BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/14 p. 7
  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
  • Ministè Wayòm nan — 2014
Ministè Wayòm nan — 2014
km 6/14 p. 7

Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Nan semèn 30 jen 2014 la, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la.

  1. Poukisa li vrèman enpòtan pou n suiv prensip nou jwenn nan Egzòd 23:2 a lè n ap chwazi divètisman ak detant? [5 me, w11 15/7 p. 10-11 § 3-7]

  2. Jis nan ki pwen kòmandman Jewova te bay ki te mande pou prèt yo lave kò yo anvan yo te ofri l sakrifis la te enpòtan, e nan ki sans kòmandman sa a se yon bonjan rapèl pou sèvitè Bondye yo jodi a? (Egz. 30:18-21) [19 me, w96-F 1/7 p. 9 § 9]

  3. Poukisa yo pa t pini Arawon poutèt li te fè ti bèf annò a? (Egz. 32:1-8, 25-35) [19 me, w04 1/4 p. 32 § 4]

  4. Anrapò ak entèdiksyon Bondye te bay Izrayelit yo pou yo pa marye ak moun k ap adore fo dye yo, ki pwennvi kretyen yo genyen konsènan koze ak yon moun epi marye ak moun sa a? (Egz. 34:12-16) [26 me, w89-F 1/11 p. 20-21 § 11-13]

  5. Ki sa k fè eksperyans Betsalèl ak Owolyab te fè a se yon eksperyans ki ankouraje nou? (Egz. 35:30-35) [26 me, w10 15/9 p. 10 § 13]

  6. Ki sa “plak annò sakre [...] byen klere” ki te nan bando gran prèt ann Izrayèl la te fè l sonje, e ki sa siy sa a aprann nou konsènan ve nou fè bay Jewova a? (Egz. 39:30) [2 jen, w01-F 1/2 p. 14 § 2-3]

  7. Ki responsablite tout kretyen genyen anrapò ak fè konnen yon peche grav yon kretyen parèy yo fè? (Lev. 5:1) [9 jen, w97-F 15/8 p. 27]

  8. Ki wòl enpòtan sakrifis kominyon yo te jwe nan epòk Izrayèl la, e ki sa sakrifis sa yo vle di pou nou jodi a? (Lev. 7:31-33) [16 jen, w12 15/1 p. 19 § 11-12]

  9. Ki sa petèt peche Nadab ak Abiyou, de pitit gason Arawon yo, te fè a te ye, e ki leson nou ka aprann nan istwa sa a? (Lev. 10:1, 2, 9) [23 jen, w04 1/6 p. 31 § 3]

  10. Poukisa akouchman te rann yon fi pa “pwòp”? (Lev. 12:2, 5) [23 jen, w04 1/6 p. 31 § 7]

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje