BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr25 jiyè p. 1-11
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a — 2025
  • Soutit
  • 7-13 JIYÈ
  • 14-20 JIYÈ
  • 21-27 JIYÈ
  • 28 JIYÈ –3 OUT
  • 4-10 OUT
  • 11-17 OUT
  • 18-24 OUT
  • 25-31 OUT
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a — 2025
mwbr25 jiyè p. 1-11

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

© 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania

7-13 JIYÈ

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A PWOVÈB 21

Prensip ki chaje ak sajès k ap bay kè kontan nan yon maryaj

w03 1/11 3 § 5

Ki jan nou ka pran desizyon ki saj?

Depi w ap pran desizyon nan prese, li fasil pou w pran move desizyon. Men sa Pwovèb 21:5 di: “Pwogram yon moun dilijan ap pote avantaj san mank, men tout moun ki aji twò prese ap tonbe nan endijans kanmenm.” Pa egzanp, jèn ki tonbe damou youn pou lòt ta dwe pran san yo anvan yo deside marye pou konsolide relasyon an. Si se pa sa, pawòl William Congreve, yon ekriven anglè ki t ap viv o 18yèm syèk te di a riske verifye nan lavi yo. Men sa l te di: “Moun ki kouri marye ka oblije chita pou l regrèt.”

g 7/08 7 § 2

Sa w ka fè pou maryaj ou vin pi solid

Demontre imilite. “Pa fè anyen nan polemik, ni paske nou vle bay tèt nou twòp enpòtans, men, avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou.” ​(Filipyen 2:3). Konn vin gen anpil pwoblèm nan maryaj paske moun marye yo kite ògèy fè yo blame konjwen yo olye yo chèche mwayen pou yo aji byen youn ak lòt avèk imilite. Lè nou gen imilite oswa nou pa pran tèt nou pou yon pakèt afè, sa ap ede nou pou nou pa chèche gen rezon lè gen dezakò.

w06 1/10 16 § 13

“Rejwi w avèk madanm ou genyen depi lè w te jèn nan”

13 E si gen pwoblèm nan maryaj la akoz fason konjwen yo aji youn ak lòt? Chèche jwenn yon solisyon mande pou yo fè efò. Pa egzanp, move pawòl gendwa vin glise nan maryaj yo, ki fè kounye a se konsa youn pale ak lòt (Pwovèb 12:18). Jan nou te wè sa nan atik ki vin anvan an, sa ka gen konsekans ki grav anpil. Gen yon pwovèb biblik ki di: “Pito w abite nan yon peyi dezè pase w abite ak yon madanm ki renmen kont, kote ki gen kontraryete.” ​(Pwovèb 21:19.) Antanke madanm, si nan maryaj ou se konsa sa ye, mande tèt ou: ‘Èske tanperaman m fè l difisil pou mari m ret bò kote m?’ Labib di mari yo: “Se pou nou kontinye renmen madanm nou e pinga nou egri kont yo.” ​(Kolosyen 3:19). Si w se yon mari, mande tèt ou: ‘Èske m konpòte m yon fason ki frèt, yon fason ki ka fè madanm mwen anvi al chèche rekonfò yon lòt kote?’ Se vre, pa gen okenn eskiz pou imoralite seksyèl. Men, lefètke yon malè konsa posib, se yon bonjan rezon pou nou diskite sou pwoblèm nan avèk franchiz.

Trezò espirityèl

w05 1/2 9 § 9

Yon seri vizyon sou Wayòm Bondye a ki tounen reyalite

9 Jezi pa yon senp imen ki monte sou do yon ti bourik ankò. Kounye a, li se yon Wa pisan yo prezante kòm yon kavalye k ap galope sou do yon cheval. Nan Labib, cheval senbolize lagè (Pwovèb 21:31). Revelasyon 6:2 di: “Gade! Yon cheval blan, e moun ki chita sou li a gen yon banza nan men l, e yo ba li yon kouwòn, e li derape antanke moun ki pote laviktwa e pou l fin acheve viktwa l.” Anplis de sa, anpalan de Jezi, salmis David ekri: “Baton fòs ou a, Jewova pral voye l detan nan Siyon antan l ap di: ‘Al gouvène nan mitan ènmi w yo.’” — Sòm 110:2.

14-20 JIYÈ

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A PWOVÈB 22

Prensip ki chaje ak sajès k ap ede n leve timoun

w20.10 27 § 7

Èske y ap sèvi Bondye lè yo vin gran?

7 Si nou marye e nou ta renmen gen pitit, mande tèt nou: ‘Èske Jewova t ap chwazi nou pou n pran swen yon tibebe li bay anpil valè paske li wè nou se moun ki gen imilite e ki renmen l?’ ​(Sòm 127:3, 4). Si w se yon paran, mande tèt ou: ‘Èske m montre pitit mwen enpòtans pou yo travay di?’ ​(Ekl. 3:12, 13). ‘Èske m fè tout sa m kapab pou m pwoteje pitit mwen kont danje ki gen nan monn Satan an?’ ​(Pwo. 22:3). Ou pa ka pwoteje pitit ou kont tout pwoblèm. Se yon bagay ki enposib. Men, avèk lanmou, ou ka prepare yo tikras pa tikras pou yo fè fas ak reyalite lavi a lè w aprann yo fason pou yo chèche konsèy nan Pawòl Bondye a. (Li Pwovèb 2:1-6.) Pa egzanp, si yon moun nan fanmi w chwazi sispann sèvi Jewova, sèvi ak Pawòl Bondye a pou w ede pitit ou wè rezon ki fè li enpòtan anpil pou l ret fidèl ak Jewova (Sòm 31:23). Oswa, si nou gen yon moun pa nou ki mouri, montre pitit ou fason pou l sèvi ak Pawòl Bondye a pou ede l fè fas ak lapenn sa pote e pou l santi l anpè. — 2 Kor. 1:3, 4; 2 Tim. 3:16.

w19.12 26 § 17-19

Paran, bay pitit ou fòmasyon pou yo renmen Jewova

17 Kòmanse bay timoun yo fòmasyon byen bonè. Sa ap pi bon pou timoun yo lè paran yo kòmanse ba yo fòmasyon byen bonè (Pwo. 22:6). Ann pran egzanp Timote ki te vin ap vwayaje ak apot Pòl. Enis, manman Timote, ak Loyis, grann li, te ba l fòmasyon “depi [l] toupiti”. — 2 Tim. 1:5; 3:15.

18 Jean-Claude ak Peace, yon lòt mari ak madanm ki soti Kotdivwa, te rive leve toule sis pitit yo genyen yo yon fason pou yo renmen Jewova e pou yo sèvi l. Ki sa k te ede yo reyisi? Yo te suiv egzanp Enis ak Loyis. Men sa yo di: “Nou te antre Pawòl Bondye a nan kè pitit nou yo depi yo toupiti, nou te kòmanse fè sa tousuit apre yo fin fèt.” — Det. 6:6, 7.

19 Ki sa “antre” Pawòl Jewova a “nan kè” pitit ou vle di? “Antre nan kè” vle di “anseye epi grave nan kè grasa repetisyon ki fèt souvan”. Pou paran yo rive fè sa, yo bezwen pase tan ak timoun yo regilyèman. Pafwa paran yo ka dekouraje akoz yo oblije repete menm bagay yo. Men, paran yo ka fè tout sa yo kapab pou yo konsidere sa kòm yon mwayen pou yo ede pitit yo konprann Pawòl Bondye a e pou yo aplike l.

w06 1/4 9 § 4

Paran — Se pou w bay pitit ou bon egzanp

Natirèlman, timoun se timoun, menmsi gen ladan yo ki gen tèt di e ki menm parèt rebèl (Jenèz 8:21). Ki sa paran yo dwe fè? Bib la di: “Bagay moun sòt mare byen di nan kè yon timoun, men, baton disiplin nan ap retire yo voye byen lwen l.” ​(Pwovèb 22:15). Kèk moun panse pawòl sa yo ankouraje moun maltrete timoun e yo pase mòd. Nòmalman, Bib la pa ankouraje moun fè okenn kalite vyolans oswa abi. Byenke pafwa, “baton” y ap pale la a kapab literal, men li reprezante otorite paran yo egzèse sou pitit yo avèk fèmte e avèk lanmou yon fason ki apwopriye pou byennèt etènèl pitit yo. — Ebre 12:7-11.

Trezò espirityèl

w21.08 22 § 11

Chèche jwenn kè kontan nan sa w kapab fè pou Jewova

11 Menm jan an tou, nou kapab gen plis kè kontan lè nou met tout kè nou nan kèlkeswa sa yo ban n fè nan sèvis Jewova a. Se pou nou “okipe anpil” nan travay predikasyon an, e se pou n patisipe ak tout kè nou nan aktivite kongregasyon an (Tra. 18:5; Ebre 10:24, 25). Byen prepare reyinyon yo pou w ka fè kòmantè ki ankourajan. Bay kèlkeswa patisipasyon ou gen nan reyinyon lasemèn nan anpil enpòtans. Si yo mande w fè yon travay nan kongregasyon an, veye pou w pa rive anreta epi byen fè travay la. Lè yo ba w fè yon travay, pa panse li pa enpòtan e w pa bezwen pèdi tan w ladan l. Fè efò pou w byen fè travay ou (Pwo. 22:29). Plis ou travay di pou Jewova, se plis w ap vin zanmi l, e w ap gen plis kè kontan (Gal. 6:4). L ap pi fasil tou pou w rejwi ak moun ki resevwa yon privilèj ou ta renmen genyen. — Wom. 12:15; Gal. 5: 26.

21-27 JIYÈ

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A PWOVÈB 23

Prensip ki chaje ak sajès ki gen rapò ak bwason ki gen alkòl

w04 1/12 28 § 5-6

Kenbe yon pwennvi ekilibre nan itilize bwason ki gen alkòl

5 Èske sa mal si yon moun ap plede bwè, men moun pa janm wè l sou? Gen moun menmsi yo bwè anpil se apèn si moun ap remake sa. Sepandan, yon moun ki panse pratik sa a se pa yon pratik ki mal, se yon moun k ap twonpe tèt li (Jeremi 17:9). Tikras pa tikras, yon moun kapab vin abitye tèt li ak bwason ki gen alkòl e moun sa a ka vin “esklav anpil diven”. (Tit 2:3.) Pou sa ki konsène fason yon moun ka vin tounen yon bwasonyè, men sa Caroline Knapp, yon ekriven, di: “Sa kòmanse dousman, tikras pa tikras, anba anba”. Se pa ti danje ki genyen nan plede bwè bwason ki gen alkòl!

6 Annou konsidere tou avètisman Jezi te bay lè li te di: “Veye kò nou, pou kè nou pa janm vin lou nan fè eksè nan manje, nan bwè twòp, nan tètchaje lavi a, e bridsoukou pou jou sa a pa rive tousuit sou nou, tankou yon pyèj. Wi, l ap vini sou tout moun ki abite sou tout tè a.” ​(Lik 21:34, 35). Yon moun pa bezwen rive nan yon pwen kote li bwè pou l sou. Depi anvan sa, li kapab santi li vin lou e li anvi kabicha fizikman e menm espirityèlman. Ki sa k ap rive l si jou Jewova a ta vin jwenn li nan yon eta konsa?

it-1 1222

Bwè pou sou

Bib la kondane sa. Bib la kondane lè yon moun bwè bwason ki gen anpil alkòl jiskaske l vin sou. Moun ki te ekri liv Pwovèb la, yon moun ki saj, te dekri yon fason ki klè efè sa genyen lè moun fè eksè nan bwè bwason ki gen alkòl, e deskripsyon li te fè a ann amoni ak lasyans. Men ki avètisman li bay: “Ki moun ki nan malè? Ki moun ki santi l pa byen? Ki moun ki nan lobo? Ki moun k ap mache plenyen? Ki moun ki blese pou granmesi? Ki moun je l tou wouj? Se moun ki pase anpil tan ap bwè tafya, e moun k ap chèche tafya ki pike. Pinga w gade l lè l klere nan vè a [lè tafya a parèt bèl e li klere], e l ap desann swa nan gòj ou. “Paske, alafen li mòde tankou yon sèpan e li lage yon pwazon menm jan ak yon vipè [li ka fè yon moun malad fizikman (pa egzanp, li ka lakòz moun nan malad nan fwa) e mantalman (sa vle di, li ka fè moun nan ap depale), e li ka menm lakòz lanmò]. Je w ap wè bagay ki dwòl [alkòl aji sou pati ki kontwole sèvo a, li fè presyon sou li; sa ki ka lakòz ou pa gen kontwòl tèt ou; w ap reve je klè; ou pa fin sonje sa w ap di e w ap rakonte yon seri eksperyans moun pa ka kwè yon fason ki fè moun ri; ou vin san wont], e se pawòl kwochi k ap sot nan kè w [w ap eksprime panse ak dezi ou pa t ap janm eksprime nòmalman].” — Pw 23:29-33; Oz 4:11; Mt 15:18, 19.

Men ki jan ekriven an kontinye dekri ki jan tafyatè a santi l: “W ap tankou yon moun ki kouche nan mitan lanmè [w ap tankou yon moun k ap nwaye nan dlo, e finalman, ou vin endispoze], tankou yon moun ki kouche sou tèt yon ma batiman [menm jan tèt ma batiman an se kote ki pi enstab nan batiman an, se konsa tou, lavi tafyatè a ye, li ka fè yon aksidan, yon stwok, li ka tonbe nan goumen oswa nan nenpòt lòt pwoblèm]. ‘Yo frape m, men, mwen pa santi sa. Yo bat mwen, men, mwen pa konn sa [se sa tafyatè a di, kòmsi l ap pale ak tèt li; li pa wè sa k ap pase l yo e li pa santi doulè ki nan kò l la]. Ki lè je m ap klè? Mwen ta bwè yon ti kou ankò [li dwe tèlman sou, sa fè dòmi pote l ale, epoutan, li vin esklav alkòl e li pa ka tann pou l bwè plis kou sa posib].’” L ap vin pòv paske l gaspiye anpil lajan nan tafya, e piske moun pa fè l konfyans ankò, li pa ka jwenn travay. — Pw 23:20, 21, 34, 35.

Trezò espirityèl

w04 1/11 31 § 2

Kesyon lektè yo poze

Pa egzanp, lè yon moun obèz, sa ka yon siy ki montre li aloufa, men sa pa otomatik. Yon moun ka obèz akoz yon maladi. Yon moun ka obèz tou paske l pran sa nan fanmi l. Epi, nou dwe sonje lè yon moun obèz se yon kondisyon fizik, tandiske lè yon moun aloufa, se yon mantalite. Yo di yon moun obèz “lè li gen twòp grès nan kò l”, tandiske yo di yon moun aloufa lè l “ava oswa l manje depase limit”. Sa vle di, se pa gwosè yon moun ki montre li aloufa, men se konpòtman l devan manje. Yon moun ka gen yon gwosè nòmal oswa li ka menm mens anpil, epoutan li se yon aloufa. Mete sou sa, moun pa wè gwosè oswa fòm kò moun menm jan tout kote.

28 JIYÈ –3 OUT

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A PWOVÈB 24

Chèche jwenn fòs pou lè w jwenn pwoblèm

it-2 563 § 4

Pèsekisyon

Epitou, kretyen yo renmen rekonpans k ap tann moun ki andire yo. Men sa Jezi te di anpalan de rekonpans sa a: “Byennere moun ki jwenn pèsekisyon poutèt y ap fè sa ki jis, piske Wayòm syèl la se pou yo.” ​(Mt 5:10). Lefètke yo konnen esperans rezirèksyon an e yo konnen Sila a ki bay esperans sa a, sa fòtifye yo. Sa ba yo fòs pou yo ret fidèl ak Bondye menmsi moun k ap pèsekite yo vyolan anpil e yo menase yo pou yo touye yo. Piske yo gen lafwa nan sa ki vin posib grasa lanmò Jezi, yo pa pè mouri yon fason ki vyolan (Eb 2:14, 15). Mantalite yon kretyen enpòtan anpil, paske sa kapab ede l ret fidèl lè l jwenn opozisyon. “Kenbe menm mantalite Kris Jezi te genyen an nan nou. [...] Li te vin obeyisan jis li mouri, wi, jis li mouri sou yon poto soufrans.” ​(Flp 2:5-8). “Poutèt kè kontan ki te rezève pou [Jezi] a, li andire anba lanmò sou yon poto soufrans, li meprize lawont.” — Eb 12:2; gade tou 2Ko 12:10; 2Te 1:4; 1P 2:21-23.

w09 15/12 18 § 12-13

Annou bat pou nou kenbe jwa nou menm lè nou gen pwoblèm

12 Men sa Pwovèb 24:10 (NW) di: “Èske w montre w dekouraje nan jou detrès? Fòs ou ap piti.” Gen yon lòt pwovèb ki di: “Lè ou nan lapenn, ou kagou.” ​(Pwo. 15:13). Gen kretyen ki tèlman dekouraje, yo sispann li Bib la e yo sispann medite sou li. Yo ka vin ap priye san yo pa reflechi sou sa y ap di, e yo gendwa menm izole tèt yo parapò ak lòt kretyen yo. Pa gen dout nan sa, si yo rete nan eta sa a, sa kapab danjere pou yo. — Pwo. 18:1, 14.

13 Yon lòt bò, si nou gen yon atitid pozitif, sa ap ede nou konsantre sou aspè nan lavi nou ki kapab fè nou jwenn plezi e ki kapab ban nou lajwa. Men sa David te ekri: “Bondye mwen, mwen pran plezi m nan fè sa ou vle m fè.” ​(Sòm 40:8). Lè bagay yo ale mal pou nou, nou pa dwe janm kanpe sou aktivite k ap ban nou fòs ki fè pati adorasyon n ap bay Jewova a. Yon bagay ki kapab ede nou konbat dekourajman se lè nou patisipe nan aktivite k ap fè kè nou kontan. Jewova di nou nou kapab pran plezi nan li Pawòl li a regilyèman e nan etidye l regilyèman e nou kapab jwenn lajwa ladan yo tou (Sòm 1:1, 2; Jak 1:25). Nou jwenn “bon pawòl” ki kapab ankouraje nou e ki kapab fè kè nou kontan ni nan Ekriti Sakre yo, ni nan reyinyon yo. — Pwo. 12:25; 16:24.

w20.12 15

Kesyon lektè yo poze

Pwovèb 24:16 di: “Moun ki jis la ka tonbe sèt fwa, men l ap leve ankò.” Èske vèsè sa a ap pale de yon moun ki tonbe nan peche plizyè fwa, men apre sa Bondye padone l?

An reyalite, se pa sa vèsè sa a vle di. Okontrè, li gen rapò ak yon moun ki tonbe, nan sans li pa sispann jwenn pwoblèm oswa difikilte, men, li leve ankò, nan sans li pa kite sa pote l ale.

An reyalite, nan Pwovèb 24:16, mo “tonbe” a pa gen yon sans moral, pa egzanp lè yon moun tonbe nan peche. Okontrè, li gen rapò ak lè yon moun pa sispann jwenn pwoblèm oswa difikilte youn dèyè lòt. Nan monn mechan sa a n ap viv jodi a, yon moun ki jis gendwa gen pwoblèm sante oswa lòt pwoblèm. Li ka menm sibi gwo pèsekisyon anba men otorite yo. Sepandan, li kapab gen asirans Bondye ap soutni l, l ap ede l fè fas ak pwoblèm yo e l ap ede l reyisi. Mande tèt ou: ‘Èske m pa konn wè souvan sa fini byen pou sèvitè Bondye yo?’ Poukisa? Se paske nou gen konfyans “Jewova ede tout moun ki prèt pou tonbe e li leve tout moun ki koube byen ba”. — Sòm 41:1-3; 145:14-19.

Trezò espirityèl

w09 15/10 12

Kesyon lektè yo poze

Nan tan biblik yo, si yon gason te vle “fonde fwaye” l, sètadi si l te vle marye pou l gen yon fanmi, li te dwe poze tèt li kesyon sa a: ‘Èske m pare pou m pran swen yon madanm ak timoun mwen menm ak madanm mwen ka vin genyen pi devan?’ Anvan pou l te marye e pou l te fè pitit, travay li te gen pou l fè se te pran swen jaden l ak rekòt li. Gen yon tradiksyon Labib (Today’s English Version) ki byen fè ide sa a parèt. Men ki jan l tradui vèsè sa a: “Pinga w bati yon kay e pinga w fè yon fanmi anvan jaden w pare epi ou sèten w ap gen mwayen pou w fè ase lajan pou w viv.” Èske menm prensip sa a valab jodi a?

Wi. Yon gason ki vle marye ta dwe prepare l kòrèkteman pou l pran responsablite sa a. Si li pa gen yon pwoblèm fizik, li dwe travay. Natirèlman, yon gason dwe travay di pou l pran swen fanmi l nan domèn materyèl, men se pa nan sans sa a sèlman li dwe fè efò. Pawòl Bondye a montre yon gason ki pa pran swen fanmi l nan domèn materyèl, nan domèn afektif ak nan domèn espirityèl pi mal pase yon moun ki pa gen lafwa (1 Tim. 5:8). Se sa k fè yon jenòm ki ta renmen marye ta dwe poze tèt li kesyon sa yo: ‘Èske mwen santi m pare pou m pran swen yon fanmi nan domèn materyèl? Èske m pare pou m pran swen yon fanmi nan domèn espirityèl? Èske m ap ka pran responsablite pou m etidye Labib regilyèman ak madanm mwen ak pitit mwen?’ Pa gen dout nan sa, Pawòl Bondye a mete aksan sou responsablite enpòtan sa yo. — Det. 6:6-8; Efe. 6:4.

Donk, yon jenòm k ap chèche yon fi pou l marye ta dwe byen reflechi sou prensip nou jwenn nan Pwovèb 24:27 la. Menm jan an tou, li t ap bon pou yon jèn fi mande tèt li si l pare pou l marye e pou l gen pitit. Moun ki anvizaje marye yo ak moun ki pa gen lontan depi yo marye yo ta dwe poze tèt yo menm kesyon sa yo si yo ta renmen gen pitit (Lik 14:28). Konsèy sa yo kapab ede sèvitè Bondye yo evite anpil tètchaje e yo kapab ede yo gen kè kontan nan fanmi yo.

4-10 OUT

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A PWOVÈB 25

Prensip ki chaje ak sajès k ap ede nou pale byen

w15 15/12 19 § 6-7

Sèvi ak pouvwa lang ou pou w fè byen

6 Pawòl nou jwenn nan Pwovèb 25:11 yo montre jan l enpòtan pou n chwazi bon moman pou n pale. Men sa l di: “Tankou pòm annò nan kabare ki fèt ann ajan, se konsa pawòl moun di nan bon moman ye.” Pòm annò yo poukont yo bèl anpil. Si yo ta mete yo nan yon kabare ki fèt ann ajan, sa t ap fè yo pi bèl toujou. Menm jan an tou, lè n pran san n pou n chwazi bon moman pou n pale, sa ka bay pawòl nou plis fòs e yo ka vin pi bèl. Kòman sa?

7 Gendwa se egzakteman pawòl n ap di yo moun k ap koute n yo bezwen tande toutbon, men, si n pa chwazi bon moman pou n pale, moun yo ka pa konprann sans sa n di yo. (Li Pwovèb 15:23.) Pa egzanp, nan mwa mas 2011, yon tranblemanntè ak yon sounami te ravaje kèk pati nan lès peyi Japon. Gen plizyè vil ki te kraze e plis pase 15 000 moun te pèdi lavi yo. Byenke Temwen Jewova nan zòn nan t ap soufri menm jan ak pwochen yo, yo te pwofite tout okazyon pou yo sèvi ak Bib la pou yo rekonfòte moun ki nan lapenn yo. Men, gen anpil moun nan zòn nan ki te gen kwayans ki byen anrasinen nan relijyon Boudis la ki pa t konn anpil bagay sou Bib la oswa yo ki pa t konn anyen ditou sou li. Frè nou yo te wè li pa t ap bon pou yo pale ak moun ki viktim yo de esperans rezirèksyon an tousuit apre sounami an. Olye de sa, yo te sèvi ak kapasite yo genyen pou yo pale a pou yo ede moun yo nan domèn afektif e yo itilize Labib pou yo esplike yo rezon ki fè malè konsa rive moun ki inosan.

w15 15/12 21 § 15-16

Sèvi ak pouvwa lang ou pou w fè byen

15 Menm jan sa n ap di a enpòtan, fason nou di l la enpòtan tou. Lè Jezi t ap pale nan sinagòg ki te nan vil Nazarèt kote l te grandi a, moun yo te “sezi pou bèl pawòl ki t ap sot nan bouch li”. (Lik 4:22.) Pou pawòl nou di yo ka bèl, yo dwe sot nan kè nou, e nan okenn fason, yo pap retire nan pouvwa lang nou. Anfèt, lè n di bèl pawòl, sa ka fè n konvenk moun yo pi byen (Pwo. 25:15). Nou ka imite bèl pawòl Jezi te di yo lè n montre n se moun ki janti, ki gen bon jan e ki pran santiman lòt moun an konsiderasyon. Lè Jezi te wè tout efò yon foul moun te fè pou vin koute l k ap pale, li te vin gen pitye pou yo e l te “kòmanse anseye yo anpil bagay”. (Mak 6:34.) Menm lè yo te joure Jezi, li pa t janm sèvi ak pawòl ki blesan. — 1 Pyè 2:23.

16 Li ka difisil pou n pale avèk dousè epi pou n veye sou sa n ap di lè moun k ap koute n nan se yon moun nou konnen byen. Nou ka santi n lib pou n di tout sa k sou kè n. Sa kapab vre kit n ap pale ak yon manm fanmi nou kit n ap pale ak yon bon zanmi nan kongregasyon an. Èske Jezi te panse relasyon sere li te gen ak disip li yo te ba l dwa pou l pale byen di ak yo? Non, jamè! Lè disip ki te pi pwòch li yo te kontinye ap bay tèt yo pwoblèm konsènan kiyès nan yo ki pi enpòtan, Jezi te sèvi ak pawòl ki dous ansanm ak egzanp yon timoun piti pou l te korije yo (Mak 9:33-37). Ansyen yo ka suiv egzanp Jezi lè yo bay konsèy “avèk dousè”. — Gal. 6:1.

w95 1/4 17 § 8

Ki jan nou youn ka pouse lòt gen lanmou epi fè bèl aksyon?

8 Grasa egzanp nou, nou tout ka ankouraje youn lòt nan sèvis Bondye a. Se sèten, Jezi te ankouraje moun ki t ap koute l yo. Li te renmen travay predikasyon an e l te konn fè lwanj pou li. Li te di travay sa a te tankou manje pou li (Jan 4:34; Women 11:13). Lefètke l te chofe nan travay la, sa te fè lòt moun anvi fè travay sa a. Èske w ka kite lòt moun wè jan w kontan fè travay predikasyon an? Pataje bèl eksperyans ou fè nan travay predikasyon an ak lòt moun nan kongregasyon an, toutpandan w ap evite vante tèt ou. Lè w envite lòt moun preche avè w, chèche wè ki jan w ka ede yo pran plezi nan pale ak lòt moun konsènan Jewova, Gran Kreyatè nou an. — Pwovèb 25:25.

Trezò espirityèl

it-1 670

Dousè

Se lafwa ak fòs yon moun genyen ki fè l gen dousè. Li pa pèdi ekilib li oswa bonsans li fasil. Yon moun manke dousè paske li pa santi l an sekirite, li fristre, li pa gen lafwa ak esperans, e li menm dezespere. Men ki jan yon pwovèb pale de moun ki pa gen dousè a: “Tankou yon vil ki pa gen miray yo anvayi, se konsa yon moun ki pa ka kontwole tèt li ye.” ​(Pw 25:28). Li fasil pou move panse anvayi l, sa ki ka pouse l fè move aksyon.

11-17 OUT

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A PWOVÈB 26

Rete lwen “moun sòt” la

it-2 602 § 1

Lapli

Sezon. Petèt, li te nòmal pou yo konsidere ete ak ivè, de pi gwo sezon ki gen nan Peyi Bondye te pwomèt la, kòm sezon sechrès ak sezon lapli. (Konpare ak Sm 32:4; Ch 2:11, nòt.) Soti nan mitan avril pou rive nan mitan oktòb, pa gen anpil lapli. Pa konn tèlman gen lapli nan peryòd kote moun yo ap fè rekòt. Pwovèb 26:1 montre pa t konn gen lapli pandan peryòd rekòt la. (Konpare ak 1Sa 12:17-19.) Lapli pa konn tonbe toutan pandan sezon lapli a, gen jou ki konn gen bèl solèy. Piske konn gen fredi nan peryòd sa a tou, lè lapli tonbe, moun te konn ap tranble (Esd 10:9, 13). Se sa k fè, lè yon moun nan yon kay ki konfòtab, li byen kontan. — Eza 4:6; 25:4; 32:2; Jòb 24:8.

w87 1/10 19 § 12

Disiplin bay lapè kòm rezilta

12 Kèk moun kapab bezwen disiplin ki pi sevè pase sa ki nesesè. Men sa Pwovèb 26:3 di: “Fwèt la pou bat cheval, baboukèt la pou met nan bouch bourik, e baton la pou do moun ki sòt.” Pafwa, Jewova te konn kite Izrayèl, pèp li a, soufri akoz pwoblèm yo rale sou tèt yo. Men sa sòm nan di: “Paske, yo te rebele kont sa Bondye te di, yo te meprize konsèy Sila a ki nan pi gwo pozisyon an te ba yo. Li te kite yo tonbe nan pwoblèm pou l te ka imilye kè yo. Yo te tonbe atè e pa t gen pèsonn pou ede yo. Lè bagay yo te rèd anpil pou yo, yo te rele Jewova pou yo mande l sekou, e li te sove yo nan sitiyasyon difisil yo te ye a.” ​(Sòm 107:11-13). Sepandan, gen kèk moun sòt ki tèlman gen tèt di, yo pa aksepte okenn disiplin. Pwovèb la di: “Yon moun ki fè tèt di apre yo fin korije l yon pakèt fwa, nan yon ti moman y ap kraze l e li pap ka refè.” — Pwovèb 29:1.

it-1 357 § 3

Bwete, enfim

Lè yo itilize l nan yon pwovèb. Men sa Salomon, yon wa ki te gen sajès te di: “Yon moun ki koupe pye l [sa ki t ap fè l vin ap bwete] fè tèt li mechanste menm jan ak yon moun ki bay yon moun sòt regle yon bagay pou li.” Vrèmanvre, yon moun ki bay yon moun sòt regle nenpòt bagay pou li ap kraze pwòp enterè l. Wè pa wè, pwojè l la ap kraze, sa k ap lage l nan gwo pwoblèm. — Pw 26:6.

Trezò espirityèl

it-2 1006

Sòt

Lè w reponn yon moun sòt “pou bagay moun sòt l ap di”, sa vle di lè w itilize menm rezònman avè l, sa fè w vin dakò ak vye rezònman l yo e ak vye fason l panse yo. Pou nou pa vin menm jan ak yon moun sòt, men ki konsèy pwovèb la bay: “Pa reponn moun ki sòt la pou bagay moun sòt l ap di.” Yon lòt bò, Pwovèb 26:4, 5 montre sa ka itil pou w reponn moun sòt la “pou bagay moun sòt l ap di”, sa vle di lè w analize repons li yo, pou w montre jan se pawòl moun sòt, e pou w montre rezònman l yo mennen nan yon konklizyon ki diferan nèt ak konklizyon pa l yo.

18-24 OUT

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A PWOVÈB 27

Fason bon zanmi ede nou

w19.09 5 § 12

Jewova bay moun k ap sèvi l avèk imilite yo anpil valè

12 Yon moun ki gen imilite renmen lè yo ba l konsèy. Ann pran yon egzanp: Imajine w al nan reyinyon. Apre w fin pale ak plizyè kwayan parèy ou, gen youn ki rale w sou kote pou l di w gen yon ti kras manje ki kole nan dan w. Se sèten, w ap santi w jennen. Men, èske w pap kontan dèske l di w sa? Anfèt, ou ta swete pou yon lòt moun te gentan di w sa anvan! Menm jan an tou, si nou gen imilite, nou ta dwe kontan anpil lè yon kwayan parèy nou met kouraj sou li pou l ban nou konsèy. Nou pap pran moun sa a pou ènmi nou, men n ap konsidere l kòm zanmi nou. — Li Pwovèb 27:5, 6; Gal. 4:16.

it-2 669 § 7

Pwochen, vwazen

Sepandan, li bon pou n fidèl ak yon zanmi e pou n fè l konfyans, epi mande l èd lè n bezwen sa. Men konsèy pwovèb la bay: “Pinga w bliye zanmi w oswa zanmi papa w, e pinga w al lakay frè w lè w nan malè. Yon vwazen [chakenn] ki toupre pi bon pase yon frè ki byen lwen.” ​(Pw 27:10). Ta sanble ekriven an te vle di nou dwe bay yon zanmi pwòch fanmi nou plis valè epi al mande l èd pito olye n ap mande yon fanmi pwòch, tankou yon frè nou, men ki abite lwen nou, paske li ka pa pare oswa li pa nan pi bon pozisyon pou l ede nou menm jan ak zanmi an.

w23.09 10 § 7

Nou menm jèn, ki jan nou ta renmen lavi n ye?

7 Youn nan leson nou ka aprann nan move desizyon Jewowas te pran sèke nou bezwen chwazi zanmi k ap gen bon enfliyans sou nou, zanmi ki renmen Jewova e ki vle fè kè l kontan. Nou pa oblije fè zanmi ak moun ki gen menm laj avè n sèlman. Sonje Jewowas te pi jèn lontan pase Jewoyada, zanmi l lan. Men kesyon w ka poze tèt ou konsènan moun ou chwazi kòm zanmi w: ‘Èske yo ede m gen plis lafwa nan Jewova? Èske yo ankouraje m viv ann amoni ak prensip Bondye yo? Èske yo konn pale konsènan Jewova e konsènan verite l yo ki gen anpil valè? Èske yo montre yo gen respè pou prensip Bondye yo? Èske yo annik di m sa m ta renmen tande oswa èske yo gen kouraj pou yo korije m si m pral nan yon move chemen?’ ​(Pwo. 27:5, 6, 17). Franchman, si zanmi w yo pa renmen Jewova, ou pa bezwen yo kòm zanmi. Men, si yo renmen Jewova, kontinye ret zanmi yo, y ap toujou ede w. — Pwo. 13:20.

Trezò espirityèl

w06 15/9 19 § 12

Pwen enteresan ki nan liv Pwovèb la

27:21. Elòj yo fè pou nou ka montre nou ki moun nou ye. Nou ka wè si nou gen imilite, si elòj yo fè pou nou an fè nou admèt tout bagay nou genyen se Jewova ki ban nou yo e l ankouraje nou kontinye sèvi l. Si yon moun pa gen imilite, sa parèt klè lè elòj yo fè pou li fè l santi l siperyè lòt moun.

25-31 OUT

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A PWOVÈB 28

Diferans ki gen ant moun ki mechan an ak moun ki jis la

w93 15/5 26 § 1

Èske w ap suiv Jewova nèt?

“Moun ki jis la brav tankou yon lyon.” ​(Pwovèb 28:1). Li demontre lafwa, li konte nèt sou Pawòl Bondye a, e li kontinye sèvi Jewova avèk kran menm lè l devan kèlkeswa danje a.

it-1 1197 § 6

Bon konprann

Moun ki vire do bay Sous la. Moun ki lage kò l nan fè sa k pa bon an vin sispann konte sou Bondye lè l ap pran desizyon oswa lè l ap fè pwojè (Jòb 34:27). Moun sa a kite kè l anpeche l wè sa l ap fè yo pa bon e li vin pa gen bon konprann (Sm 36:1-4). Menmsi li di se Bondye l ap sèvi, li bay lide lèzòm plis enpòtans pase panse Bondye yo e li pi renmen yo (Eza 29:13, 14). Li minimize move konduit li genyen, li pran yo pou “jwèt” ​(Pw 10:23) e li vin deprave, sovaj, li rezone tankou moun sòt, e li menm panse Bondye envizib la pa wè oswa pa konnen bagay mal l ap fè yo, kòmsi Bondye pa gen pouvwa pou l wè sa l ap fè yo (Sm 94:4-10; Eza 29:15, 16; Jer 10:21). Nan fason l aji, se kòmsi l t ap di: “Pa gen Jewova” ​(Sm 14:1-3) e li pa panse avè l ditou. Piske se pa prensip Bondye yo k ap gide l, li pa ka byen jije bagay yo, li pa ka byen wè pwoblèm yo, li pa ka wè tout sa ki enplike nan yon sitiyasyon, e li pa ka rive pran bon desizyon. — Pw 28:5.

it-1 1195 § 4

Entegrite

Li posib pou yon moun viv yon fason fidèl konsa, pa avèk fòs moral pa l, men se sèlman grasa gwo lafwa ak konfyans li gen nan Jewova ak pouvwa Jewova genyen pou l sove moun (Sm 25:21). Bondye pwomèt l ap yon “boukliye” ak yon “pwoteksyon” k ap veye wout moun k ap mache nan entegrite yo (Pw 2:6-8; 10:29; Sm 41:12). Lefètke yo toujou ap chèche gen favè Jewova, sa fè lavi yo vin stab, sa ki pèmèt yo atenn objektif yo san pwoblèm (Sm 26:1-3; Pw 11:5; 28:18). Jan Jòb te remake sa, malgre moun ki san repwòch la ka soufri anba dominasyon moun ki mechan an e li ka mouri ansanm ak mechan an, Jewova bay asirans li pap bliye lavi moun ki dwat yo e li bay garanti eritaj moun sa yo ap la pou toutan, y ap gen pou yo viv anpè, e Jewova ap ba yo anpil bon bagay (Jb 9:20-22; Sm 37:18, 19, 37; 84:11; Pw 28:10). Menm jan sa te ye pou Jòb, se fidelite yon moun ki fè l merite respè, se pa richès li oswa ran sosyal li (Pw 19:1; 28:6). Pitit ki gen privilèj gen yon moun konsa kòm paran mèt santi yo kontan (Pw 20:7), paske y ap resevwa yon bèl eritaj grasa bon egzanp paran yo bay e y ap benefisye nan bon repitasyon ak respè paran yo genyen.

Trezò espirityèl

w01 1/12 12 § 1

Ou ka evite yon kriz kadyak espirityèl

Twò kwè nan tèt ou. Anpil moun ki fè kriz kadyak te gen konfyans sante yo te anfòm anvan kriz kadyak la. Byen souvan, yo te konn neglije fè egzamen medikal, oubyen yo te konn ri egzamen sa yo epi panse yo pa nesesè. Menm jan an tou, kèk moun panse, piske yo gen lontan depi yo kretyen, anyen mal pap rive yo. Yo ka neglije egzamine tèt yo pou yo wè ki jan relasyon yo ye ak Bondye jiskaske malè rive yo. Li bon pou n pa janm bliye bon konsèy apot Pòl bay sou kesyon gen twòp konfyans nan tèt nou an, lè l te di: “Se pou moun ki panse li kanpe a fè atansyon pou l pa tonbe.” N ap montre nou gen sajès si nou rekonèt se pechè nou ye e nou egzamine tèt nou detanzantan pou n wè ki jan relasyon nou ye ak Bondye. — 1 Korentyen 10:12; Pwovèb 28:14.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje