BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/9 p. 5
  • Ki sa Temwen Jewova yo kwè?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa Temwen Jewova yo kwè?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Poukisa nou preche?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Nan ki sa Temwen Jewova yo kwè?
    Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
    Ki sa Wayòm Bondye a ye?
  • Konparezon ki pi enpòtan ou ta ka fè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/9 p. 5
Yon koup Temwen Jewova k ap etidye Labib ak pitit yo

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KIYÈS TEMWEN JEWOVA YO YE?

Ki sa Temwen Jewova yo kwè?

Temwen Jewova yo kwè “tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo, e yo itil”. (2 Timote 3:16.) Nou itilize Bib la kòm yon gid pou ede nou aprann konnen Kreyatè a e pou nou mennen yon vi ki gen sans.

Bib la di: “Se pou moun konnen ou menm, ki rele Jewova, ou se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an e ki gen pouvwa sou tout tè a.” ​(Sòm 83:18, NW). Se sa k fè se Jewova Dye sèlman nou adore, e antanke Temwen l, nou fè tout sa n kapab pou n ede lòt moun konnen non l. — Izayi 43:10-12.

Antanke kretyen, nou kwè Jezi se “Pitit Bondyea”, li te vin sou tè a e li te vin Mesi a (Jan 1:34, 41; 4:25, 26). Apre Jezi te fin mouri, Bondye te leve l sot nan lanmò e li te fè l monte nan syèl la (1 Korentyen 15:3, 4). Annapre, li te vin Wa nan Wayòm Bondye a (Revelasyon 11:15). Wayòm sa a se yon gouvènman reyèl ki pral fè tè a tounen yon paradi (Dànyèl 2:44). Dapre sa Bib la di, “moun ki gen imilite yo ap posede tè a, e y ap kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total”. — Sòm 37:11, 29, NW.

“Lè yo li Bib la, yo kwè se avèk yo Bondye ap pale. Lè yo gen pwoblèm nan lavi yo, yo pran Pawòl Bondye a epi yo chèche solisyon ladan l. [...] Pou yo menm, Pawòl Bondye a vivan.”— Benjamin Cherayath, manm klèje Legliz katolik, nan jounal Münsterländische Volkszeitung, Almay.

Temwen Jewova yo kwè prensip ki nan Bib la kapab itil moun, menm jodi a (Izayi 48:17, 18). Se sa k fè nou aplike prensip sa yo nan lavi nou. Pa egzanp, Bib la mande pou nou pa sal tèt nou ak tout sa ki ka sal kò a ak lespri a. Se sa k fè nou pa ni fimen ni pran dwòg (2 Korentyen 7:1). Mete sou sa, nou evite fè kèk lòt bagay byen presi Bib la pale de yo, tankou bwè pou sou, imoralite seksyèl, ak vòlè. — 1 Korentyen 6:9-11.

a Bib la pale de Jezi tou antanke “sèl Pitit Bondye fè a” paske se li menm Jewova te kreye anvan tout lòt bagay e se li menm sèl Jewova te kreye pèsonèlman. — Jan 3:18; Kolosyen 1:13-15.

De paran k ap ri pandan pitit gason yo an ap ouvri yon kado

Pou nou konnen ki sa nou kwè, tankou rezon ki fè nou pa fete yon seri fèt oswa rezon ki fè nou pa aksepte pran san, nou kapab al sou sit www.pr2711.com/ht a epi gade anba ribrik ENFÒMASYON SOU NOU > KESYON MOUN POZE SOUVAN.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje