BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • nwt Sòm 1:1-150:6
  • Sòm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sòm
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Sòm

SÒM

PREMYE LIV

(Sòm 1-41)

1 Byennere moun ki pa suiv* konsèy mechan yo,

Ki pa kanpe nan menm chemen ak pechè yo+

E ki pa chita ak moun k ap pase sa ki dwat nan rizib+.

 2 Men, li pran plezi nan lwa Jewova a+

E li li lwa sa a tou ba* lajounen kou lannuit+.

 3 L ap tankou yon pyebwa ki plante bò kanal dlo,

Ki bay fwi lè sezon l rive,

Yon pyebwa fèy li pa fennen.

L ap reyisi nan tout sa l fè+.

 4 Mechan yo pa konsa.

Yo tankou pay van bwote ale.

 5 Se poutèt sa, y ap kondane mechan yo lè y ap jije yo+

E pap gen pechè k ap ret kanpe kote moun ki jis yo rasanble+.

 6 Paske, Jewova konnen chemen moun ki jis yo+,

Men, chemen mechan yo pap la ankò+.

 2 Poukisa nasyon yo ap bat kò yo konsa a?

E poukisa pèp yo ap pale tou ba* sou yon bagay ki pa gen valè+?

 2 Wa latè yo pran pozisyon yo

E gwo potanta yo rasanble*, yo fè yon sèl+

Kont Jewova e kont sila a li chwazi a*+.

 3 Men sa yo di: “Annou kase chenn yo itilize pou mare nou yo

E annou wete kòd yo met sou nou yo!”

 4 Sila a ki chita sou twòn li nan syèl la pral ri.

Jewova pral pase yo nan rizib.

 5 Lè sa a, l ap pale avèk yo tou an kòlè

E l ap fè yo pè tèlman l ap an kòlè.

 6 L ap di yo: “Se mwen menm ki mete wa m nan+

Sou Siyon+, mòn mwen an ki sakre.”

 7 Kite m fè konnen sa Jewova di*.

Li di m: “Ou se pitit gason m+.

Jodi a, mwen vin papa w+.

 8 Mande m sa, e m ap ba w nasyon yo kòm eritaj pa w,

M ap ba w tout tè a kòm byen pa w+.

 9 W ap kraze yo ak yon baton fè+,

W ap kraze yo kòmsi se te veso ki fèt ann ajil+.”

10 Kounye a, nou menm wa, montre nou gen bon konprann.

Aksepte yo korije nou*, nou menm jij ki sou tè a.

11 Se pou nou sèvi Jewova avèk krent,

Se pou nou gen kè kontan toutpandan nou gen lakrentif pou li.

12 Onore* pitit gason an+! Si nou pa fè sa, Bondye ap* fache,

E n ap peri+.

Paske, li ka vin an kòlè byen vit.

Byennere moun ki pran refij nan li.

Yon chante David te ekri lè l t ap kouri pou Absalon, pitit gason l+.

3 O Jewova, poukisa advèsè m yo vin anpil konsa a+?

Poukisa tout moun sa yo leve kont mwen+?

 2 Yon pakèt moun ap pale sou mwen*, y ap di:

“Bondye pap sove l+.” (Sela*)

 3 Men, ou menm, o Jewova, ou se boukliye ki pwoteje m+,

Ou se glwa m+, Sila a ki leve tèt mwen an+.

 4 M ap rele Jewova byen fò,

E l ap reponn mwen detan l sou mòn li an ki sakre+. (Sela)

 5 M ap kouche, m ap dòmi,

E m ap leve sennesòf,

Paske Jewova kontinye ede m+.

 6 Mwen pa pè plizyè milye moun

Ki antoure m e ki kont mwen yo+.

 7 O Jewova, leve kanpe! Sove m+, o Bondye m nan!

Paske, w ap frape tout ènmi m yo nan machwè,

W ap kase dan mechan yo+.

 8 Se Jewova ki bay delivrans+.

Ou beni pèp ou a. (Sela)

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Se pou yo akonpaye chante sa a ak enstriman akòd. Yon chante David te ekri.

4 O Bondye m nan, ou menm ki jis+, reponn mwen lè m rele w.

Ouvri yon chemen* pou mwen pou m chape lè m nan pwoblèm.

Fè m favè, koute priyè m.

 2 Nou menm pitit lèzòm, ki lè n ap sispann dezonore m?

Ki lè n ap sispann renmen sa k pa vo anyen e n ap sispann chèche sa k pa verite? (Sela)

 3 Se pou nou konnen Jewova ap trete moun ki fidèl avè l la yon fason espesyal*.

Jewova ap tande m lè m rele l.

 4 Menmsi nou fache, pinga nou peche+.

Pale nan kè nou sou kabann nou epi fè silans. (Sela)

 5 Ofri sakrifis n ap ofri yo nan ladwati,

E mete konfyans nou nan Jewova+.

 6 Gen anpil moun k ap di: “Kiyès k ap fè nou wè sa ki bon?”

Fè nou favè, o Jewova+.

 7 Ou fè m gen plis kè kontan

Pase moun ki rekòlte anpil danre e ki gen anpil diven.

 8 M ap kouche e m ap dòmi ak kè poze+,

Paske, se ou menm sèl Jewova ki fè m santi m an sekirite+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe sou neyilòt*. Yon chante David te ekri.

5 O Jewova, koute pawòl mwen yo+,

Tande jan m ap plenn.

 2 Koute m lè m rele w pou m mande w sekou,

Wa mwen, Bondye mwen, paske se ou menm mwen priye.

 3 O Jewova, w ap tande vwa m nan maten+.

Nan maten, m ap fè w konnen sa k enkyete m+ e m ap tann ou reponn mwen.

 4 Ou pa yon Dye ki pran plezi nan mechanste+.

Moun ki pa bon pa ka rete bò kote w+.

 5 Okenn moun awogan pa ka kanpe devan w.

Ou rayi tout moun k ap fè mechanste+.

 6 W ap detwi moun k ap bay manti yo+.

Jewova rayi moun ki vyolan ak moun k ap twonpe moun*+.

 7 Men, mwen menm, m ap vin lakay ou+ poutèt lanmou fidèl ou genyen an+,

M ap bese byen ba ak gwo lakrentif pou ou nan direksyon tanp ou an ki sakre+.

 8 O Jewova, gide m nan chemen w yo ki jis,

Ede m byen konprann chemen w yo+ poutèt ènmi m yo.

 9 Pa gen anyen yo di moun ka fè konfyans,

Se sèlman sa ki mal yo gen nan kè yo.

Gòj yo tankou yon tonm ki tou ouvri,

Yo sèvi ak lang yo pou yo flate moun*+.

10 Men, Bondye, ou gen pou w kondane yo.

Plan yo fè yo ap lakòz malè yo+.

Se pou w retire yo devan w akoz tout peche yo fè yo,

Paske yo fè rebèl avè w.

11 Men, tout moun ki pran refij bò kote w yo ap rejwi+.

Y ap toujou rele ak kè kontan.

W ap anpeche moun fè yo sa ki mal,

E moun ki renmen non w yo ap gen kè kontan poutèt ou menm.

12 Paske w ap beni moun ki jis la, o Jewova,

W ap fè l favè, e tankou yon gwo boukliye+, w ap pwoteje l.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Se pou yo akonpaye chante sa a ak enstriman akòd ki akòde sou cheminit*. Yon chante David te ekri.

6 O Jewova, pa korije m pandan w fache,

Pa korije m pandan w an kòlè+.

 2 Fè m favè*, o Jewova, paske m ap febli.

Geri m, o Jewova+, paske tout zo nan kò m ap tranble.

 3 Vrèmanvre, mwen* boulvèse anpil+,

E men sa m ap mande w, o Jewova: Pandan konbyen tan ankò m ap kontinye soufri+?

 4 O Jewova, tounen vin delivre m*+.

Sove m, paske w gen yon lanmou ki fidèl+.

 5 Moun ki mouri pa ka pale de* ou.

Èske moun ki nan Tonm* yo ka fè louwanj pou ou+?

 6 Mwen fatige tèlman m ap plenn+.

Lannuit, mwen mouye kabann mwen ak dlo nan je m*,

Mwen benyen kabann mwen nèt tèlman m kriye+.

 7 Je m febli tèlman m ap soufri+,

Je m pa wè byen* akoz tout moun sa yo k ap ban m pwoblèm.

 8 Retire kò nou sou mwen, nou tout k ap fè mechanste.

Paske, Jewova ap tande m lè m ap kriye+.

 9 Jewova ap tande demann mwen fè l pou l fè m favè+,

Jewova ap aksepte priyè m nan.

10 Tout ènmi m yo ap wont, y ap pè,

Y ap fè bak akoz lawont ap tonbe sou yo bridsoukou+.

Yon chante* David te chante pou Jewova pou l montre tristès li akoz pawòl Kouch, moun tribi Benjamen an, te di yo.

7 O Jewova, Bondye m nan, se nan ou mwen pran refij+.

Sove m anba men tout moun k ap pèsekite m yo, delivre m anba men yo+.

 2 Si w pa fè sa, y ap dechire m* menm jan ak lyon+,

Yo prale avè m e pap gen pèsonn pou delivre m.

 3 O Jewova, Bondye m nan, si m gen tò,

Si m te fè yon bagay ki pa bon,

 4 Si m te mal aji ak yon moun ki te aji byen avè m+,

Oubyen si m te pran bagay ènmi m yo posede san rezon*,

 5 Se pou w kite yon ènmi m pousuiv mwen epi l met men sou mwen*,

Se pou w kite l mache sou mwen jis li touye m,

E se pou l kite m atè a nan pousyè a, nan dezonè. (Sela)

 6 Leve kanpe pandan w tou an kòlè, o Jewova!

Kanpe devan ènmi m yo ki fache anpil+,

Leve pou mwen, epi fè m jwenn jistis+.

 7 Se pou nasyon yo rasanble toutotou w,

Se pou w aji kont yo kote w ye anlè a.

 8 Jewova ap bay pèp yo santans yo+.

Fè m jistis, o Jewova, paske mwen mache dwat devan w

E mwen fidèl+.

 9 Tanpri, met fen nan mechanste mechan yo ap fè.

Men, se pou w pwoteje moun ki jis yo+,

Paske, ou se yon Bondye ki jis+ e ki egzamine kè moun+ ak santiman ki pi pwofon yo genyen*+.

10 Bondye se boukliye m+, Sila a ki sove moun ki dwat yo+.

11 Bondye se yon Jij ki jis+.

Li fè konnen jijman li pwononse yo* chak jou.

12 Si yon moun pa vle repanti+, li file epe l+,

Li prepare banza* l e li vize l avè l+.

13 Li prepare zam fannfwa l yo,

Li prepare flèch li yo ki gen dife sou yo+.

14 Gade moun k ap planifye pou l fè mechanste a,

L ap planifye pou l fè sa ki mal e l ap bay manti+.

15 Li fouye yon twou byen fon,

Men, li tonbe nan twou li te fè a+.

16 Bagay mal li fè yo ap tounen sou tèt li+,

Vyolans li fè a ap tounen sou tèt li.

17 M ap louwe Jewova pou jistis li+,

M ap chante louwanj* pou non Jewova+, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe sou gitit*. Yon chante David te ekri.

8 O Jewova, Seyè nou an, se pa ti glwa non w genyen sou tout tè a!

Ou fè glwa w pi estrawòdinè pase menm syèl la*+!

 2 Ou sèvi ak pawòl ki sot nan bouch timoun piti ak tibebe+

Pou w montre advèsè w yo fòs ou,

Pou w fèmen bouch ènmi an ak moun k ap tire revanj lan.

 3 Lè m wè syèl ou a, bagay ou fè ak men w* yo,

Lalin nan ak zetwal ou fè yo+, mwen di tèt mwen:

 4 Ki sa lòm ye pou w ap sonje l,

E ki sa pitit lòm ye pou w ap pran swen l+?

 5 Ou fè l vin yon tikras pi ba pase zanj yo*,

E ou ba l glwa ak onè kòm kouwòn.

 6 Ou ba l pouvwa sou bagay ou fè ak men w yo+.

Ou mete tout bagay anba pye l:

 7 Tout mouton ak kabrit, tout bèf

Ansanm ak bèt sovaj yo*+,

 8 Zwazo ki nan syèl la ak pwason ki nan lanmè,

Ak kèlkeswa sa k ap naje nan lanmè.

 9 O Jewova, Seyè nou an, se pa ti glwa non w genyen sou tout tè a!

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe sou moutlabenn*. Yon chante David te ekri.

א [Alèf]

9 O Jewova, m ap fè louwanj pou ou ak tout kè m,

M ap pale de tout bagay estrawòdinè ou fè yo+.

 2 M ap kontan e m ap rejwi anpil akoz ou menm,

M ap chante louwanj* pou non w, ou menm Sila a ki nan pi gwo pozisyon an+.

ב [Bèt]

 3 Lè ènmi m yo fè bak+,

Y ap bite e y ap peri devan w

 4 Paske w ap defann kòz mwen ki jis

Pandan w chita sou twòn ou an kote w ap jije avèk jistis la+.

ג [Gimèl]

 5 Ou reprimande nasyon+ e w detwi mechan yo.

Ou efase non yo pou tout tan gen tan.

 6 Ou detwi ènmi an pou toutan.

Ou derasinen vil yo,

Pèsonn pap sonje yo+.

ה [He]

 7 Men, Jewova sou twòn nan pou toutan+,

Li mete twòn li an chita byen djanm pou l bay jistis+.

 8 L ap jije tè a* e l ap bay jistis+.

L ap pran bon desizyon pou nasyon yo selon lalwa+.

ו [Waw]

 9 Jewova ap vin yon refij* pou moun y ap maltrete yo+,

L ap yon refij pou yo nan moman difisil yo+.

10 Moun ki konn non w ap met konfyans yo nan ou+.

Ou pap janm abandone moun k ap chèche w yo, o Jewova+.

ז [Zayin]

11 Chante louwanj pou Jewova ki abite nan Siyon.

Fè pèp yo konnen aksyon l fè yo+.

12 Paske, Sila a k ap tire revanj pou san yo a ap sonje yo+.

Li pap janm bliye moun k ap soufri e k ap kriye yo+.

ח [Hèt]

13 Fè m favè, o Jewova, gade ki jan moun ki rayi m yo ap toupizi m,

Ou menm ki leve m devan pòtay lanmò+.

14 Lè sa a, m ap fè konnen bèl aksyon w fè yo nan pòtay vil Siyon an*+

E m ap kontan anpil poutèt ou sove m+.

ט [Tèt]

15 Nasyon yo tonbe nan twou yo te fouye a.

Pye yo pran nan filè yo te tann nan+.

16 Se santans Jewova egzekite yo ki fè yo konnen l+.

Se sa mechan an fè ak pwòp men l ki tounen yon pyèj pou li+.

Igayon*. (Sela)

י [Yòd]

17 Mechan yo pral nan Tonm*,

Se la tout nasyon ki bliye Bondye yo prale.

18 Men, yo pap toujou bliye pòv la+,

E espwa moun ki gen imilite yo genyen an pa pou granmesi+.

כ [Kaf]

19 O Jewova, leve kanpe! Pa kite lòm pote laviktwa.

Se pou jijman nasyon yo fèt devan w+.

20 Fè yo pè, o Jewova+,

Fè nasyon yo konnen se moun yo ye. (Sela)

ל [Lamèd]

10 O Jewova, poukisa w kanpe lwen konsa a?

Poukisa w kache nan moman difisil yo+?

 2 Se avèk awogans mechan an ap kouri dèyè moun ki pa gen moun pou ede yo+,

Men, l ap pran nan pwòp pyèj li+.

 3 Mechan an ap vante tèt li pou move dezi li genyen*+.

Li fè lwanj pou moun ki ava a*,

נ [Noun]

E li pa gen respè pou Jewova.

 4 Mechan an gen ògèy, li pa chèche Bondye,

Sèl sa k nan tèt li se: “Pa gen Bondye+.”

 5 Li toujou reyisi nan sa l ap fè+,

Men, li pa ka konprann lwa w yo+,

E li pase tout advèsè l yo nan rizib*.

 6 Men sa l di nan kè l: “Anyen pap brannen m*,

Jenerasyon apre jenerasyon,

Malè pap janm rive m+.”

פ [Pe]

 7 Bouch li chaje madichon, manti ak menas+.

Li sèvi ak lang li pou l bay moun pwoblèm e pou l blese moun+.

 8 Li kache kò l toupre bouk yo.

Kote l kache a, li touye moun ki inosan an+.

ע [Ayin]

Je l ap chèche yon moun pou l fè moun nan mal+.

 9 Kote l kache a, l ap tann tankou yon lyon ki nan kachèt li*+.

L ap tann pou l pran yon moun ki pa gen moun pou ede l.

Li fèmen filè l sou li, li pran l+.

10 Li kraze moun nan e moun nan tonbe.

Yon pakèt moun k ap soufri tonbe anba men l*.

11 Li di nan kè l: “Bondye bliye+.

Li vire tèt li.

Li pa janm wè anyen+.”

ק [Kòf]

12 O Jewova, leve kanpe+. O Bondye, leve men w kont li+.

Pa bliye moun ki pa gen moun pou ede yo+.

13 Sa k fè moun ki mechan an derespekte Bondye?

Li di nan kè l: “Ou pap mande m kont.”

ר [Rèch]

14 Men, se sèten ou wè pwoblèm yo ak soufrans yo.

Ou wè yo e w pran kontwòl sitiyasyon an+.

Se ou menm viktim yo vin jwenn+.

Se ou menm ki ede timoun ki pa gen papa yo*+.

ש [Chin]

15 Kase bra mechan an, li menm k ap fè sa ki mal+.

Konsa, lè w chèche mechanste l ap fè yo,

Ou pap jwenn yo ankò.

16 Jewova Wa pou tout tan gen tan+.

Nasyon yo disparèt sou tè a+.

ת [Taw]

17 Men, w ap tande priyè moun ki gen imilite yo fè, o Jewova+.

W ap fè kè yo rete fèm+ e w ap konsantre w sou yo+.

18 W ap fè moun ki pa gen papa yo ak moun yo kraze yo jwenn jistis+,

Yon fason pou moun sou tè a sispann fè yo pè+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David te ekri.

11 Se nan Jewova mwen pran refij+.

Ki jan nou fè di m*:

“Bat zèl ou tankou zwazo, kouri al nan mòn nan!

 2 Gad jan mechan yo pare banza* yo,

Yo mete flèch yo sou kòd banza yo

E yo ret nan fènwa pou yo tire moun ki gen kè sensè yo.

 3 Lè fondasyon yo* kraze nèt,

Ki sa moun ki jis la ka fè?”

 4 Jewova nan tanp li an ki sakre+.

Twòn Jewova nan syèl la+.

Je l ap gade, je l* ap egzamine lèzòm+.

 5 Jewova egzamine ni moun ki jis ni moun ki mechan+.

Li* rayi nenpòt moun ki renmen vyolans+.

 6 L ap tann pyèj pou* moun ki mechan yo.

Se dife, souf+ ak yon van cho y ap resevwa kòm pòsyon pa yo*.

 7 Paske Jewova jis+, li renmen sa ki jis+.

Moun ki dwat yo ap wè fas li*+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe sou cheminit*. Yon chante David te ekri.

12 O Jewova, sove m, paske pa gen moun ki fidèl ankò,

Pa gen moun ki fidèl pami lèzòm ankò.

 2 Youn ap bay lòt manti,

Y ap flate moun ak bouch yo* e y ap twonpe moun*+.

 3 Jewova ap fèmen tout bouch k ap flate moun,

E l ap elimine tout lang k ap fè grandizè+,

 4 Moun k ap di: “N ap pot laviktwa sou yo ak lang nou.

N ap sèvi ak lang nou jan nou vle.

Ki moun ki ka vin pase nou lòd+?”

 5 Jewova di: “Piske y ap toupizi moun k ap soufri yo

E yo lakòz moun ki pòv yo ap plenn+,

M ap pase alaksyon.

M ap sove moun sa yo anba men moun k ap meprize yo.”

 6 Pawòl Jewova yo pwòp+,

Yo tankou ajan yo pase sèt fwa nan founèz ki fèt an tè* pou yo pirifye l.

 7 W ap pwoteje yo, o Jewova+,

W ap pwoteje yo chak anba men jenerasyon moun sa yo pou toutan.

 8 Mechan yo ap pwonmennen toupatou jan yo vle

Paske lèzòm ap fè lwanj pou move bagay+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David te ekri.

13 O Jewova, pandan konbyen tan ankò w ap bliye m? Pou toutan?

Pandan konbyen tan ankò w ap kache figi w pou mwen+?

 2 Pandan konbyen tan ankò m* ap kontinye viv ak enkyetid,

Ak lapenn nan kè m chak jou ki pase?

Pandan konbyen tan ankò ènmi m yo ap pot laviktwa sou mwen+?

 3 Voye je gade m, reponn mwen, o Jewova, Bondye m nan,

Reban m fòs pou m pa mouri.

 4 Konsa, ènmi m yo pap di: “Mwen pot laviktwa sou li!”

Pa kite m tonbe pou ènmi m yo pa rejwi+.

 5 Kanta pou mwen, mwen gen konfyans nan lanmou fidèl ou genyen an+.

Kè m ap kontan anpil poutèt sa w fè pou w bay delivrans yo+.

 6 M ap chante pou Jewova, paske li rekonpanse m anpil*+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David ekri.

14 Moun sòt la* di nan kè l:

“Pa gen Jewova+.”

Aksyon yo fè yo pa bon menm e yo aji yon fason ki bay degoutans.

Pa gen youn k ap fè sa ki bon+.

 2 Men, detan Jewova nan syèl la, l ap gade lèzòm

Pou l wè si gen nan yo ki gen bon konprann, si gen nan yo k ap chèche Jewova+.

 3 Yo tout kite wout la+,

Yo youn pa bon menm.

Pa gen youn k ap fè sa ki bon,

Pa menm youn.

 4 Èske se konprann okenn nan moun k ap fè sa ki mal yo pa konprann?

Y ap devore pèp mwen an tankou se pen y ap manje.

Yo pa envoke non Jewova.

 5 Men, yon gwo laperèz gen pou anvayi yo+,

Paske Jewova avèk moun ki jis yo.

 6 Nou menm k ap fè sa ki mal, n ap chèche anpeche malere yo reyalize pwojè yo,

Men, se Jewova ki refij yo+.

 7 Se pou delivrans Izrayèl soti nan Siyon+!

Lè Jewova ap rasanble moun nan pèp li a ki te ann egzil yo,

Se pou Jakòb kontan, se pou Izrayèl rejwi.

Yon chante David te ekri.

15 O Jewova, kiyès ki ka yon envite nan tant ou?

Kiyès ki ka abite nan mòn ou an ki sakre+?

 2 Se moun ki toujou aji byen*+,

Ki fè sa ki dwat+,

Ki pale laverite nan kè l+,

 3 Ki pa bay moun kout lang+,

Ki pa fè pwochen l anyen ki mal+,

Ki pa pale zanmi l mal*+,

 4 Ki pa mele ak move moun+

Men, ki onore moun ki gen lakrentif pou Jewova.

Li kenbe pwomès li*, menm lè sa koute l chè+.

 5 Li prete kòb li san li pa mande enterè+

E li pa pran lajan pa anba pou l akize moun ki inosan+.

Moun ki aji konsa pap janm brannen*+.

Yon miktam* David te ekri.

16 O Bondye, pwoteje m, paske se bò kote w mwen pran refij+.

 2 Mwen di Jewova: “Jewova, se ou ki sous tout bon bagay mwen genyen,

 3 E moun ki sen ki sou tè a,

Wi, moun ki gen glwa yo, fè m gen gwo kè kontan+.”

 4 Se pa de pwoblèm moun ki kontinye ap sèvi lòt dye yo genyen+.

Mwen pa gendwa janm vide san kòm ofrann pou lòt dye

E mwen pa gendwa janm site non yo ak bouch mwen+.

 5 Jewova se pòsyon pa m, li se pòsyon yo met apa pou mwen an+, e se li menm ki plen gode m+.

Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje eritaj mwen.

 6 Kote w mezire pou w ban mwen an fè m plezi anpil.

Wi, mwen kontan ak eritaj mwen jwenn nan+.

 7 M ap fè louwanj pou Jewova, paske li ban m konsèy+.

Menm nan nuit, panse* m yo korije m+.

 8 Mwen gen Jewova devan je m toutan+.

Piske li sou bò dwat mwen, mwen pap janm brannen*+.

 9 Se poutèt sa, kè m kontan. Se tout mwen menm ki* kontan.

E m* ap abite an sekirite.

10 Paske, ou pap kite m* nan Tonm*+,

Ou pap kite sèvitè fidèl ou a rete nan* twou a*+.

11 Ou fè m konnen chemen ki mennen nan lavi a+.

Depi w la*, gen anpil lajwa+,

Wi, bò kote w, se lajwa* pou toutan.

Yon priyè David te fè.

17 O Jewova, koute siplikasyon m fè w pou w fè m jwenn jistis,

Koute m lè m rele w pou m mande w sekou,

Koute priyè mwen fè w avèk senserite a+.

 2 Se pou w fè m jwenn jistis+,

Se pou w wè mwen te aji yon fason ki dwat.

 3 Ou egzamine kè m, ou egzamine m nan nuit+,

Ou pirifye* m+,

Ou wè mwen pa t planifye pou m fè anyen ki mal,

E mwen pa t di anyen ki mal ak bouch mwen.

 4 Kèlkeswa sa lèzòm ta fè,

Pawòl ki sot nan bouch ou pèmèt mwen evite chemen vòlè yo+.

 5 Fè m kontinye mache nan chemen w yo

Pou m pa bite+.

 6 Mwen rele w, paske w ap reponn mwen+, o Bondye.

Panche zòrèy ou* pou w tande pawòl mwen yo+.

 7 Montre lanmou fidèl ou genyen an yon fason ki estrawòdinè+,

Ou menm ki se Sovè moun k ap chèche refij bò kote w,

Pou yo chape anba men moun ki fè rebèl avè w yo.

 8 Pwoteje m tankou gla je w+,

Kache m anba zèl ou kote m ap jwenn lonbray+.

 9 Pwoteje m kont mechan k ap atake m yo,

Kont ènmi ki antoure m e ki vle touye m yo*+.

10 Yo vin ensansib*.

Yo pale avèk awogans ak bouch yo.

11 Yo sènen nou tout kote n ale+,

Y ap chèche okazyon pou yo fè nou tonbe*.

12 Yo chak tankou yon lyon ki pa ka tann pou l dechire yon bèt,

Yo menm jan ak yon jenn lyon ki akoupi, ki kache, k ap tann pou l atake.

13 O Jewova, leve kanpe pou w koresponn ak yo+. Frape yo atè.

Sove m* anba men mechan yo ak epe w.

14 Sove m ak fòs ponyèt ou, o Jewova,

Sove m anba men moun nan monn* sa a ki enterese ak sa k gen nan lavi sa a sèlman+,

Moun ki chaje ak bon bagay ou bay yo+

E ki kite eritaj pou pakèt pitit yo genyen yo.

15 Kanta pou mwen, m ap parèt devan w paske mwen jis.

Mwen kontan lè m leve epi m wè w avè m*+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Se David, sèvitè Jewova a, ki te ekri chante sa a pou Jewova nan epòk Jewova te sove l anba men tout ènmi l yo e anba men Sayil. Li te di+:

18 Mwen gen afeksyon pou ou, o Jewova, ou menm ki fòs mwen+.

 2 Jewova se mas wòch mwen e li se fòtrès mwen. Li se Sila a ki sove m nan+.

Bondye m nan se mas wòch mwen+, se nan li mwen jwenn refij,

Li se boukliye m, li se kòn* ki delivre m*, li se refij* kote m ka jwenn sekirite+.

 3 Mwen rele nan pye Jewova, li menm ki merite louwanj,

E m ap jwenn delivrans anba men ènmi m yo+.

 4 Kòd lanmò yo te sènen m+,

Yon bann voryen te vin sou mwen pou yo fè m pè tankou gwo dlo k ap desann+.

 5 Kòd Tonm nan* te sènen m,

Lanmò te tann yon pyèj pou mwen+.

 6 Lè m te nan pwoblèm, mwen te rele nan pye Jewova,

Mwen te kontinye kriye nan pye Bondye m nan pou m mande l sekou.

Detan l nan tanp li an, li te tande vwa m+,

E rèl mwen fè pou m mande l sekou a te rive nan zòrèy li+.

 7 Lè sa a, tè a te pran tranble e li t ap souke+.

Fondasyon mòn yo te tranble

E yo t ap souke, paske Bondye te an kòlè+.

 8 Lafimen t ap monte sot nan twou nen l

E yon gwo flanm dife t ap soti nan bouch li+.

Chabon dife tou limen t ap soti bò kote l la.

 9 Li te fè syèl la panche pandan li t ap desann+,

E te gen yon nyaj pwès ki te tou nwa anba pye l+.

 10 Li te monte sou yon cheriben e li t ap vole pou l vini+.

Li te pike desann sou zèl yon espri*+.

11 Li te vlope kò l ak fènwa+.

Toutotou l, tankou yon tonèl,

Te gen nyaj tou nwa ki plen ak dlo+.

12 Lagrèl ak chabon dife tou limen t ap soti nan limyè ki te devan l lan

E yo te travèse nyaj yo.

13 Epi, Jewova te fè loray gwonde nan syèl la+.

Sila a ki nan pi gwo pozisyon an te fè tande vwa l+,

E anmenmtan te gen lagrèl ak chabon dife tou limen ki t ap tonbe.

14 Li te tire flèch li yo e li te fè ènmi yo gaye+.

Li te voye zèklè e li te lage yo nan konfizyon+.

15 Fon rivyè* yo te parèt aklè+,

Fondasyon tè a te parèt klè akoz blam ou te bay, o Jewova,

Akoz souf ki te sot nan twou nen w avèk fòs+.

16 Detan l anwo a, li te lonje men l,

Li te pran m e li te rale m sot nan dlo ki fon yo+.

17 Li te delivre m anba men ènmi m nan ki gen fòs+,

Anba men moun ki rayi m e ki gen plis fòs pase m yo+.

18 Yo te opoze avè m jou m te nan malè a+,

Men, Jewova te ede m.

19 Li te mennen m yon kote ki gen sekirite*,

Li te delivre m paske m te fè l plezi+.

20 Jewova rekonpanse m poutèt mwen jis+.

Li rekonpanse m paske mwen inosan*+.

21 Paske, mwen kontinye mache nan chemen Jewova yo,

E mwen pa abandone Bondye m nan, sa ki t ap mal.

22 Tout kòmandman l yo devan m.

Mwen pa t meprize lwa l yo.

23 M ap rete san repwòch devan l+

E m ap veye pou m pa fè peche+.

24 Se pou Jewova rekonpanse m poutèt mwen jis+

E poutèt mwen inosan devan l+.

25 Ou fidèl ak moun ki fidèl+.

Ou aji yon fason ki san repwòch ak moun ki san repwòch+.

26 Ou aji byen ak moun ki gen kè yo pwòp+.

Men, ou montre w entèlijan ak moun ki aji yon fason ki kwochi yo+.

27 Paske, ou sove moun ki gen imilite*+,

Men, ou rabese moun ki gen ògèy*+.

28 Se ou menm ki limen lanp mwen, o Jewova.

Bondye m nan, se ou menm ki klere m lè m nan fènwa+.

29 Grasa èd ou, mwen ka atake yon bann vòlè+,

Grasa pisans Bondye, mwen ka grenpe yon miray+.

30 Chemen vrè Dye a bon nèt+.

Pawòl Jewova san fay+.

Bondye se yon boukliye pou tout moun ki chèche refij nan li+.

31 Paske, kiyès ki Bondye apa Jewova+?

E kiyès ki yon mas wòch apa Bondye nou an+?

32 Vrè Dye a se Sila a ki ban m fòs la+

E se li k ap fè chemen m dwat+.

33 Li fè pye m tankou pye yon sèf*,

Li fè m kanpe kote ki wo+.

34 Li antrene men m pou m fè lagè.

Mwen ka pliye yon banza* an kuiv ak men m.

35 Ou sove m ak boukliye w la+,

Ou soutni m ak men dwat ou,

E grasa imilite w mwen vin yon moun enpòtan+.

36 Ou laji chemen an pou m mache.

Pye* m pap glise+.

37 M ap kouri dèyè ènmi m yo e m ap jwenn yo.

Mwen pap retounen toutotan mwen pa fin elimine yo.

38 M ap kraze yo pou yo pa ka leve kanpe ankò+.

Y ap tonbe e m ap met pye m sou yo.

39 W ap ban m fòs pou m batay,

W ap fè ènmi m yo tonbe devan m+.

40 W ap fè ènmi m yo kouri pou mwen*.

M ap elimine* moun ki rayi m yo+.

41 Yo rele pou mande sekou, men pa gen pèsonn pou sove yo,

Yo menm rele Jewova, men li pa reponn yo.

42 M ap kraze yo, m ap fè yo vin fen tankou pousyè van pote ale,

M ap voye yo jete tankou labou ki nan lari.

43 W ap delivre m anba men pèp mwen an k ap chèche fot lakay mwen+.

W ap mete m chèf sou nasyon yo+.

Yon pèp mwen pa konnen ap vin sèvi m+.

44 Kou yo tande pale de mwen, y ap obeyi m.

Gen etranje k ap vin bese devan m+.

45 Gen etranje k ap pèdi kouraj yo*.

Y ap sot nan fòtrès yo tou ap tranble.

46 Jewova vivan! Louwanj pou Mas Wòch mwen an+!

Glwa pou Bondye k ap sove m nan+!

47 Vrè Dye a vanje pou mwen+.

Li fè pèp yo soumèt devan m.

48 Li delivre m anba men ènmi m yo ki fache anpil.

Ou leve m anlè moun k ap atake m yo+,

Ou sove m anba men moun k ap fè vyolans yo.

49 Se poutèt sa m ap ba w glwa nan mitan nasyon yo, o Jewova+,

E m ap chante louwanj* pou non w+.

50 Bondye fè gwo aksyon pou l sove* wa li chwazi a+.

Li demontre yon lanmou ki fidèl pou moun li chwazi a+,

Wi, pou David ak desandans* li a pou toutan+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David te ekri.

19 Syèl la fè konnen glwa Bondye genyen+,

Syèl la montre travay li fè ak men l+.

 2 Jou apre jou, li kontinye ap pale,

E nuit apre nuit, li kontinye bay konesans sou Bondye

 3 San yon pawòl, san yon mo,

San moun pa tande okenn vwa.

 4 Poutan, temwayaj li bay la gaye* sou tout tè a,

E mesaj li a rive jis nan dènye bout tè a*+.

Bondye mete yon tant nan syèl la pou solèy la.

 5 Solèy la tankou yon gason ki fèk marye k ap soti nan chanm li.

Li kontan anpil tankou yon gason vanyan ki nan yon kous.

 6 Li soti nan yon pwent syèl la,

Li fè wonn li jis li rive nan lòt pwent lan+,

E pa gen anyen ki pa jwenn chalè l.

 7 Lwa Jewova yo bon nèt+, yo rebay fòs*+.

Rapèl Jewova yo merite pou yo fè yo konfyans+, yo fè moun ki pa gen eksperyans yo vin saj+.

 8 Lòd Jewova yo jis, yo fè kè moun kontan+.

Kòmandman Jewova yo bon, yo louvri je moun+.

 9 Lakrentif pou Jewova+ se yon bon bagay, l ap la pou toutan.

Jijman Jewova yo se laverite, yo jis+.

10 Yo gen plis valè pase lò,

Plis valè pase bon lò*+.

Yo pi dous pase siwo myèl+, wi, pase siwo myèl k ap degoute sot nan gato myèl.

11 Yo avèti sèvitè w la+.

Moun ki suiv yo jwenn anpil avantaj+.

12 Kiyès ki konn lè l fè erè+?

Padone m pou peche m fè san m pa konnen yo.

13 Pa kite sèvitè w la fè sa li pa gen dwa fè+.

Pa kite bagay mwen pa gen dwa fè yo gen pouvwa sou mwen+.

Lè sa a, m ap bon nèt+

E mwen pap fè peche ki chokan*.

14 Se pou pawòl ki sot nan bouch mwen ak refleksyon m ap fè nan kè m

Fè w plezi+, o Jewova, Mas Wòch mwen+, Sovè mwen+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David te ekri.

20 Se pou Jewova reponn priyè w fè l lè w nan pwoblèm.

Se pou non Bondye Jakòb la pwoteje w+.

 2 Se pou l voye ede w detan l kote ki sakre a+

E se pou l soutni w detan l Siyon+.

 3 Se pou l sonje tout ofrann ou yo.

Se pou l aksepte sakrifis ou boule nèt pou li yo. (Sela)

 4 Se pou l ba w tout sa w swete nan kè w+

E se pou l pèmèt tout sa w planifye* reyisi.

 5 N ap rele ak kè kontan poutèt ou sove nou+.

N ap bay non Bondye nou an glwa+.

Se pou Jewova ba w tout sa w mande l.

 6 Kounye a, mwen konnen Jewova delivre moun li chwazi a+.

Li reponn priyè l la detan l nan syèl la,

Li bay gwo delivrans* avèk men dwat li+.

 7 Gen moun ki met konfyans yo nan charyo, gen lòt ki met konfyans yo nan cheval+,

Men nou menm, se pou non Jewova, Bondye nou an, n ap fè louwanj+.

 8 Yo bite e yo tonbe,

Men nou menm, nou leve e nou kanpe dwat+.

 9 O Jewova, sove wa a+!

L ap reponn nou lè nou mande l pou l ede nou+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David te ekri.

21 O Jewova, fòs ou fè wa a gen kè kontan+.

Se pa ti kontan li kontan poutèt ou sove l+!

 2 Ou ba li sa l te anvi nan kè l la+,

Ou pa t refize ba li sa l te mande w ak bouch li a. (Sela)

 3 Ou ba l anpil benediksyon,

Ou mete yon kouwòn sou tèt li ki fèt ak bon lò*+.

 4 Li te mande w lavi, e w te ba li l+,

Ou te ba li yon vi ki long, pou tout tan gen tan.

 5 Delivrans ou bay la fè l gen anpil glwa+.

Ou fè l gen diyite e ou onore l.

 6 Ou beni l pou toutan+.

Kè l kontan anpil paske li wè w avè l+.

 7 Wa a mete konfyans li nan Jewova+.

Lanmou fidèl Sila a ki nan pi gwo pozisyon an genyen an ap fè wa a pa janm brannen*+.

 8 W ap met men sou tout ènmi w yo.

W ap met men dwat ou sou moun ki rayi w yo.

 9 Lè lè a rive pou w vire gade yo, w ap fè yo vin tankou bagay yo voye nan yon fou ki byen limen.

Jewova ap detwi yo lè l an kòlè, e dife ap kankannen yo+.

10 Desandan* yo ap peri sou tè a,

Y ap peri pami pitit lèzòm yo.

11 Paske, yo te vle fè w sa ki mal+.

Plan yo te fè yo pap reyisi+.

12 Paske, w ap fè yo fè bak+

Lè w vize yo* ak banza* w la.

13 O Jewova, leve kanpe grasa fòs ou.

N ap chante louwanj* pou ou poutèt ou gen anpil pisans.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe sou ton* “Femèl sèf* douvanjou”. Yon chante David te ekri.

22 Bondye m nan, Bondye m nan, poukisa w abandone m+?

Poukisa w rete lwen m konsa e w pa vin sove m?

Poukisa w rete lwen m konsa pandan m ap plenn+?

 2 Bondye m nan, mwen kontinye rele w tout lajounen,

Men w pa reponn mwen+, e nan nuit, mwen pa sispann rele w.

 3 Ou sen+,

Pèp Izrayèl la fè anpil louwanj* pou ou.

 4 Se nan ou zansèt nou yo te met konfyans yo+.

Yo te met konfyans yo nan ou e w te sove yo+.

 5 Yo te rele nan pye w e w te sove yo.

Yo te met konfyans yo nan ou, e yo pa t regrèt yo te fè sa*+.

 6 Tout moun ap pase m nan rizib*, yo meprize m+,

Kòmsi mwen se yon vètè, mwen pa moun.

 7 Tout moun ki wè m ap bat plezi sou mwen+,

Y ap pale m mal, yo souke tèt yo e y ap pase m nan rizib+. Y ap di:

 8 “Li met konfyans li nan Jewova, se pou L delivre l!

Kòm Li renmen l anpil, se pou L sove l+!”

 9 Se ou menm ki te fè m soti nan vant manman m+,

Se ou menm ki te fè m santi m an sekirite lè m te nan tete.

10 Depi lè m fèt se ou k ap pran swen m*,

Depi lè m nan vant manman m se ou menm ki Bondye m.

11 Pa rete lwen m, paske malè prèske tonbe sou mwen+,

E m pa gen lòt moun ki pou ede m+.

12 Gen yon pakèt jenn towo bèf ki antoure m+,

Yon seri towo bèf ki chaje fòs e ki sot Bazan ansèkle m+.

13 Yo ouvri bouch yo men lajè sou mwen+

Tankou yon lyon k ap gwonde e k ap dechire yon bèt li pran+.

14 Tout ti fòs mwen fin ale tankou dlo yo vide atè,

Tout zo nan kò m dejwente.

Kè m vin tankou lasi+,

Se fonn mwen santi l ap fonn anndan m+.

15 Mwen pa gen fòs ankò, mwen tankou yon moso veso ann ajil+,

Lang mwen kole nan jansiv mwen+.

Ou desann mwen byen ba nan pousyè pou m mouri+.

16 Gen chen ki antoure m+,

Yo ansèkle m tankou yon bann malfektè+,

E yo tankou lyon k ap devore men m ak pye m+.

17 Mwen ka konte tout zo nan kò m+.

Ènmi m yo kontinye ap gade m, je yo fikse sou mwen.

18 Yo separe rad mwen yo antre yo,

E yo fè tiraj osò pou rad mwen an+.

19 Men ou menm, o Jewova, pa rete lwen m+.

Se ou menm ki fòs mwen, prese vin ede m+.

20 Sove m* anba epe yo,

Sove lavi m ki gen anpil valè* anba pat* chen yo+.

21 Sove m anba bouch lyon yo+ e anba kòn towo bèf sovaj yo.

Reponn mwen epi sove m.

22 M ap fè frè m yo konn non w+.

M ap fè louwanj pou ou nan mitan kongregasyon an+.

23 Nou menm ki gen lakrentif pou Jewova, fè louwanj pou li!

Nou menm desandan* Jakòb, ba l glwa+!

Nou menm desandan* Izrayèl, kanpe devan l avèk respè.

24 Paske, li pa t fèmen je l sou soufrans moun ki t ap soufri a, li pa t meprize l+.

Li pa t kache figi l pou l pa wè l+.

Lè moun k ap soufri a te rele l pou l mande l èd li, li te tande l+.

25 M ap louwe w nan mitan gwo kongregasyon an+,

M ap fè tout sa mwen te pwomèt ou yo devan moun ki gen lakrentif pou ou yo.

26 Moun ki gen imilite yo ap manje e vant yo ap plen+,

Moun k ap chèche Jewova yo ap fè louwanj pou li+.

Se pou w* viv pou toutan.

27 Moun ki nan dènye bout tè a ap sonje Jewova e y ap tounen vin jwenn li.

Tout fanmi ki gen nan nasyon yo ap bese byen ba devan l+.

28 Paske se Jewova ki Wa+,

L ap domine sou nasyon yo.

29 Tout moun ki rich* sou tè a gen pou yo manje e pou yo bese byen ba devan l,

Tout moun ki pral nan pousyè yo gen pou yo met ajenou devan l,

Yo youn pa ka sove lavi* yo.

30 Desandan yo* gen pou sèvi Jewova,

Jenerasyon k ap vini an gen pou l tande pale de li.

31 Yo gen pou yo vini e yo gen pou yo pale de jistis li gen lakay li,

Yo gen pou yo pale ak moun ki pral fèt yo konsènan sa l te fè.

Yon chante David te ekri.

23 Jewova se Bèje m+.

Mwen pap manke anyen+.

 2 Li fè m pran repo kote ki gen anpil zèb,

Li mennen m kote ki gen anpil dlo pou m ka repoze*+.

 3 Li reban m* fòs+,

Li gide m nan chemen ladwati poutèt non l+.

 4 Menmsi m ap mache nan vale fènwa pwès la+,

Mwen pa pè anyen+

Paske w avè m+.

Baton w lan fè m santi m an sekirite*.

 5 Ou mete manje sou yon tab pou mwen devan je ènmi m yo+.

Ou rafrechi* tèt mwen ak luil+,

Ou plen gode m byen plen+.

 6 Se sèten m ap jwi bonte w ak lanmou fidèl ou genyen an chak jou nan lavi m+.

M ap rete lakay Jewova pandan tout lavi m+.

Yon chante David te ekri.

24 Tè a ak tout sa k ladan l se pou Jewova+,

Wi, tè a ak tout sa k ap viv sou li yo.

 2 Paske, se li ki fè l rete byen djanm sou lanmè a+

E ki mete l chita byen djanm sou rivyè yo.

 3 Ki moun ki ka monte nan mòn Jewova a+

E ki moun ki ka kanpe kote li mete apa pou li a?

 4 “Se moun ki inosan e ki gen yon kè ki pwòp+,

Ki pa fè fo sèman sou lavi M*,

E ki pa fè sèman avèk entansyon pou yo twonpe moun+.”

 5 Moun sa yo ap resevwa benediksyon nan men Jewova+,

E Bondye ki bay delivrans lan ap konsidere yo kòm moun ki dwat*+.

 6 Moun sa yo se moun k ap chèche l,

K ap chèche favè* w, o Bondye Jakòb la. (Sela)

 7 Monte byen wo, nou menm pòtay+,

Se pou nou ouvri*, nou menm pòtay ki la depi lontan,

Pou Wa ki gen glwa a ka antre+!

 8 Kiyès Wa sa a ki gen glwa a ye?

Se Jewova, Bondye ki gen fòs e ki gen pouvwa a+,

Se Jewova, Bondye ki konn batay la+.

 9 Monte byen wo, nou menm pòtay+,

Se pou nou ouvri, nou menm pòtay ki la depi lontan,

Pou Wa ki gen glwa a ka antre!

10 Kiyès Wa ki gen glwa a ye?

Wa ki gen glwa a se Jewova, Chèf lame yo+. (Sela)

Yon chante David te ekri.

א [Alèf]

25 O Jewova, se ou mwen priye*.

ב [Bèt]

 2 Bondye m nan, mwen fè w konfyans+.

Pa kite lawont tonbe sou mwen+.

Pa kite ènmi m yo bat plezi sou mwen+.

ג [Gimèl]

 3 Se sèten pa gen moun ki met espwa yo nan ou k ap wont+.

Men, moun ki trayi moun san rezon yo gen pou yo wont+.

ד [Dalèt]

 4 Fè m konnen wout ou yo, o Jewova+.

Montre m chemen w yo+.

ה [He]

 5 Fè m mache nan verite w yo epi anseye m+,

Paske ou se Bondye delivrans mwen.

ו [Waw]

Se nan ou mwen met espwa m tout lajounen.

ז [Zayin]

 6 Sonje jan w gen mizèrikòd, o Jewova, sonje jan w gen yon lanmou ki fidèl+,

Yon seri kalite ou toujou demontre*+.

ח [Hèt]

 7 Pa sonje peche ak fot mwen te fè lè m te jèn yo,

Men se pou w sonje m akoz lanmou fidèl ou genyen an+.

Paske, ou bon, o Jewova+.

ט [Tèt]

 8 Jewova bon e li dwat+.

Se sa k fè li montre pechè yo chemen yo dwe mache a+.

י [Yòd]

 9 L ap montre moun ki gen imilite yo sa ki dwat+,

L ap aprann yo chemen l yo+.

כ [Kaf]

10 Tout chemen Jewova yo se lanmou* ak fidelite

Pou moun ki respekte alyans li an+ e ki suiv rapèl li yo+.

ל [Lamèd]

11 O Jewova, padone erè m nan poutèt non w+,

Menmsi se yon gwo erè.

מ [Mèm]

12 Èske gen yon moun ki gen lakrentif pou Jewova+?

Se moun sa a l ap fè konnen chemen pou l chwazi a+.

נ [Noun]

13 Moun sa a* ap jwenn sa ki bon+,

Desandan l yo* ap resevwa tè a kòm byen pa yo+.

ס [Samèk]

14 Se moun ki gen lakrentif pou Jewova yo ki bon zanmi l+,

E li fè yo konnen alyans li an+.

ע [Ayin]

15 Mwen toujou konte sou Jewova pou l ede m+,

Paske l ap retire pye m nan pyèj+.

פ [Pe]

16 Vire gade m epi fè m favè,

Paske mwen poukont mwen e mwen pa gen moun pou ede m.

צ [Tsade]

17 Kè m sere anpil+.

Retire m nan lapenn mwen ye a.

ר [Rèch]

18 Gade soufrans mwen ak pwoblèm mwen+

E se pou w padone tout peche m yo+.

19 Gade jan ènmi m yo anpil,

Gade jan yo rayi m anpil.

ש [Chin]

20 Pwoteje lavi m*, sove m+.

Pa kite lawont tonbe sou mwen paske se nan ou mwen pran refij.

ת [Taw]

21 Se pou fidelite m ak jistis mwen pwoteje m+,

Paske espwa m se nan ou+.

22 O Bondye, delivre* Izrayèl anba tout pwoblèm li yo.

Yon chante David te ekri.

26 Fè m jistis, o Jewova, paske mwen mache devan w ak fidelite+,

Mwen met konfyans mwen nan Jewova, mwen pa janm sispann fè sa+.

 2 Egzamine m, o Jewova, teste m,

Netwaye kè m ak panse m genyen ki pi fon nan mwen yo*+.

 3 Paske, lanmou fidèl ou genyen an toujou devan je m,

E mwen mache selon prensip ou yo ki se verite+.

 4 Mwen pa mele* ak moun k ap twonpe moun+,

E mwen pa pran pa ak moun k ap kache sa yo ye*.

 5 Mwen rayi pou m bò kote moun k ap fè sa ki mal+,

E mwen pa vle mele* ak moun ki mechan+.

 6 M ap lave men m pou m montre mwen inosan,

M ap mache toutotou lotèl ou, o Jewova,

 7 Pou m remèsye w byen fò+

E pou m fè konnen tout bagay estrawòdinè ou fè yo.

 8 Jewova, mwen renmen kay kote w rete a+,

Kote glwa w ye a+.

9 Pa touye m* ansanm ak moun k ap fè peche+,

Pa pran lavi m ansanm ak moun ki vyolan yo*,

10 Yon seri moun k ap aji yon fason ki ta dwe fè yo wont

E ki renmen pran* lajan anba anba.

 11 Kanta pou mwen, m ap mache devan w ak fidelite.

Sove* m, fè m favè.

12 Mwen kanpe yon kote ki plat+.

M ap fè louwanj pou Jewova nan mitan gwo kongregasyon an*+.

Yon chante David te ekri.

27 Jewova se limyè m+, li se sovè m.

Kiyès ki ka fè m pè+?

Jewova se yon fòtrès ki pwoteje lavi m+.

Kiyès ki ka fè m tranble?

 2 Lè mechan yo atake m pou yo devore m+,

Se yo menm ki bite e ki tonbe, wi, moun ki advèsè m e ki ènmi m yo.

 3 Menmsi yon lame ta antoure m,

Kè m pap sote+.

Menmsi yon gè ta eklate kont mwen,

Se atò m ap gen konfyans nan li.

 4 Gen yon bagay mwen mande Jewova,

E se sa m ap chèche:

Pou m rete nan kay Jewova a pandan tout vi m+,

Pou m kontanple tout bon bagay Jewova gen lakay li

E pou m admire* tanp li an*+.

 5 Paske, l ap kache m nan abri l la nan jou malè a+,

L ap kache m nan tant li an, nan kachèt li a+.

L ap mete m byen wo sou tèt yon mas wòch+.

 6 Konsa, m ap bat ènmi m yo ki antoure m,

M ap ofri sakrifis nan tant li an toutpandan m ap rele ak kè kontan.

M ap chante louwanj* pou Jewova.

 7 O Jewova, koute m lè m ap rele nan pye w+,

Fè m favè, reponn mwen+.

 8 Nan kè m, mwen sonje ou te di:

“Chèche m.”

O Jewova, se ou m ap chèche+.

 9 Pa kache pou mwen+.

Pa repouse sèvitè w la poutèt ou an kòlè.

Se ou menm mwen genyen pou ede m+.

O Bondye delivrans mwen an, pa vire do ban mwen, pa kite m.

10 Menmsi papa m ak manman m ta abandone m+,

Jewova li menm t ap ranmase m+.

11 Fè m konnen chemen w yo, o Jewova+,

Gide m nan chemen ladwati pou ènmi m yo pa fini avè m.

12 Pa lage m nan men* advèsè m yo+,

Paske gen yon bann moun k ap bay manti ki leve kont mwen+

E k ap menase m avèk vyolans.

13 Ki kote m t ap ye si m pa t gen konfyans

M ap benefisye bonte Jewova toutotan m ap viv*+?

14 Met espwa nou nan Jewova+.

Mete kouraj sou nou e mete kran sou nou+.

Wi, met espwa nou nan Jewova.

Yon chante David te ekri.

28 O Jewova, Mas Wòch mwen, se ou mwen kontinye ap rele+.

Pa fè kòmsi w pa tande.

Si w pa reponn mwen,

M ap vin menm jan ak moun k ap desann nan twou* yo+.

 2 Koute m lè m ap sipliye w pou m mande w sekou,

Lè m leve men m anlè nan direksyon pyès ki pi anndan nan kote ki sakre a+.

 3 Pa mennen m ale ansanm ak mechan yo ak moun k ap pratike sa ki mal yo+,

Moun k ap di konpayon yo bèl pawòl, alòske yo gen move entansyon nan kè yo+.

 4 Fè yo peye pou aksyon yo fè yo+,

Pou tout sa yo fè ki mal yo.

Fè yo peye pou sa yo fè ak men yo,

Wi, pou tout sa yo fè yo+.

 5 Yo pa okipe sa Jewova fè yo+,

Yo pa okipe travay li fè ak men l yo+.

Li gen pou l kraze yo, li pap beni yo.

 6 Louwanj pou Jewova

Paske li te koute m lè m te sipliye l pou m mande l sekou.

 7 Jewova se fòs mwen+, li se boukliye m+.

Mwen fè l konfyans ak tout kè m+.

Li ede m e sa fè kè m kontan anpil.

M ap chante pou m fè louwanj pou li.

 8 Jewova se yon fòs pou pèp li a,

E li tankou yon fòtrès kote moun li chwazi a ka ale pou l jwenn delivrans+.

 9 Se pou w sove pèp ou a, se pou w beni eritaj ou a+.

Montre w se bèje yo epi pote yo sou bra w pou toutan+.

Yon chante David te ekri.

29 Onore Jewova, nou menm pitit moun ki vanyan yo,

Onore Jewova pou glwa li ak fòs li+.

 2 Onore Jewova pou glwa non l merite.

Bese byen ba devan* Jewova ak bèl rad ki sakre*.

 3 Jewova fè tande vwa l sou dlo yo.

Bondye nou an ki gen glwa fè tande vwa l ki tankou loray+.

Jewova kanpe anlè anpil dlo+.

 4 Vwa Jewova fò anpil+.

Vwa Jewova estrawòdinè.

 5 Vwa Jewova fann pye sèd yo,

Wi, Jewova depatcha pye sèd ki Liban yo+.

 6 Li fè Liban* ponpe tankou yon ti bèf,

E li fè Siryon+ ponpe tankou yon ti towo bèf sovaj.

 7 Vwa Jewova fè kout zèklè pati+.

 8 Vwa Jewova fè dezè a tranble+,

Jewova fè dezè ki Kadès la+ tranble.

 9 Vwa Jewova fè femèl sèf* la tranble epi l fè l met ba.

Vwa l ratibwaze forè yo+

Pandan tout moun ki nan tanp li an ap di: “Glwa pou Bondye!”

10 Jewova chita sou twòn li, anlè dlo ki fè gen inondasyon yo*+.

Jewova chita sou twòn li e li Wa pou toutan+.

11 Jewova ap bay pèp li a fòs+,

Jewova ap beni pèp li a, l ap ba l lapè+.

Yon melodi. Yon chante David te ekri pou inogirasyon kay la.

30 M ap ba w glwa, o Jewova, paske w leve m*

E w pa t kite ènmi m yo pase m nan rizib+.

 2 O Jewova, Bondye m nan, mwen te kriye nan pye w pou m mande w sekou e w te geri m+.

 3 O Jewova, ou rale m* monte sot nan Tonm nan*+.

Ou pa kite m mouri, ou anpeche m desann nan twou a*+.

 4 Chante louwanj* pou Jewova, nou menm ki fidèl devan l+.

Fè louwanj pou non l ki sen+.

 5 Paske lè l an kòlè kont yon moun, se pou yon ti tan+,

Men lè yon moun gen favè l*, se pou lavi+.

Sa ka rive nou kriye nan aswè, men, nan maten, n ap rele ak kè kontan+.

 6 Lè bagay yo t ap mache byen pou mwen, mwen te di:

“Mwen pap janm brannen*.”

 7 O Jewova, lè m te gen favè w la*, ou te fè m djanm tankou yon mòn+.

Men, lè w te kache pou mwen an, mwen te pè anpil+.

 8 O Jewova, se ou menm mwen te kontinye rele+.

Se Jewova mwen te kontinye sipliye pou l fè m favè.

 9 Ki sa sa ap itil si m mouri, si m desann nan twou a*+?

Èske pousyè tè ka louwe w+? Èske l ka pale de fidelite w+?

10 Koute m, o Jewova, epi fè m favè+.

Ede m, o Jewova+.

11 Ou fè lapenn mwen ale e w fè m danse ak kè kontan.

Ou retire twal sak ki te sou mwen an e w fè m gen anpil kè kontan

12 Pou m* ka chante louwanj pou ou, pou m pa ret an silans.

O Jewova, Bondye m nan, m ap louwe w pou toutan.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David te ekri.

31 O Jewova, se nan ou mwen pran refij+.

Pa kite lawont tonbe sou mwen+.

Sove m, paske ou jis+.

 2 Panche zòrèy ou* pou w koute m.

Fè vit vin sove m+.

Se pou w vin tankou yon fòtrès ki sou yon mòn pou mwen,

Tankou yon kote ki byen pwoteje pou w ka sove m+.

 3 Paske ou se mas wòch mwen, fòtrès mwen+.

W ap gide m e w ap dirije m+ poutèt non w+.

 4 W ap retire m nan filè yo tann an kachèt pou mwen an+

Paske ou se fòtrès mwen+.

 5 Mwen remèt lespri m nan men w+.

Ou delivre m, o Jewova, Bondye verite a*+.

 6 Mwen rayi moun k ap sèvi zidòl yo ki pa gen valè e ki se vanite.

Men, kanta pou mwen, mwen met konfyans mwen nan Jewova.

 7 M ap kontan anpil akoz lanmou fidèl ou genyen an,

Ou wè soufrans mwen yo+.

Ou konnen jan m nan gwo* pwoblèm.

 8 Ou pa lage m nan men ènmi an,

Men ou mete m yon kote ki an sekirite*.

 9 O Jewova, fè m favè. Paske, mwen nan gwo pwoblèm.

Soufrans yo fè je m ak tout kò m febli*+.

10 Soufrans ap fini ak lavi m+,

M tèlman ap plenn, sa fini ak ane m ap viv yo+.

Fòs mwen ap bese poutèt peche m nan,

Zo nan kò m ap febli+.

11 Tout ènmi m yo meprize m+,

Sitou vwazen m yo.

Tout moun ki konnen m yo pè m.

Lè yo wè m an piblik, yo kouri pou mwen+.

12 Yo retire m nan kè* yo e yo bliye m, kòmsi m te gentan mouri.

Mwen tankou yon krich ki kraze.

13 Paske, mwen tande jan anpil moun ap pale m mal.

Laperèz anvayi m+.

Lè yo rasanble ansanm pou yo fè yon sèl kont mwen,

Yo fè plan pou yo pran lavi m*+.

14 Men, mwen gen konfyans nan ou, o Jewova+.

Mwen di: “Se ou menm ki Bondye m+.”

15 Lavi* m nan men w.

Sove m anba men ènmi m yo, anba men moun k ap pèsekite m yo+.

16 Fè sèvitè w la favè+.

Sove m akoz lanmou fidèl ou genyen an.

17 O Jewova, pa kite lawont tonbe sou mwen lè m rele w+.

Se mechan yo ki pou wont+.

Se pou yo fèmen bouch yo nan Tonm nan*+.

18 Se pou bouch k ap bay manti yo pe+,

Bouch k ap pale kont moun ki dwat yo avèk awogans ak ògèy e ki montre yo san respè.

19 Se pa ti bon w bon+!

Ou sere bonte w pou moun ki gen lakrentif pou ou yo+,

Ou montre bonte w devan tout moun, e w fè sa pou moun ki pran refij nan ou yo+.

20 W ap pwoteje moun sa yo nan kachèt ki bò kote w la+

Pou yo pa pran nan konplo moun ap fè sou yo,

W ap kache yo nan tant ou a

Pou w pwoteje yo anba move atak*+.

21 Se pou Jewova resevwa louwanj,

Paske li te demontre yon lanmou ki fidèl pou mwen+ yon fason estrawòdinè pandan m te nan yon vil yo te ansèkle+.

22 Kanta pou mwen, mwen te panike e m te di:

“M ap peri devan w+.”

Men, ou te tande m lè m t ap sipliye w pou m mande w sekou, lè m t ap kriye nan pye w la+.

23 Nou tout ki fidèl ak Jewova, se pou nou renmen l+!

Jewova pwoteje moun ki fidèl yo+,

Men li fè moun ki ògeye yo peye chè pou ògèy yo genyen an+.

24 Nou tout k ap ret tann Jewova+,

Se pou nou met kouraj sou nou e se pou kè nou rete fèm+!

Yon chante David te ekri. Maskil*.

32 Byennere moun Bondye padone sa li fè ki mal, moun Bondye kouvri* peche l+.

 2 Byennere moun Jewova pa konsidere kòm moun ki koupab+,

Ki pa gen twonpri nan kè l.

 3 Lè m te kache peche m nan, m te santi m t ap deperi. Mwen te konn ap plenn tout lajounen+.

 4 Paske, lajounen kou lannuit, se kòmsi w t ap peze m ak men w+.

Mwen te pèdi fòs*, mwen te tankou dlo k ap seche nan sezon chalè. (Sela)

 5 Finalman, mwen te fè w konnen peche m te fè a,

Mwen pa t kache erè m nan+.

Mwen te di: “M ap konfese peche m yo bay Jewova+.”

E ou menm, ou te padone peche m yo+. (Sela)

 6 Se sa k fè moun ki fidèl la ap priye w+

Pandan l ka jwenn ou toujou+.

Lè sa a, menm dlo inondasyon pap ka rive kote l ye.

 7 Ou se yon kachèt pou mwen,

W ap pwoteje m lè bagay yo difisil pou mwen+.

W ap antoure m ak rèl lakontantman akoz delivrans ou bay+. (Sela)

 8 Ou di m: “M ap fè w gen bon konprann e m ap fè w konnen ki chemen pou w pran+.

M ap ba w konsèy toutpandan m ap fikse je m sou ou+.

 9 Pa vin tankou yon cheval oswa yon milèt ki san konprann+,

Ki bezwen pou yo mete brid pou li oswa pou yo met baboukèt nan bouch li

Pou l ka obeyi.”

10 Anpil kalamite tonbe sou mechan yo,

Men, yon moun ki mete konfyans li nan Jewova ap benefisye lanmou fidèl Li genyen an+.

11 Nou menm moun ki jis yo, se pou nou rejwi pou sa Jewova fè pou nou e se pou nou gen kè kontan.

Nou menm moun ki dwat yo, se pou nou rele byen fò ak kè kontan.

33 Nou menm ki jis, se pou nou rele byen fò ak kè kontan pou tout sa Jewova fè+.

Li bon pou moun ki dwat yo fè louwanj pou li.

 2 Jwe ti hap* la pou nou remèsye Jewova.

Jwe gwo hap la pandan n ap chante louwanj* pou li.

 3 Chante yon nouvo chante pou li+.

Jwe enstriman akòd yo byen pandan n ap rele byen fò ak kè kontan.

 4 Paske, pawòl Jewova se laverite+.

Tout sa l fè yo montre nou ka fè l konfyans.

 5 Li renmen ladwati e li renmen jistis+.

Tè a chaje ak bagay ki montre lanmou fidèl Jewova genyen+.

 6 Se grasa pawòl Jewova syèl la te fèt+,

Se grasa souf* bouch li tout bagay ki ladan l yo* te fèt.

 7 Li rasanble dlo lanmè a tankou l te mete yon baraj+,

Li mete dlo lanmè a nan rezèvwa.

 8 Se pou tout tè a gen lakrentif pou Jewova+.

Se pou moun ki abite sou tè a gen gwo respè pou li.

 9 Paske, li te pale e bagay yo te vin egziste+.

Li te bay lòd e tout bagay vin kanpe fèm+.

10 Jewova dejwe konplo* nasyon yo+.

Li kontrarye plan* pèp yo+.

11 Desizyon* Jewova yo ap dire pou toutan+,

Panse ki nan kè l yo ap la jenerasyon apre jenerasyon.

12 Byennere nasyon ki gen Jewova kòm Bondye l la+,

Byennere pèp li chwazi kòm byen pa l la+.

13 Jewova ap gade anba detan l nan syèl la,

Li wè tout moun+.

14 Detan l kote l rete a,

L ap gade moun ki abite sou tè a.

15 Se li menm ki bay kè tout moun fòm tankou veso ki fèt an tè,

Li egzamine tout sa yo fè+.

16 Okenn wa pa ka sove tèt li ak yon gwo lame+.

Yon gason vanyan pa ka sove tèt li ak pwòp fòs li+.

17 Pa konte sou cheval pou w jwenn delivrans*, w ap twonpe tèt ou+.

Byenke yo gen fòs, sa pa garanti w ap chape.

18 Tande! Je Jewova ap gade moun ki gen lakrentif pou li+,

Moun ki konte sou lanmou fidèl li genyen an,

19 Pou l delivre yo* anba lanmò

E pou l sove lavi yo lè gen grangou+.

20 Se Jewova n* ap tann.

Li se sovè nou e li se boukliye nou+.

21 Se li ki fè kè n kontan,

Paske nou met konfyans nou nan non l ki sen+.

22 Se pou w kontinye demontre lanmou fidèl ou genyen an pou nou, o Jewova+,

Paske se ou menm nou kontinye ap tann+.

Yon chante David te ekri. Li gen rapò ak lè li te pran pòz moun fou l+ devan Abimelèk la. Abimelèk te fè yo met David deyò e David t al fè wout li.

א [Alèf]

34 M ap toujou louwe Jewova,

M ap toujou fè louwanj pou li ak bouch mwen.

ב [Bèt]

 2 Se nan Jewova m ap vante tèt mwen+.

Moun ki gen imilite a ap tande sa e kè l ap kontan.

ג [Gimèl]

 3 Mete ansanm avè m pou nou bay Jewova glwa+,

Annou fè louwanj pou non li ansanm.

ד [Dalèt]

 4 Mwen te rele Jewova e li te reponn mwen+,

Li te delivre m anba tout sa ki t ap fè m pè yo+.

ה [He]

 5 Moun ki met konfyans yo nan li yo gen kè kontan,

Yo pap janm wont.

ז [Zayin]

 6 Malere a rele Jewova e Li koute l.

Li sove l anba tout kalamite l yo+.

ח [Hèt]

 7 Zanj Jewova a pwoteje* moun ki gen lakrentif pou Bondye yo+

E li sove yo+.

ט [Tèt]

 8 Goute e n a wè jan Jewova bon+.

Byennere moun ki pran refij nan li.

י [Yòd]

 9 Nou tout ki apa pou Jewova, se pou n gen lakrentif pou li,

Paske moun ki gen lakrentif pou li yo pa manke anyen+.

כ [Kaf]

10 Menm jenn lyon ki gen fòs* yo konn nan grangou,

Men, moun ki chèche Jewova yo pap manke anyen ki bon+.

ל [Lamèd]

11 Vini, pitit mwen yo, koute sa m ap di nou,

M ap aprann nou sa lakrentif pou Jewova ye+.

מ [Mèm]

12 Kiyès nan nou ki renmen lavi,

Ki ta renmen viv lontan ak kè kontan+?

נ [Noun]

13 Se pou l veye pou l pa mal sèvi ak lang li+

E pou l pa bay manti ak bouch li+.

ס [Samèk]

14 Se pou l vire do bay sa ki mal, e se pou l fè sa ki byen+.

Se pou l chèche lapè e se pou l fè tout sa l kapab pou l jwenn li+.

ע [Ayin]

15 Je Jewova sou moun ki jis yo+,

E zòrèy li ap koute lè y ap mande l pou l ede yo+.

פ [Pe]

16 Men, Jewova vire do bay moun k ap fè sa ki mal yo,

Pou l ka detwi yo sou tè a e pou pèsonn pa sonje yo+.

צ [Tsade]

17 Lè moun ki jis yo rele Jewova, li tande yo+.

Li delivre yo anba tout malè ki tonbe sou yo+.

ק [Kòf]

18 Jewova toupre moun kè yo ap fann+,

Li sove moun ki gen lespri yo kraze*+.

ר [Rèch]

19 Moun ki jis la jwenn anpil pwoblèm*+,

Men, Jewova delivre l anba yo tout+.

ש [Chin]

20 Li pwoteje tout zo l.

Pa gen youn nan yo ki kase+.

ת [Taw]

21 Gen yon malè k ap tonbe sou mechan an k ap touye l.

Moun ki rayi moun ki jis yo gen pou yo peye poutèt yo koupab.

22 Jewova ap sove lavi* sèvitè l yo.

Moun ki pran refij nan li yo, yo pap deklare yo koupab+.

Yon chante David te ekri.

35 O Jewova, defann kòz mwen, defann mwen kont opozan m yo+.

Goumen ak moun k ap goumen avè m yo+.

 2 Pran ti boukliye a* ak gwo boukliye a+,

Epi kanpe pou w defann mwen+.

 3 Rale lans ou ak rach pou w goumen an* sou moun k ap kouri dèyè m yo+.

Se pou w di m*: “Se mwen k ap sove w+.”

 4 Se pou lawont tonbe sou moun ki dèyè m* yo e se pou w avili yo+.

Se pou moun k ap fè konplo pou yo touye m yo fè bak e se pou yo jwenn dezonè.

 5 Se pou yo vin tankou pay van bwote ale,

Se pou zanj Jewova a kouri dèyè yo+.

 6 Se pou fènwa kouvri wout yo sou li a e se pou wout sa a vin glise anba pye yo

Pandan zanj Jewova a ap pousuiv yo.

 7 Paske, yo tann yon filè pou mwen san rezon pou yo pran m nan pyèj.

Yo fouye yon twou pou mwen* san rezon pou yo fè m tonbe ladan l.

 8 Se pou malè tonbe sou yo bridsoukou,

Se pou yo tonbe nan filè yo tann pou mwen an,

Se pou yo tonbe ladan l e se pou yo jwenn destriksyon yo+.

 9 Men mwen menm, m* ap rejwi pou sa Jewova fè pou mwen,

M ap kontan poutèt li sove m.

10 Ak tout kè m, m ap di:

“O Jewova, kiyès ki tankou w?

Ou delivre moun ki pa gen moun ki pou ede yo anba men moun ki gen plis fòs pase yo+,

Ou delivre moun ki pa gen moun ki pou ede yo ak pòv yo anba men moun k ap vòlè afè yo+.”

11 Gen yon bann temwen malveyan ki vini+

E k ap poze m kesyon sou bagay mwen pa konn anyen sou yo.

12 Lè m fè byen pou yo, yo menm yo fè m sa ki mal+

E yo lage m* nan lapenn.

13 Men, lè yo te malad, mwen te abiye ak twal sak.

Mwen* te ret san manje.

Lè priyè m yo te rete san repons*,

14 Mwen te mache tout kote nan lapenn, tankou si se te pou yon zanmi m oswa pou yon frè m,

Mwen te bese byen ba byen tris tankou yon moun ki nan lapenn akoz manman l ki mouri.

15 Men, lè m te bite, yo te kontan e yo te rasanble ansanm.

Yo te met tèt yo ansanm pou yo kache tann mwen pou yo frape m.

Yo pa t sispann joure m.

16 Moun ki pa gen respè pou Bondye yo ap fawouche m*

E y ap manje dan+.

17 O Jewova, jis ki lè w ap kontinye gade san w pa fè anyen+?

Delivre m* anba atak y ap fè sou mwen yo+,

Sove lavi m ki gen anpil valè* anba men jenn lyon* sa yo+.

18 Lè sa a, m a remèsye w nan gwo kongregasyon an+,

M a louwe w nan mitan gwo foul moun yo.

19 Pa kite moun ki ènmi m san rezon yo pran plezi sou mwen,

Pa kite moun ki rayi m san rezon yo fè siy sou mwen+ pou yo pase m nan rizib+.

20 Paske, pawòl yo se pa pawòl lapè.

Yo monte tout vye plan kont moun k ap viv anpè nan peyi a+.

21 Yo ouvri bouch yo byen laj pou yo akize m,

Yo di: “Enhen! Nou wè sa n t ap tann nan ak je nou.”

22 Ou wè sa k rive a, o Jewova. Pa ret an silans+.

O Jewova, pa rete lwen m+.

23 Leve kanpe pou w defann mwen,

O Jewova, Bondye m nan, defann kòz mwen.

24 Fè m jwenn jistis+, o Jewova, Bondye m nan, paske ou gen jistis lakay ou.

Pa kite yo fè fèt sou tèt mwen.

25 Pa kite yo di tèt yo: “Enhen, nou jwenn sa n te vle a*!”

Pa kite yo janm di: “Nou fini ak misye+.”

26 Se pou yo tout wont, se pou yo tonbe nan dezonè,

Tout moun ki kontan akoz malè ki frape m nan.

Se pou tout moun k ap rejwi sou tèt mwen yo vin wont, se pou yo santi yo imilye.

27 Men, se pou moun ki kontan wè jan m ap mache dwat yo rele byen fò ak kè kontan,

Se pou yo di san rete:

“Glwa pou Jewova, li menm ki kontan lè sèvitè l anpè+.”

28 Lè sa a, lang mwen ap fè konnen* jistis ou+,

E l ap louwe w tout lajounen+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David, sèvitè Jewova a, te ekri.

36 Peche pale nan fon kè moun ki mechan an,

E mechan an pa gen lakrentif pou Bondye+.

 2 Paske, li kwè nan tèt li twòp

Pou l ta wè peche l la e pou l ta rayi l+.

 3 Pawòl ki sot nan bouch li fè moun mal e se manti yo ye.

Li pa gen bon konprann ankò pou l fè sa ki bon.

 4 Menm lè l sou kabann li, l ap fè konplo.

Li deside pou l fè sa k pa bon.

Li refize vire do bay sa ki mal.

 5 O Jewova, lanmou fidèl ou genyen an rive jis nan syèl la+,

Fidelite w rive jis nan nyaj yo.

 6 Jistis ou tankou gwo mòn yo*+,

Lwa w yo tankou gwo dlo ki fon anpil+.

Se ou menm ki fè moun ak bèt kontinye viv*, o Jewova+.

 7 O Bondye, lanmou fidèl ou genyen an se gwo zafè+!

Se anba zèl ou

Moun pran refij+.

 8 Yo bwè pi bon bagay ki nan kay ou a jiskaske yo satisfè+.

Ou fè yo bwè pakèt bon bagay ou genyen yo+.

 9 Se ou menm ki sous lavi a+.

Se limyè ki soti nan ou ki ban nou limyè+.

10 Kontinye demontre lanmou fidèl ou genyen an pou moun ki konnen w yo+,

Kontinye montre moun ki dwat yo jistis ou+.

11 Pa kite moun ki ògeye a mache sou mwen,

Ni pa kite mechan an pouse m ak men l pou l fè m ale.

12 Mechan yo tonbe,

Yo lage yo atè e yo pa ka leve+.

Yon chante David te ekri.

א [Alèf]

37 Pinga w fache* poutèt moun k ap fè mechanste yo

Ni pinga w rayi sò moun k ap fè sa ki mal yo+.

 2 Y ap fennen byen vit tankou zèb+,

Y ap seche tankou zèb vèt.

ב [Bèt]

 3 Mete konfyans ou nan Jewova epi fè sa ki bon+.

Abite sou tè a*, epi aji avèk fidelite+.

 4 Pran tout plezi w* nan Jewova

E l ap ba ou tout sa w swete nan kè w.

ג [Gimèl]

 5 Kite Jewova dirije wout ou*+.

Met konfyans ou nan li e li menm l ap ede w+.

 6 L ap fè jistis ou parèt klè tankou limyè,

L ap fè jistis ou parèt klè tankou solèy midi.

ד [Dalèt]

 7 Ret an silans devan Jewova+,

Ret tann li ak espwa l ap ede w*.

Pinga w fache lè yon moun

Reyalize move plan li gen nan tèt li+.

ה [He]

 8 Pinga w fè kòlè, pinga w move+,

Pinga w fache epi w al lage kò w nan fè sa ki mal*.

 9 Paske, moun k ap fè mechanste yo ap disparèt+,

Men moun ki mete espwa yo nan Jewova ap posede tè a+.

ו [Waw]

10 Talè konsa, mechan yo pap la ankò+,

W ap gade kote yo te ye yo,

Ou pap jwenn yo+.

11 Men, moun ki gen imilite yo ap posede tè a+,

E y ap kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total+.

ז [Zayin]

12 Mechan an fè konplo sou do moun ki jis la+

E l ap manje dan.

13 Men Jewova ap ri l,

Paske L konnen jou pou l mouri a pa lwen+.

ח [Hèt]

14 Mechan yo rale epe yo e yo pare banza* yo

Pou yo lage ni moun y ap toupizi yo ni pòv malere yo atè

E pou yo touye moun k ap mache dwat yo.

15 Men, pwòp epe yo ap antre nan pwòp kè yo+

E banza yo ap kase.

ט [Tèt]

16 Ti sa moun ki jis la posede a pi bon

Pase pakèt bagay mechan yo posede yo+.

17 Bra mechan yo ap kase,

Men, Jewova ap soutni moun ki jis yo.

י [Yòd]

18 Jewova konnen sa moun ki san repwòch yo ap pase*.

Eritaj yo a ap la pou toutan+.

19 Lawont pap tonbe sou yo lè yo nan pwoblèm,

Lè gen grangou, y ap gen manje an kantite.

כ [Kaf]

20 Men, mechan yo ap peri+,

Ènmi Jewova yo ap disparèt tankou bèl patiraj,

Y ap disparèt tankou lafimen.

ל [Lamèd]

21 Mechan an prete, men li pa remèt,

Men, moun ki jis la donan*, li renmen bay+.

22 Moun Bondye beni yo ap posede tè a,

Men, moun li lage madichon sou yo ap peri+.

מ [Mèm]

23 Lè Jewova pran plezi nan fason yon moun ye+,

Li montre moun sa a kote pou l met pye l*+.

24 Moun sa a kapab bite, men li pap tonbe plat atè+

Paske Jewova kenbe men l*+.

נ [Noun]

25 Mwen te jèn yon lè, e kounye a mwen vin granmoun,

Men, mwen pa janm wè Bondye abandone yon moun ki jis+,

Ni mwen pa janm wè pitit li ap mande charite+.

26 Li toujou prete lòt moun san grate tèt+.

Pitit li yo ap jwenn benediksyon.

ס [Samèk]

27 Si w sispann fè sa ki mal e w fè sa ki byen+,

W ap rete pou toutan.

28 Paske, Jewova renmen jistis

E li pap lage moun ki fidèl ak li yo+.

ע [Ayin]

Y ap toujou jwenn pwoteksyon+,

Men, desandan mechan yo ap peri+.

29 Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a+

E yo gen pou yo viv sou li pou toutan+.

פ [Pe]

30 Se pawòl sajès ki soti nan bouch moun ki jis la*,

E moun sa a pale sa ki jis+.

31 Lwa Bondye l la nan kè l+,

Pye l pap glise+.

צ [Tsade]

32 Mechan an ap gade moun ki jis la

E l ap chèche touye l.

33 Men, Jewova pap lage moun ki jis la nan men mechan an+,

Ni li pap kondane l lè y ap jije l+.

ק [Kòf]

34 Met espwa w nan Jewova epi mache nan chemen l yo.

L ap fè lwanj pou ou e w ap resevwa tè a kòm byen pa w.

Lè yo disparèt mechan yo+, w ap wè sa+.

ר [Rèch]

35 Mwen wè yon moun ki san pitye, ki mechan,

K ap ouvè kò l tankou bèl pyebwa ki grandi nan tè l te pouse a+.

36 Men, bridsoukou li peri e li pa la ankò+.

Mwen plede chèche l, men mwen pa ka jwenn li+.

ש [Chin]

37 Gade moun ki san repwòch* la byen,

Gade moun ki dwat la+,

Paske moun sa a gen pou l viv anpè+.

38 Men, tout moun k ap pratike peche yo ap peri.

Mechan yo pa gen okenn avni+.

ת [Taw]

39 Se Jewova k ap sove moun ki jis yo+.

Li se yon fòtrès pou yo nan moman difisil yo+.

40 Jewova ap ede yo, l ap delivre yo+.

L ap retire yo anba men mechan yo e l ap sove yo,

Paske se nan li yo pran refij+.

Yon chante David te ekri kòm rapèl.

38 O Jewova, pa reprimande m pandan w fache,

Pa korije m pandan w an kòlè+.

 2 Paske flèch ou yo antre byen fon nan mwen,

E men w ap peze m desann+.

 3 Mwen malad nan tout kò m* paske w fache anpil.

Mwen pa santi m anpè menm akoz peche m fè a+.

 4 Peche m yo monte pi wo pase tèt mwen+.

Yo tankou yon chay ki lou, yo twòp pou m pote.

 5 Kote m blese yo santi e yo anvlimen

Akoz mwen te aji tankou moun sòt.

 6 Mwen nan lapenn e mwen kagou anpil,

Tout lajounen m ap mache tou tris.

 7 Mwen santi anndan m ap boule m*.

Mwen malad nan tout kò m+.

 8 Tout kò m vin angoudi, mwen kraze nèt.

Tristès ki nan kè m fè m ap plenn byen fò*.

 9 O Jewova, ou konn tout sa m ta renmen,

Ou wè jan m ap plenn.

10 Kè m ap bat fò, mwen pèdi fòs,

M pa wè byen nan je m ankò+.

11 Maladi m nan fè zanmi m yo kouri pou mwen,

Bon zanmi m yo rete lwen m.

12 Moun k ap chèche touye m* yo tann pyèj pou mwen,

Moun k ap chèche fè m mal yo ap pale m mal+,

Tout lajounen y ap fè konplo pou yo twonpe m.

13 Men, tankou yon moun ki soud, mwen pa tande+,

Tankou yon moun ki bèbè, mwen pa ouvè bouch mwen+.

14 Mwen vin tankou yon moun ki pa ka tande,

Ki pa konn sa pou l di pou l defann tèt li.

15 Se ou menm mwen te tann, o Jewova+,

E w te reponn mwen, o Jewova, Bondye m nan+.

16 Mwen te di: “Pinga yo bat plezi sou mwen,

Ni pinga yo monte kòlèt yo sou mwen si pye m chape.”

17 Paske, mwen te prèske tonbe

E m te toujou ap soufri+.

18 Mwen te konfese peche m te fè a+.

Peche m nan t ap boulvèse m anpil+.

19 Ènmi m yo se moun ki vanyan* e ki gen anpil fòs*.

Moun ki rayi m san rezon yo anpil.

20 Yo te rann mwen mal pou byen.

Yo te opoze avè m poutèt mwen t ap chèche fè sa ki byen.

21 O Jewova, pa abandone m,

O Bondye m nan, pa rete lwen m+.

22 Tanpri, fè vit vin ede m,

O Jewova, sovè m nan+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Jedoutoun*+. Yon chante David te ekri.

39 Mwen te di: “M ap veye kò m

Pou m pa peche ak lang mwen+.

M ap met yon baboukèt nan bouch mwen pou m ka veye l+

Toutotan gen mechan devan m.”

 2 Mwen pa t ka di anyen, mwen te fè silans+,

Mwen te pe bouch mwen, menm sa ki bon m pa t di.

Men, mwen t ap soufri anpil.

 3 Kè m t ap boule anndan m.

Pandan m t ap reflechi*, dife a te kontinye ap boule.

Finalman, mwen te di:

 4 “O Jewova, ede m konnen ki jan m ap fini,

E ki kantite tan m ap viv+,

Pou m ka konnen jan lavi m kout*.

 5 Vrèmanvre, se de twa jou sèlman ou ban mwen+,

E kantite tan m ap viv la pa anyen devan w+.

Se sèten, chak moun tankou yon vapè*, menmsi yo santi anyen pa ka rive yo+. (Sela)

 6 Se sèten, lòm mache tankou lonbray.

Li kouri adwat agoch* pou granmesi.

Li anpile richès san l pa konn kiyès ki pral jwi yo+.

 7 Kidonk, ki espwa pou m genyen, o Jewova?

Tout espwa m se nan ou.

 8 Sove m anba peche m yo+.

Pa kite moun sòt la manke m dega.

 9 Mwen pa t di anyen,

Mwen pa t ka ouvè bouch mwen di anyen+,

Paske se ou menm ki dèyè sa k pase a+.

10 Retire malè ou lage sou mwen an.

Mwen fin depafini paske w frape m.

11 Ou pini lòm pou peche l pou w korije l+,

Ou detwi bagay ki gen valè pou li yo tankou mit.

Vrèmanvre, lòm tankou yon vapè+. (Sela)

12 Koute priyè m, o Jewova,

Koute lè m ap rele w pou m mande w sekou+.

Pa fè kòmsi w pa wè dlo k ap soti nan je m yo.

Paske pou ou mwen se yon senp etranje+,

Yon vwayajè k ap pase*, menm jan ak tout zansèt mwen yo+.

13 Pa gade m pandan w an kòlè, pou m ka fè yon ti rejwi

Anvan m mouri epi m pa la ankò.”

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David te ekri.

40 Mwen te met tout espwa m nan* Jewova.

Li te panche zòrèy li* pou l koute m e li te tande m k ap rele l pou m mande l sekou+.

2 Li te fè m soti nan yon twou ki gen gwo bri,

Nan yon labou ki glise,

E li mete de pye m sou yon mas wòch.

Li fè m mache yon kote ki fèm.

3 Lè sa a li te fè m chante yon chante tounèf+.

Louwanj pou Bondye nou an.

Anpil moun gen pou yo gade Jewova avèk anpil respè

E yo gen pou yo met konfyans yo nan li.

 4 Byennere moun ki met konfyans li nan Jewova

E ki pa chèche èd nan men moun ki dezobeyisan oswa nan men moun ki gen twou nan manch*.

 5 Ou fè anpil bagay,

O Jewova, Bondye m nan.

Ou fè bèl aksyon pou nou e w gen bèl objektif pou nou+.

Pa gen tankou w+.

Si m ta eseye rakonte yo, si m ta eseye pale de yo,

Mwen pa t ap kapab, tèlman yo anpil+!

 6 Se pa sakrifis ak ofrann ou te vle*+.

Men, ou ouvri zòrèy mwen pou m tande+.

Ou pa t mande sakrifis yo boule nèt ak sakrifis pou peche+.

 7 Apre sa, mwen di: “Gade! Mwen vini.

Se sa ki ekri nan woulo a* konsènan mwen+.

 8 O Bondye m nan, mwen pran plezi pou m* fè volonte w+.

Lwa w yo nan fon kè m+.

 9 Mwen fè konnen jistis ou nan mitan gwo foul moun ki rasanble yo+.

Gade! Mwen pa fèmen bouch mwen+.

O Jewova, ou konn sa trè byen.

10 Mwen pa kache jistis ou nan kè m,

Mwen fè konnen jan w fidèl e jan w bay delivrans.

Nan mitan gwo foul moun ki rasanble yo, mwen fè konnen ou gen yon lanmou ki fidèl e w toujou di laverite+.”

11 O Jewova, pa sispann fè m mizèrikòd.

Se pou w toujou pwoteje m akoz lanmou w* ak fidelite w+.

12 Paske, kalamite ki tonbe sou mwen yo twòp pou m konte+.

Erè m yo tèlman anpil, mwen pa wè ki kote pou m fè+.

Yo plis pase cheve ki nan tèt mwen

E m pèdi espwa.

13 O Jewova, se pou w dispoze sove m+.

O Jewova, fè vit vin ede m+.

14 Se pou tout moun k ap chèche touye m* yo

Wont e se pou yo tonbe nan dezonè.

Se pou moun ki kontan akoz malè ki rive m nan

Fè bak poutèt imilyasyon yo jwenn nan.

15 Se pou moun k ap pase m nan rizib yo

Sezi lè lawont tonbe sou yo.

16 Se pou moun k ap chèche w yo+

Kontan anpil e se pou yo rejwi pou sa w fè pou yo+,

Se pou moun ki renmen sa w fè pou w delivre yo toujou di:

“Glwa pou Jewova+.”

17 Mwen pa gen moun pou ede m e mwen pòv.

Se pou Jewova pran ka m.

Se ou menm k ap ede m, se ou menm k ap sove m+.

Bondye m nan, pa mize+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David te ekri.

41 Byennere moun ki pran ka moun ki ba yo+.

Jewova ap delivre l nan jou malè a.

 2 Jewova ap pwoteje l, l ap fè l ret vivan.

Moun sou tè a ap fè konnen li gen kè kontan+.

Ou pap janm lage l nan men ènmi l yo pou yo fè sa yo vle avè l+.

 3 Jewova ap ede l pandan l kouche sou kabann li tou malad+.

L ap pran swen l pandan l malad la.

 4 Men sa m te di: “O Jewova, fè m favè+.

Geri m*+, paske mwen peche kont ou+.”

 5 Men, ènmi m yo ap pale m mal, y ap di:

“Ki lè l ap mouri pou yo bliye l?”

 6 Lè youn nan ènmi m yo vin wè m, se manti li ban m paske se sa k nan kè l.

Li chèche sa k pa bon pou l di sou mwen.

Apre sa, li soti epi li gaye pawòl la.

 7 Tout moun ki rayi m yo ap pale tou ba sou do m.

Y ap fè konplo sou do m pou yo fè m sa ki mal.

Y ap di:

 8 “Gen yon malè ki rive l.

Kounye a, li pa bon menm, li pap leve ankò+.”

 9 Menm bon zanmi mwen te fè konfyans+

Ki te konn manje ansanm avè m nan vire* kont mwen+.

10 Men ou menm, o Jewova, se pou w fè m favè, se pou w fè m leve

Pou m pini yo.

11 Sa k ap fè m konnen ou kontan avè m,

Se lè m wè ènmi m yo pa ka fè fèt sou do m+.

12 Kanta pou mwen, se fidelite m ki fè w kontinye soutni m+.

W ap fè m rete bò kote w pou toutan+.

13 Se pou Jewova, Bondye Izrayèl la, jwenn louwanj

Pou tout tan gen tan+.

Amèn*, amèn.

DEZYÈM LIV

(Sòm 42-72)

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon maskil* desandan Kore yo+.

42 Menm jan ak yon sèf* ki anvi bwè dlo rivyè,

Se konsa tou mwen* anvi sèvi w, o Bondye.

 2 Mwen* swaf sèvi Bondye vivan an+.

Ki lè m ap parèt devan Bondye+?

 3 Lajounen kou lannuit, se dlo nan je m ki manje m.

Tout lajounen gen moun k ap pase m nan rizib, y ap mande m: “Kote Bondye w la+?”

 4 Gen kèk bagay mwen sonje e sa ap fè m di tout sa m santi*:

Mwen te konn mache ansanm ak foul la,

Mwen te konn mache avèk anpil respè* devan moun yo pou m al nan kay Bondye a,

Moun yo te konn ap rele ak kè kontan,

Yo te konn ap remèsye Bondye pandan y ap fete+.

 5 Poukisa m* dekouraje konsa a+?

Poukisa m boulvèse konsa a?

Se pou m ret tann Bondye+.

Paske, mwen gen pou m fè louwanj pou li kòm Sovè m+.

 6 Bondye m nan, mwen* dekouraje+.

Se sa k fè mwen sonje w+

Pandan m nan peyi kote Rivyè Jouden an pase a, sou tèt Mòn Èmon

Ak sou Mòn Miza*.

 7 Lè dlo w yo fin tonbe byen fò,

Gwo dlo rele gwo dlo.

E tout gwo vag ou yo kouvri m+.

 8 Lajounen, Jewova ap demontre lanmou fidèl li gen pou mwen,

Nan nuit, m ap chante yon chante ki pale de li. Se priyè sa a mwen fè Bondye ki ban m lavi a+.

 9 M ap di Bondye m nan, Mas Wòch mwen an:

“Poukisa w bliye m+?

Poukisa pou m ta ap mache tou tris poutèt ènmi m yo ap toupizi m+?”

10 Ènmi m yo agresif avè m, y ap pase m nan rizib*.

Tout lajounen y ap pase m nan rizib, y ap mande m: “Kote Bondye w la+?”

11 Poukisa m* dekouraje konsa a?

Poukisa m boulvèse konsa a?

Se pou m ret tann Bondye+.

Paske, mwen gen pou m fè louwanj pou li kòm Sovè m e kòm Bondye m+.

43 Fè m jwenn jistis, o Bondye+,

Defann kòz mwen+ kont yon nasyon ki pa fidèl.

Sove m anba men moun k ap twonpe moun e k ap fè sa ki mal.

 2 Paske, se ou ki Bondye m, ki fòtrès mwen+.

Poukisa w voye m jete konsa a?

Poukisa pou m ap mache byen tris akoz ènmi m nan k ap toupizi m+?

 3 Voye limyè w ak verite w+.

Se pou yo gide m+,

Se pou yo mennen m nan mòn ou an ki sakre ak nan tabènak* ou a+.

 4 Lè sa a, m ap parèt devan lotèl Bondye a+,

Devan Bondye ki fè kè m kontan anpil la.

E m ap fè louwanj pou ou avèk hap*+, o Bondye, Bondye m nan.

 5 Poukisa m* dekouraje konsa a?

Poukisa m boulvèse konsa a?

Se pou m ret tann Bondye+.

Paske, mwen gen pou m fè louwanj pou li kòm Sovè m e kòm Bondye m+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante desandan Kore yo te ekri+. Maskil*.

44 O Bondye, nou te tande ak zòrèy nou.

Zansèt nou yo te rakonte nou+

Bagay ou te fè nan tan lontan,

Nan epòk yo a.

 2 Ou te mete yon seri nasyon deyò ak men w+,

E ou te fè zansèt nou yo pran plas yo+.

Ou te kraze yon seri nasyon e w te mete yo deyò+.

 3 Se pa avèk epe yo yo te pran peyi a+,

E se pa pwòp men yo ki te fè yo pote laviktwa+.

Men, yo te pote laviktwa grasa men dwat ou, grasa fòs ponyèt ou+ e grasa favè w te fè yo*

Paske w te pran plezi nan yo+.

 4 Se ou menm ki wa mwen, o Bondye+.

Bay Jakòb yon viktwa total*.

 5 Se grasa pisans ou n ap fè advèsè nou yo fè bak+,

Se nan non w n ap pilonnen moun ki leve kont nou yo+.

 6 Paske, se pa nan banza* m mwen mete konfyans mwen,

E epe m nan pa ka sove m+.

 7 Se ou menm ki te delivre nou anba men advèsè nou yo+.

Ou te imilye moun ki rayi nou yo.

 8 Se ou menm n ap bay louwanj tout lajounen, o Bondye.

N ap fè louwanj pou non w pou toutan. (Sela)

 9 Men kounye a, ou voye nou jete, ou imilye nou

E w pa avèk lame nou yo ankò lè y ap soti.

10 W ap plede fè nou kouri pou advèsè nou yo+.

Moun ki rayi nou yo pran sa yo vle.

11 Ou lage nou tankou mouton pou yo devore nou.

Ou gaye nou nan mitan nasyon yo+.

12 Ou vann pèp ou a pou yon kraze monnen+,

Ou pa fè okenn benefis sou lavant lan*.

13 Ou fè vwazen nou yo pa gen respè pou nou,

Ou fè moun ki toutotou nou yo ap moke nou, ou fè y ap pase nou nan rizib.

14 Ou fè nasyon yo pa vle wè nou+,

Ou fè moun yo souke tèt yo pou yo pase nou nan rizib.

15 Mwen santi yon imilyasyon tout lajounen.

Lawont ki tonbe sou mwen an twòp pou mwen,

16 Paske, mwen tande vwa moun k ap pase m nan rizib yo, k ap di m move pawòl.

Paske, ènmi nou an ap tire revanj sou nou.

17 Tout bagay sa yo rive nou, men nou pa bliye w,

E nou pa vyole alyans ou an+.

18 Kè nou pa devye,

Pye nou pa kite chemen w lan.

19 Men, ou kraze nou kote chen sovaj yo rete,

Ou kouvri nou ak yon lonbray pwès.

20 Si nou bliye non Bondye nou an

Oubyen nou leve men nou pou nou priye yon fo dye,

21 Èske Bondye pap konn sa?

Paske, li konnen sekrè ki nan kè moun+.

22 Poutèt ou menm, tout lajounen y ap touye nou,

Yo konsidere nou tankou mouton y ap mennen labatwa+.

23 Leve non, o Jewova. Poukisa w ap dòmi toujou+?

Leve non! Pa voye nou jete pou toutan+.

24 Poukisa w kache figi w pou nou?

Poukisa w bliye nou alòske n ap soufri e y ap toupizi nou?

25 Yo fè nou* desann jis nan pousyè,

Yo lage nou plat atè+.

26 Leve pou w ede nou+!

Delivre* nou akoz lanmou fidèl ou genyen an+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe sou ton* “Lis yo”. Yon chante damou desandan Kore yo+ te ekri. Maskil*.

45 Gen yon bon bagay ki touche kè m anpil.

Mwen di: “Chante m nan* ap pale de yon wa+.”

Se pou lang mwen vin tankou yon plim+ ki nan men yon moun ki ekri byen+.

 2 Se ou ki pi bèl gason pami pitit gason lèzòm yo.

Se pa ti bèl pawòl ki sot nan bouch ou bèl+!

Se sa k fè Bondye beni w pou toutan+.

 3 Gason vanyan+, mare epe w+ nan ren w.

Mare ren w ak diyite ak laglwa+.

 4 Pandan w gen glwa a, al ranpòte laviktwa+.

Monte cheval ou epi batay pou moun ki gen imilite yo, pou laverite ak lajistis+,

E w ap reyalize gwo bagay ak men dwat ou.

 5 Flèch ou yo pwenti, yo fè moun tonbe devan w+.

Yo antre nan kè ènmi wa a+.

 6 Bondye se twòn ou pou tout tan gen tan+.

Baton wayòm ou an se yon baton ladwati*+.

 7 Ou renmen sa ki jis+ e w rayi mechanste+.

Se poutèt sa, Bondye, Bondye w la, chwazi w, li vide luil sou tèt ou+ e li ba w plis kè kontan+ pase konpayon w yo.

 8 Tout rad ou gen sant lami*, sant kas ak sant lalwa*.

Son enstriman akòd yo k ap soti nan gwo palè ki dekore ak ivwa a fè kè w kontan.

 9 Pami fi w onore yo, genyen ki pitit fi wa.

Rèn nan kanpe adwat ou e li gen bijou sou li ki fèt ak lò ki sot Ofi+.

10 Tande, pitit fi m, panche zòrèy ou pou w koute m.

Bliye pèp ou a, bliye kay papa w.

11 W ap atire wa a paske w bèl.

Se li menm ki chèf ou,

Kidonk, se pou w bese byen ba devan l.

12 Pitit fi Ti a ap vini avèk yon kado.

Mesye ki pi rich yo ap chèche jwenn favè w*.

13 Pitit fi wa a gen anpil glwa anndan palè a*.

Yo dekore rad li ak* lò.

14 Y ap mennen l kot wa a avèk bèl rad ki byen tise*.

Yo mennen vyèj k ap suiv li yo devan w.

15 Ap gen rejwisans ak kè kontan pandan y ap mennen yo.

Y ap antre anndan palè wa a.

16 Pitit gason w yo ap pran plas zansèt ou yo.

W ap fè yo vin prens sou tout tè a+.

17 M ap fè moun konn non w+ jenerasyon apre jenerasyon.

Konsa, anpil pèp va fè louwanj pou ou pou tout tan gen tan.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante desandan Kore yo+ te ekri. Nan stil Alamòt*.

46 Bondye se refij nou e li se fòs nou+,

Nou ka jwenn èd li byen fasil nan moman difisil yo+.

 2 Se sa k fè nou pap pè menmsi tè a tranble,

Menmsi mòn yo chavire nan fon lanmè+,

 3 Menmsi dlo lanmè a gwonde epi li kimen+,

Menmsi mòn yo souke tèlman lanmè a move. (Sela)

 4 Gen yon rivyè, branch li yo fè moun kontan nan vil Bondye a+,

Tabènak* sakre ki gen glwa ki pou Sila a ki nan pi gwo pozisyon an.

 5 Bondye nan vil sa a+ e pèsonn pa ka pran l.

Kou l jou, Bondye ap vin pote vil sa a sekou+.

 6 Nasyon yo t ap fè bri, wayòm yo te tonbe.

Bondye te leve vwa l e tè a te tranble+.

 7 Jewova, Chèf lame yo, avèk nou+.

Bondye Jakòb la se refij* kote n ka jwenn sekirite. (Sela)

 8 Vini, vin wè sa Jewova fè.

Gade tout bagay estrawòdinè li fè sou tè a.

 9 Li fè pa gen lagè ankò sou tout kò tè a+.

Li kase banza* a e li fè lans lan fè plizyè moso.

Li boule charyo pou fè lagè* yo nan dife.

10 Men sa li di: “Bay legen. Se pou w konnen se mwen ki Bondye.

M ap jwenn glwa nan mitan nasyon yo+,

Y ap ban m glwa sou tè a+.”

11 Jewova, Chèf lame yo, avèk nou+.

Bondye Jakòb la se refij kote n ka jwenn sekirite+. (Sela)

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante desandan Kore yo+ te ekri.

47 Nou menm pèp yo, bat bravo.

Fè louwanj pou Bondye, rele ak kè kontan.

 2 Paske, Jewova, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an, bay lakrentif+.

Li se gran Wa ki gen pouvwa sou tout tè a+.

 3 Li fè pèp yo soumèt devan nou,

Li met nasyon anba pye nou+.

 4 Li chwazi eritaj nou an pou nou+,

Sa ki fè Jakòb, moun li renmen an, fyè a+. (Sela)

 5 Bondye vini pandan moun yo ap rele ak kè kontan,

Jewova vini pandan y ap sonnen kòn*.

 6 Chante louwanj* pou Bondye, chante louwanj pou li.

Chante louwanj pou Wa nou an, chante louwanj pou li.

 7 Paske, se Bondye ki Wa tout tè a+.

Chante louwanj pou li, montre nou gen bon konprann.

 8 Bondye vin Wa nasyon yo+.

Bondye chita sou twòn li an ki sakre.

 9 Moun ki chèf pèp yo te reyini ansanm

Ak pèp Bondye Abraram nan.

Paske, tout moun ki chèf* sou tè a se pou Bondye yo ye.

Bondye gen anpil glwa+.

Yon melodi. Yon chante desandan Kore yo te ekri+.

48 Jewova, Bondye nou an, pisan e li merite pou yo fè louwanj pou li

Nan vil li a, nan mòn li an ki sakre.

 2 Mòn Siyon se yon bèl mòn anlè kote li ye a, li fè tout tè a rejwi+.

Li byen lwen nan direksyon nò.

Se vil Gran Wa a+.

 3 Nan fòtrès ki gen nan vil sa a,

Bondye fè konnen li se yon refij kote*+ moun ka jwenn sekirite.

 4 Paske, gade, wa yo mete tèt yo ansanm*

E y ap avanse ansanm.

 5 Lè yo te wè vil la, yo te sezi anpil,

Yo te panike e yo te kouri tèlman yo te pè.

 6 Yon sèl latranblad te pran yo menm kote a,

Yo te gen doulè tankou yon fi ki gen tranche.

 7 Ou fè tout bato Tasis yo fè nofraj ak yon van ki sot nan direksyon lès.

 8 Sa nou te tande a, kounye a, nou wè l

Nan vil Jewova, Chèf lame yo, nan vil Bondye nou an.

Bondye ap fè vil sa a kontinye egziste pou toutan+. (Sela)

 9 O Bondye, nou reflechi sou lanmou fidèl ou genyen an+

Anndan tanp ou an.

10 O Bondye, menm jan avèk non w, louwanj yo fè pou ou

Rive nan dènye bout tè a+.

Men dwat ou toujou fè sa ki dwat+.

11 Se pou Mòn Siyon+ rejwi,

Se pou vil* Jida yo rejwi akoz jijman w yo+.

12 Mache toutotou Mòn Siyon, fè wonn li.

Konte fòtrès li yo+.

13 Fikse kè w sou mi l yo ki byen solid+.

Byen egzamine fòtrès li yo,

Pou w ka pale de li ak jenerasyon k ap vini yo.

14 Paske, Bondye sa a se Bondye nou+ pou tout tan gen tan.

L ap kontinye gide nou pou toutan*+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante desandan Kore+ yo te ekri.

49 Tande sa, nou menm pèp yo.

Se pou nou koute, nou tout k ap viv nan monn nan*,

 2 Ni moun ki pa enpòtan ni moun ki enpòtan*,

Ni rich ni pòv.

 3 Pawòl sajès ap soti nan bouch mwen,

Bagay m ap medite sou yo nan kè m+ yo ap montre mwen gen bon konprann.

 4 M ap koute sa ki di nan yon pwovèb.

M ap bay sans devinèt mwen yo pandan m ap jwe hap* mwen.

 5 Poukisa pou m pè lè gen pwoblèm+,

Lè moun k ap chèche kraze m yo ap fè mechanste* toutotou m?

 6 Pa gen youn nan moun ki met konfyans yo nan richès+,

K ap fè grandizè poutèt yo rich anpil+,

 7 K ap janm kapab delivre yon frè l,

Oubyen ki kapab bay Bondye yon ranson pou li+

 8 (Ranson pou yo ta bay pou lavi* yo a tèlman gen anpil valè,

Yo pap janm ka bay li)

 9 Yon fason pou l viv pou toutan e pou l pa desann nan twou a*+.

10 Li wè menm moun ki saj yo mouri.

Ni moun ki san konprann nan ni moun ki pa rezonab la peri ansanm+,

E yo oblije kite richès yo pou lòt moun+.

11 Yo swete pou kay yo la pou toutan,

Pou tant yo la jenerasyon apre jenerasyon.

Yo gen bitasyon ki pote non yo.

12 Men, menmsi yo onore yon moun, li pap la pou toutan+.

Li pa pi bon pase bèt yo k ap mouri+.

13 Se sa k ap rive moun ki san konprann yo+

Ak moun k ap suiv moun sa yo e ki pran plezi nan pawòl anlè y ap di yo. (Sela)

14 Yo kondane pou y al nan Tonm* tankou mouton y ap mennen labatwa.

Lanmò ap tounen gadò yo.

Moun ki jis yo pral domine+ sou yo lè l jou.

Y ap disparèt nèt+,

Se Tonm nan*+ k ap vin kay yo, se pa yon palè+.

15 Men, Bondye ap sove m* anba pouvwa* Tonm nan*+,

Paske l ap rale m met deyò, l ap pwoteje m. (Sela)

16 Ou pa bezwen bay tèt ou pwoblèm lè w wè yon moun vin rich,

Lè w wè kay li ap vin pi bèl.

17 Paske, lè l mouri li pa ka ale ak anyen+,

Richès li a pap desann avè l+.

18 Pandan l vivan an, l ap fè lwanj pou tèt li*+.

(Moun fè lwanj pou ou lè afè w ap mache+.)

19 Men, alafen, li pral jwenn moun ki t ap viv nan menm epòk ak zansèt li yo.

Yo pap janm wè limyè ankò.

20 Yon moun ki pa konprann sa, menmsi yo onore l+,

Li pa pi bon pase bèt yo k ap mouri.

Yon chante Asaf+ te ekri.

50 Jewova, Dye ki anlè tout lòt dye yo+, pale,

Li konvoke latè,

Depi kote solèy la leve a rive kote l kouche a*.

 2 Detan Bondye Siyon, ki bèl anpil+, li klere tankou solèy.

 3 Bondye nou an ap vini e li pa ka ret an silans+.

Devan l gen yon dife k ap boule+,

Gen yon gwo tanpèt toutotou l+.

 4 Li konvoke syèl la anlè a ak tè a+,

Pou l jije pèp li a+. Li di:

 5 “Nou menm ki fidèl avè m, vin jwenn mwen,

Nou menm ki fè yon alyans avè m sou baz yon sakrifis+.”

 6 Syèl la ap fè konnen jan Bondye jis,

Paske se Bondye ki Jij+. (Sela)

 7 “O Izrayèl, pèp mwen an, koute m, m ap pale avèk nou,

M ap temwaye kont nou+.

Mwen se Bondye, Bondye nou an+.

 8 Se pa poutèt sakrifis nou yo m ap blame nou,

Ni poutèt ofrann nou boule nèt ki devan m toutan yo+.

 9 Mwen pa bezwen pran yon towo bèf lakay nou,

Ni kabrit* nan pak nou yo+.

10 Paske, tout bèt nan bwa se pou mwen+,

E menm bèt ki sou tout mòn yo se pou mwen.

11 Mwen konn tout zwazo ki gen nan mòn yo+.

Pakèt zannimo ki nan savann yo se pou mwen.

12 Si mwen ta grangou, mwen pa t ap di nou sa.

Paske, tè a ak tout sa k sou li se pou mwen yo ye+.

13 Èske m ap manje vyann towo bèf?

Èske m ap bwè san kabrit+?

14 Ofri Bondye remèsiman kòm sakrifis+,

Respekte pwomès nou fè Sila a ki nan pi gwo pozisyon an+.

15 Se pou nou rele m lè nou nan pwoblèm+.

M ap sove nou e nou menm n ap ban m glwa+.”

16 Men, men sa Bondye ap di mechan an:

“Ki dwa w pou w fè moun konnen lwa m yo+,

Oswa pou w pale moun de alyans mwen an+?

17 Paske, ou rayi disiplin*

E w kontinye vire do bay pawòl mwen yo*+.

18 Lè w wè yon vòlè, ou montre l ou dakò ak sa l ap fè yo*+.

Se moun k ap fè adiltè ki zanmi w.

19 Ou sèvi ak bouch ou pou w di sa k mal,

Ou sèvi ak lang ou pou w bay manti+.

20 Ou chita ak lòt moun pou w pale pwòp frè w mal+,

Ou fè moun konnen defo* pitit gason manman w genyen.

21 Lè w te fè bagay sa yo, mwen te rete san m pa di anyen.

Se sa k fè w te panse mwen t ap fè menm jan avè w.

Men, kounye a, m ap blame w,

M ap fè konnen ki pwoblèm mwen gen avè w+.

22 Tanpri, sonje sa, ou menm ki bliye Bondye+,

Pou m pa fè w fè miyèt moso san w pa gen pèsonn pou sove w.

23 Moun ki ban m remèsiman kòm sakrifis ban m glwa+,

E kanta pou moun ki kontinye mache nan bon chemen an,

M ap delivre l+.”

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David te ekri, lè pwofèt Natan t al kote l apre l te fin gen relasyon ak Batcheba a+.

51 Fè m favè, o Bondye, akoz lanmou fidèl ou genyen an+.

Efase sa m fè ki mal yo, paske, ou gen anpil mizèrikòd+.

 2 Lave m byen lave akoz erè m nan+,

Netwaye m pou w efase peche m nan+.

 3 Paske, mwen byen konnen sa m te fè ki mal yo,

E se toutan peche m+ nan devan m*.

 4 Se kont ou menm, se sitou kont ou menm*, mwen te peche+.

Mwen fè sa ki mal nan je w+.

Konsa, ou jis lè w pale

E jijman w fè a bon+.

 5 Men, mwen fèt ak peche nan mwen,

Mwen gen peche nan mwen depi lè manman m ansent mwen+.

 6 Ou pran plezi nan moun ki gen laverite nan fon kè yo+.

Aprann mwen ki jan pou m gen vrè sajès la nan kè m*.

 7 Pirifye m anba peche m nan* pou m ka pwòp+.

Lave m pou m ka vin pi blan pase nèj+.

 8 Fè m tande vwa moun ki kontan e k ap rejwi

Pou m ka rejwi menmsi w fin kraze zo m+.

 9 Vire figi w pou w pa gade* peche m yo+

Epi efase* tout erè m yo+.

10 Fè kè m vin pwòp, o Bondye+.

Ban m yon lòt espri+, yon espri k ap fè m fidèl.

11 Pa voye m jete.

Pa retire lespri sen w sou mwen.

12 Fè m retounen gen kè kontan mwen te genyen lè w te sove m nan+.

Fè m anvi obeyi w*.

13 M ap fè moun k ap fè sa ki mal yo konnen chemen w yo+

Yon fason pou moun k ap fè peche yo ka tounen vin jwenn ou.

14 Pa fè m peye pou san ki te koule a+, o Bondye, Bondye delivrans mwen an+,

Pou m ka kontan sèvi ak lang mwen pou m fè konnen jan w jis+.

15 O Jewova, louvri bouch mwen

Pou m ka fè louwanj pou ou+.

16 Paske, se pa yon sakrifis ou vle, si se te sa, mwen ta ba w youn+.

Ou pa pran plezi nan ofrann yo boule nèt pou ou+.

17 Sakrifis ki fè Bondye plezi a se yon espri ki toumante.

O Bondye, ou pap rejte* yon kè k ap fann+.

18 Fè sa ki bon pou Siyon paske ou vle sa ki bon pou li.

Rebati miray Jerizalèm yo.

19 Lè sa a, w ap pran plezi nan sakrifis ki fèt nan ladwati yo,

Nan sakrifis ki boule nèt yo ak nan bèt yo ofri tou antye yo.

Lè sa a, y a ofri towo bèf sou lotèl ou a+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Maskil*. Yon chante David te ekri. Li gen rapò ak lè Dowèg, moun Edòm nan, t al fè Sayil konnen David t al lakay Ayimelèk+.

52 Poukisa w ap vante tèt ou poutèt move bagay ou fè, ou menm ki san pitye+?

Lanmou fidèl Bondye genyen an ap dire pou toutan+.

 2 Lang ou file tankou razwa+

E l ap fè konplo pou l fè sa ki mal e pou l twonpe moun+.

 3 Ou pi renmen sa ki mal pase sa ki byen,

Ou pi renmen bay manti pase w di laverite. (Sela)

 4 Ou renmen tout move pawòl ki ka fè moun mal.

Ala w ka bay manti ak lang ou!

 5 Se sa k fè Bondye ap lage w atè pou toutan+,

L ap pran w e l ap rale w soti nan tant ou+.

L ap derasinen w pami moun ki vivan yo+. (Sela)

 6 Moun ki jis yo ap wè sa, y ap sezi anpil+

E y ap ri moun k ap fè sa ki mal la+. Y ap di:

 7 “Men yon gason ki pa pran Bondye kòm refij* li+,

Ki met konfyans li nan pil richès li yo+,

E ki konte sou* konplo* l ap fè.”

 8 Men, mwen menm, m ap vin tankou yon bèl pye oliv nan kay Bondye a,

M ap gen konfyans nan lanmou fidèl Bondye genyen an+ pou tout tan gen tan.

 9 O Bondye, m ap fè louwanj pou ou pou toutan pou aksyon w fè yo+.

Devan moun ki fidèl avè w yo,

M ap montre m met konfyans mwen nan non w+, paske li bon.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Nan stil Mahalat*. Maskil*. Yon chante David te ekri.

53 Moun sòt la* di nan kè l:

“Pa gen Jewova+.”

Move bagay y ap fè yo pa bon menm e yo bay degoutans.

Pa gen youn k ap fè sa ki bon+.

 2 Men, detan Bondye nan syèl la, l ap gade lèzòm+

Pou l wè si gen nan yo ki gen bon konprann, si gen nan yo k ap chèche Jewova+.

 3 Yo tout kite wout la,

Yo youn pa bon menm.

Pa gen youn k ap fè sa ki bon,

Pa menm youn+.

 4 Èske se konprann okenn nan moun k ap fè sa ki mal yo pa konprann?

Y ap devore pèp mwen an tankou se pen y ap manje.

Yo pa envoke non Jewova+.

 5 Men, yon gwo laperèz gen pou anvayi yo.

Y ap pè nan yon nivo yo pa t janm pè anvan*.

Paske, Bondye ap gaye zo moun ki atake Izrayèl yo*.

Izrayèl ap fè yo wont paske Jewova vire do ba yo.

 6 Se pou delivrans Izrayèl soti nan Siyon+!

Lè Jewova ap rasanble moun nan pèp li a ki te ann egzil yo,

Se pou Jakòb kontan, se pou Izrayèl rejwi.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Se pou yo akonpaye chante sa a ak enstriman akòd. Maskil*. Yon chante David te ekri. Li gen rapò ak lè moun Zif yo t al wè Sayil e yo te di l: “David kache nan mitan nou+.”

54 O Bondye, sove m epi bay non w glwa+,

Sèvi ak fòs ou pou w defann* mwen+.

 2 O Bondye, koute priyè m+.

Koute pawòl k ap sot nan bouch mwen.

 3 Paske, gen etranje ki leve kont mwen,

Gen gason ki san pitye k ap chèche touye m*+.

Yo pa gen okenn respè pou ou*, o Bondye+. (Sela)

 4 Tande! Se Bondye k ap ede m+.

Jewova avèk moun k ap soutni m* yo.

 5 L ap fè ènmi m yo peye pou mechanste y ap fè yo+.

O Bondye, se pou w mete yon fen nan yo paske w fidèl+.

 6 M ap ofri w sakrifis+ ak kè kontan.

M ap fè louwanj pou non w, o Jewova, paske li bon*+.

 7 Paske, ou sove m nan tout pwoblèm mwen yo+,

E m ap wè ènmi m yo lè yo tonbe+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Se pou yo akonpaye chante sa a ak enstriman akòd. Maskil*. Yon chante David te ekri.

55 O Bondye, koute priyè m+,

Pa fè kòmsi w pa tande m k ap mande w fè m mizèrikòd*+.

 2 Se pou w koute m, se pou w reponn mwen+.

Pwoblèm mwen an panike m+,

Mwen santi m boulvèse

 3 Poutèt tout sa ènmi an ap di yo,

E poutèt presyon mechan an ap fè sou mwen.

Yo pa sispann ban m pwoblèm,

Yo fache kont mwen e yo pa vle wè m+.

 4 Kè m ap rache+.

Mwen wè lanmò e gen yon sèl laperèz ki anvayi m+.

 5 Mwen pè, m ap tranble,

Mwen tresayi.

 6 Se toutan m ap di: “Si m te gen zèl tankou yon toutrèl,

Mwen t ap vole m ale, mwen ta al ret yon kote m santi m an sekirite.

 7 Mwen t ap sove m al byen lwen+,

Mwen ta al ret nan dezè a+. (Sela)

 8 Mwen t ap kouri al yon kote pou m pran refij,

Mwen ta al lwen gwo van k ap vante a, lwen tanpèt la.”

 9 O Jewova! Lage yo nan konfizyon, dejwe plan y ap fè yo*+,

Paske mwen wè vyolans ak hinghang nan vil la.

10 Lajounen kou lannuit, y ap mache sou tèt miray vil la,

Anndan vil la menm gen mechanste ak pwoblèm+.

11 Vil la chaje ak pwoblèm.

Moun ap fè moun abi e y ap twonpe moun sou plas piblik la+.

12 Se pa yon ènmi k ap atake m+.

Si se te sa, mwen t ap ka sipòte.

Se pa yon moun ki rayi m ki leve kont mwen avèk awogans.

Si se te sa, mwen t ap kapab kache pou li.

13 Men, se ou menm, yon moun ki tankou m*+,

Pwòp zanmi m mwen konnen byen+.

14 Nou te bon zanmi.

Nou te konn mache monte al nan kay Bondye a ansanm avèk foul moun yo.

15 Se pou moun sa yo peri+!

Se pou yo desann nan Tonm nan* tou vivan!

Paske, gen move bagay kote yo abite yo ak mechanste nan kè yo.

16 Men, mwen menm, se Bondye m ap rele.

Jewova ap sove m+.

17 Lannuit kou lajounen, e gwo midi, mwen boulvèse e m ap plenn*+,

E Bondye tande vwa m+.

18 L ap delivre* m, paske, moun ki leve kont mwen* yo anpil,

L ap fè moun k ap konbat mwen yo ban m lapè m+.

19 Bondye ap tande m e l ap reponn yo+,

Wi, Sila a ki chita sou twòn nan depi lontan an+. (Sela)

Moun ki pa gen krentif pou Bondye yo+

Pap vle chanje.

20 Li* atake moun ki anpè ak li yo+,

Li vyole alyans li an+.

21 Pawòl li yo pi swa pase bè+,

Men, nan kè l, se lagè li vle fè.

Pawòl li yo pi swa pase luil,

Men, yo tankou epe+.

22 Lage chay ou sou Jewova+,

L ap soutni w+.

Li pap janm kite moun ki jis la tonbe*+.

23 Men, w ap lage yo nan yon twou ki fon anpil, o Bondye+.

Moun k ap fè san moun koule yo e k ap bay manti yo pap viv mwatye nan vi yo+.

Men, mwen menm, se nan ou m ap met konfyans mwen.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe sou ton “Toutrèl ki pa fè bri e ki lwen an”. Yon chante David te ekri. Miktam*. Li gen rapò ak lè moun Filisti yo te pran David nan Gat+.

56 Fè m favè, o Bondye, paske gen moun k ap atake m*.

Tout lajounen, y ap lite kont mwen, yo kontinye ap fè m abi.

 2 Tout lajounen, ènmi m yo kontinye ap pale di avè m.

Gen anpil moun k ap lite kont mwen avèk awogans.

 3 Lè laperèz anvayi m+, se nan ou mwen met konfyans mwen+.

 4 Mwen met konfyans mwen nan Bondye, Sila a mwen fè louwanj pou pawòl li a.

Mwen met konfyans mwen nan Bondye, mwen pa pè.

Ki sa yon moun* ka fè m+?

 5 Tout lajounen y ap ban m pwoblèm.

Sèl sa yo gen nan panse yo se fè m sa ki mal+.

 6 Yo kache kò yo yon kote pou yo atake m.

Yo veye tout sa m ap fè+

Nan espwa y ap touye m*+.

 7 Voye yo jete akoz mechanste y ap fè yo,

Se pou w detwi nasyon yo pandan w an kòlè, o Bondye+.

 8 Ou te avè m nan tout deplasman m yo+.

Se pou w mete tout dlo ki sot nan je m yo nan bidon an po w la+.

Èske w pa ekri tout move bagay ki rive m yo nan liv ou a+?

 9 Ènmi m yo ap fè bak lè m mande w pou w ede m+.

Mwen gen asirans Bondye avè m+.

10 Mwen met konfyans mwen nan Bondye, Sila a mwen fè louwanj pou pawòl li a.

Mwen met konfyans mwen nan Jewova, Sila a mwen fè lwanj pou pawòl li a.

11 Mwen met konfyans mwen nan Bondye, mwen pa pè+.

Ki sa yon moun ka fè m+?

12 Mwen gen obligasyon pou m respekte pwomès mwen fè w yo, o Bondye+,

M ap ofri w sakrifis pou m remèsye w+.

13 Paske, ou te delivre m* anba lanmò+

E w te anpeche m bite+,

Yon fason pou m ka mache devan w, o Bondye, nan limyè ki klere moun ki vivan yo+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe sou ton “Pa fini avè m”. Yon chante David te ekri. Miktam*. Li gen rapò ak lè l te kouri pou Sayil e li t al kache nan gwòt la+.

57 Fè m favè, o Bondye, fè m favè,

Paske se nan ou mwen* pran refij+,

E se anba zèl ou m ap kache jiskaske pwoblèm yo pase+.

 2 M ap rele Bondye, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an,

Wi, vrè Dye a, k ap rezoud pwoblèm yo pou mwen.

 3 Detan l nan syèl la, l ap voye èd ban mwen, l ap sove m+,

L ap fè moun k ap atake m nan dekouraje. (Sela)

Bondye ap demontre lanmou l* ak fidelite l+.

 4 Lyon yo ansèkle m*+.

Mwen oblije kouche nan mitan yon seri moun ki vle devore m,

Dan yo tankou lans ak flèch

E lang yo tankou epe ki byen file+.

 5 Se pou w montre pouvwa w anlè nan syèl la, o Bondye,

E se pou w montre pouvwa w sou tout tè a+.

 6 Ènmi m yo tann yon filè pou mwen pou yo pran m nan pyèj+.

Mwen* dekouraje tèlman m gen pwoblèm+.

Yo fouye yon twou sou wout mwen,

Men se yo menm ki tonbe ladan l+. (Sela)

 7 Kè mwen fèm, o Bondye+,

Kè mwen fèm.

M ap chante e m ap fè mizik pou ou.

 8 Se pou tout sa mwen gen nan mwen ki pi bon parèt,

Se pou hap* yo ak lòt enstriman akòd yo fè tande vwa yo.

M ap reveye douvanjou+.

9 M ap fè louwanj pou ou nan mitan pèp yo, o Jewova+,

M ap chante louwanj* pou ou nan mitan nasyon yo+.

10 Paske, lanmou fidèl ou genyen an se gwo zafè, li rive jis nan syèl la+,

E fidelite w rive jis nan syèl la.

11 Se pou w montre pouvwa w anlè nan syèl la, o Bondye,

E se pou w montre pouvwa w sou tout tè a+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe sou ton “Pa fini avè m”. Yon chante David te ekri. Miktam*.

58 Èske nou ka pale konsènan sa ki jis lè nou rete an silans+?

Èske nou menm lèzòm nou ka jije nan ladwati+?

 2 Olye de sa, nan kè nou nou planifye pou n fè sa ki mal+,

E men nou tranpe nan vyolans k ap fèt nan peyi a+!

 3 Mechan yo kite bon chemen an* depi lè yo fèt*.

Yo pa bon e depi lè yo fèt y ap bay manti.

 4 Pawòl yo tankou venen sèpan+,

Yo soud tankou kobra ki fè kòmsi yo pa tande.

 5 Kobra sa yo pap koute vwa moun ki konn chame sèpan yo,

Kèlkeswa jan moun sa yo ta fò nan fè maji.

 6 O Bondye, se pou w kase dan nan bouch yo,

Se pou w kraze machwè lyon* sa yo, o Jewova!

 7 Se pou yo disparèt tankou dlo ki seche.

Se pou Bondye lage yo atè ak kout flèch.

 8 Se pou yo vin tankou kalmason k ap fonn pandan y ap deplase,

Se pou yo vin tankou timoun ki fèt tou mouri, ki pap janm wè solèy la.

 9 Anvan chodyè nou yo santi chalè k ap soti nan pikan k ap boule yo,

Bondye ap bwote ni ti branch ki vèt toujou yo, ni sa k ap boule yo tankou se te yon van tanpèt+.

10 Moun ki jis la ap rejwi lè l wè Bondye tire revanj sou mechan yo+,

Pye l ap benyen ak san mechan yo+.

11 Lè sa a, gen moun k ap di: “Vrèmanvre, gen yon rekonpans pou moun ki jis la+,

Se toutbon gen yon Bondye k ap jije tè a+.”

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe sou ton “Pa fini avè m”. Yon chante David te ekri. Miktam*. Li gen rapò ak lè Sayil te voye moun veye kay David* pou yo te ka touye l la+.

59 Delivre m anba ènmi m yo, o Bondye m nan+,

Pwoteje m anba moun ki vin atake m yo+.

 2 Delivre m anba moun k ap fè mechanste yo,

Sove m anba moun ki vyolan* yo.

 3 Gade, yo kache kò yo yon kote pou yo atake m*+.

Yon seri gason ki gen fòs ap atake m,

Men se pa paske m te mal aji oswa paske m te peche+, o Jewova.

 4 Malgre m pa fè anyen ki mal, yo kouri prepare yo pou yo atake m.

Leve kanpe lè m rele w e w a wè.

 5 Paske, se ou menm, o Jewova Dye, Chèf lame yo, ki Bondye Izrayèl+.

Leve pou w ka egzamine tout nasyon yo.

Pa fè moun trèt k ap fè mechanste yo mizèrikòd+. (Sela)

 6 Yo retounen chak swa+, y ap gwonde* tankou chen+,

E yo ret alawonyay toutotou vil la+.

 7 Tande sa k ap sot* nan bouch yo.

Bouch yo tankou epe+.

Yo di: “Kiyès k ap tande+?”

 8 Men, Jewova, w ap ri yo+,

W ap pase tout nasyon yo nan rizib+.

 9 O Bondye, ou se fòs mwen, m ap kontinye ret tann ou+

Paske ou se yon refij* kote m ka jwenn sekirite+.

10 Bondye ki demontre yon lanmou fidèl pou mwen an ap vin ede m+,

L ap fè m pot laviktwa sou ènmi m yo+.

11 Pa kouri touye yo pou pèp mwen an pa bliye,

Sèvi ak pouvwa w pou w fè yo mache tankou moun ki pa konn kote yo prale.

Fè malè tonbe sou yo, o Jewova, ou menm ki se boukliye nou+,

12 Paske, yo peche ak pawòl k ap sot nan bouch yo.

Se pou ògèy yo fè yo pran nan pyèj+.

Paske, y ap joure moun e y ap bay manti.

13 Pandan w an kòlè a, fini ak yo+.

Fini ak yo, disparèt yo.

Bondye, fè yo konnen se ou menm k ap dirije Jakòb e k ap dirije tout tè a+. (Sela)

14 Kite yo tounen nan aswè,

Kite yo gwonde* tankou chen e kite yo ret alawonyay toutotou vil la+.

15 Kite yo mache pou yo chèche manje pou yo manje+.

Men, pa kite vant yo plen ni pa kite yo jwenn kote pou yo rete.

16 Mwen menm, m ap chante pou m fè louwanj pou fòs ou+.

Nan maten, m ap kontan fè moun konnen lanmou fidèl ou genyen an,

Paske ou se refij kote m ka jwenn sekirite+,

Yon kote mwen kapab kouri ale nan moman difisil yo+.

17 O Bondye, ou se fòs mwen, se pou ou m ap chante louwanj*+.

Bondye se refij kote m ka jwenn sekirite, li montre li gen yon lanmou ki fidèl pou mwen+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe sou ton “Lis ki bay temwayaj la”. Miktam*. Yon chante David te ekri pou l anseye lòt moun. Li gen rapò ak lè David t ap goumen ak moun Aramnaharayim yo e ak moun Aramzoba yo e ak lè Jowab te retounen e li te touye 12 000 moun Edòm nan Vale Sèl+.

60 O Bondye, ou lage nou, ou kraze nou+.

Ou fache ak nou, men kounye a, aksepte nou tounen vin jwenn ou.

 2 Ou te fè tè a tranble, ou te fann li.

Repare kote ki fann yo, paske li sou wout pou l tonbe.

 3 Ou lage pèp ou a nan pwoblèm.

Ou te fè nou bwè diven ki fè nou balanse de bò+.

 4 Bay* moun ki gen lakrentif pou ou yo yon siyal

Pou yo ka kouri pou yo pa pran kout flèch. (Sela)

 5 Sove nou ak fòs ponyèt ou e reponn nou

Pou moun ou renmen yo ka jwenn delivrans+.

 6 Bondye ki sen an pale*, li di:

“M ap rejwi, m ap bay Sichèm kòm eritaj+,

M ap mezire Vale Soukòt+.

 7 Se pou mwen Galaad ak tribi Manase a ye+,

E tribi Efrayim nan se kas pou m met sou* tèt mwen.

Jida se baton pou m kòmande a+.

 8 Mowab se kivèt mwen+.

M ap voye sandal mwen sou Edòm+.

M ap pote laviktwa sou Filisti+.”

 9 Kiyès k ap mennen m nan vil ki ansèkle* a?

Kiyès k ap mennen m jis nan peyi Edòm+?

10 Èske se pa ou menm, o Bondye, ou menm ki lage nou an,

Ou menm, Bondye nou an, ki pa soti ak lame nou yo ankò a+?

11 Se pou w ede nou nan malè nou ye a,

Paske, sa pa itil anyen pou nou tann delivrans nan men lèzòm+.

12 Bondye ap ban nou fòs+

E l ap pilonnen ènmi nou yo anba pye l+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Se ak enstriman akòd pou yo akonpaye chante sa a. Yon chante David te ekri.

61 O Bondye, koute m lè m ap rele w pou m mande w sekou.

Koute priyè m nan+.

 2 M ap rele w depi nan dènye bout tè a

Lè kè m sere*+.

Fè m monte sou yon wòch ki pi wo pase m+.

 3 Paske w se yon kachèt pou mwen,

Ou se yon fòtrès ki pwoteje m kont ènmi m+.

 4 M ap abite lakay ou pou toutan+,

M ap kache anba zèl ou+. (Sela)

 5 Paske, ou tande pwomès mwen te fè w yo, o Bondye.

Ou ban mwen eritaj ou bay moun ki gen respè pou non w yo+.

 6 W ap ajoute kèk jou sou lavi* wa a+,

Kantite tan l ap viv la ap anpil, l ap wè plizyè jenerasyon.

 7 L ap chita sou twòn nan* devan Bondye pou toutan+.

Se pou w pwoteje l akoz lanmou w* ak fidelite w+.

 8 Konsa, m ap chante louwanj* pou non w pou toutan+

E m ap respekte pwomès mwen fè w yo chak jou+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Jedoutoun*. Yon chante David te ekri.

62 Vrèmanvre, mwen ret ap tann Bondye an silans.

Se li k ap sove m+.

 2 Vrèmanvre, li se mas wòch mwen, li se delivrans mwen, li se yon refij* kote m ka jwenn sekirite+.

Mwen pap janm brannen nan pwen pou m tonbe+.

 3 Jis ki lè n ap sispann atake moun nou rayi a pou n chèche touye l+?

Nou tout se yon danje menm jan ak yon mi ki panche, yon mi ki fèt an wòch ki prèt pou l tonbe.*

 4 Yo met tèt yo ansanm pou yo fè l pèdi gwo pozisyon l genyen an*.

Yo pran plezi nan bay manti.

Y ap bay benediksyon ak bouch yo, men nan kè yo se madichon y ap bay+. (Sela)

 5 Vrèmanvre, mwen ret ap tann Bondye an silans*+,

Paske, se li menm ki ban m espwa+.

 6 Vrèmanvre, li se mas wòch mwen, li se delivrans mwen, li se refij kote m ka jwenn sekirite.

Mwen pap janm brannen+.

 7 Se Bondye k ap sove m, se li k ap ban m glwa.

Li se mas wòch mwen e li se refij mwen+.

 8 Se pou nou toujou met konfyans nou nan li, nou tout ki nan pèp la.

Ouvri kè nou ba li+.

Bondye se yon refij pou nou+. (Sela)

 9 Lèzòm tankou yon vapè,

Lèzòm se yon fo kachèt+.

Lè yo mete tout ansanm sou balans, yo pi lejè pase yon vapè+.

10 Pa panse afè nou ap mache lè nou pran sa k pa pou nou,

Ni pa panse n ap jwenn avantaj lè nou vòlè.

Si n vin gen plis richès, pa met konfyans nou ladan yo+.

11 An de fwa, mwen tande Bondye di:

Pisans sa a se pou Bondye+.

12 Mete sou sa, o Jewova, ou gen yon lanmou ki fidèl+.

W ap bay chak moun sa l merite pou sa l fè+.

Yon chante David te ekri. Li gen rapò ak lè li te nan dezè Jida a+.

63 O Bondye, se ou ki Bondye mwen, se ou mwen kontinye ap chèche+.

Vrèmanvre, mwen* swaf ou+.

Mwen* fin depafini tèlman m ap tann ou,

Mwen nan yon tè sèch kote pa gen dlo+.

 2 Se sa k fè mwen gade w nan kote ki sakre a.

Mwen wè fòs ou ak glwa w+.

 3 Lanmou fidèl ou genyen an pi bon pase lavi+,

Se pou sa m ap ba w glwa ak bouch mwen+.

 4 M ap fè louwanj pou ou pandan tout vi m,

M ap leve men m anlè pou m rele w nan lapriyè.

 5 Mwen* satisfè paske m gen pòsyon ki pi bon an, pòsyon ki pi bèl la*,

Se sa k fè m ap kontan fè louwanj pou ou ak bouch mwen+.

 6 Mwen sonje w pandan m sou kabann mwen,

Tout lannuit se sou ou m ap medite+.

 7 Paske se ou k ap ede m+,

M ap rele byen fò ak kè kontan pandan m anba zèl ou+.

 8 Mwen* ret kole avè w,

Ou kenbe m fèm ak men dwat ou+.

 9 Men, moun k ap chèche detwi lavi m* yo

Ap gen pou yo desann anba tè.

10 Yo gen pou yo mouri anba kout epe.

Y ap tounen manje pou chen sovaj*.

11 Men, wa a ap rejwi pou sa Bondye pral fè pou li.

Tout moun ki fè sèman nan non l gen pou yo kontan anpil*,

Paske, l ap fèmen bouch moun k ap bay manti yo.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David te ekri.

64 Koute vwa m, o Bondye, lè m sipliye w+.

Pwoteje lavi m, fè m pa pè devan ènmi an.

 2 Pwoteje m anba konplo mechan yo ap fè an sekrè yo+,

Pwoteje m anba tout moun k ap fè sa ki mal yo.

 3 Yo file lang yo byen file tankou epe,

Yo vize moun ki inosan an ak move pawòl tankou si se te flèch,

 4 Pou yo tire l pandan yo ret kache yon kote.

Yo tire l sanzatann san yo pa pè.

 5 Yo rete atache ak move entansyon yo genyen*,

Yo pale sou fason pou yo kache pyèj yo.

Yo di: “Kiyès k ap wè yo+?”

 6 Yo chèche nouvo fason pou yo fè sa ki mal.

Yo planifye move kou yo vle fè yo an kachèt+.

Panse yo chak gen nan kè yo se bagay moun pa ka konprann.

 7 Men, Bondye ap tire flèch li sou yo+.

San yo pa atann y ap pran yon kout flèch.

 8 Se pwòp lang yo k ap fè yo tonbe+.

Tout moun k ap gade yo ap souke tèt yo.

 9 Lè sa a, tout moun ap pè.

Y ap fè konnen sa Bondye fè,

Y ap byen konprann aksyon l fè yo+.

10 Moun ki jis yo ap rejwi pou sa Jewova fè pou yo e y ap pran refij nan li+.

Tout moun ki dwat yo ap kontan anpil*.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David te ekri. Yon melodi.

65 Yo gen pou yo fè louwanj pou ou nan Siyon, o Bondye+.

N ap respekte pwomès nou te fè w yo+.

 2 O ou menm ki tande lapriyè, tout kalite moun* gen pou yo vin devan w+.

 3 Erè m yo twòp pou m sipòte+.

Men, ou pase sou sa nou fè ki mal yo+.

 4 Byennere moun ou chwazi a, moun ou fè pwoche kote w

Pou l ka abite nan lakou w yo+.

L ap satisfè ak bon bagay li jwenn nan kay ou a+,

Tanp ou an ki sakre+.

 5 W ap reponn nou lè w fè gwo aksyon+ k ap montre jan w jis,

O Bondye delivrans nou an.

Se nan ou menm moun ki nan dènye bout tè a+

Ak moun ki nan zile ki byen lwen yo met konfyans yo.

 6 Ou* fè mòn yo chita byen djanm grasa pisans ou.

Ou* gen anpil fòs+.

 7 Ou* kalme lanmè a lè l dechennen+,

Ou kalme vag yo k ap fè bri e w kalme nasyon yo lè yo an boulvès+.

 8 Moun ki rete nan zòn ki byen lwen ap sezi lè yo wè siy ou yo+.

W ap fè moun ki rete depi sou bò solèy leve rive sou bò solèy kouche rele byen fò ak kè kontan.

 9 Ou pran swen tè a,

Ou fè l pwodui anpil*, ou fè l gra anpil+,

Ou plen rivyè yo ak dlo,

Ou bay lèzòm manje angren+.

Se konsa w te fè tè a pou l ye.

10 Ou vide dlo nan siyon l yo e ou fè tè yo vire a vin plat,

Ou fè lapli tonbe sou li pou l ka vin mou, ou beni bagay ki pouse sou li yo+.

11 Ou vide benediksyon sou ane a, se kòmsi w mete yon kouwòn sou li.

Sou wout ou yo gen anpil bon bagay*+.

12 Patiraj ki nan savann yo kontinye jwenn dlo+

E lajwa anvayi tout ti mòn yo+.

13 Patiraj yo chaje ak twoupo bèt,

Vale yo kouvri ak manje angren+.

Y ap rele, y ap fè fèt, wi, y ap chante+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante, yon melodi.

66 Nou tout ki sou tè a, se pou nou rele ak kè kontan devan Bondye+.

 2 Chante louwanj* pou non l ki gen glwa.

Fè louwanj pou li epi ba li glwa+.

 3 Se pou nou di Bondye: “Sa w fè yo fè moun gen anpil lakrentif pou ou+.

Akoz kokennchenn fòs ou genyen an,

Ènmi w yo ap fè bak devan w+.

 4 Tout tè a gen pou l pwostène devan w+,

Li gen pou l chante louwanj pou ou,

Li gen pou l chante louwanj pou non w+.” (Sela)

 5 Vin wè travay Bondye fè yo.

Sa li fè pou lèzòm yo se bagay ki estrawòdinè+.

 6 Li fè lanmè a vin tankou tè sèk+.

Yo te travèse rivyè a apye+.

Pandan nou te la, nou te kontan poutèt sa li te fè pou nou+.

 7 L ap dirije pou toutan+ grasa pisans li.

Je l kontinye ap veye nasyon yo+.

Moun ki gen tèt di yo pa dwe pran tèt yo pou yon pakèt afè+. (Sela)

 8 Nou menm pèp yo, se pou nou louwe Bondye nou an+

E se pou moun tande vwa nou k ap louwe l.

 9 Li fè nou ret vivan*+,

Li pa kite nou bite*+.

10 Paske, ou egzamine nou, o Bondye+,

E w pwòpte nou menm jan yo pwòpte ajan.

11 Ou te fè nou tonbe nan yon filè,

Ou te mete yon chay ki lou sou do* nou.

12 Ou te kite moun pilonnen nou.

Nou travèse dife, nou travèse dlo.

Apre sa, ou te mennen nou yon kote nou te jwenn soulajman.

13 M ap antre lakay ou ak sakrifis pou m boule nèt pou ou+,

M ap respekte pwomès mwen fè w yo+,

14 Pwomès ki te sot nan bouch mwen+,

Pwomès mwen te fè ak bouch mwen lè m t ap soufri a.

15 M ap ofri w bèt angrese kòm sakrifis pou m boule nèt pou ou,

M ap boule mal mouton pou ou.

M ap ofri w towo bèf ak bouk kabrit. (Sela)

16 Nou tout ki gen lakrentif pou Bondye, vin koute sa m ap di

E m a rakonte nou sa Bondye fè pou mwen*+.

17 Mwen te rele l ak bouch mwen

E mwen te ba l glwa ak lang mwen.

18 Si m te gen move bagay nan kè m,

Jewova pa t ap tande m+.

19 Men, Bondye te tande m+,

Li te koute priyè m+.

20 Louwanj pou Bondye, paske, li pa t fèmen zòrèy li lè m t ap priye l,

Ni li pa t refize demontre yon lanmou ki fidèl pou mwen.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Se ak enstriman akòd pou yo akonpaye chante sa a. Yon melodi.

67 Bondye li menm ap fè nou favè e l ap beni nou.

L ap byen aji avèk nou+ (Sela)

 2 Yon fason pou moun sou tout tè a ka konnen chemen w yo+,

Pou tout nasyon ka konnen sa w te fè pou w bay delivrans+.

 3 Se pou pèp yo louwe w, o Bondye.

Wi, se pou tout pèp yo fè louwanj pou ou.

 4 Se pou nasyon yo rejwi e se pou yo rele byen fò ak kè kontan+

Paske, ou gen pou w jije pèp yo avèk jistis+.

Ou gen pou w gide nasyon ki sou tè a. (Sela)

 5 Se pou pèp yo louwe w, o Bondye.

Wi, se pou tout pèp yo fè louwanj pou ou.

 6 Tè a gen pou l bay manje+.

Bondye, wi, Bondye nou an ap beni nou+.

 7 Bondye ap beni nou

E tout tè a gen pou l gen lakrentif pou li*+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon melodi. Yon chante David te ekri.

68 Se pou Bondye aji pou l gaye ènmi l yo.

Se pou moun ki rayi l yo kouri pou li+.

 2 Menm jan van fè lafimen disparèt, se pou w disparèt yo.

Menm jan lasi fonn nan dife,

Se konsa pou mechan yo peri devan Bondye+.

 3 Men, se pou moun ki jis yo rejwi+,

Se pou yo kontan anpil devan Bondye,

Se pou yo kontan anpil anpil.

 4 Chante pou Bondye, chante louwanj* pou non l+.

Chante pou Sila a k ap pase nan dezè a*.

Non li se Ja*+! Se pou nou rejwi devan l!

 5 Bondye ki rete kote ki sen an+

Se papa timoun ki pa gen papa yo e se li ki pwoteje* vèv yo+.

 6 Bondye bay moun ki poukont yo yon kay pou yo rete+.

Li libere prizonye yo, li fè tout bagay mache byen pou yo+.

Men, moun ki gen tèt di yo* ap viv nan yon peyi ki dezole+.

 7 O Bondye, lè w t ap gide* pèp ou a+,

Lè w t ap mache nan dezè a, (Sela)

 8 Tè a te tranble+,

Lapli te tonbe* sot nan syèl la akoz ou menm, o Bondye.

Mòn Sinayi te tranble akoz ou menm, o Bondye, Bondye Izrayèl la+.

 9 Ou te fè lapli tonbe anpil, o Bondye.

Ou te bay pèp* ou a fòs lè yo te fatige anpil.

10 Se la yo te rete nan tant ou yo+.

Nan bonte w, ou te bay moun ki pòv yo sa yo bezwen, o Bondye.

11 Jewova bay lòd la.

Medam k ap fè konnen bon nouvèl la se yon gwo lame+.

12 Wa yo ansanm ak lame yo+ kouri!

E fi ki ret lakay li a jwenn pa l nan bagay yo te pran yo+.

13 Malgre nou menm mesye yo nou te kouche nan mitan pil sann yo ki nan kan an*,

N ap pran yon toutrèl ki gen zèl ann ajan

E ki gen plim zèl li ki fèt ak bon kalite lò*.

14 Lè Toupisan an te gaye wa nan peyi a+,

Lanèj te tonbe nan Zalmon*.

15 Mòn Bazan+ se mòn Bondye*.

Mòn Bazan se yon mòn ki gen anpil tèt mòn.

16 Poukisa nou menm mòn ki gen anpil tèt mòn yo

N ap gade mòn Bondye chwazi* pou l rete a e n ap fè jalouzi+?

Vrèmanvre, Jewova ap rete la pou toutan+.

17 Bondye gen plizyè dizèn milye cha pou l fè lagè, wi, plizyè milye ak plizyè milye+.

Jewova soti Mòn Sinayi pou l vin kote ki sen an+.

18 Ou te monte anwo a+,

Ou mennen anpil prizonye avèk ou.

Ou te pran gason kòm kado+,

Wi, menm kèk gason ki gen tèt di+, pou w ka rete nan mitan yo, o Ja, Bondye nou an.

19 Se pou nou louwe Jewova! Se li ki pote chay nou pou nou chak jou+,

Se li ki vrè Dye a, Sila a ki ban nou delivrans lan. (Sela)

20 Vrè Dye a se Bondye nou, se li ki delivre nou+.

Jewova, Seyè ki Souvren an, sove nou anba lanmò+.

21 Bondye ap kraze tèt ènmi l yo,

Wi, l ap kraze zo tèt tout moun ki kontinye ap fè* sa ki mal+.

22 Men sa Jewova di: “M ap fè yo tounen sot Bazan+,

M ap fè yo tounen sot nan fon lanmè a,

23 Yon fason pou pye w ka benyen ak san+

E pou lang chen w yo ka niche san ènmi yo.”

24 Yo wè moun k ap mache avè w yo, o Bondye,

Moun k ap mache avèk Bondye m nan, Wa m nan, pou yo antre kote ki sen an+.

25 Moun k ap chante yo ap mache devan, mizisyen k ap jwe enstriman akòd yo ap mache dèyè+,

E jèn fi k ap bat tanbouren yo nan mitan+.

26 Louwe Bondye nan mitan foul moun ki rasanble* yo,

Louwe Jewova, nou menm ki egziste grasa Sila a ki se fondatè Izrayèl la*+.

27 Benjamen+, sila a ki pi piti a, ap fè pèp yo soumèt yo,

Chèf Jida yo ansanm ak foul moun k ap fè bri yo ap dirije yo tou,

Ansanm ak chèf Zabilon yo ak chèf Neftali yo.

28 Bondye w la fè konnen w ap gen fòs.

O Bondye, fè yo wè fòs ou, ou menm ki aji nan enterè nou+.

29 Poutèt tanp ou an ki Jerizalèm+,

Gen wa k ap pot kado pou ou+.

30 Se pou w metrize bèt sovaj k ap viv nan mitan wozo yo,

Pakèt towo bèf+ ak ti bèf yo genyen yo,

Jiskaske pèp yo bese byen ba devan w e yo pote ajan ba ou*.

Men, li gaye pèp ki renmen fè lagè yo.

31 Y ap pote bagay ki fèt an bwonz* sot ann Ejip+,

Etyopi* ap kouri pote kado pou Bondye.

32 Nou menm wayòm ki sou tè a, chante pou Bondye+,

Chante louwanj* pou Jewova, (Sela)

33 Chante pou Moun k ap deplase nan syèl ki pi wo a, nan syèl ki la depi lontan an+.

Gade! Vwa l tankou yon kout loray, wi, gwo vwa l genyen an.

34 Se pou nou rekonèt Bondye gen fòs+,

L ap dirije Izrayèl

E pisans li parèt aklè nan syèl la*.

35 Bondye fè moun gen lakrentif ak respè pou li nan kote ki apa pou li a, ki estrawòdinè+.

Li se Bondye Izrayèl,

Li bay pèp li a fòs ak pouvwa+.

Louwanj pou Bondye!

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe sou ton “Lis yo”. Yon chante David te ekri.

69 Sove m, o Bondye, paske dlo yo met lavi m an danje*+.

 2 Mwen desann byen fon nan labou, kote tè a mou+.

Mwen antre nan dlo ki fon,

E yon kouran dlo ki gen fòs pote m ale+.

 3 Mwen bouke tèlman m ap rele+.

Gòj mwen fè m mal.

Je m febli pandan m ap tann Bondye m nan+.

 4 Moun ki rayi m san rezon yo+

Plis pase cheve ki nan tèt mwen.

Moun ki vle fè yon fen avè m yo anpil,

Moun mwen pa ka fè konfyans e ki ènmi m yo* anpil.

Yo fòse m remèt bagay mwen pa t vòlè.

 5 O Bondye, ou konnen mwen te aji tankou moun sòt,

Ou konnen mwen koupab.

 6 Pa kite moun ki met espwa yo nan ou yo wont akoz mwen menm,

O Jewova, Chèf lame yo, Seyè ki Souvren an.

Pa kite moun k ap chèche w yo jwenn imilyasyon akoz mwen menm,

O Bondye Izrayèl la.

 7 Se akoz ou menm y ap kritike m+.

Mwen jwenn imilyasyon+.

 8 Mwen tounen yon etranje pou frè m yo,

Mwen tounen yon etranje pou pitit gason manman m yo+.

 9 Lanmou m gen pou kay ou a tankou yon dife k ap boule anndan m+.

Jouman moun ki t ap joure w yo tonbe sou mwen+.

10 Lè m te fè jèn* pou m imilye tèt mwen*,

Yo te pale m mal pou sa.

11 Lè m te met twal sak sou mwen,

Yo te meprize m.

12 Moun ki nan pòtay vil la ap pale sou mwen,

Tafyatè yo fè chante sou mwen.

13 Men, se pou priyè m nan rive jwenn ou

Nan bon moman, o Jewova+.

O Bondye, akoz kokenn lanmou fidèl ou genyen an,

Se pou w reponn mwen, se pou w sove m san mank+.

14 Retire m nan labou a,

Pa kite m fè fon.

Sove m anba men moun ki rayi m yo

E retire m nan dlo ki fon yo+.

15 Pa kite dlo inondasyon yo pote m ale+,

Pa kite dlo ki fon yo vale m,

Ni pa kite pi* a fèmen bouch li sou mwen+.

16 Reponn mwen, o Jewova, paske lanmou fidèl ou genyen an se bèl bagay+.

Vire gade m, paske ou gen anpil mizèrikòd+.

17 Pa kache figi w pou sèvitè w la+,

Reponn mwen vit paske m ap soufri anpil+.

18 Vin pi pre m epi delivre m*,

Sove m poutèt ènmi m yo.

19 Ou konnen jan yo pale m mal, jan yo fè m wont e jan yo imilye m+.

Ou wè tout ènmi m yo.

20 Kè m ap fann poutèt y ap pale m mal e maleng nan pa ka geri*.

Mwen t ap tann pou moun gen pitye pou mwen, men mwen pa t jwenn pèsonn+.

Mwen t ap tann pou moun konsole m, men mwen pa t jwenn pèsonn+.

21 Se pwazon* yo te ban m pou m manje+.

Lè m te swaf, se vinèg yo te ban m pou m bwè+.

22 Se pou tab yo a tounen yon pyèj pou yo,

Se pou richès yo fè yo pran nan pèlen+.

23 Se pou je yo vin bouche dekwa pou yo pa wè,

Se pou janm* yo toujou ap tranble.

24 Vide kòlè w sou yo,

Wi, se pou w vide gwo kòlè w la sou yo+.

25 Se pou kote yo abite* yo vin vid.

Se pou pèsonn pa abite nan tant yo ankò+.

26 Paske, y ap pousuiv moun ou te frape a,

E yo kontinye ap fè konnen jan moun ou te blese yo te soufri.

27 Fè yo vin pi koupab toujou,

Pa konsidere yo kòm moun ki jis.

28 Se pou w efase non yo nan liv moun k ap viv yo*+,

Pa ekri non yo pami non moun ki jis yo+.

29 M ap soufri, mwen nan lapenn+.

Se pou w sèvi ak pisans ou pou w pwoteje m, o Bondye.

30 M ap chante louwanj pou non Bondye,

E m ap ba l glwa ak pawòl m ap di l pou m remèsye l.

31 Sa ap plis fè Jewova plezi pase si m ta ofri l yon towo bèf,

Pase si m ta ofri l yon jenn towo bèf ki gen kòn e ki gen zago+.

32 Moun ki gen imilite a ap wè sa e l ap rejwi.

Nou menm k ap chèche Bondye, se pou nou pran kouraj.

33 Paske, Jewova koute moun ki pòv yo+

E li pap meprize moun pa l ki ann egzil yo+.

34 Se pou syèl la ak tè a ba l louwanj+,

Se pou lanmè a ak tout sa k ap deplase ladan l ba l louwanj.

35 Paske, Bondye ap sove Siyon+,

L ap rebati vil Jida yo,

Moun ap abite nan peyi a e y ap pran l kòm byen pa yo.

36 Desandan sèvitè l yo ap resevwa peyi a kòm eritaj pa yo+

E moun ki renmen non l yo+ ap abite ladan l.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David te ekri kòm rapèl.

70 O Bondye, sove m.

O Jewova, fè vit vin ede m+.

 2 Se pou moun k ap chèche touye m* yo

Wont e se pou yo tonbe nan dezonè.

Se pou moun ki kontan akoz malè ki rive m nan

Fè bak poutèt imilyasyon yo jwenn nan.

 3 Se pou moun k ap pase m nan rizib yo

Fè bak tèlman yo wont.

 4 Se pou moun k ap chèche w yo

Kontan anpil e se pou yo rejwi pou sa w fè pou yo+.

Se pou moun ki renmen sa w fè pou w delivre yo toujou di:

“Glwa pou Bondye!”

 5 Mwen pa gen moun pou ede m e mwen pòv+.

O Bondye, fè vit vin ede m+.

Se ou menm k ap ede m, se ou menm k ap sove m+.

O Jewova, pa mize+.

71 O Jewova, se bò kote w mwen vin chèche pwoteksyon.

Pa janm kite m wont+.

 2 Ede m epi sove m, paske ou jis.

Panche zòrèy ou* pou w koute m epi sove m+.

 3 Se pou w tounen yon fòtrès pou mwen, yon fòtrès ki sou yon mas wòch,

Kote m ka toujou al kache.

Bay lòd pou yo sove m

Paske ou se mas wòch mwen, ou se fòtrès mwen+.

 4 O Bondye m nan, sove m anba men mechan yo+,

Sove m anba men move moun k ap toupizi lòt moun yo.

 5 Paske, se ou menm ki tout espwa m, o Jewova, Seyè ki Souvren an,

Mwen gen konfyans nan ou depi lè m jèn+.

 6 Depi lè m fèt m ap konte sou ou.

Se ou menm ki te fè m soti nan vant manman m+.

Mwen toujou ap fè louwanj pou ou.

 7 Pou anpil moun, sa ki rive m nan se yon mirak,

Men, ou se yon refij pou mwen, yon refij ki solid.

 8 Se tout lajounen bouch mwen

Ap fè louwanj pou ou+ e l ap pale de glwa w.

 9 Pa voye m jete lè m vin granmoun+,

Pa lage m lè m fin pèdi fòs mwen+.

10 Paske, ènmi m yo ap pale m mal,

E moun k ap chèche touye m* yo met tèt yo ansanm+,

11 Y ap di: “Bondye lage l.

Annou kouri dèyè l, ann met men sou li paske pa gen moun k ap sove l+.”

12 O Bondye, pa rete lwen m.

O Bondye m nan, fè vit vin ede m+.

13 Se pou moun ki kont mwen* yo

Vin wont e se pou yo peri+.

Se pou moun ki vle malè pou mwen yo

Vin wont, se pou yo jwenn imilyasyon+.

14 Kanta pou mwen, m ap kontinye ret tann ou,

M ap louwe w plis toujou.

15 M ap sèvi ak bouch mwen pou m fè konnen jan ou jis+.

Tout lajounen, m ap fè moun konnen aksyon w fè pou w bay delivrans yo,

Menmsi yo twòp pou m konprann* yo tout+.

16 M ap vini e m ap fè konnen gwo aksyon w fè yo,

O Jewova, Seyè ki Souvren an.

M ap fè konnen jan ou jis. Se de jistis ou sèlman m ap pale.

17 O Bondye, w ap anseye m depi lè m te jèn+,

E jis kounye a mwen kontinye fè konnen gwo aksyon w fè yo+.

18 Menm lè m vin granmoun e cheve m vin blan, o Bondye, pa lage m+,

Kite m fè jenerasyon k ap vini an konnen pouvwa* w,

E kite m fè tout moun k ap vini yo konnen pisans ou+.

19 O Bondye, jistis ou se gwo zafè+.

Ou fè yon seri bagay estrawòdinè, o Bondye.

Kiyès ki tankou w+?

20 Menmsi w te kite m soufri anpil e w te kite malè rive m+,

Ban mwen fòs ankò,

Rale m pou m soti kote* ki byen fon ki sou tè a+.

21 Fè m vin gen plis diyite,

Pwoteje m ankò e konsole m ankò.

22 Lè sa a, m ap louwe w avèk yon enstriman akòd,

O Bondye m nan, paske w fidèl+.

M ap chante louwanj* pou ou avèk hap*,

O Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an.

23 M ap chante louwanj pou ou byen fò ak kè kontan+,

Paske w sove lavi m*+.

24 Tout lajounen, lang mwen gen pou l pale de* jistis ou+,

Paske moun k ap chèche fè malè rive m yo gen pou yo wont, e dezonè ap tonbe sou yo+.

Yon chante ki gen rapò ak Salomon.

72 O Bondye, fè wa a konnen lwa w yo,

Fè pitit gason wa a konnen jistis ou+.

 2 Se pou l defann kòz pèp ou a yon fason ki dwat,

Se pou l defann moun ki dekouraje yo avèk jistis+.

 3 Se pou mòn yo pote lapè pou pèp ou a,

Se pou ti mòn yo pote lajistis.

 4 Se pou l defann* moun nan mitan pèp la ki pòv yo,

Se pou l sove pitit moun ki pòv yo,

Se pou l fini ak moun k ap vòlè yo+.

 5 Y ap gen lakrentif pou ou toutotan gen solèy,

Toutotan gen lalin,

Jenerasyon apre jenerasyon+.

 6 Wa a ap tankou dlo lapli ki tonbe sou gazon yo koupe,

Tankou dlo lapli ki wouze tè a+.

 7 Pandan l ap dirije a, moun ki jis yo ap vin anpil*+,

E lapè ap blayi tout kote+ jiskaske lalin nan pa la ankò.

 8 L ap gen moun l ap dirije* sot nan yon lanmè rive nan yon lòt lanmè,

Soti nan Rivyè a* rive nan dènye bout tè a+.

 9 Moun ki abite nan dezè a ap bese byen ba devan l,

Wa a ap bat ènmi l yo+.

10 Wa Tasis la ak wa zile yo gen pou yo peye taks+.

Wa Cheba a ak wa Seba a gen pou yo pote kado+.

11 Tout wa yo pral bese byen ba devan l,

E tout nasyon yo pral sèvi l.

12 Paske, l ap delivre pòv k ap rele pou l mande sekou a,

L ap delivre malere a ak nenpòt moun ki pa gen moun pou ede l.

13 L ap gen pitye pou malere a ak moun ki pòv yo,

L ap sove lavi* moun ki pòv yo.

14 L ap delivre yo* anba men moun k ap toupizi yo e anba vyolans

E san yo ap gen anpil valè nan je l.

15 Se pou l viv lontan, se pou yo ba l lò Cheba yo+,

Se pou moun toujou priye pou li,

Se pou l jwenn benediksyon tout lajounen.

16 Tè a gen pou l chaje ak manje angren+,

Tout tèt mòn yo pral chaje ak manje.

Rekòt wa a ap anpil menm jan ak pyebwa nan forè Liban yo+,

E moun nan vil yo ap anpil tankou zèb ki sou tè a+.

17 Se pou non l rete pou toutan+

Se pou non l kontinye gaye toutotan solèy la egziste.

Se pou moun jwenn benediksyon grasa li+,

Se pou tout nasyon yo fè konnen jan kè l kontan.

18 Se pou yo louwe Jewova Dye, Bondye Izrayèl la+,

Se li menm sèl ki fè yon pakèt aksyon estrawòdinè+.

19 Se pou yo louwe non l ki gen glwa pou toutan+

E se pou glwa li kouvri tout tè a+.

Amèn! Amèn!

20 Se la priyè David, pitit gason Jese a, fini+.

TWAZYÈM LIV

(Sòm 73-89)

Yon chante Asaf te ekri+.

73 Bondye bon toutbon pou Izrayèl, sitou pou moun ki gen kè ki pwòp yo+.

 2 Kanta pou mwen, mwen te prèske kite bon chemen an,

Pye m te prèske glise+

 3 Paske m te vin rayi sò moun ki awogan yo*

Lè m te wè jan mechan yo t ap viv anpè+.

 4 Paske, yo an sante*+,

E lè y ap mouri, yo pa soufri.

 5 Yo pa gen pwoblèm menm jan ak lòt moun+,

Ni yo pa pase mizè menm jan ak lòt moun+.

 6 Se sa k fè ògèy tankou yon kolye nan kou yo+,

Vyolans tankou rad yo met sou yo.

 7 Yo tèlman rich*, je yo prèske sot nan tèt yo,

Yo rive gen plis pase sa yo te imajine nan kè yo.

 8 Y ap pase lòt moun nan rizib, y ap di bagay ki mal+.

Avèk awogans, y ap fè konnen yo pral toupizi moun+.

 9 Yo pale kòmsi se nan syèl la yo te ye,

Yo mache di sa yo vle ak lang yo sou tè a.

10 Se sa k fè pèp la vire al jwenn yo

E pèp la bwè nan pakèt dlo yo genyen yo.

11 Yo di: “Ki jan Bondye fè konnen+?

Èske Sila a ki nan pi gwo pozisyon an gen konesans toutbonvre?”

12 Wi, moun sa yo mechan, tout bagay toujou fasil pou yo+.

Yo pa sispann ranmase richès+.

13 Vrèmanvre, se pou granmesi mwen te fè efò pou kè m ret pwòp

E pou m pa t tranpe men m nan sa ki mal+.

14 Sa te toumante m tout lajounen+.

Chak maten, Bondye te disipline m+.

15 Men, si m te di bagay sa yo,

Se trayi mwen t ap trayi pèp ou a*.

16 Lè m te chèche konprann bagay sa a,

Sa te ban m anpil pwoblèm

17 Jiskaske mwen te antre nan tanp Bondye a

E m te vin konprann sa k gen pou rive yo.

18 Vrèmanvre, se sou yon tè glise ou mete yo+.

Yo gen pou yo tonbe e pou yo jwenn destriksyon yo+.

19 Malè ap rive yo sanzatann+!

Y ap rive nan bout yo sanzatann e y ap fini mal!

20 Menm jan ak yon rèv yon moun bliye lè l leve, se konsa tou, o Jewova,

W ap voye yo jete lè w leve.

21 Men, mwen te egri+,

Mwen te santi yon gwo doulè nan fon kè m*.

22 Mwen pa t byen reflechi e mwen te manke konprann.

Mwen te tankou yon bèt ki pa gen okenn bonsans devan w.

23 Men, kounye a, mwen avèk ou toutan.

Ou kenbe men dwat mwen+.

24 Ou ban m konsèy pou w gide m+

E w ap fè m jwenn glwa+.

25 Kiyès mwen genyen nan syèl la?

Depi m genyen w, mwen pa bezwen anyen ankò sou tè a+.

26 Kò m ak kè m gendwa febli,

Men, Bondye pwoteje kè m. Se li ki mas wòch mwen, li se pòsyon pa m pou toutan+.

27 Vrèmanvre, moun ki ret lwen w yo ap peri.

W ap detwi tout moun ki pa fidèl avè w, ki vire do ba ou*+.

28 Kanta pou mwen, pwoche bò kote Bondye bon pou mwen+.

Mwen fè Jewova, Seyè ki Souvren an, tounen refij mwen

Pou m ka fè konnen tout aksyon l fè yo+.

Yon maskil* Asaf te ekri+.

74 O Bondye, poukisa w lage nou nèt konsa+?

Poukisa w an kòlè kont mouton ki nan patiraj ou yo+?

 2 Sonje pèp* ki te vin byen pa w depi byen lontan an+,

Pèp ou te sove pou l vin eritaj pa w la+.

Sonje Mòn Siyon, kote w te rete a+.

 3 Mache al wè kote yo fin ravaje nèt la+.

Ènmi an detwi tout bagay nan kote ki sakre a+.

 4 Ènmi w yo te antre kote pèp ou a konn reyini an, yo t ap rele byen fò+.

Yo mete bànyè yo kòm siy anndan l.

 5 Yo te tankou moun k ap voye kout rach nan yon forè ki gen anpil pyebwa.

 6 Yo kraze mi yo ki te gen desen grave ladan yo+ ak kout rach e ak baton fè.

 7 Yo met dife nan tanp ou an+.

Yo derespekte tanp ki pote non w lan, yo mete l plat atè.

 8 Men sa yo menm ak desandan yo di nan kè yo:

“N ap boule tout kote nan peyi a pèp la konn reyini pou yo adore Bondye.”

 9 Nou pa wè okenn siy.

Pa gen okenn pwofèt ankò,

Pa gen okenn nan nou ki konnen konbyen tan sa ap dire.

10 O Bondye, pandan konbyen tan advèsè a ap kontinye pwovoke w+?

Èske se pou toutan ènmi an ap kontinye montre li pa gen respè pou non w+?

11 Poukisa w pa sèvi ak men dwat ou pou w aji+?

Rale men w sot nan rad ou pou w fè yon fen ak yo.

12 Bondye se Wa pa m depi lontan,

Se li menm k ap fè aksyon sou tè a pou l bay delivrans+.

13 Ou te fann lanmè a ak fòs ou+,

Ou te kraze tèt gwo bèt ki nan dlo yo.

14 Ou te kraze tèt Levyatan*.

Ou te bay pèp la li pou l manje, wi, moun ki abite nan dezè yo.

15 Ou te ouvè pasaj pou sous yo ak rivyè yo pase+.

Ou te seche rivyè ki toujou gen dlo k ap koule ladan yo+.

16 Se ou menm ki fè lajounen e ki fè lannuit.

Se ou menm ki fè limyè e ki fè solèy la+.

17 Se ou ki fikse limit tout bagay ki gen sou tè a+.

Ou fè sezon chalè, ou fè sezon fredi+.

18 Pa bliye jan ènmi an kontinye pwovoke w, o Jewova,

Jan yon pakèt moun sòt ap derespekte non w+.

19 Pa kite toutrèl ou a pèdi lavi l* anba men bèt sovaj yo.

Pa bliye pèp ou a nèt nan soufrans li yo.

20 Sonje alyans ou te fè avèk nou an,

Paske kote sou tè a ki nan fènwa yo vin chaje ak vyolans.

21 Pa kite moun y ap toupizi yo wont+.

Se pou malere a ak pòv la louwe non w+.

22 Leve kanpe, o Bondye, defann kòz ou.

Sonje jan moun ki sòt yo ap pwovoke w tout lajounen+.

23 Pa bliye sa ènmi w yo ap di yo.

Bri moun k ap pwovoke w yo ap fè pa sispann monte nan syèl la.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon melodi. Pou yo jwe sou ton “Pa fini avè m”. Yon chante Asaf te ekri+.

75 Nou remèsye w, o Bondye, nou remèsye w.

Ou avèk nou+

E moun ap fè konnen gwo aksyon w fè yo.

 2 Ou di: “Mwen fikse yon tan

Pou m kòmanse jije avèk jistis.

 3 Lè tè a ak tout moun ki abite sou li yo te pran tranble*,

Se mwen menm ki te fè poto l yo rete fèm.” (Sela)

 4 Men sa m ap di grandizè yo: “Pinga nou fè grandizè.”

E men sa m ap di mechan yo: “Pinga nou vante tèt nou pou fòs* nou.

 5 Pinga nou vante tèt nou pou fòs* nou,

E pinga nou pale avèk awogans.

 6 Paske, onè yon moun jwenn pa soti

Ni alès, ni alwès, ni nan sid.

 7 Se Bondye k ap jije+.

Li rabese yon moun e li leve yon lòt+.

 8 Jewova gen yon koup nan men l+

Ki gen diven k ap kimen e ki byen melanje.

Vrèmanvre, li gen pou l vide tout diven ki nan koup la bay mechan yo ki sou tè a,

E yo tout ap bwè diven an san yo pa kite yon ti tak+.”

 9 Kanta pou mwen, m ap fè konn sa pou toutan,

M ap chante louwanj* pou Bondye Jakòb la.

10 Paske, li di: “Mwen gen pou m kraze fòs* mechan yo,

Men, fòs* moun ki jis la ap ogmante.”

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Se ak enstriman akòd pou yo akonpaye chante sa a. Yon chante Asaf te ekri+. Yon melodi.

76 Moun Jida yo konn Bondye+,

Moun nan peyi Izrayèl yo konn non l byen+.

2 Se nan Salèm abri l la ye+,

Se nan Siyon kay li a ye+.

 3 Se la li te kase flèch ki te tou limen yo

E li te kraze boukliye yo, epe yo ak lòt zam pou fè lagè yo+. (Sela)

 4 O Bondye, ou klere anpil*,

Ou pi estrawòdinè pase mòn ki gen jibye yo.

 5 Moun ki ranpòte laviktwa yo pran tout sa gason vanyan yo te genyen+.

Sòlda sa yo ap dòmi kounye a,

Yo youn pa t gen fòs pou yo goumen+.

 6 Ou annik fè yon sèl bri sou yo, o Bondye Jakòb la,

E dòmi pran ni moun k ap kondui charyo yo ni cheval yo+.

 7 Se ou menm sèl ki fè moun gen gwo respè pou ou+.

Kiyès ki ka ret kanpe devan w lè w an kòlè anpil+?

 8 Detan w nan syèl la, ou jije yo+.

Tout moun ki sou tè a te pè, yo te ret an silans+

 9 Lè Bondye te leve kanpe pou l egzekite jijman l

E pou l sove malere ki sou tè a+. (Sela)

10 Lè lèzòm an kòlè, sa sèvi pou ba w louwanj+.

Ou ka menm sèvi ak dènye aksyon yo fè pandan yo an kòlè a pou w bay tèt ou glwa.

11 Lè nou fè Jewova, Bondye nou an, pwomès, se pou nou kenbe yo+.

Se pou tout moun k ap viv ozalantou l yo pote kado pou li nan lakrentif+.

12 L ap kraze ògèy* dirijan yo.

Li fè wa ki sou tè a gen lakrentif pou li.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Jedoutoun*. Yon chante Asaf te ekri+.

77 Avèk vwa mwen, m ap rele Bondye byen fò.

M ap rele Bondye byen fò e l ap tande m+.

2 Lè mwen nan pwoblèm, mwen chèche Jewova+.

Lannuit, mwen pa sispann leve men m devan l.

Men, mwen* pa jwenn konsolasyon.

 3 Lè mwen sonje Bondye, mwen plenn+.

Mwen santi m toumante e mwen pèdi fòs*+. (Sela)

 4 Ou fè je m ret ouvè.

Mwen boulvèse e mwen pa ka pale.

 5 M ap panse ak tan lontan+,

Wi, m ap panse ak ane nan tan lontan yo.

 6 Nan lannuit, mwen sonje chante m nan*+,

Mwen reflechi nan kè m+.

Mwen* chèche konprann, mwen mande tèt mwen:

 7 Èske Jewova ap lage nou nèt+?

Èske li pap janm fè nou favè ankò+?

 8 Èske l ap sispann demontre lanmou fidèl li genyen an pou toutan?

Èske pwomès li a ap rete san l pa reyalize, jenerasyon apre jenerasyon?

 9 Èske se bliye Bondye bliye fè nou favè+,

Oubyen èske se fache li fache ki fè li pa demontre mizèrikòd pou nou ankò? (Sela)

10 Èske se pou m kontinye di l: “Sa k fè m lapenn nan*+ sèke

Sila a ki nan pi gwo pozisyon an pa aji avèk nou menm jan an ankò”?

11 M ap sonje aksyon Ja fè yo.

Wi, m ap sonje gwo aksyon ou te fè lontan yo.

12 M ap medite sou tout aksyon w yo,

M ap reflechi sou fason w boule ak nou+.

13 O Bondye, chemen w yo sen.

Ki dye ki gen glwa tankou w, o Bondye+?

14 Ou se vrè Dye a, Sila a ki fè yon seri aksyon ki estrawòdinè+.

Ou fè pèp yo wè fòs ou+.

15 Ou delivre* pèp ou a ak fòs ponyèt ou+,

Wi, ou delivre pitit Jakòb yo ak pitit Jozèf yo. (Sela)

16 Lanmè a te wè w, o Bondye,

Wi, lanmè a te wè w e li te an boulvès+.

Epi gwo dlo yo te vin ajite.

17 Dlo te vide sot nan nyaj yo,

Loray te gwonde nan syèl la ki te plen ak nyaj.

Kout zèklè w yo te flache toupatou tankou flèch+.

18 Bri loray ou a+ te tankou bri wou charyo k ap kouri,

Kout zèklè yo te flache e yo te klere tè a*+.

Tè a te pran tranble+.

19 Ou te ouvri yon chemen pou ou nan mitan lanmè a+,

Wi, ou te fè yon wout nan mitan gwo dlo yo.

Men, moun pa t ka wè mak pye w kote w te pase yo.

20 Ou te mennen pèp ou a tankou yon twoupo mouton y ap mennen+.

Ou te sèvi ak Moyiz ak Arawon pou w pran swen yo+.

Yon maskil* Asaf te ekri+.

78 O pèp mwen an, koute lwa* m yo.

Panche zòrèy nou pou nou tande pawòl k ap sot nan bouch mwen.

 2 M ap sèvi ak yon pwovèb pou m pale.

M ap bay devinèt ki la depi lontan+.

 3 M ap pale de bagay nou te tande e nou konnen,

Bagay papa nou yo te rakonte nou+,

 4 Bagay nou pap kache pou pitit nou yo.

N ap fè jenerasyon k ap vini an konnen+

Gwo aksyon Jewova te fè yo ki fè li merite louwanj+,

N ap fè yo konnen fòs li, gwo bagay li te fè yo+.

 5 Li te bay Jakòb yon temwayaj,

Li te bay Izrayèl lwa l yo.

Li te bay zansèt nou yo lòd

Pou yo fè pitit yo konnen bagay sa yo+,

 6 Pou lòt jenerasyon an,

Pitit ki poko fèt yo, ka konnen yo+.

Yo menm bò kote pa yo, yo ta dwe rakonte pitit pa yo bagay sa yo+.

 7 Konsa, y ap ka met konfyans yo nan Bondye,

Yo pap bliye gwo aksyon Bondye te fè yo+,

Okontrè, y ap obeyi kòmandman l yo+.

 8 Konsa tou, yo pap tankou zansèt yo,

Yon jenerasyon ki te gen tèt di e ki te rebèl+,

Yon jenerasyon kè yo pa t fèm*+,

Yon jenerasyon ki pa t fidèl ak Bondye.

 9 Moun Efrayim yo te gen banza* nan men yo,

Men, yo te kouri nan jou batay la.

10 Yo pa t respekte alyans Bondye a+

E yo te refize mache nan lwa l yo+.

11 Mete sou sa, yo te bliye sa li te fè+,

Gwo aksyon li te fè devan yo+.

12 Li te fè yon seri aksyon estrawòdinè devan je zansèt yo+

Nan peyi Ejip, nan zòn Sowan+.

13 Li te fann lanmè a an de pou l fè yo pase,

Li te fè dlo yo kanpe tankou de baraj*+.

14 Lajounen, li te dirije yo ak yon nyaj,

Pandan tout nuit lan li te dirije yo ak yon dife ki t ap ba yo limyè+.

15 Li te fann wòch nan dezè a,

Li te ba yo kantite dlo yo te bezwen pou yo bwè tankou si yo t ap bwè dlo nan yon dlo ki fon+.

16 Li te fè dlo soti nan yon mas wòch,

Li te fè dlo koule tankou rivyè+.

17 Men, yo te kontinye peche kont Sila a ki nan pi gwo pozisyon an

Lè yo te fè rebèl ak li nan dezè a+.

18 Yo te opoze ak* Bondye nan kè yo+

Lè yo te mande manje yo te anvi manje*.

19 Se sa k fè, yo te pale kont Bondye,

Yo te di: “Èske Bondye kapab mete yon tab devan nou nan dezè a+?”

20 Gade, li te frape yon wòch

Pou dlo te kapab soti tankou yon rivyè ki debòde+.

Epoutan, yo te di: “Èske li kapab ban nou pen pou nou manje tou?

Èske li kapab bay pèp li a vyann+?”

21 Lè Jewova te tande sa y ap di yo, li te fache anpil+.

Te gen yon dife+ ki te limen kont Jakòb,

Bondye te fache anpil kont Izrayèl+.

22 Kòm yo pa t gen lafwa nan Bondye+,

Yo pa t kwè nan kapasite li genyen pou l sove yo.

23 Se sa k fè li te bay nyaj yo nan syèl la lòd

E li te ouvri tout pòt syèl la.

24 Li te kontinye vide lamàn sou yo pou yo manje,

Li te ba yo manje angren ki te sot nan syèl la+.

25 Moun yo te manje pen kreyati ki pisan yo*+.

Bondye te ba yo ase manje pou l plen vant yo+.

26 Li te fè yon van ki sot nan direksyon lès soufle nan syèl la,

Li te fè yon van ki sot nan direksyon sid soufle grasa fòs li+.

27 Li te vide vyann sou yo tankou pousyè,

Zwazo yo te anpil tankou sab bò lanmè.

28 Li te fè yo tonbe nan mitan kan an,

Toutotou tant li yo.

29 Yo te manje avèk vorasite.

Li te ba yo sa yo te anvi a+.

30 Men, anvan yo te fin rasazye nèt,

Pandan manje a te nan bouch yo toujou,

31 Kòlè Bondye te tonbe sou yo+.

Li te touye gason vanyan yo+,

Li te frape jèn gason ann Izrayèl yo.

32 Malgre sa, yo te peche pi rèd+

E yo pa t gen lafwa nan aksyon estrawòdinè li te fè yo+.

33 Konsa, li te fè jou yo t ap viv yo rive nan bout yo tankou yon vapè*+,

Ane yo te viv yo te fini sanzatann, yon fason ki terib.

34 Men, chak fwa Bondye te touye kèk nan yo, yo te konn chèche l+,

Yo te konn kase tèt tounen pou yo chèche l

35 Lè yo te sonje se Bondye ki te Mas Wòch yo+,

Se Bondye, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an, ki te Sovè yo*+.

36 Men, yo te chèche twonpe l ak bouch yo,

Yo te eseye ba l manti ak lang yo.

37 Nan kè yo, yo pa t fidèl ak li+,

Yo pa t montre yo respekte alyans li an+.

38 Men, li te gen mizèrikòd+,

Li te konn padone* peche yo e li pa t detwi yo+.

Souvan, li te metrize tèt li+

E li pa t vide tout kòlè l sou yo.

39 Paske, li te sonje se moun yo ye+,

Li te sonje yo te tankou yon van k ap pase e ki pap tounen*.

40 Se pa ni de ni twa fwa yo te fè rebèl ak li nan dezè a+.

Yo te konn fè l gen lapenn nan dezè a+.

41 Yo pa t sispann teste Bondye+,

Yo pa t sispann fè Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, lapenn.

42 Yo te bliye jan l gen fòs,

Yo te bliye jan l te delivre* yo anba men advèsè yo+.

43 Yo te bliye mirak li te fè ann Ejip yo+,

Mirak li te fè nan zòn Sowan.

44 Yo te bliye fason l te fè kanal dlo Rivyè Nil yo tounen san+,

Yon fason pou pèsonn pa t ka bwè dlo yo.

45 Li te voye yon pakèt gwo mouch pou devore yo+

Ak yon seri krapo pou fini ak yo+.

46 Li te fè yon seri krikèt vèt ki voras manje sa yo te plante yo,

Li te fè yon bann krikèt manje rekòt yo+.

47 Li te detwi pye rezen yo+

Ak pye sikomò yo ak lagrèl.

48 Li te touye bèt yo ak lagrèl+,

Li te fè loray* tonbe sou bèt yo.

49 Li te lage gwo kòlè l sou yo.

Li te fache anpil, li te move, li te fè yo soufri.

Li te voye yon bann zanj ki te fè malè rive yo.

50 Li te lage kòlè l sou yo.

Li pa t epaye yo* anba lanmò

E li te frape yo* ak maladi.

51 Finalman, li te touye tout premye pitit Ejip yo+,

Tout pitit ki te soti nan ren yo an premye nan tant Kam yo.

52 Apre sa, li te fè pèp li a soti nan peyi a tankou yon twoupo mouton+

E li te gide yo nan dezè a.

53 Li te gide yo e li te pwoteje yo,

Yo pa t pè anyen+.

Lanmè a te kouvri ènmi yo+.

54 Li te mennen yo nan peyi li te mete apa pou li a+,

Nan zòn ki gen mòn li te pran ak fòs ponyèt li a+.

55 Li te mete nasyon yo deyò nan peyi a+,

Li te separe peyi a, li te mezire l e li te ba yo l kòm eritaj pa yo+.

Li te bay tribi Izrayèl yo kay yo pou yo rete+.

56 Men, yo te kontinye pwovoke* Bondye, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an+,

Yo te fè rebèl ak li. Yo pa t suiv rapèl li yo+.

57 Mete sou sa, yo te vire do ba li, yo te aji an trèt menm jan ak zansèt yo+.

Yo te tankou yon vye banza moun pa t ka fè konfyans+.

58 Yo te kontinye ap ofanse Bondye avèk kote ki wo yo te konn fè adorasyon yo+.

Yo te fè l fache* avèk zidòl yo te fè yo+.

59 Bondye te wè sa e li te fache anpil+,

Se sa k fè li te rejte pèp Izrayèl la nèt.

60 Alafen, li te abandone tabènak* Silo a+,

Tant kote li te abite nan mitan lèzòm yo+.

61 Li te kite ènmi yo ale ak bagay ki te reprezante fòs li a,

Li te kite advèsè yo pran bagay ki te reprezante glwa l la+.

62 Li te kite yo touye moun nan pèp li a ak kout epe+,

Li te vin fache anpil ak pèp ki byen pa l la.

63 Jèn gason l yo te mouri nan dife,

E moun pa t chante okenn chante maryaj pou jèn fi l ki te vyèj yo*.

64 Prèt li yo te mouri anba kout epe+

E madanm yo, ki te vin vèv, pa t kriye+.

65 Apre sa, Jewova te leve tankou si l te nan dòmi+,

Tankou yon gason vanyan+ ki leve apre li fin bwè diven.

66 Li te fè ènmi yo kase tèt tounen+.

Li te imilye yo nèt.

67 Li te rejte desandan Jozèf yo,

Li pa t chwazi tribi Efrayim nan.

68 Men, li te chwazi tribi Jida a+,

Mòn Siyon, mòn li renmen an+.

69 Li te bati tanp li an pou l toujou la menm jan ak syèl la*+,

Menm jan li fè tè a pou l la pou toutan+.

70 Li te chwazi David+, sèvitè l la,

Li te retire l dèyè mouton li t ap okipe yo+.

71 Li te retire l dèyè manman mouton ki t ap bay ti mouton tete yo

E li te fè l vin chèf sou Jakòb, pèp li a+,

Sou Izrayèl, eritaj li a+.

72 David te pran swen yo avèk fidelite e ak tout kè l+.

Li te dirije yo avèk anpil ladrès+.

Yon chante Asaf te ekri+.

79 O Bondye, nasyon yo anvayi eritaj ou a+,

Yo derespekte tanp ou an ki sakre+,

Yo fè Jerizalèm tounen yon pil dekonm+.

 2 Yo kite kadav sèvitè w yo pou yo tounen manje pou zwazo nan syèl la,

Yo kite bèt sovaj ki sou tè a manje kadav sèvitè fidèl ou yo+.

 3 Yo vide san yo tankou dlo toutotou Jerizalèm

E pa gen moun ki rete pou antere yo+.

 4 Vwazen nou yo ap pale nou mal+,

Tout moun ki bò kote nou yo ap pase nou nan rizib, y ap bat plezi sou nou.

 5 O Jewova, jis ki lè w ap ret an kòlè kont nou? Èske se pou toutan+?

Jis ki lè kòlè w ap sispann monte tankou yon flanm dife+?

 6 Lage kòlè w sou nasyon ki pa konnen w yo,

E sou wayòm ki pa envoke non w yo+,

 7 Paske, yo detwi desandan Jakòb yo

E yo ravaje peyi yo a+.

 8 Pa fè nou responsab erè zansèt nou yo+.

Montre ou gen pitye pou nou, pa pran tan pou w fè sa+,

Paske, nou tonbe ba anpil.

 9 Ede nou, o Bondye delivrans nou an+,

Poutèt non w ki gen glwa.

Delivre nou epi padone* peche nou yo poutèt non w+.

10 Poukisa pou nasyon yo ta di: “Kote Bondye yo a+?”

Fè nou wè lè w ap fè nasyon yo konnen

Ou vanje sèvitè w yo poutèt yo te fè san yo koule+.

11 Se pou w tande prizonye k ap plenn nan+.

Sèvi ak kokennchenn fòs ou genyen an* pou w delivre* moun ki kondane amò yo*+.

12 O Jewova, se pou w fè vwazen nou yo peye sèt fwa+

Poutèt fason yo te montre yo pa gen respè pou ou a+.

13 Lè sa a, nou menm pèp ou a, mouton ki nan patiraj ou yo+,

N ap remèsye w pou toutan,

N ap fè louwanj pou ou jenerasyon apre jenerasyon+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe sou ton “Lis yo”. Yon chante Asaf te ekri kòm rapèl+. Yon melodi.

80 O Bèje Izrayèl la,

Ou menm k ap gide desandan Jozèf yo tankou yon twoupo mouton+, koute m.

Ou menm ki chita sou twòn ou anlè* cheriben yo+,

Se pou w klere tankou limyè.

 2 Fè Efrayim, Benjamen ak Manase

Wè pisans ou+.

Vini pou w delivre nou+.

 3 O Bondye, fè nou vin djanm ankò+.

Fè nou favè pou nou ka jwenn delivrans+.

 4 Jewova Dye, Chèf lame yo, jis ki lè w ap rete fache kont pèp ou a k ap priye w+?

 5 Ou ba yo dlo k ap koule nan je yo kòm manje,

E w fè yo bwè pakèt dlo k ap koule nan je yo a.

 6 Ou kite vwazen nou yo ap goumen youn ak lòt poutèt nou,

Ou kite ènmi nou yo fawouche nou jan yo vle+.

 7 O Bondye, Chèf lame yo, fè nou vin djanm ankò.

Fè nou favè pou nou ka jwenn delivrans+.

 8 Ou te pran yon pye rezen+ nan peyi Ejip epi w ale avè l.

Ou te met nasyon yo deyò e w te plante l+.

 9 Ou te netwaye yon espas pou li,

Li te pran rasin e li te gaye kò l nan peyi a+.

10 Lonbraj li te kouvri mòn yo,

Branch li te kouvri pye sèd Bondye yo.

11 Branch li te rive jis nan lanmè a

E ti branch ki soti nan li yo te rive jis nan Rivyè a*+.

12 Poukisa w kraze mi jaden rezen an+,

Sa ki lakòz tout moun k ap pase kapab keyi nan fwi l yo+?

13 Kochon ki nan rakbwa yo detwi l

E bèt sovaj ki nan savann yo manje l+.

14 O Bondye, Chèf lame yo, tanpri, tounen,

Voye je gade detan w nan syèl la pou w wè.

Pran swen pye rezen sa a+,

15 Branch rezen w* te plante ak men dwat ou a+.

Voye je sou ti pye rezen w* te fè vin djanm pou glwa w la+.

16 Yo koupe l, yo boule l+.

Pèp la ap peri akoz ou te blame yo.

17 Se pou men w soutni moun ki adwat ou a,

Se pou l soutni moun ou te fè vin djanm pou glwa w la+.

18 Lè sa a, nou pap vire do ba ou.

Fè n rete vivan pou nou kapab envoke non w.

19 O Jewova Dye, Chèf lame yo, fè nou vin djanm ankò.

Fè nou favè pou nou ka jwenn delivrans+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe sou gitit*. Yon chante Asaf te ekri+.

81 Rele Bondye nou an, fòs nou an, ak kè kontan+.

Se pou nou rele Bondye Jakòb la ak kè kontan.

 2 Kòmanse mizik la, pran yon tanbouren,

Pran hap* la ansanm ak yon lòt enstriman akòd.

 3 Sonnen kòn nan nan nouvèl lin yo+,

Lè lalin nan plenn ak lè jou fèt nou yo+,

 4 Paske, se yon dekrè pou Izrayèl,

Se yon lwa Bondye Jakòb la bay+.

 5 Li te bay Jozèf li kòm rapèl+

Lè L te soti kont peyi Ejip la+.

Mwen te tande yon vwa* mwen pa t rekonèt ki te di:

 6 “Mwen te retire chay lou a sou zepòl li+.

Mwen te retire pànye a nan men l.

 7 Lè w te nan pwoblèm, ou te rele m e m te sove w+.

Mwen te reponn ou nan nyaj kote loray gwonde a*+.

Mwen te teste w bò dlo Meriba* yo+. (Sela)

 8 Koute sa, pèp mwen an, m ap bay temwayaj kont nou.

O Izrayèl, si nou te annik koute m sèlman+.

 9 Pa dwe gen lòt dye pami nou,

E nou pa dwe pwostène devan lòt dye+.

10 Mwen menm, Jewova, mwen se Bondye w,

Se mwen menm ki te fè w soti nan peyi Ejip+.

Ouvri bouch ou e m ap ba w manje jis vant ou plen+.

11 Men, pèp mwen an pa t koute vwa m,

Izrayèl pa t vle obeyi m+.

12 Se sa k fè mwen te kite yo suiv dezi ki nan kè yo.

Yo te fè sa yo te panse ki dwat*+.

13 Si pèp mwen an te annik koute m sèlman+,

Si Izrayèl te annik mache nan chemen m yo+,

14 Mwen t ap fè ènmi yo soumèt devan yo byen vit,

Mwen t ap bat tout ènmi yo genyen yo+.

15 Moun ki rayi Jewova yo ap tranble devan l,

E sa k ap rive yo a se ap pou toutan.

16 Men nou menm, l ap ban nou manje pi bon* ble a+,

L ap ban nou siwo myèl ki sot nan wòch yo pou nou bwè jis nou rasazye+.”

Yon chante Asaf te ekri+.

82 Bondye pran plas li nan mitan asanble l la+.

L ap jije nan mitan dye* yo+. Li di:

 2 “Ki lè n ap sispann jije yon fason ki enjis+?

Ki lè n ap sispann gen patipri pou mechan an+? (Sela)

 3 Defann* malere yo ak timoun ki san papa yo+.

Fè moun ki pa gen moun ki pou ede yo ak moun ki pòv yo jwenn jistis+.

 4 Delivre malere yo, delivre moun ki pòv yo,

Sove yo anba men mechan yo.”

 5 Jij yo pa konnen, ni yo pa konprann+.

Y ap mache nan fènwa.

Tout fondasyon tè a ap tranble+.

 6 “Mwen te di: ‘Nou se dye*+,

Nou tout se pitit Sila a ki nan pi gwo pozisyon an.

 7 Men, n ap mouri menm jan ak tout moun+.

E n ap tonbe menm jan ak lòt chèf yo+!’”

 8 Leve kanpe, o Bondye, epi jije tè a+.

Paske, tout nasyon yo se pou ou.

Yon chante Asaf te ekri+. Yon melodi.

83 O Bondye, pa ret an silans+,

Pa rete tou dousman* ni san w pa fè anyen, o Bondye.

 2 Paske, ènmi yo ap fè bri+.

Moun ki rayi w yo ap aji avèk awogans*.

 3 Y ap fè konplo sou do pèp ou a an kachèt,

Y ap fè konplo sou do moun ou renmen yo*.

 4 Yo di: “Annou detwi nasyon Izrayèl la+

Pou pèsonn pa janm sonje l ankò.”

 5 Yo met tèt yo ansanm pou yo fè plan sou do nou.

Yo fè yon alyans kont ou+.

 6 Moun k ap viv nan tant Edòm yo, desandan Izmayèl yo, moun Mowab yo+, Agrit yo+,

 7 Moun Gebal yo, desandan Amon yo+, moun Amalèk yo,

Moun Filisti yo+ ansanm ak moun Ti yo+ met tèt yo ansanm.

 8 Asiri+ te met ansanm avèk yo tou.

Yo soutni* desandan Lòt yo+. (Sela)

 9 Fè yo menm sa w te fè Madyan an+,

Menm sa w te fè Sisera ak Jaben nan Rivyè Kichon an+.

10 Yo te jwenn destriksyon yo nan Enndò+.

Yo te vin tankou fimye pou tè a.

11 Se pou w fè gwo potanta li yo vin tankou Orèb ak Zeyèb+,

Se pou w fè prens* li yo vin tankou Zeba ak Salmouna+,

12 Paske, men sa yo di: “Annou pran peyi kote Bondye rete a.”

13 O Bondye m nan, fè yo vin tankou yon touf pikan k ap woule nan van+,

Tankou pay van ap pote ale.

14 Menm jan ak yon dife k ap ravaje yon forè,

Menm jan ak yon flanm dife k ap kankannen mòn yo+,

15 Se konsa pou w kouri dèyè yo ak van tanpèt ou a+.

Fè yo pè ak tanpèt ou a+.

16 Se pou w fè dezonè tonbe sou yo,

Pou yo ka chèche onore non w, o Jewova.

17 Se pou yo wont e se pou yo pè pou toutan.

Se pou yo jwenn imilyasyon e se pou yo peri.

18 Se pou moun konnen ou menm, ki rele Jewova+,

Ou se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an e ki gen pouvwa sou tout tè a+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe sou gitit*. Yon chante desandan Kore yo+ te ekri.

84 Se pa ti renmen mwen renmen tabènak* ou a ki estrawòdinè+,

O Jewova, Chèf lame yo!

 2 Se tout mwen menm ki* swaf wè

Lakou Jewova yo,

Wi, mwen santi m fèb tèlman mwen anvi wè yo+.

Kè m ak kò m ap rele Bondye vivan an ak kè kontan.

 3 Menm zwazo yo jwenn yon kote nan kay ou a pou yo rete.

Iwondèl la jwenn yon nich

Kote li ka pran swen pitit li yo

Toupre lotèl ou a, o Jewova, Chèf lame yo,

Ou menm ki Wa m e ki Bondye m!

 4 Byennere moun ki abite lakay ou+!

Yo kontinye fè louwanj pou ou+. (Sela)

 5 Byennere moun ki pran fòs nan ou+

E ki swaf pou yo mache sou wout ki mennen lakay ou.

 6 Lè y ap pase nan Vale Baka*,

Yo fè l vin yon kote ki gen sous dlo.

E premye sezon lapli a kouvri l* ak benediksyon.

 7 Tank y ap mache, se tank yo vin gen plis fòs+.

Yo chak yo parèt devan Bondye nan Siyon.

 8 O Jewova Dye, Chèf lame yo, koute priyè m.

O Bondye Jakòb la, koute m. (Sela)

 9 Ou menm ki boukliye nou+ e ki Bondye nou*,

Fè moun ou chwazi a favè+.

10 Paske, yon jou nan lakou w yo pi bon pase 1 000 jou nenpòt lòt kote+.

Mwen chwazi pou m rete nan papòt kay Bondye m nan

Olye pou m al rete nan tant kote y ap fè mechanste yo.

11 Paske, Jewova Dye se yon solèy+ e li se yon boukliye+.

Li fè moun favè e li fè yo jwenn glwa.

Jewova pap refize bay moun ki mache dwat yo

Okenn bon bagay+.

12 O Jewova, Chèf lame yo,

Byennere moun ki mete konfyans yo nan ou+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante desandan Kore yo+ te ekri.

85 O Jewova, ou fè peyi w la favè+.

Ou te fè desandan Jakòb ki te ann egzil yo tounen+.

2 Ou padone fot pèp ou a,

Ou te padone* tout peche yo+. (Sela)

 3 Ou te metrize gwo kòlè w te genyen an,

Ou te sispann an kòlè kont yo+.

 4 O Bondye delivrans nou an, fè nou repran fòs*,

Pa fache avèk nou ankò+.

 5 Èske w ap an kòlè kont nou nètale+?

Èske w ap rete an kòlè kont nou, jenerasyon apre jenerasyon?

 6 Èske w pap rebay pèp ou a fòs ankò

Pou yo ka rejwi nan ou+?

 7 O Jewova, demontre lanmou fidèl ou genyen an pou nou+,

E delivre nou.

 8 M ap koute sa Jewova, vrè Dye a, di

Paske se konsènan lapè l ap pale ak pèp li a+, sèvitè fidèl li yo,

Depi yo pa retounen twò kwè nan tèt yo ankò+.

 9 Se sèten moun ki gen lakrentif pou li yo ap jwenn delivrans nan men l byen fasil+,

Yon fason pou glwa li ka rete nan peyi nou an.

10 Lanmou* ak fidelite ap rankontre ansanm,

Jistis ak lapè ap bo youn lòt+.

11 Fidelite ap pouse sou tè a,

Jistis ap gade anba detan l nan syèl la+.

12 Wi, Jewova ap ban nou sa ki bon*+

E peyi nou an ap bay rekòt li yo+.

13 Jistis ap mache devan l+

E l ap fè yon chemen ak mak pye l.

Yon priyè David te fè.

86 O Jewova, panche zòrèy ou* pou w koute m epi reponn mwen,

Paske m ap soufri e mwen pòv+.

 2 Pwoteje lavi m* paske mwen fidèl avè w+.

Sove sèvitè w la ki gen konfyans nan ou,

Paske se ou menm ki Bondye m+.

 3 Fè m favè, o Jewova+,

Paske se tout lajounen m ap rele w+.

 4 Fè sèvitè w la* kontan, o Jewova,

Paske se ou mwen vin jwenn*.

 5 Paske, ou bon+ e w dispoze padone+, o Jewova.

Ou demontre lanmou fidèl ou genyen an pou tout moun ki envoke non w+.

 6 Koute priyè m, o Jewova,

Koute m lè m ap sipliye w pou m mande w sekou+.

 7 Lè m gen pwoblèm, se ou menm mwen rele+

Paske w ap reponn mwen+.

 8 Pa gen okenn dye ki tankou w, o Jewova+.

Aksyon w fè yo san parèy+.

 9 Tout nasyon w te fè yo

Ap vin pwostène devan w, o Jewova+,

E y ap bay non w glwa+.

10 Paske, ou gen pouvwa e ou fè yon seri bagay estrawòdinè+.

Se ou menm sèl ki Bondye+.

11 O Jewova, montre m chemen w yo+.

M ap mache nan verite w yo+.

Fè se ak tout kè m mwen* gen lakrentif pou non w+.

12 M ap fè louwanj pou ou ak tout kè m, o Jewova+, Bondye m nan,

E m ap toujou bay non w glwa.

13 Paske, lanmou fidèl ou demontre pou mwen an estrawòdinè,

Ou sove lavi m* pou m pa desann nan Tonm nan*+.

14 O Bondye, gen yon seri moun k ap pran dwa ki pa pou yo ki kont mwen+,

Gen yon bann moun ki san pitye k ap chèche touye m*

E ki san respè pou ou*+.

15 Men, ou menm, o Jewova, ou se yon Bondye ki gen mizèrikòd, ki gen konpasyon*,

Ki pa fè kòlè fasil, ki gen anpil lanmou* e ki fidèl*+.

16 Vire gade m, fè m favè+,

Bay sèvitè w la fòs+,

Sove pitit gason sèvant ou an.

17 Ban m yon siy ki montre w* bon anvè m

Pou moun ki rayi m yo ka wè sa e pou yo ka wont.

Paske, se ou menm k ap ede m e k ap konsole m, o Jewova.

Yon chante desandan Kore yo+ te ekri. Yon melodi.

87 Se nan mòn ki sakre yo fondasyon vil li a ye+.

 2 Jewova renmen pòtay Siyon yo+

Plis pase tout tant Jakòb yo.

 3 Yo di anpil bagay estrawòdinè sou ou, ou menm vil vrè Dye a+. (Sela)

 4 Mwen konte Rahab*+ ak Babilòn pami peyi ki konnen m* yo.

Gade Filisti, Ti ansanm ak Etyopi*.

Men sa mwen gen pou m di konsènan yo chak: “Sa a se la l te fèt.”

 5 Men, men sa yo pral di konsènan Siyon:

“Yo tout se la yo te fèt.”

Sila a ki nan pi gwo pozisyon an ap fè Siyon kontinye egziste.

 6 Men sa Jewova pral di lè l ap anrejistre non moun nan pèp la:

“Moun sa a se la l fèt.” (Sela)

 7 Chantè yo+ ak moun ki fè yon wonn pandan y ap danse+ yo ap di:

“Tout bon bagay mwen genyen se ou menm ki ban mwen yo+.”

Yon melodi. Yon chante desandan Kore yo+ te konn chante. Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe nan stil Mahalat*. Se youn apre lòt pou gwoup yo chante pawòl yo. Yon maskil* Eman+, yon desandan Zera, te ekri.

88 O Jewova, Bondye delivrans mwen an+,

Lajounen mwen rele w,

Lannuit mwen vin devan w+.

 2 Kite priyè m nan rive jwenn ou+.

Panche zòrèy ou* pou w tande m lè m ap rele w pou m mande w sekou+.

 3 Paske, nanm* mwen jwenn kont pwoblèm li+,

E mwen sanlè desann nan Tonm*+.

 4 Yo deja konte m pami moun k ap desann nan twou a*+.

Mwen tounen yon moun ki pa gen moun ki pou ede l*+,

 5 Yon moun yo lage nan mitan kadav,

Yon moun yo touye ki kouche nan yon kavo,

Yon moun ou pa sonje ankò,

Yon moun ou pa pran swen ankò.

 6 Ou mete m nan twou ki pi fon an,

Kote ki fè nwa, nan yon gwo twou san fon.

 7 Kòlè w ap peze sou mwen+,

Ou frape m avèk gwo lanm lanmè w yo. (Sela)

 8 Ou fè zanmi m yo ale byen lwen m+.

Ou fè yo pa vle wè m.

Mwen pran nan pyèj e m pa ka chape.

 9 Je m vin fèb tèlman m ap soufri+.

O Jewova, se tout lajounen m ap rele w+,

M ap leve men m devan w pou m priye w.

10 Èske se pou moun ki mouri yo w ap fè mirak?

Èske moun ki mouri yo ka leve pou yo fè louwanj pou ou+? (Sela)

11 Èske moun ki nan tonm yo ka fè konnen jan w gen yon lanmou ki fidèl?

Èske moun ki kote mò yo tounen pousyè a* ka fè konnen jan w fidèl?

12 Èske moun ki nan fènwa yo ka konnen gwo mirak ou fè yo?

Èske moun ki nan peyi moun yo bliye yo ka konnen jan w jis+?

13 Men, mwen kontinye rele w pou m mande w sekou, o Jewova+.

Chak maten, priyè m monte devan w+.

14 O Jewova, poukisa w voye m* jete+?

Poukisa w kache figi w pou mwen+?

15 Depi m toupiti

M ap soufri e m ap pase toupre lanmò+.

M fin depafini akoz tout move eksperyans ou kite m fè yo.

16 Ou an kòlè anpil e kòlè sa a twòp pou mwen+.

Atak ou fè sou mwen yo fè m pè e yo fini avè m.

17 Se tout lajounen yo anvayi m tankou gwo dlo.

Yo sot nan tout direksyon* e yo ansèkle m.

18 Ou fè zanmi m yo, konpayon m yo, rete lwen m+.

Se fènwa ki tounen zanmi m.

Yon maskil* Etan+, yon desandan Zera, te ekri.

89 M ap toujou chante konsènan fason Jewova demontre lanmou fidèl li genyen an.

Avèk bouch mwen, m ap fè tout jenerasyon yo konnen jan w fidèl.

 2 Mwen te di: “Lanmou fidèl ou genyen an ap la pou toutan+.

E ou fè fidelite w chita byen djanm nan syèl la.”

 3 Bondye te di: “Mwen fè yon alyans avèk moun mwen chwazi a+.

Men sa mwen te pwomèt David, sèvitè m nan+:

 4 ‘M ap fè desandan w lan*+ rete pou toutan,

E m ap fè wayòm ou an chita byen djanm jenerasyon apre jenerasyon+.’” (Sela)

 5 Syèl la fè konnen bagay estrawòdinè ou fè yo, o Jewova,

Wi, sila ki sen yo ap fè konnen jan w fidèl.

 6 Paske, kiyès nan syèl la ki ka konpare ak Jewova+?

Kiyès pami pitit Bondye yo+ ki tankou Jewova?

 7 Sila ki sen yo gen lakrentif pou Bondye+.

Bondye gran e sila ki bò kote l yo gen lakrentif pou li+.

 8 O Jewova Dye, Chèf lame yo,

Kiyès ki gen pisans tankou w, o Ja+?

Ou montre w fidèl nan tout bagay+.

 9 Ou gen kontwòl sou lanmè a lè l dechennen+,

Lè lanm yo monte byen wo, ou kalme yo+.

10 Ou te kraze Rahab* nèt+ tankou yon moun yo asasinen+.

Ou gaye tout ènmi w yo avèk fòs ponyèt ou+.

11 Syèl la se pou ou e tè a se pou ou+.

Se ou ki fè tè a ak tout sa ki ladan l+.

12 Se ou ki kreye nò, se ou ki kreye sid.

Tabò+ ak Èmon+ ap fè louwanj pou non w ak kè kontan.

13 Bra w pisan+

E men w gen fòs+.

Men dwat ou leve men wotè+.

14 Dominasyon w lan chita sou jistis ak ladwati+.

Lanmou* ak fidelite toujou la bò kote w+.

15 Byennere moun k ap rele ak kè kontan lè y ap fè louwanj pou ou+.

O Jewova, yo kontinye mache avè w e yo gen favè w*.

16 Se tout lajounen y ap rejwi poutèt non w.

Yo jwenn glwa grasa jistis ou.

17 Paske, se ou menm ki fè yo gen fòs e konsa yo jwenn glwa+.

Piske w fè nou favè, sa fè nou vin gen plis fòs+.

18 Boukliye nou an se Jewova ki ban nou l,

Wa nou an se Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, ki ban nou l+.

19 Nan epòk sa a, ou te pale ak moun ki fidèl avè w yo nan yon vizyon e w te di:

“Gen yon gason vanyan mwen bay fòs+.

Mwen onore yon moun mwen chwazi nan mitan pèp la+.

20 Mwen jwenn David, sèvitè m nan+.

Mwen vide luil sakre mwen an sou tèt li pou m chwazi l+.

21 M ap soutni l ak men m+,

M ap ba l fòs ak ponyèt mwen.

22 Pa gen okenn ènmi k ap fè l peye taks,

Pa gen pèsonn ki pa jis k ap maltrete l+.

23 M ap fè tout advèsè l yo fè miyèt moso devan l+,

E m ap touye moun ki rayi l yo+.

24 Mwen fidèl ak li e mwen renmen l*+,

M ap fè l vin gen plis fòs poutèt non m.

25 M ap mete men l* sou lanmè a,

M ap mete men dwat li sou rivyè yo+.

26 L ap rele m e l ap di m: ‘Ou se Papa m,

Ou se Bondye m, e w se Mas Wòch ki ka delivre m nan+.’

27 M ap chwazi l kòm premye pitit mwen+,

Kòm wa ki gen plis glwa ki gen sou tè a+.

28 M ap demontre lanmou fidèl mwen genyen an pou li pou toutan+,

Mwen pap janm kraze alyans mwen fè avè l la+.

29 M ap fè desandan l lan* rete pou toutan,

M ap fè twòn li an la pou toutan menm jan ak syèl la+.

30 Si pitit li yo pa obeyi lwa m yo

E yo pa mache dapre dekrè* m yo,

31 Si yo pa obeyi lòd mwen yo

E yo pa respekte kòmandman m yo,

32 M ap sèvi ak yon baton pou m pini yo poutèt yo dezobeyi*+,

M ap kale yo pou erè yo fè yo.

33 Men, mwen pap janm sispann demontre lanmou fidèl mwen genyen an pou li+

E m ap respekte pwomès mwen fè a.

34 Mwen pap vyole alyans mwen an+,

Ni mwen pap chanje pawòl mwen te di ak bouch mwen+.

35 Mwen te fè sèman yon fwa pou tout, paske mwen sen.

Mwen pap bay David manti+.

36 Desandan l lan* ap la pou toutan+,

Twòn li an ap la pou toutan menm jan solèy la ap la pou toutan devan m+.

37 L ap la pou toutan menm jan ak lalin nan,

Ki tankou yon temwen fidèl nan syèl la.” (Sela)

38 Men ou menm, ou rejte moun ou chwazi a, ou voye l jete+,

Ou vin an kòlè anpil kont li.

39 Ou rejte alyans ou te fè ak sèvitè w la,

Ou dezonore kouwòn li an lefètke w jete l atè.

40 Ou kraze tout miray* li yo ki te fèt ak wòch,

Ou kraze fòtrès li yo.

41 Tout moun k ap pase bò kote l pran nan sa l genyen yo,

Li tounen yon imilyasyon pou vwazen l+.

42 Ou fè advèsè l yo pote laviktwa sou li*+,

Ou fè tout ènmi l yo rejwi.

43 Mete sou sa, ou fè epe l la kase tèt tounen,

Ou fè sèvitè w la fè bak nan batay la.

44 Ou fè l sispann gen glwa,

Ou lage twòn li an atè.

45 Ou fè l vin granmoun anvan lè,

Ou fè lawont tonbe sou li. (Sela)

46 O Jewova, pandan konbyen tan w ap kache pou nou? Èske se pou toutan+?

Èske kòlè w ap kontinye boule tankou yon dife?

47 Sonje jan lavi m kout+.

Èske se pou granmesi ou te kreye lèzòm?

48 Ki moun ki ka viv san l pa janm mouri+?

Ki moun ki ka sove tèt li* anba pouvwa Tonm nan*? (Sela)

49 O Jewova, kote aksyon w te konn fè yo ki montre lanmou fidèl ou genyen an?

Kote aksyon sa yo ou te pwomèt David w ap fè pou li yo akoz fidelite w+?

50 O Jewova, sonje jan yo pwovoke sèvitè w yo,

Sonje jan m oblije sipòte* tout sa moun yo ap fè pou yo pwovoke m,

51 Jan ènmi w yo joure m, o Jewova,

Jan yo di moun ou chwazi a move pawòl chak fwa l leve pye l.

52 Se pou Jewova jwenn louwanj pou toutan! Amèn, amèn+.

KATRIYÈM LIV

(Sòm 90-106)

Yon priyè Moyiz, sèvitè vrè Dye a, te fè+.

90 O Jewova, jenerasyon apre jenerasyon, se ou ki toujou kay kote nou abite a*+.

2 Anvan mòn yo te egziste,

Anvan w te fè tè a*+,

Depi toutan e pou toutan se ou menm ki Bondye+.

 3 Ou fè lòm retounen nan pousyè,

Ou di: “Nou menm lèzòm, retounen nan pousyè+.”

 4 Nan je w, lè 1 000 an pase, se tankou se te jounen yè a+,

Se tankou yon ti bout nan yon nuit.

 5 Ou fè yo rive nan bout yo byen vit+, yo disparèt tankou yon rèv.

Yo tankou zèb ki leve nan maten+.

 6 Nan maten, yo grandi, yo fleri,

Men nan aswè yo fennen e yo seche+.

 7 Paske, ou fini ak nou pandan w an kòlè a+

E nou pè akoz ou fache anpil.

 8 Ou mete peche nou fè yo devan w*+.

Menm peche nou fè an kachèt yo parèt klè devan je w+.

 9 Lavi nou* ap depafini tikras pa tikras akoz ou an kòlè anpil.

Ane n ap viv yo rive nan bout yo byen vit tankou yon souf.

10 Kantite tan nou viv se 70 an.

Si nou gen anpil fòs*, nou ka viv 80 an+.

Men, sa nou jwenn pandan ane sa yo, se pwoblèm ak tristès.

Ane sa yo pase byen vit, e nou vole n ale+.

11 Kiyès ki ka konprann jis nan ki pwen w ka an kòlè?

Ou ka vin an kòlè anpil, e se nan menm nivo sa a moun dwe gen lakrentif pou ou+.

12 Aprann nou ki jan pou n byen sèvi ak jou nou gen pou n viv yo*+,

Yon fason pou nou ka vin gen sajès nan kè nou.

13 O Jewova, fè nou favè ankò+! Pandan konbyen tan ankò sitiyasyon sa a ap dire+?

Gen pitye pou sèvitè w yo non+.

14 Fè nou benefisye lanmou fidèl ou genyen an+ nan maten

Pou nou ka rele byen fò ak kè kontan, pou nou ka rejwi+ pandan tout vi nou.

15 Fè nou rejwi pandan menm kantite jou ou te fè nou soufri yo+,

Pandan menm kantite ane nou te pase anba pwoblèm yo+.

16 Fè sèvitè w yo wè sa w ap fè

E fè pitit yo wè glwa w+.

17 Se pou Jewova, Bondye nou an, kontinye fè nou favè.

Se pou tout sa nou fè mache byen*.

Wi, se pou w fè tout sa nou fè mache byen*+.

91 Tout moun ki abite nan kachèt Sila a ki nan pi gwo pozisyon an+

Ap rete anba lonbray Toupisan an+.

 2 Men sa m ap di Jewova: “Ou se refij mwen ak fòtrès mwen+,

Ou se Bondye m, se nan ou mwen met konfyans mwen+.”

 3 Paske, l ap delivre w anba pyèj chasè zwazo a

E anba epidemi maladi k ap fè ravaj la.

 4 L ap kouvri* w ak zèl li,

W ap pran refij anba zèl li+.

Fidelite l+ ap tankou yon gwo boukliye pou ou+, tankou yon miray ki bay pwoteksyon*.

 5 Ou pap pè anyen nan nuit+,

E w pap pè flèch y ap tire lajounen yo+,

 6 Ni epidemi maladi ki gaye nan fènwa,

Ni destriksyon k ap fè ravaj a midi.

 7 Mil moun ap tonbe bò kote w

E 10 000 moun ap tonbe sou bò dwat ou,

Men ou menm, anyen mal pap rive pre w+.

 8 W ap annik wè bagay sa yo ak je w

Pandan w ap gade jan y ap pini moun mechan yo.

 9 Piske w te di Jewova se refij ou,

Ou fè Sila a ki nan pi gwo pozisyon an tounen kay kote w abite*+,

10 Okenn malè pap tonbe sou ou+

E okenn kalamite pap pwoche pre tant ou.

11 Paske, l ap bay zanj li yo+ lòd

Pou yo pwoteje w kèlkeswa kote w ale+.

12 Y ap pote w nan men yo+

Pou w pa frape pye w nan okenn wòch+.

13 W ap mache sou jenn lyon an e sou kobra a,

W ap pilonnen jenn lyon an ak gwo koulèv la+.

14 Bondye te di: “Piske li renmen m anpil*, m ap delivre l+.

M ap pwoteje l paske li konnen* non m+.

15 L ap rele m e m ap reponn li+.

Lè l nan pwoblèm, m ap avèk li+.

M ap sove l e m ap fè l jwenn glwa.

16 M ap fè l viv lontan+

E m ap fè l wè jan m ap sove l*+.”

Yon melodi. Yon chante pou jou saba a.

92 Ala bon sa bon pou m remèsye w, o Jewova+,

Pou m chante louwanj* pou non w, o Sila a ki nan pi gwo pozisyon an!

 2 Chak maten, li bon pou m fè konnen lanmou fidèl ou genyen an+,

E chak swa, m ap fè konnen jan w fidèl

 3 Pandan m ap sèvi ak yon enstriman mizik ki gen dis kòd ak yon lòt enstriman akòd

Ansanm ak bèl son ki sot nan yon hap* pou m akonpaye chante a+.

 4 Paske, gwo aksyon w fè yo fè kè m kontan, o Jewova.

M ap rele byen fò ak kè kontan poutèt bagay ou fè yo.

 5 Ala estrawòdinè aksyon w fè yo estrawòdinè, o Jewova+!

Panse w yo vrèman pwofon+.

 6 Moun ki pa gen bonsans pa ka konnen yo

E moun ki sòt pa ka konprann sa+:

 7 Lè mechan yo ap vin anpil tankou move zèb*

E afè tout moun k ap fè sa ki mal yo ap byen mache,

Se pou yo ka detwi yo pou toutan+.

 8 Men, ou menm, o Jewova, ou nan pozisyon ki pi wo a pou toutan.

 9 Ènmi w yo gen pou yo peri, o Jewova,

Se sèten ènmi w yo ap peri.

Tout moun k ap fè sa ki mal yo gen pou yo kouri nan tout direksyon+.

10 Men, w ap fè m vin gen plis fòs pou m vin menm jan ak yon towo bèf sovaj.

Mwen gen pou m pase bon luil fre sou po m+.

11 Avèk je m, m ap wè jan ènmi m yo ap tonbe+,

Lè mechan k ap atake m yo tonbe, mwen gen pou m tande sa ak zòrèy mwen.

12 Men, moun ki jis la gen pou l vin bèl menm jan ak yon pye palmye,

Li gen pou l vin gwo menm jan ak yon pye sèd nan Liban+.

13 Se lakay Jewova yo plante yo,

Y ap fleri nan lakou Bondye nou an+.

14 Menm lè yo vin granmoun*, y ap kontinye bay fwi+,

Y ap toujou djanm*, y ap toujou fre+

15 E y ap kontinye fè konnen Jewova jis.

Se li menm ki mas wòch mwen+ e li pa gen enjistis lakay li.

93 Jewova vin Wa+!

Li gen anpil glwa.

Jewova gen fòs.

Fòs li mare nan ren l tankou yon sentiwon.

Tè a* byen chita kote l ye a,

Li pa ka deplase*.

 2 Twòn ou an byen chita depi lontan+.

Se depi toutan ou egziste+.

 3 Rivyè yo desann, o Jewova,

Rivyè yo desann e y ap gwonde,

Rivyè yo kontinye ap desann e yo kontinye ap fè bri.

 4 Men, ou menm, o Jewova, ou gen anpil glwa anwo nan syèl la+,

Ou anlè tout dlo k ap fè bri yo,

Ou gen plis pisans pase lanm lanmè yo+.

 5 Rapèl ou yo merite pou nou gen anpil konfyans nan yo+.

Kay ou a sen pou toutan+, o Jewova.

94 O Jewova, Bondye ki konn fè vanjans lan+,

Montre kiyès ou ye!

 2 Ou menm ki Jij tout tè a, leve+,

Bay moun ki ògeye yo sa yo merite+.

 3 Pandan konbyen tan, o Jewova, pandan konbyen tan

Mechan yo ap kontinye byen mennen+?

 4 Y ap pale anpil, y ap pale avèk awogans.

Tout moun k ap fè sa ki mal yo ap vante tèt yo.

 5 O Jewova, yo kraze pèp ou a+,

Yo maltrete eritaj ou a.

 6 Yo touye vèv yo ak etranje yo,

Yo touye timoun ki pa gen papa yo.

 7 Yo di: “Ja pa wè sa+,

Bondye Jakòb la pa remake sa+.”

 8 Nou menm ki pa gen bonsans, se pou nou konprann.

Nou menm moun sòt yo, ki lè n ap rive gen bon konprann+?

9 Èske moun ki fè* zòrèy la pa ka tande?

Èske moun ki fè je a pa ka wè+?

10 Èske moun k ap korije nasyon yo pa ka fè repwòch+?

Se li menm ki bay lèzòm konesans+.

11 Jewova konnen lide ki nan tèt lèzòm,

Li konnen lide sa yo se vanite+.

12 Byennere moun ou korije a, o Ja+,

Byennere moun ou anseye lwa w yo+

13 Pou kè l ka poze lè malè tonbe sou li,

Jiskaske yo fouye yon twou pou mechan yo+.

14 Paske, Jewova pap lage pèp li a+,

Ni li pap abandone eritaj li a+.

15 Yon lòt fwa ankò, jijman ap fèt nan ladwati

E tout moun ki dwat yo ap respekte yo.

16 Kiyès k ap leve kanpe kont mechan yo pou mwen?

Kiyès k ap pran pou mwen kont moun k ap fè sa ki mal yo?

17 Si se pa t Jewova ki t ap ede m,

Mwen* pa t ap pran anpil tan pou m peri*+.

18 Lè m te di: “Pye m ap glise” a,

Lanmou fidèl ou genyen an te kontinye soutni m, o Jewova+.

19 Lè enkyetid* te anvayi m*,

Ou te konsole m, ou te soulaje m*+.

20 Èske dirijan* ki mechan yo kapab fè yon alyans avèk ou

Pandan y ap sèvi ak lalwa pou yo fè moun soufri+?

21 Yo atake moun ki jis yo* avèk raj+

E yo kondane inosan yo pou yo mouri*+.

22 Men, Jewova ap tounen yon refij* kote m ka jwenn sekirite.

Bondye m nan se mas wòch kote m ka al kache a+.

23 L ap fè move aksyon yo fè yo retounen sou pwòp tèt yo+,

L ap sèvi ak pwòp mechanste y ap fè yo pou l detwi yo*.

Jewova, Bondye nou an, ap elimine yo*+.

95 Vini, annou rele byen fò ak kè kontan devan Jewova!

Annou rele byen fò ak kè kontan devan Mas Wòch ki ka delivre nou an+.

 2 Annou pwoche devan l* pou nou remèsye l+.

Annou chante pou li e annou rele l ak kè kontan.

 3 Paske, Jewova se yon Bondye ki gran,

Yon gran Wa ki gen plis pouvwa pase tout lòt dye yo+.

 4 Pati ki pi fon nan tè a se nan men l li ye.

Tout tèt mòn yo se pou li+.

 5 Lanmè a li te fè a se pou li+

E se li menm ki te fè tè a ak men l+.

 6 Vini, annou adore Jewova, Sila a ki fè nou an+,

Annou pwostène devan l, annou met ajenou devan l.

 7 Paske, li se Bondye nou

E nou se pèp ki nan patiraj li,

Nou se mouton l ap pran swen*+.

Jodi a, si nou koute vwa l+,

 8 Pa fè tèt di, menm jan zansèt nou yo te fè sa nan Meriba*+,

Nan jou Masa* a, nan dezè a+,

 9 Lè zansèt nou yo te teste m nan+.

Yo te pwovoke m malgre yo te wè sa m te fè+.

10 Pandan 40 an, mwen te gen degoutans pou jenerasyon sa a e mwen te di:

“Pèp sa a toujou ap suiv move lide yo gen nan kè yo,

Yo pa rive konnen chemen m yo.”

11 Se sa k fè, mwen te an kòlè, e mwen te fè sèman:

“Yo pap antre nan repo m nan+.”

96 Chante yon nouvo chante pou Jewova+.

Se pou tout tè a chante pou Jewova+!

 2 Chante pou Jewova, fè louwanj pou non l.

Chak jou, se pou nou fè konnen bon nouvèl delivrans li bay la+.

 3 Fè nasyon yo konnen glwa li genyen,

Fè tout pèp yo konnen bagay estrawòdinè li fè yo+.

 4 Paske, Jewova gran e li vrèman merite pou moun fè louwanj pou li.

Li merite pou moun gen lakrentif pou li plis pase tout lòt dye yo.

 5 Tout dye lòt pèp yo ap sèvi yo se dye ki san valè+.

Men, Jewova se Sila a ki fè syèl la+.

 6 Kote l ye a gen glwa* ak mèvèy+,

Nan kote ki apa pou li a gen fòs ak bèl bagay+.

 7 Onore Jewova, nou menm fanmi ki nan pèp yo,

Onore Jewova pou glwa li ak fòs li+.

 8 Onore Jewova pou glwa non l merite+.

Pote yon kado pou li epi antre nan lakou l yo.

 9 Bese byen ba devan* Jewova ak bèl rad ki sakre*,

Se pou tout tè a tranble devan l.

10 Fè nasyon yo konnen: “Jewova vin Wa+!

Tè a* byen chita kote l ye a, anyen pa ka brannen l*.

Bondye gen pou l jije* nasyon yo avèk jistis+.”

11 Se pou syèl la rejwi e se pou tè a nan lajwa.

Se pou lanmè a ak tout sa k ladan l fè anpil bri tèlman yo kontan+.

12 Se pou savann yo ak tout sa ki ladan yo rejwi+.

Anmenmtan, se pou tout pyebwa ki nan forè yo rele byen fò ak kè kontan+

13 Devan Jewova, paske l ap vini*.

L ap vini pou l jije tè a.

Li gen pou l jije tè a* avèk jistis+

E li gen pou l jije pèp yo avèk fidelite+.

97 Jewova vin Wa+!

Se pou tè a kontan+.

Se pou zile yo rejwi+.

 2 Nyaj ak fènwa pwès antoure l+

E twòn li an chita sou ladwati ak jistis+.

 3 Gen yon dife k ap mache devan l+,

Li boule advèsè l yo toupatou+.

 4 Kout zèklè l yo klere tè a.

Tè a wè sa e li pran tranble+.

 5 Mòn yo fonn tankou lasi devan Jewova+,

Yo fonn devan Seyè ki mèt tout tè a.

 6 Syèl la fè konnen jistis Bondye

E tout pèp yo wè glwa li+.

 7 Se pou tout moun k ap sèvi zidòl yo wont+,

Moun k ap fè lwanj pou dye san valè y ap sèvi yo+.

Nou menm dye yo, se pou nou pwostène devan L*+.

 8 Siyon tande sa e li kontan+.

Vil* Jida yo kontan

Akoz desizyon w yo, o Jewova+.

 9 Paske, o Jewova, ou se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an e ki gen pouvwa sou tout tè a.

Ou gen plis pouvwa pase tout lòt dye yo+.

10 Nou menm ki renmen Jewova, rayi sa ki mal+.

Li pwoteje lavi* moun ki fidèl ak li yo+,

Li sove yo anba men* mechan yo+.

11 Gen yon limyè ki klere pou moun ki jis yo+,

Moun ki dwat yo ap rejwi.

12 Nou menm moun ki jis yo, se pou nou rejwi pou sa Jewova fè pou nou,

Se pou nou fè louwanj pou non l ki sen.

Yon chante.

98 Chante yon nouvo chante pou Jewova+,

Paske l fè yon pakèt aksyon estrawòdinè+.

Li bay delivrans* ak men dwat li, ak bra l ki sen+.

 2 Jewova fè moun konnen jan li bay delivrans+.

Li fè nasyon yo konnen jan li jis+.

 3 Li sonje pwomès li te fè pou l demontre lanmou l* ak fidelite l pou desandan Izrayèl yo+.

Moun toupatou sou tè a wè jan Bondye nou an sove nou*+.

 4 Se pou tout tè a rele byen fò ak kè kontan e se pou l fè louwanj pou Jewova.

Se pou nou kontan, se pou nou rele ak kè kontan e se pou nou chante louwanj* pou li+.

 5 Sèvi ak hap* pou nou chante louwanj* pou Jewova.

Chante bèl chante pou li avèk hap la.

 6 Sèvi ak twonpèt ak kòn+

Pou nou rele byen fò ak kè kontan devan Jewova, Wa nou an.

 7 Se pou lanmè a ak tout sa k ladan l fè anpil bri tèlman yo kontan,

Se pou tè a* ak tout moun ki abite ladan l rele byen fò.

 8 Se pou rivyè yo bat men yo,

Se pou mòn yo met ansanm pou yo rele byen fò ak kè kontan+

 9 Devan Jewova, paske l ap vin* jije tè a.

L ap jije tout moun ki sou tè a* avèk jistis+

E l ap jije tout pèp yo san patipri+.

99 Jewova vin Wa+. Se pou pèp yo tranble.

Li chita sou twòn li an anlè* cheriben yo+. Se pou tè a tranble.

 2 Jewova montre li se yon Dye ki estrawòdinè nan Siyon.

L ap dirije tout pèp yo+.

 3 Se pou yo fè louwanj pou non w ki estrawòdinè+.

Paske, non w bay lakrentif e li sen.

 4 Li se yon wa ki gen fòs e ki renmen jistis+.

Ou fè sa ki dwat chita byen chita,

Ou fè jistis ak ladwati blayi+ nan Jakòb.

 5 Bay Jewova, Bondye nou an+, glwa epi pwostène* devan ti ban li met pye l la+.

Bondye sen+.

 6 Moyiz ak Arawon te pami prèt li yo+

E Samyèl te pami moun ki t ap envoke non l yo+.

Yo te konn rele Jewova

E li te konn reponn yo+.

 7 Li te konn pale avèk yo nan nyaj ki te gen fòm poto a+.

Yo te obeyi lwa l yo ak kòmandman li te bay yo+.

 8 Ou te konn reponn yo, o Jewova, Bondye nou an+.

Ou te konn padone yo+.

Men, ou te pini* yo pou peche yo te fè+.

 9 Se pou nou fè louwanj pou Jewova, Bondye nou an+,

Se pou nou pwostène* devan mòn li an ki sakre+,

Paske, Jewova, Bondye nou an, sen+.

Yon chante pou remèsye Bondye.

100 Se pou tout tè a rele byen fò ak kè kontan e se pou l fè louwanj pou Jewova+.

 2 Sèvi Jewova ak kè kontan+.

Parèt devan l ak rèl lakontantman.

 3 Se pou nou konnen* Jewova se Bondye+.

Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye*+.

Nou se pèp li e nou se mouton ki nan patiraj li+.

 4 Se pou nou vin nan pòtay tanp li an pou nou remèsye l+

E se pou nou vin nan lakou li yo pou nou fè louwanj pou li+.

Wi, se pou nou remèsye l e se pou nou fè louwanj pou non l+.

 5 Paske, Jewova bon+.

Lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan

E fidelite l ap la jenerasyon apre jenerasyon+.

Yon chante David te ekri.

101 M ap chante konsènan lanmou fidèl Bondye genyen ak jistis li.

M ap chante louwanj* pou ou, o Jewova.

 2 M ap aji avèk pridans, m ap aji yon fason ki san repwòch*.

Ki lè w ap vin bò kote m?

M ap mache devan w avèk fidelite+ anndan lakay mwen.

 3 Mwen pap mete okenn bagay ki pa vo anyen devan je m.

Mwen rayi sa moun ki sispann fè sa ki dwat yo ap fè yo+,

Mwen pap pran pa avèk yo*.

 4 Mwen pa annafè ak moun ki gen mechanste nan kè yo.

Mwen pap aksepte patisipe nan anyen ki mal.

 5 Nenpòt moun k ap pale pwochen l mal an sekrè+,

M ap fè l fè silans*.

Mwen pap tolere

Moun ki gen ògèy nan kè yo e ki awogan.

 6 M ap chèche moun sou tè a ki fidèl

Pou yo ka rete ansanm avè m.

Se moun k ap mache san defo* yo k ap sèvi m.

 7 Okenn moun ki gen twou nan manch pap abite lakay mwen,

E okenn moun k ap bay manti pap kanpe devan m*.

 8 Chak maten, m ap fè mechan ki sou tè a fè silans*,

Pou m derasinen tout moun k ap fè sa ki mal nan vil Jewova a+.

Yon priyè yon moun y ap toupizi fè paske l pèdi espwa* kote li ouvri kè l bay Jewova+.

102 O Jewova, koute priyè m+.

Lè m rele w pou w ede m, se pou rèl mwen fè a rive jwenn ou+.

 2 Pinga w kache figi w pou mwen nan moman difisil yo+.

Panche zòrèy ou* pou w koute m.

Prese reponn mwen lè m rele w+.

 3 Lavi m tankou yon lafimen k ap disparèt.

Zo m ap boule anndan m tankou yon fwaye dife+.

 4 Kè m tankou zèb solèy la boule e ki seche+,

Se sa k fè mwen pa menm sonje pou m manje.

 5 Mwen tèlman ap plenn+,

Mwen tounen zo ak po+.

 6 Mwen sanble ak yon grangozye ki nan savann.

Mwen tankou yon ti koukou ki nan mitan mazi.

 7 Mwen kouche, men m pa ka dòmi*,

Mwen tankou yon zwazo ki poukont li sou yon do kay+.

 8 Se tout lajounen ènmi m yo ap pase m nan rizib+.

Moun k ap moke m* yo fè non m tounen yon jouman.

 9 Mwen manje sann tankou pen+

E bwason m ap bwè a melanje ak dlo ki sot nan je m+

10 Paske, ou te an kòlè anpil e ou te fache anpil.

Ou te leve m anlè, men se pou w te ka voye m jete.

11 Lavi m tankou yon lonbray k ap disparèt*+.

M ap fennen tankou zèb+.

12 Men, ou la pou toutan, o Jewova+.

Moun nan tout jenerasyon ap konnen repitasyon* w+.

13 Vrèmanvre, w ap leve e w ap gen pitye pou Siyon+,

Paske lè a rive pou w fè l favè+.

Lè w te fikse a rive+.

14 Menmsi vil la fin tounen wòch ak pousyè+,

Sèvitè w yo renmen l toujou+.

15 Nasyon yo ap gen lakrentif pou non w, o Jewova,

E tout wa ki sou tè a ap ba w glwa+.

16 Paske, Jewova ap rebati Siyon+.

Bondye ap parèt avèk glwa+.

17 L ap koute priyè moun ki pòv yo+,

Li pap meprize priyè yo fè+.

18 Pawòl sa yo ekri pou jenerasyon k ap vini an+,

Pou moun ki poko menm fèt* yo ka louwe Ja.

19 Paske, Jewova ap gade anba detan l nan syèl la+.

Detan l kote ki byen wo ki sen an, li gade tè a

20 Pou l ka tande prizonye yo k ap plenn+

E pou l delivre moun yo kondane amò yo+,

21 Yon fason pou moun ka fè konnen non Jewova nan Siyon+

E pou yo ka fè louwanj pou li nan Jerizalèm

22 Lè pèp yo ak wayòm yo

Reyini ansanm pou yo sèvi Jewova+.

23 Li pran fòs mwen anvan lè,

Li fè lavi m vin pi kout.

24 Mwen te di: “O Bondye m nan,

Ou menm ki la pou toutan+,

Pa pran lavi m pandan m jèn toujou.

25 Ou te poze fondasyon tè a depi lontan,

E syèl la se travay ou fè ak men w+.

26 Yo menm, y ap peri, men ou menm, w ap ret la nètale.

Menm jan ak yon rad, yo tout ap vin ize.

W ap ranplase yo menm jan ak yon rad e yo pap la ankò.

27 Men ou menm, ou rete menm jan an, e lavi w pap janm fini+.

28 Pitit sèvitè w yo ap santi yo an sekirite kote yo abite a

E desandan yo ap rete devan w pou toutan+.”

Yon chante David te ekri.

103 M* ap louwe Jewova,

M ap fè louwanj pou non l ki sen ak tout mwen menm.

2 M* ap louwe Jewova.

Mwen pa dwe janm bliye tout sa l fè+.

3 Li padone tout peche m yo+

E li geri tout maladi m yo+,

4 Li pa kite m desann nan twou a*+,

Li onore m lè l demontre yon lanmou ki fidèl pou mwen ansanm ak mizèrikòd+.

5 Li fè m kontan ak bon bagay li ban mwen+ pandan tout lavi m,

Yon fason pou m toujou rete jèn menm jan ak yon èg+.

 6 Jewova aji yon fason ki dwat+, yon fason ki jis,

Nan enterè tout moun y ap toupizi yo+.

 7 Li te fè Moyiz konnen chemen l yo+,

Li te fè Izrayelit yo wè aksyon l yo+.

 8 Jewova gen mizèrikòd ak konpasyon*+,

Li pa fè kòlè fasil, li gen anpil lanmou ki fidèl*+.

 9 Li pap sonje defo nou yo pou toutan+,

Ni li pap kontinye gen rankin pou toutan+.

10 Li pa trete nou dapre peche nou fè+,

Ni li pa fè nou sibi sa nou merite pou erè nou yo+.

11 Paske, menm jan nou pa ka mezire distans ki gen ant syèl la ak tè a,

Se konsa tou nou pa ka mezire nan ki pwen Bondye gen yon lanmou ki fidèl pou moun ki gen lakrentif pou li yo+.

12 Menm jan kote solèy la leve a lwen kote li kouche a,

Se konsa tou li mete peche nou yo lwen nou+.

13 Tankou yon papa ki fè pitit gason l mizèrikòd,

Jewova fè moun ki gen lakrentif pou li yo mizèrikòd+.

14 Paske, li byen konnen ki jan nou fèt+.

Li sonje se pousyè nou ye+.

15 Kanta pou lòm, lavi l kout menm jan ak zèb+,

Li fleri pandan yon ti tan tankou yon flè nan savann+.

16 Men, kou yon van soufle, li pa la ankò,

Se kòmsi l pa t janm egziste*.

17 Men, Jewova ap demontre lanmou fidèl li genyen an

Pou moun ki gen lakrentif pou li yo pou toutan+.

L ap aji yon fason ki jis avèk pitit pitit yo+,

18 Avèk moun ki respekte alyans li an+

E avèk moun ki veye pou yo obeyi kòmandman l yo.

19 Jewova tabli twòn li byen djanm nan syèl la+

E l ap domine antanke wa sou tout bagay+.

20 Louwe Jewova, nou menm zanj li yo+ ki chaje ak fòs e ki pisan,

Nou menm ki fè sa l di+, nou menm ki obeyi vwa l*.

21 Louwe Jewova, nou menm ki fè pati lame l yo+,

Nou menm sèvitè l k ap fè volonte l+.

22 Louwe Jewova, nou menm ki fè pati kreyasyon l lan,

Ki toupatou kote l ap domine yo*.

M ap louwe Jewova ak tout mwen menm*!

104 M* ap louwe Jewova+!

O Jewova, Bondye m nan, ou vrèman gran+.

Ou abiye ak diyite e ak glwa+.

 2 Ou vlope kò w ak limyè+ tankou se ak yon rad,

Ou ouvri syèl la tankou se yon twal tant+.

 3 Li bati chanm li yo anlè a nan dlo ki nan syèl la*+,

Li fè nyaj yo tounen yon charyo pou li+

E li deplase sou zèl van an+.

 4 Li sèvi ak zanj li yo antanke fòs ki pisan,

Wi, li fè sèvitè l yo tounen yon gwo flanm dife+.

 5 Li mete tè a chita sou fondasyon l+,

Tè a pap janm deplase kite kote l ye a* pou tout tan gen tan+.

 6 Ou te kouvri l ak gwo dlo tankou se ak yon rad+.

Dlo yo te kouvri mòn yo.

 7 Ou annik bay lòd la, yo kouri+,

Yo annik tande bri loray ou a, yo panike e yo pran kouri

 8 Al nan plas ou te prepare pou yo a:

Mòn yo monte+ e vale yo desann.

 9 Ou bay dlo yo limit pou yo pa depase+,

Pou yo pa janm kouvri tè a ankò.

10 Li fè sous dlo koule nan vale yo,

Wi, yo koule nan mitan mòn yo.

11 Yo bay tout bèt sovaj ki nan savann yo dlo pou yo bwè,

Pou bourik mawon yo ka bwè pou yo pase swaf yo.

12 Zwazo ki nan syèl la fè nich yo nan pyebwa ki bò kot sous dlo yo

E yo chante nan mitan branch bwa yo ki chaje fèy.

13 Li wouze mòn yo detan l nan chanm li yo ki anlè a+.

Tè a chaje ak fwi travay ou+.

14 Li fè zèb grandi pou bèf yo manje.

Li fè plant pou lèzòm itilize+,

Pou tè a ka bay manje pou yo manje.

15 Li bay diven ki fè kè lèzòm kontan+,

Li bay luil ki fè figi yo klere

Ak pen pou ba yo fòs+.

16 Pyebwa Jewova yo jwenn dlo yo bezwen,

Wi, pye sèd li te plante Liban yo,

17 Kote zwazo yo fè nich yo.

Sigòy la fè kay li+ sou pye jenevriye yo.

18 Kabrit ki nan mòn yo viv nan mòn ki byen wo+.

Daman* yo kache nan mas wòch yo+.

19 Li fè lalin nan pou l fikse yon seri moman byen presi.

Solèy la byen konnen ki lè pou l al kouche+.

20 Ou fè fènwa vini, e konsa lannuit rive+.

Lè sa a, tout bèt nan bwa met deyò.

21 Jenn lyon* yo ap gwonde, yo dèyè jibye+,

Yo chèche manje yo nan men Bondye+.

22 Lè solèy leve,

Yo wete kò yo, y al kouche nan twou yo.

23 Lèzòm soti al fè travay yo

E yo travay rive jis aswè.

24 Ala anpil sa w fè yo anpil, o Jewova+!

Ou fè tout sa w fè yo avèk sajès+.

Tè a chaje ak sa w fè.

25 Gen lanmè a ki fon e ki gwo anpil.

Li chaje ak yon pakèt kreyati vivan moun pa ka konte, gwo kou piti+.

26 Bato yo vwayaje sou li,

E Levyatan*+ ou te fè a ap jwe ladan l.

27 Yo tout ap tann

Pou w ba yo manje nan lè yo bezwen l+.

28 Sa w ba yo se li yo pran+.

Lè w ouvri men w, yo jwenn anpil bon bagay ki satisfè yo+.

29 Lè w kache figi w, sa boulvèse yo.

Si w retire lespri* yo, yo mouri e yo tounen nan pousyè+.

30 Si w voye souf ou, ou kreye yo+

E w fè gen lavi sou tè a ankò.

31 Glwa Jewova ap la pou toutan.

Jewova ap rejwi nan travay li fè yo+.

32 Li gade tè a, tè a tranble,

Li touche mòn yo, yo fè lafimen+.

33 M ap chante pou Jewova+ pandan tout vi m.

Toutotan m vivan, m ap chante louwanj* pou Bondye m nan+.

34 Se pou sa ki nan panse m fè l plezi*.

M ap rejwi pou sa Jewova fè pou mwen.

35 Pechè yo ap disparèt sou tè a,

Mechan yo pap egziste ankò+.

M* ap louwe Jewova. Louwe Ja*!

105 Di Jewova mèsi+, envoke non l.

Fè moun nan pèp yo konnen aksyon l fè yo+.

 2 Chante pou li, chante louwanj* pou li.

Reflechi* sou tout gwo aksyon li fè yo+.

 3 Se pou nou fyè pou n louwe non l ki sen+!

Se pou moun k ap chèche Jewova yo rejwi+!

 4 Chèche Jewova+, mande l pou l ban nou fòs.

Toujou chèche èd nan men l.

 5 Sonje gwo aksyon li fè yo,

Sonje mirak li yo ak jijman li te pwononse yo+,

 6 Nou menm desandan* Abraram, sèvitè l la+,

Nou menm pitit gason Jakòb yo, nou menm li chwazi yo+.

 7 Jewova se Bondye nou+.

Li jije tout tè a+.

 8 Li sonje alyans li te fè a pou toutan+,

Pwomès li te fè pou 1 000 jenerasyon an+,

 9 Alyans li te fè ak Abraram nan+,

Pwomès li te fè Izarak sèman l ap reyalize a+,

10 Pwomès li te tabli kòm lwa pou Jakòb la

E kòm yon alyans k ap la pou lontan li fè ak Izrayèl

11 Lè l te di: “M ap ban nou peyi Kanaran+

Kòm eritaj pa nou+.”

12 Lè sa a, yo pa t anpil+,

Non, yo pa t anpil e se etranje yo te ye nan peyi a+.

13 Yo te mache sot nan yon nasyon al nan yon lòt nasyon,

Sot nan yon wayòm al nan yon lòt wayòm+.

14 Li pa t kite okenn moun maltrete yo+,

Men li te blame plizyè wa poutèt yo+,

15 Li te di: “Pinga nou manyen moun mwen chwazi yo,

E pinga nou fè pwofèt mwen yo anyen ki mal+.”

16 Li te fè yon gwo grangou tonbe sou peyi a+

E li te fini ak rezèv pen yo*.

17 Li te voye yon moun devan yo,

Yon moun yo te vann kòm esklav, anpalan de Jozèf+.

18 Yo te mete chenn nan pye l+,

E yo te mete kou l nan chenn*.

19 Se pawòl Jewova a ki te fè l vin bon nèt*+

Jiskaske lè a te rive pou sa Bondye te di a reyalize.

20 Wa a te voye lage l+,

Wi, chèf pèp yo te libere l.

21 Li te mete l sou tèt moun lakay li,

Li te mete l responsab tout byen l+,

22 Pou l te ka gen otorite sou* gwo chèf ki souzòd li yo jan l vle*

E pou l te ka aprann granmoun yo sajès+.

23 Lè sa a, Izrayèl te vin ann Ejip+,

Jakòb te vin ap viv kòm etranje nan peyi Kam nan.

24 Bondye te fè pèp li a fè anpil pitit+,

Li te fè yo vin gen plis fòs pase advèsè yo+.

25 Li te kite Ejipsyen yo vin rayi pèp li a nan kè yo,

Li te kite yo fè konplo sou do sèvitè l yo+.

26 Li te voye Moyiz, sèvitè l la+,

Ansanm ak Arawon+, moun li te chwazi ki pou al avè l la.

27 Yo te fè mirak li te ba yo pouvwa pou yo fè nan mitan yo a,

Wi, yo te fè mirak li yo nan peyi Kam nan+.

28 Li te voye fènwa e peyi a te vin tou nwa nèt+.

Yo pa t dezobeyi sa l te di yo.

29 Li te fè dlo yo tounen san

E li te touye pwason yo+.

30 Krapo te anvayi peyi a+,

Krapo te rive jis anndan chanm wa a.

31 Li te bay gwo mouch yo lòd pou yo anvayi peyi a

E li te bay moustik yo lòd pou yo anvayi tout peyi a+.

32 Li te fè lapli tounen lagrèl

E li te voye gwo kout zèklè* nan peyi yo a+.

33 Li te touye pye rezen yo ak pye fig frans yo.

Li te depatcha tout pyebwa nan peyi yo a.

34 Li te bay lòd pou krikèt vèt anvayi peyi a,

Yon kantite ti krikèt vèt moun pa t ka konte+.

35 Krikèt yo te devore tout plant nan peyi yo a,

Yo te devore tout sa tè a te pwodui.

36 Apre sa, li te touye tout premye pitit peyi yo a+,

Tout pitit ki te soti nan ren moun peyi a an premye yo.

37 Li te fè pèp li a kite peyi a avèk ajan ak lò+,

E pa gen okenn moun nan tribi yo ki te fèb.

38 Moun nan peyi Ejip yo te kontan lè Izrayelit yo te ale

Paske yo te vin pè yo anpil+.

39 Bondye te mete yon nyaj bare pèp li a+

E li te voye yon dife pou klere yo nan nuit+.

40 Lè yo te mande l vyann, li te ba yo zwazo* pou yo manje+.

Li te ba yo pen ki te sot nan syèl la pou l plen vant yo+.

41 Li te fann yon wòch e dlo te soti ladan l+.

Dlo te koule nan dezè a tankou rivyè+.

42 Paske, li te sonje pwomès sakre li te fè Abraram, sèvitè l la+.

43 Se konsa li te fè pèp li a kite peyi Ejip ak kè kontan+

Li te fè moun li chwazi yo kite peyi a nan lajwa.

44 Li te ba yo peyi nasyon yo+,

Yo te benefisye sa lòt pèp te travay di pou yo genyen+.

45 Li te fè sa pou yo te ka obeyi kòmandman l yo+

Ak lwa l yo.

Louwe Ja*!

106 Louwe Ja*!

Di Jewova mèsi paske li bon+.

Lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan+.

 2 Kiyès ki ka fè konnen tout gwo aksyon Jewova fè yo?

Kiyès ki ka fè konnen tout aksyon l fè ki fè l merite louwanj yo+?

 3 Byennere moun ki aji yon fason ki jis,

Ki toujou fè sa ki dwat+.

 4 O Jewova, sonje m lè w ap fè pèp ou a favè*+.

Pran swen m epi sove m

 5 Pou m ka benefisye bonte ou demontre pou moun ou chwazi yo+,

Pou m ka rejwi ansanm ak nasyon w lan,

Pou m ka fè louwanj pou ou avèk fyète* ansanm ak eritaj ou a.

 6 Nou te peche menm jan ak zansèt nou yo+,

Nou te fè sa ki mal e nou te aji avèk mechanste+.

 7 Zansèt nou yo ki te ann Ejip pa t apresye* gwo aksyon w te fè yo.

Yo pa t sonje jan w te montre w gen yon lanmou ki fidèl pou yo,

Men, yo te fè rebèl bò lanmè a, bò Lanmè Wouj+.

 8 Malgre sa, li te sove yo poutèt non li+,

Pou l fè konnen pisans li+.

 9 Lè l te bay Lanmè Wouj la lòd, lanmè a te seche.

Li te fè yo mache nan fon lanmè a tankou se te nan yon dezè+.

10 Li te sove yo anba men ènmi yo a+,

Li te pran yo nan men ènmi an+.

11 Dlo a te kouvri advèsè yo.

Pa gen youn ki te sove*+.

12 Apre sa, yo te vin gen lafwa nan pwomès li fè+

E yo te tonbe chante louwanj pou li+.

13 Men, yo te bliye sa l te fè yo byen vit+

E yo pa t ret tann konsèy li.

14 Pandan yo te nan dezè a, yo te vin anvi yon seri bagay ki te montre yo te egoyis+.

Yo te teste Bondye nan dezè a+.

15 Li te ba yo sa yo te mande l yo,

Men apre sa, li te fè maladi tonbe sou yo e yo* te deperi+.

16 Anndan kan an, yo te vin jalou Moyiz

E yo te vin jalou Arawon+, yon moun Jewova te mete apa pou li+.

17 Lè sa a, tè a te ouvri, li te vale Datan

E li te kouvri moun ki te ansanm ak Abiram yo+.

18 Yon flanm dife te limen nan mitan yo,

Li te devore mechan yo+.

19 Yo te fè estati yon ti bèf nan Orèb,

Yo te pwostène devan yon estati an metal*+.

20 Olye yo ban m glwa,

Yo te pito adore estati yon towo bèf, yon bèt ki manje zèb+.

21 Yo te bliye Bondye+, Sovè yo a,

Ki te fè yon seri gwo aksyon ann Ejip+,

22 Ki te fè yon seri bagay estrawòdinè nan peyi Kam nan+

E ki te fè yon seri aksyon estrawòdinè nan Lanmè Wouj+.

23 Li t apral bay lòd pou yo detwi yo,

Men Moyiz, moun li te chwazi a, te pale avè l

Pou l pa t vide kòlè l sou yo pou l detwi yo+.

24 Apre sa, yo te meprize bon peyi a+,

Yo pa t gen lafwa nan pwomès li te fè a+.

25 Yo t ap plede bougonnen nan tant yo+.

Yo pa t koute sa Jewova te di yo+.

26 Se sa k fè, li te leve men l, li te fè sèman

L ap fè yo mouri nan dezè a+,

27 L ap fè desandan yo mouri nan mitan nasyon yo

E l ap gaye yo nan peyi yo+.

28 Nan epòk sa a, yo te met ansanm pou yo adore* Baal Peyò a+

E yo te manje sakrifis yo te ofri mò*.

29 Sa yo te fè yo te fè L fache+,

E gen yon flewo ki te tonbe sou yo+.

30 Men, Fineyas te leve kanpe e li te aji.

Konsa, flewo a te sispann+.

31 Bondye te konsidere l kòm yon moun ki jis

E jenerasyon apre jenerasyon, wi, pou toutan, se konsa y ap konsidere l+.

32 Mete sou sa, yo te pwovoke L bò dlo Meriba* yo.

Konsa, yo te lakòz Moyiz tonbe nan pwoblèm+.

33 Kòm yo te fè l fache anpil,

Li te pale mal ak bouch li+.

34 Yo pa t fin detwi pèp yo+

Jan Jewova te ba yo lòd pou yo fè sa a+.

35 Men, yo te fè zanmitay ak nasyon yo+

E yo te kòmanse aji menm jan ak yo*+.

36 Yo te tonbe ap sèvi zidòl nasyon sa yo t ap sèvi yo+

E zidòl sa yo te tounen yon pyèj pou yo+.

37 Yo te ofri pitit gason yo

Ak pitit fi yo kòm sakrifis bay demon+.

38 Yo t ap plede fè san moun ki inosan koule+,

San pwòp pitit gason ak pitit fi yo

Yo te konn ofri kòm sakrifis bay zidòl moun peyi Kanaran yo t ap sèvi yo+.

Peyi a te vin kontamine nan je Bondye akoz san moun inosan ki t ap koule yo.

39 Yo te vin sal nan je Bondye akoz aksyon yo te fè yo.

Yo te mal aji, yo te montre yo pa fidèl avè m*+.

40 Se sa k fè Jewova te vin an kòlè anpil kont pèp li a

E li te vin gen degoutans pou eritaj li a.

41 Li te lage yo nan men nasyon yo plizyè fwa+,

E konsa moun ki te rayi yo te vin ap domine sou yo+.

42 Ènmi yo te toupizi yo,

E yo te vin anba pouvwa* ènmi sa yo.

43 Bondye te delivre yo anpil fwa+,

Men, yo te kontinye fè rebèl ak li, yo te kontinye dezobeyi l+.

Yo te jwenn imilyasyon poutèt peche yo t ap fè yo+.

44 Men, lè Bondye te wè jan yo t ap soufri+,

Lè l te tande rèl yo t ap fè nan pye l pou yo mande l sekou+,

45 Li te sonje alyans li te fè avèk yo a.

Kè l te vin fè l mal pou yo* akoz gwo* lanmou fidèl li genyen an+.

46 Li te fè moun gen pitye pou yo,

Tout moun ki te mennen yo ann egzil yo+.

47 Sove nou, o Jewova, Bondye nou an+,

Rasanble nou, fè n soti nan mitan nasyon yo+

Pou n ka di w mèsi, ou menm ki gen yon non ki sen,

E pou nou ka pran plezi fè louwanj pou ou*+.

48 Se pou Jewova, Bondye Izrayèl la, jwenn louwanj

Pou tout tan gen tan+,

E se pou tout pèp la di: “Amèn*!”

Louwe Ja*!

SENKYÈM LIV

(Sòm 107-150)

107 Di Jewova mèsi paske li bon+.

Lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan+.

2 Se sa pou moun Jewova delivre* yo di,

Moun li delivre anba men* advèsè a+,

 3 Moun li te rasanble ki te soti nan peyi yo+,

Moun ki te soti nan lès ak nan lwès yo*,

Nan nò ak nan sid yo+.

 4 Yo t ap monte desann nan dezè a, kote moun pa t abite.

Yo pa t ka jwenn wout pou y al nan yon vil kote yo te ka rete.

 5 Yo te grangou e yo te swaf.

Yo* te dekonpoze tèlman yo te fatige.

 6 Lè bagay yo te rèd anpil pou yo, yo pa t sispann rele nan pye Jewova+,

E li te sove yo nan sitiyasyon difisil yo te ye a+.

 7 Li te fè yo mache nan bon chemen an+

Pou yo te ka rive nan yon vil kote yo ka rete+.

 8 Se pou moun yo di Jewova mèsi+ pou lanmou fidèl li genyen an

E pou gwo aksyon li fè pou lèzòm yo+.

 9 Paske, li bay moun ki te swaf yo dlo pou yo bwè*

E l bay moun* ki te grangou yo anpil bon bagay pou yo manje+.

10 Genyen ki t ap viv nan yon fènwa pwès.

Yo te prizonye, yo t ap soufri e yo te nan chenn.

11 Paske, yo te rebele kont sa Bondye te di,

Yo te meprize konsèy Sila a ki nan pi gwo pozisyon an te ba yo+.

12 Li te kite yo tonbe nan pwoblèm pou l te ka imilye kè yo+.

Yo te tonbe atè e pa t gen pèsonn pou ede yo.

13 Lè bagay yo te rèd anpil pou yo, yo te rele Jewova pou yo mande l sekou,

E li te sove yo nan sitiyasyon difisil yo te ye a.

14 Li te retire yo nan fènwa pwès yo te ye a,

Li te kase chenn ki te mare yo a+.

15 Se pou moun yo di Jewova mèsi pou lanmou fidèl li genyen an+

E pou gwo aksyon li fè pou lèzòm yo.

16 Paske, li kraze pòt ki fèt an kuiv yo

E li koupe ba fè yo+.

17 Yo te sòt, e malè te rive yo+

Akoz peche ak erè yo te fè+.

18 Yo pa t anvi manje* kèlkeswa manje a,

Yo te rive toupre pòtay lanmò.

19 Lè bagay yo te rèd anpil pou yo, yo te konn rele Jewova pou yo mande l sekou,

E li te sove yo nan sitiyasyon difisil yo te ye a.

20 Li te konn bay lòd li e yo te geri+,

Li te konn sove yo nan twou kote yo te ye a.

21 Se pou moun yo di Jewova mèsi pou lanmou fidèl li genyen an

E pou gwo aksyon li fè pou lèzòm yo.

22 Se pou yo ofri l sakrifis pou yo remèsye l+

E se pou yo fè konnen aksyon li fè yo toutpandan y ap rele ak kè kontan.

23 Moun ki vwayaje sou lanmè nan bato yo,

Ki toujou ap pran lanmè pou y al fè komès yo+,

24 Wè aksyon Jewova fè yo,

Yo wè bèl bagay li kreye ki nan lanmè yo+.

25 Yo wè ki jan pa mwayen pawòl li, li fè tanpèt+

E li fè lanm lanmè yo monte byen wo.

26 Maren yo monte jis nan syèl la,

Yo desann byen ba.

Yo pèdi kouraj* lè yo wè malè ki pandye sou tèt yo.

27 Yo bite e yo balanse de bò tankou moun ki sou,

E tout ladrès yo genyen an pa itil yo anyen+.

28 Lè bagay yo vin rèd anpil pou yo, yo rele nan pye Jewova+,

E li sove yo nan sitiyasyon difisil yo ye a.

29 Li kalme van tanpèt la,

Lanm lanmè yo sispann fè bri+.

30 Yo kontan lè yo wè bagay sa yo vin kalm

E li mennen yo nan pò kote yo te vle ale a.

31 Se pou moun yo di Jewova mèsi pou lanmou fidèl li genyen an

E pou gwo aksyon li fè pou lèzòm yo+.

32 Se pou yo ba l glwa nan mitan moun ki rasanble yo+

E se pou yo fè louwanj pou li pami granmoun ki reyini yo.

33 Li fè rivyè yo tounen dezè,

Li fè sous dlo yo tounen tè sèk+,

34 Li fè tè ki donnen anpil la tounen yon tè ki sale+

Poutèt mechanste moun k ap viv ladan l yo fè.

35 Li fè dezè yo tounen kote ki plen dlo ak pye wozo,

Li fè tè sèk la tounen yon kote ki chaje ak sous dlo+.

36 Li fè moun ki grangou yo abite la+,

Yon fason pou yo ka bati yon vil pou yo rete+.

37 Yo simen semans nan jaden yo+,

Yo plante jaden rezen ki donnen anpil+.

38 Li beni yo e yo vin anpil,

Li pa kite twoupo bèt yo genyen yo diminye+.

39 Men, pèp la tounen vin yon ti ponyen ankò e yo jwenn imilyasyon

Paske yo toupizi yo, malè tonbe sou yo e yo vin nan lapenn.

40 Li fè yo meprize gwo potanta yo

E li fè yo monte desann nan dezè+.

41 Men, li pwoteje malere yo* pou yo pa toupizi yo+

E li fè fanmi yo vin anpil tankou twoupo bèt.

42 Lè moun ki dwat yo wè sa, yo rejwi+,

Men, tout moun ki enjis yo pe bouch yo+.

43 Moun ki saj yo ap wè bagay sa yo+

E y ap byen reflechi sou sa Jewova fè ki montre li gen yon lanmou ki fidèl+.

Yon melodi. Yon chante David te ekri.

108 Kè mwen fèm, o Bondye.

M ap chante e m ap fè mizik pou ou avèk tout nanm mwen*+.

 2 Se pou hap* yo ak lòt enstriman akòd yo fè tande vwa yo+.

M ap reveye douvanjou.

 3 M ap fè louwanj pou ou nan mitan pèp yo, o Jewova,

M ap chante louwanj* pou ou nan mitan nasyon yo.

 4 Paske, lanmou fidèl ou genyen an se gwo zafè, li rive jis nan syèl la+,

E fidelite w rive jis nan syèl la.

 5 Se pou w montre pouvwa w anlè nan syèl la, o Bondye,

E se pou w montre pouvwa w sou tout tè a+.

 6 Sove nou ak fòs ponyèt ou e reponn mwen

Pou moun ou renmen yo ka jwenn delivrans+.

 7 Bondye ki sen an pale*, li di:

“M ap rejwi, m ap bay Sichèm kòm eritaj+,

M ap mezire Vale Soukòt+.

 8 Se pou mwen Galaad+ ak tribi Manase a ye,

E tribi Efrayim nan se kas pou m met sou* tèt mwen+.

Jida se baton pou m kòmande a+.

 9 Mowab se kivèt mwen+.

M ap voye sandal mwen sou Edòm+.

M ap pote laviktwa sou Filisti+.”

10 Kiyès k ap mennen m nan vil ki byen pwoteje a?

Kiyès k ap mennen m jis nan peyi Edòm+?

11 Èske se pa ou menm, o Bondye, ou menm ki lage nou an,

Ou menm, Bondye nou an, ki pa soti ak lame nou yo ankò a+?

12 Se pou w ede nou nan malè nou ye a+,

Paske, sa pa itil anyen pou nou tann delivrans nan men lèzòm+.

13 Bondye ap ban nou fòs+

E l ap pilonnen ènmi nou yo anba pye l+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David te ekri. Yon melodi.

109 O Bondye, ou menm m ap louwe a+, pa ret an silans.

 2 Paske, mechan an ak moun k ap bay manti a ap pale m mal.

Yo sèvi ak lang yo pou yo bay manti sou mwen+.

 3 Yo antoure m, y ap di pawòl ki montre yo rayi m,

Yo atake m san rezon+.

 4 Mwen renmen yo, alòske yo menm yo kont mwen+.

Men, mwen kontinye priye.

 5 Mwen fè byen pou yo, men yo menm se mal yo fè m+.

Mwen renmen yo, men yo menm se rayi yo rayi m+.

 6 Mete yon mechan domine sou li,

Fè yon opozan* kanpe sou bò dwat li.

 7 Lè y ap jije l, se pou yo kondane l*.

Se pou yo konsidere menm priyè l kòm yon peche+.

 8 Se pou lavi l kout+.

Se pou yon lòt moun pran travay li te genyen kòm siveyan an+.

 9 Se pou pitit* li yo vin san papa

E se pou madanm li vin vèv.

10 Se pou pitit* li yo mache mande charite.

Se pou yo kite vye mazi kote yo rete yo pou y al chèche manje.

11 Se pou moun ki prete l lajan an sezi* tout sa l genyen.

Se pou etranje pran tout sa l posede.

12 Pèsonn pa dwe fè anyen ki bon* pou li

E pèsonn pa dwe gen pitye pou pitit li mouri kite yo.

13 Se pou yo detwi desandan l yo*+.

Se pou yo efase non yo depi nan jenerasyon yo a.

14 Se pou Jewova sonje erè zansèt li yo te fè+

E se pou peche manman l te fè pa efase.

15 Se pou Jewova toujou sonje sa yo te fè yo

E se pou l fè yo bliye yo sou tè a+.

16 Paske, li pa t janm sonje pou l aji byen ak lòt moun*+,

Men li te kontinye ap pousuiv moun y ap toupizi yo+, malere yo ak moun ki nan lapenn yo

Pou l touye yo+.

17 Li te renmen bay madichon, e se sa k fè madichon te tonbe sou li.

Li pa t renmen bay benediksyon, se pou sa li pa t resevwa okenn benediksyon.

18 Yo te kouvri l ak madichon tankou si se yon rad yo te met sou li.

Yo te vide madichon sou li tankou si se te dlo.

Madichon yo te rantre nan zo l tankou luil.

19 Se pou madichon vlope l tankou yon rad li met sou li+,

E tankou yon senti ki toujou nan ren l.

20 Se konsa Jewova pini moun ki opoze avè m nan+,

Se konsa l pini moun k ap pale m* mal yo.

21 Men ou menm, o Jewova, Seyè ki Souvren an,

Se pou w aji pou mwen akoz non w+.

Sove m, paske lanmou fidèl ou genyen an bon+.

22 Paske, mwen san defans, mwen pòv+

E kè m ap fann+.

23 M ap pase tankou yon lonbray ki disparèt tikras pa tikras.

Yo pouse m ale tankou yon krikèt.

24 Jenou m vin fèb paske mwen pa manje.

Mwen mèg e m ap depafini*.

25 Yo pase m nan rizib+.

Lè yo wè m, yo souke tèt yo+.

26 Ede m, o Jewova, Bondye m nan.

Sove m akoz lanmou fidèl ou genyen an.

27 Se pou yo konnen se ou menm ki sove m ak men w.

Se pou yo konnen se ou menm, o Jewova, ki fè sa.

28 Yo mèt lage madichon sou mwen, men ou menm se pou w beni m.

Lè yo leve kont mwen, se pou lawont tonbe sou yo.

Men, se pou w fè sèvitè w la rejwi.

29 Se pou imilyasyon kouvri moun ki opoze avè m yo,

Se pou lawont kouvri yo tankou yon rad*+.

30 M ap sèvi ak bouch mwen pou m fè louwanj pou Jewova ak tout fòs mwen.

M ap fè louwanj pou li devan anpil moun+.

31 Paske, l ap kanpe sou bò dwat moun ki pòv yo

Pou l ka sove yo anba moun ki kondane yo*.

Yon chante David te ekri. Yon melodi.

110 Jewova di Seyè m nan:

“Chita adwat mwen+

Jiskaske m mete ènmi w yo anba pye w tankou yon ti ban+.”

 2 Jewova ap fè pouvwa w rive jis pa deyò Siyon. L ap di w:

“Al domine nan mitan ènmi w yo+.”

 3 Moun ki nan pèp ou a ap ofri tèt yo san fòse nan jou w ap mennen lame w la nan batay la*.

Gwoup jèn gason w yo tankou gout lawouze ki tonbe douvanjou.

Yo sen e yo bèl anpil.

 4 Jewova fè sèman e li pap chanje lide*:

“Ou se prèt pou toutan+,

Menm jan ak Mèlkisedèk+!”

 5 Jewova ap sou bò dwat ou+.

Li gen pou l kraze wa yo nan jou kòlè l la+.

 6 L ap egzekite jijman l sou* nasyon yo+.

L ap plen tè a ak kadav+.

L ap kraze sila a ki chèf* yon gwo peyi a*.

 7 L* ap bwè dlo rivyè ki sou bò wout la.

Se sa k fè l ap leve tèt li byen wo.

111 Louwe Ja*+!

א [Alèf]

M ap louwe Jewova ak tout kè m+

ב [Bèt]

Nan mitan moun ki dwat yo e nan kongregasyon an.

ג [Gimèl]

 2 Bagay Jewova fè yo estrawòdinè+.

ד [Dalèt]

Tout moun ki renmen yo ap egzamine yo+.

ה [He]

 3 Aksyon l yo montre li gen glwa e li estrawòdinè.

ו [Waw]

Jistis li ap la pou toutan+.

ז [Zayin]

 4 Li fè moun sonje gwo aksyon l yo+.

ח [Hèt]

Jewova gen konpasyon* ak mizèrikòd+.

ט [Tèt]

 5 Li bay moun ki gen lakrentif pou li yo manje+.

י[Yòd]

L ap sonje alyans li an pou toutan+.

כ [Kaf]

 6 Li fè pèp li a wè gwo aksyon l yo

ל [Lamèd]

Lè li ba yo sa lòt nasyon yo te resevwa kòm eritaj+.

מ [Mèm]

 7 Se laverite ak jistis ki pouse l fè tout aksyon l yo+.

נ [Noun]

Nou ka fè tout lwa l yo konfyans+.

ס [Samèk]

 8 Moun ap toujou ka fè yo konfyans*, ni jodi a, ni pou toutan.

ע [Ayin]

Se verite ak jistis ki baz yo+.

פ [Pe]

 9 Li sove pèp li a+.

צ [Tsade]

Li te bay lòd pou alyans li an rete pou toutan.

ק [Kòf]

Non l sen e li merite pou moun respekte l+.

ר [Rèch]

10 Lakrentif pou Jewova se kòmansman sajès+.

ש [Sin]

Tout moun ki obeyi lwa l yo montre yo gen bon konprann+.

ת [Taw]

Se pou yo fè louwanj pou li pou toutan.

112 Louwe Ja*+!

א [Alèf]

Byennere moun ki gen lakrentif pou Jewova+,

ב [Bèt]

Moun ki pran tout plezi l nan kòmandman l yo+.

ג [Gimèl]

 2 Desandan l yo ap gen anpil pouvwa sou tè a.

ד [Dalèt]

E gwoup moun ki mache dwat yo gen pou yo jwenn benediksyon+.

ה [He]

 3 Lakay li gen anpil richès ak bagay ki gen anpil valè.

ו [Waw]

E jistis li ap la pou toutan.

ז [Zayin]

 4 Menm jan ak yon limyè k ap klere nan fènwa, li klere moun ki dwat yo+.

ח [Hèt]

Li gen konpasyon* ak mizèrikòd+ e li jis.

ט [Tèt]

 5 Tout bagay mache byen pou moun ki prete lòt moun san grate tèt+.

י [Yòd]

Li fè tout afè l avèk jistis.

כ [Kaf]

 6 Anyen pap janm brannen l+.

ל [Lamèd]

Y ap sonje moun ki jis la pou toutan+.

מ [Mèm]

 7 Li pap pè move nouvèl+.

נ [Noun]

Kè li fèm, li met konfyans li nan Jewova+.

ס [Samèk]

 8 Kè l pa brannen*, li pa pè+.

ע [Ayin]

Alafen, l ap pote laviktwa sou ènmi l yo+.

פ [Pe]

 9 Li montre l donan anpil*, li bay moun ki pòv la+.

צ [Tsade]

Aksyon jis li fè yo ap rete pou toutan+.

ק [Kòf]

Fòs* li ap ogmante e y ap fè lwanj pou fòs li.

ר [Rèch]

10 Mechan yo ap wè sa e y ap fache.

ש [Chin]

Y ap manje dan yo e y ap disparèt.

ת [Taw]

Sa mechan yo ap tann nan pap janm rive+.

113 Louwe Ja*!

Nou menm k ap sèvi Jewova, fè louwanj pou li,

Fè louwanj pou non Jewova.

 2 Se pou nou fè louwanj pou non Jewova

Depi kounye a e pou toutan+.

 3 Depi kote solèy la leve a rive kote l kouche a,

Se pou yo fè louwanj pou non Jewova+.

 4 Jewova byen wo sou tèt tout nasyon yo+,

Li gen plis glwa pase syèl la+.

 5 Kiyès ki tankou Jewova, Bondye nou an+,

Li menm ki rete* anwo a?

 6 Li bese pou l gade syèl la ak tè a+,

 7 Li leve malere a nan pousyè a.

Li leve pòv la nan pil sann nan*+

 8 Pou l ka fè l chita pami gwo potanta yo,

Pami gwo potanta ki nan pèp li a.

 9 Li fè fi ki pa ka fè pitit la vin yon manman ki gen plizyè pitit*

E ki gen kè kontan anndan lakay li+.

Louwe Ja*!

114 Lè pèp Izrayèl te kite peyi Ejip+,

Lè desandan Jakòb yo te soti nan mitan yon pèp ki pale yon lòt lang,

 2 Tribi Jida a te vin yon kote ki apa pou Bondye,

Izrayèl te vin pèp l ap dirije a+.

 3 Lanmè a te kouri akoz sa l te wè a+,

Rivyè Jouden an te fè bak+.

 4 Mòn yo te ponpe tankou mal mouton+,

Ti mòn yo te ponpe tankou ti mouton.

 5 O lanmè, ki sa k te fè w kouri+?

O Rivyè Jouden an, ki sa k te fè w fè bak+?

 6 Nou menm mòn, poukisa nou te ponpe tankou mal mouton?

Nou menm ti mòn, poukisa nou te ponpe tankou ti mouton?

 7 Ou menm tè a, se pou w tranble akoz Seyè a,

Akoz Bondye Jakòb la+,

 8 Ki fè wòch la tounen yon kote ki plen dlo ak wozo,

Ki fè wòch silèks la tounen yon sous dlo+.

115 O Jewova, se pa nou menm pou w bay glwa, non se pa nou menm*.

Men, se non w pou w bay glwa+

Poutèt lanmou w* ak fidelite w+.

 2 Poukisa pou nasyon yo ta di:

“Kote Bondye yo a+?”

 3 Bondye nou an nan syèl la

E li fè sa k fè l plezi.

 4 Zidòl y ap sèvi yo fèt ann ajan ak lò.

Se moun ki fè yo ak men yo+.

 5 Yo gen bouch, men yo pa ka pale+.

Yo gen je, men yo pa ka wè.

 6 Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande.

Yo gen nen, men yo pa ka pran sant anyen.

 7 Yo gen men, men yo pa ka manyen anyen.

Yo gen pye, men yo pa ka mache+.

Yo pa ka fè okenn son sot nan gòj yo+.

 8 Moun ki fè zidòl sa yo ap vin menm jan ak yo+,

E tout moun ki met konfyans yo nan yo ap vin menm jan an tou+.

 9 O Izrayèl, se pou nou mete konfyans nou nan Jewova+.

— Se li menm k ap ede nou e se li ki boukliye nou+.

10 O nou menm desandan Arawon yo+, se pou nou mete konfyans nou nan Jewova.

— Se li menm k ap ede nou e se li ki boukliye nou.

11 Nou menm ki gen lakrentif pou Jewova, se pou nou mete konfyans nou nan Jewova+.

— Se li menm k ap ede nou e se li ki boukliye nou+.

12 Jewova sonje nou e l ap beni nou.

L ap beni pèp Izrayèl la+,

L ap beni desandan Arawon yo.

13 Jewova ap beni moun ki gen lakrentif pou li yo,

Ni moun ki nan gwo pozisyon, ni moun ki pa nan gwo pozisyon*.

14 Jewova ap fè ni nou menm

Ni pitit* nou yo vin anpil+.

15 Se pou Jewova beni nou+,

Li menm ki fè syèl la ak tè a+.

16 Se pou Jewova syèl la ye+,

Men li bay lèzòm tè a+.

17 Moun mouri pa ka fè louwanj pou Ja+,

E pa gen yon moun ki nan tonm ki ka fè sa*+.

18 Men nou menm, n ap fè louwanj pou Ja

Depi kounye a e pou toutan.

Louwe Ja*!

116 Mwen renmen Jewova

Paske li tande* vwa m. Li tande m lè m sipliye l pou m mande l sekou+.

 2 Li panche zòrèy li* pou l koute m+.

M ap kontinye rele l toutotan m ap viv*.

 3 Kòd lanmò yo te sènen m,

Tonm nan te met men l sou mwen*+.

Mwen t ap soufri anpil e m te nan gwo lapenn+.

 4 Men, mwen te envoke non Jewova+ e m te di l:

“O Jewova, sove m*!”

 5 Jewova gen konpasyon* e li jis+.

Bondye nou an gen mizèrikòd+.

 6 Jewova pwoteje moun ki manke eksperyans yo+.

Mwen te desann byen ba, men li te sove m.

 7 Se pou nanm* mwen rale yon souf yon lòt fwa ankò,

Paske, Jewova byen aji avè m.

 8 Ou delivre m* anba lanmò,

Ou fè m sispann kriye e w pa kite pye m glise+.

 9 M ap mache devan Jewova nan peyi moun vivan yo.

10 Mwen te gen lafwa nan Bondye, se sa k fè m te pale+.

Mwen t ap soufri anpil.

11 Mwen te panike e m te di:

“Tout moun se mantè+.”

12 Ki sa m ka bay Jewova

Pou tout byen li fè pou mwen?

13 M ap bwè nan gode a* pou m di l mèsi paske li te sove m,

E m ap envoke non Jewova.

14 M ap respekte pwomès mwen te fè Jewova yo

Devan tout pèp li a+.

15 Lanmò sèvitè fidèl Jewova yo

Se yon bagay ki grav anpil* nan je l+.

16 O Jewova, mwen sipliye w

Paske mwen se sèvitè w.

Mwen se sèvitè w, pitit gason sèvant ou an.

Ou libere m anba kòd ki te mare m yo+.

17 M ap ofri w sakrifis pou m di w mèsi+, o Jewova.

M ap envoke non w.

18 M ap respekte pwomès mwen te fè Jewova yo+

Devan tout pèp li a+,

19 Anndan lakou lakay Jewova a+,

Nan mitan w, o Jerizalèm.

Louwe Ja*+!

117 Nou menm nasyon yo, se pou nou tout fè louwanj pou Jewova+.

Nou menm pèp yo, se pou nou tout ba li glwa+.

 2 Paske, lanmou fidèl li gen pou nou an estrawòdinè+.

Fidelite Jewova+ ap la pou toutan+.

Louwe Ja*+!

118 Se pou nou di Jewova mèsi paske li bon+.

Lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.

 2 Kounye a, se pou Izrayèl di:

“Lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.”

 3 Kounye a, se pou desandan Arawon yo di:

“Lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.”

 4 Kounye a, se pou moun ki gen lakrentif pou Jewova yo di:

“Lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.”

 5 Lè m t ap soufri a, mwen te rele Ja*

E Ja te reponn mwen. Li te mennen m yon kote mwen te santi m an sekirite*+.

 6 Jewova avè m, mwen pap pè+.

Ki sa lòm ka fè m+?

 7 Jewova avè m, se li k ap ede m*+.

M ap pote laviktwa sou moun ki rayi m yo+.

 8 Li pi bon pou nou pran refij nan Jewova

Pase nou met konfyans nou nan lèzòm+.

 9 Li pi bon pou nou pran refij nan Jewova

Pase nou met konfyans nou nan chèf yo+.

10 Tout nasyon yo te antoure m,

Men, mwen te fè yo fè bak

Paske m gen lafwa nan non Jewova+.

11 Yo te antoure m, wi, yo te antoure m nèt,

Men, mwen te fè yo fè bak

Paske m gen lafwa nan non Jewova.

12 Yo te antoure m tankou yon bann myèl,

Men yo te mouri byen vit tankou dife ki pran nan pay sèch.

Mwen te fè yo fè bak

Paske m gen lafwa nan non Jewova+.

13 Yo* te pouse m byen fò pou m ka tonbe,

Men, Jewova te ede m.

14 Ja se refij mwen e li se fòs mwen,

Se li menm k ap sove m+.

15 Moun ki jis la ap rele ak kè kontan

Anndan lakay li paske li jwenn delivrans*.

Jewova demontre fòs li gen nan men dwat li+.

16 Men dwat Jewova leve byen wo.

Jewova demontre fòs li gen nan men dwat li+.

17 Mwen pap mouri, non, m ap viv

Pou m ka fè konnen tout aksyon Ja fè yo+.

18 Ja te disipline m byen disipline+,

Men, li pa t lage m pou m mouri+.

19 Ouvri pòtay jistis yo pou mwen+

E m ap antre ladan yo pou m fè louwanj pou Ja.

20 Pòtay sa a se pòtay kay Jewova a.

Moun ki jis la ap antre ladan l+.

21 M ap fè louwanj pou ou paske w te reponn mwen+

E w te sove m.

22 Wòch moun k ap bati yo te jete a,

Se li menm ki vin tounen wòch prensipal ki nan kwen an*+.

23 Se Jewova ki fè sa rive+,

E se yon bèl bagay sa ye nan je nou+.

24 Se Jewova ki fè jou sa a rive.

N ap kontan, n ap rejwi pandan jou sa a.

25 Jewova, nou sipliye w, sove nou, tanpri!

Jewova, fè nou gen laviktwa, tanpri!

26 Moun ki vin nan non Jewova a se yon moun ki beni+.

N ap beni nou detan nou nan kay Jewova a.

27 Jewova se Bondye,

Se li ki ban nou limyè+.

Se pou nou antre nan gwoup moun k ap mache ansanm pandan fèt la ak branch bwa nan men nou+

Pou nou monte rive jis bò kòn lotèl la+.

28 Ou se Bondye m, e m ap fè louwanj pou ou.

M ap ba w glwa, o Bondye m nan+.

29 Se pou nou di Jewova mèsi+ paske li bon.

Lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan+.

א [Alèf]

119 Byennere moun ki san repwòch* nan fason y ap viv,

Moun ki mache selon lwa Jewova yo+.

 2 Byennere moun ki suiv rapèl li yo+,

Ki chèche l ak tout kè yo+.

 3 Moun konsa pa pratike anyen ki mal,

Yo mache nan chemen l yo+.

 4 Ou ban nou lòd

Pou nou byen obeyi kòmandman w yo+.

 5 Mwen swete m ap toujou kenbe fèm*+

Pou m ka obeyi lwa w yo.

 6 Konsa, mwen pap wont+

Lè m ap egzamine tout kòmandman w yo.

 7 M ap fè louwanj pou ou ak yon kè ki dwat

Lè m aprann jijman w yo ki jis.

 8 M ap obeyi lwa w yo.

Mwen swete w pa janm lage m nèt.

ב [Bèt]

 9 Ki jan yon jèn gason ka mennen yon vi ki pwòp?

Se lè li veye pou l aji dapre pawòl ou+.

10 Mwen chèche w ak tout kè m.

Pa kite m abandone kòmandman w yo+.

11 Mwen konsève sa w di yo nan kè m+

Pou m ka pa peche kont ou+.

12 Se pou yo fè louwanj pou ou, o Jewova.

Aprann mwen lwa w yo.

13 Avèk bouch mwen, m ap fè konnen

Tout jijman w pwononse yo.

14 Rapèl ou yo fè kè m kontan anpil+.

Yo fè m kontan plis pase nenpòt lòt bagay ki gen valè+.

15 M ap reflechi sou* lòd ou yo+,

M ap kite je m fikse sou chemen w yo+.

16 Mwen renmen kòmandman w yo.

Mwen pap bliye pawòl ou yo+.

ג [Gimèl]

17 Byen boule ak sèvitè w la

Pou m ka kontinye viv e pou m ka obeyi pawòl ou yo+.

18 Ouvri je m pou m ka wè

Bèl bagay ki gen nan lwa w yo byen klè.

19 Se yon etranje m ye nan peyi a+,

Pa kache kòmandman w yo pou mwen.

20 Mwen* toujou swaf jijman w yo,

E sa gen yon gwo efè sou mwen.

21 Ou disipline moun ki pran dwa ki pa pou yo,

Moun malediksyon tonbe sou yo akoz yo vire do bay kòmandman w yo+.

22 Fè yo sispann derespekte m, fè yo sispann meprize m,

Paske mwen suiv rapèl ou yo.

23 Menm lè chèf yo chita ansanm ap pale m mal,

Mwen menm, sèvitè w la, m ap kontinye reflechi sou* lwa w yo.

24 Mwen renmen rapèl ou yo anpil+,

Se yo menm ki ban m konsèy+.

ד [Dalèt]

25 Men m* kouche nan pousyè a+,

Fè m ret an vi jan w te di sa a+.

26 Mwen te fè w konnen tout sa m fè e w te reponn mwen.

Aprann mwen lwa w yo+.

27 Fè m konprann sans* lòd ou yo

Pou m ka reflechi sou* gwo aksyon w fè yo+.

28 Mwen tèlman ap soufri mwen* pa ka dòmi.

Ban m fòs jan w te di sa a.

29 Pa kite m viv nan manti+,

E fè m favè lè w anseye m lwa w yo.

30 Mwen chwazi mache nan chemen fidelite+.

Mwen rekonèt jijman w yo bon.

31 Mwen ret kole ak rapèl ou yo+.

O Jewova, pa kite m wont+.

32 M ap prese* suiv kòmandman w yo

Paske w fè plas pou yo nan kè m*.

ה [He]

33 O Jewova+, aprann mwen lòd ou yo,

E m ap suiv yo jiska lafen+.

34 Ban m bon konprann

Pou m ka obeyi lwa w yo,

Pou m ka suiv yo ak tout kè m.

35 Dirije m pou m ka suiv* kòmandman w yo+,

Paske m pran plezi ladan yo.

36 Fè kè m renmen rapèl ou yo

Olye pou l gen tanta*+.

37 Pa kite je m ret ap gade sa k pa vo anyen+,

Fè m mache nan chemen w yo pou m ka ret an vi.

38 Reyalize pwomès ou fè* sèvitè w la

Pou sèvitè w la ka gen lakrentif pou ou*.

39 Pa kite dezonè tonbe sou mwen, mwen pè sa,

Paske jijman w yo bon+.

40 Gad jan m swaf pou m suiv lòd ou yo,

Fè m ret an vi grasa jistis ou.

ו [Waw]

41 Fè m benefisye lanmou fidèl ou genyen an, o Jewova+,

Delivre m jan w pwomèt* sa a+.

42 Lè sa a, m ap ka reponn moun k ap pwovoke m nan,

Paske, mwen met konfyans mwen nan pawòl ou.

43 Pa retire pawòl verite a nan bouch mwen

Paske, mwen met espwa m nan* jijman w yo.

44 M ap toujou obeyi lwa w yo,

Wi, pou tout tan gen tan+.

45 M ap mache yon kote m santi m an sekirite*+

Paske m chèche konn lòd ou yo.

46 M ap pale de rapèl ou yo menm devan wa,

E mwen pap wont+.

47 Mwen renmen kòmandman w yo,

Wi, mwen renmen yo+.

48 M ap leve men m pou m priye w paske m renmen kòmandman w yo+,

E m ap reflechi sou* lwa w yo+.

ז [Zayin]

49 Sonje pawòl ou te di* sèvitè w la,

Pawòl ki fè m gen espwa a*.

50 Se sa ki ban m konsolasyon nan tristès mwen+,

Paske, sa w di yo fè m ret an vi.

51 Moun ki pran dwa ki pa pou yo meprize m anpil,

Men, mwen pap kite lwa w yo+.

52 Mwen sonje jijman w te pwononse nan tan lontan yo+, o Jewova,

E mwen jwenn konsolasyon nan yo+.

53 Mwen fache anpil akoz mechan yo

Ki abandone lwa w yo+.

54 Lwa w yo tankou chante pou mwen,

Kèlkeswa kote m rete a*.

55 Lannuit mwen sonje non w, o Jewova+,

Yon fason pou m ka obeyi lwa w yo.

56 Mwen gen abitid sa a

Paske mwen obeyi lòd ou yo.

ח [Hèt]

57 Jewova se pòsyon pa m+.

Mwen pwomèt pou m obeyi pawòl ou+.

58 M ap sipliye w* ak tout kè m+,

Fè m favè+ selon pwomès ou fè a*.

59 Mwen egzamine fason m ap viv

Yon fason pou m retounen suiv rapèl ou yo+.

60 Mwen fè vit, mwen pa pran tan

Pou m obeyi kòmandman w yo+.

61 Kòd mechan yo antoure m,

Men mwen pa bliye lwa w yo+.

62 Mwen leve a minui pou m di w mèsi+

Pou jijman w yo ki jis.

63 Mwen se zanmi tout moun ki gen lakrentif pou ou

Ak moun ki obeyi lòd ou yo+.

64 O Jewova, lanmou fidèl ou genyen an plen tè a+.

Aprann mwen lwa w yo.

ט [Tèt]

65 O Jewova, ou byen boule ak sèvitè w la

Jan w te di sa a.

66 Montre m ki jan pou m gen bonsans ak konesans+,

Paske, mwen met konfyans mwen nan kòmandman w yo.

67 Anvan m te vin ap soufri a, mwen te fè sa k pa bon*,

Men kounye a, mwen suiv pawòl ou+.

68 Ou bon+ e aksyon w fè yo bon.

Anseye m lwa w yo+.

69 Moun ki pran dwa ki pa pou yo bay manti sou mwen,

Men, mwen obeyi lòd ou yo ak tout kè m.

70 Kè yo pa sansib*+,

Men mwen menm, mwen renmen lwa w yo+.

71 Soufri m ap soufri a bon pou mwen+,

Sa fè m aprann lwa w yo.

72 Lwa ou bay yo bon pou mwen+.

Yo pi bon pou mwen pase plizyè milye pyès lò ak ajan+.

י [Yòd]

73 Se ak men w ou fè m e w ban m fòm.

Se pou w ede m gen bon konprann

Pou m ka aprann kòmandman w yo+.

74 Moun ki gen lakrentif pou ou yo kontan lè yo wè m,

Paske, se pawòl ou ki ban m espwa*+.

75 O Jewova, mwen konnen jijman w yo jis+

E se paske w fidèl ki fè w disipline m+.

76 Tanpri, konsole m akoz lanmou fidèl ou genyen an+,

Jan w te pwomèt* sèvitè w la sa a.

77 Fè m mizèrikòd pou m ka ret an vi+,

Paske, mwen renmen lwa w yo+.

78 Se pou lawont tonbe sou moun ki pran dwa ki pa pou yo,

Paske, yo aji mal avè m san m pa fè yo anyen*.

Men, mwen menm, m ap reflechi sou* lòd ou yo+.

79 Se pou moun ki gen lakrentif pou ou yo retounen bò kote m,

Moun ki konnen rapèl ou yo.

80 Se pou m suiv lwa w yo ak tout kè m+

Pou lawont pa tonbe sou mwen+.

כ [Kaf]

81 Se pa ti tann m ap tann ou delivre m+,

Paske, se pawòl ou ki ban m espwa*.

82 Mwen swaf pou m wè sa w di yo reyalize+.

Men sa m ap mande: “Ki lè w ap konsole m+?”

83 Paske, mwen tankou yon bidon ki fèt ak po bèt lafimen ratresi.

Men, mwen pa bliye kòmandman w yo+.

84 Pandan konbyen tan pou sèvitè w la tann ankò?

Ki lè w ap jije moun k ap pèsekite m yo+?

85 Moun ki pran dwa ki pa pou yo,

Wi, moun ki meprize lwa w yo, fouye twou pou mwen.

86 Tout kòmandman w yo merite pou nou fè yo konfyans.

Gen moun k ap pèsekite m san rezon. Pote m sekou+!

87 Yo te prèske efase m sou tè a,

Men mwen pa t abandone lòd ou yo.

88 Fè m ret an vi akoz lanmou fidèl ou genyen an

Pou m ka kontinye suiv rapèl ou bay yo.

ל [Lamèd]

89 O Jewova, pawòl ou ap la pou toutan

Menm jan syèl la la pou toutan+.

90 Fidelite w ap la jenerasyon apre jenerasyon+.

Ou fè tè a byen chita kote l ye a, se sa k fè l ap kontinye rete la+.

91 Yo* la jis jodi a grasa jijman w yo,

Paske yo tout se sèvitè w yo ye.

92 Si m pa t renmen lwa w yo,

Tristès t ap deja pote m ale+.

93 Mwen pap janm bliye lòd ou yo

Paske se grasa yo ou fè m rete vivan+.

94 Se pou ou m ye, sove m+,

Paske, mwen chèche obeyi lòd ou yo+.

95 Mechan yo ap chèche detwi m,

Men mwen byen egzamine rapèl ou yo.

96 Mwen wè tout bon bagay gen yon limit,

Men kòmandman w yo pa gen limit*.

מ [Mèm]

97 Se pa ti renmen mwen renmen lwa w yo+!

Mwen reflechi sou* yo tout lajounen+.

98 Kòmandman w yo fè m vin pi saj pase ènmi m yo+,

Paske, se yo ki toujou dirije m.

99 Mwen gen plis bon konprann pase moun k ap anseye m yo+,

Paske, mwen reflechi sou* rapèl ou yo.

100 Mwen aji ak plis bon konprann pase ansyen yo,

Paske, mwen obeyi lòd ou yo.

101 Mwen pa aksepte pran okenn move chemen+

Yon fason pou m ka obeyi pawòl ou.

102 Mwen pa vire do bay jijman w yo,

Paske, se ou menm ki anseye m.

103 Ala dous sa w di yo dous nan bouch mwen!

Yo pi dous pase siwo myèl+.

104 Grasa lòd ou yo, mwen aji avèk bon konprann+.

Se sa k fè mwen rayi tout move chemen+.

נ [Noun]

105 Pawòl ou se yon lanp pou pye m

E li se yon limyè pou wout mwen+.

106 Mwen fè sèman m ap obeyi jijman w yo ki jis

E m ap respekte sa m di a.

107 M ap soufri anpil+,

O Jewova, prezève lavi m jan w te di sa a+.

108 Tanpri, pran plezi nan louwanj m ap ofri w ak tout kè m yo+, o Jewova.

Anseye m jijman w yo+.

109 Se toutan lavi m an danje*,

Men mwen pa bliye lwa w yo+.

110 Mechan yo tann pyèj pou mwen,

Men mwen pa abandone lòd ou yo+.

111 Mwen konsidere rapèl ou yo kòm byen pa m toutan*,

Paske, yo fè kè m kontan+.

112 Mwen detèmine* pou m toujou obeyi lwa w yo,

Wi, jiskaske m mouri.

ס [Samèk]

113 Mwen rayi moun ki pa met tout kè yo nan sa y ap fè*+,

Men mwen renmen lwa w yo+.

114 Ou se refij mwen e w se boukliye m+.

Paske, se pawòl ou ki ban m espwa*+.

115 Nou menm mechan yo+, rete lwen m

Pou m ka obeyi kòmandman Bondye m nan.

116 Ede m jan w pwomèt sa a*+

Pou m ka rete an vi.

Se nan ou mwen met konfyans mwen, pa kite m wont+.

117 Ede m pou m ka jwenn delivrans+,

Konsa, m ap toujou ret konsantre sou lwa w yo+.

118 Ou vire do bay tout moun ki abandone lwa w yo+,

Paske, se mantè yo ye e y ap twonpe moun.

119 Ou elimine tout mechan yo sou tè a kòmsi se rejè yo te ye+.

Se sa k fè mwen renmen rapèl ou yo.

120 Tout kò* m ap tranble tèlman mwen gen laperèz pou ou.

Jijman w yo fè m gen lakrentif.

ע [Ayin]

121 Mwen fè sa ki jis ak sa ki dwat.

Pa lage m anba men moun ki vle toupizi m yo.

122 Fè tout bagay mache byen pou sèvitè w la,

Pa kite moun ki pran dwa ki pa pou yo toupizi m.

123 Je m febli tèlman m ap tann ou vin delivre m+,

Tèlman m ap tann bon pwomès ou fè a* reyalize+.

124 Fè sèvitè w la wè lanmou fidèl ou gen pou li+.

Anseye m lwa w yo+.

125 Mwen se sèvitè w, ban mwen bon konprann+

Pou m ka konprann rapèl ou yo.

126 Lè a rive pou w aji, o Jewova+,

Paske, moun yo pa obeyi lwa w yo.

127 Vrèmanvre, mwen renmen kòmandman w yo.

Mwen renmen yo plis pase lò, menm pase pi bon lò a*+.

128 Se sa k fè mwen konsidere tout enstriksyon w bay* yo bon+.

Mwen rayi tout move chemen+.

פ [Pe]

129 Rapèl ou yo estrawòdinè,

Se sa k fè mwen* obeyi yo.

130 Pawòl ou fè nou konnen yo ban nou limyè+,

Yo fè moun ki manke eksperyans yo vin gen bon konprann+.

131 Mwen tèlman swaf tande kòmandman w yo+,

Mwen ouvri bouch mwen byen laj epi m plenn*.

132 Vire gade m epi fè m favè+,

Jan w te deside w ap fè sa pou moun ki renmen non w yo+.

133 Sèvi ak pawòl ou pou w byen gide chak pa m ap fè*,

Pa kite okenn move bagay gen pouvwa sou mwen+.

134 Delivre* m anba men moun k ap toupizi m yo,

E m ap obeyi lòd ou yo.

135 Fè sèvitè w la favè*+,

Anseye m lwa w yo.

136 Dlo ap kouri nan je m tankou rivyè

Akoz moun ki pa obeyi lwa w yo+.

צ [Tsade]

137 Ou jis, o Jewova+,

E jijman w yo jis+.

138 Rapèl ou bay yo jis

E yo merite pou n fè yo konfyans nèt.

139 Mwen tèlman renmen w, se kòmsi m gen yon dife k ap boule anndan m+

Lè m wè ènmi m yo bliye pawòl ou yo.

140 Pawòl ou yo bon nèt+,

E sèvitè w la renmen yo+.

141 Mwen pa anyen e moun meprize m+,

Men, mwen pa bliye lòd ou yo.

142 Jistis ou ap la pou toutan+,

E lwa w yo se verite+.

143 Menm lè m ap soufri e mwen gen pwoblèm,

Mwen toujou renmen kòmandman w yo.

144 Rapèl ou yo ap toujou jis.

Ban mwen bon konprann+ pou m ka ret an vi.

ק [Kòf]

145 Mwen rele w ak tout kè m, o Jewova, reponn mwen.

M ap obeyi lwa w yo.

146 Mwen rele w, sove m non!

M ap kontinye suiv rapèl ou yo.

147 Mwen leve douvanjou* pou m rele w, pou m mande w sekou+,

Paske, se pawòl ou ki ban m espwa*.

148 Mwen leve nan mitan lannuit

Pou m ka reflechi sou* pawòl ou+.

149 Tanpri, koute vwa m akoz lanmou fidèl ou genyen an+.

O Jewova, prezève lavi m akoz jistis ou.

150 Moun ki gen move konduit* yo vin bò kote m.

Yo rejte lwa w yo.

151 Ou toupre m, o Jewova+,

Tout kòmandman w yo se laverite+.

152 Depi lontan m tande pale de rapèl ou yo,

M aprann ou bay yo pou yo rete la pou toutan+.

ר [Rèch]

153 Gade jan m ap soufri epi sove m+,

Paske mwen pa bliye lwa w yo.

154 Defann mwen* epi sove m+.

Prezève lavi m jan w pwomèt sa a*.

155 Mechan yo pap jwenn delivrans nan men w,

Paske, yo pa chèche obeyi lwa w yo+.

156 Mizèrikòd ou estrawòdinè, o Jewova+.

Prezève lavi m akoz jistis ou.

157 Moun k ap pèsekite m yo anpil, advèsè m yo anpil+.

Men, mwen pa vire do bay rapèl ou yo.

158 Mwen pa vle wè trèt yo

Akoz yo pa obeyi sa w di+.

159 Gade jan m renmen lòd ou yo!

O Jewova, prezève lavi m akoz lanmou fidèl ou genyen an+.

160 Se tout pawòl ou nèt ki laverite+.

Tout jijman w yo jis e y ap la pou toutan.

ש [Sin] oswa [Chin]

161 Yon seri chèf ap pèsekite m+ san rezon,

Men anndan kè m mwen gen gwo respè pou pawòl ou+.

162 Pawòl ou yo fè m kontan+

Tankou yon moun ki jwenn anpil bon bagay.

163 Mwen rayi manti, wi, mwen gen degoutans pou sa+,

Men mwen renmen lwa w yo+.

164 Mwen fè louwanj pou ou sèt fwa pa jou

Paske jijman w yo jis.

165 Moun ki renmen lwa w yo se yo menm k ap viv nan lapè+.

Pa gen anyen* ki ka fè yo bite.

166 Mwen gen espwa w ap aji pou w sove m, o Jewova.

Mwen obeyi kòmandman w yo.

167 Mwen* obeyi rapèl ou yo,

Mwen renmen yo anpil+.

168 Mwen obeyi lòd ou yo ak rapèl ou yo

Paske w konn tout sa m fè+.

ת [Taw]

169 Lè m rele w pou m mande w sekou, se pou rèl mwen fè a rive jwenn ou, o Jewova+.

Jan w te di sa a, fè m gen bon konprann+.

170 Se pou w tande m lè m mande w fè m favè.

Sove m, jan w pwomèt sa a*.

171 Se pou m sèvi ak bouch mwen pou m ba w anpil louwanj+,

Paske ou fè m konnen lwa w yo.

172 Se pou m sèvi ak bouch mwen pou m chante konsènan pawòl ou+,

Paske, tout kòmandman w yo jis.

173 Se pou w pare pou w ede m+

Paske mwen chwazi pou m obeyi lòd ou yo+.

174 Mwen pa ka tann pou w delivre m, o Jewova,

E mwen renmen lwa w yo+.

175 Prezève lavi m* pou m ka fè louwanj pou ou+.

Se pou jijman w yo ede m.

176 Mwen pèdi wout mwen tankou yon mouton ki pèdi+. Vin chèche sèvitè w la,

Paske, mwen pa bliye kòmandman w yo+.

Yon chante pou moun k ap monte yo*.

120 Pandan mwen t ap soufri, mwen te rele Jewova+,

E li te reponn mwen+.

 2 O Jewova, sove m* anba moun k ap sèvi ak bouch yo pou yo bay manti,

Moun k ap sèvi ak lang yo pou yo twonpe moun.

 3 Ou menm k ap sèvi ak lang ou pou w bay manti+,

Ki sa Bondye ap fè w? Ki pinisyon l ap ba ou?*

 4 L ap pini w ak flèch byen file+ yon sòlda genyen

E ak chabon ki byen limen+ ki fèt ak yon ti pyebwa ki nan dezè a.

 5 Malè pou mwen paske m se yon etranje k ap viv Mechèk+.

Mwen abite pami tant ki nan Keda yo+.

 6 Mwen* gen twò lontan depi m ap viv

Ak moun ki rayi lapè+.

 7 Mwen vle lapè, men lè m pale,

Se lagè yo vle fè.

Yon chante pou moun k ap monte yo.

121 Mwen leve je m pou m gade mòn yo+.

Ki kote sekou m ap soti?

 2 Se Jewova k ap pote m sekou+,

Sila a ki fè syèl la ak tè a.

 3 Li pap janm kite pye w glise*+.

Sila a k ap pwoteje w la pap janm gen dòmi nan je.

 4 Gade, Sila a k ap pwoteje Izrayèl la+

Pap janm gen dòmi nan je, ni li pap janm dòmi.

 5 Jewova ap pwoteje w.

Jewova se lonbray+ ki sou bò dwat ou a+.

 6 Solèy la pap fè w anyen lajounen+

E lalin nan pap fè w anyen lannuit+.

 7 Jewova ap pwoteje w kont tout danje+.

L ap pwoteje lavi w*+.

 8 Jewova ap pwoteje w nan tout sa w ap fè*

Depi kounye a e pou toutan.

Yon chante pou moun k ap monte yo. Se David ki te ekri l.

122 Mwen te kontan lè yo te di m:

“Ann al lakay Jewova+.”

 2 Kounye a, nou kanpe

Anndan pòtay ou yo, o Jerizalèm+.

 3 Jerizalèm se yon vil ki fè yon sèl,

Kote konstriksyon yo kole kole youn ak lòt+.

 4 Tribi yo, wi, tribi Ja* yo

Monte nan vil la

Pou yo ka fè louwanj pou non Jewova+,

Jan Lalwa li bay Izrayèl la mande sa.

 5 Paske, se nan vil la twòn jij yo ye+,

Twòn desandan David yo+.

 6 Priye pou Jerizalèm ka gen lapè+.

Moun ki renmen w yo ap an sekirite, o Jerizalèm.

 7 Se pou toujou gen lapè anndan miray ou yo ki byen solid,

Se pou tout moun ki abite nan fòtrès ou yo toujou santi yo an sekirite.

 8 Poutèt frè m yo ak zanmi m yo, m ap di:

“Se pou gen lapè nan mitan w.”

 9 Poutèt kay Jewova, Bondye nou an+,

M ap chèche bon bagay pou ou.

Yon chante pou moun k ap monte yo.

123 Mwen leve je gade w+,

Ou menm ki chita sou twòn ou nan syèl la.

 2 Menm jan sèvitè yo ret ap gade men mèt yo

E yon sèvant ret ap gade men mètrès li,

Se konsa tou n ap ret gade Jewova, Bondye nou an+,

Jis li fè nou favè+.

 3 Fè nou favè, o Jewova, fè nou favè,

Paske, yo meprize nou kont yo+.

 4 Moun ki gen konfyans nan tèt yo* pase nou nan rizib kont yo,

Awogan yo meprize nou kont yo.

Yon chante pou moun k ap monte yo. Se David ki te ekri l.

124 “Si Jewova pa t avèk nou+,”

Kounye a se pou Izrayèl di:

 2 “Si Jewova pa t avèk nou+

Lè ènmi yo te leve kanpe pou yo atake nou an+,

 3 Yo t ap vale nou tou vivan+

Lè yo te fache anpil kont nou an+.

 4 Lè sa a, dlo yo t ap bwote nou ale,

Wi, gwo kouran dlo a t ap bwote nou* ale+.

 5 Dlo ki dechennen yo t ap kouvri nou*.

 6 Se pou Jewova jwenn louwanj,

Paske, li pa kite yo devore nou ak kout dan tankou si se jibye nou te ye.

 7 Nou* tankou yon zwazo ki te chape

Nan pyèj chasè a te tann nan+.

Pyèj la te kraze

E nou te chape poul nou+.

 8 Se Bondye nou an, ki rele Jewova, Sila a ki fè syèl la ak tè a,

K ap pote nou sekou+.”

Yon chante pou moun k ap monte yo.

125 Moun ki mete konfyans yo nan Jewova yo+

Tankou Mòn Siyon ki pa ka brannen,

Men k ap la pou toutan+.

 2 Menm jan gen mòn ki antoure Jerizalèm+,

Se konsa Jewova antoure pèp li a+

Depi kounye a e l ap fè sa pou toutan.

 3 Mechan yo pap kontinye gen pouvwa nan peyi moun ki jis yo+,

Yon fason pou moun ki jis yo pa tonbe nan fè* sa ki mal+.

 4 O Jewova, fè byen pou bon moun yo+,

Moun ki dwat yo+.

 5 Kanta pou moun ki kite bon chemen an pou yo fè chemen kwochi,

Jewova ap fè yon fen avèk ni yo menm ni lòt moun k ap fè sa ki mal yo+.

Se pou gen lapè ann Izrayèl.

Yon chante pou moun k ap monte yo.

126 Lè Jewova te fè moun ki te ann egzil yo tounen Siyon+,

Nou te panse se reve nou t ap reve.

 2 Lè sa a, nou te ri san rete

E nou te rele byen fò ak kè kontan+.

Lè sa a, moun nan nasyon yo te di:

“Jewova fè gwo bagay pou yo+.”

 3 Wi, Jewova fè gwo bagay pou nou+.

Se sa k fè kè nou kontan anpil.

 4 O Jewova, fè moun pa nou yo ki ann egzil yo retounen,

Menm jan ak dlo lapli ki plen rivyè nan Negèb yo*.

 5 Moun ki simen semans li ak dlo nan je,

L ap rele byen fò ak kè kontan lè l ap rekòlte.

 6 Moun ki soti ak yon sak semans,

Menmsi l ap kriye,

Se sèten l ap rele byen fò ak kè kontan+

Lè l ap retounen lakay li ak sa l rekòlte+.

Yon chante pou moun k ap monte yo. Se Salomon ki te ekri l.

127 Si se pa Jewova ki bati kay la,

Se pou granmesi travayè yo travay di pou yo fè kay la+.

Si se pa Jewova k ap veye vil la+,

Se pou granmesi gad yo ret je klè.

 2 Si Bondye pa beni w, se pou granmesi ou leve bonè,

Se pou granmesi w al dòmi ta,

Se pou granmesi w ap travay di pou w jwenn manje.

Paske, li bay moun li renmen yo sa yo bezwen e li fè yo byen dòmi+.

 3 Tande sa! Pitit gason* se eritaj Jewova bay+.

Pitit se yon rekonpans+.

 4 Pitit gason yon moun fè pandan l jèn

Tankou flèch ki nan men yon gason vanyan+.

 5 Byennere moun ki chaje ak flèch sa yo+.

Yo pap wont,

Paske, pitit yo genyen yo ap pale ak ènmi yo nan pòtay vil la.

Yon chante pou moun k ap monte yo.

128 Byennere tout moun ki gen lakrentif pou Jewova+,

Ki mache nan chemen l yo+.

 2 Grasa travay di ou fè ak men w, w ap jwenn manje pou w manje.

W ap gen kè kontan e zafè w ap mache byen+.

 3 Madanm ou ap tankou yon pye rezen ou gen lakay ou k ap donnen+.

Pitit gason w yo ap arebò tab ou tankou ti pye oliv ki toutotou yon pye oliv.

 4 Tande sa! Se benediksyon sa a

Moun ki gen lakrentif pou Jewova a ap jwenn+.

 5 Jewova ap beni w detan l Siyon.

Pandan tout vi w, w ap wè jan sa prale byen pou Jerizalèm+

 6 E w ap wè pitit pitit ou yo.

Se pou gen lapè ann Izrayèl.

Yon chante pou moun k ap monte yo.

129 “Depi m jèn y ap atake m san rete+.”

Kounye a, se pou Izrayèl di:

 2 “Depi m jèn y ap atake m san rete+,

Men yo pa rive pot laviktwa sou mwen+.

 3 Gen moun ki fè do m sanble ak tè y ap vire+,

Tras yo fè nan do m yo byen long.”

 4 Men, Jewova jis+.

Li koupe kòd mechan yo mare yo+.

 5 Tout moun ki rayi Siyon yo ap wont

E y ap fè bak lè dezonè tonbe sou yo+.

 6 Y ap vin tankou zèb ki pouse sou do kay,

Ki gentan sèch depi anvan yo rache yo,

 7 Ki pa ka plen men moun k ap rekòlte a,

Ni bra moun k ap ranmase rekòt la.

 8 Moun k ap pase yo pap di:

“Se pou Jewova beni nou.

Nou beni nou nan non Jewova.”

Yon chante pou moun k ap monte yo.

130 O Jewova+, lè bagay yo pa bon menm pou mwen, se ou mwen rele.

 2 O Jewova, koute vwa m.

Se pou w panche zòrèy ou pou w koute m lè m ap sipliye w pou m mande w sekou.

 3 O Ja*, si se erè ou t ap gade*,

Kiyès ki t ap ka kanpe devan w, o Jewova+?

 4 Paske, ou menm, ou padone moun toutbon+,

Se sa k fè moun gen respè* pou ou+.

 5 Mwen met espwa m nan Jewova. Mwen met espwa m nan li ak tout kè m*.

M ap ret tann pawòl li.

 6 Kè m* cho ap tann Jewova+

Kè m pi cho pase gad ki pa ka tann ki lè pou l jou+,

Wi, pase gad ki pa ka tann ki lè pou l jou.

 7 Se pou Izrayèl kontinye ret tann Jewova,

Paske Jewova fidèl nan fason li demontre lanmou l+

E li gen anpil pouvwa pou l delivre pèp li a.

 8 L ap delivre Izrayèl anba tout erè Izrayèl fè yo.

Yon chante pou moun k ap monte yo. Se David ki te ekri l.

131 O Jewova, mwen pa gen ògèy nan kè m,

Mwen pa awogan+,

Mwen pa kouri dèyè twò gwo bagay+

Ni m pa chèche bagay ki twòp pou mwen.

 2 Men, mwen kalme nanm mwen*+, mwen fè l rete byen trankil

Tankou yon timoun ki sevre ki avèk manman l.

Wi, mwen* rete byen kalm tankou yon timoun ki sevre.

 3 Se pou Izrayèl ret tann Jewova+

Depi kounye a e pou toutan.

Yon chante pou moun k ap monte yo.

132 O Jewova, sonje David

E sonje tout soufrans li yo+.

 2 Li te fè Jewova sèman,

Li te fè Bondye Jakòb la, Sila a ki pisan an+, yon pwomès lè l te di:

 3 “Mwen pap antre nan tant mwen, mwen pap antre lakay mwen+,

Mwen pap kouche sou kabann mwen,

 4 Mwen pap kite dòmi pran m,

Mwen pap fèmen je m,

 5 Toutotan mwen pa jwenn yon kote pou Jewova rete,

Yon bon kay* pou Bondye Jakòb la, Sila a ki pisan an.+”

 6 Gade! Nou te tande pale de li nan Efrata+.

Nou jwenn li nan zòn forè a+.

 7 Annou antre kote l rete a*+,

Annou pwostène devan ti ban li met pye l+ la.

 8 O Jewova, leve kanpe pou w vini kote yo fè pou w rete a+,

Ni ou menm, ni Lach la ki montre fòs ou+.

 9 Se pou prèt ou yo fè sa ki jis,

Se pou moun ki fidèl devan w yo rele byen fò ak kè kontan.

10 Pa voye moun ou chwazi a+ jete,

Poutèt David, sèvitè w la.

11 Jewova te fè David sèman,

E se sèten l ap respekte pawòl li. Li te di:

“Gen youn nan desandan w* yo

M ap mete chita sou twòn ou an+.

12 Si pitit ou yo respekte alyans mwen an

E yo obeyi rapèl mwen ba yo+,

Pitit pa yo tou

Ap chita sou twòn ou an pou toutan+.”

13 Paske, Jewova chwazi Siyon+.

Se la li vle rete+. Li te di:

14 “Se la m ap rete pou toutan,

Se la m ap abite+ paske se sa m vle.

15 M ap beni l anpil, paske, m ap fè gen anpil manje ladan l.

M ap fè pòv li yo jwenn pen pou yo manje jis yo rasazye+.

16 M ap delivre prèt li yo+,

E moun ki fidèl k ap viv ladan l yo ap rele byen fò ak kè kontan+.

17 Se la m ap fè David vin gen plis fòs.

Mwen prepare yon lanp pou moun mwen chwazi a+.

18 M ap lage lawont sou ènmi l yo,

Men, kouwòn ki sou tèt li a ap klere+.”

Yon chante pou moun k ap monte yo. Se David ki te ekri l.

133 Ala bon sa bon e ala sa bay kè kontan

Lè frè abite ansanm e yo gen tèt ansanm+!

 2 Se tankou bon luil yo vide sou tèt+ Arawon,

Ki glise desann

Nan bab li+

E ki desann jis nan kole rad li.

 3 Se tankou lawouze ki soti nan Mòn Èmon+

E ki desann sou Mòn Siyon+.

Se la Jewova fè konnen l ap bay benediksyon l,

Lavi ki pap janm fini an.

Yon chante pou moun k ap monte yo.

134 Fè louwanj pou Jewova,

Nou tout k ap sèvi Jewova+,

Nou tout k ap fè sèvis nou nan kay Jewova a lannuit+.

 2 Lè n ap leve men+ nou pou nou priye, se pou nou sen*.

Se pou nou fè louwanj pou Jewova.

 3 Se pou Jewova, Sila a ki fè syèl la ak tè a,

Beni nou detan l Siyon.

135 Louwe Ja*!

Fè louwanj pou non Jewova.

Fè louwanj pou Jewova, nou menm k ap sèvi l+,

 2 Nou menm k ap fè sèvis nou nan kay Jewova a,

Nan lakou kay Bondye nou an+.

 3 Louwe Ja, paske Jewova bon+.

Chante louwanj* pou non l, paske li bon pou nou fè sa.

 4 Paske, Ja te chwazi Jakòb kòm eritaj li,

Li te chwazi Izrayèl kòm byen espesyal li*+.

 5 Paske, mwen byen konnen Jewova gen anpil pouvwa.

Seyè nou an gen plis pouvwa pase tout lòt dye yo+.

 6 Jewova fè sa l vle+

Ni nan syèl la, ni sou tè a, ni nan lanmè yo, ni nan tout gwo dlo yo.

 7 Li fè nyaj* soti nan dènye bout tè a monte nan syèl la,

Li fè kout zèklè flache nan* lapli,

Li fè van soti nan depo l yo+.

 8 Li te touye premye pitit bèt ak premye pitit moun

Ki te nan peyi Ejip yo+.

 9 Li te fè yon seri mèvèy ak mirak nan mitan w, o Ejip+,

Kont Farawon ak tout sèvitè l yo+.

10 Li te kraze anpil nasyon+

E li te touye wa ki te gen anpil pouvwa+:

11 Siyon, wa Amorit yo+,

Òg, wa Bazan an+.

E li te detwi tout wayòm nan Kanaran yo.

12 Li te bay Izrayèl, pèp li a,

Peyi yo te genyen yo kòm eritaj+.

13 O Jewova, non w ap la pou toutan.

O Jewova, jenerasyon apre jenerasyon+ moun ap tande pale de ou*.

14 Paske, Jewova ap defann* pèp li a+

E l ap gen pitye pou sèvitè l yo+.

15 Zidòl nasyon yo ap sèvi yo fèt ann ajan ak lò.

Se moun ki fè yo ak men yo+.

16 Yo gen bouch, men yo pa ka pale+.

Yo gen je, men yo pa ka wè.

17 Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande.

Yo pa gen souf nan bouch yo+.

18 Moun ki fè zidòl sa yo ap vin menm jan ak yo+,

E tout moun ki met konfyans yo nan yo ap vin menm jan an tou+.

19 O nou menm desandan Izrayèl yo, se pou nou louwe Jewova.

O nou menm desandan Arawon yo, se pou nou louwe Jewova.

20 O nou menm desandan Levi yo, se pou nou louwe Jewova+.

Nou menm ki gen lakrentif pou Jewova, se pou nou louwe Jewova.

21 Se pou Jewova, Sila a ki abite Jerizalèm nan+,

Jwenn louwanj nan men nou nan Siyon+.

Louwe Ja+!

136 Di Jewova mèsi paske li bon+.

Lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan+.

 2 Di Dye ki anlè tout lòt dye yo mèsi+,

Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.

 3 Di Seyè ki sou tèt tout lòt seyè yo mèsi,

Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.

 4 Se li menm sèl ki fè yon seri bagay estrawòdinè+,

Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan+.

 5 Li te byen fè syèl la*+,

Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.

 6 Li ouvri tè a sou dlo yo+,

Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.

 7 Li fè gwo limyè yo+,

Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.

 8 Li fè solèy la pou l klere lajounen+,

Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.

 9 Li fè lalin nan ak zetwal yo pou yo klere lannuit+,

Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.

10 Li te touye tout premye pitit peyi Ejip yo+,

Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.

11 Li te fè Izrayelit yo soti nan mitan yo+,

Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.

12 Li te fè yo soti ak fòs ponyèt li+,

Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.

13 Li te fann Lanmè Wouj an de+,

Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.

14 Li te fè Izrayelit yo pase nan mitan lanmè a+,

Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.

15 Li te lage Farawon ak lame l la nan Lanmè Wouj+,

Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.

16 Li te gide pèp li a nan dezè a+,

Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.

17 Li te frape yon seri wa ki gen anpil pouvwa+,

Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.

18 Li te touye yon seri wa ki pisan,

Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.

19 Li te touye Siyon+, wa Amorit yo,

Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.

20 Li te touye Òg+, wa Bazan an,

Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.

21 Li bay pèp li a peyi yo te genyen yo kòm eritaj+,

Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.

22 Li bay Izrayèl, sèvitè l la, peyi sa yo kòm eritaj,

Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.

23 Li te sonje nou lè yo te imilye nou+,

Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan+.

24 Li pa t sispann sove nou anba men advèsè nou yo+,

Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.

25 Li bay tout sa k vivan* manje pou yo manje+,

Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.

26 Se pou nou di Bondye k ap dirije nan syèl la mèsi,

Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.

137 Nou te chita bò rivyè Babilòn yo+,

Nou t ap kriye lè nou te sonje Siyon+.

 2 Nou te pandye hap* nou+

Nan pye pepliye li* yo.

 3 Pandan nou te la a, moun ki te pran nou kòm prizonye yo te mande nou chante yon chante pou yo+,

Moun ki t ap pase nou nan rizib yo te vle nou chante pou nou amize yo, yo te di:

“Chante youn nan chante Siyon yo pou nou.”

 4 Ki jan pou n ta fè chante yon chante konsènan Jewova

Nan yon peyi etranje?

 5 Si m ta bliye w, o Jerizalèm,

Se pou men dwat mwen pa itil mwen anyen ankò*+.

 6 Se pou lang mwen kole anndan bouch mwen

Si m ta bliye w, o Jerizalèm,

Si m pa ta konsidere w

Kòm pi gwo rezon m genyen pou m rejwi+.

 7 O Jewova, sonje

Sa moun Edòm yo te di lè Jerizalèm te tonbe a. Yo te di:

“Kraze l lage atè! Kraze l rive jis nan fondasyon l+!”

 8 Ou menm vil Babilòn, ki pa ret lontan anvan yo detwi w+,

Se pa ti kontan sila a k ap fè w peye

Pou move tretman ou te fè nou sibi yo ap kontan+,

 9 Se pa ti kontan sila a k ap pran pitit ou yo

E k ap frape yo sou wòch yo ap kontan+!

Yon chante David te ekri.

138 M ap fè louwanj pou ou ak tout kè m+.

M ap chante louwanj pou ou

Nan figi lòt dye yo*.

 2 M ap bese byen ba nan direksyon tanp ou an ki sen*+

E m ap fè louwanj pou non w+

Akoz lanmou w* ak fidelite w.

Paske, ou fè pawòl ou ak non w gen plis glwa pase tout lòt bagay*.

 3 Lè m te rele w la, ou te reponn mwen+.

Ou te fè m* gen kran e w te ban m fòs+.

 4 Tout wa ki sou tè a gen pou yo fè louwanj pou ou, o Jewova+,

Paske, y ap tande pale de pwomès ou fè yo.

 5 Y ap gen pou yo chante konsènan chemen Jewova yo,

Paske, Jewova gen yon glwa ki estrawòdinè+.

 6 Byenke Jewova abite anwo nan syèl la, li konnen moun ki gen imilite yo+,

Men li rete byen lwen moun ki ògeye yo+.

 7 Menm lè m ap mache nan mitan danje, w ap prezève lavi m+.

W ap lonje men w pou w frape ènmi m yo ki an kòlè anpil.

W ap sove m ak men dwat ou.

 8 Jewova ap fè tout bagay pou mwen.

O Jewova, lanmou fidèl ou genyen an ap la pou toutan+.

Pa vire do bay pèp ou a ou fè ak men w+.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David te ekri. Yon melodi.

139 O Jewova, ou egzamine m e w konnen m+.

 2 Ou konnen lè m chita, ou konnen lè m leve+.

Ou byen konnen tout sa k ap pase nan lespri m detan w byen lwen+.

 3 Ou suiv mwen byen* lè m ap vwayaje ak lè m kouche.

Ou byen konnen tout sa m ap fè+.

 4 Anvan yon pawòl soti nan bouch mwen,

O Jewova, gade, ou gentan konnen l byen+.

 5 Ou bare m ni devan ni dèyè,

E w pwoteje m ak men w.

 6 Konesans ou gen sou mwen an twòp pou m konprann*.

Wi, li depase m, mwen pa ka rive konprann li+.

 7 Èske gen yon kote m ka ale pou m ta kache pou lespri w?

Èske gen yon kote m ka kouri ale pou w pa ta wè m+?

 8 Si m ta monte nan syèl la, w ap la.

Si m ta ranje kabann mwen nan Tonm nan*, w ap jwenn mwen la+.

 9 Menmsi m ta pran zèl douvanjou epi m vole m ale

Pou m al rete bò kot lanmè ki pi lwen an,

10 Ou t ap la pou w gide m,

Men dwat ou t ap la pou l ede m+.

11 Si m ta di: “Bon! M pral kache nan fènwa.”

Lè sa a, fènwa ki toutotou m nan t ap tounen limyè.

12 Menm fènwa pap janm twò nwa pou ou.

Lannuit t ap klere tankou lajounen+.

Fènwa tankou limyè pou ou+.

13 Paske, se ou menm ki fè ren m.

Ou te pwoteje* m nan vant manman m+.

14 M ap fè louwanj pou ou paske ou fè m yon fason ki estrawòdinè+, yon fason ki fè m gen respè pou ou.

Bagay ou fè yo estrawòdinè+.

Mwen* konn sa byen.

15 Ou te wè tout zo m

Nan kachèt kote m te pran fòm nan,

Lè w te tise m tankou yon twal nan zòn ki pi fon nan tè a+.

16 Ou te wè m ak je w lè m te nan vant*.

Tout pati m yo te ekri nan liv ou a.

Ou te ekri enfòmasyon anrapò ak jou yo te fèt yo

Depi menm anvan youn nan yo te egziste.

17 Se sa k fè panse w yo gen anpil enpòtans pou mwen+.

O Bondye, se pa ti anpil yo anpil+!

18 Si m ta eseye konte yo, yo t ap plis pase grenn sab bò lanmè+.

Lè m ta leve nan maten, mwen t ap toujou ansanm avèk ou*+.

19 O Bondye, si w ta annik touye mechan yo+,

Lè sa a, moun ki vyolan* yo ta kite m an repo,

20 E moun k ap pale w mal akoz yo gen move entansyon yo* ta kite m an repo tou.

Yo se advèsè w e yo mal sèvi ak non w+.

21 O Jewova, èske m pa rayi moun ki rayi w yo+?

Èske m pa gen degoutans pou moun ki fè rebèl avè w yo+?

22 Se pa ti rayi m rayi yo+.

Yo se ènmi m toutbon.

23 Egzamine m, o Bondye, pou w ka konnen sa k nan kè m+.

Egzamine m pou w ka konnen bagay k ap trakase m yo+.

24 Gade pou w wè si gen kèk bagay ki pa bon lakay mwen+,

Epi gide m+ nan chemen letènite a.

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David te ekri.

140 O Jewova, delivre m anba mechan yo,

Pwoteje m anba moun ki vyolan yo+,

 2 Anba moun k ap konplote move bagay nan kè yo+,

E k ap fè moun fè kont tout lajounen.

 3 Yo fè lang yo vin file tankou lang sèpan+.

Se pwazon vipè ki nan bouch yo+. (Sela)

 4 O Jewova, pa kite m tonbe anba men mechan yo+,

Pwoteje m anba moun ki vyolan yo,

Moun k ap fè konplo pou yo fè m bite yo.

 5 Moun ki awogan yo tann yon pyèj pou mwen,

Yo sèvi ak kòd pou yo ouvri yon filè sou wout mwen+.

Yo pare pèlen pou mwen+. (Sela)

 6 Mwen di Jewova: “Ou se Bondye m.

O Jewova, koute m lè m ap sipliye w pou m mande w sekou+.”

 7 O Jewova, Seyè ki Souvren an, Sovè m nan ki gen fòs,

Ou pwoteje tèt mwen nan jou batay la+.

 8 O Jewova, pa kite mechan yo jwenn sa y ap chèche a.

Pa kite konplo y ap fè yo reyisi pou yo pa pran tèt yo pou yon pakèt afè+. (Sela)

 9 Se pou move bagay moun ki antoure m yo ap di yo

Tonbe sou tèt yo+.

10 Se pou chabon dife tou limen tonbe sou yo+.

Se pou yo lage yo anndan dife a,

Se pou yo lage yo nan twou ki fon*+ e se pou yo pa janm soti anndan yo.

11 Se pou medizan yo pa jwenn okenn kote pou yo abite an sekirite sou tè a*+.

Se pou malè pousuiv moun k ap fè vyolans yo e se pou malè fini ak yo.

12 Mwen konnen Jewova ap defann malere yo

E l ap fè pòv yo jwenn jistis+.

13 Se sèten moun ki jis la ap fè louwanj pou non w,

E moun ki dwat la ap abite devan w+.

Yon chante David te ekri.

141 O Jewova, mwen rele w+.

Tanpri, fè vit vin ede m+.

Se pou w koute m lè mwen rele w+.

 2 Se pou priyè m nan tankou lansan+ ki byen prepare y ap prezante devan w+.

Lè m leve men m anlè pou m priye w, se pou sa tankou ofrann manje angren nan aswè+.

 3 Ede m veye bouch mwen, o Jewova,

Wi, ede m veye bouch mwen+.

 4 Pa kite m gen anvi nan kè m pou m fè sa ki mal+,

Pou m ta patisipe nan move zak ansanm ak mechan yo.

Fè m pa janm manje bon manje yo genyen yo.

 5 Si moun ki jis la ta frape m, li t ap montre li gen yon lanmou ki fidèl pou mwen+.

Si li ta korije m, se t ap kòmsi li vide luil sou tèt mwen+,

E m pa t ap janm anpeche l fè sa+.

M ap kontinye priye pou moun sa yo lè malè tonbe sou yo.

 6 Menmsi moun nan pèp la ta lage moun k ap jije yo anba nan falèz,

Y ap koute pawòl mwen, paske se bon bagay m ap di yo.

 7 Menm jan ak yon moun ki vire yon tè e ki kraze moso tè yo pou l gaye yo,

Se konsa yo gaye zo nou nan bouch Tonm nan*.

 8 Men, je m se sou ou l fikse, o Jewova+, Seyè ki Souvren an.

Se nan ou mwen pran refij.

Pa retire lavi m*.

 9 Pwoteje m pou m pa tonbe nan pyèj yo tann pou mwen an,

Nan pyèj mechan yo tann pou mwen an.

10 Tout mechan yo ap tonbe nan pwòp pyèj yo+,

Alòske mwen menm, m ap pase bò kote yo san anyen pa rive m.

Maskil*. Yon chante David te ekri lè l te nan gwòt la+. Yon priyè.

142 Mwen rele Jewova pou m mande l èd li+.

Mwen sipliye Jewova pou l fè m favè.

 2 Mwen fè l konnen tout sa k ap trakase m,

Tout sa k fè m lapenn+,

 3 Lè m santi m dekouraje*.

Lè konsa, ou voye je sou chemen m ap mache a+.

Ènmi m yo tann yon pyèj pou mwen

Nan chemen m ap mache a.

 4 Si w gade sou bò dwat mwen,

W ap wè pa gen pèsonn ki pran ka m*+.

Pa gen yon kote mwen ka kouri al kache+.

Pèsonn pa enkyete pou mwen*.

 5 O Jewova, mwen rele w pou m mande w èd ou.

Mwen di: “Se ou menm ki refij mwen+.

Ou se tout sa m posede* nan peyi moun ki vivan yo.”

 6 Se pou w koute rèl m ap fè nan pye w pou m mande w sekou,

Paske, mwen santi m dekouraje anpil.

Delivre m anba men moun k ap pèsekite m yo+,

Paske, yo pi fò pase m.

 7 Retire m* nan kacho a

Pou m ka fè louwanj pou non w.

Se pou moun ki jis yo rasanble bò kote m,

Paske, ou byen boule avè m.

Yon chante David te ekri.

143 O Jewova, koute priyè m+,

Koute m lè m ap sipliye w pou m mande w sekou.

Reponn mwen, paske ou fidèl e ou jis.

 2 Pa rele sèvitè w la lajistis,

Paske pa gen yon moun ki vivan ki ka jis devan w+.

 3 Paske, ènmi an ap pousuiv mwen*.

Li pilonnen m atè a.

Li fè m abite nan fènwa menm jan ak moun ki mouri depi lontan.

 4 Mwen dekouraje+,

Mwen pa gen fòs menm+.

 5 Mwen sonje tan lontan,

Mwen medite sou* tout sa w fè+,

Mwen kontan lè m ap reflechi sou tout sa w fè yo.

 6 Mwen leve men m devan w pou m priye w.

M* ap tann ou tankou tè sèk k ap tann lapli+. (Sela)

 7 O Jewova, tanpri, reponn mwen vit+,

Fòs* mwen fin ale nèt+.

Pa kache figi w pou mwen+.

Si w fè sa, m ap vin tankou moun ki prèske desann nan twou a*+.

 8 Nan maten, fè m tande lanmou fidèl ou genyen an,

Paske, mwen met konfyans mwen nan ou.

Fè m konnen nan ki chemen pou m mache+,

Paske, se ou m vin jwenn*.

 9 O Jewova, delivre m anba men ènmi m yo.

Se pwoteksyon w m ap chèche+.

10 Aprann mwen ki jan pou m fè volonte w+,

Paske, se Bondye m ou ye.

Lespri w bon,

Se pou l mennen m sou yon tè ki plat*.

11 O Jewova, prezève lavi m akoz non w.

Retire m* nan lapenn, paske ou jis+.

12 Met yon fen nan* ènmi m yo+ akoz lanmou fidèl ou genyen an.

Detwi tout moun k ap pèsekite m* yo+,

Paske, se sèvitè w mwen ye+.

Yon chante David te ekri.

144 Louwanj pou Jewova, Mas Wòch+ mwen an,

Li menm ki antrene men m pou m batay

E ki antrene dwèt mwen pou m fè lagè+.

 2 Li se Sila a ki demontre yon lanmou ki fidèl pou mwen. Li se fòtrès mwen,

Li se refij* kote m ka jwenn sekirite, li se sovè m,

Li se boukliye m e se nan li mwen pran refij+.

Se li ki fè pèp yo soumèt devan m+.

 3 O Jewova, ki sa lòm ye pou w wè l?

Ki sa lòm ye pou w pran ka l konsa+?

 4 Lòm tankou yon vapè+,

Lavi l tankou yon lonbray+ k ap disparèt.

 5 O Jewova, fè syèl la bese* epi desann+.

Touche mòn yo epi fè yo bay lafimen+.

 6 Fè kout zèklè pati epi gaye ènmi an+.

Tire flèch ou yo epi lage yo nan konfizyon+.

 7 Lonje men w detan w anlè a,

Delivre m, sove m nan dlo k ap monte yo,

Sove m anba men etranje yo+

 8 K ap bay manti ak bouch yo

E ki leve men dwat yo pou yo fè sèman alòske se manti y ap bay*.

 9 O Bondye, m ap chante yon nouvo chante+ pou ou.

M ap chante louwanj* pou ou pandan m ap jwe yon enstriman akòd ki gen dis kòd.

10 M ap chante pou Sila a ki fè wa yo pote laviktwa a*+,

Pou Sila a k ap sove David, sèvitè l la, pou yo pa touye l ak kout epe+.

11 Delivre m, sove m anba men etranje yo

K ap bay manti ak bouch yo

E ki leve men dwat yo pou yo fè sèman alòske se manti y ap bay.

12 Lè sa a, pitit gason nou yo ap tankou ti plant ki grandi vit,

Pitit fi nou yo ap tankou poto kwen yo fè pou yon palè.

13 Depo nou yo ap chaje ak tout kalite pwodui.

Kantite bèt nou gen nan twoupo ki nan savann nou yo ap vin 1 000 ak 10 000 fwa pi plis.

14 Malè pap rive okenn bèf nou genyen ki plenn, e yo pap fè foskouch.

Pap gen okenn rèl sou plas piblik nou yo.

15 Byennere pèp se konsa sa ye pou li!

Byennere pèp ki gen Jewova kòm Bondye l la+.

Yon chante louwanj David te ekri.

א [Alèf]

145 M ap ba w glwa, o Bondye m nan, Wa mwen+,

M ap louwe non w pou tout tan gen tan+.

ב [Bèt]

 2 Se tout lajounen m ap fè louwanj pou ou+.

M ap louwe non w pou tout tan gen tan+.

ג [Gimèl]

 3 Jewova gran e li merite pou yo fè louwanj pou li+.

Pèsonn pa ka konnen nan ki pwen li gran+.

ד [Dalèt]

 4 Yon jenerasyon apre yon lòt ap fè elòj pou sa w fè,

Yo va rakonte gwo aksyon w fè yo+,

ה [He]

 5 Yo va pale de glwa w ak pouvwa w ki estrawòdinè+.

Mwen menm, m ap medite sou gwo aksyon w fè yo.

ו [Waw]

 6 Yo va pale de aksyon w fè* ki fè moun gen respè pou ou.

Bò kote pa m, m ap fè konnen jan w estrawòdinè.

ז [Zayin]

 7 Yo va pale de ou lè yo sonje nan ki pwen ou bon+,

Yo va rele byen fò ak kè kontan akoz ou jis+.

ח [Hèt]

 8 Jewova gen konpasyon* ak mizèrikòd+.

Li pa fè kòlè fasil, li gen anpil lanmou ki fidèl+.

ט [Tèt]

 9 Jewova bon ak tout moun+,

Mizèrikòd li parèt nan tout sa l fè.

י [Yòd]

10 Tout sa w fè ap ba w glwa, o Jewova+,

E moun ki fidèl avè w yo ap fè louwanj pou ou+.

כ [Kaf]

11 Y ap pwoklame glwa wayòm ou an genyen+,

Y ap pale konsènan pisans ou+,

ל [Lamèd]

12 Y ap fè konnen gwo aksyon w fè yo+

Ak jan wayòm ou an gen glwa+.

מ [Mèm]

13 Wayòm ou an se yon Wayòm ki la pou toutan,

W ap kontinye dirije jenerasyon apre jenerasyon+.

ס [Samèk]

14 Jewova ede tout moun ki prèt pou tonbe+

E li leve tout moun ki koube byen ba+.

ע [Ayin]

15 Se ou menm tout moun ap gade avèk espwa.

Ou ba yo manje nan bon moman+.

פ [Pe]

16 Ou ouvri men w

E w bay tout sa k vivan sa yo bezwen+.

צ [Tsade]

17 Jewova toujou fè sa ki jis+

E li fidèl nan tout sa l fè+.

ק [Kòf]

18 Jewova toupre tout moun ki rele l+,

Li toupre tout moun ki rele l avèk senserite+.

ר [Rèch]

19 Li bay moun ki gen lakrentif pou li yo sa yo vle+,

Li tande lè y ap rele l pou yo mande l èd e li sove yo+.

ש [Chin]

20 Jewova pwoteje tout moun ki renmen l+,

Men l ap detwi tout mechan yo+.

ת [Taw]

21 M ap fè louwanj pou Jewova ak bouch mwen+.

Se pou tout kreyati vivan* louwe non l ki sen pou tout tan gen tan+.

146 Louwe Ja*+!

M ap louwe Jewova+ ak tout mwen menm.

 2 M ap fè louwanj pou Jewova pandan tout vi m.

M ap chante louwanj* pou Bondye m nan toutotan m ap viv.

 3 Pinga nou mete konfyans nou nan chèf* yo

Ni nan okenn lòt moun, paske yo pa ka bay delivrans+.

 4 Lè lespri* yo ale, yo menm yo tounen nan tè a+.

Nan menm jou sa a, yo sispann panse+.

 5 Byennere moun ki gen Bondye Jakòb la pou ede l+

E ki met espwa l nan Jewova, Bondye l la+,

 6 Sila a ki fè syèl la ak tè a,

Lanmè a ak tout sa ki ladan yo+,

Sila a ki toujou ret fidèl la+,

 7 Sila a k ap fè moun yo dechèpiye a jwenn jistis la,

Sila a ki bay moun ki grangou yo manje a+.

Jewova ap lage prizonye yo*+.

 8 Jewova ap ouvri je moun ki avèg yo+,

Jewova ap leve moun ki koube byen ba yo+.

Jewova renmen moun ki jis yo.

 9 Jewova ap pwoteje moun k ap viv kòm etranje nan peyi a.

Li ede timoun ki pa gen papa yo ak vèv yo+,

Men, li dejwe plan mechan yo*+.

10 Jewova ap Wa pou toutan+,

O Siyon, l ap Bondye w jenerasyon apre jenerasyon.

Louwe Ja*!

147 Louwe Ja*!

Li bon pou nou chante louwanj* pou Bondye nou an.

Ala sa bèl e ala sa bon pou nou louwe l+!

 2 Jewova ap rebati Jerizalèm+.

Li rasanble moun ann Izrayèl ki te gaye pasipala yo+.

 3 Li geri moun kè yo ap fann yo.

Li bande blese yo genyen yo.

 4 Li konte kantite zetwal ki genyen,

Li rele yo tout nan non yo+.

 5 Seyè nou an estrawòdinè e li gen anpil pisans+.

Bon konprann li pa gen limit+.

 6 Jewova leve moun ki gen imilite yo+,

Men, li frape mechan yo atè.

 7 Chante pou Jewova pou nou di l mèsi.

Chante louwanj pou Bondye nou an pandan n ap jwe hap*,

 8 Chante pou Sila a ki fè syèl la chaje ak nyaj,

Sila a ki fè lapli tonbe sou tè a+,

Sila a ki fè zèb pouse+ sou mòn yo.

 9 Li bay bèt yo manje+.

Li bay ti kaw yo manje lè yo rele pou yo mande manje+.

10 Li pa pran plezi nan fòs cheval yo genyen+,

Ni sa pa enpresyone l lè yon moun+ gen janm ki solid.

11 Jewova pran plezi nan moun ki gen lakrentif pou li+ yo,

Nan moun k ap tann pou l demontre lanmou fidèl+ li genyen an.

12 O Jerizalèm, bay Jewova glwa.

O Siyon, fè louwanj pou Bondye w la.

13 Li fè travès ki nan pòtay vil ou a solid.

Li beni pitit ou yo nan mitan w.

14 Li fè gen lapè nan tèritwa kote w ye a+.

Li ba w pi bon kalite* ble a+.

15 Li bay latè lòd,

Pawòl li a rive byen vit.

16 Li kouvri tè a ak nèj tankou se te ak yon lenn+,

Li gaye nèj tankou sann dife+.

17 Li fè lagrèl* tonbe tankou ti moso pen+.

Kiyès ki ka sipòte lè l fè gen fredi+?

18 Li bay lòd epi yo fonn.

Li fè yon van soufle+ epi dlo yo kouri.

19 Li fè Jakòb konnen pawòl li yo,

Li fè Izrayèl konnen lwa l yo ak jijman l yo+.

20 Li pa fè sa pou okenn lòt nasyon+,

Yo pa konn anyen nan jijman l yo.

Louwe Ja*+!

148 Louwe Ja*!

Fè louwanj pou Jewova, nou menm ki nan syèl la+,

Fè louwanj pou li anlè a*.

 2 Fè louwanj pou li, nou menm zanj li yo+.

Fè louwanj pou li, nou tout ki nan lame l la+.

 3 Fè louwanj pou li, nou menm solèy la ak lalin nan.

Fè louwanj pou li, nou menm zetwal yo k ap klere+.

 4 Fè louwanj pou li, ou menm syèl ki pi wo a.

Fè louwanj pou li, nou menm nyaj ki nan syèl la.

 5 Se pou yo tout fè louwanj pou non Jewova,

Paske si yo egziste, se paske li te bay lòd pou sa+.

 6 L ap fè yo rete kote li mete yo a pou tout tan gen tan+.

Li bay yon lòd ki pap janm pase+.

 7 Louwe Jewova nou menm ki sou tè a,

Nou menm gwo kreyati ki nan lanmè yo e ki nan tout dlo ki byen fon yo,

 8 Nou menm zèklè, lagrèl, lanèj ak gwo nyaj yo,

Nou menm van tanpèt k ap obeyi lòd li+,

 9 Nou menm mòn yo ak tout ti mòn yo+,

Nou menm pye fwi yo ak tout pye sèd yo+,

10 Nou menm bèt nan bwa yo+ ak tout bèt ki viv bò kote moun,

Nou menm bèt k ap rale sou vant yo, nou menm zwazo yo,

11 Nou menm wa ki sou tè a ak tout nasyon yo,

Nou menm chèf yo ak tout jij ki sou tè a+,

12 Nou menm jèn gason, nou menm jèn fi*,

Nou menm granmoun ak nou menm timoun.

13 Se pou yo louwe non Jewova,

Paske non l pi wo pase tout lòt non+.

Li gen plis glwa lontan pase tè a ak syèl la+.

14 L ap fè pèp li a vin gen plis fòs

Pou moun ka fè lwanj pou tout moun ki fidèl ak li yo,

Wi, pou pitit Izrayèl yo, pèp ki gen bon relasyon avè l la.

Louwe Ja*!

149 Louwe Ja*!

Chante yon nouvo chante pou Jewova+,

Louwe l nan mitan moun fidèl ki rasanble yo+.

 2 Se pou Izrayèl rejwi poutèt Gran Dye+ ki fè l la.

Se pou pitit Siyon yo gen kè kontan poutèt Wa yo a.

 3 Se pou yo danse+ pou yo louwe non l,

E se pou yo chante louwanj* pou li pandan y ap bat tanbouren e y ap jwe hap*+.

 4 Paske, Jewova pran plezi nan pèp li a+,

Li fè moun ki gen imilite yo jwenn glwa lè l sove yo+.

 5 Se pou moun ki fidèl yo rele ak kè kontan poutèt glwa li fè yo jwenn nan.

Se pou yo rele byen fò ak kè kontan sou kabann yo+.

 6 Se pou yo chante louwanj pou Bondye ak bouch yo,

Se pou yo gen yon epe ki file de bò nan men yo

 7 Pou yo tire revanj sou nasyon yo,

Pou yo pini pèp yo,

 8 Pou yo mete wa pèp sa yo nan chenn

Ansanm ak gwo potanta yo,

 9 Pou yo egzekite jijman ki ekri kont yo a+.

Se konsa Bondye ap onore tout moun ki fidèl ak li yo.

Louwe Ja*!

150 Louwe Ja*+!

Louwe Bondye nan kote ki sakre a+.

Louwe l nan syèl la ki montre fòs li+.

 2 Louwe l pou gwo aksyon li fè yo+.

Louwe l paske li gen anpil pouvwa+.

 3 Sonnen kòn+ pou n fè louwanj pou li.

Louwe l ak hap* e ak lòt enstriman akòd+.

 4 Bat tanbouren+ epi fè wonn pandan n ap danse pou n fè louwanj pou li.

Louwe l ak enstriman akòd+ ansanm ak flit+.

 5 Louwe l avèk senbal ki sonnen byen yo.

Louwe l avèk senbal ki fè gwo bri yo+.

 6 Se pou tout sa k ap respire louwe Ja.

Louwe Ja*+!

Lit.: “ki pa mache nan”.

Oswa: “li medite sou lwa sa a”.

Oswa: “ap medite”.

Oswa: “yo chèche konsèy youn nan men lòt”.

Oswa: “kont Kris li a”.

Lit.: “dekrè Jewova a”.

Oswa: “Koute avètisman”.

Lit.: “Bo”.

Lit.: “l ap”.

Oswa: “sou nanm mwen”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “Fè yon gwo espas”.

Oswa: “ap rekonèt moun ki fidèl avè l la; ap met moun ki fidèl avè l la apa”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “rayi moun k ap touye moun ansanm ak blofè”.

Oswa: “Yo fè lang yo dous”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “Gen pitye pou mwen”.

Oswa: “nanm mwen”.

Oswa: “delivre nanm mwen”.

Oswa: “pa ka sonje”.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “mwen fè kabann mwen naje”.

Oswa: “Je m fin granmoun”.

Oswa: “Yon chante moun chante lè gen lanmò”.

Oswa: “dechire nanm mwen”.

Se kapab tou: “E m epaye moun ki opoze avè m san rezon yo”.

Oswa: “sou nanm mwen”.

Oswa: “ki egzamine kè ak ren”.

Oswa: “fè konnen kondanasyon l yo”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “M ap fè mizik”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Se kapab tou: “Ou menm, yo fè konnen glwa w anlè syèl la”.

Lit.: “ak dwèt ou”.

Oswa: “pase sila yo ki sanble ak Bondye”.

Lit.: “bèt ki nan bwa yo”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “M ap fè mizik”.

Oswa: “tè ki bay rannman an”.

Oswa: “yon kote ki wo ki gen sekirite”.

Lit.: “pitit fi Siyon an”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “pou dezi nanm li”.

Se kapab tou: “Moun ki ava a fè lwanj pou tèt li”.

Oswa: “li meprize tout advèsè l yo”.

Oswa: “Mwen pap janm kilbite”.

Oswa: “ki nan raje”.

Oswa: “anba grif li yo ki gen fòs”.

Oswa: “ki ede òfelen yo”.

Oswa: “di nanm mwen”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “Lè baz lajistis”.

Oswa: “je l ki byen klere”.

Oswa: “Nanm li”.

Lit.: “L ap fè pyèj tonbe sou”. Se kapab tou: “L ap fè chabon dife ki tou limen tonbe sou”.

Lit.: “pòsyon pa yo nan koup yo”.

Oswa: “ap jwenn favè l”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “Yo pale ak yon po bouch ki dous”.

Lit.: “e y ap pale ak yon kè e ak yon kè”.

Se kapab tou: “founèz yo fè atè a”.

Oswa: “nanm mwen”.

Oswa: “li byen boule avè m”.

Oswa: “Moun ki pa gen bonsans lan”.

Oswa: “ki mache avèk fidelite”.

Oswa: “pa fè zanmi l wont”.

Lit.: “sèman li fè”.

Oswa: “kilbite”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “santiman ki pi pwofon”. Lit.: “ren”.

Oswa: “kilbite”.

Lit.: “Glwa m”.

Lit.: “chè mwen”.

Oswa: “pap abandone nanm mwen”.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “sèvitè fidèl ou a wè”.

Se kapab tou: “Ou pap kite kò sèvitè fidèl ou a dekonpoze”.

Lit.: “Devan fas ou”.

Oswa: “plezi”.

Mo ebre a gen rapò ak metal yo fonn pou yo netwaye l.

Oswa: “Bese”.

Oswa: “e ki kont nanm mwen yo”.

Oswa: “Yo fèmen nan pwòp grès yo”.

Oswa: “pou yo voye nou atè”.

Oswa: “nanm mwen”.

Oswa: “sistèm”.

Oswa: “wè fòm ou”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “li se sovè m nan ki gen anpil fòs.”

Oswa: “se kote ki wo”.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “desann nan van an”.

Oswa: “Fon kanal dlo”.

Oswa: “ki gen anpil espas”.

Lit.: “men m pwòp”.

Oswa: “moun k ap soufri yo”.

Lit.: “je ki gen ògèy yo”.

Se yon bèt ki sanble ak kabrit. Men, kòn li yo gen plizyè branch.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “Je pye”.

Oswa: “W ap ban m do ènmi m yo”.

Lit.: “fèmen bouch”.

Oswa: “k ap disparèt”.

Oswa: “m ap fè mizik”.

Oswa: “Bondye pot gwo viktwa pou”.

Lit.: “semans”.

Se kapab tou: “Poutan, li detire fisèl li genyen pou l pran mezi a”.

Oswa: “tè ki bay rannman an”.

Oswa: “yo fè nanm nan reviv (tounen)”.

Oswa: “pase lò ki rafine”.

Oswa: “pap fè anpil peche”.

Oswa: “tout konsèy ou yo”.

Oswa: “viktwa”.

Oswa: “ak lò ki rafine”.

Oswa: “kilbite”.

Lit.: “Fwi”.

Lit.: “figi yo”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “N ap chante e n ap fè mizik”.

Se kapab yon stil mizik tou.

Se yon bèt ki sanble ak kabrit.

Oswa: “Ou chita sou twòn ou nan mitan louwanj pèp Izrayèl la ap fè”.

Oswa: “pa t wont”.

Oswa: “ap blame m”.

Lit.: “se sou ou yo lage m”.

Oswa: “Sove nanm mwen”.

Lit.: “Sèl sa m genyen an”, anpalan de nanm li oswa lavi l.

Lit.: “men”.

Lit.: “semans”.

Lit.: “semans”.

Lit.: “pou kè w”.

Lit.: “gra”.

Oswa: “nanm”.

Lit.: “Yon semans”.

Se kapab tou: “Li mennen m bò dlo ki poze”.

Oswa: “rebay nanm mwen”.

Oswa: “Baton w lan konsole m”.

Oswa: “grese”.

Oswa: “sou nanm Mwen”, anpalan de lavi Jewova. Moun te konn fè sèman sou lavi L.

Oswa: “ap fè yo jwenn jistis”.

Lit.: “figi”.

Oswa: “leve”.

Oswa: “se devan w mwen leve nanm mwen”.

Oswa: “kalite ki la depi tan lontan”.

Oswa: “lanmou ki fidèl”.

Oswa: “Nanm li”.

Lit.: “Semans li”.

Oswa: “Pwoteje nanm mwen”.

Lit.: “rachte”.

Oswa: “ak santiman mwen genyen ki pi pwofon yo”. Lit.: “ak ren m”.

Lit.: “chita”.

Oswa: “mwen pa mele ak ipokrit”.

Lit.: “chita”.

Oswa: “touye nanm mwen”.

Oswa: “ak moun k ap fè san koule”.

Oswa: “bay”.

Lit.: “Rachte”.

Lit.: “nan asanble yo”.

Oswa: “kontanple”.

Oswa: “kote ki sakre a”.

Oswa: “M ap fè mizik”.

Oswa: “Pa lage m anba nanm”.

Se kapab tou: “Se sèten mwen gen konfyans m ap wè bonte Jewova nan peyi moun ki vivan yo”.

Oswa: “tonm”.

Oswa: “Adore”.

Se kapab tou: “paske li sen anpil”.

Sandout se mòn Liban yo.

Se yon bèt ki sanble ak kabrit.

Oswa: “anlè lanmè ki nan syèl la”.

Oswa: “paske w rale m monte”.

Oswa: “rale nanm mwen”.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “nan tonm nan”.

Oswa: “Fè mizik”.

Oswa: “yon moun benefisye bonte l”.

Oswa: “kilbite”.

Oswa: “te konn benefisye bonte w la”.

Oswa: “nan tonm nan”.

Oswa: “Pou glwa m”.

Oswa: “Bese”.

Oswa: “Bondye fidèl la”.

Oswa: “jan nanm mwen nan”.

Oswa: “ki gen anpil espas”.

Oswa: “ak nanm mwen febli e yo fè vant mwen fè m mal”.

Oswa: “lespri”.

Oswa: “pran nanm mwen”.

Lit.: “Tan”.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “anba lang k ap fè kont yo”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “padone”.

Oswa: “Tout ti dlo nan kò m fin ale”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “n ap fè mizik”.

Oswa: “lespri”.

Lit.: “tout lame l yo”.

Oswa: “konsèy”.

Oswa: “panse”.

Oswa: “Konsèy”.

Oswa: “pou w pot laviktwa”.

Oswa: “delivre nanm yo”.

Oswa: “nanm nou”.

Oswa: “tabli yon kan toutotou”.

Oswa: “jenn lyon ki gen krinyè”.

Oswa: “ki dekouraje yo”.

Oswa: “kalamite”.

Oswa: “nanm”.

Jeneralman, se moun k ap tire flèch yo ki te konn pote yo.

Oswa: “rach ki gen de bò a”.

Oswa: “di nanm mwen”.

Oswa: “dèyè nanm mwen”.

Oswa: “pou nanm mwen”.

Oswa: “Men, nanm mwen”.

Oswa: “lage nanm mwen”.

Oswa: “Nanm mwen”.

Oswa: “te tounen sou lestomak mwen”.

Se kapab tou: “ap bay fawouch pou gato”.

Oswa: “Delivre nanm mwen”.

Lit.: “Sèl sa m genyen an”, anpalan de nanm li oswa lavi l.

Oswa: “jenn lyon ki gen krinyè”.

Oswa: “Enhen, se sa nanm nou te vle”.

Oswa: “ap medite sou”.

Lit.: “tankou mòn Bondye yo”.

Oswa: “ki delivre moun ak bèt”.

Oswa: “Pinga w montre w chofe”.

Oswa: “Abite nan peyi a”.

Oswa: “Se pou w jwenn pi gwo jwa w ta ka genyen an”.

Lit.: “Woule wout ou sou Jewova”.

Oswa: “tann li avèk pasyans”.

Se kapab tou: “Pinga w fache, paske, se sèlman nan malè sa ap mennen”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “konnen jou moun ki san repwòch la”.

Oswa: “moun ki jis la fè moun favè”.

Oswa: “Li fè pye moun sa a vin djanm”.

Oswa: “kenbe l ak men L”.

Oswa: “Bouch moun ki jis la ap pale pawòl sajès tou ba”.

Oswa: “moun ki rete fidèl”.

Lit.: “Pa gen yon kote nan chè m ki bon”.

Lit.: “Ren m ap boule m anpil”.

Oswa: “fè m ap rele”.

Oswa: “chèche nanm mwen”.

Lit.: “vivan”.

Se kapab tou: “Moun ki ènmi m san rezon yo anpil”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “plenn”.

Oswa: “jan m pa la pou lontan”.

Lit.: “souf”.

Lit.: “Li fè bri”.

Oswa: “Yon etranje ki abite isit la”.

Oswa: “Avèk pasyans, mwen te tann”.

Oswa: “te bese”.

Oswa: “moun k ap bay manti”.

Oswa: “Se pa sakrifis ak ofrann ki te fè w plezi”.

Lit.: “woulo liv la”.

Oswa: “mwen vle”.

Oswa: “akoz lanmou fidèl ou genyen an”.

Oswa: “chèche pran nanm mwen”.

Oswa: “Geri nanm mwen”.

Lit.: “leve talon l”.

Oswa: “Se konsa pou sa ye”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Se yon bèt ki sanble ak kabrit. Men, kòn li yo gen plizyè branch.

Oswa: “nanm mwen”.

Oswa: “Nanm mwen”.

Lit.: “e mwen vide tout nanm mwen”.

Oswa: “mache tou dousman”.

Oswa: “Poukisa nanm mwen”.

Oswa: “nanm mwen”.

Oswa: “sou ti mòn nan”.

Se kapab tou: “Lè ènmi yo ap pase m nan rizib, se tankou se zo nan kò m y ap kraze”.

Oswa: “Poukisa nanm mwen”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “Poukisa nanm mwen”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “grasa limyè figi w”.

Oswa: “yon gwo delivrans”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “sou pri w mande pou li a”.

Oswa: “fè nanm nou”.

Lit.: “Rachte”.

Se kapab yon stil mizik tou.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “Travay mwen yo”.

Oswa: “jistis”.

Se yon gonm ki santi bon.

Se non yo bay yon pyebwa ki gen yon bagay santi bon ladan l yo te konn itilize nan epòk la pou yo bay bagay bon sant.

Oswa: “ap adousi fas ou”.

Lit.: “anndan”.

Lit.: “ak monti ki fèt ak”.

Se kapab tou: “avèk wòb ki bwode”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “se kote ki wo”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Se kapab tou: “boule boukliye”.

Oswa: “kòn mal mouton; twonpèt”.

Oswa: “Fè mizik”.

Lit.: “Paske, boukliye”.

Oswa: “yon kote ki wo”.

Oswa: “wa yo rankontre sou randevou”.

Lit.: “pitit fi”.

Se kapab tou: “gide nou jis nou mouri”.

Oswa: “nan sistèm sa a”.

Lit.: “Ni pitit limanite ni pitit lòm”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “peche”.

Oswa: “nanm”.

Oswa: “nan tonm nan”.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “sove nanm mwen”.

Lit.: “men”.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “pou nanm li”.

Oswa: “Soti nan lès rive nan lwès”.

Lit.: “bouk kabrit”.

Oswa: “enstriksyon”.

Lit.: “kontinye voye pawòl mwen yo pa dèyè w”.

Se kapab tou: “ou mete ansanm avè l”.

Oswa: “Ou di move pawòl sou”.

Oswa: “nan lespri m”.

Lit.: “sèlman kont ou”.

Oswa: “nan pati nan mwen ki kache a”.

Lit.: “Pirifye m anba peche m nan avèk izòp”.

Oswa: “Kache figi w pou”.

Oswa: “bouche”.

Lit.: “Se pou w ede m gen yon lespri ki byen dispoze”.

Oswa: “meprize”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “fòtrès”.

Oswa: “ki pran refij nan”.

Lit.: “bagay mal”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “Moun ki pa gen bonsans lan”.

Se kapab tou: “Y ap pè alòske pap gen anyen ki pou ta fè yo pè”.

Lit.: “ki monte kan kont ou yo”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “pou w plede kòz”.

Oswa: “chèche nanm mwen”.

Oswa: “Yo pa kenbe w devan yo”.

Oswa: “soutni nanm mwen”.

Oswa: “paske li bon pou m fè sa”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “Pa kache pou mwen lè m ap priye w pou m mande w èd ou”.

Lit.: “divize lang yo”.

Oswa: “se ou menm, yon moun, yon moun ki egal avè m”.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “m ap fè bri”.

Lit.: “rachte”.

Oswa: “kont nanm mwen”.

Anpalan de ansyen zanmi David pale de li nan vèsè 13 ak 14 la.

Oswa: “kilbite”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “k ap chèche mòde m”.

Lit.: “yon chè”.

Oswa: “y ap pran nanm mwen”.

Oswa: “delivre nanm mwen”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “nanm mwen”.

Oswa: “lanmou fidèl li genyen an”.

Oswa: “ansèkle nanm mwen”.

Oswa: “Nanm mwen”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “M ap fè mizik”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “yo kòwonpi”.

Lit.: “depi nan vant”.

Oswa: “machwè jenn lyon ki gen krinyè”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “la”.

Oswa: “ki swaf san”.

Oswa: “atake nanm mwen”.

Oswa: “jape”.

Oswa: “k ap kimen sot”.

Oswa: “yon kote ki wo”.

Oswa: “jape”.

Oswa: “m ap fè mizik”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Se kapab tou: “Ou bay”.

Se kapab tou: “Bondye pale detan l kote ki apa pou li a”.

Lit.: “se fòtrès”.

Se kapab tou: “pwoteje”.

Oswa: “febli”.

Lit.: “jou”.

Oswa: “L ap abite”.

Oswa: “lanmou fidèl ou”.

Oswa: “m ap fè mizik”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “yon kote ki wo”.

Se kapab tou: “Èske nou tout n ap atake l kòmsi l te yon mi ki panche, yon mi ki fèt an wòch ki prèt pou l tonbe?”

Oswa: “pèdi diyite l”.

Oswa: “ret tann Bondye an silans, o nanm mwen”.

Oswa: “Nanm mwen”.

Lit.: “Chè m”.

Oswa: “Nanm mwen”.

Lit.: “kòmsi se te ak grès”.

Oswa: “Nanm mwen”.

Oswa: “chèche detwi nanm mwen; chèche touye m”.

Oswa: “pou rena”.

Oswa: “gen pou yo fè lwanj li”.

Oswa: “Yo ankouraje youn lòt fè sa ki mal”.

Oswa: “ap fè lwanj pou li”.

Lit.: “tout chè”.

Lit.: “Li”.

Lit.: “Li”.

Lit.: “Li”.

Lit.: “fè l ranvèse”.

Lit.: “gen grès k ap degoute”.

Oswa: “Fè mizik”.

Oswa: “fè nanm nou gen lavi”.

Oswa: “kilbite”.

Lit.: “ranch”.

Oswa: “pou nanm mwen”.

Oswa: “gen pou l onore l”.

Oswa: “fè mizik”.

Se kapab tou: “k ap pase sou nyaj yo”.

“Ja” se non Jewova yon fason ki kout.

Lit.: “jij”.

Oswa: “moun ki rebèl la”.

Lit.: “lè w te soti devan”.

Lit.: “degoute”.

Lit.: “eritaj”.

Se kapab tou: “nan pak mouton yo”.

Oswa: “ak yon lò jòn ki tire sou vèt”.

Oswa: “Se kòmsi lanèj te tonbe nan Zalmon”.

Oswa: “se yon kokennchenn mòn”.

Oswa: “vle”.

Oswa: “moun k ap mache nan chemen”.

Lit.: “nan asanble”.

Lit.: “Sous Izrayèl la”.

Se kapab tou: “pèp yo pilonnen ajan yo”.

Se kapab tou: “Gen anbasadè k ap”.

Oswa: “Peyi Kouch”.

Oswa: “Fè mizik”.

Lit.: “nyaj yo”.

Oswa: “dlo yo rive sou nanm mwen”.

Oswa: “Moun ki ènmi m san rezon yo”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “nanm mwen”. Se kapab tou: “Lè m te kriye e m te ret san manje”.

Oswa: “twou”.

Oswa: “Vin pi pre nanm mwen, epi rachte l”.

Oswa: “e mwen pèdi espwa”.

Oswa: “yon plant ki gen pwazon”.

Lit.: “ranch”.

Oswa: “Se pou kan yo genyen ki gen miray toutotou”.

Oswa: “liv lavi a”.

Oswa: “chèche nanm mwen”.

Oswa: “Bese”.

Oswa: “chèche nanm mwen”.

Oswa: “kont nanm mwen”.

Oswa: “konte”.

Lit.: “bra”.

Oswa: “soti nan dlo”.

Oswa: “M ap fè mizik”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “Paske w rachte nanm mwen”.

Oswa: “pou l medite sou”.

Lit.: “jije”.

Lit.: “ap boujonnen”.

Oswa: “L ap dirije”.

Anpalan de Rivyè Efrat.

Oswa: “nanm”.

Oswa: “L ap rachte nanm yo”.

Oswa: “sò grandizè yo”.

Oswa: “Paske, pans yo byen gra”.

Lit.: “gra”.

Lit.: “jenerasyon pitit gason w yo”.

Lit.: “nan ren m”.

Oswa: “tout moun ki vire do ba ou yon fason ki imoral”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “asanble”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “pèdi nanm li”.

Lit.: “te fonn”.

Lit.: “kòn”.

Lit.: “kòn”.

Oswa: “M ap fè mizik”.

Lit.: “kòn”.

Lit.: “kòn”.

Oswa: “limyè vlope w”.

Lit.: “lespri”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “nanm mwen”.

Lit.: “e lespri m febli”.

Oswa: “sonje mizik mwen te jwe ak enstriman akòd la”.

Lit.: “Lespri m”.

Oswa: “Sa k pèse m nan”.

Lit.: “rachte”.

Oswa: “tè ki bay rannman an”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “enstriksyon”.

Lit.: “pa t prepare”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “miray”.

Lit.: “te teste”.

Oswa: “mande manje pou nanm yo”.

Oswa: “pen zanj yo”.

Lit.: “souf”.

Oswa: “ki te tire revanj pou yo”.

Lit.: “te kouvri”.

Se kapab tou: “Li te sonje lespri a prale e li pap tounen”.

Lit.: “rachte”.

Se kapab tou: “gwo lafyèv cho”.

Oswa: “epaye nanm yo”.

Lit.: “lavi yo”.

Lit.: “teste”.

Oswa: “fè l fè jalouzi”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “Yo pa t fè lwanj pou jèn fi ki te vyèj yo”.

Lit.: “Li te bati tanp li an menm jan ak kote ki wo”.

Lit.: “kouvri”.

Lit.: “ak bra w”.

Se kapab tou: “libere”.

Lit.: “pitit gason lanmò yo”.

Se kapab tou: “nan mitan”.

Anpalan de Rivyè Efrat.

Oswa: “Branch prensipal pye rezen w”.

Oswa: “sou branch ou”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “lang”.

Lit.: “nan kote loray kache a”.

Sa vle di: “Diskisyon”.

Lit.: “Yo te mache nan konsèy yo”.

Lit.: “manje grès”.

Oswa: “moun ki tankou Bondye”.

Oswa: “Jije”.

Oswa: “moun ki tankou Bondye”.

Oswa: “rete san w pa di anyen”.

Oswa: “ap leve tèt yo”.

Lit.: “moun ou kache yo”.

Lit.: “tounen yon bra pou”.

Oswa: “chèf”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “Nanm mwen”.

Oswa: “vale ki gen pye baka yo”. Baka se yon mo ebre. Yo pa byen konn ki kalite pyebwa li ye.

Se kapab tou: “E enstriktè a vlope kò l”.

Se kapab tou: “Gade boukliye nou an, o Bondye”.

Lit.: “kouvri”.

Oswa: “rasanble nou ankò”.

Lit.: “Lanmou ki fidèl”.

Oswa: “ap fè tout bagay byen mache pou nou”.

Oswa: “bese”.

Oswa: “Pwoteje nanm mwen”.

Oswa: “Fè nanm sèvitè w la”.

Oswa: “se devan w mwen leve nanm mwen”.

Oswa: “Ban mwen yon kè ki pa divize pou m ka”.

Oswa: “sove nanm mwen”.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “chèche nanm mwen”.

Oswa: “ki pa mete w devan yo”.

Oswa: “kè sansib”.

Oswa: “lanmou fidèl”.

Oswa: “ak verite”.

Oswa: “Fè m wè prèv ki montre ou”.

Petèt li gen rapò ak Ejip.

Oswa: “ki rekonèt mwen”.

Oswa: “peyi Kouch”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “Bese”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “nan tonm nan”.

Oswa: “Mwen tankou yon gason ki san fòs”.

Oswa: “ki nan Abadon yo”. Se pa yon kote ki egziste toutbon. Li klè y ap pale de lè moun mouri, kò yo dekonpoze, yo tounen pousyè e yo pa egziste ankò.

Oswa: “voye nanm mwen”.

Se kapab tou: “Yo tout vini yon sèl kou”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “semans ou”.

Petèt li gen rapò ak Ejip oswa ak Farawon.

Oswa: “Lanmou fidèl”.

Lit.: “mache nan limyè figi w”.

Oswa: “e mwen gen yon lanmou ki fidèl pou li”.

Oswa: “M ap ba l otorite”.

Lit.: “fè semans li”.

Oswa: “jijman”.

Oswa: “rebele”.

Lit.: “Semans li”.

Oswa: “abri”.

Lit.: “Ou leve men dwat advèsè l yo”.

Oswa: “sove nanm li”.

Lit.: “anba men Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “pote sou lestomak mwen”.

Se kapab tou: “se ou ki refij nou”.

Oswa: “fè tè a kòmsi se te nan doulè tranche”.

Oswa: “Ou konnen peche nou fè yo”.

Oswa: “Jou nou yo”.

Oswa: “gen yon fòs espesyal”.

Lit.: “pou n konte jou nou yo”.

Oswa: “tout sa nou fè byen tabli”.

Oswa: “tout sa nou fè byen tabli”.

Oswa: “L ap anpeche yo pwoche bò kote”.

Oswa: “tankou yon ranpa”.

Se kapab tou: “tounen fòtrès ou; tounen refij ou”.

Lit.: “li vin jwenn mwen”.

Oswa: “rekonèt”.

Oswa: “wè delivrans mwen bay la”.

Oswa: “Pou m fè mizik”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “tankou zèb”.

Oswa: “lè tèt yo vin blanchi”.

Lit.: “gra”.

Oswa: “Tè ki bay rannman an”.

Oswa: “kilbite”.

Lit.: “plante”.

Oswa: “Nanm mwen”.

Lit.: “pou m abite nan silans”.

Oswa: “Lè panse ki t ap trakase m yo”.

Oswa: “te vin anpil anndan m”.

Oswa: “Konsolasyon w yo te soulaje nanm mwen”.

Oswa: “jij”.

Oswa: “atake nanm moun ki jis yo”.

Lit.: “E yo deklare san moun ki inosan an koupab (mechan)”.

Oswa: “yon kote ki wo”.

Lit.: “pou l fè yo fè silans”.

Lit.: “ap fè yo fè silans”.

Lit.: “devan fas li”.

Lit.: “ki nan men l”.

Sa vle di: “Diskisyon”.

Sa vle di: “Tès; Eprèv”.

Oswa: “diyite”.

Oswa: “Adore”.

Se kapab tou: “paske li sen anpil”.

Oswa: “Tè ki bay rannman an”.

Oswa: “pa ka fè l kilbite”.

Oswa: “pou l plede kòz”.

Oswa: “li vini”.

Oswa: “tè ki bay rannman an”.

Oswa: “se pou nou adore L”.

Lit.: “Pitit fi”.

Oswa: “nanm”.

Oswa: “pouvwa”.

Oswa: “Li pote laviktwa”.

Oswa: “lanmou fidèl li genyen an”.

Oswa: “wè viktwa Bondye nou an”.

Oswa: “pou nou fè mizik”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “pou nou fè mizik”.

Oswa: “tè ki bay rannman an”.

Oswa: “li vin”.

Oswa: “tè ki bay rannman an”.

Se kapab tou: “nan mitan”.

Oswa: “adore l”.

Lit.: “te egzekite vanjans ou kont”.

Oswa: “adore l”.

Oswa: “rekonèt”.

Se kapab tou: “se pa nou menm ki fè tèt nou”.

Oswa: “M ap fè mizik”.

Oswa: “m ap aji avèk fidelite”.

Oswa: “Aksyon y ap fè yo pa gen anyen pou yo wè avè m”.

Oswa: “M ap elimine l”.

Oswa: “mache avèk fidelite”.

Lit.: “devan je m”.

Oswa: “m ap elimine mechan ki sou tè a”.

Oswa: “paske l vin fèb”.

Oswa: “Bese”.

Se kapab tou: “Mwen mèg anpil”.

Oswa: “k ap bat plezi sou mwen”.

Oswa: “yon lonbray k ap vin pi long”.

Oswa: “non”.

Lit.: “kreye”.

Oswa: “Nanm mwen”.

Oswa: “Nanm mwen”.

Oswa: “nan tonm nan”.

Oswa: “ak kè sansib”.

Oswa: “anpil bonte ki gen lanmou”.

Lit.: “E kote l te ye a pa konnen l ankò”.

Lit.: “ki koute vwa (son) pawòl li a”.

Oswa: “kote se li ki Souvren an”.

Oswa: “tout nanm mwen”.

Oswa: “Nanm mwen”.

Lit.: “nan dlo yo”.

Oswa: “pap janm kilbite”.

Se yon bèt ki sanble ak yon gwo lapen san ke e ki viv nan zòn ki gen mas wòch.

Oswa: “Jenn lyon ki gen krinyè”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “souf”.

Oswa: “m ap fè mizik”.

Se kapab tou: “Se pou meditasyon m ap fè sou li yo fè l plezi”.

Oswa: “Nanm mwen”.

Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.

Oswa: “fè mizik”.

Se kapab tou: “Pale”.

Lit.: “semans”.

Lit.: “E li kase tout baton pen yo”. Petèt y ap pale de baton yo te konn itilize pou yo sere pen.

Oswa: “Yo te met nanm li nan fè”.

Mo ebre a gen rapò ak metal yo fonn pou yo netwaye l.

Lit.: “Pou l mare”.

Oswa: “jan sa fè nanm li plezi”.

Oswa: “voye flanm dife”.

Lit.: “kay”. Se yon zwazo ki gen anpil vyann (li mezire anviwon 18 sm longè). Vyann li bon anpil, menm jan ak vyann poul.

Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.

Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.

Oswa: “fè pèp ou a benefisye bonte w”.

Oswa: “fè lwanj ou”.

Oswa: “pa t konprann siyifikasyon”.

Oswa: “rete”.

Oswa: “e nanm yo”.

Oswa: “estati ki fèt ak metal yo fonn”.

Oswa: “te vin atache ak”.

Sa vle di sakrifis yo te ofri swa bay moun mouri swa bay dye ki pa gen vi.

Sa vle di: “Diskisyon”.

Oswa: “te aprann chemen yo”.

Oswa: “yo te aji tankou pwostitye nan adorasyon y ap ban mwen”.

Lit.: “men”.

Oswa: “Li te regrèt”.

Oswa: “anpil”.

Oswa: “pran plezi nan louwanj ou”.

Oswa: “Se konsa pou sa ye”.

Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.

Oswa: “rachte”.

Oswa: “pouvwa”.

Oswa: “soti kote solèy la leve a ak kote solèy la kouche a”.

Oswa: “Nanm yo”.

Oswa: “li te satisfè nanm ki sèch yo”.

Oswa: “nanm”.

Oswa: “Nanm yo te rayi”.

Oswa: “Nanm yo fonn”.

Oswa: “li leve malere yo byen wo”, sa vle di moun pa ka fè yo anyen.

Lit.: “m ap fè mizik, menm glwa m tou”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “M ap fè mizik”.

Se kapab tou: “Bondye pale detan l kote ki apa pou li a”.

Lit.: “se fòtrès”.

Oswa: “yon moun k ap akize l”.

Oswa: “se pou yo deklare l mechan”.

Lit.: “pitit gason”.

Lit.: “pitit gason”.

Oswa: “Se pou moun ki eskonte l lajan yo tann pyèj pou”.

Oswa: “pa dwe demontre yon lanmou ki fidèl”.

Oswa: “pitit li yo”.

Oswa: “sonje demontre lanmou fidèl”.

Oswa: “pale nanm mwen”.

Lit.: “Chè m vin mèg, san grès (luil)”.

Oswa: “rad san manch”.

Oswa: “ki kondane nanm yo”.

Oswa: “nan jou lame w la mobilize a”.

Oswa: “li pap regrèt”.

Oswa: “nan mitan”.

Lit.: “tèt”.

Oswa: “tout tè a”.

Anpalan de “Seyè m nan” ki nan vèsè 1 an.

Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.

Oswa: “kè sansib”.

Oswa: “Yo byen chita”.

Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.

Oswa: “kè sansib”.

Oswa: “Kè l byen detèmine; Kè l fèm”.

Oswa: “Li bay sa l genyen san gad dèyè”.

Lit.: “Kòn”.

Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.

Oswa: “ki chita sou twòn li”.

Se kapab tou: “leve pòv la kote yo jete fatra a”.

Lit.: “pitit gason”.

Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.

Oswa: “Nou pa merite pou nou resevwa anyen, o Jewova, nou pa merite pou nou resevwa anyen”.

Oswa: “lanmou fidèl ou”.

Oswa: “Ni timoun, ni granmoun”.

Lit.: “pitit gason”.

Lit.: “Ni moun ki desann nan silans”.

Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.

Se kapab tou: “Mwen renmen paske Jewova tande”.

Oswa: “Li bese”.

Lit.: “rele l pandan jou m yo”.

Lit.: “Touman Cheyòl yo te jwenn mwen”.

Oswa: “sove nanm mwen”.

Oswa: “kè sansib”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “delivre nanm mwen”.

Oswa: “M ap leve gode delivrans lan”.

Lit.: “ki presye”.

Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.

Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.

“Ja” se non Jewova yon fason ki kout.

Oswa: “yon kote ki gen anpil espas”.

Se kapab tou: “avè m ansanm ak moun k ap ede m yo”.

Se kapab tou: “Ou”.

Oswa: “li pot laviktwa”.

Lit.: “vin tounen tèt kwen an”.

Oswa: “moun ki kenbe fidelite yo”.

Lit.: “O se pou chemen m yo byen tabli”.

Oswa: “M ap etidye”.

Oswa: “Nanm mwen”.

Oswa: “kontinye etidye”.

Oswa: “Nanm mwen”.

Lit.: “chemen”.

Oswa: “ka etidye”.

Oswa: “nanm mwen”.

Lit.: “kouri”.

Se kapab tou: “Paske w fè kè m gen konfyans nan yo”.

Oswa: “Fè m mache nan chemen”.

Oswa: “pou l dèyè pwofi”.

Oswa: “Reyalize sa w di”.

Se kapab tou: “Pwomès ou fè moun ki gen lakrentif pou ou yo”.

Oswa: “te di”.

Oswa: “mwen ret ap tann”.

Oswa: “yon kote ki gen anpil espas”.

Oswa: “m ap etidye”.

Oswa: “Sonje pwomès ou te fè”.

Oswa: “Pawòl ou te fè m ret tann nan”.

Oswa: “Nan kay kote m ap viv kòm etranje a”.

Oswa: “M ap adousi fas ou (chèche yon souri sou vizaj ou)”.

Oswa: “selon sa w di”.

Oswa: “mwen te konn peche pa erè”.

Lit.: “pa santi anyen, tankou grès”.

Oswa: “Paske, mwen tann pawòl ou”.

Oswa: “di”.

Se kapab tou: “yo aji mal avè m lè yo ban m manti”.

Oswa: “m ap etidye”.

Oswa: “Paske, mwen tann pawòl ou”.

Anpalan de tout sa l kreye yo.

Lit.: “yo laj anpil”.

Oswa: “Mwen etidye”.

Oswa: “mwen etidye”.

Oswa: “Se toutan nanm mwen nan pla men m”.

Oswa: “kòm eritaj mwen pou toutan”.

Lit.: “Mwen panche kè m”.

Oswa: “moun ki gen kè yo divize”.

Oswa: “Paske, mwen tann pawòl ou”.

Oswa: “Ede m selon sa w di”.

Lit.: “chè”.

Oswa: “pou bon pawòl ou di a”.

Oswa: “pase lò ki rafine”.

Oswa: “tout lòd ou”.

Oswa: “nanm mwen”.

Lit.: “epi m respire byen fò”.

Oswa: “pou w fè pye m vin fèm”.

Lit.: “Rachte”.

Oswa: “Souri bay sèvitè w la”.

Oswa: “leve anvan bajou kase”.

Oswa: “Paske, mwen tann pawòl ou”.

Oswa: “ka etidye”.

Oswa: “ki gen konduit ki chokan”.

Oswa: “Defann kòz mwen”.

Oswa: “lavi m selon sa w di”.

Oswa: “Pa gen okenn obstak”.

Oswa: “Nanm mwen”.

Oswa: “Sove m selon sa w di”.

Oswa: “Prezève nanm mwen”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “sove nanm mwen”.

Lit.: “Ki sa l ap ajoute pou ou?”

Oswa: “Nanm mwen”.

Oswa: “kilbite”.

Oswa: “pwoteje nanm ou”.

Lit.: “pwoteje w ni lè w soti ni lè w antre”.

“Ja” se non Jewova yon fason ki kout.

Oswa: “Nanm nou pa ka sipòte ankò akoz moun ki gen konfyans nan tèt yo”.

Oswa: “bwote nanm nou”.

Oswa: “kouvri nanm nou”.

Oswa: “Nanm nou”.

Oswa: “pa tranpe men yo nan”.

Oswa: “ki plen ravin ki nan sid yo”.

Oswa: “Pitit”.

“Ja” se non Jewova yon fason ki kout.

Oswa: “veye”.

Lit.: “lakrentif”.

Oswa: “tout nanm mwen”.

Oswa: “Nanm mwen”.

Oswa: “mwen kalme m”. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “nanm mwen”.

Oswa: “Yon gwo tabènak”. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “antre nan gwo tabènak li a”.

Lit.: “nan fwi zantray ou”.

Se kapab tou: “Leve men nou anndan tanp lan”.

Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.

Oswa: “Fè mizik”.

Oswa: “kòm yon byen ki gen anpil valè nan je l”.

Oswa: “fè vapè dlo”.

Se kapab tou: “Li fè vàn pou”.

Oswa: “de non w”.

Oswa: “ap plede kòz”.

Oswa: “Li te fè syèl la avèk bon konprann”.

Lit.: “tout chè”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Anpalan de Babilòn.

Se kapab tou: “Se pou men dwat mwen seche”.

Se kapab tou: “M ap fè mizik pou ou pou m defye lòt dye yo”.

Oswa: “nan direksyon kote ki sakre w la”.

Oswa: “lanmou fidèl ou genyen an”.

Se kapab tou: “Ou fè pawòl ou gen plis glwa pase non w”.

Oswa: “fè nanm mwen”.

Lit.: “Ou mezire”.

Oswa: “twò estrawòdinè pou mwen”.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Se kapab tou: “tise”.

Oswa: “Nanm mwen”.

Lit.: “lè m te yon anbriyon”.

Se kapab tou: “mwen ta kontinye ap konte yo toujou”.

Oswa: “moun k ap fè san moun koule”.

Oswa: “akoz yo fè sa k nan lide yo”.

Oswa: “nan twou ki gen dlo”.

Oswa: “nan peyi a”.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “Pa vide nanm mwen”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “Lè fòs mwen ale”.

Lit.: “ki rekonèt mwen”.

Oswa: “pou nanm mwen”.

Lit.: “Ou se pòsyon pa m”.

Oswa: “Retire nanm mwen”.

Oswa: “pousuiv nanm mwen”.

Oswa: “Mwen etidye”.

Oswa: “Nanm mwen”.

Lit.: “Lespri”.

Oswa: “nan tonm nan”.

Oswa: “Paske, mwen leve nanm mwen devan w”.

Oswa: “mennen m nan peyi ladwati a”.

Oswa: “Retire nanm mwen”.

Lit.: “Fèmen bouch”.

Oswa: “pèsekite nanm mwen”.

Oswa: “se yon kote ki wo”.

Oswa: “panche syèl la”.

Lit.: “E men dwat yo se yon men dwat manti”.

Oswa: “M ap fè mizik”.

Oswa: “ki sove wa yo”.

Oswa: “pale de pouvwa w”.

Oswa: “kè sansib”.

Lit.: “tout chè”.

Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.

Oswa: “M ap fè mizik”.

Oswa: “nan gwo potanta”.

Oswa: “souf”.

Lit.: “lage moun yo mare yo”.

Oswa: “li fè mechan yo fè chemen kwochi”.

Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.

Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.

Oswa: “pou nou fè mizik”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “Li satisfè w ak grès”.

Oswa: “glas”.

Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.

Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.

Lit.: “pou li nan syèl ki nan syèl la”.

Lit.: “nou menm vyèj”.

Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.

Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.

Oswa: “pou yo fè mizik”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.

Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje