Matye
5 Lè l wè foul moun yo, li monte sou mòn nan. E apre l fin chita, disip li yo vin jwenn li. 2 Li kòmanse pale e li pran anseye yo, li di:
3 “Byennere moun ki rann yo kont yo bezwen Bondye, piske wayòm syèl la se pou yo.
4 “Byennere moun ki nan lapenn, piske y ap jwenn konsolasyon.
5 “Byennere moun ki gen tanperaman dou, piske Bondye pral ba yo tè a*.
6 “Byennere moun ki swaf pou sa ki jis triyonfe, piske yo pral satisfè.
7 “Byennere moun ki gen mizèrikòd, piske y ap fè yo mizèrikòd.
8 “Byennere moun ki gen kè yo pwòp, piske y ap wè Bondye.
9 “Byennere moun ki renmen fè lapè, piske y ap rele yo ‘pitit Bondye’.
10 “Byennere moun ki jwenn pèsekisyon poutèt y ap fè sa ki jis, piske wayòm syèl la se pou yo.
11 “NOU byennere lè moun joure NOU, lè yo pèsekite NOU e lè yo di tout kalite move bagay ki pa vre sou NOU, poutèt mwen. 12 NOU mèt rejwi, NOU mèt vole anlè tèlman NOU kontan, piske NOU gen yon gwo rekonpans nan syèl la. Paske, se konsa yo te konn pèsekite pwofèt ki te la anvan NOU yo.
13 “NOU se sèl pou tè a. Men, si sèl la desale, ki jan y ap fè pou yo fè l vin sale ankò? Li vin pa itil anyen ankò, e yon sèl bagay yo ka fè avè l, se jete l deyò pou moun mache sou li.
14 “NOU se limyè pou monn nan. Yo pa kapab kache yon vil ki sou tèt yon mòn. 15 Lè yon moun limen yon lanp, li pa mete l anba yon pànye, men li mete l sou yon etajè, e konsa li klere tout moun nan kay la. 16 Menm jan an tou, se pou limyè NOU briye devan lèzòm, yon fason pou yo ka wè bèl aksyon NOU yo e pou yo ka bay Papa NOU ki nan syèl la glwa.
17 “Pinga NOU panse mwen vini pou m aboli Lalwa oswa pou m aboli pawòl pwofèt yo. Mwen pa vini pou m aboli, men mwen vini pou m akonpli. 18 Paske, anverite m ap di NOU sa: Li pi fasil pou syèl la ak tè a pase olye pou yon sèl nan ti lèt ki pi piti nan Lalwa a oswa yon ti moso nan yon lèt ta pase san tout bagay pa reyalize. 19 Kidonk, kèlkeswa moun ki vyole youn nan kòmandman ki pi piti yo e ki anseye lòt moun pou yo fè menm jan an, y ap rele moun sa a ‘pi piti’ anrapò ak wayòm syèl la. Men, kanta pou moun ki obeyi kòmandman sa yo e ki anseye yo, y ap rele l ‘gran’ anrapò ak wayòm syèl la. 20 Paske, m ap di NOU sa, si NOU pa demontre NOU pi jis pase espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo, se sèten NOU pap antre nan wayòm syèl la.
21 “NOU tande yo te di moun nan tan lontan yo: ‘Ou pa dwe asasinen moun, e kèlkeswa moun ki asasinen yon moun, l ap gen pou l rann kont nan tribinal.’ 22 Men mwen menm, men sa m di NOU: Nenpòt moun ki ret an kòlè kont frè l, l ap gen pou l rann kont nan tribinal. Nenpòt moun ki di frè l yon vye pawòl pou manke l dega, l ap gen pou l rann kont devan pi gwo Tribinal la*. E nenpòt moun ki di frè l: ‘Moun fou! Pa itil!’, li riske pou yo lage l nan dife jeyèn* nan.
23 “Donk, si w ap pote ofrann ou devan lotèl la, e pandan w la ou sonje yon frè w gen yon bagay avè w, 24 kite ofrann ou an la, devan lotèl la, epi ale. Fè lapè ak frè w la anvan, apre sa, lè w tounen w a bay ofrann ou an.
25 “Pandan w sou wout ak yon moun ki rele w lajistis, regle bagay yo byen vit avè l, dekwa pou moun sa a pa remèt ou bay jij la, pou jij la li menm pa remèt ou bay gad la, konsa pou yo pa mete w nan prizon. 26 Vrèmanvre, m ap di w sa: Ou pap sot nan prizon an toutotan w pa fin peye dènye ti pyès monnen ou dwe a.
27 “NOU tande yo te di: ‘Ou pa dwe fè adiltè.’ 28 Men mwen menm, men sa m di NOU: Nenpòt moun ki kontinye gade yon fi jiskaske li vin anvi l, li deja fè adiltè avè l nan kè l. 29 Se sa k fè, si se je dwat ou k ap fè w peche, rache l, voye l jete byen lwen w. Paske, li pi bon pou ou pou w pèdi yon pati nan kò w olye pou yo ta lage tout kò w nan jeyèn nan. 30 E si se men dwat ou k ap fè w peche, koupe l, voye l jete byen lwen w. Paske, li pi bon pou ou pou w pèdi yon pati nan kò w olye pou yo ta lage tout kò w nan jeyèn nan.
31 “Anplis de sa, yo te di: ‘Kèlkeswa moun ki divòse ak madanm li, se pou l ba li yon papye divòs.’ 32 Men mwen menm, men sa m di NOU: Kèlkeswa moun ki divòse ak madanm li, eksepte pou fònikasyon*, li mete l nan sitiyasyon pou l fè adiltè. E kèlkeswa moun ki marye ak yon fi ki divòse nan fason sa a, moun sa a fè adiltè.
33 “Epitou, NOU tande yo te di moun nan tan lontan yo: ‘Ou pa dwe sèmante, apre sa pou w pa respekte sèman w fè a, e se pou w respekte ve w fè Jewova yo.’ 34 Men mwen menm, men sa m di NOU: Pa sèmante ditou, ni sou syèl la, paske se twòn Bondye, 35 ni sou tè a, paske se kote li depoze pye l, ni sou Jerizalèm, paske se vil gran Wa a. 36 Ou pa dwe sèmante sou tèt ou nonplis, paske ou pa ka fè yon branch cheve w vin blan oubyen vin nwa. 37 Se pou ‘wi’ NOU vle di wi, e se pou ‘non’ NOU vle di non. Paske, tout sa NOU di anplis soti nan Mechan an.
38 “NOU tande yo te di: ‘Je pou je, dan pou dan.’ 39 Men mwen menm, men sa m di NOU: Pa kenbe tèt ak yon moun ki mechan. Okontrè, si yon moun ba w yon kalòt sou bò figi dwat ou, vire lòt bò a ba li. 40 Si yon moun vle mennen w nan tribinal pou l pran rad sou ou, ba l sa w met pa anlè rad la tou. 41 E si yon moun ki gen otorite mande w fè yon bagay pou li sou distans yon kilomèt, fè l pou li sou distans de kilomèt. 42 Bay moun ki mande w, e pa vire do bay moun ki vle prete nan men w.
43 “NOU tande yo te di: ‘Ou dwe renmen pwochen w, men ou dwe rayi ènmi w.’ 44 Men mwen menm, men sa m di NOU: Kontinye renmen ènmi NOU, e kontinye priye pou moun k ap pèsekite NOU, 45 pou NOU ka montre NOU se pitit Papa NOU ki nan syèl la, piske l fè solèy li leve ni sou moun ki mechan ni sou moun ki bon, e li fè lapli tonbe ni sou moun ki jis ni sou moun ki enjis. 46 Paske, si se moun ki renmen NOU NOU renmen sèlman, ki rekonpans NOU merite pou sa? Èske pèseptè yo pa fè menm bagay la tou? 47 E si se frè NOU sèlman NOU salye, ki sa ki estrawòdinè NOU fè la a? Èske moun ki nan nasyon yo pa fè menm bagay la tou? 48 Kidonk, NOU dwe pafè menm jan Papa NOU ki nan syèl la pafè.