BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ll 6yèm pati p. 14-15
  • Ki sa delij ki te fèt la aprann nou?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa delij ki te fèt la aprann nou?
  • Koute Bondye pou w viv pou toutan
  • Sou menm sijè a
  • 6yèm pati
    Koute Bondye
  • Yon avètisman nan tan lontan
    Ou kapab vin zanmi Bondye!
  • Nan epòk delij la, kiyès ki te koute? Kiyès ki pa t koute?
    Koute Bondye pou w viv pou toutan
  • Li te “rete an vi ansanm ak sèt lòt moun”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Gade plis
Koute Bondye pou w viv pou toutan
ll 6yèm pati p. 14-15

6YÈM PATI

Ki sa delij ki te fèt la aprann nou?

Bondye te detwi mechan yo, men li te sove Noye ak fanmi l. Jenèz 7:11, 12, 23

Lach la flote, moun mechan yo nwaye e zanj rebèl yo kite kò moun yo te genyen an.

Gen yon gwo lapli ki te fè 40 jou ak 40 nuit ap tonbe, e dlo te kouvri tout tè a. Tout mechan yo te mouri.

Zanj rebèl yo te kite kò moun yo te pran an e yo te tounen demon.

Noye ansanm ak fanmi l ak bèt yo soti nan lach la e gen yon lakansyèl ki parèt nan syèl la.

Tout moun ki te nan lach la te chape. Malgre rive yon lè Noye ak fanmi l te mouri, Bondye pral ba yo lavi ankò ak posiblite pou yo viv pou toutan.

Bondye pral detwi mechan yo ankò e l ap sove moun ki bon yo. Matye 24:37-39

Satan ak demon l yo sèvi ak diferan mwayen pou yo twonpe moun.

Satan ak demon yo kontinye twonpe moun.

Jodi a, menm jan ak epòk Noye a, anpil moun pa aksepte direksyon Jewova ba yo avèk amou. Talè konsa, Jewova pral detwi tout moun ki mechan. — 2 Pyè 2:5, 6.

Temwen Jewova yo ap sèvi ak Bib la pou yo preche yon mesye; gen yon mesye k ap li Bib la.

Gen kèk moun ki tankou Noye. Yo koute Bondye e yo fè sa l di. Moun sa yo se Temwen Jewova yo.

  • Chwazi wout ki mennen nan lavi a. — Matye 7:13, 14.

  • Mechan yo pral detwi. Men, moun ki gen imilite yo pral viv anpè. — Sòm 37:10, 11.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje