BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lmd leson 4
  • Montre w gen imilite

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Montre w gen imilite
  • Renmen moun, epi fè disip
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa Pòl te fè
  • Ki sa nou aprann sou Pòl?
  • Imite Pòl
  • Jewova bay moun k ap sèvi l avèk imilite yo anpil valè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Annou kiltive vrè imilite a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • “ Mwen gen imilite nan kè m ”
    “Vin suiv mwen”
  • Jezi ban nou egzanp nan fason pou n demontre imilite
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
Gade plis
Renmen moun, epi fè disip
lmd leson 4

FASON POU W KÒMANSE KONVÈSASYON

Apot Pòl, yo mare ak yon sòlda, k ap pale avèk respè ak wa Agripa, gouvènè Festis ak Berenis.

Tra. 26:​2, 3

LESON 4

Montre w gen imilite

Prensip: “Avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou.” — Flp. 2:3.

Sa Pòl te fè

Apot Pòl, yo mare ak yon sòlda, k ap pale avèk respè ak wa Agripa, gouvènè Festis ak Berenis.

VIDEYO: Pòl preche wa Agripa

1. Gade VIDEYO a, oubyen li Travay 26:​2, 3. Epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  1. Ki jan Pòl te montre li gen imilite nan fason l te pale ak wa Agripa?

  2. Ki jan Pòl te atire atansyon sou Jewova e sou Pawòl Jewova a, olye l te atire atansyon sou tèt li? — Gade Travay 26:22.

Ki sa nou aprann sou Pòl?

2. Mesaj nou an pi atire moun yo lè nou pale ak yo avèk imilite e avèk respè.

Imite Pòl

3. Pale avè l avèk respè. Pinga w fè moun nan konprann ou konn tout bagay e li menm li pa konn anyen. Pale avè l avèk respè.

4. Fè l santi byen klè verite w ap anseye yo soti nan Bib la. Panse ki gen nan Pawòl Bondye a gen pouvwa pou yo touche kè moun nan. Lè nou sèvi ak Bib la, n ap fè lafwa moun yo chita sou yon bon fondasyon.

5. Kontinye montre w dou. Pa plede ap chèche montre w gen rezon. Nou pa vle nan goumen ak moun yo. Montre w gen imilite lè w rete kalm, e se pou w konnen nan ki moman pou w ale (Pwo. 17:14; Tit 3:2). Lè w pale ak yon moun avèk dousè, petèt moun nan ap koute mesaj nou an yon lòt fwa.

GADE TOU

Wom. 12:​16-18; 1 Kor. 8:1; 2 Kor. 3:5

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje