BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp25 no 1 p. 9
  • Rezon ki fè kontinye gen lagè ak vyolans

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Rezon ki fè kontinye gen lagè ak vyolans
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • PECHE
  • GOUVÈNMAN LÈZÒM YO
  • SATAN AK DEMON L YO
  • Fason lagè ak vyolans pral fini
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2025
  • Ki objektif Bondye gen pou lèzòm?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Ki sa premye peche a te ye?
    Repons Bib la bay
  • Fason lagè ak vyolans afekte nou tout
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2025
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2025
wp25 no 1 p. 9

Rezon ki fè kontinye gen lagè ak vyolans

Bib la fè konnen rezon ki fè gen lagè ak vyolans ak rezon ki fè evènman terib sa yo kontinye rive.

PECHE

Bondye te kreye Adan ak Èv, premye paran nou yo, pòtre ak li (Jenèz 1:27). Sa vle di, natirèlman, yo te gen kapasite pou yo imite kalite Bondye yo, sa gen ladan l lapè ak lanmou (1 Korentyen 14:33; 1 Jan 4:8). Sepandan, Adan ak Èv te dezobeyi Bondye e yo te peche. Kòm rezilta, nou tout eritye peche ak lanmò (Women 5:12). Peche nou eritye a fè nou gen tandans gen move panse e fè nou fè move aksyon. — Jenèz 6:5; Mak 7:​21, 22.

GOUVÈNMAN LÈZÒM YO

Bondye pa t kreye nou pou n dirije tèt nou. Bib la di: “Se pa lòm ki pou deside ki kote l ap met pye l.” (Jeremi 10:23). Se sa k fè, gouvènman lèzòm yo pa ka elimine lagè ak vyolans nèt.

SATAN AK DEMON L YO

Bib la fè konnen “lemonnantye anba pouvwa Mechan an”. (1 Jan 5:19.) Yo rele “Mechan” sa a Satan Ledyab e li se yon asasen (Jan 8:44). Se li menm ak lòt espri mechan yo ki dèyè lagè ak vyolans ki genyen yo. — Revelasyon 12:​9, 12.

Nou pa ka elimine sa ki lakòz lagè ak vyolans, men Bondye kapab fè sa

Relijyon ak lagè

Byen souvan, relijyon yo fèmen je sou lagè, yo jistifye oswa yo fè pwopagann pou sa. Se fo relijyon sa yo Bib la rele “Gran Babilòn nan”. (Revelasyon 18:2.) Bondye di se Gran Babilòn nan ki responsab lanmò “tout moun yo touye sou tè a”. (Revelasyon 18:24.) Pou w aprann plis, li atik ki gen tit “Ki sa Gran Babilòn nan ye?” sou jw.org.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje