sa Ratna, yon sè ki timid ki te aprann laverite malgre l te jwenn opozisyon, fè konnen: “Mwen te oblije admèt mwen bezwen èd frè m ak sè m yo nan kongregasyon an.” Li ka difisil pou w fè yon lòt moun konnen sa w santi, men, lè w fè sa, ou kapab vin bon zanmi moun nan. Zanmi w yo ta renmen ankouraje w epi ede w, men, yo bezwen w fè yo konnen ki jan yo ka fè sa.

12 Youn nan pi bon fason pou w vin gen zanmi, se lè w patisipe nan travay predikasyon an ansanm ak frè ak sè yo. Men sa Carol, nou te pale de li pi wo a, di: “Mwen te vin gen anpil bon zanmi lè m te pase tan ansanm ak sè yo nan travay predikasyon an ak nan lòt aktivite nan sèvis Jewova a. Tank ane ap pase, Jewova sèvi ak zanmi sa yo pou l ede m.” Lè nou chèche fè zanmi ak kretyen ki fidèl, sa toujou bon pou nou. Jewova sèvi ak zanmi sa yo pou ede nou lè nou dekouraje, pa egzanp, lè nou santi n poukò n.  —  Pwo. 17:17.

it-2-F 851 § 7

Sajès

Sajès ki soti nan Bondye a. Sajès ki nan pi wo nivo a soti nan Jewova Dye, li menm “sèl ki saj” nan tout sans (Wm 16:27; Re 7:12). Konesans mache ak sa ki reyèl, e kòm Jewova se Kreyatè a, li la “depi toutan e pou toutan” (Sm 90:​1, 2), li konnen tout sa moun ka konnen sou linivè a, fason linivè a fèt ak sa ki ladan l, istwa l pou rive jis jodi a. Se Jewova ki fè tout lwa fizik yo, fenomèn k ap fè alevini yo, prensip lèzòm baze sou yo pou yo fè rechèch ak envansyon yo, san prensip sa yo, yo pa t ap ka fè anyen e pa gen anyen ki t ap stab pou yo konstwi sou yo (Jòb 38:​34-38; Sm 104:24; Pw 3:19; Jr 10:​12, 13). Lojikman, prensip moral li yo pi itil toujou pou nou ka stab nan lavi a, pou n gen bon jijman e pou n reyisi. (Dt 32:​4-6; gade JÉHOVAH [Un Dieu qui a des normes morales].) Pa gen anyen Jewova pa ka konprann (Eza 40:​13, 14). Se vre, li ka pèmèt moun fè yon seri bagay ki kontrè ak prensip li yo ki jis e yo ka menm dire pandan yon tan, men, se li ki gen tout kontwòl sou lavni e l ap fè tout bagay fèt selon volonte l, e tout sa l di l ap fè, “wè pa wè, l ap fè [l]”. —  Eza 55:​8-11; 46:​9-11.

Trezò espirityèl

w08 1/10 9 § 5

Fason pou nou kominike ak adolesan yo

▪ ‘Èske mwen konprann mesaj ki kache dèyè sa pitit mwen an di yo?’ Men sa Jòb 12:​11, (NW) di: “Èske zòrèy pa fèt pou egzamine mo menm jan bouch fèt pou pran gou manje.” Kounye a, plis pase nenpòt lòt lè, ou bezwen “egzamine” sa pitit ou ap di yo. Souvan, adolesan yo pale yon fason kategorik. Pa egzanp, pitit gason w oswa pitit fi w ka di w: “Ou toujou ap trete m tankou yon timoun piti!” Oubyen li ka di: “Ou pa janm koute m!” Olye w fè diskisyon pou w pwouve l li egzajere lè l di ou toujou sesi oubyen lè l di ou pa janm sela, ou bezwen rekonèt petèt sa l di w la se pa sa egzakteman li te vle di. Pa egzanp, lè l di “ou toujou ap trete m tankou yon timoun piti”, li kapab vle di “mwen santi ou pa fè m konfyans”. Lè l di “ou pa janm koute m”, li kapab vle di “mwen vle di w kòman m santi m toutbon”. Donk, se pou w eseye konprann mesaj ki kache dèyè sa pitit ou a di yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje