FASON N ITILIZE OFRANN NOU YO
Yon seri chante ki fè nou vin pi pwòch ak Bondye
1YE NOVANM 2021
Mizik se yon bèl kado Jewova bay. Li gen efè sou panse nou, li gen efè sou fason nou santi nou e li pouse nou aji. Se sa chante nou yo fè. Anfèt, chante sa yo fè plis pase sa. Yo ede nou vin pi pwòch ak Jewova.
Depi 2014, yo fè plis pase 70 chante, e kounye a gen omwen youn nan chante yo ki disponib nan plis pase 500 lang! Men, petèt w ap mande tèt ou, ‘Kiyès ki travay pou fè chante sa yo e ki jan yo rive fè yo?’
Yon ti koudèy sou fason frè yo fè chante yo
Se ekip mizik ki nan depatman Odyo/Videyo a ki travay anba direksyon komite ansèyman ki nan Kolèj santral la ki fè chante yo. Gen 13 frè ak sè ki nan ekip mizik la e yo bay koutmen nan konpoze mizik yo, nan fè travay teknik pou aranje mizik yo, nan prepare orè yo ak nan lòt travay yo. Mete sou sa, Komite pou ansèyman an bay apwobasyon pou yon seri volontè ki toupatou sou tè a bay koutmen nan travay sa a, sa gen ladan l moun ki konpoze mizik, mizisyen, ak chantè. Avèk imilite, frè ak sè sa yo sèvi ak talan yo san yo pa atann pou moun fè lwanj pou yo oubyen admire yo.
Ki jan yo fè chante yo? Toudabò, Komite pou ansèyman an deside sou ki vèsè pou yo baze chante a ak santiman ki dwe parèt nan chante a. Apre sa, ekip mizik la fè aranjman pou yo konpoze mizik la e pou yo ekri pawòl yo. Y ap fè yon premye anrejistreman kòm echantiyon. Komite pou ansèyman an ap koute echantiyon an epi y ap bay lòt enstriksyon. Apre sa, ekip mizik la ap fè kèk lòt aranjman nan chante a epi y ap anrejistre vèsyon final la. Yo anrejistre chante sa yo divès kote, tankou nan biwo filyal yo ak lakay moun k ap chante yo.
Frè yo sèvi ak divès kalite pwogram enfòmatik pou yo konpoze chante yo e pou yo anrejistre yo. Travay sa a mande pou yo sèvi ak yon seri ekipman tankou enstriman mizik, konsòl pou fè miksing, anplifikatè, opalè ak mikwo. Chak mikwo ka koute ant 100 dola ameriken ak plis pase 1 000 dola ameriken. Nan ane 2020 an, nou te depanse 116 000 dola ameriken pou achte ekipman pou anrejistre mizik.
Ki efò yo te fè pou fè ekonomi? Olye se yon gwo ekip mizik ki gen nan Betèl la, yo te sèvi ak anpil volontè a distans. Mete sou sa, olye frè nou yo fè yon gwo òkès reyini pou yo anrejistre, byen souvan yo te konpoze mizik yo sou òdinatè pito.
“Chante yo ede lafwa m rete djanm”
Frè ak sè yo renmen koute chante yo. Men sa Tara, k ap viv ann Almay fè konnen: “Chante yo ede m detann mwen lè m santi m enkyè. Lè m koute yo nan lang manman m se kòmsi m santi Jewova ap ban m yon akolad.” Gen yon frè nan peyi Kazakstan ki rele Dmitry ki di: “Mwen renmen posiblite m genyen pou m koute chante yo san m pa enkyete m pou m chèche konnen si yo ann amoni ak prensip ki nan Bib la. Mete sou sa, chante yo ede m ret konsantre sou bagay k ap ede m ret pwòch ak Jewova.”
Delia, k ap viv ann Afrik disid, fè konnen ki jan l konsidere chante yo. Men sa l di: “Chante yo ede lafwa m rete djanm. Lè m santi m tris, oubyen lè m jwenn eprèv, toujou gen yon chante ki koresponn ak sitiyasyon m. Byen souvan, son chante a sèlman konn gentan fè m santi m yon lòt jan!”
Gen kèk nan chante yo tout moun renmen. Men sa Lerato, ki ann Afrik disid tou, fè konnen: “Chante ‘Li toupre pou li rive’ ak ‘Monn nouvo n ap tann nan’ fè m imajine moman kote m pral akeyi manman cheri m nan. Chak fwa m koute mizik sa yo, se kòmsi m wè l ki ouvri de bra l k ap kouri vin jwenn mwen.”
Gen yon chante ki te vrèman itil yon jèn fi nan peyi Srilanka. Men sa l di: “Pwofesè syans mwen an te pale mal avè m devan tout klas la paske m se Temwen Jewova. Mwen te vin santi m pè e m pa t konn sa pou m di. Lè m te retounen lakay mwen, manman m te ankouraje m koute chante ‘Etidye fè w djanm’ nan. Chante sa a te ede m wè m bezwen fè rechèch e m bezwen prepare fason pou m reponn. Nan demen, mwen te pale ak pwofesè a. Li te koute m epi li te fè m konnen li pi byen konprann kwayans Temwen Jewova yo kounye a. Mwen remèsye òganizasyon Jewova a pou chante ankourajan sa yo.”
Ki jan nou jwenn lajan pou fè chante sa yo? Se grasa ofrann ou fè pou soutni travay mondyal la. Anpil nan ofrann sa yo fèt selon metòd yo bay sou donate.jw.org. Nou di nou mèsi pou ofrann nou bay ak tout kè nou!