BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lmd leson 3
  • Pale epi aji avèk bonte

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pale epi aji avèk bonte
  • Renmen moun, epi fè disip
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa Jezi te fè
  • Ki sa nou aprann sou Jezi?
  • Imite Jezi
  • Montre w enterese nan lòt moun
    Renmen moun, epi fè disip
  • Ann kite “bonte” pouse n aji
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Ann toujou manifeste bonte nan yon monn ki pa favorab
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Pèp Bondye a fèt pou l renmen bonte
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
Gade plis
Renmen moun, epi fè disip
lmd leson 3

FASON POU W KÒMANSE KONVÈSASYON

Jezi k ap pwoche bò kot yon mesye ki avèg avèk jantiyès pou l ka geri l.

Jan 9:​1-7

LESON 3

Pale epi aji ak bonte

Prensip: “Lanmou gen [...] byenveyans.” — 1 Kor. 13:4.

Sa Jezi te fè

Jezi k ap pwoche bò kot yon mesye ki avèg avèk jantiyès pou l ka geri l.

VIDEYO: Jezi geri yon mesye ki avèg

1. Gade VIDEYO a, oubyen li Jan 9:​1-7. Epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  1. Ki sa Jezi te fè an premye, èske l te geri mesye ki te avèg la oswa li te pataje bon nouvèl la avè l anvan? — Gade Jan 9:​35-38.

  2. Poukisa sa Jezi te fè a te ka fè mesye sa a plis dispoze koute bon nouvèl la?

Ki sa nou aprann sou Jezi?

2. Yon moun ap pi fasil koute mesaj nou an si l wè nou enterese nan li.

Imite Jezi

3. Mete w nan plas moun nan. Eseye imajine ki jan l santi l.

  1. Mande tèt ou: ‘Ki sa petèt k ap enkyete moun sa a? Ki sa k ka itil li e k ap enterese l?’ Si w fè sa, w ap demontre w gen bonte pou moun nan yon fason ki natirèl, e w ap fè sa ak tout kè w.

  2. Montre w bay sa k ap trakase yon moun anpil valè lè w koute l. Si l di w yon bagay k ap ba l pwoblèm oubyen yon pwoblèm l ap rankontre, pa jis pase sou sa.

4. Pale avè l avèk byenveyans e avèk respè. Lè w gen konpasyon pou moun nan e w vle ede l toutbon, sa ap parèt nan fason w ap pale avè l. Byen chwazi mo w ap di yo e byen veye sou fason w ap pale. Epitou, pinga w di anyen ki ka blese l.

5. Chèche ede l. Chèche okazyon ki apwopriye pou w ede moun nan toutbon. Lè w byen pale e w byen aji ak yon moun, sa ka fè l pi dispoze pale avè w.

GADE TOU

Wom. 12:​15, 16; Gal. 6:10; Ebre 13:16

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje