PWOVÈB
SA KI GEN NAN LIV SA A
1
2
3
Montre w saj, epi fè Jewova konfyans (1-12)
Sajès bay kè kontan (13-18)
Sajès ap pwoteje w (19-26)
Fason pou nou boule ak lòt moun (27-35)
4
5
6
Atansyon lè w ap pwomèt pou w responsab dèt yon moun (1-5)
“Al kot foumi yo, ou menm, parese” (6-11)
Moun ki pa itil anyen e ki mechan an (12-15)
Sèt bagay Jewova rayi (16-19)
Veye kò w ak fi ki pa bon an (20-35)
7
8
9
PWOVÈB SALOMON YO (10:1–24:34)
10
Yon pitit ki gen sajès fè kè papa l kontan (1)
Moun ki travay di ap rich (4)
Lè moun pale twòp, sa fè yo peche (19)
Benediksyon Jewova bay fè moun rich (22)
Lakrentif pou Jewova fè moun viv pi lontan (27)
11
Se moun ki konn limit yo ki gen sajès (2)
Aposta yo fini ak lòt moun (9)
“Tout bagay mache byen lè gen anpil moun k ap bay konsèy” (14)
Moun ki renmen bay la, zafè l ap byen mache (25)
Moun ki kwè nan richès li genyen ap tonbe (28)
12
Moun ki rayi moun korije l pa gen bonsans (1)
“Pawòl moun di san reflechi tankou kout epe” (18)
Lè moun ankouraje moun fè lapè, sa bay kè kontan (20)
Moun k ap bay manti bay Jewova degoutans (22)
Tètchaje fè kè moun vin lou (25)
13
Moun k ap chèche konsèy gen sajès (10)
Lè yon moun ap tann yon bagay e sa pa rive lè l t ap tann li an, sa fè l pèdi espwa (12)
Yon mesaje ki fidèl fè moun jwenn byenfè (17)
Moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès (20)
Moun ki bay disiplin demontre lanmou (24)
14
Lapenn yon moun se nan kè l li ye (10)
Yon wout ki parèt dwat kapab mennen nan lanmò (12)
Moun ki manke konprann nan kwè tout sa moun di (15)
Moun ki rich la gen anpil zanmi (20)
Lè kè yon moun poze, sa fè tout kò l an sante (30)
15
Yon repons ki dous kalme kòlè (1)
Je Jewova tout kote (3)
Priyè moun ki dwat yo fè Bondye plezi (8)
Kote ki pa gen dyalòg, plan pap mache (22)
Reflechi anvan w reponn (28)
16
Jewova egzamine sa k pouse yon moun aji (2)
Lage tout sa w ap fè nan men Jewova (3)
Se pou Jewova bon balans yo ye (11)
Ògèy lakòz moun tonbe (18)
Cheve blan se yon bèl kouwòn (31)
17
Pa aji mal ak moun ki fè byen pou ou (13)
Anvan diskisyon pete, wete kò w! (14)
Yon bon zanmi demontre lanmou toutan (17)
“Kè kontan se bon remèd” (22)
Yon moun ki gen bon konprann kontwole sa l ap di (27)
18
Moun ki met kò l apa a egoyis e li pa gen sajès (1)
Non Jewova se yon fò ki byen solid (10)
Richès bay yon fo pwoteksyon (11)
Li saj pou nou koute toule de pati yo (17)
Gen zanmi ki pi fidèl pase yon frè (24)
19
Bon konprann yon moun genyen fè l bese kòlè l (11)
Yon madanm ki toujou sou kont tankou yon do kay ki gen goutyè (13)
Madanm ki prevwayan an, se Jewova ki bay li (14)
Bay yon timoun disiplin pandan gen espwa toujou (18)
Li saj pou nou koute konsèy (20)
20
Diven fè moun aji yon fason ki dwòl (1)
Moun ki parese a pa al travay tè nan sezon fredi (4)
Panse moun tankou dlo ki fon (5)
Pa kouri fè ve (25)
Glwa jèn yo se fòs yo (29)
21
Jewova dirije kè yon wa kote l vle (1)
Fè sa ki dwat pi bon pase sakrifis (3)
Tout bagay ap mache byen pou moun ki travay byen an (5)
Moun ki pa koute malere yo, yo pap koute l tou (13)
Pa gen okenn sajès lakay moun ki kont Jewova yo (30)
22
Yon bon repitasyon pi bon pase anpil richès (1)
Sa yo montre yon timoun ap itil li pou tout lavi l (6)
Parase a pè lyon ki deyò a (13)
Disiplin fè timoun vin pa sòt ankò (15)
Yon moun ki fè travay li byen, se pou wa l ap travay (29)
23
Kontwole tèt ou lè moun resevwa w lakay yo (2)
Pa kouri dèyè richès (4)
Richès ka vole al kite w (5)
Pa vin yon moun ki bwè twòp (20)
Alkòl mòde tankou yon sèpan (32)
24
Pinga w anvye sò moun ki mechan (1)
Se grasa sajès y ap bati yon kay (3)
Moun ki dwat la ka tonbe, men l ap leve ankò (16)
Pa fè vanjans (29)
Ret ap kabicha fè moun pòv (33, 34)
PWOVÈB SALOMON MESYE WA EZEKYAS YO TE KOPYE (25:1–29:27)
25
Sekrè (9)
Pawòl ki byen chwazi (11)
Pa plede al lakay moun (17)
Anpile chabon ki byen limen sou tèt yon ènmi (21, 22)
Yon bon nouvèl tankou dlo fre (25)
26
Lè yon moun parese (13-16)
Pa antre nan diskisyon ki pa pou ou (17)
Evite twonpe moun epi pou n ta di se jwe n ap jwe (18, 19)
San bwa, pa gen dife (20, 21)
Pawòl yon moun k ap pale moun mal tankou yon ti manje ki gou (22)
27
Sa bon lè yon zanmi korije w (5, 6)
Pitit mwen, fè kè m kontan (11)
Fè file fè (17)
Byen konnen twoupo bèt ou (23)
Richès pa la pou toutan (24)
28
Priyè moun ki refize obeyi a bay degoutans (9)
Moun ki konfese peche yo, y ap fè yo mizèrikòd (13)
Moun k ap kouri dèyè richès pap ret inosan (20)
Li pi bon pou w korije moun pase w achte figi yo (23)
Moun ki renmen bay pa manke anyen (27)
29
Timoun yo kite l fè sa l vle a ap fè manman l wont (15)
Kote ki pa gen vizyon, pèp la lage san kontwòl (18)
Yon moun ki fè kòlè ap leve diskisyon (22)
Moun ki gen imilite a ap jwenn glwa (23)
Lakrentif pou lòm se yon pyèj (25)
PAWÒL AGOU YO (30:1-33)
30
Pa fè m ni pòv ni rich (8)
Bagay ki pa janm satisfè (15, 16)
Bagay moun pa rive konprann (18, 19)
Yon fi ki nan adiltè (20)
Bèt ki fèt ak tout sajès yo (24)
PAWÒL WA LEMWÈL YO (31:1-31)
31
Kiyès ki ka jwenn yon bon madanm? (10)
Li travay di (17)
Li pale ak bonte (26)
Pitit li ak mari l fè lwanj pou li (28)
Bote yon fi ka pa dire (30)