Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
© 2024 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
3-9 MAS
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PWOVÈB 3
Montre w fè Jewova konfyans
Pwovèb 3:5, 6 — “Pa gade sou sa ou konnen”
“Fè Jewova konfyans ak tout kè w.” Nou montre nou fè Bondye konfyans lè nou aji selon jan li menm li vle pou n aji. Nou dwe fè Bondye konfyans ak tout kè n. An jeneral, lè yo itilize mo kè a nan Bib la, li gen rapò ak moun nou ye pa anndan an sa ki gen ladan l santiman nou, mobil nou, panse nou ak atitid nou. Donk, lè n fè Bondye konfyans ak tout kè n, se pa yon senp santiman. Se yon chwa nou fè paske n gen konviksyon Kreyatè nou an konnen sa k pi bon pou nou. — Women 12:1.
“Pinga w konte sou entèlijans ou.” Li nesesè pou n fè Bondye konfyans paske antanke moun enpafè, nou pa ka konte sou fason nou menm nou konprann bagay yo. Si n konte sèlman sou tèt nou oswa si n kite santiman nou dirije n, nou ka pran yon desizyon ki sanble bon okòmansman men ki alafen pote move rezilta (Pwovèb 14:12; Jeremi 17:9). Fason Bondye wè bagay yo pi bon lontan pase fason nou wè yo (Ezayi 55:8, 9). Lè n kite panse Bondye gide n, n ap reyisi nan lavi a. — Sòm 1:1-3; Pwovèb 2:6-9; 16:20.
Pwovèb 3:5, 6 — “Pa gade sou sa ou konnen”
“Sonje l nan tout sa w ap fè.” Nou dwe chèche konnen panse Bondye sou chak aspè enpòtan nan lavi n e sou chak desizyon enpòtan nou pran. Nou fè sa lè n mande l direksyon pa mwayen lapriyè epi lè n aplike sa l di nan Pawòl li a, Labib. — Sòm 25:4; 2 Timote 3:16, 17.
“L ap fè tout bagay mache byen nan lavi w.” Bondye fè chemen nou yo vin dwat lè l ede n viv ann amoni ak prensip li yo ki jis (Pwovèb 11:5). Konsa, nou evite anpil pwoblèm e n jwenn plis kè kontan nan lavi a. — Sòm 19:7, 8; Ezayi 48:17, 18.
Kontinye fè pwogrè
Yon moun ki abitye fè fas ak yon pakèt sitiyasyon nan lavi a ka anvi rezone konsa: ‘Mwen rankontre sitiyasyon sa a deja. Mwen konnen sa pou m fè.’ Èske li saj pou l rezone konsa? Pwovèb 3:7 ban nou yon avètisman lè l di: “Pa vin saj nan pwòp je pa w.” Pa gen dout nan sa, eksperyans nou genyen ta dwe ede nou wè pi klè konsènan aspè nou bezwen egzamine lè n ap fè fas ak yon sitiyasyon ki prezante. Men, si n ap fè pwogrè nan domèn espirityèl, eksperyans nou genyen ta dwe enfliyanse ni lespri nou, ni kè nou pou fè nou toujou sonje nou bezwen benediksyon Jewova pou nou reyisi. Lè n ap fè fas ak yon sitiyasyon ki prezante, se pa lè nou mete konfyans nan tèt nou pwogrè nou parèt aklè, men pito, se lè nou pran abitid chèche direksyon Jewova nan lavi nou. Nou montre n ap fè pwogrè lè nou kwè anyen pap ka rive si Jewova pa pèmèt sa e lè nou toujou gen konfyans nan Jewova, Papa nou ki nan syèl la, e nou kenbe yon relasyon sere sere avè l.
Trezò espirityèl
w06 15/9 17 § 7
Pwen enteresan nou jwenn nan liv Pwovèb la
3:3. Nou dwe bay lanmou ki fidèl ak verite anpil valè, e yo dwe parèt byen klè lakay nou tankou yon chèn ki gen anpil valè ki nan kou nou. Epitou, nou dwe ekri kalite sa yo sou kè nou, sa vle di yo dwe fè pati pèsonalite nou.
10-16 MAS
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PWOVÈB 4
“Pwoteje kè w”
Ki jan nou ka pwoteje kè nou?
4 Yo itilize mo kè ki nan Pwovèb 4:23 a pou pale de ‘moun nou ye nan fon kè nou’ oswa ‘pati nan nou ki kache a’. (Li Sòm 51:6 ak nòt la.) Nan yon sans, “kè” gen rapò ak panse, santiman oswa dezi ki anndan nou. Li se moun nou ye pa anndan an toutbon, li pa sèlman moun nou parèt ye a.
Ki jan nou ka pwoteje kè nou?
10 Si nou vle reyisi pwoteje kè nou, nou dwe kapab idantifye danje yo epi aji byen vit pou n pwoteje tèt nou. Mo lè yo tradui l yo mete “pwoteje” pou li nan Pwovèb 4:23 a fè nou sonje travay moun k ap fè pòs yo te konn fè. Nan epòk wa Salomon an, moun k ap fè pòs yo te konn kanpe sou miray yon vil pou yo veye e yo te konn sonnen kòn lè yo wè danje. Lè nou gen sa nan lespri nou, sa ede nou konprann sa n dwe fè pou anpeche Satan kòwonp panse nou.
11 Nan tan lontan, moun k ap fè pòs yo te konn travay ann amoni ak moun ki te konn veye pòtay vil la (2 Sam. 18:24-26). Yo toude te konn travay ansanm pou pwoteje vil la lè yo asire yo pòt yo fèmen depi ènmi yo ap pwoche toupre (Ney. 7:1-3). Konsyans nou ki fòme grasa Labib ka aji tankou yon moun k ap fè pòs, li ka avèti nou lè Satan ap eseye anvayi kè nou, sa vle di lè l ap eseye enfliyanse panse nou, santiman nou, mobil nou ak dezi nou. Depi konsyans nou ban nou siyal, nou bezwen koute l, e nan yon sans nou bezwen fèmen pòtay yo lè nou fè tout sa n kapab pou evite danje a.
Ki jan nou ka pwoteje kè nou?
14 Pou nou pwoteje kè nou nou pa dwe annik anpeche move bagay antre ladan l, nou dwe kite bon bagay antre ladan l tou. Ann fè yon ti tounen sou egzanp vil ki gen miray toutotou l la. Moun k ap veye pòtay vil la gendwa fèmen pòtay vil la pou anpeche ènmi yo rantre nan vil la, men nan lòt sikonstans, li gendwa ouvri pòtay la pou pèmèt manje ak lòt bagay antre nan vil la. Si pòtay yo pa t janm ouvri, moun anndan vil la te ka mouri grangou. Se konsa tou, nou bezwen ouvri kè nou regilyèman pou panse Bondye ka rantre ladan l.
“Pwoteje kè nou!”
Poukisa li enpòtan pou n pwoteje kè senbolik nou an? Bondye te enspire wa Salomon pou l ekri pawòl ki vin annapre yo: “Plis pase tout lòt bagay ou dwe pwoteje, pwoteje kè w, paske se nan li sous lavi a ye.” (Pwovèb 4:23). Kalite lavi n ap mennen kounye a ak esperans nou genyen pou lavi k ap vini an depann nan ki kondisyon kè senbolik nou an ye. Poukisa? Paske Bondye wè sa ki nan kè nou (1 Samyèl 16:7). Se moun nou ye pa anndan nou an, “moun nou ye nan fon kè nou an”, ki detèmine ki jan Bondye konsidere nou. — 1 Pyè 3:4.
Trezò espirityèl
Èske w dispoze tann Jewova?
4 Pwovèb 4:18 fè nou konnen “chemen moun ki dwat yo tankou klète douvanjou ki kontinye ap vin pi klere jiskaske l fin jou nèt”. Pawòl sa yo byen montre fason Jewova ede sèvitè l yo konprann objektif li: li fè sa tikras pa tikras. Sepandan, vèsè sa a ka ede nou tou pou n pi byen konprann fason yon kretyen fè chanjman nan lavi l pou l vin pwòch ak Jewova. Sa mande tan pou yon moun vin pwòch ak Bondye. Si nou byen etidye Pawòl Bondye a e nou aplike konsèy nou jwenn ladan l yo ak konsèy òganizasyon l lan ban nou, tikras pa tikras, n ap vin gen yon seri kalite Kris te genyen. Epitou, n ap vin konn Bondye pi byen. Ann wè yon egzanp Jezi te pran pou l montre sa.
17-23 MAS
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PWOVÈB 5
Rete lwen imoralite seksyèl
w00 15/7 29 § 1
Nou kapab rete pwòp nan yon monn ki imoral
Nan pwovèb sa a, yo dekri moun ki deregle a tankou yon “fi ki dwòl”, sa vle di yon pwostitye. Mo li itilize pou l sedui moun l ap chèche pran nan pyèj la dous tankou siwo myèl e yo pi swa pase luil. Èske se pa mo konsa moun konn itilize pifò fwa lè y ap mande moun pou fè sèks avèk yo? Pa egzanp, gad ki sa k te rive Amy, yon bèl dam ki te gen 27 an ki t ap travay kòm sekretè. Men sa l di: “Mesye sa a nan travay la te ban m anpil atansyon e l te konn fè lwanj pou mwen chak fwa l te gen posiblite fè sa. Ou santi w byen lè lòt moun enterese avè w. Men, mwen te wè byen klè se sèks li te bezwen fè avè m. Mwen pap pran nan avans l ap fè m yo.” Byen souvan, pawòl moun k ap sedui moun parèt bèl toutotan w pa rive wè entansyon moun nan. Se sa k fè, nou bezwen fè efò pou n kontinye byen sèvi ak kapasite nou genyen pou n reflechi a.
w00 15/7 29 § 2
Ou ka rete pwòp nan yon monn ki imoral
Konsekans imoralite anmè tankou fyèl e yo file tankou epe ki file de bò ki lakòz soufrans ak lanmò. Byen souvan, konsekans anmè konduit sa yo bay kapab yon konsyans ki twouble, vin ansent san w pa t vle, oswa yon maladi moun pran nan fè sèks. Epitou, fè yon ti reflechi ak tout lapenn konjwen moun ki pa fidèl yo genyen. Yon sèl zak enfidelite ka lakòz yon moun ap soufri pandan tout rès vi l. Wi, imoralite fè moun soufri.
w00 15/7 29 § 5
Ou ka rete pwòp nan yon monn ki imoral
Nou bezwen rete pi lwen posib moun ki ka gen enfliyans imoral sou nou. Poukisa pou n ta ouvri pòt ba yo lè n koute mizik ki sal, lè n gade divètisman ki ka sal lespri nou, oswa lè n gade pònografi (Pwovèb 6:27; 1 Korentyen 15:33; Efezyen 5:3-5)? Ala n t ap montre nou sòt si n ta vin ap flète avèk yo, imite stil yo fè nan cheve yo oswa abiye yon fason ki pa kòrèk! — 1 Timote 4:8; 1 Pyè 3:3, 4.
Trezò espirityèl
w00 15/7 29 § 7
Ou ka rete pwòp nan yon monn ki imoral
Sepandan, Salomon te montre gwo konsekans sa genyen lè moun lage kò yo nan imoralite. Lè yon moun fè adiltè, li pèdi diyite l oswa respè tèt li. Èske sa pa vrèman degradan pou n vin tankou yon bagay nou itilize pou n satisfè dezi imoral nou, oswa pou lòt moun satisfè dezi imoral yo? Èske sa pa montre nou pa gen respè pou tèt nou lè n fè sèks ak yon moun ki pa konjwen nou?
24-30 MAS
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PWOVÈB 6
Ki sa foumi yo ka aprann nou?
it-1 927 § 3-928 § 1
Foumi
‘Sajès yo fèt avè l la.’ Se pa paske foumi yo entèlijan ki fè yo genyen ‘sajès’ yo genyen an, men, se yon sajès Kreyatè yo a fè yo avè l. Anpalan de foumi yo, Bib la di yo “sere manje nan sezon chalè, e nan sezon rekòt, yo rasanble manje y ap bezwen”. (Pw 6:8.) Youn nan kalite foumi moun plis konnen nan peyi Palestin, foumi ki konn fè rekòt oswa jaden an (Messor semirufus), sere yon gwo kantite manje angren nan sezon otòn ak sezon ete pou yo ka itilize pandan lòt sezon yo, menm ann ivè, lè l vin difisil pou yo jwenn manje. Souvan, yo jwenn foumi bò kote yo bat manje angren, kote ki gen anpil semans ak manje angren. Si lapli ta lakòz manje yo sere yo pran imidite, foumi ki konn fè rekòt la met manje angren yo deyò pou solèy ka seche yo. Foumi sa yo konn menm pike jèm manje angren yo pou yo pa jèmen kote yo konsève yo a. Li fasil pou w rekonèt koloni foumi ki konn fè rekòt yo grasa tras yo kite nan wout yo pase yo ak pil manje angren yo kite nan antre twou yo.
Sa nou ka aprann nan men foumi yo. Sepandan, lè nou fè yon ti rechèch sou lavi foumi yo, sa ede n wè tout fòs pawòl ki apre yo genyen: “Al kot foumi yo, ou menm, parese. Gad ki jan yo travay pou w ka vin gen sajès.” (Pw 6:6). Se pa sèlman preparasyon yo fè pou lavni ki enpresyone nou, men pèseverans yo ak detèminasyon yo enpresyone nou tou, e byen souvan yo pote oswa trennen chay ki de fwa pi lou pase yo oswa plis toujou, yo fè tout sa ki nan posiblite yo pou yo fè travay yo, epi yo refize bay vag menmsi yo tonbe, yo glise, oswa yo tonbe nan twou. Yo vrèman konn kolabore, yo kenbe nich yo pwòp e yo gen sousi pou konpayon travay yo, e pafwa, yo konn ede foumi ki blese oswa ki fatige retounen nan nich la.
w00 15/9 26 § 3-4
Pwoteje repitasyon w
Èske nou pa ta dwe renmen travay menm jan ak foumi? Lè nou travay di e nou fè efò pou n vin pi maton nan travay nou, sa bon pou nou kit gen moun k ap gade nou, kit pa gen moun k ap gade nou. Wi, nan lekòl nou, nan travay nou, ak lè n ap patisipe nan aktivite nou antanke kretyen, nou dwe bay sa nou genyen ki pi bon an. Menm jan foumi jwenn byenfè paske yo renmen travay, se konsa tou Bondye vle nou ‘gen kè kontan pou tout travay di nou fè’. (Eklezyas 3:13, 22; 5:18.) Yon konsyans ki klè ak bonjan satisfaksyon se rekonpans moun ki travay di yo jwenn. — Eklezyas 5:12.
Salomon sèvi ak de kesyon ki fè moun reflechi pou l eseye fè moun ki parese a sispann fè parès: “Ou menm parese, pandan konbyen tan w ap ret kouche la a? Ki lè w ap leve nan dòmi?” Pou wa a chare parese a, li ajoute: “Lè w ret ap fè yon ti dòmi, ou ret ap fè yon ti kabicha, ou kwaze bra w pou w pran yon ti repo, enben, lamizè ap vin sou ou tankou yon bandi. W ap vin tèlman nan nesesite, se kòmsi se yon moun ak zam ki vin atake w.” (Pwovèb 6:9-11). Pandan parese a ap dodomeya kò l, lamizè rive sou li tankou yon bandi, e nesesite atake l tankou yon moun ak zam. Jaden moun ki parese a chaje ak move zèb ak raje (Pwovèb 24:30, 31). Biznis li fè defisi byen vit. Pandan konbyen tan yon patwon ap tolere yon parese? Epitou, èske yon elèv ki twò parese pou l etidye ka atann pou l reyisi lekòl?
Trezò espirityèl
w00 15/9 27 § 3
Pwoteje repitasyon w
Sèt kalite peche liv Pwovèb la site yo anglobe prèske tout move bagay moun fè. “Je moun ki gen ògèy” ak “kè moun k ap fè konplo pou fè sa ki mal” se peche ki sot nan panse nou. “Lang moun k ap bay manti” ak “yon fo temwen k ap bay manti san pran souf” se peche nou fè nan pawòl nou. “Men moun k ap fè san inosan koule” ak “pye moun k ap prese al fè mechanste” se peche nou fè nan aksyon nou. Youn nan bagay Jewova plis rayi se moun ki pran plezi nan simen divizyon nan mitan moun ki t ap viv ansanm nan lapè. Lefètke lis la soti nan sis pou l rive nan sèt kalite peche, sa montre lis la pa konplè, paske lèzòm kontinye ap miltipliye move bagay y ap fè yo.
31 MAS–6 AVRIL
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PWOVÈB 7
Evite sitiyasyon ki ka fè w tonbe nan tantasyon
w00 15/11 29 § 5
“Obeyi kòmandman m yo, e w ap viv lontan”
Salomon t ap gade nan yon fenèt ki te gen fant ladan l e sanble fenèt la te fèt an bwa e l te gen desen taye sou li. Nan aswè, anvan l fin fè nwa, li te wè yon jèn gason ki nayif nan lari a. Jèn gason an pa t gen bon jijman oswa bonsans, li te manke kè. Sanble l te konnen nan ki kalite zòn li t ap mache e ki sa k te ka rive l nan zòn sa a. Jèn gason an pase nan wout ki toupre “kafou kote fi a rete a”, wout ki mennen lakay fi a. Ki fi sa a? Ki entansyon l?
w00 15/11 30 § 4-6
“Obeyi kòmandman m yo, e w ap viv lontan”
Bouch fi sa a dous. Li fè figi l byen di e li pale avèk konviksyon. Li byen chwazi chak mo l ap di pou l sedui jennòm nan. Lè l di li sot fè sakrifis kominyon menm jou sa a e l respekte ve l te fè yo, li te pran pòz li se yon moun ki dwat e li gen bon relasyon ak Bondye. Nan sakrifis kominyon yo te konn fè nan tanp Jerizalèm nan, te konn gen vyann, farin, luil ak diven (Levitik 19:5, 6; 22:21; Nonb 15:8-10). Piske moun ki te ofri sakrifis kominyon an te konn ofri l pou li menm ak fanmi l, fi a te vle fè konnen gen anpil manje ak bwason lakay li. Sa l te vle di a te klè: Jennòm nan t apral pase yon bon moman lakay fi a. Li te soti lakay li espesyalman pou l vin chèche jennòm nan. Waw! Kiyès ki t ap kwè pawòl sa yo? Men sa yon biblis te di: “Se vre, fi a te soti al chèche yon moun, men, èske se jennòm sa a menm li t al chèche? Sèl yon moun sòt, petèt tankou jennòm sa a, ki t ap kwè fi sa a.”
Apre li fin atire jennòm nan ak sa l ka wè, sa vle di bèl rad ki sou li, ak sa l ka tande, sa vle di pawòl l ap di pou l flate l, ak akolad li ba li, ak ti bo li fè pou li, dam nan kòmanse jwe sou kapasite jennòm nan genyen pou l pran sant lè l pale de bon odè kay li genyen. Men sa li di: “Mwen ranje kabann mwen ak bèl dra, ak twal len tout koulè ki sot nan peyi Ejip. Mwen met pafen ki fèt ak lami, lalwa ak kanèl sou li.” (Pwovèb 7:16, 17). Li ranje kabann li byen bèl ak twal len tout koulè ki sot nan peyi Ejip, e li met pafen ki gen sant lami, lalwa ak kanèl sou li.
Dam nan kontinye di l: “Vini non, ann fè lanmou jis li jou. Ann pran plezi nou nan fè lanmou.” Se pa t jis yon envitasyon pou l vin manje avè l. Li te ofri l pou l fè sèks avè l. Pou jèn gason sa a, envitasyon sa a te yon nouvo eksperyans ki te atire l! Pou dam nan fin sedui l nèt, men sa l di l: “Paske, mari m pa lakay la, li vwayaje al byen lwen. Li pati ak yon sak lajan, e l ap retounen jis lè lalin nan plenn.” (Pwovèb 7:18-20). Dam nan te ba l asirans yo pap gen okenn pwoblèm, paske mari l al nan yon vwayaj biznis e l ap fè yon bon tan deyò. Se pa ti maton fi a maton nan pran tèt jèn gason! “Fi a twonpe l paske l fò anpil nan pran tèt moun. Li sedui l ak bèl ti pawòl dous.” (Pwovèb 7:21). Se yon gason tankou Jozèf sèlman ki te ka pa pran nan kou sa a (Jenèz 39:9, 12). Èske jennòm sa a ap chape?
w00 15/11 31 § 2
“Obeyi kòmandman m yo, e w ap viv lontan”
Se yon envitasyon jennòm nan pa t ka refize. Li pèdi tout bonsans li, epi li mache dèyè dam nan ‘tankou yon towo bèf y ap mennen labatwa’. Menm jan yon moun ki nan chenn pa ka chape anba pinisyon y ap ba li a, se konsa jèn gason an te tonbe nan peche. Li pa t wè danje a jiskaske “yon flèch fann fwa l”, sa vle di li vin gen yon blese ki ka lakòz lanmò l. Li ka mouri toutbon paske li mete tèt li nan yon sitiyasyon kote li ka pran yon maladi moun pran nan fè sèks. Blese sa a ka lakòz li pèdi relasyon l ak Jewova, “sa [k] ap lakòz li pèdi lavi l”. Sitiyasyon sa a gen gwo efè sou tout li menm, sou tout lavi l, e li peche grav kont Bondye. Li kouri antre anba grif lanmò tankou yon zwazo ki pran nan pèlen!
Trezò espirityèl
w00 15/11 29 § 1
“Obeyi kòmandman m yo, e w ap viv lontan”
Salomon kontinye pou l di: “Mare [kòmandman m] yo nan dwèt ou, ekri yo sou kè w.” (Pwovèb 7:3). Menm jan dwèt nou toujou devan je nou e yo endispansab pou n atenn objektif nou, leson nou aprann ak konesans nou gen sou Bib la grasa edikasyon nou oswa etid nou fè nan Bib la dwe toujou sèvi nou kòm rapèl epi gide nou nan tout sa n ap fè. Nou dwe ekri yo sou kè nou, sa vle di fè yo fè pati pèsonalite nou.
7-13 AVRIL
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PWOVÈB 8
Koute sajès Jezi
“Mwen renmen Papa a”
7 Nan vèsè 22 a, sajès la di: “Jewova li menm te fè m antanke kòmansman travay li, pi ansyen nan reyalizasyon l yo nan tan lontan.” Se pa sajès sèlman ki konsène la a paske yo pa t janm “fè” kalite sa a. Li pa t janm kòmanse egziste, paske Jewova te toujou egziste e li te toujou saj (Sòm 90:2). Sepandan, Pitit Gason Bondye a te “fèt an premye nan tout kreyasyon an”. Se fè yo te fè l, se kreye yo te kreye l, li te premye pami tout sa Jewova akonpli (Kolosyen 1:15). Pitit Gason an te egziste anvan tè a ak syèl la, jan liv Pwovèb la fè konn sa. E antanke Pawòl la, pwòp Pòtpawòl Bondye, li te eksprime sajès Jewova yon fason pafè. — Jan 1:1.
“Mwen renmen Papa a”
8 Ki sa Pitit Gason an t ap fè pandan tout tan li te pase anvan l te vin sou tè a? Vèsè 30 lan fè nou konnen li te bò kote Bondye antanke “yon ouvriye abil”. Ki sa sa vle di? Kolosyen 1:16 esplike: “Pa mwayen l tout lòt bagay yo te kreye ni nan syèl la ni sou tè a [...]. Se pa mwayen l tout lòt bagay yo te kreye e se pou li yo te kreye.” Donk, Jewova, Kreyatè a, te sèvi ak Pitit Gason l lan, Ouvriye abil la, pou l fè tout lòt kreyasyon yo vin egziste, soti nan kreyati espirityèl yo ki nan syèl la, pase nan kokenn inivè fizik la, tè a avèk pakèt varyete plant ak bèt k ap viv sou li yo, pou rive nan pi wo nivo kreyasyon terès la: lòm. Sou kèk rapò, nou ta ka konpare kowoperasyon sa a ki genyen ant Papa a ak Pitit Gason an avèk yon achitèk ki abil k ap travay kòtakòt ak yon kontremèt ki espesyalize nan reyalize sa achitèk la konsevwa. Lè nou enpresyone devan nenpòt aspè nan kreyasyon an, se glwa n ap bay Gran Achitèk la (Sòm 19:1). Sepandan, sa ka raple nou tou kolaborasyon ki la lontan e ki fèt ak kè kontan ant Kreyatè a avèk “ouvriye abil” li a.
9 Lè de moun ki enpafè ap travay ansanm kòtakòt, pafwa yo gen pwoblèm pou yo antann yo. Se pa t menm bagay la pou Jewova ak Pitit Gason l lan! Pitit Gason an te travay ansanm ak Papa a depi yon kantite tan moun pa ka konte, e li “t ap rejwi devan l toutan”. (Pwovèb 8:30.) Wi, li te pran plezi dèske l te ansanm avèk Papa l, e Papa a te pran plezi dèske l te ansanm avè l tou. Natirèlman, ofiramezi, Pitit Gason an te vin plis sanble ak Papa l, li te aprann imite kalite Bondye yo. Konsa, li pa etonan pou lyen ki te egziste ant Papa a ak Pitit Gason an te vin djanm konsa! Avèk rezon, nou ka pale de lyen sa a kòm lyen lanmou ki pi ansyen e ki pi pisan nan tout linivè.
Se pou nou apresye Jezi ki Gran David la e Gran Salomon an
14 Se yon sèl moun ki te gen plis sajès pase Salomon, se te Jezi Kris. Li te pale de tèt li kòm moun “ki plis pase Salomon” an (Mat. 12:42). Jezi te pale pawòl “k’ap bay lavi ki pap janm fini an”. (Jan 6:68.) Pa egzanp, Sèmon sou montay la etann aplikasyon prensip ki gen nan kèk nan pwovèb Salomon yo. Salomon te pale de yon seri bagay ki ka bay sèvitè Jewova yo kè kontan (Pwo. 3:13; 8:32, 33; 14:21; 16:20). Jezi te montre aklè yon moun ka jwenn vrè kè kontan an lè li adore Jewova e lè li wè pwomès li yo ap akonpli. Men sa li te di: “Byennere moun ki konsyan yo pòv espirityèlman, piske wayòm syèl la se pou yo.” (Mat. 5:3, NW). Moun ki suiv prensip ki nan ansèyman Jezi yo vin pi pwòch Jewova, “sous lavi a”. (Sòm 36:9; Pwo. 22:11; Mat. 5:8.) Kris reprezante “sajès Bondye”. (1 Kor. 1:24, 30, NW.) Antanke Wa e antanke Mesi a, Jezi Kris gen “lespri sajès” la sou li. — Iza. 11:2, NW.
Trezò espirityèl
g 5/14 16
Èske w tande ‘sajès k ap rele byen fò’?
▪ The World Book Encyclopedia fè konnen Bib la se “liv yo plis pibliye nan listwa. Se liv yo plis tradui e yo tradui l nan plis lang pase nenpòt lòt liv”. Kounye a, Bib la disponib nan anviwon 2 600 lang, swa ann antye oswa an pati, sa ki fè plis pase 90 pousan moun sou tè a gen aksè ak yon Bib.
▪ Epitou, sajès “kontinye rele byen fò” nan sans literal. Men sa nou li nan Matye 24:14: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen [monn sa a] ap vini.”
14-20 AVRIL
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PWOVÈB 9
Se pou w yon moun ki gen sajès, pa yon moun k ap pase moun nan rizib
“Koute pawòl moun ki gen sajès”
4 An reyalite, nou ka twouve l difisil anpil pou n aksepte konsèy ki dirèk. Nou ka menm fache. Sa k fè sa? Byenke nou pa gen pwoblèm pou n admèt nou enpafè, nou ka twouve l difisil pou n aksepte konsèy lè yon moun atire atansyon n sou yon defo nou genyen. (Li Eklezyas 7:9.) Nou ka menm ap defann tèt nou. Nou ka gen dout sou rezon ki pouse moun nan ban n konsèy la oswa nou ka fache pou fason li ban n konsèy la. Nou ka menm kritike moun ki ban n konsèy la, lè n di: ‘Ki dwa l pou l ban m konsèy? Li pa pi bon pase m!’ Epitou, si nou pa renmen konsèy nou jwenn nan, nou ta ka annik pa okipe l, oswa nou ta ka al mande yon moun nou espere k ap di nou sa nou ta renmen tande a.
“Koute pawòl moun ki gen sajès”
12 Ki sa ki kapab ede n aksepte konsèy? Nou bezwen gen imilite pou n sonje nou enpafè e n kapab aji tankou moun sòt pafwa. Jan n te wè sa pi wo a, Jòb te di yon seri bagay ki pa t kòrèk. Men, annapre li te chanje fason l panse, e sa te fè Jewova beni l. Sa k fè sa? Paske Jòb te gen imilite. Li te montre sa lè l te aksepte konsèy Eliyou te ba li, menm lè Eliyou te pi jèn pase l lontan (Jòb 32:6, 7). Menm jan an tou, lè n gen imilite, sa ap ede n aksepte konsèy nou resevwa, menm lè nou santi nou pa t bezwen l, oswa moun ki ban nou l lan pi jèn pase n. Men sa yon ansyen k ap viv nan peyi Kanada di: “Piske nou pa wè tèt nou jan lòt moun wè nou, ki jan n ap fè pwogrese si lòt moun pa ban nou konsèy?” Kiyès nan nou ki kapab di li pa bezwen fè efò pou l pi byen demontre kalite ki nan fwi lespri a, oswa pou l kapab preche epi anseye pi byen? — Li Sòm 141:5.
13 Konsidere konsèy kòm yon fason Bondye montre li renmen nou. Jewova vle sa ki pi bon pou nou an (Pwo. 4:20-22). Li montre li renmen nou, lè li ban nou konsèy pa mwayen Pawòl li a, pa mwayen yon piblikasyon ki baze sou Bib la oswa yon kretyen parèy nou ki gen matirite. Ebre 12:9, 10 di: “Li fè sa pou byen nou.”
14 Konsantre sou konsèy la, pa konsantre sou fason yo ban nou l lan. Pafwa, yo ka ban n yon konsèy e nou santi se pa t pi bon fason pou yo te ban nou l. Nòmalman, kèlkeswa moun k ap bay konsèy la ta dwe fè efò, toutotan sa posib, pou l bay li yon fason ki fasil pou moun aksepte l (Gal. 6:1). Men, si se nou menm k ap resevwa konsèy la, li ta bon pou n konsantre sou sa yo di nou an, menmsi nou santi yo te kapab di nou l yon pi bon fason. Nou ka mande tèt nou: ‘Menmsi m pa renmen fason yo ban m konsèy la, èske gen yon bagay m ka aprann nan sa yo di m nan? Èske m ka pa konsantre sou enpèfeksyon moun ki bay konsèy la, epi aksepte konsèy li ban m nan?’ Li t ap bon pou n chèche byen pwofite kèlkeswa konsèy nou resevwa. — Pwo. 15:31.
w01 15/5 30 § 1-2
‘Grasa sajès, n ap viv anpil tan’
Fason yon moun ki gen sajès reponn diferan ak fason yon moun k ap pase moun nan rizib reponn. Men sa Salomon di: “Korije yon moun ki gen sajès, epi l ap renmen w. Enstwi yon moun ki gen sajès, e l ap vin gen plis sajès.” (Pwovèb 9:8b, 9a). Yon moun ki gen sajès konnen “pa gen okenn disiplin ki sanble bay kè kontan menm kote a. Sanble li bay lapenn pito. Sepandan, pi devan, moun li fòme yo pral mennen yon vi dwat nan lapè”. (Ebre 12:11.) Menmsi yon konsèy ta ka fè n soufri, poukisa n pa ta dwe reponn mal oswa ap defann tèt nou piske lè n aksepte konsèy, sa ap fè n gen plis sajès?
Wa ki gen sajès la te kontinye di: “Anseye yon moun ki dwat, e l ap vin gen plis konesans.” (Pwovèb 9:9b). Pèsonn pa gen twòp sajès oswa twò granmoun pou l aprann. Se pa ti kontan nou kontan lè n wè menm moun ki granmoun aksepte laverite e yo vwe lavi yo bay Jewova! Nou menm tou, ann kontinye gen volonte pou n aprann e ann kontinye fè lespri nou travay.
w01 15/5 30 § 5
‘Grasa sajès, n ap viv anpil tan’
Se responsablite nou chak pou n fè gwo efò pou n vin gen sajès. Salomon te montre enpòtans sa genyen lè l te di: “Si w vin gen sajès, se pou ou l ap bon, men, si w se yon moun k ap pase moun nan rizib, w ap peye sa poukont ou.” (Pwovèb 9:12). Moun ki gen sajès la fè tèt li byen, men moun k ap pase moun nan rizib la responsab pwòp soufrans li. Sa klè, nou rekòlte sa nou simen. Se sa k fè, se pou n “koute sajès k ap pale”. — Pwovèb 2:2.
Trezò espirityèl
w06 15/9 17 § 5
Pwen enteresan nou jwenn nan liv Pwovèb la
9:17 — Ki sa “dlo moun vòlè” yo ye, e poukisa yo “bon anpil”? Piske Bib la konpare relasyon seksyèl ant de moun ki marye ak bwè dlo fre ki soti nan yon sitèn, dlo moun vòlè yo reprezante relasyon seksyèl imoral moun fè an kachèt (Pwovèb 5:15-17). Lide kòmkwa moun pap konnen sa yo fè a bay enpresyon dlo yo bon anpil.
21-27 AVRIL
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PWOVÈB 10
Ki sa k fè yon moun rich toutbon?
w01 15/7 25 § 1-3
‘Se moun ki dwat ki jwenn benediksyon’
Epoutan, moun ki dwat la jwenn benediksyon yon lòt fason ankò. “Moun ki parese ap pòv, men, moun ki travay di ap rich. Pitit ki fè rekòt nan sezon chalè aji ak bon konprann, men, pitit k ap dòmi byen di pandan rekòt la rale lawont sou tèt li.” — Pwovèb 10:4, 5.
Pawòl sa yo wa a di a gen enpòtans sitou pou moun k ap travay pandan sezon rekòt la. Sezon rekòt se pa moman pou moun ap fè parès. Se moman pou moun travay di pandan anpil èdtan. Vrèmanvre, se yon moman ijans.
Men sa Jezi te di disip li yo lè l t ap panse ak rekòt la, pa yon rekòt manje angren, men rekòt moun nan: “Rekòt la anpil, men pa gen anpil travayè. Kidonk, priye Mèt rekòt la [Jewova] pou l voye travayè nan rekòt li a.” (Matye 9:35-38). Nan ane 2000, plis pase 14 milyon moun te asiste Memoryal lanmò Jezi, se plis pase de fwa kantite Temwen Jewova ki genyen. Kiyès ki pap dakò ‘jaden yo pare pou rekòt la’? (Jan 4:35.) Vrè adoratè Jewova yo mande Mèt la pou l voye plis travayè nan rekòt la toutpandan y ap bay tout yo menm nan travay fè disip la ann amoni ak priyè yo fè (Matye 28:19, 20). Se pa ti beni Jewova beni travay yo fè! Pandan ane sèvis pou ane 2000 la, te gen plis pase 280 000 moun ki te batize. Yo menm tou, yo fè gwo efò pou yo vin anseyan Pawòl Bondye a. Se pou n jwenn lajwa ak satisfaksyon lè n bay tout nou menm nan travay fè disip la.
w01 15/9 24 § 3-4
Mache nan ‘chemen ladwati’
Salomon montre jan sa enpòtan pou moun fè sa ki dwat. Li di: “Richès moun ki rich la genyen tankou yon vil ki byen pwoteje. Lamizè ap fini ak moun ki malere a. Travay moun ki dwat yo bay lavi, men, sa mechan yo fè mennen nan peche.” — Pwovèb 10:15, 16.
Richès kapab pwoteje nou kont kèk pwoblèm nou jwenn nan lavi a menm jan miray yon vil ki byen pwoteje ka bay moun ki anndan l yo yon nivo sekirite. Epi, lamizè kapab kraze yon moun lè malè rive sou li sanzatann (Eklezyas 7:12). Sepandan, wa ki gen sajès la te ka ap pale sou danje ki genyen ni nan richès ni nan povrete. Yon moun ki rich ka gen tandans met tout konfyans li nan richès li genyen lè l panse bagay ki gen valè li posede yo “tankou yon miray k ap pwoteje l”. (Pwovèb 18:11.) Epi, yon moun ki pòv ka twonpe tèt li lè l panse pa gen avni pou li paske l pòv. Konsa, yo toule de pa rive gen yon bon repitasyon devan Bondye.
it-1 294
Benediksyon
Jewova beni lèzòm. “Se benediksyon Jewova bay ki fè moun rich, e li pa bay okenn doulè avè l.” (Pw 10:22). Jewova beni moun ki gen favè l yo lè l pwoteje yo, lè l fè zafè yo mache byen, lè l gide yo, lè l fè yo reyisi, lè l fè yo jwenn sa yo bezwen, e li fè tout sa pou byen yo.
Trezò espirityèl
Jwa nou jwenn lè nou mache nan entegrite
18 Se “benediksyon Jewova” ki bay pèp li a pwosperite espirityèl, e nou jwenn asirans “li pa ajoute okenn doulè avè l”. (Pwovèb 10:22.) Si se konsa, poukisa anpil sèvitè Bondye ki fidèl jwenn eprèv, sa ki ba yo lapenn ak soufrans? Gen twa rezon prensipal ki fè nou jwenn difikilte ak kalamite: 1) Pwòp tandans nou pou nou peche (Jenèz 6:5; 8:21; Jak 1:14, 15). 2) Satan ak demon l yo (Efezyen 6:11, 12). E 3) monn mechan an (Jan 15:19). Menmsi Jewova pèmèt move bagay rive nou, se pa li menm ki lakòz yo rive. Anfèt, “tout bèl don ak tout kado ki bon nèt sot anlè, paske yo desann sot nan Papa limyè yo ki nan syèl la”. (Jak 1:17.) Benediksyon Jewova yo pa pote doulè.
28 AVRIL–4 ME
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PWOVÈB 11
Pa di sa!
w02 15/5 26 § 4
Se fidelite k ap gide moun ki dwat yo
Fidelite moun ki dwat yo ak mechanste moun ki mechan yo gen efè tou sou lòt moun. Men sa wa Izrayèl la te di: “Aposta a sèvi ak bouch li pou l fini ak lòt moun, men, moun ki dwat la jwenn delivrans grasa konesans li genyen.” (Pwovèb 11:9). Kiyès ki pap dakò medizans, tripotay, pawòl sal, ak pawòl moun di san reflechi kraze lòt moun? Yon lòt bò, pawòl moun ki dwat la pwòp, rezonab e yo montre konsiderasyon pou lòt moun. Li delivre grasa konesans li paske fidelite l fè l konn ki jan pou l rezone pou l montre se manti moun k ap akize l yo ap bay.
w02 15/5 27 § 2-3
Se fidelite k ap gide moun ki dwat yo
Lè moun nan yon vil aji yon fason ki dwat, sa fè gen lapè, moun yo santi yo byen, e yo ankouraje youn lòt nan kominote a. Konsa, vil la gen kè kontan e bagay yo byen mache ladan l. Moun k ap fè medizans, k ap pale mal e k ap aji mal lakòz dezòd, tristès, divizyon ak latwoublay. Sa sitou konsa lè moun k ap fè bagay sa yo nan gwo pozisyon. Yon vil konsa gen dezòd, koripsyon, e li ka menm degrengole nan domèn moral ak domèn ekonomik.
Prensip ki nan Pwovèb 11:11 lan gen menm enpòtans lan pou sèvitè Jewova yo nan relasyon yo genyen youn ak lòt anndan kongregasyon yo ki tankou ti vil. Yon kongregasyon ki gen moun espirityèl ki bay bon egzanp ladan l, sa vle di moun ki dwat e ki fidèl, se yon kongregasyon kote moun yo gen kè kontan, yo aktif, youn ede lòt, sa ki fè Bondye jwenn onè. Jewova beni kongregasyon an e kongregasyon an kontinye pwogrese. Sa konn rive gen kèk moun k ap plenyen e ki pa satisfè, k ap chèche defo e k ap kritike fason bagay yo òganize, moun sa yo tankou “rasin anpwazonnen” k ap gaye e k ap anpwazonnen lòt moun ki pa t anpwazonnen (Ebre 12:15). Byen souvan, moun sa yo konn ap chèche gen plis otorite ak gwo pozisyon. Yo fè bri kouri kòmkwa gen enjistis, prejije ak lòt pwoblèm menm jan an nan kongregasyon an oswa pami ansyen yo. Sa klè, bouch yo ka lakòz gen divizyon nan kongregasyon an. Èske n pa ta dwe refize koute moun sa yo epi fè efò pou n vin moun espirityèl ki kontribye pou gen lapè ak tèt ansanm nan kongregasyon an?
w02 15/5 27 § 5
Se fidelite k ap gide moun ki dwat yo
Se pa ti dega yon moun ki pa gen bon jijman oswa ki “manke kè” ka lakòz! Li pale san reflechi jiskaske l tonbe nan fè medizans ak joure moun. Ansyen yo nan kongregasyon an dwe aji byen vit pou yo retire move enfliyans sa a nan kongregasyon an. Kontrèman ak “moun ki manke kè a”, yon moun ki gen bon jijman konn ki lè pou l fè silans. Olye li revele yon sekrè, li kouvri sa. Lefètke l konnen tout dega yon lang ki pa donte ka lakòz, moun ki gen bon konprann nan se yon “moun lespri l fidèl”. Li fidèl ak kwayan parèy li yo e li pa met sekrè yo nan lari, sa ki ka mete yo an danje. Se pa ti benediksyon moun fidèl sa yo ye pou kongregasyon an!
Trezò espirityèl
g20.1 11, kare
Ki sa w ka fè lè w anba strès?
“BONTE KA EDE W GEN MWENS STRÈS”
“Lè yon moun bon moun, se tèt li l fè byen, men, moun ki mechan an rale malè sou tèt li.” — PWOVÈB 11:17.
Nan yon liv ki rele Fason pou w jere strès (anglè), gen yon chapit ki gen tit: “Bonte ka ede w gen mwens strès”. Selon ekriven an, Dr. Tim Cantopher, lè nou bon ak lòt moun, sa fè n gen yon bon sante ak kè kontan. Yon lòt bò, lè yon moun pa gen bonte oubyen lè l aji ak mechanste, li pa gen kè kontan paske l ap fè lòt moun rete lwen l.
Anplis, nou ka gen jwenn soulajman anba strès lè nou aji byen ak tèt nou. Pa egzanp, nou pa ta dwe twò di oswa twò egzijan ak tèt nou. Ni nou pa ta dwe rabese oubyen denigre tèt nou. Men sa Jezi Kris te di: “Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.” — Mak 12:31.