BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp25 no 1 p. 6-8
  • Èske lèzòm ka mete fen nan lagè ak vyolans?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske lèzòm ka mete fen nan lagè ak vyolans?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • GOUVÈNMAN YO AP ESEYE AMELYORE EKONOMI AN
  • DIPLOMASI
  • DEZAMEMAN
  • GOUVÈNMAN YO FÈ ALYANS POU YO EVITE LAGÈ
  • Poukisa lèzòm pa ka fè lapè? — Ki sa Bib la di?
    Kèk lòt sijè
  • Ki lè lèzòm ap sispann goumen youn ak lòt? — Ki sa Bib la di?
    Kèk lòt sijè
  • Fason lagè ak vyolans pral fini
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2025
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2025
wp25 no 1 p. 6-8

Èske lèzòm ka mete fen nan lagè ak vyolans?

Lèzòm batay pou plizyè rezon. Gen moun k ap goumen pou chanjman politik ak ekonomik, oswa pou egalite nan sosyete a. Gen lòt moun k ap goumen pou yo gen kontwòl yon peyi ak resous natirèl peyi a. Gen anpil gè ki fèt akoz diferans ras oswa kwayans relijye ki diferan. Ki sa moun yo fè pou yo met fen nan goumen sa yo pou yo ka viv anpè? Èske moun yo kapab met fen nan lagè?

Yon foto ki chire ki montre moun k ap konstwi yon bilding k ap pale sou pwojè a pandan yo sou chantye a.

Drazen_/E+ via Getty Images

GOUVÈNMAN YO AP ESEYE AMELYORE EKONOMI AN

Objektif: Amelyore kalite lavi moun yo. Sa ka ede yo elimine oswa redui gwo diferans ki genyen nan sitiyasyon ekonomik moun yo, sa ki konn lakòz gen goumen.

Limit: Sa ka mande pou gouvènman yo chanje fason yo depanse lajan. Selon kalkil ki fèt, pou ane 2022 a, yo te depanse 34,1 milya dola ameriken pou yo ka amelyore kalite lavi moun yo divès fason. Epoutan, kantite sa a reprezante sèlman 0,4 pousan nan kantite lajan yo te depanse pou lame nan menm ane a.

“Nou depanse pi plis lajan lontan ak lòt bagay ankò nan ede moun ki viktim akoz lagè olye nou evite lagè epi fè lapè.” — António Guterres, sekretè jeneral Nasyonzini.

Men sa Bib la di: Gouvènman ak òganizasyon nan monn nan kapab ede moun ki pòv yo, men yo pap janm kapab elimine lamizè nèt. — Detewonòm 15:11; Matye 26:11.

Yon foto ki chire ki montre de men moun k ap bay lamen pou montre yo dakò.

DIPLOMASI

Objektif: Gouvènman yo sèvi ak dyalòg ak negosyasyon pou anpeche oswa regle dezakò yon fason ki pezib nan avantaj toule de pati yo.

Limit: Youn oswa plizyè nan pati yo ka pa dispoze negosye, fè konpwomi, oswa aksepte yon akò. Se sa k fè li fasil pou yo pa respekte alyans lapè yo fè.

“Diplomasi pa toujou bay bon rezilta. Yon akò lapè ant de pati ka tèlman gen enjistis ladan l, sa ka lakòz vin gen plis gè.” — Raymond F. Smith, Diplomat ameriken.

Men sa Bib la di: Moun yo dwe “chèche lapè”. (Sòm 34:14.) Men, Bib la te gentan di jodi a anpil moun “pap fidèl, [...] yo pap dispoze antann yo, [...] y ap trèt”. (2 Timote 3:​1-4.) Defo sa yo anpeche lidè politik ki sensè yo rezoud pwoblèm yo.

Yon foto ki chire ki montre yon zam ki fin depatcha.

DEZAMEMAN

Objektif: Redui oswa elimine kantite zam ki genyen, sitou zam nikleyè, zam chimik ak zam byolojik.

Limit: Byen souvan, nasyon yo pa dispoze depoze zam yo paske yo pè pou yo pa pèdi pouvwa yo oswa kapasite pou yo defann tèt yo. Menmsi nasyon yo ta elimine tout zam yo genyen, yo pap ka elimine rezon ki fè gen goumen.

“Anpil nan gouvènman ki te pran angajman e ki te pwomèt y ap elimine zam yo nan fen lagè fwad la pa t respekte sa yo te di yo, sa gen ladan l sa yo te di y ap fè pou yo redui danje yo, kalme tansyon ki gen ant peyi yo, e finalman, pèmèt moun viv nan yon monn ki gen plis sekirite ak plis pwoteksyon.” — “Asire avni nou: Yon pwogram dezameman.”

Men sa Bib la di: Moun yo dwe abandone zam yo, epi “bat epe yo pou yo fè yo tounen zouti pou raboure latè”. (Ezayi 2:4.) Men, yo bezwen fè plis pase sa, paske se nan fon kè moun vyolans pran rasin. — Matye 15:19.

Yon foto ki chire ki montre yon gwoup lidè ki chita ansanm toutotou yon tab. Yo tout ap siyen kopi menm dokiman an.

GOUVÈNMAN YO FÈ ALYANS POU YO EVITE LAGÈ

Objektif: Gouvènman yo dakò pou youn ede lòt lè ènmi vin atake yo. Yo panse yon ènmi pap kòmanse yon gè si l konnen l ap oblije goumen kont yon gwoup nasyon.

Limit: Menas pou yon peyi goumen ak plizyè peyi anmenmtan pa garanti lapè. Nasyon yo pa toujou respekte angajman yo pran, e yo pa fin dakò sou fason ak lè pou yo goumen kont yon ènmi.

“Byenke Sosyete Nasyon yo ak Nasyonzini ede gouvènman yo fè alyans youn ak lòt, alyans sa yo pa anpeche gen lagè.” — “Encyclopedia Britannica.”

Men sa Bib la di: An jeneral, li pi bon lè anpil moun kolabore ansanm (Eklezyas 4:12). Epoutan, nou pa ka konte sou òganizasyon lèzòm yo pou ban nou lapè ak sekirite pou toutan. “Pa mete konfyans nou nan grannèg, nan moun ki pa ka delivre nou. Kou souf yo koupe, yo tounen pousyè. Lamenm, tou sa yo te gen nan tèt yo disparèt.” — Sòm 146:​3, 4, Bib la.

Malgre tout efò anpil nasyon fè pou ka gen bonjan lapè, toujou gen gwo lagè k ap fèt.

Èske vin gen plis lapè nan monn nan?

Gen kèk moun ki fè konnen monn nan gen pi plis lapè lontan pase anvan. Yo di gè k ap fèt nan epòk nou an dire mwens tan e gen mwens moun ki mouri pase gè ki te konn fèt nan syèk anvan yo. Gen lòt moun ki pa dakò ak konparezon sa yo e ki panse yo ta dwe konsidere lòt bagay olye yo ret chita sèlman sou kantite moun ki mouri nan lagè.

Kèlkeswa sa kèk moun ka di, verite a sèke lagè ak vyolans afekte yon bon pati nan popilasyon mondyal la, e yon fason oswa yon lòt, li afekte nou tout.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje