BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g20 no 2 p. 10-11
  • 3. Poukisa bon moun ap soufri?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 3. Poukisa bon moun ap soufri?
  • Reveye n! — 2020
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Rezon ki fè sa enpòtan
  • Fè yon ti reflechi
  • Men sa Bib la di
  • 4. Èske nou te fèt pou n soufri?
    Reveye n! — 2020
  • Ki sa Bib la di?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Lis sijè yo
    Reveye n! — 2020
  • Poukisa nou soufri, nou vyeyi e nou mouri?
    Reveye n! — 2021
Gade plis
Reveye n! — 2020
g20 no 2 p. 10-11
Yon manman ak yon papa k ap gade pitit gason yo ki kouche sou kabann lopital apre doktè fin koupe yon bra pitit la.

3. Poukisa bon moun ap soufri?

Rezon ki fè sa enpòtan

Lefètke bon moun yo soufri, sa pa parèt jis. Gen kèk moun ki panse ou pa bezwen fè efò pou w yon bon moun, piske w ap soufri kanmenm.

Fè yon ti reflechi

Gen kèk moun ki kwè lè yon moun mouri, l ap kontinye refèt ankò. Yo fè konnen moun ki te fè bon bagay yo ap gen yon pi bon vi lè yo refèt, tandiske moun ki te fè move bagay yo ap refèt pou yo viv nan soufrans pou toutan. Selon kwayans sa a, menmsi yon moun se yon bon moun kounye a, si l te fè yon move bagay “nan tan lontan”, l ap soufri kanmenm. Men,...

  • Poukisa moun nan ap soufri, si moun yo sipoze ki refèt la pa menm sonje sa l te fè pandan l t ap viv anvan an?

  • Poukisa pou n ap fè tout efò sa yo pou n ret an sante epi evite aksidan, si byennèt nou depann de yon vi nou te gen anvan?

    CHÈCHE KONN PLIS

    Gade videyo Poukisa Bondye pèmèt soufrans? ki disponib sou jw.org/ht.

Men sa Bib la di

Soufrans nou yo se pa pinisyon Bondye.

Okontrè, anpil nan soufrans yo vini sanzatann, e souvan, se paske yon moun twouve l nan yon move kote nan yon move moman.

“Se pa ni moun ki rapid yo ki toujou genyen kous la, ni moun ki gen fòs yo ki genyen batay la, ni moun ki gen sajès yo ki toujou jwenn manje, ni moun ki entèlijan yo ki toujou gen richès, ni moun ki gen konesans yo ki toujou reyisi, paske move moman ak malè rive sou yo tout sanzatann.” — EKLEZYAS 9:11.

Peche nou eritye a lakòz nou soufri.

Souvan, lè moun ap pale de peche, yo vle pale de yon move aksyon yon moun fè. Sepandan, Labib itilize mo sa a tou pou l pale de yon kondisyon tout moun eritye, kit yo bon moun, kit yo mechan.

“Mwen fèt ak peche nan mwen, mwen gen peche nan mwen depi lè manman m ansent mwen.” — SÒM 51:5.

Peche gen efè sou lèzòm yon fason ki terib.

Nonsèlman li kraze relasyon nou ak Kreyatè nou an, men tou li kraze inite nou ak rès kreyasyon Bondye a. Kòm rezilta, vin gen anpil soufrans, ni pou nou chak pèsonèlman, ni pou tout limanite.

“Lè m vle fè sa ki dwat, se sa ki mal ki lakay mwen.” — WOMEN 7:21.

“Tout kreyasyon an kontinye ap plenn ansanm e yo kontinye ap soufri ansanm jiska prezan.” — WOMEN 8:22.

Poukisa bon moun ap soufri?

Kit nou bon, kit nou mechan, nou eritye peche, e sa lakòz anpil nan soufrans nou yo. Se peche nou eritye a ki lakòz nou gen pwoblèm fizik ak mantal, e ki fè moun gen yon seri defo lakay yo ki lakòz youn fè lòt soufri.

Èske se sa Bondye te vle? Èske nou te fèt pou n soufri?

Gade kesyon 4 la.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje