BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr25 janvye p. 1-9
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a — 2025
  • Soutit
  • 6-12 JANVYE
  • 13-19 JANVYE
  • 20-26 JANVYE
  • 27 JANVYE–2 FEVRIYE
  • 3-9 FEVRIYE
  • 10-16 FEVRIYE
  • 17-23 FEVRIYE
  • 24 FEVRIYE–2 MAS
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a — 2025
mwbr25 janvye p. 1-9

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

© 2024 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania

6-12 JANVYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A SÒM 127-134

Paran, kontinye pran swen eritaj ou genyen an ki gen anpil valè

w21.08 5 § 9

Ann bay plas nou gen nan fanmi Jewova a anpil valè

Jewova bay lèzòm kapasite pou yo fè pitit ak responsablite pou yo aprann pitit yo renmen l epi sèvi l. Si w se yon paran, èske w montre w gen rekonesans pou kado espesyal sa a? Byenke Jewova bay zanj yo anpil bèl kapasite, li pa ba yo privilèj pou yo fè pitit. Donk, si w se yon paran, ou bezwen gen rekonesans pou privilèj ou genyen pou w leve pitit ou. Jewova bay paran yo yon gwo responsablite: yo gen pou yo leve pitit yo “nan disiplin Jewova ak nan avètisman li bay”. (Efe. 6:4; Det. 6:5-7; Sòm 127:3.) Òganizasyon Bondye a gen anpil zouti ki baze sou Bib la, tankou piblikasyon, videyo, mizik ak yon seri atik sou Entènèt ki la pou ede paran yo. Li klè, Papa nou ki nan syèl la ak Pitit Gason l lan renmen jèn nou yo anpil (Lik 18:15-17). Lè paran yo konte sou Jewova e yo fè tout sa yo kapab pou yo pran swen pitit yo ki gen anpil valè pou yo, sa fè kè Jewova kontan. Paran ki fè sa bay pitit yo posiblite pou yo vin fè pati fanmi Jewova a pou toutan!

w19.12 27 § 20

Paran, bay pitit ou fòmasyon pou yo renmen Jewova

Chèche konn pitit ou byen. Sòm 127 konpare timoun ak flèch. (Li Sòm 127:4.) Menm jan yo ka fè flèch ak plizyè kalite materyo e yo ka gen plizyè gwosè, pa gen de timoun ki menm. Se sa k fè paran yo bezwen konnen fason pou yo fòme chak pitit yo genyen. Gen yon mari ak madanm li k ap viv nan peyi Izrayèl ki te esplike sa ki te ede yo leve de pitit yo genyen pou yo sèvi Jewova. Men sa yo di: “Nou te etidye Labib ak chak timoun yo apa.” Natirèlman, se chak chèf fanmi k ap deside si l nesesè oswa si l posib pou yo etidye ak pitit yo fason sa a.

Trezò espirityèl

it-1 543

Plant Bib la pale de yo

Anpalan de kèk karakteristik pye oliv genyen, men pwomès youn nan moun ki te ekri Sòm yo te fè moun ki gen lakrentif pou Jewova yo: “Pitit gason w yo ap arebò tab ou tankou ti pye oliv ki toutotou yon pye oliv.” (Sm 128:1-3). Souvan, ti branch yo koupe oswa yo grefe nan pye oliv konn vin bay lòt pye oliv. Mete sou sa, ti pye oliv konn pouse nan rasin pye oliv ki granmoun yo, konsa, menm pye oliv yo kontinye bay lòt pye oliv. Menm jan ak ti pye oliv sa yo, pitit gason yo konn antoure papa yo, sa ki fè gen plis kè kontan nan fanmi an.

13-19 JANVYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A SÒM 135-137

“Seyè nou an gen plis pouvwa pase tout lòt dye yo”

it-1 914 § 4-5

Pouvwa, Aksyon ki pisan

Kontwòl Bondye gen sou fòs lanati yo parèt aklè. Pou Jewova pwouve nou se li menm ki vrè Dye a, li rezonab pou n ta atann li demontre li gen kontwòl sou fòs li kreye yo, e pou l fè sa yon fason klè ki makònen ak non l (Sm 135:5, 6). Se vre solèy la, lalin nan, planèt yo ak zetwal yo rete kote yo dwe ye a, atmosfè tè a (sa ki fè gen van, lapli ak lòt fenomèn ankò) obeyi lwa k ap gouvène yo, se vre krikèt yo vole an gwoup e zwazo yo sot nan yon zòn al nan yon lòt, epoutan, fenomèn sa yo ak anpil lòt ankò pa t ap sifi pou fè non Bondye vin sen devan opozisyon ak fo adorasyon.

Epoutan, Jewova Dye ka fè fòs lanati yo ak lòt bagay ki gen nan kreyasyon an bay temwayaj se li ki Bondye lè l sèvi avèk yo pou l reyalize kèk objektif byen presi yon fason moun pa abitye wè, e li fè sa byen souvan nan yon lè li chwazi. Menm lè fenomèn tankou sechrès, gwo lapli, oswa yon lòt fenomèn menm jan an, se bagay moun abitye ak yo, lefètke yo te reyalize yon pwofesi Jewova te bay, sa te fè yo diferan. (Konpare ak 1Wa 17:1; 18:1, 2, 41-45.) Nan pifò ka, fenomèn sa yo te fè moun ret bouch ouvè, swa akoz fòs yo, dega yo te fè (Eg 9:24), oswa paske yo te fèt yon fason moun pa abitye wè, fason moun pa konn tande, epi fason oswa lè ki pa nòmal. — Eg 34:10; 1Sa 12:16-18.

w21.11 6 § 16

Ki sa lanmou fidèl Jewova genyen an vle di pou ou?

Lè Jewova se refij nou, nou santi nou an sekirite. Men, gende jou nou ka santi n dekouraje e n pa ka fè anyen pou n anpeche sa. Lè konsa, ki sa Jewova ap fè pou nou? (Li Sòm 136:23.) L ap soutni n ak bra l, l ap leve n dousman, e l ap ede n pou n kanpe sou de pye n ankò (Sòm 28:9; 94:18). Byenfè n ap jwenn: Lefètke n konnen nou ka toujou konte sou èd Bondye, sa fè n sonje de fason li beni nou. Premyèman, kèlkeswa kote n ap viv, Jewova ap toujou pwoteje n. Dezyèmman, Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou gen anpil sousi pou nou.

Trezò espirityèl

it-2 1175

Ja

An jeneral, mo Ja a makònen ak yon seri santiman ki pwofon nou jwenn lè moun ap fè louwanj, y ap chante, y ap priye e y ap fè siplikasyon, mete sou sa, ekspresyon sa a parèt lè moun ap rejwi akoz yon viktwa oswa yon delivrans, oswa lè moun ap montre yo rekonèt gwo pouvwa ak pisans Bondye genyen. Nou jwenn egzanp konsa nan Bib la. Fraz tankou “Louwe Ja!” (Alelouya) se yon pawòl louwanj pou bay Bondye glwa nan liv Sòm nan, e li parèt pou premye fwa nan Sòm 104:35. Nan kèk lòt sòm, li ka parèt nan kòmansman an sèlman (Sm 111, 112), pafwa, li parèt nan mitan yon sòm (135:3), pafwa, li parèt nan fen an sèlman (Sm 104, 105, 115-117), men souvan, li parèt ni nan kòmansman an, ni nan fen an (Sm 106, 113, 135, 146-150). Nan liv Revelasyon an, plizyè fwa, zanj nan syèl la itilize ekspresyon sa a pou yo fè louwanj pou Jewova. — Re 19:1-6.

Lòt kote mo “Ja” a parèt yo montre louwanj moun fè pou Jewova ak siplikasyon yo fè. Yon egzanp se chan delivrans Moyiz te fè a (Eg 15:2). Nan sa Ezayi te ekri yo, li te konbine de non ansanm, “Ja, Jewova”, pou l te met plis aksan sou non Bondye (Eza 12:2; 26:4). Ezekyas te itilize mo Ja a plizyè fwa pou l eksprime santiman kontantman l te genyen nan yon pwezi l te fè kote l t ap fè louwanj pou fason Bondye te geri l pa mwayen yon mirak lè l te toupre lanmò (Eza 38:9, 11). Yo fè diferans ant moun ki mouri ki pa ka louwe Jewova ak moun ki vivan ki kapab louwe l (Sm 115:17, 18; 118:17-19). Gen lòt sòm ki itilize mo Ja a nan priyè pou di Bondye mèsi pou delivrans, pwoteksyon ak koreksyon li ba yo. — Sm 94:12; 118:5, 14.

20-26 JANVYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A SÒM 138-139

Pa kite laperèz anpeche w avanse

w19.01 10 § 10

Fè louwanj pou Jewova nan kongregasyon an

Èske kè w konn kase chak fwa w anvi leve men w pou w fè yon kòmantè? Ebyen, se pa ou sèl. An reyalite, pifò nan nou santi nou yon jan pè lè n ap fè kòmantè. Anvan pou w rive lite ak santiman sa a, ou bezwen byen konnen sa k fè w pè a. Èske w pè pou w pa bliye sa w vle di oubyen w pè pou w pa di yon bagay ki pa sa? Èske w pè pou w pa fè yon kòmantè ki parèt raz devan kòmantè lòt moun yo? An reyalite si w santi w konsa, se pa yon move bagay. Sa ka montre ou gen imilite e w konsidere lòt moun yo siperyè w. Jewova renmen kalite sa a (Sòm 138:6; Flp. 2:3). Men, Jewova vle pou w ba l louwanj tou e pou w ankouraje frè ak sè yo nan reyinyon yo (1 Tes. 5:11). Li renmen w e l ap ba w kouraj ou bezwen pou w fè kòmantè.

w23.04 21 § 7

Annou youn ankouraje lòt nan reyinyon yo

Yon bagay ki ka ede w, se lè w egzamine kèk sijesyon yo te bay nan atik Toudegad yo. Pa egzanp, ou kapab byen prepare (Pwo. 21:5). Plis ou konnen sou ki sa yo pral pale nan reyinyon an, se plis l ap fasil pou w anvi fè kòmantè. Epitou, fè kòmantè ki kout (Pwo. 15:23; 17:27). Lè w bay repons ki kout, w ap santi w mwens strese. Petèt, si w fè yon kòmantè ki kout ki gen youn oubyen de fraz sèlman, li kapab pi fasil pou frè w ak sè w yo konprann sa w di olye w fè yon kòmantè byen long ki pale sou yon pakèt bagay. Lè w fè yon kòmantè ki kout nan pwòp mo pa w, sa ap montre ou te byen prepare e w byen konprann sijè y ap pale sou li a.

Trezò espirityèl

it-2 490 § 9

Padon

Mete sou sa, kretyen yo gen obligasyon pou yo padone moun ki peche kont yo menmsi moun sa yo ta peche kont yo plizyè fwa (Lk 17:3, 4; Ef 4:32; Kol 3:13). Bondye pap padone moun ki refize padone lòt moun (Mt 6:14, 15). Sepandan, menm lè akoz bagay mal “mechan an” fè, yo oblije retire l nan kongregasyon an, rive yon lè, yo ka padone moun sa a si l montre li repanti toutbon. Lè sa a, tout moun nan kongregasyon an kapab fè l santi yo renmen l (1Ko 5:13; 2Ko 2:6-11). Men, kretyen yo pa oblije padone moun k ap fè sa ki mal e ki chwazi peche san yo pa repanti. Pechè sa yo vin tounen ènmi Bondye. — Eb 10:26-31; Sm 139:21, 22.

27 JANVYE–2 FEVRIYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A SÒM 140-143

Aji ann amoni ak priyè w fè pou w mande èd

w22.02 12 § 13-14

“Koute pawòl moun ki gen sajès”

Konsidere konsèy kòm yon fason Bondye montre li renmen nou. Jewova vle sa ki pi bon pou nou an (Pwo. 4:20-22). Li montre li renmen nou, lè li ban nou konsèy pa mwayen Pawòl li a, pa mwayen yon piblikasyon ki baze sou Bib la oswa yon kretyen parèy nou ki gen matirite. Ebre 12:9, 10 di: “Li fè sa pou byen nou.”

Konsantre sou konsèy la, pa konsantre sou fason yo ban nou l lan. Pafwa, yo ka ban n yon konsèy e nou santi se pa t pi bon fason pou yo te ban nou l. Nòmalman, kèlkeswa moun k ap bay konsèy la ta dwe fè efò, toutotan sa posib, pou l bay li yon fason ki fasil pou moun aksepte l (Gal. 6:1). Men, si se nou menm k ap resevwa konsèy la, li ta bon pou n konsantre sou sa yo di nou an, menmsi nou santi yo te kapab di nou l yon pi bon fason. Nou ka mande tèt nou: ‘Menmsi m pa renmen fason yo ban m konsèy la, èske gen yon bagay m ka aprann nan sa yo di m nan? Èske m ka pa konsantre sou enpèfeksyon moun ki bay konsèy la, epi aksepte konsèy li ban m nan?’ Li t ap bon pou n chèche byen pwofite kèlkeswa konsèy nou resevwa. — Pwo. 15:31.

w10 15/3 32 § 4

Annou kenbe ‘kè nou pwòp’ nan tan difisil sa yo

Gen kèk moun k ap sèvi Bondye ki vin dekouraje akoz moun ki opoze avèk yo, akoz pwoblèm ekonomik oubyen akoz maladi grav. Pafwa tou, sa konn gen yon move efè sou kè yo. Menm wa David te pase nan moman difisil konsa. Men sa l te di: “Mwen santi mwen pa kapab ankò! Mwen boulvèse anpil.” (Sòm 143:4). Ki sa k te pèmèt li travèse moman eprèv sa yo? David te medite sou fason Jewova te boule ak sèvitè l yo e sou fason Jewova te delivre l li menm. Li te medite sou sa Jewova te fè pou non L ki gran. David te kite lespri l fikse sou sa Jewova fè (Sòm 143:5). Menm jan an tou, lè nou medite sou Kreyatè nou an, sou tout sa l fè e sou tout sa li kontinye fè pou nou, sa ap ede nou, menm lè nou anba eprèv.

w15 15/3 32 § 2

Marye ‘sèlman nan Seyè a’ — Èske sa toujou rezonab?

Pafwa, ou gendwa santi w menm jan ak David ki te di: “Senyè, prese vin reponn mwen. Mwen pa kapab ankò! Pa vire do ban mwen.” (Sòm 143:5-7, 10). Nan moman sa yo, bay Papa w ki nan syèl la tan pou l montre w sa l vle pou ou. W ap rive fè sa lè w pran tan pou w li Pawòl li a e pou w medite sou sa w li a. W ap vin konnen kòmandman l yo e w ap vin konnen ki jan l te aji anvè pèp li a nan tan lontan. Lè w koute l, w ap vin fè l plis konfyans paske w ap wè jan sa saj pou w kontinye obeyi l.

Trezò espirityèl

it-2 1134

Venen sèpan, Pwazon vipè

Sans senbolik. Yo konpare manti ak medizans mechan an ap fè yo, ki vrèman sal repitasyon moun l ap pale mal la, ak venen sèpan ki ka touye moun (Sm 58:3, 4). Anpalan de moun k ap fè medizans yo, Bib la di “se pwazon vipè ki nan bouch yo”, menm jan ak pwazon vipè ki kache nan pati ki pa anba lang vipè a ak nan kwòk ki pa anlè bouch li a (Sm 140:3; Wm 3:13). Lang moun k ap fè medizans, tripotay, gaye fo ansèyman, oswa di lòt move pawòl “chaje ak pwazon ki bay lanmò”. — Jk 3:8.

3-9 FEVRIYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A SÒM 144-146

“Byennere pèp ki gen Jewova kòm Bondye l la!”

w18.04 32 § 3-4

Kesyon lektè yo poze

2. Fason yo tradui vèsè sa yo nan edisyon revize a byen mache ak rès vèsè ki nan sòm sa a. Piske n sèvi ak ekspresyon “lè sa a” nan vèsè 12 la, nou konprann benediksyon yo site nan vèsè 12 rive nan vèsè 14 yo konsène moun ki jis yo, anpalan de moun k ap mande pou yo ‘delivre yo e pou yo sove yo’ anba mechan yo (vèsè 11). Chanjman sa a gen efè sou vèsè 15 lan tou kote de referans yo fè ak mo “byennere” a parèt an paralèl nan yon sans pozitif oswa youn konplete lòt. Konsa, nan toule de fraz yo, byenfè sa a gen rapò ak menm pèp la, sètadi pèp “ki gen Jewova kòm Bondye l la”! Anplis de sa, sonje yo pa t sèvi ak siy ponktiyasyon, tankou gimè, nan tèks ebre orijinal la. Nan ka sa a, se tradiktè yo ki dwe chèche konprann sans ki egzak la lè yo pran an konsiderasyon stil pwezi lang ebre a, kontèks la ak lòt vèsè nan Bib la ki gen rapò ak tradiksyon y ap fè a.

3. Fason yo tradui vèsè sa yo nan edisyon revize a ann amoni ak lòt vèsè nan Bib la kote Bondye pwomèt l ap vide benediksyon sou pèp li a ki fidèl. Kounye a, chanjman sa a nou fè nan fason n tradui mo asher la pèmèt sòm nan reflete bonjan espwa David te genyen ki montre apre Bondye fin delivre nasyon Izrayèl la anba men ènmi l yo, Bondye t ap beni pèp li a, yo t ap gen kè kontan e tout zafè yo t ap byen mache (Lev. 26:9, 10; Det. 7:13; Sòm 128:1-6). Pa egzanp, men sa Detewonòm 28:4 di: “L ap beni pitit nou yo, rekòt nou yo, pitit bèt nou yo, ti bèf nou yo ak ti mouton nou yo.” Vrèmanvre, sou rèy Salomon, pitit gason David, nasyon an te gen lapè e tout zafè yo t ap mache byen, yon sitiyasyon yo potko janm viv anvan sa. Sa k pi enpòtan an, gen kèk aspè nan rèy Salomon an ki montre jan bagay yo pral ye lè Mesi a ap dirije. — 1 Wa 4:20, 21; Sòm 72:1-20.

w22.10 28 § 16-17

Ann kenbe esperans nou genyen antanke kretyen an fèm

Esperans nou genyen pou n gen lavi ki pap janm fini an se yon kado ki gen anpil valè Bondye ban nou. Nou gen yon bèl avni k ap tann nou, e n kapab gen asirans sa n espere yo ap reyalize. Esperans lan tankou yon lank batiman pou nou, li ede n rete djanm pou n ka andire eprèv, pou n kenbe fèm devan pèsekisyon, e menm devan lanmò. Li tankou yon kas pou nou, li pwoteje panse n pou n vire do bay sa ki mal e pou n ret atache ak sa ki byen. Esperans nou an ki baze sou Bib la fè n vin pi pwòch ak Bondye e l fè nou wè jis nan ki pwen Bondye renmen nou. Nou jwenn anpil byenfè pandan n ap kontinye kenbe esperans nou genyen an fèm.

Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen nan vil Wòm yo, li te ankouraje yo pou yo “rejwi nan esperans lan”. (Wom. 12:12.) Pòl te kapab rejwi paske l te gen asirans, si l te ret fidèl, li t ap gen lavi ki pap janm fini an nan syèl la. Nou menm tou nou kapab rejwi nan esperans nou genyen an, paske nou gen asirans Jewova ap kenbe pwomès li fè yo. Jan youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te ekri, “byennere moun [...] ki met espwa l nan Jewova, Bondye l la, [...] Sila a ki toujou ret fidèl la”. — Sòm 146:5, 6.

w18.01 26 § 19-20

Ki kalite lanmou ki bay kè kontan toutbon?

Monn Satan an prèske rive nan bout li apre l fin fè anviwon 6 000 an ap fè lèzòm soufri. Tè a chaje ak moun ki renmen tèt yo depase limit, ki renmen lajan ak plezi. Moun sa yo enterese sèlman nan sa y ap jwenn, yo fè dezi yo genyen vin bagay ki pi enpòtan nan lavi a. Moun sa yo pap janm ka gen kè kontan toutbon. Yon lòt bò, men sa youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te ekri: “Byennere moun ki gen Bondye Jakòb la pou ede l e ki met espwa l nan Jewova, Bondye l la.” — Sòm 146:5.

Pèp Jewova a kontinye ap gen plis lanmou pou li, e kantite nou ye a ap vin pi plis chak ane. Se prèv ki montre Wayòm Bondye a ap dirije e talè konsa li pral pote yon seri benediksyon sou tè a moun pa ka imajine. N ap gen kè kontan toutbon e k ap dire a lè n fè volonte Bondye e lè n konnen nou fè Sila a ki nan pi gwo pozisyon an plezi. Moun ki renmen Jewova yo ap gen kè kontan pou toutan! Nan atik ki vin apre a, nou pral wè kèk defo moun ki gen lanmou egoyis yo gen lakay yo e n pral wè ki jan defo sa yo pa menm ditou ak kalite nou jwenn lakay sèvitè Jewova yo.

Trezò espirityèl

it-1 125 § 1

Bèt yo

Bib la ankouraje moun trete bèt yo yon fason ki jis e ki montre yo gen konpasyon. An reyalite, Jewova prezante tèt li kòm Sila a ki bay bèt yo sa yo bezwen e ki veye sou byennèt yo avèk lanmou (Pw 12:10; Sm 145:15, 16). Lalwa Moyiz la te mande pou yo byen pran swen bèt yo. Lè yon bèt te pèdi, yo te dwe mennen l tounen bay mèt li sennesòf; lè yon bèt te kouche anba yon chay, yo te dwe ede l (Eg 23:4, 5). Yo te dwe fè yo travay nan bon kondisyon (Dt 22:10; 25:4). Menm jan ak moun, bèt yo te dwe pran repo nan jou saba (Eg 20:10; 23:12; Dt 5:14). Yo te dwe kontwole oswa touye bèt ki menase lavi moun (Jen 9:5; Eg 21:28, 29). Yo pa t dwe kwaze de bèt ki pa menm. — Le 19:19.

10-16 FEVRIYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A SÒM 147-150

Nou gen anpil rezon pou n louwe Ja

w17.07 18 § 5-6

Poukisa n dwe “louwe Ja”?

Jewova pa t sèlman konsole nasyon Izrayèl la antanke gwoup, men l te fè sa tou pou chak moun. Se menm bagay la tou jodi a. Men sa moun ki te ekri sòm nan te di konsènan Bondye: “Li geri moun kè yo ap fann yo. Li bande blese yo genyen yo.” (Sòm 147:3). Wi, Jewova gen sousi pou moun ki gen pwoblèm yo, kit se nan domèn fizik, kit se nan domèn afektif. Jodi a, Jewova toujou la pou l konsole n e pou l panse blese n genyen nan domèn afektif (Sòm 34:18; Eza. 57:15). Li ban nou sajès ak fòs pou n ka fè fas ak kèlkeswa pwoblèm nou ta rankontre. — Jak 1:5.

Kounye a, moun ki te ekri sòm nan dirije atansyon l sou syèl la, li fè n konnen Jewova “konte kantite zetwal ki genyen” e “li rele yo tout nan non yo”. (Sòm 147:4.) Poukisa l sanble chanje sijè pou l fè referans ak bagay ki nan syèl la? Ann fè yon ti reflechi: Moun ki te ekri sòm nan te ka wè zetwal yo ak je l, men l pa t gen okenn ide sou kantite yo ye toutbon. Tank ane ap pase, kantite zetwal nou ka wè yo vin ogmante anpil anpil. Gen kèk moun ki panse gen plizyè milya zetwal nan galaksi nou an ki rele Lavwa lakte. Mete sou sa, li posib pou gen plizyè trilyon galaksi nan linivè! Nou vrèman pa ka kontwole kantite zetwal yo! Men, Kreyatè a ba yo tout yon non oswa yon idantite. Sa vle di Jewova konnen chak zetwal an patikilye (1 Kor. 15:41). Ki sa n ka di konsènan lèzòm li kreye sou tè a? Bondye ki konn kote chak zetwal ye, nan kèlkeswa moman an, konnen w tou. Li konn ki kote w ye egzakteman, ki jan w santi w toutbon, e sitou sa w gen bezwen nan kèlkeswa moman an!

w17.07 18 § 7

Poukisa n dwe “louwe Ja”?

Nonsèlman Jewova enterese nan ou, men tou, li gen pouvwa ak konpasyon pou l ede w ak pwoblèm ki gen nan lavi a. (Li Sòm 147:5.) Ou gendwa santi sitiyasyon w lan twò difisil epi chay la twò lou pou w pote. Bondye konn limit ou, ‘li sonje se pousyè w ye’. (Sòm 103:14.) Piske n enpafè, nou fè menm erè yo toutan. Se pa ti regrèt nou regrèt dèske lang nou konn chape, nou gen tandans lachè k ap lite avè n tanzantan, oswa n gen tandans anvye sa lòt moun posede! Malgre Jewova pa gen pwoblèm sa yo, pèsonn pa ka rive konnen bagay li konprann sou nou yo! — Eza. 40:28.

w17.07 21 § 18

Poukisa n dwe “louwe Ja”?

Moun ki te ekri sòm nan te konnen jan pèp Bondye tan lontan an te gen favè Bondye. Se te sèl nasyon Bondye te bay “pawòl” li, “lwa l yo ak jijman l yo”. (Li Sòm 147:19, 20.) Jodi a, nou beni paske nou se sèl pèp sou tè a ki pote non Bondye. Lefètke n konn Jewova e nou viv ann amoni ak Pawòl li a, nou vin gen yon relasyon espesyal avè l. Menm jan ak moun ki te ekri Sòm 147 la, èske w pa gen anpil rezon pou w di byen fò “louwe Ja!” e pou w ankouraje lòt moun fè menm jan an?

Trezò espirityèl

it-2 438

Zwazo

Youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te montre “zwazo” yo fè louwanj pou Jewova (Sm 148:1, 10), e zwazo yo fè sa grasa fòm yo ak fason estrawòdinè yo fèt. Yon zwazo kapab gen ant 1 000 ak plis pase 20 000 plim. Epoutan, chak plim gen yon pati prensipal (tuyau, fransè) ki gen plizyè santèn ti branch plim (barbes, fransè) ki konekte youn ak lòt tankou branch fil arenyen, chak ti branch plim gen plizyè santèn ti branch ki pi piti toujou (barbules, fransè), e chak ti branch ki pi piti sa yo gen plizyè santèn lòt ti branch ki pi piti toujou (barbicelles, fransè) ak ti kwòk (crochets, fransè). Yon sèl plim pijon ki mezire 15 santimèt longè gen plizyè santèn milye ti branch plim ak plizyè milyon lòt ti branch ki pi piti toujou. Fason zèl zwazo yo ak kò yo fèt ki pèmèt yo vole a pi konplèks e pi efikas lontan pase dènye modèl avyon ki egziste a. Lefètke zo zwazo yo pa gen anyen anndan yo, sa fè zwazo yo lejè, se sa k fè eskèlèt youn nan zwazo yo rele fregat la ak zèl li ki mezire 2 mèt longè lè yo ouvri ka peze sèlman anviwon 110 gram. Gen kèk zwazo ki gen gwo zèl e ki konn plane ki gen yon seri sipò anndan zo zèl yo, yon seri sipò ki sanble ak sipò ki nan pati ki vid nan zèl avyon yo.

17-23 FEVRIYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A PWOVÈB 1

Jèn, kiyès w ap koute?

w17.11 29 § 16-17

Pa kite anyen anpeche w jwenn rekonpans lan

E si w se yon adolesan ki santi paran w ki kretyen pa byen konprann ou e yo anpeche w fè kèk bagay? Lefètke w fache, sa ka menm fè w gen dout sèvi Jewova se pi bon fason pou moun viv. Men, si w kite sa fè w sispann sèvi Jewova, ou pap pran tan pou w rann ou kont pa gen okenn lòt moun ki ka pi byen veye sou ou pase paran w yo ki gen lakrentif pou Bondye ansanm ak moun nan kongregasyon an.

Si paran w pa janm disipline w, èske w pap mande tèt ou si yo gen sousi pou ou toutbonvre (Ebre 12:8)? Men, petèt se fason paran w disipline w la ki fè w fache. Olye w kouri pou fason y ap disipline w la, eseye konprann yo ka gen rezon ki fè yo aji konsa. Kidonk, rete kalm e fè tout sa w kapab pou w pa mal reyaji lè yo di w ou fè yon bagay ki pa bon. Pawòl Bondye a di: “Yon moun ki gen konesans kontwole sa l ap di, e yon moun ki gen bon konprann ap rete kalm.” (Pwo. 17:27). Fikse objektif pou w vin yon moun ki gen matirite ki ka ret kalm lè y ap ba w konsèy, ki chèche jwenn byenfè nan konsèy la san w pa bay tèt ou twòp pwoblèm pou fason yo ba w li a (Pwo. 1:8). Se yon benediksyon sa ye lè w gen paran ki kwayan ki vrèman renmen Jewova. Se sèten y ap vle ede w jwenn rekonpans lan.

w05 1/3 14 § 11-12

Ann prezève idantite nou antanke kretyen

Se Bondye pou w chèche fè plezi, se pa lèzòm. Li toutafè natirèl pou moun nou frekante enfliyanse idantite nou, menmsi se an pati. Se tout moun ki bezwen zanmi. Lè zanmi nou aksepte nou, sa fè nou santi nou byen. Pandan peryòd adolesans, e sa kontinye menm lè nou pa adolesan ankò, enfliyans zanmi ka fò anpil, sa ka koz nou anvi imite lòt moun pou nou fè yo plezi. Men, zanmi ak lòt moun n ap frekante pa toujou aji nan enterè nou. Pafwa, sa ki enterese yo se pou yo gen yon moun avèk yo lè yo gen yon zak malonèt yo pral fè (Pwovèb 1:11-19). Lè yon kretyen kite move enfliyans fè l fè sa k pa sa, an jeneral l ap eseye kache idantite l (Sòm 26:4). Men ki avètisman apot Pòl bay: “Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè.” (Women 12:2, Bib la). Jewova ban nou fòs n ap bezwen pou nou reziste devan nenpòt presyon nou jwenn pou nou fè sa k pa sa. — Ebre 13:6.

Lè presyon soti pou fè nou bliye kiyès nou ye, li byen pou nou sonje sa ki pi enpòtan se fidelite nou anvè Bondye, se pa sa moun ap panse, ni se pa sa moun ki nan antouraj nou ta renmen nou fè. Pawòl ki nan Egzòd 23:2 a se yon prensip ki ka pwoteje nou: “Ou pa dwe suiv foul la nan move entansyon.” Lè majorite Izrayelit ki te akonpaye Kalèb yo te gen dout sou kapasite Jewova pou l akonpli pwomès li te fè yo, Kalèb te rete tennfas, li te refize fè menm jan ak majorite a. Li te sèten pwomès Bondye yo diy de konfyans, konsa li te jwenn anpil benediksyon pou pozisyon li te pran an (Nonb 13:30; Jozye 14:6-11). Èske, menm jan avè l, ou dispoze reziste devan presyon majorite a dekwa pou w prezève relasyon w ak Bondye?

Trezò espirityèl

it-2 1005

Sòt

An jeneral, Bib la sèvi ak mo “sòt” la pou l pale de yon moun ki pèdi larezon e ki lage kò l nan fè sa ki mal, sa vle di sa ki pa ann amoni ak prensip Bondye yo ki jis, men, mo sa a pa bay sans yon moun ki pèdi kapasite mantal li. Gen plizyè mo nan lang Ebre a ki dekri moun ki sòt la, tankou kesil (‘sòt’; Pw 1:22), èwil (“moun ki sòt”; Pw 12:15), naval (‘moun ki sòt’; Pw 17:7), ak lèts (“moun k ap pase moun nan rizib”; Pw 13:1). Nan lang grèk la, pou afwòn, yo mete “egare” (Lk 12:20), pou anowètòs, yo mete “san konprann” (Ga 3:1), e pou mòwòs, yo mete ‘fou’ oswa “sòt” pou li (Mt 23:17; 25:2).

24 FEVRIYE–2 MAS

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A PWOVÈB 2

Poukisa w dwe chofe pou w fè etid pèsonèl?

w22.08 18 § 16

‘Kontinye mache nan laverite’

Se pa nou tout ki renmen li e ki renmen etidye. Men, Jewova mande nou pou nou “kontinye chèche” pou n ka pi byen konprann laverite. (Li Pwovèb 2:4-6.) Lè n fè efò konsa, nou toujou jwenn byenfè. Corey fè konnen, lè l ap fè etid pèsonèl li nan Bib la, li pa konsantre sou plizyè vèsè anmenmtan. Men sa l di: “Lè konsa mwen li chak nòt, mwen gade chak referans e mwen fè lòt rechèch ankò. […] Metòd sa a pèmèt mwen aprann anpil bagay!” Kit nou itilize metòd sa a oswa nou itilize yon lòt metòd, nou montre nou bay laverite valè lè n rezève tan pou n etidye l e nou fè efò pou sa. — Sòm 1:1-3.

w22.10 19 § 3-4

Vrè sajès la ap rele byen fò

Nou kapab di sajès se kapasite nou genyen pou n sèvi ak sa nou konnen pou n pran bon desizyon. Sepandan, pou n gen vrè sajès la, sa mande plis toujou. Men sa Bib la di: “Yon moun kòmanse gen sajès lè l gen lakrentif pou Jewova. Konesans Sila a ki pi sen an bay la fè moun gen bon konprann.” (Pwo. 9:10). Se sa k fè, lè nou gen yon desizyon enpòtan pou n pran, nou ta dwe kite fason Jewova panse, sètadi “konesans Sila a ki pi sen an bay la”, gide nou nan desizyon n ap pran an. N ap ka fè sa, lè n etidye Bib la ak piblikasyon ki baze sou Bib la. Konsa, n ap montre nou gen vrè sajès la. — Pwo. 2:5-7.

Se sèl Jewova ki kapab ban nou vrè sajès la (Wom. 16:27). Sa k fè se nan li sajès soti? Premyèman, antanke Kreyatè, li byen konnen tout sa l kreye yo (Sòm 104:24). Dezyèmman, tout sa Jewova fè montre li gen sajès (Wom. 11:33). Twazyèmman, konsèy Jewova bay yo ki gen anpil sajès toujou nan avantaj moun ki aplike yo (Pwo. 2:10-12). Si nou vle gen vrè sajès la, nou dwe aksepte verite sa yo, epi kite yo gide n nan desizyon n ap pran ak nan fason n ap aji.

w16.09 20-21 § 2-3

Ou menm jèn, fòtifye lafwa w

Anpil moun jodi a pa kwè se Bondye ki kreye nou. Si w se yon jèn k ap sèvi Jewova oubyen k ap aprann konnen l, pafwa ou ka mande tèt ou ki jan w ka pwouve li se Kreyatè nou. Bib la ede n byen reflechi sou sa nou tande oubyen sa nou li e pou n rezone sou yo. Men sa Pawòl Bondye a di: “W ap aprann reflechi e sa ap pwoteje w.” Ki jan? Sa ap ede w pou w rejte ide ki pa verite e pou w fòtifye lafwa w nan Jewova. — Li Pwovèb 2:10-12.

Pou n gen yon lafwa solid nan Jewova, nou dwe aprann byen konnen l (1 Timote 2:4). Se sa k fè, lè w ap li Bib la ak piblikasyon nou yo, li enpòtan anpil pou w pran yon ti tan pou w reflechi sou sa w li yo. Eseye konprann sa w li yo (Matye 13:23). Si w etidye konsa, w ap jwenn plis prèv ki montre Jewova se Kreyatè nou e Bib la se Pawòl li (Ebre 11:1). Ann wè ki jan nou ka fè sa.

Trezò espirityèl

it-1 1195 § 4

Fidelite

Li posib pou yon moun kontinye ret fidèl konsa, pa grasa fòs moral li, men sèlman grasa gwo lafwa ak konfyans li gen nan Jewova ak pouvwa Jewova genyen pou l sove moun (Sm 25:21). Bondye pwomèt l ap vin yon “boukliye” ak yon “pwoteksyon” sou wout moun ki fidèl yo (Pw 2:6-8; 10:29; Sm 41:12). Lefètke priyorite yo se gen favè Jewova, sa fè yo gen ekilib nan lavi yo, sa ki pèmèt yo atenn objektif yo (Sm 26:1-3; Pw 11:5; 28:18). Epoutan, jan Jòb te fè konn sa, moun ki inosan yo kapab soufri anba dominasyon mechan yo e yo ka menm mouri ansanm ak mechan yo, men, Jewova bay asirans li wè lavi moun ki san repwòch yo e li bay garanti eritaj moun sa yo ap kontinye egziste, avni yo ap pezib, e y ap posede sa ki bon (Jb 9:20-22; Sm 37:18, 19, 37; 84:11; Pw 28:10). Menm jan ak Jòb, se pa richès yon moun posede ki fè l gen valè e ki fè l merite respè lòt moun, men se fidelite l (Pw 19:1; 28:6). Pitit ki gen privilèj gen paran ki fidèl yo ap gen kè kontan (Pw 20:7), y ap jwenn yon bèl eritaj grasa egzanp paran yo bay, y ap gen yon bon repitasyon e moun ap respekte yo poutèt paran yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje