BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yc leson 4 p. 10-11
  • Li te fè kè papa l ak kè Jewova kontan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Li te fè kè papa l ak kè Jewova kontan
  • Anseye pitit ou
  • Sou menm sijè a
  • N ap jwenn favè Bondye si nou fidèl
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Yifta fè pwomès
    Liv istwa biblik mwen an
  • Pwomès Jefte te fè a
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Jefte te yon gason ki kite lespri Bondye gide l
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
Gade plis
Anseye pitit ou
yc leson 4 p. 10-11
Yifta k ap pase tan ak pitit fi l lè pitit fi l la te timoun.

LESON 4

Li te fè kè papa l ak kè Jewova kontan

Yifta k ap priye Jewova pandan lame Izrayèl yo ap goumen ak ènmi yo.

Ki pwomès Yifta ap fè Jewova la a?

Yifta k ap retounen lakay li apre batay la, li anbrase pitit fi l ki vin rankontre l nan wout.

Pitit fi Yifta a te respekte pwomès papa l te fè a byenke sa pa t fasil.

Èske w wè tifi ki nan foto a? — Li se pitit fi yon mesye ki rele Yifta. Bib la pa di nou non tifi a, men, nou konnen li te fè kè papa l ak kè Jewova kontan. Ann aprann kèk bagay sou li ansanm ak Yifta, papa l.

Yifta te yon bon moun, e l te konn pase anpil tan ap pale ak pitit fi l la de Jewova. Anmenmtan tou, se te yon moun ki te gen anpil kouraj e li te yon bon chèf. Se sa k fè, Izrayelit yo te mande l pou l te pran latèt pami yo nan konba yo t ap mennen kont ènmi yo te genyen yo.

Yifta te priye Bondye pou Bondye te ede l genyen batay la. Yifta te fè Jewova yon pwomès, li te di Jewova si l fè l genyen batay la, li t ap ba l premye moun lakay li ki vin rankontre l lè l ap retounen. Moun sa a t ap gen pou l viv nan tabènak Bondye a e l t ap gen pou l travay la pandan tout rès vi l. Nan epòk sa a, tabènak la se te kote pèp la te konn vin adore Bondye. Vrèmanvre, Yifta te genyen batay la! Èske w konnen ki moun lakay li ki te vin rankontre l an premye lè l t ap retounen? —

Wi, se te pitit fi Yifta a! Se te sèl pitit Yifta te genyen, epi kounye a, Yifta t ap oblije voye l al viv yon lòt kote. Sa te fè Yifta tris anpil. Men, sonje li te fè Jewova yon pwomès. Se sa k fè, san pèdi tan, pitit fi l la te di l: ‘Papa, ou te fè Jewova yon pwomès, donk, ou dwe kenbe pwomès ou a.’

Pitit fi Yifta a k ap ranmase bwa pou tabènak la; zanmi l yo ki vin wè l.

Zanmi pitit fi Yifta a te konn vin wè l chak ane.

Pitit fi Yifta a te tris tou. Nan tabènak la, li pa t ap ka marye e l pa t ap ka gen pitit. Men, li te vle respekte pwomès papa l te fè a e l te vle fè kè Jewova kontan. Sa te pi enpòtan pou li pase marye ak fè pitit. Se sa k fè, li te kite kay papa l e l t al viv nan tabènak la pou tout rès vi l.

Èske w panse sa l te fè a te fè kè papa l ak kè Jewova kontan? — Wi, sa te fè kè yo kontan! Si w montre w obeyisan epi w renmen Jewova, ou kapab vin menm jan ak pitit fi Yifta a. Ou menm tou w ap fè kè Jewova kontan, e w ap fè kè papa w ak manman w kontan tou.

LI NAN BIB OU

  • Detewonòm 6:4-6

  • Jij 11:30-40

  • 1 Korentyen 7:37, 38

KESYON:

  • Ki moun Yifta te ye? Ki pwomès li te fè?

  • Ki sa k te fè l difisil pou pitit fi Yifta a fè sa papa l te pwomèt la?

  • Ki sa k te pi enpòtan pou pitit fi Yifta a?

  • Ki jan w ka imite pitit fi Yifta a?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje