“ Annou kenbe inite lespri a”
APOT Pòl te ankouraje kretyen Efèz yo pou “youn [kontinye] sipòte lòt nan lanmou, [...] toutpandan [y] ap fè gwo efò pou [yo] kenbe inite lespri a, nan chenn inyon lapè a”. — Efe. 4:2, 3.
“Inite” nou genyen an se “lespri a” ki fè nou genyen l, anpalan de fòs Bondye itilize pou l aji a. Sepandan, jan apot Pòl te di sa, nou bezwen fè efò pou n kontinye gen inite. An reyalite, se chak kretyen ki dwe fè efò pou l “kenbe inite lespri a”.
Ann pran yon egzanp. Ann sipoze yon moun fè w kado yon machin tounèf. Kiyès ki t ap responsab pou pran swen l? Repons lan klè. Si machin nan vin anpàn paske w pa t pran swen l, ou pa ka blame moun ki te fè w kado l la.
Menm jan an tou, byenke inite nou gen nan mitan nou antanke kretyen an se yon kado Bondye ban nou, se nou chak ki gen responsablite pou n kenbe l. Si n pa antann nou ak yon frè oswa yon sè, nou bezwen mande tèt nou: ‘Èske m fè tout sa m kapab pou m rezoud pwoblèm nan pou m ka kenbe inite lespri a?’
“FÈ GWO EFÒ” POU N KONTINYE GEN INITE
Jan apot Pòl te di sa, pafwa nou ka bezwen fè gwo efò pou n kenbe inite lespri a. Nou ka bezwen fè sa sitou si yon frè oswa yon sè fè n oswa di n yon bagay ki fè n mal. Pou n kenbe inite nou genyen an, èske sa toujou vle di pou n al kot moun nan pou n pale avè l sou pwoblèm nan? Pa vrèman. Mande tèt ou: ‘Si m pale ak moun nan sou pwoblèm nan, èske sa ap fè sitiyasyon an vin pi bon oswa vin pi mal?’ Pafwa, li ka pi bon pou n annik pase sou pwoblèm nan oswa pou n padone. — Pwo. 19:11; Mak 11:25.
Mande tèt ou: ‘Si m pale ak moun nan sou pwoblèm nan, èske sa ap fè sitiyasyon an vin pi bon oswa vin pi mal?’
Jan apot Pòl te fè konnen, se pou “youn [kontinye] sipòte lòt nan lanmou”. (Efe. 4:2.) Gen yon liv ki fè konnen pawòl sa yo ka vle di “akeyi yo jan yo ye a”. Sa vle di nou aksepte kwayan parèy nou yo se pechè menm jan avè n. Nòmalman, n ap fè efò pou n abiye ak “nouvo pèsonalite a”. (Efe. 4:23, 24.) Sepandan, pa gen youn nan nou ki ka fè sa yon fason ki pafè (Wom. 3:23). Si n aksepte sa, l ap pi fasil pou n antann nou youn ak lòt, pou n padone e pou n “kenbe inite lespri a”.
Lè n rezoud pwoblèm nou gen ak lòt moun, menmsi se nan kè n nou ta annik fè sa, n ap kontinye kenbe “chenn inyon lapè a”. Mo grèk lè yo tradui l yo mete “chenn inyon” pou li nan Efezyen 4:3 a, yo mete “ligaman” pou li nan Kolosyen 2:19. Ligaman yo tankou kòd solid ki konekte yon zo ak yon lòt. Menm jan an tou, lè gen lapè nan mitan nou e n renmen frè n ak sè n yo, sa ede n ret pwòch avè yo, menm lè pafwa nou pa renmen sa yo di oubyen sa yo fè.
Donk, lè yon kretyen parèy ou fè w oswa di w yon bagay ki fè w mal oswa ki fè w fache, eseye konprann li olye w kritike l (Kol. 3:12). Piske nou tout enpafè, pafwa ou menm tou ou konn di oswa fè yon bagay ki fè lòt moun mal. Lè w sonje sa, sa ap ede w fè tout sa w kapab pou w “kenbe inite lespri a”.