ATIK ETID 45
KANTIK 111 Rezon pou n gen kè kontan
Fason pou w kontinye gen kè kontan lè w ap pran swen moun
“Moun ki simen semans li ak dlo nan je, l ap rele byen fò ak kè kontan lè l ap rekòlte.” — SÒM 126:5.
PWEN KLE
Nan atik sa a, nou pral wè ki sa moun k ap pran swen moun ki granmoun oswa ki malad kapab fè pou yo kontinye gen kè kontan.
1-2. Ki jan Jewova wè moun k ap pran swen moun ki granmoun oswa ki malad? (Pwovèb 19:17). (Gade foto yo tou.)
GEN yon frè ki rele Jin-yeol k ap viv nan peyi Kore ki di: “Mwen menm ak madanm mwen gen plis pase 32 an depi nou marye. Mwen gen senkan depi m ap pran swen l. Li fè maladi Pakinsonn e l difisil anpil pou l fè yon seri mouvman. Mwen renmen madanm mwen anpil e mwen kontan pran swen l. Gen yon kabann lopital lakay nou e se sou li l dòmi chak swa. Mwen dòmi toupre l, e nou kenbe men youn lòt pandan n ap dòmi.”
2 Èske w ap pran swen yon moun ou renmen, pa egzanp paran w, moun ou marye avè l la, pitit ou oswa zanmi w? Si w nan sitiyasyon sa a, se sèten ou kontan ede l paske w renmen l. Epitou, lefètke w ap pran swen moun ou renmen an, ou montre w gen atachman pou Jewova (1 Tim. 5:4, 8; Jak 1:27). Aktout sa, byen souvan w fè fas ak yon seri difikilte lòt moun pa wè. Pafwa w ka menm santi se ou menm sèl k ap soufri. Moun ka wè w ap souri, men lè w poukò w, ou pa ka kenbe dlo nan je w (Sòm 6:6). Lòt moun gendwa pa wè sa w ap andire, men Jewova toujou wè sa. (Konpare ak Egzòd 3:7.) Dlo k ap koule nan je w ak sakrifis w ap fè gen anpil valè pou li (Sòm 56:8; 126:5). Li wè tout sa w ap fè pou w ede moun ou renmen an. Li konsidere sa kòm yon dèt li gen pou ou e l pwomèt l ap rekonpanse w. — Li Pwovèb 19:17.
Èske w ap pran swen yon moun pa w ki granmoun oswa ki malad? (Gade paragraf 2.)
3. Ki difikilte petèt Abraram ak Sara te jwenn pandan yo t ap pran swen Tera?
3 Nou jwenn anpil egzanp gason ak fi nan Bib la ki te konn pran swen moun ki granmoun oswa ki malad. Ann pran egzanp Abraram ak Sara. Lè yo t ap kite vil Ou, Tera, papa yo, te gen anviwon 200 an. Aktout sa, li t al avè yo. Yo te fè anviwon 960 kilomèt ap vwayaje pou yo rive Aran (Jen. 11:31, 32). Se sèten Abraram ak Sara te renmen Tera. Men, imajine jan sa dwe te difisil pou yo pran swen l, sitou pandan vwayaj la. Petèt yo te vwayaje sou chamo oswa sou bourik, sa ki dwe te difisil anpil pou Tera ki te granmoun anpil. Se nòmal pou Abraram ak Sara te konn santi yo fatige anpil pafwa, e petèt yo te konn menm santi yo faya. Kèlkeswa jan sa te ye, se sèten Jewova te ba yo fòs yo te bezwen. Menm jan Jewova te ede Abraram ak Sara, l ap ede w e l ap ba w fòs. — Sòm 55:22.
4. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?
4 L ap pi fasil pou w kontinye pran swen yon moun ki granmoun oswa ki malad si w gen kè kontan (Pwo. 15:13). Yon moun ka kontinye gen kè kontan menm lè bagay yo pa fasil pou li (Jak 1:2, 3). Ki sa w ka fè pou w kontinye gen kè kontan? Youn nan bagay ou ka fè se priye Jewova pou l ede w kontinye gen bon atitid. Nan atik sa a, nou pral wè lòt bagay moun ki gen moun y ap pran swen ka fè pou yo kontinye gen kè kontan. Epitou, nou pral wè ki jan lòt moun ka ede yo. Ann wè toudabò poukisa moun ki gen moun y ap pran swen bezwen kontinye gen kè kontan, e ki difikilte ki ka fè yo sispann gen kè kontan.
SA K FÈ L KA DIFISIL POU W KONTINYE GEN KÈ KONTAN PANDAN W AP PRAN SWEN MOUN
5. Poukisa moun ki gen moun y ap pran swen bezwen fè efò pou yo kontinye gen kè kontan?
5 Si moun k ap pran swen moun ki granmoun oswa ki malad sispann gen kè kontan, yo ka vin about byen fasil (Pwo. 24:10). Epitou, lè yo fatige, yo ka vin manke konpasyon e yo ka pa ede moun nan jan yo ta vle a. Ki difikilte ki ka fè moun k ap pran swen moun ki granmoun oswa ki malad vin pa gen kè kontan ankò?
6. Sa k fè moun ki gen moun y ap pran swen ka santi yo pa gen fòs pou yo fè anyen menm?
6 Moun ki gen moun y ap pran swen ka vin pa gen fòs pou yo fè anyen menm. Men sa yon sè ki rele Leah di: “Pran swen moun ki malad gen anpil fatig ladan l, menm lè jounen an byen pase. Nan fen jounen an, souvan m konn santi m pa ka fè anyen ankò. Pafwa m pa menm gen fòs pou m reponn yon mesaj yo voye pou mwen.” Gen lòt moun ki twouve l difisil pou yo jwenn ase tan pou yo repoze oswa pou yo rilaks yo, alòske yo vrèman bezwen sa. Men sa yon sè ki rele Inés di: “Mwen pa dòmi ase. Souvan, m konn leve chak dezèdtan lannuit pou m pran swen bèlmè m. E mwen menm ak mari m gen plizyè ane depi n pa ka pran vakans.” Gen moun k ap pran swen moun pa yo ki pa menm ka aksepte envitasyon yo jwenn e ki pa ka fè yon seri aktivite nan sèvis Jewova a akoz yo oblije pran swen moun nan toutan. Sa ka fè yo santi yo poukont yo e yo ka santi se kòmsi yo nan prizon.
7. Poukisa gen moun k ap pran swen moun ki konn santi yo koupab oswa ki konn santi yo tris?
7 Moun ki gen moun y ap pran swen ka santi konsyans yo nui yo oswa yo ka santi yo tris. Men sa yon sè ki rele Jessica di: “Mwen konn santi m ta dwe fè plis pou moun m ap pran swen an. Lè m pran yon ti tan pou m repoze m, mwen konn santi se tèt mwen sèlman m wè e konsyans mwen konn ap nui m.” Gen moun k ap pran swen moun ki konn santi konsyans yo nui yo poutèt pafwa yo konn santi yo pa ka kontinye pran swen moun nan. Gen lòt moun menm ki konn ap mande tèt yo si yo fè ase pou yo ede moun yo renmen an. Gen moun tou ki konn santi yo koupab paske nan yon moman yo santi yo fatige yo konn di moun y ap ede a yon bagay ki fè l mal (Jak 3:2). Gen moun ki konn tris lè yo wè moun yo renmen an ap vin pi mal chak jou. Men sa yon sè ki rele Barbara di: “Youn nan bagay ki pi difisil pou mwen se gade moun mwen renmen an k ap depafini tikras pa tikras chak jou.”
8. Rakonte yon eksperyans ki montre jan moun ki gen moun y ap pran swen ka santi yo lè yo di yo mèsi.
8 Ou ka santi moun w ap pran swen an pa gen rekonesans pou sa w ap fè pou li. Sa k fè sa? Paske se yon lè konsa li di w mèsi oswa l montre l apresye tout sakrifis w ap fè pou li. Lè yon moun di w mèsi pou sa w fè pou li, sa ankouraje w (1 Tes. 5:18). Men sa yon sè ki rele Melissa di: “Pafwa mwen kriye, tèlman mwen santi m dekouraje. Men, lè moun m ap pran swen yo di m: ‘Mèsi pou tout sa w fè pou mwen’, sa fè m kontan! Pawòl konsa ban m fòs pou m kontinye pran swen yo.” Yon frè ki rele Ahmadu esplike jan l santi l byen lè moun di l mèsi pou sa l fè pou yo. Li menm ak madanm li ap pran swen yon ti nyès yo k ap viv ansanm avè yo ki konn gen malkadi. Men sa l di: “Menm lè l ka pa fin byen konprann tout sakrifis n ap fè pou n pran swen l, kè m kontan anpil lè l di n mèsi oswa lè l eseye ekri: ‘Mwen renmen nou.’”
FASON W KA KONTINYE GEN KÈ KONTAN
9. Ki jan yon moun ki gen moun l ap pran swen ka montre l rekonèt limit li?
9 Ou bezwen rekonèt limit ou (Pwo. 11:2). Nou pa toujou gen fòs oswa tan pou n fè tout sa n ta renmen fè. Donk, w ap bezwen deside sa w ka fè ak sa w pa ka fè, e pafwa w oblije di non. Pa gen anyen mal nan sa! Ou montre w rekonèt limit ou. Si lòt moun ofri w pou yo ede w, kite yo ede w e montre w apresye sa. Men sa yon frè ki rele Jay di: “Chak jou, nou ka fè sèlman sa fòs nou ak tan nou pèmèt nou fè. Lè n rekonèt nou gen limit e n ret nan limit sa yo, sa ap ede n kontinye gen kè kontan.”
10. Poukisa l enpòtan pou moun ki gen moun y ap pran swen gen bon konprann? (Pwovèb 19:11).
10 Chèche gen bon konprann. (Li Pwovèb 19:11.) Lè w gen bon konprann, li ka pi fasil pou w rete kalm lè moun nan di oswa fè yon bagay ki kontrarye w. Yon moun ki gen bon konprann chèche konprann rezon ki fè yon moun aji fason l ap aji a. Gen maladi ki ka fè yon moun fè yon seri bagay li pa t ap janm fè si l pa t malad (Ekl. 7:7). Pa egzanp, yon moun ki abitye pale oswa aji yon fason ki janti ka vin ap fè kont avè w. Oubyen li ka vin egzijan, l ap plede plenyen oswa tout sa w fè pou li pa bon. Si w ap pran swen yon moun ki gen yon maladi grav, si w chèche konprann maladi li genyen an, sa ka ede w. Plis ou konprann maladi l la, se plis w ap vin konprann se maladi a ki fè l aji fason l ap aji a, se pa konsa l ye vre. — Pwo. 14:29.
11. Ki bagay enpòtan moun ki gen moun y ap pran swen bezwen chèche jwenn tan pou yo fè chak jou? (Sòm 132:4, 5).
11 Chèche jwenn tan pou w fè relasyon w gen ak Jewova a vin pi solid. Pafwa, w ap bezwen pase mwens tan nan yon seri aktivite pou w ka jwenn tan pou lòt bagay ki “pi enpòtan”. (Flp. 1:10.) Youn nan bagay ki pi enpòtan yo se chèche vin gen pi bon relasyon ak Jewova. Wa David te bay adorasyon Jewova a premye plas nan lavi l. (Li Sòm 132:4, 5.) Menm jan an tou, li enpòtan pou w chèche jwenn tan chak jou pou w li Labib e pou w priye. Gen yon sè ki rele Elisha ki di: “Lè m priye Jewova e lè m medite sou yon seri sòm ki ankouraje m, sa ede m kontinye gen kè kontan. Lapriyè ede m anpil. Mwen priye Jewova plizyè fwa nan jounen an pou l ede m rete kalm.”
12. Poukisa moun ki gen moun y ap pran swen bezwen fè efò pou yo ret an sante?
12 Fè efò pou w ret an sante. Moun ki okipe anpil, pa egzanp moun ki gen moun y ap pran swen, ka twouve l difisil pou yo toujou manje manje ki bon pou sante yo paske yo pa gen anpil tan pou y al achte manje k ap bon pou yo e pou yo prepare yo. Li vrèman enpòtan pou yon moun manje manje ki bon pou sante l e pou l fè egzèsis regilyèman pou kò l ak lespri l ka ret an sante. Donk, chèche byen sèvi ak ti tan w genyen an pou w manje manje ki bon pou sante w e pou w fè egzèsis regilyèman (Efe. 5:15, 16). Anplis de sa, fè efò pou w jwenn plis tan pou w dòmi (Ekl. 4:6). Gen etid ki montre somèy pèmèt sèvo a byen fonksyone. Gen yon atik ki pale sou kesyon sante ki fè konnen lè yon moun dòmi kantite tan l dwe dòmi, sa ka ede l gen mwens strès, sa ka fè l rete kalm nan sitiyasyon difisil. Epitou, w ap bezwen chèche jwenn tan pou w pran yon ti detant (Ekl. 8:15). Gen yon moun k ap pran swen moun ki granmoun oswa moun ki malad ki fè konn sa k ede l kontinye gen kè kontan. Men sa l di: “Lè tan an bèl, mwen sot deyò pou m ka pwofite solèy la. Epitou, mwen rezève yon jou, omwen yon fwa pa mwa, pou m pase tan ak yon zanmi pou m ka pran yon ti detant.”
13. Poukisa li bon pou n ri? (Pwovèb 17:22).
13 Se pou w renmen fè blag. (Li Pwovèb 17:22; Ekl. 3:1, 4.) Lè yon moun ri, sa gen bon efè ni sou kò l ni sou lespri l. Lè w ap pran swen yon moun, petèt se yon lè konsa tout bagay fèt egzakteman jan w te planifye a oswa yo gendwa pa janm fèt jan w te planifye a. Men, lè gen sitiyasyon ki kontrarye w, si w ka fè blag ak sa, l ap pi fasil pou w sipòte yo. E lè w ri ak moun w ap pran swen an, sa ka fè youn vin pi renmen lòt.
14. Lè w pale ak yon zanmi ou fè konfyans, ki jan sa ka ede w?
14 Pale ak yon zanmi ou fè konfyans. Menmsi w fè tout sa w kapab pou w gen kè kontan, pafwa w ap santi w about. Lè konsa, ou ka pale ak yon bon zanmi ki pap jije w pou sa w di oswa ki pap mal reyaji (Pwo. 17:17). Lè yon zanmi koute w e l di w pawòl ki ankouraje w, se gendwa egzakteman sa w bezwen pou w kontinye gen kè kontan. — Pwo. 12:25.
15. Lè n pale sou esperans nou genyen an, ki jan sa ka fè n gen kè kontan?
15 Imajine w k ap viv nan Paradi a ansanm ak moun nan. Fè efò pou w sonje ou pap toujou gen pou w pran swen yon moun ki granmoun oswa ki malad. Se pa t janm objektif Jewova pou moun fè kalite travay sa a (2 Kor. 4:16-18). Nou poko gen “lavi toutbon an”. (1 Tim. 6:19.) Se sèten w ap gen anpil kè kontan lè w pale ak moun ou renmen an sou sa n pral fè ansanm nan Paradi a (Eza. 33:24; 65:21). Men sa yon sè ki rele Heather di: “Souvan, m konn di granmoun m ap pran swen yo talè konsa nou pral koud ansanm, nou pral kouri ansanm e n pral monte bekàn ansanm. Nou pral fè pen e nou pral kuit manje pou moun pa nou yo ki resisite. Nou konn priye Jewova ansanm pou n di l mèsi pou esperans li ban nou an.”
FASON LÒT MOUN KA BAY ÈD PA YO
16. Ki sa n ka fè pou n ede frè ak sè nan kongregasyon n nan ki gen moun y ap pran swen? (Gade foto a tou.)
16 Ede moun ki gen moun y ap pran swen jwenn yon ti tan pou yo repoze. Frè ak sè yo nan kongregasyon an kapab ede moun k ap pran swen moun pa yo ki granmoun oswa ki malad (Gal. 6:2). Sa ap ede yo jwenn tan pou yo repoze oswa pou yo fè kèk bagay yo bezwen fè. Gen pwoklamatè ki kreye tan chak semèn pou yo ede moun sa yo. Men sa yon sè ki rele Natalya, k ap pran swen mari l ki paralize di: “Gen yon frè nan kongregasyon an ki vini youn oswa de fwa chak semèn pou l pase tan ak mari m. Yo preche ansanm, yo pale youn ak lòt e yo menm gad fim ansanm. Moman sa yo enpòtan anpil pou mari m e sa pèmèt mwen jwenn tan pou m fè yon seri bagay mwen bezwen, pa egzanp al fè yon ti pwomnad.” Pafwa, ou ka menm ofri yon moun k ap pran swen yon moun pou w vin fè yon nuit avè yo pou li menm li ka byen dòmi.
Ki jan w ka ede yon moun nan kongregasyon w lan k ap pran swen yon moun ki granmoun oswa ki malad? (Gade paragraf 16.)a
17. Ki jan n ka ede moun k ap pran swen moun pa yo ki granmoun oswa ki malad jou ki gen reyinyon yo?
17 Ede moun ki gen moun y ap pran swen jou ki gen reyinyon yo. Frè ak sè k ap pran swen moun pa yo ki granmoun oswa ki malad ka pa byen pwofite reyinyon yo, asanble sikonskripsyon yo ak kongrè rejyonal yo paske y ap pran swen moun sa yo. Frè ak sè nan kongregasyon an ka mande moun k ap pran swen moun pa yo ki granmoun oswa ki malad la pou yo chita bò kote moun nan pandan tout reyinyon yo oswa yon pati nan reyinyon yo. Si moun y ap pran swen an oblije ret lakay li, ou ka mande pou w al lakay li pou w ka konekte nan reyinyon an ansanm avè l. Konsa, moun k ap pran swen l lan ka al asiste reyinyon nan Sal Wayòm nan.
18. Ki lòt bagay nou ka fè pou moun k ap pran swen moun ki granmoun oswa ki malad?
18 Felisite moun ki gen moun y ap pran swen e priye pou yo. Ansyen yo bezwen pran tan regilyèman pou yo ankouraje moun k ap pran swen moun ki granmoun oswa ki malad (Pwo. 27:23). E kèlkeswa sitiyasyon nou, nou tout nan kongregasyon an kapab kontinye felisite moun ki gen moun y ap pran swen e bay travay y ap fè a anpil valè. Epitou, nou ka mande Jewova pou l kontinye ba yo fòs e pou l ede yo kontinye gen kè kontan. — 2 Kor. 1:11.
19. Ki sa n ap tann ak tout kè n?
19 Talè konsa, Jewova pral elimine tout sa k ap fè n soufri e k ap fè dlo koule nan je n. Maladi ak lanmò pap la ankò (Rev. 21:3, 4). “Moun ki enfim nan pye yo [pral] vòltije tankou jenn ti kabrit.” (Eza. 35:5, 6). Lè sa a, nou pap soufri ankò akoz nou vin granmoun oswa akoz n ap pran swen yon moun pa nou ki malad. “Ansyen bagay yo pap vin nan lespri” nou (Eza. 65:17). Menm kounye a, pandan n ap tann bèl pwomès Jewova fè yo reyalize, li pap abandone nou. Si n kontinye konte sou li pou l ban n fòs, l ap ede n pou n “andire nèt e pou nou pran pasyans ak kè kontan”. — Kol. 1:11.
KANTIK 155 Lajwa nètale
a ESPLIKASYON SOU FOTO: De jèn sè k al vizite yon sè ki granmoun pou moun k ap pran swen l lan ka al fè yon ti pwomnad.