Repons kesyon w yo
◼ Poukisa nou bezwen gen bonsans anrapò ak fason n ap sèvi ak lyezon telefonik pou nou pèmèt lòt moun koute reyinyon kongregasyon an?
Gen moun ki pa ka asiste reyinyon kongregasyon an nan Sal Wayòm nan kèk fwa, akoz maladi oubyen akoz kèk sitiyasyon yo pa ka evite. Nan kèk peyi, pou ede moun sa yo koute reyinyon yo pandan yo lakay, yo sèvi ak yon sistèm ki rele lyezon telefonik. Pou ansyen yo ka sèten se moun ki vrèman bezwen aranjman sa a ki benefisye l, yo bezwen gen bonsans e yo dwe byen òganize. Se poutèt sa ansyen ki responsab pou sipèvize aranjman sa a ap bezwen òganize l e y ap bezwen veye sou fason y ap itilize l, dekwa pou “tout bagay fèt yon fason ki konvnab e nan lòd”. —1 Kor. 14:40.
Ansyen yo ap veye pou se moun sa yo yo bay priyorite: pwoklamatè nan kongregasyon an ki gen maladi kwonik, ki enfim oubyen ki oblije rete lakay yo pou lòt kalite pwoblèm sante. Menm jan an tou, yon pwoklamatè ki gen yon maladi oubyen yon andikap ki pap dire lontan, oswa yon etidyan k ap fè pwogrè, men ki oblije rete lakay li akoz yon pwoblèm sante, gendwa benefisye aranjman sa a tou e yo ka konte moun sa yo nan asistans reyinyon pou jou a. Nan kongregasyon ki pa gen ase liy telefòn pou pèmèt moun ki vrèman bezwen yo rive koute reyinyon yo, petèt frè yo ka fè lòt aranjman, tankou yo ka anrejistre reyinyon yo e yo ka bay moun sa yo anrejistreman yo fè yo.
Natirèlman, pa gen anyen nou ka konpare ak byenfè yon moun jwenn lè l la nan reyinyon yo pèsonèlman. Lè nou reyini nan Sal Wayòm nan avèk frè yo, sa pèmèt nou fè “yon echanj ankourajman” ak yo e sa ede nouvo yo pi byen konprann nesesite pou yo asiste reyinyon yo. Lè nou la nan reyinyon yo, nou tire plis pwofi nan demonstrasyon yo, ansyen yo anmezi pou yo ede nou pèsonèlman, e nou chak nou ka wè ak je nou lanmou sensè ki egziste nan mitan frè ak sè yo. Se yon santiman konsa yon sè aje te genyen aprè yon moun te fin anbrase l pandan li t ap kite Sal Wayòm nan. Men sa l te di: “Ou pa ka jwenn sa nan telefòn!” —Wom. 1:11, 12.
Menm jan ak Ana ki “pa t janm pa nan tanp lan”, jodi a gen anpil moun aje ki toujou la nan reyinyon yo depi sante yo ak sitiyasyon yo pèmèt yo fè sa (Lik 2:36, 37). Menmsi yo sèvi ak lyezon telefonik, lè sa nesesè, pou yo koute reyinyon yo, yo pa konsidere sa tankou yon bon solisyon ki pou ranplase asiste yo dwe asiste reyinyon k ap fèt nan Sal la pèsonèlman. Pou nou imite bèl egzanp moun aje sa yo bay, annou kontinye fè efò pou nou la nan reyinyon yo e pou nou fè sa avèk plezi, toutpandan n ap adore gran Dye nou an, Jewova. —Sòm 95:1-3, 6; 122:1.