Lè nou bay temwayaj nan telefòn, sa pote bon rezilta
1. Poukisa bay temwayaj nan telefòn se yon fasèt enpòtan nan ministè a?
1 Poukisa nou dwe reflechi sou posiblite pou nou itilize telefòn pou nou bay temwayaj nan ministè a? Paske se yon lòt mwayen nou genyen pou nou ede lòt moun vin gen konesans egzak k ap pèmèt yo jwenn delivrans lan (2 Pyè 3:9). Byenke prensipal metòd nou itilize pou nou preche bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a se predikasyon kay an kay, nou dispoze pwofite lòt metòd ki genyen pou nou fè moun nou pa ka jwenn lè nou pase lakay yo koute mesaj la. — Mat. 24:14; Lik 10:1-7; Rev. 14:6.
2. Kòman pou yo òganize temwayaj nan telefòn?
2 Fason pou yo òganize l: Menm jan yo pran dispozisyon pou yo bay moun k ap patisipe nan predikasyon kay an kay yo yon tèritwa, se konsa tou yo dwe bay pwoklamatè k ap bay temwayaj nan telefòn yo tèritwa. Yon moun ka bay temwayaj nan telefòn poukont li oubyen yo ka òganize yon ti gwoup ki gen de oubyen twa moun ladan l. Kote y ap itilize pou yo bay temwayaj nan telefòn nan dwe apwopriye pou fòm temwayaj sa a, sa vle di kote a pa dwe gen bri ni pa dwe gen bagay ki pou distrè moun. Gen anpil moun ki twouve li pi bon pou yo chita bò yon tab epi pou yo gen piblikasyon yo konn itilize lè y ap preche kay an kay yo devan yo.
3. Ki sa nou bezwen toujou sonje lè n ap bay temwayaj nan telefòn?
3 Fason pou nou bay temwayaj nan telefòn: Lè n ap bay temwayaj nan telefòn, nou dwe fè prezantasyon an sou fòm yon konvèsasyon. Moun ki fèk kòmanse patisipe nan fòm temwayaj sa a ka li yon prezantasyon pou moun l ap pale avè l la, men li dwe fè sa tankou se yon konvèsasyon l ap fè. Entwodiksyon nou jwenn nan liv Comment raisonner a, nan Ministè Wayòm oubyen nan feyè Èske w ta renmen konn verite a ?, ka itil nan domèn nan. Lè n ap fè pwòp prezantasyon pa nou, se pou nou chwazi yon sijè pou nou devlope, chwazi yon kesyon pou nou poze moun yo epi prepare kèk vèsè ki reponn kesyon nou te poze a. An jeneral, n ap ofri moun yo menm piblikasyon nou ofri nan predikasyon kay an kay yo. Men kèk bagay nou bezwen sonje: se pou nou rilaks epi pale dousman. Se pou nou gen koutwazi, se pou nou gen pasyans e se pou nou amikal piske moun ka remake kalite sa yo lakay nou menm lè se nan telefòn n ap pale. Koute lè moun nan ap eksprime panse l, apre sa, reponn li, epi montre apresyasyon nou pou remak li fè. Nou bezwen fè atansyon pou nou pa pale sou dispozisyon pou moun bay ofrann nan, etandone moun ka mal entèprete sa, yo ka panse se kòlèt n ap fè nan telefòn.
4. Lè nou bay temwayaj nan telefòn, ki sa sa pèmèt nou fè nan tèritwa yo asiyen nou?
4 Moun n ap pale ak li nan telefòn nan gendwa se yon moun ki andikape, ka se yon moun ki malad oubyen gendwa se yon moun orè travay li fè l difisil pou nou jwenn li lè n ap preche kay an kay. Gen moun ki rete nan kèk katye kote kay yo byen klotire e gen moun k ap fè sekirite ladan yo. Gen lòt moun ki rete nan yon seri apatman kote baryè yo fèmen e yo entèdi vizitè antre ladan yo san otorizasyon. Kidonk, nan efò n ap fè pou nou akonpli ministè nou nèt e pou nou fè sa afon, li bon pou nou itilize metòd pou nou bay temwayaj nan telefòn nan, yon metòd ki bay bon rezilta.