BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yc leson 3 p. 8-9
  • Rahab te gen lafwa nan Jewova

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Rahab te gen lafwa nan Jewova
  • Anseye pitit ou
  • Sou menm sijè a
  • Rahab te koute nouvèl la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Rahab kache espyon yo
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Yo te ‘deklare l jis pou sa l te fè’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Rahab kache espyon yo
    Liv istwa biblik mwen an
Gade plis
Anseye pitit ou
yc leson 3 p. 8-9
Rahab ki sou do kay kote l te kache espyon yo.

LESON 3

Rahab te gen lafwa nan Jewova

Ann imajine nou nan vil Jeriko. Vil sa a se yon vil nan peyi Kanaran, yon peyi kote moun yo pa t ap adore Jewova. Gen yon dam ki rele Rahab k ap viv nan vil sa a.

Lè Rahab te timoun, li te tande kèk istwa sou fason Moyiz te fann lanmè Wouj ak fason l te fè Izrayelit yo kite peyi Ejip. Li te tande tou kòman Jewova te ede Izrayelit yo genyen yon seri gè yo te fè kont ènmi yo. Kounye a, li tande yo di Izrayelit yo tabli kan yo toupre vil Jeriko!

Rahab te pwoteje espyon yo paske l te gen lafwa nan Jewova.

Yon jou swa, gen de Izrayelit ki antre nan vil Jeriko pou yo espyone vil la. Yo t al lakay Rahab. Rahab te envite yo antre epi pou yo rete. Pandan nuit la, wa Jeriko a aprann gen kèk espyon nan vil la e espyon sa yo al kay Rahab. Se sa k fè, wa a voye kèk mesye al chèche espyon yo. Rahab te fè de espyon yo al kache sou do kay li a epi l di mesye wa a te voye yo konsa: ‘Espyon yo te la, men, yo gentan kite vil la. Si nou kouri dèyè yo kounye a, nou kapab gentan kenbe yo!’ Èske w konn pou ki rezon Rahab te pwoteje espyon yo? — Se paske l te gen lafwa nan Jewova epi l te konnen Jewova t apral bay Izrayelit yo peyi Kanaran.

Anvan espyon yo te kite kay Rahab, yo te pwomèt Rahab li menm ak fanmi l t ap chape vivan lè yo t ava detwi vil Jeriko. Èske w konn ki sa yo te mande l fè? — Yo te di l: ‘Pran kòd wouj sa a, epi pandye l nan fenèt lakay ou. Si w fè sa, tout moun ki anndan lakay ou ap chape vivan.’ Rahab te fè egzakteman sa espyon yo te di l fè a. Èske w konnen ki sa k te rive annapre? —

Kòd wouj la ki pandye depi nan fenèt kay Rahab la sou miray Jeriko a.

Jewova te sove Rahab ak fanmi Rahab.

Kèk jou annapre, Izrayelit yo te fè wonn vil la san yo pa t fè bri. Chak jou, yo te fè wonn vil la yon fwa, e yo te fè sa pandan sis jou. Men, nan setyèm jou a, yo te fè wonn vil la sèt fwa. Apre sa, yo tout te pouse yon gwo rèl. Jewova te fè tout miray vil la tonbe plat atè. Men, kay ki te gen kòd wouj pandye nan fenèt li a pa t kraze! Èske w wè sa nan foto a? — Rahab ansanm ak fanmi l te chape vivan!

Ki leson w ka aprann nan egzanp Rahab? — Lefètke Rahab te aprann anpil bèl bagay Jewova te fè, sa te fè l gen lafwa nan Jewova. Ou menm tou, ou aprann anpil bèl bagay sou Jewova. Èske w met lafwa w nan Jewova menm jan ak Rahab? — Nou konnen w fè sa!

LI NAN BIB OU

  • Jozye 2:1-24; 6:1-5, 14, 15, 20-25

  • Ebre 11:31

KESYON:

  • Ki istwa Rahab te tande lè l te timoun?

  • Ki fason Rahab te ede espyon Izrayelit yo? Poukisa l te ede yo?

  • Ki pwomès espyon yo te fè Rahab?

  • Ki leson w ka aprann nan egzanp Rahab?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje