De nouvo manm Kolèj santral la
NAN dat 5 oktòb 2024, yo te fè yon anons espesyal nan reyinyon ànyèl la. Yo te fè konnen frè Jody Jedele ak Jacob Rumph fè pati Kolèj santral Temwen Jewova yo. Toule de frè sa yo gen anpil ane depi y ap sèvi Jewova fidèlman.
Jody Jedele ak Damaris, madanm li.
Frè Jedele te fèt Misouri, Ozetazini, e l te leve nan laverite. Fanmi l t ap viv nan yon zòn ki pa t gen anpil Temwen Jewova. Sa te ba l posiblite rankontre plizyè frè ak sè ki te konn soti divès kote pou vin ede yo preche bon nouvèl la. Lanmou ak tèt ansanm frè ak sè sa yo te genyen te gen gwo efè sou li. Li te batize nan kòmansman adolesans li, nan dat 15 oktòb 1983. Li te renmen travay fè disip la e l te vin pyonye pèmanan an septanm 1989 lè l te fini lekòl.
Lè frè Jedele te timoun, paran l te konn mennen li menm ak sè l la vizite Betèl. Vizit sa yo te ankouraje timoun yo gen objektif pou yo sèvi nan Betèl, e yo toule de te rive fè sa. Frè Jedele te rive nan Betèl Wòlkil an septanm 1990. Toudabò li te travay nan Sèvis netwayaj, e apre sa li te travay nan Sèvis medikal.
Nan epòk sa a, te gen kongregasyon espayòl toupre a ki t ap fè pwogrè e yo te bezwen frè. Donk, frè Jedele t al nan youn nan kongregasyon sa yo e l te kòmanse aprann espayòl. Yon ti tan annapre, li te rankontre Damaris, yon sè ki te pyonye nan menm sikonskripsyon sa a. Rive yon lè, yo te marye, e sè a te vin sèvi nan Betèl tou.
An 2005, yo te kite Betèl pou yo t al pran swen paran yo. Pandan tan sa a, yo te pyonye pèmanan. Frè Jedele te konn anseye nan Lekòl pyonye e l te nan Komite lyezon ospitalye ak nan Komite rejyonal pou konstriksyon ak reparasyon Sal Wayòm.
An 2013, yo te envite frè ak sè Jedele retounen nan Betèl pou konstriksyon Betèl Wòwik la. Apre sa, yo te sèvi nan Patèsonn ak Wòlkil. Frè Jedele te travay nan Biwo lokal pou plan ak konstriksyon ak nan Sèvis enfòmasyon ospitalye. An mas 2023, li te vin youn nan frè yo te chwazi pou ede nan Komite sèvis la. Men sa l di lè l ap panse ak divès asiyasyon l te genyen: “Lè w gen nouvo asiyasyon, pafwa w ka santi bagay yo twòp pou ou. Men, se lè sa a ou bezwen sonje konte sou Jewova paske se li menm ki kapab ede w pou w fè kèlkeswa sa yo ba w fè.”
Jacob Rumph ak Inga, madanm li.
Frè Rumph te fèt Kalifòni, Ozetazini. Lè l te timoun, manman l te inaktif, men l te fè efò pou l anseye l verite ki nan Bib la. Epitou, chak ane, li te konn al wè grann li ki te yon Temwen fidèl. Grann li te fè l anvi konn plis sou Bib la. Lè frè Rumph te gen 13 an, li te mande pou yo etidye Labib avè l. Jou ki te 27 septanm 1992, li te batize pandan l te nan adolesans li. Erezman, manman l te rekòmanse preche e l te rekòmanse asiste reyinyon, epi papa l ansanm ak frè l la ak sè l la te kòmanse fè pwogrè e yo te batize.
Lè frè Rumph te timoun, li te wè jan pyonye yo te gen kè kontan. Donk, lè l te fin lekòl, li te kòmanse sèvis pyonye nan mwa septanm 1995. Nan ane 2000, li t al nan peyi Ekwatè pou l t al sèvi kote ki gen plis bezwen. Se la li te rankontre Inga, yon pyonye ki te soti Kanada, e rive yon lè, yo te marye. Apre yo te fin marye, yo te sèvi nan yon vil ann Ekwatè ki te gen yon ti gwoup pwoklamatè. Jodi a, gen yon bèl kongregasyon nan zòn sa a.
Rive yon lè, frè ak sè Rumph te vin pyonye espesyal, e annapre yo t al sèvi nan sikonskripsyon. An 2011, yo te envite yo nan 132yèm klas Lekòl Galaad. Apre yo te fin gradye, yo te sèvi plizyè kote sou tè a e yo te patisipe nan divès fòm sèvis, pa egzanp, yo te sèvi nan Betèl, yo te misyonè e yo te nan sèvis sikonskripsyon. Epitou, frè Rumph te gen privilèj anseye nan Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan.
Akoz pandemi COVID-19 la, frè ak sè Rumph te retounen Ozetazini. Yo te envite yo nan Betèl Wòlkil, kote frè Rumph te pran fòmasyon nan Depatman sèvis. Rive yon lè, yo te voye frè Rumph al sèvi nan filyal Ekwatè antanke manm Komite filyal. An 2023, yo te transfere l Wòwik. An janvye 2024, li te youn nan frè yo te chwazi pou ede nan Komite sèvis la. Men sa l di lè l ap reflechi ak kote l te sèvi yo: “Se pa kote w ap sèvi ki fè travay w ap fè a espesyal, men se moun w ap travay ansanm avèk yo a ki fè l espesyal.”
Nou apresye travay di frè sa yo ap fè e nou “kontinye bay moun konsa anpil valè”. — Flp. 2:29.