BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w09 1/4 p. 7
  • Èske Jezi se Bondye Toupisan an?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske Jezi se Bondye Toupisan an?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Sou menm sijè a
  • ‘Pitit la vle fè moun konnen Papa a’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • “ Chemen an e laverite a e lavi a ”
    “Vin suiv mwen”
  • Laverite sou Bondye ak Kris
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
  • Èske Jezi se Bondye Toupisan an?
    Repons Bib la bay
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
w09 1/4 p. 7

Èske Jezi se Bondye Toupisan an?

Repons moun yo konn bay:

▪ “Wi. Jezi se Bondye Toupisan an.”

▪ “Jezi se Bondye ki te vin nan lachè.”

Ki sa Jezi te di?

▪ “Si nou te renmen m, nou ta kontan konnen mwen pral jwenn Papa a, paske Papa a gen plis pouvwa pase mwen.” ​(Jan 14:28). Jezi te fè konnen li pa egal ak Papa l.

▪ “M’ap moute bò kot Papa m ki papa nou tou, m’ap moute bò kot Bondye m ki Bondye nou tou.” ​(Jan 20:17). Jezi pa t di se li menm ki Bondye, men li te fè konnen Bondye se yon lòt Moun.

▪ “Se pa pawòl pa m m’ap pale la a. Men, Papa ki voye m lan, se li menm ki ban m lòd sa pou m di ak sa pou m pale.” ​(Jan 12:49). Ansèyman Jezi yo pa t soti nan li menm, men yo te soti nan Papa l.

JEZI te fè konnen se Pitit Bondye li ye, li pa t fè konnen li se Bondye Toupisan an. Si Jezi te Bondye, kiyès li te konn priye lè l te sou tè a (Matye 14:23; 26:26-29)? Sandout, se pa pòz Jezi te konn pran pòz li t ap pale ak Bondye.

Yon lè, gen de nan disip Jezi yo ki te mande l pou l ba yo yon pozisyon espesyal nan Wayòm li an. Men sa l te reponn yo: “Kanta pou chita sou bò dwat osinon sou bò gòch mwen an, se pa mwen ki bay sa. Plas sa yo, Papa m rezève yo pou moun li vle.” ​(Matye 20:23). Èske Jezi te ba yo manti lè l te di yo li pa gen dwa pou l ba yo sa yo mande a? Non! Okontrè, li te rekonèt avèk imilite se Papa l sèlman ki gen dwa pou l pran desizyon sa yo. Jezi te menm esplike gen bagay ni li menm ni zanj yo pa konnen, men se sèlman Papa l ki konnen yo. —Mak 13:32.

Èske se sèlman lè Jezi te yon imen sou tè a li te gen mwens pouvwa pase Bondye? Non. Menm apre lanmò Jezi ak rezirèksyon l, yo pale de li nan Bib la kòm yon moun ki gen mwens pouvwa pase Bondye. Apot Pòl fè nou sonje “se Bondye ki sou tèt Kris”. (1 Korentyen 11:3, Bib Kreyòl La.) Labib di, alavni “lè Bondye fin soumèt tout bagay anba Kris, ebyen, [Kris li menm] tou ap soumèt tèt li anba sila ki te soumèt tout bagay anba l la, konsa Bondye ap tout bagay nan tout moun”. —1 Korentyen 15:28, Bib Kreyòl La.

Li klè, Jezi pa Bondye Toupisan an. Se sa k fè li te di Papa l se ‘Bondye l’. —Revelasyon 3:2, 12; 2 Korentyen [2 Korent] 1:3, 4a.

[Nòt anba paj]

a Pou w ka jwenn plis enfòmasyon sou pwen sa a, gade paj 201-204 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

[Antrefilè nan paj 7]

Jezi te di gen bagay ni li menm ni zanj yo pa konnen, men se sèlman Papa l ki konnen yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje