Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 23 fevriye 2015, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la.
Nan ki sans vil refij ann Izrayèl yo pa t menm ak sangtyè payen yo te genyen kote kriminèl te konn al pran azil? (Joz. 20:2, 3) [5 jan., w10-F 1/11 p. 15 § 4-6]
Poukisa Jozye te ka di pawòl ki nan Jozye 23:14 la ak fèm detèminasyon, e poukisa nou ka gen konfyans total nan pwomès Jewova fè yo? [12 jan., w07 1/11 p. 26 § 19]
Poukisa se tribi Jida a yo te chwazi an premye pou antre nan peyi yo t ap bay Izrayelit yo kòm eritaj la? (Jij 1:2, 4) [19 jan., w05-F 15/1 p. 24 § 5]
Poukisa Barak te ensiste pou pwofetès Debora te ale avè l kote yo t apral fè batay la? (Jij 4:8) [19 jan, w05-F 15/1 p. 25 § 4]
Ki sa non Gideyòn te bay lotèl li te fè a montre, e ki sa nou ka aprann nan egzanp sa a? (Jij 6:23, 24) [26 jan., w14 15/2 p. 22-23 § 9]
Ki sa nou ka aprann nan fason Gideyòn te reyaji lè Efrayimit yo t ap chèche fè kont avè l? (Jij 8:1-3) [2 fev., w05-F 15/7 p. 16 § 4]
Lè Yifta t ap fè ve a, èske l te panse se yon moun li t apral sakrifye? (Jij 11:30, 31) [9 fev., w05-F 15/1 p. 26 § 1]
Selon Jij 11:35-37, ki sa ki te ede pitit fi Yifta a respekte ve papa l te fè a? [9 fev., w11 15/12 p. 20-21 § 15-16]
Lè pa t gen wa ann Izrayèl e “chak moun t ap fè sa ki dwat nan je yo”, èske sa pa t fè gen dezòd nan peyi a? Esplike. (Jij 17:6) [16 fev., w05-F 15/1 p. 27 § 7]
Lè nou egzamine istwa Izrayelit yo ki te pèdi nan batay de fwa devan tribi Benjamen an ki te an rebelyon, ki leson nou ka aprann sou nesesite pou n pèsevere nan lapriyè? (Jij 20:14-25) [23 fev., w11 15/9 p. 32 § 1-4]