SA W BEZWEN FÈ LÈ W AP ETIDYE
Kèk bagay ou kapab fè pou w rive li Labib chak jou
Kòm nou gen anpil bagay pou n fè, èske w konn twouve l difisil pou w li Labib chak jou (Joz. 1:8)? Si se ka pa w, eseye fè youn nan bagay ki vin annapre yo:
Fè yon jan pou w sonje. Mete yon alam sou telefòn ou pou ede w sonje li Bib la.
Mete Bib ou yon kote w ka wè l. Si se nan yon Bib ki enprime w ap li, mete l yon kote ou kapab wè l byen fasil chak jou. — Det. 11:18.
Koute anrejistreman yo. Koute anrejistreman Bib la lè w ap fè aktivite w chak jou. Men sa yon sè ki rele Tara ki pyonye ki gen pitit e k ap travay nan nuit di: “Lè m koute anrejistreman Bib la pandan m ap fè travay nan kay, sa ede m pou m kontinye li l chak jou.”
Pa bay vag. Si vin gen yon bagay ki fè w pa rive li Bib la jan w te deside fè sa, omwen li kèk vèsè anvan w al dòmi. Menmsi w pa li anpil chak jou, sa ap ede w kanmenm. — 1 Pyè 2:2.