BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yc leson 5 p. 12-13
  • Samyèl te kontinye fè sa ki dwat

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Samyèl te kontinye fè sa ki dwat
  • Anseye pitit ou
  • Sou menm sijè a
  • Samyèl te kontinye fè sa ki byen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Yon tigason k ap sèvi Bondye
    Liv istwa biblik mwen an
  • Li “te kontinye jwenn favè Jewova”
    Annou imite lafwa yo
  • Jewova pale ak Samyèl
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Gade plis
Anseye pitit ou
yc leson 5 p. 12-13

LESON 5

Samyèl te kontinye fè sa ki dwat

Lè Samyèl te jèn tigason, li t ap viv nan tabènak la e se la li te konn travay tou. Tabènak la se kote pèp la te konn vin adore Jewova. Èske w konnen ki jan Samyèl te fè al viv nan tabènak la? Toudabò, ann aprann kèk bagay sou Ana ki se manman Samyèl.

Sa gen lontan depi Ana pa t ka fè pitit malgre l te vle gen youn. Se sa k fè, li te priye Jewova e li te mande l pou l ede l. Ana te fè Jewova yon pwomès, li te di l si l gen yon pitit gason l ap voye l al viv nan tabènak la e pou l travay ladan l tou. Jewova te reponn priyè Ana te fè a. Annapre, Ana te vin fè yon tigason. Li te rele l Samyèl. Jan Ana te pwomèt sa, lè Samyèl te gen twa oswa katran, li te mennen l nan tabènak la pou l al sèvi Bondye.

Se Eli ki te gran prèt ki t ap sèvi nan tabènak la. Li te gen de pitit gason ki te konn travay la tou. Sonje, tabènak la se kay kote yo adore Bondye. Sa vle di, moun yo te dwe fè bon bagay ladan l. Men, pitit Eli yo te konn fè anpil move bagay. Samyèl te wè sa yo t ap fè yo. Èske Samyèl te konn fè move bagay menm jan ak pitit gason Eli yo? — Non, li te kontinye fè sa ki dwat jan paran l te anseye l pou l fè sa.

Ki sa w panse Eli te dwe fè ak de pitit gason l yo? — Li te dwe pini yo. Li te dwe anpeche yo kontinye travay nan kay Bondye a. Men, se pa t sa li te fè. Pou rezon sa a, Jewova te fache kont Eli ak de pitit gason l yo. Jewova te deside pini yo.

Samyèl ki tou jèn k ap pale ak gran prèt Eli.

Samyèl te bay Eli mesaj Jewova a.

Yon jou swa, pandan Samyèl t ap dòmi, li tande yon moun k ap rele l, ki di: ‘Samyèl!’ Li kouri al kot Eli, men Eli di l: ‘M pa t rele w.’ Sa te rive de fwa ankò. Sou twazyèm fwa a, Eli di Samyèl si l tande vwa a ankò li dwe di: ‘Tanpri, ou mèt pale Jewova, m ap koute w.’ Se egzakteman sa Samyèl te fè. Lè sa a, Jewova di Samyèl: ‘Fè Eli konnen m ap pini fanmi l pou move bagay y ap fè yo.’ Èske w panse li te fasil pou Samyèl bay Eli mesaj sa a? — Non, li pa t fasil. Byenke Samyèl te pè, li te fè sa Jewova te mande l fè a. Sa Jewova te di a te rive vre. Yo te touye de pitit gason Eli yo, epi Eli te mouri tou.

Samyèl se yon bon egzanp pou nou. Li te fè sa ki dwat menm lè l te wè lòt moun t ap fè sa k mal. E ou menm? Èske w ap aji menm jan ak Samyèl? Èske w ap kontinye fè sa ki dwat? Si w fè sa, w ap fè kè Jewova kontan e w ap fè kè papa w ak manman w kontan tou.

LI NAN BIB OU

  • 1 Samyèl 2:22-26; 3:1-21

KESYON:

  • Ki pwomès manman Samyèl te fè?

  • Ki sa Samyèl te wè pitit gason Eli yo t ap fè nan tabènak la?

  • Ki sa Jewova te di Samyèl pou l fè?

  • Poukisa Samyèl se yon bon egzanp pou nou?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje