ATIK ETID 46
KANTIK 17 “ Wi, mwen vle”
Jezi, Gran Prèt nou an, gen konpasyon
“Nou pa gen yon gran prèt ki pa ka konprann feblès nou.” — EBRE 4:15.
PWEN KLE
Lefètke Jezi konn mete l nan plas moun e li gen konpasyon, sa fè l kalifye pou l sèvi antanke Gran Prèt. Epitou, li ede n divès fason jodi a.
1-2. a) Poukisa Jewova te voye Pitit Gason l lan sou tè a? b) Ki sa n pral wè nan atik sa a? (Ebre 5:7-9).
SA GEN anviwon 2000 an depi Jewova Dye te voye Pitit Gason l li pi renmen an sou tè a. Pou ki rezon? Youn nan rezon yo se pou l ka libere lèzòm anba malediksyon peche ak lanmò e pou l elimine tout pwoblèm Satan lakòz yo (Jan 3:16; 1 Jan 3:8). Epitou, Jewova te konnen eksperyans Jezi t ap gen pou l fè antanke moun nan t ap prepare l pou l vin yon Gran Prèt ki gen konpasyon, ki mete l nan plas nou e ki konprann nou. Jezi te vin Gran Prèt apre li te fin batize nan ane 29 epòk nou an.a
2 Nan atik sa a, nou pral wè ki jan eksperyans Jezi te fè sou tè a te ede l vin yon Gran Prèt ki konprann moun. Tank n ap pi byen konprann fason Jezi te “fin konplè nèt” pou l sèvi antanke Gran Prèt, l ap pi fasil pou n pwoche bò kote Jewova, menmsi n ta dekouraje akoz peche nou fè oswa mankman nou genyen. — Li Ebre 5:7-9.
PITIT GASON BONDYE RENMEN ANPIL LA VIN SOU TÈ A
3-4. Ki gwo chanjman ki te gen nan lavi Jezi lè l te vin sou tè a?
3 Anpil nan nou gen chanjman ki fèt nan lavi nou. Petèt nou te oblije kite yon kote nou t ap viv nou te renmen e n te kite fanmi n ak zanmi n. Chanjman konsa pa fasil. Men, pa gen yon moun ki fè kalite chanjman Jezi te fè yo. Se Jezi ki te pi enpòtan pami zanj yo nan syèl la. Jewova te renmen l e l te toujou gen anpil kè kontan pandan l t ap travay “bò kote” Papa l (Sòm 16:11; Pwo. 8:30). Aktout sa, Filipyen 2:7 di li te dakò “kite fòm li te genyen an”, li te dispoze kite gwo pozisyon li te gen nan syèl la pou l te vin viv sou tè a pami moun ki enpafè.
4 Epitou, sonje nan ki sikonstans Jezi te fèt ak jan lavi l te ye lè l te toupiti. Li te fèt nan yon fanmi ki pòv, e sa te parèt klè lefètke se yon ti sakrifis paran l te ka ofri apre l te fin fèt (Lev. 12:8; Lik 2:24). Lè Ewòd, yon wa ki te mechan, te aprann Jezi fèt, li te dèyè touye l. Paran Jezi te kouri al ann Ejip avè l pou yo te ka sove lavi l, e yo te rete la pandan yon tan (Mat. 2:13, 15). Vrèmanvre, gen yon gwo diferans ant fason Jezi t ap viv nan syèl la ak fason li te viv sou tè a!
5. Ki sa Jezi te wè lè l te sou tè a, e ki jan eksperyans li te fè a te prepare l pou l sèvi antanke Gran Prèt? (Gade foto a tou.)
5 Lè Jezi te sou tè a, li te wè jan moun yo t ap soufri. Se sèten li te gen moun pa l ki mouri. Sanble Jozèf, papa adoptif li, te youn nan moun sa yo. Pandan sèvis Jezi sou tè a, li te wè moun ki gen lèp, moun ki avèg, moun ki paralize, paran ki pèdi pitit yo, e l te gen pitye pou yo (Mat. 9:2, 6; 15:30; 20:34; Mak 1:40, 41; Lik 7:13). Se vre, lè Jezi te nan syèl la, li te konn wè moun k ap soufri. Men kounye a, pandan l sou tè a antanke moun, li te kapab pi byen konprann jan moun santi yo lè y ap soufri (Eza. 53:4). Eksperyans Jezi te fè sou tè a te ede l pi byen konprann jan moun santi yo nan divès sitiyasyon ak jan y ap soufri akoz difikilte yo jwenn nan lavi a. Epitou, menm jan ak tout moun, Jezi te konn santi l fatige, li te konn santi l boulvèse e l te konn santi l tris.
Jezi te gen anpil konpasyon pou moun li te wè k ap soufri. (Gade paragraf 5.)
JEZI MONTRE L GEN KONPASYON POU MOUN
6. Ki sa n aprann nan pwofesi Ezayi a konsènan konpasyon Jezi t ap gen pou moun? (Ezayi 42:3).
6 Pandan sèvis Jezi sou tè a, li te montre l gen anpil konpasyon pou malere yo ak moun yo te mal aji ak yo. Lefètke Jezi te aji konsa, li te reyalize yon pwofesi. Nan Liv ki te ekri ann ebre yo, pafwa yo konpare moun afè yo ap byen mache e ki gen fòs ak jaden ki byen wouze oswa gwo pyebwa ki byen djanm (Sòm 92:12; Eza. 61:3; Jer. 31:12). Sepandan, yo konpare malere yo ak moun y ap maltrete yo ak wozo ki pliye e ak mèch lanp k ap bay lafimen, bagay lòt moun pa vrèman bay valè. (Li Ezayi 42:3.) Jewova te fè pwofèt Ezayi sèvi ak egzanp sa yo pou fè konnen lanmou ak konpasyon Jezi t ap demontre pou moun sa yo lòt moun te konn meprize.
7-8. Ki jan Jezi te akonpli pwofesi Ezayi a?
7 Matye te montre Jezi te akonpli pawòl pwofèt Ezayi te anonse yo lè l te di: “Li pap kase wozo ki panche a, e li pap etenn mèch lanp k ap bay lafimen an.” (Mat. 12:20). Jezi te fè anpil mirak pou ede moun yo te meprize ki dwe te santi yo menm jan ak yon wozo ki pliye oswa moun ki te sanzespwa ki te santi yo tankou yon mèch lanp k ap bay lafimen ki prèske etenn. Pami moun sa yo, te gen yon mesye ki te plen lèp ki dwe te santi l pa t gen okenn espwa pou l geri oswa pou l bò kot fanmi l ak zanmi l (Lik 5:12, 13). Annapre, li te geri yon mesye ki te soud e ki te gen lang lou. Imajine jan mesye sa a dwe te santi l lè l te wè lòt moun ap pale men li pa t ka konprann anyen nan sa yo t ap di (Mak 7:32, 33). Jezi te fè lòt bagay ankò.
8 Nan epòk Jezi a, anpil moun te kwè se pinisyon moun ki malad yo oswa ki andikape yo te jwenn pou peche yo te fè oswa pou peche paran yo te fè ki te lakòz yo te nan sitiyasyon yo te ye a (Jan 9:2). Akoz kwayans sa a ki pa t laverite, lòt moun te konn fè moun ki malad oswa ki andikape yo santi yo pa vo anyen. Men, jan pwofesi Ezayi a te fè konn sa, Jezi te geri moun ki t ap soufri e l te ede yo konnen Bondye gen sousi pou yo. Ki asirans sa ban nou?
9. Ki jan Ebre 4:15, 16 montre Gran Prèt nou an ki nan syèl la vrèman konprann moun ki enpafè?
9 Li Ebre 4:15, 16. Nou kapab gen asirans Jezi ap toujou konprann nou. Ki sa sa vle di? Yon moun ki konprann lòt moun se yon moun ki gen kè sansib pou moun k ap soufri. Mo grèk lè yo tradui l yo mete “konprann” pou li la a vle di santi tristès ak soufrans lòt moun. (Gade Ebre 10:34 tou, kote Pòl te itilize menm mo grèk la pou montre kè sansib nou genyen pou frè ki nan prizon yo.) Mirak Jezi te fè nou jwenn nan Bib la montre jan l te gen anpil konpasyon pou moun k ap soufri. Li pa t geri moun yo jis paske se sa l te dwe fè. Li te vrèman gen sousi pou yo e l te vle ede yo. Pa egzanp, lè l t ap geri mesye ki te gen lèp la, li te ka annik ret byen lwen l li fè mirak la. Men, kè l te pouse l touche mesye a. Petèt se premye fwa moun te manyen mesye a depi plizyè ane. Lè Jezi t ap geri mesye ki soud la, li t al yon kote avè l ki pa t gen bri e ki pa t gen okenn lòt moun. Lè yon Farizyen te meprize yon dam ki te repanti ki t ap lave pye Jezi ak dlo nan je l e ki te siye pye l ak cheve l, Jezi te defann dam nan (Mat. 8:3; Mak 7:33; Lik 7:44). Jezi pa t konn meprize moun ki malad oswa moun ki te fè peche grav. Okontrè, li te vle yo vin jwenn li e l te demontre lanmou pou yo. Nou kapab gen asirans li gen kè sansib pou nou tou.
ANN SUIV EGZANP GRAN PRÈT NOU AN
10. Ki sa n ka itilize jodi a pou ede moun ki soud ak moun ki avèg yo? (Gade foto yo tou.)
10 Piske n ap suiv egzanp Jezi, nou fè anpil efò pou n demontre lanmou pou lòt moun, pou n mete n nan plas yo e pou n gen konpasyon pou yo (1 Pyè 2:21; 3:8). Se vre nou pa kapab geri moun ki soud oswa ki avèg, men, yon bagay ki sèten, nou kapab ede yo aprann konnen Jewova epi vin pwòch avè l. Pa egzanp, jodi a, piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la disponib nan plis pase 100 lang siy. Epitou, gen piblikasyon an bray ki disponib nan plis pase 60 lang pou moun ki pa kapab wè byen oswa ki avèg. Anplis de sa, gen videyo ki gen deskripsyon odyo ladan yo ki disponib nan plis pase 100 lang. Yo fè tout piblikasyon sa yo pou ede moun ki soud ak moun ki avèg yo vin pwòch ak Jewova e ak Pitit Gason l lan.
Piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la disponib nan plis pase 1000 lang.
Agoch: Plis pase 100 lang siy.
Adwat: Plis pase 60 lang an bray.
(Gade paragraf 10.)
11. Ki jan òganizasyon Jewova a suiv egzanp Jezi nan demontre konpasyon pou tout kalite moun kèlkeswa kote y ap viv? (Travay 2:5-7, 33). (Gade foto yo tou.)
11 Òganizasyon Jewova a fè anpil efò pou ede tout kalite moun kèlkeswa kote y ap viv. Sonje apre Jezi fin resisite, li te vide lespri sen sou disip li yo pou tout moun ki te vin nan fèt Pannkòt la te ka tande bon nouvèl la “nan lang pa yo”. (Li Travay 2:5-7, 33.) Anba direksyon Jezi, jodi a, òganizasyon an tradui piblikasyon ki baze sou Bib la nan plis pase 1000 lang. Gen nan lang sa yo pa gen anpil moun ki pale yo. Pa egzanp, gen yon seri lang, se sèlman yon ti gwoup moun k ap viv ann Amerik dinò ak Amerik disid ki pale yo. Aktout sa, òganizasyon an fè piblikasyon nan plis pase 160 nan lang sa yo pou plis moun ka tande bon nouvèl la. Gen nan piblikasyon nou yo ki disponib tou nan plis pase 20 lang womani. Plizyè milye moun ki pale lang sa yo te byen reyaji lè yo te tande bon nouvèl la.
Agoch: Plis pase 160 lang amerendyen.
Adwat: Plis pase 20 lang womani.
(Gade paragraf 11.)
12. Ki lòt bagay òganizasyon Jewova a fè pou ede moun yo?
12 Nonsèlman òganizasyon Jewova a fè tout efò sa yo pou moun yo ka tande bon nouvèl la, yo ede moun ki viktim akoz katastwòf natirèl tou. Se poutèt sa, gen plizyè milye frè ak sè ki ofri tèt yo kòm volontè pou ede frè ak sè ki bezwen èd. Epitou, òganizasyon Jewova a fè efò pou yo fè yon seri lokal byen senp kote moun ka vin adore Jewova ansanm pou yo ka pi byen konnen jan Jewova renmen yo.
GRAN PRÈT NOU AN KAPAB EDE W
13. Bay kèk fason Jezi ede n.
13 Jezi, antanke bon bèje nou, veye pou n jwenn tout sa n bezwen pou n rete pwòch ak Jewova (Jan 10:14; Efe. 4:7). Pafwa, sikonstans lavi a ka fè n santi n tankou yon mèch lanp k ap bay lafimen oswa yon wozo ki pliye. Nou ka vin dekouraje anpil akoz nou malad grav, nou te fè yon bagay ki mal oswa petèt nou pa antann nou ak yon frè oswa yon sè. Li ka difisil pou n konsantre sou esperans nou genyen an e pou n pa ret ap panse bagay k ap fè n soufri yo. Sepandan, sonje Jezi wè sa w ap andire e li konprann jan w santi w. Piske Jezi konprann jan w santi w, li vle ede w. Pa egzanp, li kapab itilize lespri sen pou l ba w fòs lè w dekouraje (Jan 16:7; Tit 3:6). Mete sou sa, Jezi ka itilize “gason kòm kado”, anpalan de ansyen yo, e l ka itilize lòt frè ak sè pou ankouraje w, pou ba w fòs e pou ede w. — Efe. 4:8.
14. Ki sa n kapab fè lè n santi n dekouraje?
14 Si w santi w dekouraje, sonje Jezi se Gran Prèt nou, epi pran tan pou w medite sou sa sa vle di pou ou. Sonje Jewova te voye l sou tè a nonsèlman pou l te bay lavi l kòm ranson, men tou, pou ede l pi byen konprann pwoblèm nou jwenn antanke moun ki enpafè. Lè n dekouraje akoz peche nou yo oswa mankman nou genyen, Jezi pare pou l ede n, e li vle fè sa. — Ebre 4:15, 16.
15. Bay yon egzanp ki montre ki sa k te ede yon frè retounen nan kongregasyon an.
15 Epitou, Jezi montre n fason pou n ede moun ki te kite Jewova yo retounen vin jwenn Li (Mat. 18:12, 13). Ann pran egzanp Stefanob. Sa gen 12 an depi yo te retire l nan kongregasyon an. Men, yon jou, li te deside al nan reyinyon. Men sa l di: “Mwen te santi m jennen, men m te vle retounen vin sèvi Jewova ansanm ak frè m ak sè m yo ankò.” Men sa l di ankò: “Ansyen ki te reyini avè m yo te fè m santi yo kontan m tounen. Pafwa, mwen te konn santi m tris anpil dèske mwen te abandone Jewova, e m te anvi bay vag. Men, frè yo te fè m sonje Jewova ak Jezi te vle m kontinye fè efò. Lè yo te anonse mwen vin fè pati kongregasyon an ankò, tout frè ak sè yo te kontan. Rive yon lè, madanm mwen te aksepte yon etid Labib, e jodi a, mwen menm ak fanmi m ap sèvi Jewova.” Se pa ti kontan Gran Prèt nou an ki gen lanmou dwe kontan wè moun ki repanti yo jwenn èd yo bezwen pou yo retounen nan kongregasyon an!
16. Poukisa nou gen Jewova rekonesans dèske li ban nou yon Gran Prèt ki kapab konprann nou?
16 Lè Jezi t ap viv sou tè a, li te ede anpil moun. Jodi a, nou kapab gen yon konfyans total l ap ede n tou nenpòt lè n bezwen sa. E nan monn nouvo a ki gen pou rive talè konsa, l ap ede moun ki obeyisan yo pou yo libere nèt anba peche ak enpèfeksyon. Nou gen Jewova, Bondye nou an, anpil rekonesans dèske li tèlman renmen nou e li tèlman gen pitye pou nou li chwazi Pitit Gason l lan pou l sèvi antanke yon Gran Prèt ki kapab konprann nou!
KANTIK 13 Kris se Modèl nou
a Pou w pi byen konprann jan wòl Jezi genyen antanke Gran Prèt ranplase wòl gran prèt juif yo te genyen an, gade atik ki gen tit “Ann bay privilèj pou n adore Jewova nan tanp espirityèl li a anpil valè” ki parèt nan Toudegad oktòb 2023, paj 26, paragraf 7-9.
b Yo chanje non moun nan.