KÈK IDE SOU SA W KA ETIDYE
Chèche gen plis konfyans nan pouvwa Jewova genyen pou l sove w
Li Nonb 13:25–14:4 pou w wè jan Izrayelit yo pa t gen konfyans nan Jewova.
Egzamine kontèks la. Poukisa Izrayelit yo te bezwen gen konfyans Jewova te kapab sove yo lè yo t ap kite peyi Ejip (Sòm 78:12-16, 43-53)? Ki sa k te vin fè yo sispann fè Jewova konfyans (Det. 1:26-28)? Ki jan Jozye ak Kalèb te montre yo gen konfyans nan Jewova? — Nonb 14:6-9.
Fouye plis. Ki sa Izrayelit yo te ka fè pou yo te vin gen plis konfyans nan Jewova (Sòm 9:10; 22:4; 78:11)? Ki rapò ki genyen ant fè Jewova konfyans ak respekte l? — Nonb 14:11.
Reflechi sou sa w aprann yo. Mande tèt ou:
‘Nan ki sitiyasyon li ka difisil pou m fè Jewova konfyans nèt?’
‘Ki jan m ka vin gen plis konfyans nan Jewova depi kounye a e alavni?’
‘Ki asirans mwen genyen etandone gwo tribilasyon an ap pwoche?’ — Lik 21:25-28.