FASON N ITILIZE OFRANN NOU YO
Itilizasyon videyo konferans pou reyinyon kongregasyon yo
26 JEN 2020
Anpil gouvènman toupatou nan monn nan mande moun yo pou yo kenbe yon sèten distans antre yo e yo pa pèmèt moun reyini ansanm. Temwen Jewova yo detèmine pou yo obeyi enstriksyon sa yo toutpandan y ap kontinye adore Jewova ansanm an sekirite. Pou yo rive fè sa, kongregasyon yo itilize aplikasyon videyo konferans, tankou Zoom, pou yo fè reyinyon yo.
Pou reyinyon yo rive fèt regilyèman, Kolèj santral la te bay apwobasyon pou yo itilize nan lajan ofrann yo pou yo achte kont Zoom pou kongregasyon yo. Se te yon gwo èd pou kèk kongregasyon ki pa t ka peye pri lisans aplikasyon videyo konferans yo, ki koute ant 15 a 20 dola ameriken oswa plis. Kongregasyon sa yo te oblije ap itilize aplikasyon ki gratis yo, men aplikasyon sa yo pa pèmèt anpil moun konekte e yo manke sekirite. Tout kongregasyon ki itilize kont Zoom òganizasyon an bay la rive pwofite opsyon sekirite li genyen yo e yo vin ka gen anpil moun ki konekte nan chak reyinyon. Rive jodi a, gen plis pase 65 000 kongregasyon nan plis pase 170 peyi k ap itilize kont sa yo.
Nan peyi Endonezi, kongregasyon Kayiragi a ki nan vil Manado, nan zòn Soulawezi dinò, te sispann itilize yon aplikasyon videyo konferans ki te gratis pou l te ka itilize kont Zoom òganizasyon an bay la. Men sa frè Hadi Santoso di: “Menm frè ak sè ki pa twò abitye itilize aparèy elektwonik yo ka pwofite reyinyon yo kounye a, e se sitou paske yo pa genyen pou y ap plede dekonekte rekonekte ankò pandan reyinyon an.”
Nan peyi Ekwatè, gen yon ansyen ki rele Lester Jijón Jr. ki nan kongregasyon Gwayakanès Ès nan vil Guayaquil ki fè konnen: “Akoz sitiyasyon ekonomik anpil frè ak sè, li t ap vrèman enposib pou kèk kongregasyon rive peye pou lisans Zoom nan ki t ap pèmèt tout kongregasyon an konekte pou reyinyon yo. Kounye a, grasa òganizasyon an, nou gen kont Zoom ki pèmèt anpil moun konekte, konsa nou vin ka envite lòt moun asiste reyinyon nou yo san pwoblèm, san nou pa enkyete nou pou kantite koneksyon ki posib.”
E nan peyi Zanbi, Johnson Mwanza, yon ansyen nan kongregasyon Ngwerere Nò nan vil Lusaka, te ekri pou l di: “Anpil frè ak sè pa sispann di: ‘Kont Zoom òganizasyon an fè nou jwenn nan nonsèlman fè n santi n pi pwòch frè ak sè n yo, men tou li montre n nan ki pwen Jewova renmen nou e li gen sousi pou nou.’”
Òganizasyon an rive achte kont sa yo ak kòb ki la pou ede lè gen katastwòf. E se grasa ofrann volontè ki fèt pou travay mondyal la ki pèmèt nou gen kòb sa a. Anpil nan ofrann sa yo fèt pa mwayen paj entènèt donate.jw.org la. Nou di nou yon gwo mèsi pou ofrann sa yo, ki pèmèt nou bay lòt kalite èd tou toupatou nan monn nan. — 2 Korentyen 8:14.